Sous Lav¡ «KÈ JEZI FÈ L’ MAL POU YO» (MT.9, 36)

Nan mwa mas la tan Karèm nan kòmanse. Se yon tan espesyal ki envite nou dekouvri mizerikòd Bondye ki manifeste nan istwa lèzòm, se yon tan ki envite nou fè silans antan nou rekonèt mizè nou devan Bondye ki si tèlman gran e ki vle libere nou. Matye prezante nou Jezi tankou nouvo Moyiz ki vin delivre pèp Bondye a anba pouvwa peche ak lanmò a. Li dekri nou mizerikòd ak konpasyon Jezi, lè li di nou kè l’ fè l’ mal pou yo, paske pèp la t’ap mache tankou mouton san gadò. Antan n’ap pran chemen dezè a ansanm ak Granmèt la, levanjelis la envite nou dekouvri sa Jezi ye kòm moun nan (nan pwofondè santiman li, lè li pran lapenn pou nou), men tou sa li ye kòm Bondye (Bon Gadò k’ap pran swen nou e ki vle sove nou); kè Jezi ap boule ak yon flanm konpasyon, dife renmen an. Se pou sa Matye kòmanse chapit 9 Levanjil li a avèk istwa gerizon yon paralize; aprè sa nou ka konsidere kèk lòt epizòd nan Levanjil li a ki pale nou sou gerizon tankou: Jezi manje avèk pechè yo (Mt 9,11); diskisyon sou jèn (Mt 9, 14-17); gerizon fi ki t’ap bay san (Mt 9, 20); gerizon avèg yo (Mt 9, 27-31). Tout mirak sa yo montre nou kijan Bondye panche kè li sou mizè lèzòm, e se sa ki anime lespri Karèm nan, kote nou selebre mèvèy Bondye yo atravè soufrans ak lanmò Jezi, li menm ki vin montre nou kijan Bondye renmen nou tout bon vre, lè li pran kwa nou yo li mete yo sou do li. «Kè Jezi fè l’ mal»: sa montre nou kijan Bondye Bon epi li pwòch nou: li kapab wè nou, li kapab touche nou, li kapab tande nou, li kapab konprann nou. Bondye panche kè li sou mizè nou; se lavi li vle pou nou, se li k’ap delivre nou; se Jistis li vle pou nou; li se eritaj nou; li vle fè tristès nou tounen kè kontan; li vle ba nou lavi ki p’ap janm fini an; Jezi ba nou manje pwòp kò li ak pwòp san li, pou nou kapab patisipe nan sa li ye a, pou nou ka gen lavi nan li. Li vin montre nou chemen lakwa a se chemen viktwa a. Bondye gen kè l’ sansib pou nou, li pran pasyans pou li renmen nou: malad yo geri, avèg yo wè, bèbè yo pale, kokobe yo mache, mò yo leve. Konpasyon Jezi a fè li aksepte pran lanmò a pou nou; li tèlman sansib, li rete nan mitan nou, li viv avèk nou; li batize pou l’ ka montre nou chemen lavi a. Nan batèm sa li anonse ofisyèlman misyon liberasyon pou sove lèzòm granmesi lanmò li sou lakwa a. Se Sen Jan ki di nou: «Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an» (Jan 3, 16). Renmen Bondye a se yon renmen ki anrasine nan pwofondè mizerikòd kè li, e se renmen sa n’ap dekouvri nan Tan Karèm nan. Kè sansib Bondye a, se pri delivrans nou. Kè Jezi fè l’ mal. Granmesi grandè kè sansib Bondye a, jodi a nou pa pitimi san gadò: Nou gen yon bon gadò k’ap veye sou nou. Si nou suiv li, l’ap mennen nou nan lavi ki p’ap janm fini an. Jodi a, nou sèten kè Jezi kontinye fè l’ mal, akoz mechanste ki genyen nan mond nou an: vyolans, rayisans, pwostisyon, kòripsyon, eksplwatasyon pòv san pitye, maladi, asasinay, elatriye. Jezi envite nou kolabore ak li pou yon mond nouvo, paske aprè vandredi sen an, fòk solèy Dimanch Pak la klere byen klere! Tan Karèm nan envite nou sòti nan nou menm, pou nou rankontre ak lòt yo, antan n’ap kite kè nou fè nou mal devan mizè ak kalamite frè ak sè nou yo. P. Alien Iliotès

-1-

Sous Lav¡ ÒDINÈ LAMÈS

*KÒMANSMAN* O non Papa, ak Pitit la, ak Lesprisen an. Amèn! Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. SALITASYON! Frè m' yo ak sè m' yo, avan nou rantre pi fon nan selebrasyon nou an, an nou rekonèt nou se pechè, an nou mande Bondye padon: Devan Bondye ki gen tout pouvwa, devan nou menm tou frè m' ak sè m' yo mwen rekonèt mwen fè anpil peche, nan sa mwen panse, nan sa mwen di, nan sa mwen fè. Mwen rekonèt tou, mwen pa fè sa pou m te fè. Tout sa se fòt mwen. Se pou sa mwen mande Mari ki sen e ki toujou rete vyèj, tout zanmi Bondye ki nan syèl, epi nou menm tou, frè m' ak sè m' yo, lapriyè Bondye, Granmèt nou an, pou mwen. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, gen pitye pou nou, se pou l’padone peche nou, pou l’ mennen nou nan lavi ki p' ap janm fini an. Amèn! CHANTE/ Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! / Jezikri, pitye pou nou. / Jezikri pitye pou nou! / Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! PREMYE LAPRIYÈ : An nou lapriyè! Bondye Papa, ou fè n' pòtre avè w', e ou remèt nou tè a pou nou fè l' ban n' tout sa ki nesesè pou lavi a. Plis toujou ou pran n' pou pitit ou, e ou ban n' tout mwayen k' ap pèmèt nou rive nan lavi tou nèf ou pwomèt nou an. Tanpri, Bondye Papa, voye Lespri ou a ban nou, pou n' pa kite kado ou yo gaspiye. Voye Lespri w' la montre n' sèvi ak tout pouvwa ou ba nou yo, pou n' rive òganize ak viv jan ou vle a. Konsa n' a pare pou w' fè n' antre nan peyi kote ou wa a. Nou mande ou sa, pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lespri Sen an, depi toutan e pou toutan. Amèn LITIJI LAPAWÒL Levanjil: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Men bòn nouvel Jezi kri a daprè …......... ki Sen. Lwanj pou ou Granmèt. (Aprè Levanjil la:) An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a. Lwanj pou ou, Granmèt. KREDO *Mwen kwè gen yon sèl Bondye. Se Papa a, li gen tout pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a, li fè tout sa moun wè ak tout sa moun pa wè. * Mwen kwè gen yon sèl Granmèt, se Jezikri, sèl Pitit Bondye a. Li se Pitit Papa a depi anvan tout tan. Li se Bondye nan Bondye a, Limyè nan Limyè a, Bondye tout bon vre nan Bondye tout bon vre a, Li se Pitit, men se pa kreye yo kreye li. Li se menm Bondye ak Papa a. Se pa Pouvwa li tout bagay fèt. Se pou tout moun, se pou l’ vin sove nou, li desann sot nan syèl.Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun. Se pou tèt nou toujou, yo kloure li sou yon kwa. Li soufri, sou rèy Pons Pilat, e yo antere li. Sou twa jou li leve,jan Labib la te di, li monte nan syèl e li chita adwat Papa a. Li gen pou l’retounen avèk tout pouvwa li pou l’ jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri, e li va wa pou tout tan. *Mwen kwè gen Lespri sen an. Li se Granmèt e li bay lavi. Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la.Yo adore l’ ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit la, e li jwenn menm lwanj avèk yo. Se li ki t’ap pale lè pwofèt yo t’ap pale. *Mwen kwè gen yon sèl Legliz ki fè yon sèl kòt fanmi.Li sen. Li la pou tout moun. Se sou Apòt yo li bati. *Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padone peche. M’ap tann tout mò leve, m’ap tann lavi k’ap vini an. Amèn OFÈTWA Frè m' ak sè m' yo, an nou lapriyè ansanm, Pou Granmèt la kontan lamès sa a, ki se sèvis Legliz li a. Wi se lwanj pou Bondye, Se benediksyon pou nou menm ak pou tout moun. LAPRIYÈ SOU KADO YO (pen ak diven an): Bondye Gran Mèt, tanpri, bay Legliz ou a kè poze ak tèt ansanm l' ap chache nan sèvis sa a. Pen ak diven an se siy kado n' ap ofri w' la. Tanpri, fè yo tounen kò ak san Jezikri, e n' a jwenn favè n'

-2-

Sous Lav¡ ap mande w' la yo. Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn GWO LWANJ POU BONDYE: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. An nou leve Kè nou byen wo. Li deja devan Granmèt la. An nou di Bondye Granmèt nou an mèsi. Li merite sa vre. Wi, ou merite sa, reyèlman vre, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou ak pou tout moun. Papa ki Sen, ou merite nou toujou di w' mèsi toutan e tout kote, pa pouvwa Jezikri, Pitit ou renmen an, Li se Pawòl ou. Se avèk li ou kreye tout bagay. Li se Sovè ou voye vin delivre nou an. Se pou sa li tounen yon moun pa pouvwa Lespri Sen an, e Mari ki vyèj anfante li. Pou l’ te fè volonte ou nèt, pou l’ te fè ou gen yon pèp li mete apa pou ou, li ouvè bra l’ sou kwa a, lè li t’ap soufri a. Se konsa li kraze lanmò, pou li montre sa ki rele leve byen vivan. Se pou sa ni nou menm, ni tout mesaje ou yo ak tout zanmi ou yo ki nan syèl la, nou mete ansanm pou nou fè konpliman pou ou, e pou nou chante san rete. SANCTUS: Se ou ki sen! Se ou ki sen! Granmèt se ou ki Sen! Tout bon! Bondye se ou ki Gran Mèt tou sa ki nan syèl la. Bèlte ou plen syèl la ak tè a! Viv Bondye nan syèl la! Bravo pou sila a k’ap vini o non Granmèt la! Viv Bondye nan syèl la ! Granmèt, se ou ki sen tout bon, e tou sa ki sen, se nan ou li sòti. Tanpri, fè Lespri ou mete kado sa yo apa pou ou: konsa, se pou avantaj nou, y’a tounen kò ak san Jezikri, Granmèt nou pitit ou. !!!! *Lè Jezi aksepte soufri pou pwòp volonte pa l’, jou yo trayi l la, Li pran pen an, Li di ou mèsi. Li beni l’, Li kase l’, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : pran manje landan l’ nou tout, reyèlman vre, sa se kò mwen,m’ap bay pou nou an. Menm jan tou, lè yo fin manje, Li pran kalis la. Li tounen di ou mèsi, Li beni li, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : +Pran, bwè ladan l' nou tout, Reyèlman vre, sa se san mwen. Se san lòt kontra a, ki va la pou toutan. Se san ki pral koule pou nou an, ak pou tout moun, Pou padone peche. Fè sa pou nou sonje mwen. !!!! Ala yon bèl mèvèy, nou pa kapab fin konprann li, men nou kwè l’. ANAMNÈZ: Granmèt, n’ap anonse ou mouri ! N’ap deklare ak kè kontan ou leve byen vivan. N’ap tann ou retounen ak tout otorite. Granmèt, se nan sonje Jezi te mouri e li leve, n’ap ofri w' pen ki bay lavi a, ak kalis ki pote delivrans lan. N’ap di ou mèsi, paske ou fè nou merite parèt devan w, pou nou sèvi ou. Tanpri, Granmèt, fè Lesprisen an rasanble nou fè youn, poutèt kò ak san Jezikri n’ap manje a. Granmèt sonje Legliz ou a ki gaye sou tè a: fè li fin renmen ou nèt. Sonje pap Franswa, sonje monsenyè (…..… ), ansanm ak tout moun ki responsab patizan ou yo. Sonje tout frè nou yo ki mouri ak espwa ou va fè yo leve yon jou. Sonje tout lòt moun ki mouri yo tou, resevwa yo lakay ou, nan limyè w’ la. Tanpri, fè nou gras. Fè nou merite jwenn lavi ki p’ap janm fini an, ansanm ak Mari ki vyèj e ki manman Bondye, ansanm ak tout zanmi ou, ki te mache nan chemen ou, lè yo t’ap viv sou tè a. Konsa n’a fè lwanj ak konpliman pou ou, pa pouvwa Jezikri pitit ou. !!!! Bondye Papa nou, ou menm ki gen tout pouvwa, e ki fè youn ak Lesprisen an, se pa pouvwa Jezikri, se avèk li, se o non li, Ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman, depi toutan e pou toutan. Amèn! {PAPA NOU} Kòm nou fè youn nan Lesprisen an, nou kapab di avèk konfyans lapriyè Jezi sovè nou te montre nou an: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte w' fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a. Padone sa nou fè w', tankou nou padone moun ki fè nou kichòy. Pa kite nou pran nan pyèj, men, delivre nou anba tout sa ki mal. Granmèt, tanpri souple, delivre nou ak tout sa ki mal, fè kè nou poze pandan tout lavi nou. Ede nou pou jan ou gen bon kè. Delivre nou nèt ak tout peche nou yo, e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou. N’ap espere byen ou pwomèt nou an : Sovè nou, Jezikri, k’apvini an.

-3-

Sous Lav¡ Paske se ou menm sèl ki wa, se ou menm ki gen tout pouvwa, se ou sèl ki merite konpliman pou toutan. Jezi Granmèt, se ou k' te di apot ou yo : Mwen montre n' byen viv ansanm, se sa mwen vin pote ban nou. Tanpri pa gade sou peche nou yo, gade pito jan Legliz ou a kwè nan ou! Nou mande ou, pou nou vin fè youn, jan ou vle a, Ou menm ki vivan e ki Wa, depi toutan e pou toutan. Amèn. Se pou Granmèt la montre nou byen viv ansanm. Se pou li toujou avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Frè m' ak sè m' yo, montre nou konn viv byen youn ak lòt. AGNUS DEI: Pè a ansanm ak pèp la: Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R: vin fè kè nou poze. Ala chans pou moun sa yo, Jezi envite vin manje nan manje sa a. Men Jezi mouton Bondye ki wete peche sou tè a. Granmèt, mwen pa merite pou w' antre lakay mwen, di yon sèl pawòl e nanm mwen va geri. Se pou kò ak san Jezikri soutni nou pou lavi ki p’ap janm fini an. Amèn! DÈNYE LAPRIYÈ An nou lapriyè, Bondye Papa, nan chak lamès, ou fè n' goute jan sa ta bèl si nou te swiv pawòl ou a tout bon vre. N' ap di w' mèsi pou limyè w' ban nou an ak pou gwo espwa ou limen nan kè n' nan. Bondye Papa n', tanpri, ban n' fòs travay chak jou pou n' fè kado w' yo rapòte dis fwa, san fwa plis. Konsa n' a pare pou n' rantre nan kè kontan Jezi pwomèt bon sèvitè li yo. Nou mande ou sa, Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn BENEDIKSYON: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa a ak Pitit la ak Lesprisen an beni nou byen beni! Amèn! An n' ale ak kè kontan. Mèsi, Bondye, mèsi! Si ou gen kèk temwanyaj ou ta renmen pataje ak lòt yo, voye li nan biwo: Fundación La Buena Noticia, (Fondasyon Bòn Nouvèl). Av. 27 de Febrero No. 311, Santo Domingo, Rep. Dom. Telefòn: (809) 562-2655/ (829) 259-8436, oubyen voye yon mesaj nan kourye sa yo: ak nan, [email protected] DIREKTÈ: Rafael Hernández REDAKSYON, KÒDINASYON AK KOREKSYON FÒM AK ESTIL: Jacky Agéna KOLABORATÈ: 1. P. Emilio Travieso, Sj 2. Rose-Laure Fleurantin, fdm

SANSÈ: Johnny Masséba, sj ASESÈ ESPIRITYÈL: Rev. P. Mario Serrano, sj. DYAGRAMASYON: Ramón Mejía ENPRESYON: Editora Tele-3 (Tel.: 809 566-6105)

3. P. Edvard Jeudy 4. P. Jorès Fleurimond 5. Marlène Elien 6. Binsonne Thomas

SOUS LAVI Se yon piblikasyon Fundación La Buena Noticia (Fondasyon Bòn Nouvèl) Av. 27 de Febrero No. 311 Santo Domingo, Rep. Dom Tel.: 809 562-2655 / 809 562-0845 809 562-0846 • Fax: 809 -540-2336 E-mail: labuenanoticia@claro. net.do [email protected]

Enstitisyon ki patwone revi sa a se: Komisyon Nasyonal Pastoral Migran (Komisyon Pastoral Ayisyèn)

7. Ivenson Lebrun Benefis Piblikasyon sa a pote, dwe sèvi pou gaye Levanjil la. Se yon edisyon Fundación La Buena Noticia. (Fondasyon Bòn Nouvèl), pibliye

-4-

MAS 2017

Sous Lav¡

MMÈKREDI Koulè Vyolèt

1

KÒMANSMAN TAN KARÈM ANE-A MÈKREDI LÈSANN PREMYE LEKTI

"Chire kè nou, pa chire rad nou". NAN LIV PWOFÈT JOWÈL 2, 12-18 Koulye a, deklarasyon Granmèt la, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou, nan jèn, ak dlo nan je, nan rèl; chire kè nou, pa chire rad nou, tounen vin jwenn Bondye nou an, paske li bon, li gen mizerikòd, li gen pasyans, ak anpil mizerikòd, li siperyè anlè mechanste. Ki moun ki konnen, si l’ ta tounen, pou l’ padonnen, pou l’ kite yon benediksyon aprè l’ , sakrifis ak ofrann likè pou Granmèt la, Bondye nou an ? Sonnen twonpèt nan Siyon, deklare yon jèn sakre, rele foul, rasanble pèp, konsakre kominote, rasanble vye granmoun yo, rasanble timoun yo ak sa k’nan tete; se pou mesye ki marye a kite kabann li, se pou madanm ki marye a kite chanm li. Ant kote yo mete rad yo ak lotèl la, se pou prèt yo kriye, yo menm sèvitè Granmèt la, se pou yo di : "Pitye, Granmèt, pitye pou pèp ou a, pa renmèt eritaj ou a nan mank dega, pou nasyon yo pa kòmande sou yo. Pouki pou yo ta di nan pèp yo: Kote Bondye yo a"? Granmèt la vin jalou pou peyi l’ la, li menaje pèp li a. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

50, 3-4. 5-6a. 12-13. 14 e 17 R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.

Pitye pou mwen, Bondye, daprè mizerikòd ou a; daprè kantite mizerikòd ou, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’sot nan peche m’ nan.R. Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen tout tan.Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan mwen fè l’.R. Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen w’ nan, pa wete l’ sot nan mwen.R. Renmèt mwen kè kontan sove ou sove a, asire m’ak lespri ki pi vif la.Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen anonse lwanj ou.R. DEZYÈM LEKTI "Rekonsilye ak Bondye : men tan gras la koulye a". NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN 5, 20- 6, 2 Frè m’yo : Pou Jezikri, n’ap fè sèvis komisyonè, tankou se Bondye k’ap ankouraje pa lentèmedyè nou. Nou ensiste pou Jezikri : rekonsilye ak Bondye ; li menm ki pa t’ konnen peche, Bondye fè l’ vin tounen pechè pou nou, pou jistis Bondye te kapab reyalize nan li. Kòm n’ap plede, nou ankouraje nou, pou nou pa resevwa gras Bondye a pou granmesi. Sèke li di : "Nan tan gras la mwen reponn ou, jou sove a, mwen pote ou sekou". Men li koulye a, tan gras la, men li koulye a, jou sove a. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL "Papa ou, ki wè nan kote ki kache, l’ap renmèt ou sa". -5-

Sous Lav¡ MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN

6, 1-6. 16-18 Lè sa a: Jezi di disip li yo: Fè atansyon, pou nou pa fè aksyon kòrèk nou devan moun yo, pou yo wè nou; otreman nou pa ta gen rekonpans devan Papa nou ki nan syèl la. Lè w’ap fè charite, pa sonnen twonpèt devan ou, tankou ipokrit yo ap fè nan sinagòg yo ak sou plas yo, pou moun yo kapab fè lwanj yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm lè w’ap fè charite, pa kite men goch ou konnen sa men dwat ou ap fè, pou charite w’la kapab ret kache; konsa Papa w’ki wè nan kote ki kache a, l’ap renmèt ou sa. Lè n’ap priye, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen ret kanpe nan sinagòg yo ak nan kalfou plas yo, pou yo priye, pou moun yo kapab wè yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap priye, antre nan chanm ou, fèmen pòt la, priye Papa ou nan kote ki kache a. Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa. Lè n’ap fè jèn, pa ret chagren tankou ipokrit yo, yo fè figi yo dekonpoze, pou moun yo kapab wè y’ap fè jèn. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap fè jèn, met losyon sou tèt ou, lave figi ou, pou moun yo pa wè w’ap fè jèn, men pou se Papa ou ki wè, li menm ki nan kote ki kache a; Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, nou kòmanse wout k’ap mennen nou nan Pak la, e Levanjil la fè nou sonje obligasyon fondamantal ke nou genyen kòm kretyen, pa sèlman pou nou prepare yon tan litijik, men tou pou nou prepare nou pou lavi k’ap dire pou toutan an: «Fè atansyon, pou nou pa fè aksyon kòrèk nou devan moun yo, pou yo wè nou; otreman nou pa ta gen rekonpans devan Papa nou ki nan syèl la» (Mt 6,1). Jezi vle montre nou kijan li enpòtan pou nou viv selon prensip Levanjil la, san li pa bliye «si nou pa viv pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la» (Mt 5,20). Jistis la mennen nou nan lanmou, ki manifeste nan charite ak nan zèv mizerikòd yo: «Ou menm lè w’ap fè charite, pa kite men goch ou konnen sa men dwat ou ap fè » (Mt 6,3). Jezi envite nou fè sa ki byen san nou pa chèche konpliman, paske rekonpans nou se nan men Bondye, se lavi pou toutan. Pap Benwa XVI te souliye: ede yon moun ki nan bezwen, se yon obligasyon jistis la menm, anvan menm li se yon zèv lacharite: «charite a ale pi lwen ke jistis la (…) men li pa janm ekziste san jistis la ki pouse nou bay lòt la sa ki pou nou, sa vle di, sa li merite pa rapò ak sa li ye a ak fason li aji a». Nou pa dwe bliye sa: nou pa mèt byen ki nan men nou yo, sèlman yo nan men nou pou nou byen jere yo. Kris la aprann nou vrè charite a se pa lè nou fè yon moun kado yon bagay, men se lè nou bay pwòp tèt pa nou, antan nou ofri nou bay Bondye tankou yon sakrifis ki sen (Wom. 12,1). Se nan fason sa nou -6-

Sous Lav¡ ta kapab reyalize jistis ak charite Kris la, e «konsa Papa w’ki wè nan kote ki kache a, l’ap renmèt ou sa» (Mt 6,4). Pandan n’ap batay kont tout move tandans nou yo, limyè Fèt Pak la deja ap klere nou. Lavi ki sòti nan kavo lanmò Kris la deja anvayi nou nan jefò n’ap fè pou nou pwoche pi pre Bondye, pi pre frè ak sè nou yo. Sakrifis ak soufrans n’ap andire yo, se pa yon gwo chay pou nou paske sa n’ap chèche nan yo a deja prezan nan lavi nou. Pandan nou pran wout pou n’al chèche delivrans la, delivrans la deja ap dòmi nan fon kè nou. Nou swete tout moun pase yon bon tan karèm ak Jezi! LAPRIYÈ: Bondye Papa, nan kòmansman Tan karèm sa a, kote Legliz la envite nou fè jèn ak penitans, tanpri n’ap mande w’ ba nou Lespri w’ la pou nou kapab pote lavikwa sou tout fòs ki vle koupe relasyon nou genyen avèk ou depi jou batèm nou. Ede nou fè yon jèn ki fè w’ plezi pou nou kapab mouri e leve byen vivan ansanm ak Kris la. PWOPOZISYON: Pwofite tan Karèm sa a pou w’ lapriyè pi plis, pataje sa yo genyen pi plis, fè plis sakrifis ak tèt ou (fè rezistans ak tantasyon). JEDI

2

Koulè Vyolèt

JEDI APRÈ LÈSANN PREMYE LEKTI

"Men m’ prezante devan ou jodi a benediksyon an ak malediksyon an".

NAN LIV DETEWONÒM

30, 15-20 Moyiz pale ak pèp la, li di : "Konsidere sa m’ prezante devan ou jodi a : lavi a ak byen an, epi an fas : lanmò a ak malè a, pou ou kapab renmen Granmèt Bondye w’ la, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou kenbe kòmandman l’ yo ak seremoni yo, ak jijman yo, pou ou kapab viv: konsa l’ap fè w’ vin anpil, l’ap beni ou nan peyi a, kote w’ a pral antre pou w’ posede l’ la. Sèlman si kè ou vire, ou pa vle koute, ou kite move lide twonpe w’, ou adore dye etranje, ou sèvi yo, mwen deklare ou davans jodi a w’ap peri, nan yon ti moman w’ap mouri nan peyi a, lòt bò Jouden an, kote w’ap antre pou w’ posede l’ la. Jodi a mwen pran syèl la ak tè a pou temwen, mwen prezante devan nou lavi a ak lanmò a, benediksyon an ak malediksyon an. Chwazi lavi a, pou w’ viv ansanm ak ras ou; pou w’ renmen Granmèt la Bondye w’ la, pou w’ obeyi vwa l’, pou w’ kole sou li (se li menm vrèman vre ki lavi ou ak longè jou w’ yo), pou w’ abite nan peyi a, sa Granmèt la te fè sèman bay papa w’ yo, Abraam, Izaak ak Jakòb, li t’ap ba yo a". Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS: 1, 1-2. 3. 4 e 6 R/Ala kontantman pou moun ki met Granmèt la kòm esperans li.

Ala kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa kòrèk yo, ki pa kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase Bondye nan rizib yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R. L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ -7-

Sous Lav¡ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R. Se pa konsa pou moun ki pa kòrèk yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo : men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R. LEVANJIL "Moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove l’". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 22-25 Lè sa a : Jezi di disip li yo : Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt yo ak skrib yo kondane l’ pou l’ resisite sou twazyèm jou a. Li t’ap di yo tout : "Si yon moun vle vin apre m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’ chak jou, pou l’ suiv mwen. Moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ; sèke moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove l’. Sa sa sèvi yon moun si l’ posede tout tè a, epi li pèdi pwòp tèt li, li okazione malè l’"? An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Pasaj nou li nan chapit trant Liv Detewonòm jodi a ap ede nou dekouvri jan Granmèt la respekte libète nou, li mete devan ou jodi a: chemen lavi a ak byen an; epi li mete anfas ou tou: chemen lanmò a ak malè a. Se nan men ou desizyon an ye, balon an se nan pye w’ li ye, paske Bondye ba ou dwa pou w’ fè sa ou deside. Nan kòmansman tan karèm sa a, nou dwe reflechi sou desizyon n’ap pran nan lavi n’ kòm kretyen, oubyen nou dwe poze tèt nou kesyon sou ki wout n’ap swiv, si se chemen bene-

diksyon oubyen si se chemen malediksyon ak pèdisyon. Ann pwofite tan sa pou pran yon desizyon pi fèm nan fason nou vle viv ekzistans nou. Sou chemen lavi a, fòk nou montre jan nou renmen Bondye, jan nou obeyi pawòl li a e sitou jan nou renmen pwochen nou yo. Pa gen anyen ki enposib pou Granmèt la, ann mete nan men l’ tout konfyans nou; an menm tan, ann mande l’ gras pou nou kapab kite se li menm ki dirije lavi nou; konsa n’a ka pran wout benediksyon an. Nan Levanjil la nou dekouvri li pa fasil pou yon mounn tounen disip Kris la, paske sa ekzije anpil sakrafis, sa mande sitou pou nou bliye pwòp tèt nou pou n’ kapab swiv li; se sèlman konsa n’a ka eritye lavi ki p’ap janm fini an. Jezi, li menm ki Bonye, li te aksepte chemen soufrans la pou l’ te ka mennen nou nan kè kontan ki p’ap fini an, pou l’ te ka sove nou. Pa gen lavi kretyen san chemen lakwa, e se pa yon kwa ki parèt nan yon moman nan lavi nou aprè sa li disparèt; men se yon kwa ki toujou la nan tout moman nan lavi nou, e nou dwe sipòte l’ epi ofri l’ bay Bondye nan tout sikonstans, kalamite ak pwoblèm nou rankontre sou wout lavi a. Anpil fwa nou pa gen gou pou nou viv, nou plenyen san souf, nou bliye si soufrans se chemen redanmsyon nou. Chak moman difisil, se yon opòtinite pou nou viv pi pwòch Bondye, pou nou pote kwa ansanm ak Jezikri. LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, ban m’ fòs pou m’aprann pote kwa mwen rankonte chak jou nan lavi mwen; konsa l’a sèvi m’ kòm wout pou m’antre nan wayòn syèl la. -8-

Sous Lav¡ PWOPOZISYON: Gen anpil moun

ki pa konprann mwen, paske mwen pa gade mond la menm jan ak yo; men sa pa di mwen anyen, si mwen oblije pèdi yon bagay nan mond lan pou mwen resevwa lavi Granmèt la ap fè m’ kado a. VANDREDI Koulè Vyolèt

3

VANDREDI APRÈ LÈSANN PREMYE LEKTI "Èske se pa sa a pito: jèn nan mwen chwazi a” ? NAN LIV PWOFÈT IZAYI

58, l-9a Men pawòl Granmèt Bondye : "Rele, pa sispann, tankou yon twonpèt, leve vwa ou; anonse pèp mwen an krim yo fè ak kay Jakòb la peche yo fè. Chak jou y’ap chèche m’, yo vle konnen chemen m’ yo, tankou yon nasyon k’ap fè sa k’ kòrèk, ki pa lage jijman Bondye l’ la. Y’ap mande m’ jijman jistis, yo vle pwoche kot Bondye: "Poukisa n’ap fè jèn, epi ou pa gade; nou rabese nanm nou, ou pa konnen” ? Men li : jou jèn nou an, se volonte nou n’ap fè, n’ap reklame tout moun ki dwe nou yo. Men li: se nan batay ak diskisyon n’ap fè jèn, n’ap frape ak kout pwen san pitye. Pa fè jèn tankou nou fè jous jodi a, pou yo kapab tande vwa nou nan syèl la. Èske se kalite mòd jèn sa a mwen chwazi, pou yon moun ap maltrete nanm li tout lajounen ? Èske se balanse tèt li tankou yon boul, mare ren l’ak sa k’ ak sann ? Èske se sa nou rele jèn ak jou ki fè Granmèt la plezi ?

Èske se pa sa a pito: jèn nan mwen chwazi a? Defèt chenn ki fè nou pa kòrèk la, demare pakèt k’ap peze sou tèt la, ranvwaye sa k’ kraze yo nan libète, kraze tout chaj; separe pen ou avèk moun ki grangou a, fè pòv la ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou; lè ou wè yon moun ki nikò, kouvri l’, pa meprize pwòp chè ou. Lè sa a, limyè w’ ap eklate tankou granmaten, sante w’ ap leve byen vit, jistis ou ap mache devan fas ou, bèlte Granmèt la ap vlope w’. Lè sa a w’ap lapriyè, Granmèt la ap koute, w’ap rele, l’ap di : "Men mwen". Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS: 50, 3-4. 5-6a. 18-19 R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.

Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè jan ou sansib anpil, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan. Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen tout tan. Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan mwen fè l’.R. Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ofri l’, li p’ap fè w’ plezi. Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R. LEVANJIL "Lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa a y’a fè jèn". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 14-15 Lè sa a : Kòm Jezi te rive lòt bò lanmè, nan rejyon Jerazenyen yo, -9-

Sous Lav¡ disip Jan yo pwoche kote l’, yo di: "Poukisa nou menm ak farizyen yo, n’ap fè jèn souvan, epi disip pa w` yo menm, yo pa fè jèn"? Jezi di yo : "Èske pitit yo ki avèk mesye marye a, yo kapab chagren, toutotan mesye marye a avèk yo? Men gen jou k’ap rive, lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa y`a fè jèn". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYOn Lontan lè m’ te piti, mwen te konn tande yo pale de jèn, pafwa mwen te konn ale nan jèn. Lè sa mwen te konprann jèn nan tankou yon anbyans lapriyè, adorasyon ak lwanj pou Bondye. Tèks nou li jodi ede nou reflechi sou siyifikasyon jèn ki fè Bondye plezi a. Jezi ba nou verite a klè ; nou menm, jou nou chwazi pou n’ fè jèn, yo pa sanble jèn ki fè Bondye plezi. Se pou nou reflechi pou n’ wè ki kalite jèn n’ap fè, èske se pa pwòp enterè nou n’ap chèche ? Èske se pa yon jèn pou n’ fè moun wè, pandan n’ap chèche fè lòt enjistis nan tout fason? Si nou vle fè jèn tout bon vre, men demach pou n’ swiv la, fè bagay ki pou fè kè Bondye kontan: Se pou nou gen kè sansib, sispann toupizi lòt yo, pa fè lòt yo enjistis, bay moun k’ap rann nou sèvis libète, wete chay lou k’ap peze moun yo, pataje sa nou genyen ak moun ki nan bezwen, louvri pòt kè nou byen gran pou n’akeyi lòt yo, sitou sila yo ki plis bezwen sa. Pa pran plezi lè w’ wè yon frè oubyen yon sè ap lonje men l’ ba ou pou w’ap pase l’ nan rizib, paske mezi ou mezire a, se avèk li y’ap mezire ou tou. Pou kisa patizan Jan yo ak Farizyen yo ap jene, epi ou menm Jezi,

patizan pa w’ yo pa fè jèn? Yo di sa paske Jwif yo te kenbe lapriyè avèk jèn nan kòm penitans pou peche yo. Men avèk prezans Jezi Bondye Papa a vin bay pèp la kè kontan: Gen yon tan pou chak bagay; gen yon tan pou fete paske mesye marye a la, pwofèt yo te anonse nòs Bondye Papa a avèk pèp li a, lè l’ te vin vizite l’, poutèt nan okazyon sa a, Jezi manje ak pèp li a epi, avèk prezans Jezi, ki vin siyen yon kontra tou nèf. Jezi te poze yo yon kesyon, li di yo, èske lè yo envite yon moun nan nòs, moun sa a kapab fè jèn? Nou tout nou konn al nan maryaj, lè sa a se fèt, se kè kontan; se konsa pawòl Bondye a vle montre nou ki kalite kontra li pase ak pèp la. Jodi a, se avèk nou li vle pase kontra renmen an.Tankou yon gason ak yon fi ki fyanse, nou menm pèp la, se madanm marye a epi mesye marye a se Jezi, se li ki vin etabli kontra tounèf la ant Bondye ak pèp la. Ann travay ansanm pou n’ rete fidèl nan kontra tounèf la. LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, tanpri ede m’ santre lavi mwen sou Wayòm ou an, fè jèn m’ap fè a sèvi Wayòm ou an. PWOPOZISYON: Si mwen rann pwochen mwen sèvis, mwen montre Wayòm Bondye a pa lwen. SAMDI

4

Koulè Vyolèt

SAMDI APRÈ LÈSANN PREMYE LEKTI

"Lè w’ap vide nanm ou bay moun ki grangou a... limyè w’ ap leve nan fènwa yo".

-10-

Sous Lav¡ NAN LIV PWOFÈT IZAYI

58, 9b-14 Men pawòl Granmèt la : "Si w’wete chenn nan sot nan mitan ou, epi ou sispann lonje dwèt ou, ni pale bagay ki pa sèvi ; lè w’a vide nanm ou bay moun ki grangou a, lè w’a plen nanm moun ki nan lapenn nan, limyè w’ap leve nan fènwa yo, fènwa w’ yo ap vin tankou midi. Granmèt la ap toujou ba ou repo, l’ap plen nanm ou ak klète, l’ap delivre zo w’ ; w’ap tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo, ki p’ap manke dlo. Y’ap bati savann lontan yo nan mitan ou, y’ap leve fondasyon jenerasyon ak jenerasyon, y’ap rele ou sila a k’ap bati miray ki te tonbe yo, sila a k’ap drese santye yo pou lapè a. Si ou sispann fè pye ou fè lwanj li, antan w’ pa fè wout ou yo, antan volonte w’ pa parèt, pou w’ap pale pawòl ou : lè sa a w’ap jwenn plezi w’ nan Granmèt la, m’ap pote w’ anlè wotè peyi a, m’ap ba w’ manje nan eritaj Jakòb, papa w’ la. Se bouch Granmèt la menm ki pale". Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS: 85, 1-2. 3-4. 5-6 R/ Aprann mwen chemen w’, Granmèt, m’a antre nan verite w’ la.

Panche zòrèy ou, Granmèt, koute m’, paske mwen malere, mwen pòv. Prezève nam mwen, paske mwen sen ; Sove m’, Bondye mwen, mwen espere nan ou.R. Pitye pou mwen, Granmèt, paske m’ap rete kote w’ tout lajounen. Fè nanm sèvitè w’ la jwenn kontantman, Paske se kote w’, Granmèt, mwen leve nanm mwen.R.

Paske Granmèt, ou bon, ou dou, Ou gen kè w’ sansib anpil pou tout moun k’ap rele ou. Koute lapriyè m’, Granmèt, ak zòrèy ou, koute vwa lapriyè m’.R. LEVANJIL "Mwen pa vin rele sa k’ kòrèk yo, men sa k’ nan peche yo, pou yo fè penitans". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 27-32 Lè sa a : Jezi wè yon pibliken yo rele Levi, ki chita nan biwo ladwann nan, li di l: "Suiv mwen". Li kite tout bagay, li leve, li suiv li. Levi fè yon gran resepsyon lakay li. Te gen yon pakèt foul pibliken ak dòt moun ki te atab avèk yo. Farizyen yo t’ap babye, ni pwofesè yo, yo t’ap di disip li yo: "Poukisa n’ap manje, n’ap bwè ansanm ak pibliken yo ak pechè yo"? Jezi pran lapawòl, li di yo: "Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad. Mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men se moun ki nan peche yo mwen vin rele pou yo fè penitans". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Aprann mwen chemen w’, Granmèt m’a antre nan verite w’ la. Panche zòrèy ou pou w’ koute m’ paske mwen malere, mwen pòv ». Levi, yon nèg ki te gen anpil lajan (sa nou ta kapab rele yon gran nèg jodi a), Jezi gade l’ sèlman, li di l’ : «Swiv mwen », se konsa li abandone tout bagay, li swiv li. Li fè yon fèt lakay li, li envite Jezi ak disip li yo. Farizyen yo te fache. Pibliken ak pwofesè Lalwa yo tou, yo pa kontan e yo kesyone atitid Jezi.

-11-

Sous Lav¡ Ki mesaj Sen Lik vle fè nou dekouvri ? Bondye Izrayèl la, se yon Bondye ki pa gade sou figi moun, li lonje men mizerikòd li pou l’ sove tout moun ki kwè nan li, epi li kondane kondwit moun ki viv sou aparans. Jezi pa rele yon moun ki gen bon repitasyon, okontrè li rele Levi ki se yon pechè piblik. Jezi te gen yon misyon trè klè : li pa t’ vin rele moun ki deja ap mennen yon lavi espirityèl kòrèk, okontrè li rele moun ki pi lwen Bondye. Jezi envite n’ pou n’ louvri kè nou ba li, li se vrè doktè ki konnen nou chak an patikilye. Li pa vini pou moun ki rich, ni moun ki gen gwo konesans, men li vini pou tout moun kapab gen lavi ki p’ap janm fini an. LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki konnen sa n’ap chèche, ba nou fòs ak kouraj pou n’ kapab rete fidèl nan sèvis ou, menm jan manman Mari te rete fidèl jiska lafen. PWOPOZISYON: Èske mwen prè pou m’ kite kèk bagay pou m’ mache ak Jezi ? M’ap reflechi pou m’ ka pran yon desizyon jodi a menm. DIMANCH

5

Koulè Vyolèt

PREMYE DIMANCH KARÈMANE A PREMYE LEKTI

« Kreyasyon ak peche premye zansèt yo ». LEKTI LIV LAJENÈZ 2, 7-9; 3, 1-7 Granmèt Bondye fòme moun nan ak labou tè a, li soufle yon souf lavi nan fas li, moun nan vin tounen yon nam ki vivan. Granmèt Bondye plante yon paradi plezi depi nan kòmansman, li mete moun nan li te fòme a ladan l’. Ak tè

wouze a, Granmèt Bondye fè tout kalite pye bwa pouse, ki bèl pou gade, ki dous pou manje; pye bwa lavi a tou te nan mitan paradi a ak pye bwa syans byen ak mal la. Men koulèv la se te pi rizèz nan tout bèt yo sou tè a, sa Granmèt Bondye te fè yo. Li di madanm nan: « Pouki sa Bondye pase nou lòd, pou nou pa manje nan okenn pye bwa paradi a »? Madanm nan reponn: «Nan fwi pye bwa yo, ki nan paradi a, nou gen dwa manje ; men nan fwi pye bwa, ki nan mitan paradi a, Bondye pase nou lòd pou nou pa manje ladan l’, pou nou pa menm touche l’, otreman nou kapab mouri ». Koulèv la menm di madanm nan: «Se pa vre ditou, nou p’ap mouri okenn. Se paske Bondye konnen jou n’ap manje ladan l’ nan, je nou ap louvri, n’ap vin tankou dye yo ki konnen ni byen ni mal ». Madanm nan wè kijan pye bwa a te bon pou manje, li te bèl pou je, aspè l’ te bay plezi, li pran nan fwi l’, li manje, li bay mari l’ la tou, ki manje. Je yo tou lè de vin louvri. Lè yo rekonèt yo te ni-kò, yo koud fèy fig frans, yo fè rad pou pase nan tay yo. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS: 50, 3-4. 5-6a. 12-13. 14 e 17 R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.

Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè kantite bon kè ou, efase fot mwen an. Lave m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R. Sèke fot mwen an se mwen menm ki konnen l’, peche m’ nan devan m’ tout tan.

-12-

Sous Lav¡ Kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan, mwen fè l’.R. Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen. Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R. Renmèt mwen kè kontan delivrans ou a, asire m’ak lespri ki pi vif la. Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj ou.R. DEZYÈM LEKTI « Kote fot la te anpil la, favè a vin anpil toujou » LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 12-19 Frè m’ yo: Menm jan akoz yon sèl moun peche te antre sou tè a sa a, epi avèk peche a lanmò a, se konsa lanmò a pase nan tout moun, paske tout moun fè peche a. Sèke jouska lalwa a, peche a te sou tè a, men yo pa t’akize moun pou peche a, paske pa t’ gen lalwa. Men lanmò a te kòmande kòm wa depi Adan jouska Moyiz menm nan sa yo ki pa t’ fè peche tankou dezobeyisans Adan an, ki sèvi modèl pou sa k’ vin aprè a. Sèlman kado a pa suiv menm filyè avèk fot la; reyèlman vre si akoz fot yon sèl moun tout foul moun yo mouri, favè Bondye a ak kado nan yon sèl moun nan, Jezikri, li vide laj pi plis ankò nan pakèt foul moun yo. Se pa tankou sa k’ te rive poutèt yon sèl peche a sa ap rive konsa pou kado a ; sèke jijman an te abouti nan kondanasyon akoz yon sèl la, men favè a menm li fè nou vin kòrèk sot nan pakèt fot yo.

Reyèlman vre si akoz fot yon sèl moun lanmò a te kòmande pa lentèmedyè yon sèl la, moun yo ki resevwa chaj favè ak kado ak jistis pa lentèmedyè yon sèl moun nan, Jezikri, y’ap kòmande pi plis toujou kòm wa nan lavi a. Konsa, menm jan pa lentèmedyè fot yon sèl moun nan, tout moun te pase anba kondanasyon, konsa tou pa lentèmedyè jistis yon sèl moun nan, tout moun vin kòrèk pou lavi a. Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun nan, tout foul moun yo te vin gen peche, konsa tou akoz obeyisans yon sèl la, foul moun yo vin kòrèk. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL « Jezi fè jèn, li kite yo tante l’ pandan karant jou ». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 1-11 Lè sa a : Espri a kondui Jezi nan savann nan, pou dyab la tante l’ ; aprè l’ fin fè jèn pandan karant jou ak karant nuit, li vin grangou. Sa a k’ap tante a pwoche, li di l’: «Si ou se Pitit Bondye a, di pou wòch sa yo vin tounen pen».Li reponn, li di: «Men sa ki ekri: «Se pa ak pen sèlman moun viv, men ak tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye». Aprè sa dyab la pran l’ li transpòte l’ nan vil ki sen an, li poze l’ anlè tèt tanp la, li di l’: «Si se Pitit Bondye ou ye, lage kò ou anba; sèke men sa ki ekri: «Li pase zanj li yo lòd osijè ou, pou yo pote ou sou men, pou ou pa riske frape pye ou nan wòch».Jezi di l’: « Men sa ki ekri tou : « Ou p’ap tante Granmèt Bondye w’ la». Aprè

-13-

Sous Lav¡ sa ankò dyab la pran l’ li pote l’ sou yon mòn ki wo anpil, li montre l’ tout rèy tè a ak richès yo, li di l’: «Tout bagay sa yo, m’ap ba ou yo, si ou tonbe atè, ou adore m’ ». Lè sa a atò, Jezi di l’: «Al fè wout ou, Satan; sèke men sa ki ekri: «Se Granmèt Bondye w’ la pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi». Lè sa a atò dyab la kite l’, epi zanj yo pwoche, yo sèvi l’. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a se premye dimanch nan tan karèm nan. Depi mèkredi lèsann Karèm nan kòmanse. Gen 3 aspè ki karakterize tan sa a: Lapriyè, jèn, pataj. Se yon tan rekonsilyasyon ak padon. Se moman espesyal pou nou tounen vin jwenn Bondye. Pou nou pa kite satan pyafe sou nou, pou nou kite se volonte Bondye ki fèt. Se sa Jezi vle montre nou nan pawòl li jodi a. Li konbat dyab la ak 3 pwomès (oubyen tantasyon l’ yo): pouvwa, richès, plezi. 1. Pouvwa: Se youn nan bagay anpil moun ap chèche. Pouvwa fè yo puije lòt la, imilye li, pase l’anba pye, fè l’abi, fèmen bouch li, retire dwa li genyen pou l’ pale ak di sa l’ panse pou peyi li, pou yon sosyete ki bati sou jistis ak renmen youn pou lòt. Pouvwa se zam dyab la. Lè w’ renmen pouvwa ou p’ap mache ak Jezi, ou tounen disip satan menm lè ou aktif nan aktivite Legliz. Jezi di satan jodi a: «ou p’ap tante Granmèt Bondye ou a ». Nan dezè lavi nou, se Bondye ki pou kòmande. Se pou nou pa sispann mande Bondye pa kite nou tonbe nan tantasyon. Se sa Jezi

te montre nou e se pou sa li vini pou delivre nou, nouvo Adan vle rekonsilye ak nou. 2. Richès: Richès se yon bagay ki makonnen ak pouvwa. Moun yo chèche pouvwa pou yo fè richès, pou yo ka di nou pa kanmarad lòt la, m’ siperyè w’. Richès bon zanmi Satan, se yon gwo estrateji l’ yo. Li konn fè nou pè ret grangou, nou di «mizè pa dous ». Pou sa, gen moun ki vann tèt yo ak dyab, fè kontra ak li, yo bay manman yo, frè yo, papa yo, lòt moun ; touye moun, asasine yo pou yo pran sa yo genyen, pou yo ka gen lajan.Yo bay lajan premye plas, yo bay vant yo premye plas. Se pa vre sa yo di a: manje pa premye bagay nan lavi a. Diyite moun se premye, valè nou pi gwo pase tout sa yo. Lajan pa dwe fè nou fè tenten. Se pou sa Jezi di: « Moun pa viv sèlman ak pen men ak tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye». 3. Plezi: Nou menm moun, nou renmen ti moman detant, nou renmen plezi men se pa tout plezi ki bon. Gen plezi ki ede nou prepare pwòp echèk nou. Kò nou se tanp Bondye, se pa yon kòmès, se pa yon machandiz pou n’ap vann. Jodi a gen mache kò. Moun yo pase tan yo ap bwè tafya, kleren, wonm. Gen plezi ki fè anpil moun bliye si se yon sèl mari, yon sèl madanm. Li fè anpil ti moun lage nan lari a san manman, san papa, anpil timoun pa al lekòl. Li fè anpil moun pèdi tèt yo, yo vin san valè nan sosyete. Nan tan karèm sa, Jezi envite nou bwè nan sous lagras Bondye k’ap vide an kantite. Se poutèt sa Sen Pòl di nou: «Kote fòt la te anpil la, favè a vin anpil toujou» (Women 5,20). E Jezi di nou nan Levanjil la: «Se Granmèt Bondye w’ la pou ou

-14-

Sous Lav¡ adore, se li menm sèl pou ou sèvi» (Mt 4,11). Se pou Bondye beni nou byen beni. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede nou pou nou pa tonbe nan tantasyon pouvwa, richès ak plezi, jan w’ te fè sa nan dezè a, ou menm ki vivan e ki Wa depi tout tan e pou tout tan. Amèn. PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap reziste ak tout sa k’ap tante mwen, antan m’ap redekouvri oubyen dekouvri valè chak bagay genyen. LENDI

6

vwa a. Se yon fason kòrèk pou ou jije pwochen ou. Pa akize moun; pa pale moun mal nan pèp la. Pa kanpe pou ou reklame lanmò pwochen ou. Se mwen menm Granmèt la. Pa rayi frè ou nan kè ou, men se pou ou reprann li an piblik, pou ou pa gen peche sou li. Pa chèche vanjans, pa sonje move pawòl moun menm peyi ak ou yo. Se pou ou renmen zanmi ou tankou ou menm, se mwen menm Granmèt la». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 15 R/ Pawòl ou, Granmèt, se lespri ak lavi.

Lalwa Granmèt la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt la fidèl, li L E N D I P R E MY E S E M È N bay timoun yo sajès. R. KARÈM Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè PREMYE LEKTI kontan. Kòmandman Granmèt la klè, «Se pou ou jije pwochen ou yon fa- li klere je yo.R. son kòrèk». Respè Granmèt la pwòp, li dire pou LEKTI LIV LEVITIK tout tan gen tan, jijman Granmèt la 19, 1-2. 11-18 vre, yo kòrèk, yo tout ansanm.R. Granmèt la pale ak Moyiz, li di: Se pou pawòl bouch mwen fè ou «Pale ak tout foul pitit Izrayèl yo, plezi, ni refleksyon kè m’ devan fas w’a di yo: ou. Granmèt, ou k’ap pote m’ sekou, «Se pou nou sen, paske mwen k’ap delivre m’.R. menm mwen sen, Granmèt Bondye LEVANJIL nou an. «Chak fwa nou fè pou youn nan pi Pa vòlè. Pa bay manti, youn pa dwe piti frè m’ sa yo, se pou mwen menm twonpe pwochen l’. Pa fè sèman sou nou fè». non m’, pa sal non Bondye ou. Mwen MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI se Granmèt la. Pa bay manti sou do A DAPRÈ MATYE KI SEN pwochen ou, pa fè l’ pase tray. Pri 25, 31-46 travay anplwaye ou la p’ap ret lakay Lè sa a: Jezi di disip li yo: ou jous nan maten. Pa madichonnen «Lè Pitit moun nan ap rive nan bèlmoun soud, pa poze pyèj devan moun te l’, epi tout mesaje yo avèk li, lè sa avèg; men se pou ou respekte Gran- a l’ap chita sou fotèy bèlte l’. L’ap ramèt Bondye w’ la, paske se mwen sanble tout nasyon yo devan l’, l’ap menm ki Granmèt la. separe yo youn sot kot lòt, tankou Pa fè sa k’ pa kòrèk, pa fè jijman ki yon gadyen separe mouton yo ak pa kòrèk. Pa fè regadan pou moun ki bouk yo. L’ap mèt mouton yo kanpe pòv la, pa fè lwanj figi sa k’ gen pou- adwat li, bouk yo agoch li. -15Koulè Vyolèt

Sous Lav¡ Lè sa a wa a ap di sa k’ adwat li yo: «Vini, nou menm Papa m’ beni yo, pran posesyon rèy nan yo te pare pou nou depi tè a te kòmanse fèt la. Sèke mwen te grangou, nou te ban m’ manje; mwen te swaf, nou te ban m’ bwè; mwen te etranje, nou te resevwa m’; mwen te ni-kò, nou te abiye m’; mwen te malad, nou te rann mwen vizit; mwen te nan prizon, nou te vin jwenn mwen». Lè sa a moun kòrèk yo ap pran lapawòl, y’ap di: «Granmèt, kilè nou te wè ou grangou epi nou te ba ou manje? oubyen nou te wè ou swaf epi nou te ba ou bwè? kilè nou te wè ou etranje epi nou te resevwa ou? oubyen ni-kò epi nou te abiye ou? oubyen kilè nou te wè ou malad oubyen nan prizon epi nou te vin jwenn ou»? Wa a ap reponn, l’ap di yo: «An verite mwen di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou te fè li». Lè sa a atò l’ap di sila yo ki agoch li yo: «Rale kò nou sot sòti mwen, nou menm ki madichonnen, al nan dife tout tan an, ki te pare pou dyab la ak mesaje l’ yo. Mwen te grangou, nou pa t’ ban m’ manje; mwen te swaf, nou pa t’ ban m’ bwè; mwen te etranje, nou pa t’ resevwa m’; mwen te ni-kò, nou pa t’ abiye m’; mwen te malad epi mwen te nan prizon, men nou pa t’ vizite m’». Lè sa a yo menm tou y’ap pran lapawòl, y’ap di l’: «Granmèt, kilè nou te wè ou grangou, oubyen swaf, oubyen etranje, oubyen ni-kò, oubyen malad, oubyen nan prizon, epi nou pa t’ rann ou sèvis»? Lè sa a l’ap reponn yo, l’ap di: «An verite mwen di nou, chak fwa nou pa t’ fè sa pou youn nan

pi piti sila yo, se pou mwen menm tou nou pa t’ fè li».Sila yo a pral nan chatiman tout tan an, moun kòrèk yo menm a pral nan lavi tout tan an». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Levanjil Matye nou pwoklame jodi a ap ede nou konprann pi byen kòman lavi nou kòm kretyen dwe chita sou renmen ak konpasyon pou sa ki pi pòv yo, sa ki nan bezwen yo. Nan jijman final la Bondye ap jije nou chak selon kritè renmen an. Nou kapab raple nou chan ki di: «Renmen, renmen, renmen se sa Jezi mande. Renmen, renmen, renmen se lavi yon kretyen. Renmen, renmen, renmen se viv jan Bondye vle. An nou tout renmen tankou Jezi!». Se yon bèl chan ki kapab ede nou nan lavi a epi pèmèt nou bay temwayaj nou se pitit Bondye tout bon. Nan levanjil la, nou kapab wè kijan Bondye idantifye l’ak soufrans tout moun ki nan bezwen ak sa ki pòv yo. Yon ti istwa: Vwala se te yon kretyen ki te konn lapriyè anpil, se konsa nan lapriyè l’, li toujou mande Granmèt la pou l’ vin lakay li. Yon bon jou pandan l’ap dòmi, li reve Granmèt la pwomèt l’ap vizite l’. Li te kontan anpil paske rèv li t’ap vin yon reyalite. Konsa chak jou li leve li fè netwayaj, li prepare kay li pou l’ resevwa envite espesyal la. Envite a pa t’ jan m’ rive men se moun pòv yo ki t’ap frape nan pòt li pou mande ede yo. Kretyen an pa t’ janm ede yo men li te ret ap tann envite a ki, daprè li pa t’ janm rive. Nan yon lòt rèv Granmèt la te pale avè l’ pou l’ te raple l’ chak fwa li t’ rive lakay li kijan li pa t’ resevwa l’.

-16-

Sous Lav¡ Istwa sa ap raple nou chak fwa nou fè charite ak solidarite ak moun ki pòv yo, Bondye kontan. N’ap di Bondye mèsi pou chak fwa nou te gen okazyon fè lacharite oubyen nou te gen konpasyon pou moun k’ap soufri yo. LAPRIYÈ: Granmèt, ban m’ yon kè sansib pou m’ kapab gen plis konpasyon ak solidarite nan soufrans pwochen mwen. PWOPOZISYON: M’ap trete pwochen mwen ak konpasyon ak mizerikòd. MADI

7

Koulè Vyolèt

MADI PREMYE KARÈM PREMYE LEKTI

SEMÈN

«Pawòl mwen fè tout sa m’ vle ». LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 55, 10-11 Men pawòl Granmèt la: «Menm jan lapli ak lanèj desann sot nan syèl, epi li pa tounen la, san l’ pa wouze tè a, san l’ pa enbibe l’, pou l’ jèmen, pou l’ bay semans pou moun k’ap simen an ak pen pou moun ki bezwen manje a, se konsa tou pawòl ki sòti nan bouch mwen an, li pa tounen vin jwenn mwen vid, men l’ap fè tout sa m’ vle, l’ap reyisi misyon l’ nan, sa m’ voye l’ fè a». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 33, 4-5. 6-7. 16-17. 18-19 R/ Nan tout tray yo Bondié sové moun kòrèk yo.

Fè lwanj Granmèt la ansanm avèk mwen, an nou fè wè jan non l’ gran nou tout ansanm, Mwen chèche Granmèt la, li koute m’, anba tout sa k’ fè m’ pè li delivre m’.R.

Gade kote l’, pou nou klere, fas nou p’ap wont. Pòv la rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li yo li sove l’.R. Je Granmèt la sou moun kòrèk yo, zòrèy li nan rèl yo. Figi Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo, pou l’ pèdi souvni yo sot sou tè a.R. Yo rele, Granmèt la koute, anba tout tray yo li delivre yo. Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze, sa k’ gen lespri yo kraze yo, l’ap sove yo.R. LEVANJIL “Se konsa pou nou lapriyè”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 7-15 Lè sa a: Jezi di disip li yo: «Lè n’ap lapriyè, pa pale tankou payen yo; yo konprann reyèlman vre se nan pale anpil yo a y’ap koute yo. Pa sanble ak yo; sèke Papa nou konnen sa nou bezwen, anvan menm nou mande l’. Se konsa pou nou lapriyè: «Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen pou nou viv la, ba nou li jodi a, padonnen sa nou fè ou, tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak tou sa ki mal. Amèn». Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou yo tou; men si nou pa padonnen lèzòm, Papa nou p’ap padonnen nou peche nou yo». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-17-

Sous Lav¡ REFLEKSYON Lapriyè Papa nou ki nan syèl la, se lapriye Jezi te montre disip li yo lè yo te mande l’ pou l’ montre yo lapriyè (Lk 11, 2ss). Jodi a nou jwenn lapriyè sa a nan levanjil Matye a (Mt 6, 9ss) men nan yon kontèks ki diferan. Se kontèks tan Karèm nan, kote Legliz la envite nou konvèti pou nou kapab tounen yon moun nouvo nan Dimanch Pak la. Nou kapab medite sou kouman levanjil Matye a ap ede nou nan fason n’ap lapriyè, nan fason n’ap ede moun pòv yo epi nan fason nou fè jèn. Se twa pratik relijyez legliz la mande nou pou nou viv nan senserite pandan tan Karèm nan. Lapriyè se moman ki enpòtan nan lavi yon kretyen. Se toujou yon okazyon pou nou fè laverite sou lavi nou devan Bondye, sèl Jij ki konnen sa ki nan kè nou. An nou pale ak Papa nou, avèk bèl pawòl Jezi te mete nan bouch nou: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen pou nou viv la, ba nou li jodi a, padonnen sa nou fè ou, tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak tout sa ki mal. Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou yo tou; men si nou pa padonnen lèzòm, Papa nou p’ap padonnen nou peche nou yo». LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri aprann nou bay pou nou ka resevwa. Mwen pa mande w’ richès, tanpri fè m’ jwenn sa ki nesesè

jodi a pou mwen viv. Pa pouvwa Jezikri. Amèn. PWOPOZISYON: M’ap reflechi sou lapriyè Jezi te montre disip li yo antan m’ap gade tèt mwen sou pa anndan. MÈKREDI

8

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

“Moun Niniv yo chanje konduit sot nan move chemen yo”. LEKTI LIV PWOFÈT JONAS 3, 1-10 Rive pawòl Granmèt la di Jonas: «Leve, al Niniv, gran vil la, preche prèch la mwen te pale w’ la ladan li». Jonas leve, 1’al Niniv daprè pawòl Granmèt la. Niniv se yon gran vil ki te mande twa jou pou travèse l’. Jonas kòmanse antre nan lavil la, li mache pandan yon jounen; li rele byen fò, li di: «Aprè karant jou, Niniv ap detwi». Moun Niniv yo kwè nan Bondye, yo preche yon jèn, yo abiye ak sak sot depi pi gran an jous pi piti a. Pawòl la rive kot wa Niniv la, li leve sot sou fotèy li, li wete rad li, li abiye ak yon sak, li chita nan sann. Li fè deklarasyon, li pale nan Niniv, nan bouch wa a ak chèf li yo, li di: «Ni moun ni bèt, ni bèf, ni mouton p’ap goute anyen, p’ap manje zèb, p’ap bwè dlo; y’ap kouvri ak sak, ni moun ni bèt, y’ap rele kot Granmèt la avèk fòs, se pou chak moun kite move chemen l’ ak peche l’, ki nan men l’. Kilès ki konnen si Bondye p’ap chanje, si l’ p’ap padonnen, si l’ p’ap tounen sot nan chalè kòlè l’ la, pou nou pa peri»?

-18-

Sous Lav¡ Bondye wè aksyon yo, kijan yo chanje sot nan move chemen yo, Bondye pran pitye osijè malè li te di li t’ap fè a, li pa fè l’. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 50, 3-4. 12-13. 18-19. R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.

Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè jan ou sansib anpil, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R. Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R. Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’ li p’ap fè ou plezi. Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye, ou p’ap meprize l’.R. LEVANJIL «Yo p’ap bay jenerasyon sa a dòt siy pase siy Jonas la» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 29-32 Lè sa a: Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi kòmanse di: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy, men yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Sèke menm jan Jonas te sèvi moun Niniv yo kòm siy nan, konsa tou Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a. Larèn nan Sid la ap leve jou jijman an ansanm avèk moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li vin sot nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon, epoutan gen plis pase Salomon isit la.Moun Niniv yo ap leve jou jij-

man an ansanm avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’, paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen plis pase Jonas isit la». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi kòmanse di: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy, men yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la». Menm jan Jonas te yon siy pou abitan Niniv yo, se konsa tou Jezi pral yon siy pou jenerasyon sa. Malgre Jezi te opere anpil mirak, sa pa t’ anpeche yo mande li «yon» siy. Ebyen siy yo ba nou an, sèke Jezi vini nan mond la. Anpil fwa nou menm tou, frè ak sè m’ yo nou konn mande Bondye yon siy pou li kapab rekonfòte nou, pou li montre nou li tande rèl nou. Konsa nou kapab mande Granmèt la limen dife renmen li nan kè nou pou nou kapab rankontre li. Fòk nou vin tounen moun ki nouvo antan n’ap fete Pak la, fòk nou deja resisite. Kantite peripesi, traka, mizè, soufrans ak kalamite nou pase nan lavi nou! Jonas travèse lavil Niniv, kote moun yo abiye ak rad dèy, y’ap fè jèn e yo t’ap mande Bondye pote yo sekou. Nou menm tou, nou rele bay Bondye ak tout enèji lafwa nou. «Larèn nan Sid la ap leve jou jijman an ansanm avèk moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo».Vrèman vre, Rèn nan sòti byen lwen pou li vin koute Sajès Salomon, men li jwenn plis ke Salomon. Chak moun bezwen devlope pou li kapab vin plis moun, pou li konble vid li pote nan li menm. «Fè nou kase tèt tounen vin jwenn ou, n’a sove». Konvèsyon an se pa

-19-

Sous Lav¡ sèlman yon bagay pèsonèl, men tou se yon bagay kominotè. Pawòl Bondye a, se Sajès nou, li chanje nou epi li chanje kominote nou an. Men fòk nou tout ansanm nou kwè nan li. Tan Karèm nan envite nou ouvri kè nou pou nou kapab ranpli ak kè kontan Pak la; plonje nan lavi Jezi, nan lanmò, soufrans ak rezireksyon li. «Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’». Vrèman, anpil moun te konvèti «paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen plis pase Jonas isit la». Jezi se siy nan. Li renmen mond nou an, li vini, li soufri pou li ak pou nou chak. Li te bay lavi li pou mond la te kapab genyen lavi. Nou kwè Jezi ap transfòme nou gras a Lekaristi a, Pen Vivan nou resevwa a. Jezi ba nou yon lavi tou nèf pou nou viv nan imilite ak senplisite nan sèvis lòt yo. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, voye je ak bon kè sou pèp ou a k’ap devwe tèt li. L’ap frennen kò l’antan l’ap metrize tandans li; fè lespri l’ vin refè avèk rezilta bon aksyon li. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Antan nou kwè Jezi renmen nou tout bon vre, an nou kominike lanmou sa a bay lòt yo atravè yon aksyon konkrè. JEDI

9

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«Mwen pa gen dòt sekou pase ou menm, Granmèt». LEKTI LIV ESTÈ 14, 1. 3-5. 12-14 Jou sa yo: Larèn Estè te kache kò l’ nan Granmèt la, li te pè danje ki t’ap menase

a. Li lapriyè Granmèt Bondye Izrayèl la, li di: «Granmèt mwen, ou menm ki sèl wa nou, ede m’, mwen menm ki pou kont mwen an, andeyò ou menm mwen pa gen pèsòn pou pote m’ sekou. Danje m’ nan nan men m’. Mwen te tande nan bouch papa m’ se ou menm, Granmèt, ki te pran Izrayèl sot nan tout nasyon yo, ak zansèt nou yo sot nan tout sa k’ te pi gran pase yo, pou ou te posede yo kòm eritaj tout tan an; ou aji avèk yo jan ou te pale a. Granmèt, sonje, fè nou wè ou nan tan tray nou an, ban m’ konfyans, Granmèt, wa dye yo ak tout pouvwa. Mete pawòl ki byen fèt nan bouch mwen devan lyon an, chanje kè l’ pou l’ vin rayi lènmi nou an, pou se li menm ki peri ansanm ak tout lòt yo ki konplis li a. Kanta nou menm, delivre nou ak men ou, ede m’, mwen menm ki pa gen dòt sekou sof ou menm, Granmèt, ki gen tout syans». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 137, l-2a. 2bc-3. 7c-8 R/ Nenpòt ki jou mwen rele ou, o koute m’, Granmèt.

M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou koute pawòl bouch mwen. Devan fas mesaje yo m’ap chante pou ou. M’ap adore nan kay sakre ou la ki sen an.R. M’ap fè lwanj pou non ou poutèt kè sansib ou ak verite ou. Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou koute m’; ou mete anpil fòs nan nam mwen.R. Men dwat ou ap sove m’. Granmèt la ap reyalize travay la pou mwen; Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men ou yo, pa lage yo.R.

-20-

Sous Lav¡ LEVANJIL

«Tout moun ki mande, l’ap jwenn. » MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 7-12 Lè sa a: Jezi di disip li yo: «Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou. Sèke tout moun ki mande, l’ap resevwa, moun ki chèche, l’ap jwenn; moun ki frape, y’ap louvri ba li. Oubyen kilès nan pami nou, si pitit li mande l’ yon pen, pou l’ lonje yon wòch ba li? Oubyen si l’ mande yon pwason, èske se yon koulèv l’ap lonje ba li? Konsa si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, èske Papa nou ki nan syèl la p’ap fè pi plis toujou, pou l’ bay moun k’ap mande l’ yo sa ki bon. Konsa tout sa nou vle pou moun yo fè pou nou, se pou nou fè l’ pou yo tou: sa a se lalwa a ak Pwofèt yo». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou». Devan sitiyasyon ki boulvèse lavi nou, ki sekwe bak ekzistans nou, Bondye ap mande nou konfyans ak lafwa. Konfyans sa chita sou akèy nou bay frè ak sè nou yo k’ap soufri, k’ap pase tray. Nan fason yo kapab konte sou nou nan mezi posiblite nou. Si sa posib n’al rann yo sèvis yo bezwen. Bondye renmen nou san limit e l’ap pote nou sekou. Li vle nou kenbe fèm nan lapriyè. Li menm sèl kapab ba nou sa nou manke; men fòk nou gen pèseverans. Bonkè ak bonte Granmèt la manifeste nan lapriyè Jezi te montre patizan li yo: «Papa nou». Si nou chèche fè volonte Bondye

nan lavi nou, si nou travay pou konstwi wayòm li, si nou respekte non li,… ebyen l’ap konble tout nesesite nou yo. Menm jan ak Rèn Estè nan konba espirityèl li, se pou nou di Bondye «mwen pa gen lòt sekou»; konsa li p’ap manke tande rèl nou. «Tout sa nou vle pou moun yo fè pou nou, se pou nou fè l’ pou yo tou: sa a se lalwa a ak Pwofèt yo». Relasyon renmen nou genyen ak Granmèt la, se nan lapriyè nou li manifeste. Mwen se yon pòv ki konte sou Bondye sèlman, li tande rèl lapriyè mwen. Relasyon konfyans sa a pirifye nou, li chanje mond nou an, e se ansanm n’ap gade kot Granmèt la, antan n’ap sipliye li youn pou lòt. Sa nou ta renmen yo fè pou nou, se pou nou fè li pou lòt yo. Amoni ki genyen ant renmen nou genyen pou Bondye ak lanmoun nou genyen pou frè ak sè nou yo manifeste dimansyon orizontal ak vètikal kwa Jezi a. Papa nou ap ba nou tout sa ki bon, l’ap bay moun ki mande li Lespri Sen an. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ba nou yon lespri ki toujou ap kalkile sa ki dwat, pou l’ ekzekite l’ byen vit. San ou menm, nou pa kapab ekziste; fè nou viv jan ou vle. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Montre lòt la ou se frè/sè li nan fason w’ap akeyi li, nan fason w’ap viv avèk li. VANDREDI Koulè Vyolèt

10

PREMYE LEKTI

“Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la, èske se pa pito pou l’ chanje sot nan wout li yo epi pou l’ viv”?

-21-

Sous Lav¡ LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL

18, 21-28 Men sa Granmèt Bondye a di: «Si moun ki pa kòrèk la fè penitans sot nan tout peche l’ yo, sa l’ te fè yo, epi li kenbe tout kòmandman m’ yo, li fè jijman ak jistis, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri. Tout sa l’ te fè pa kòrèk yo, yo p’ap sonje yo; se nan jistis li a reyalize a l’ap viv. Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la, deklarasyon Granmèt Bondye a, èske se pa pou l’ chanje sot nan chemen l’ yo, pou l’ viv? Sèlman si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk daprè tout kalite peche moun ki pa kòrèk la konn fè yo, èske l’ap viv? Tout jistis li yo li te reyalize yo, yo p’ap sonje yo; se nan revòlt li fè a, ak nan peche li fè a, se nan yo l’ap mouri. Epi n’ap di: «Chemen Granmèt la pa dwat». Koute non, kay Izrayèl: Èske se chemen m’ ki pa dwat, èske se pa pito chemen pa nou yo ki move? Sèke si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk, li mouri nan yo, se nan sa k’ pa kòrèk li fè yo l’ap mouri. Men si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l’ fè ki pa kòrèk la, li reyalize jijman ak jistis, li menm l’ap fè nam li jwenn lavi; sèke antan l’ ekzamine, li vire do bay tout sa l’ te fè ki pa kòrèk yo, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4ab. 4c-6. 7-8 R/ Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?

Nan bafon yo m’ap rele kote ou, Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.

Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe? Paske kote ou se padon, nou respekte ou.R. M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la. Plis pase yon santinèl k’ap espere devanjou, se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R. Paske kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’. Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R. LEVANJIL «Al kòmanse rekonsilye ak frè w’ la». MEN BÒN NOUVÈLJEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 20-26 Lè sa a: Jezi di disip li yo: «Si jistis nou pa depase pa pwofesè yo ak farizyen yo, nou p’ap antre nan rèy syèl yo. Nou te tande yo te di ansyen yo: «Pa touye»; paske moun ki touye, li merite jijman. Mwen menm mwen di nou: Tout moun ki fè kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di frè l’: «Tèt vid», li merite tribinal. Moun ki di: «Moun fou», li merite boukan dife a. Konsa, si w’ap ofri kado ou devan lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado w’ la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè w’ la anvan; aprè sa w’a vini, w’a ofri kado w’ la. Mete ou dakò avèk lènmi w’ nan byen vit, pandan ou sou wout avèk li; pou lènmi w’ nan pa renmèt ou nan men jij la, pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan prizon. An verite mwen di ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim nan». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-22-

Sous Lav¡ REFLEKSYON Bondye nou an, se yon Bondye kè sansib. Nan tout demach, li toujou fè premye pa pou nou, malgre tout sa nou fè ki pa kòrèk, li toujou padone nou. Padon Bondye se yon kado gratis; yon sèl bagay fòk nou dispoze pou nou akeyi li. Bondye pa fòse pèsonn; puiske li padone nou, nou menm tou, se pou nou fè tankou li. Renmen li an envite nou sòti nan nou menm pou nou akeyi lòt yo ak mizerikòd. Bondye konnen nou plis pase nou menm, li konnen se pechè nou ye, se pou sa li pran pasyans pou l’ renmen nou, paske non l’ se Bondye; li konnen fèblès nou, epi li l’ap tann nou pou l’ padone n’ chak fwa nou vin kote li. Se sa k’ fè m’ di nan lavi a, li pa janm twò ta pou yon moun jwenn reparasyon: nou kapab fè sa ki mal, konsa tou nou kapab fè sa ki bon. Yon sèl bagay, fòk nou pran konsyans ke sa nou fè a pa bon. Wi, si nou vle nou kapab chanje mal la an byen, sa pa dwe rete la sèlman; fòk nou pran konsyans ke lè nou fè yon bagay ki pa bon, epi pou nou fè jefò pou nou chanje fason n’ap viv la, se pou nou gen yon konpòtman ki fè Bondye plezi. Se pou nou pratike lacharite youn ak lòt, se sa ki baz chanjman nou, pou nou kab jwenn padon gratis Bondye a. Si nou pa fè sa, Bondye p’ap resevwa kado n’ap ofri l’ yo. Jodi a, se yon envitasyon Jezi fè nou, pou pa gen ipokrizi nan relasyon nou kòm frè ak sè. An nou pwofite tan Karèm nan ki se yon tan fò, pou n’ kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Si n’ vle gen Dimanch Pak la, fòk nou

prepare l’ depi kounye a, aksepte antre nan dezè a avèk Jezi, pou n’ kab rive nan dimanch Pak la avèk li, antan nou konte sou konkou Lespri Sen an k’ap ede nou rive nan dènye bout chemen an. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, se ou ki sèl fòs nou, tanpri ede nou fè yon vrè chanjman nan lavi nou, konsa n’a ede lòt yo chanje tou. Amèn. PWOPOZISYON: Mwen p’ap kenbe rankin nan kè mwen kont pwochen mwen. M’ap aprann padone menm jan Bondye padone mwen. SAMDI

11

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«Pou ou kapab vin tounen pèp sen Granmèt Bondye w’ la». LEKTI LIV DETEWONÒM 26, 16-19 Moyiz pale ak pèp la, li di : «Jodi a Granmèt Bondye ou la pase ou lòd, pou ou reyalize kòmandman sa yo ak desizyon yo, pou ou obsève yo, pou ou reyalize yo ak tout kè ou, ak tout nam ou. Jodi a menm, ou chwazi Granmèt la, pou l’ vin tounen Bondye ou, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou obsève kòdmanman l’ yo, lòd li yo ak desizyon l’ yo, pou ou obeyi lòd li. Granmèt la chwazi ou jodi a, pou ou vin tounen pèp li yon fason espesyal, jan l’ te di w’ la, pou ou obsève tout lòd li yo ; pou l’ fè ou pi wo pase tout nasyon yo li te kreye yo nan lwanj ; nan non l’ak nan bèlte l’, pou ou vin tounen pèp ki sen pou Granmèt Bondye w’ la, jan l’ te pale a». Pawòl Granmèt la.

-23-

Sous Lav¡ SÒM REPONS 118, 1-2. 4-5. 7-8 R/ Se chans pou moun yo k’ap ma-

Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt».

che nan lalwa Granmèt la.

An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl

Se chans pou moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan lalwa Granmèt la. Se chans pou moun yo ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche l’ak tout kè yo.R. Ou pase lòd pou yo obsève kòmandman ou yo. Mwen swete pou chemen m’ yo dirije pou m’ kenbe desizyon ou yo.R. M’ap fè lwanj ou nan kè ki dwat, paske mwen aprann jijman ou yo ki kòrèk yo. M’ap kenbe desizyon ou yo, pa lage m’ pou tout tan.R. LEVANJIL «Se pou nou kòrèk nèt tankou Papa nou nan syèl la». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 43-48 Lè sa a: Jezi di disip li yo: «Nou te tande yo te di: «Se pou ou renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou». Mwen menm mwen di nou: «Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou; pou nou kapab vin tounen pitit Papa nou ki nan syèl la, li menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move yo, ki fè lapli tonbe sou moun kòrèk yo ak sou mechan yo. Si nou renmen sila yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen? Èske pibliken yo pa fè sa? Si nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè an plis? Èske payen yo pa fè sa?

Bondye a.

REFLEKSYON «Nou te tande yo te di: «Se pou ou renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou». Sa se kalite edikasyon yo te ba nou. Men Jezi li menm li vin di nou: «Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou…». Kòm mou ki konvèti, ki kite fènwa peche, ki pran wout limyè, nou dwe divòse ak vye koutim nou yo, nou dwe chanje vye manyè nou yo, pou nou kapab tounen sèl ki bay lavi lòt yo gou, pou nou kapab tounen limyè k’ap klere yo. Kòm patizan Jezikri, nou dwe kominike lavi nou resevwa nan pwòp kò ak san li. Nou kontanple Jezi, e nou vle viv menm jan ak li, nan fidelite renmen Papa. Nou dwe swiv ekzanp Jezi a, li menm ki te renmen nou san mezi, li renmen nou jiskaske li mouri pou nou, malgre nou te lènmi li, nou te rejte li, nou te trayi li; granmesi soufrans li, nou te jwenn favè merite lanmou enfini Bondye a ankò. Konsa, an nou mande Bondye fòs ak kouraj pou nou kapab fè sa li mande nou fè, pou lavi nou kapab tounen yon temwayaj renmen ak mizerikòd lanmou san limit li a, gras a konkou Lespri renmen li a k’ap klere nou. LAPRIYÈ: Papa, ou menm ki ekziste tout tan, vire kè nou nan direksyon ou, pou nou kapab chèche sèl sa ki nesesè a tout tan, pou nou aji avèk charite. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

-24-

Sous Lav¡ PWOPOZISYON: Renmen mwen

gen pou pwochen mwen, se chemen k’ap mennen mwen nan vrè pèfeksyon levanjil la. DIMANCH

12

Koulè Vyolèt

DEZYÈM DIMANCH KARÈM PREMYE LEKTI

«Bondye rele Abraam, pou l’ papa pèp Bondye a». LEKTI LIV LAJENÈZ 12, l-4a Jou sa yo: Granmèt la di Abraam: «Pati sot nan peyi ou, ak nan fanmi ou, ak nan kay papa ou, vini nan peyi a m’a montre ou la. M’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon, m’ap beni ou, m’ap fè non ou vin gran, w’ap beni. M’ap beni moun ki beni ou yo, m’ap madichonnen moun ki madichonnen ou yo, tout fanmi sou tè a ap beni nan ou». Abraam pati, jan Granmèt la te pase l’ lòd la. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20 e 22 R/ Se pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou.

Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite. Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R. Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R. Nam nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye.

Se pou kè sansib vin sou nou, Granmèt, tankou nou gen espwa sou ou.R. DEZYÈM LEKTI «Bondye rele nou, li klere nou» LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 1, 8b-10 Ou menm mwen renmen anpil la: Bay konkou ou nan levanjil la daprè pouvwa Bondye, li menm ki delivre nou, ki rele nou yon fason pou nou vin sen, se pa daprè aktivite pa nou, men daprè desizyon pa l’ ak favè a li te ba nou nan Jezikri depi anvan syèk tan yo. Koulye a menm favè a vin klè gras a limyè Sovè nou Jezikri, li menm ki detwi lanmò a, ki klere lavi a avèk posibilite pou nou pa peri nèt la gras a levanjil la. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL «Fas li klere tankou solèy» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17, 1-9 Lè sa a: Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè l’ la, li mennen yo sou yon mòn ki wo anpil, yon kote apa; li chanje fas devan yo. Fas li vin klere tankou solèy, rad li vin blan tankou lanèj. Gen Moyiz ak Eli ki vin parèt devan l’ k’ap pale avèk li. Pyè pran lapawòl, li di Jezi: «Granmèt, sa bon pou nou ret isit la, si ou vle, an nou fè twa joupa isit la, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli». Pandan li t’ap pale toujou, yon nyaj klere vin kouvri yo ak lonbraj li. Yon vwa sòti nan nyaj la, li di: «Sa a se Pi-

-25-

Sous Lav¡ tit mwen an mwen renmen an, nan li mwen jwenn bon plezi m’: koute li». Disip yo ki tande sa, yo tonbe sou fas yo, yo sezi anpil. Jezi pwoche, li touche yo, li di yo: «Leve pa pè». Yo leve je yo, yo pa wè pèsonn sof Jezi sèl. Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, Jezi pase yo lòd, li di: «Pa di pèsonn vizyon an, joustan Pitit moun nan leve sot nan pami mò yo». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Atravè Transfigirasyon an, nou fè yon ti goute bèlte Jezi a, li menm ki pa abandone chemen Jerizalèm nan. Nou pa kapab rive gen kè kontan tout bon vre a, si nou pa rete nan wout la jiskalafen; men nou pa kapab pèsevere non plis si nou pa fè eksperyans bèlte nou espere a. Bondye fè mesye yo konnen bèlte Jezi a sou tèt mòn nan. Se yon bèl eksperyans kote yo rive jwenn sa yo te espere nan Moyiz ak Eli a (Ansyen Kontra); Pyè, pòtpawòl disip yo poko fin konprann. Jezi se Pitit Papa a renmen anpil la. Lè nou fè ekspeyans mesye yo te fè sou tèt mòn nan tounen eksperyans pa nou, sa ap ba nou fòs ak kouraj pou nou kontinye chemen an ki pa fasil la, chemen lakwa a. Nou se yon pèp peleren menm jan ak Abraam ak fanmi l’ yo. Nou sòti anpil fwa ak tout fanmi nou pou n’ chèche lavi. Nou dwe sonje Bondye avèk nou tout kote nou ye. Jezi la, li pa lage nou, nou pa bezwen pè dyaloge ak li, konfye li pwoblèm nou yo. L’ap di nou chak jodi a: «Mwen renmen w’, ou se pitit mwen, mwen p’ap janm lage w’. Mwen vle ou abite avè

m’, mwen vle ou konnen kilès mwen ye. Mwen se Pitit Bondye renmen anpil la, koute mwen». Nou pa gen lòt vwa pou nou koute, lòt wout pou nou swiv ke wout Jezi a. Se li ki mouri pou nou, se li ki ba nou lagras, li ka delivre nou, se li k’ ka padone nou tout bon vre, se li ki ba nou lavi pou tout tan. Pyè santi yon admirasyon ki si tèlman gran li di : «Granmèt, sa bon pou nou ret isit la, si ou vle, an nou fè twa joupa isit la, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli». Lè nou avèk Jezi kè nou dwe kontan. Lè nou nan kay Bondye a, Legliz la nou pa dwe tris. Nan chemen lapriyè sa se pou n’aklame mèvèy Bondye yo. Poutèt sa se pou nou obeyi ak pawòl Jezi a. Fòk nou tounen vin jwenn li. Dimanch transfigirasyon an envite nou fè yon gwo chanjman nan lavi nou, pou nou ka kontanple bèlte Granmèt la, antan n’ap mache sou chemen lavi a. LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te pase nou lòd pou nou koute Pitit ou a ou renmen an, tanpri, swen nou anndan kè nou ak pawòl ou a, pou nou fete lè nou wè glwa ou ak je lespri nou ki netwaye. Tanpri montre nou kòman pou nou rete soude ak Jezi. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Nou pa gen rezon pou n’ap plenyen, an nou di mèsi Bondye. LENDI

13

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«Nou fè peche, nou fè sa ki pa kòrèk».

-26-

Sous Lav¡ LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL

9, 4b-10 M’ap lapriyè ou, Granmèt, Bondye ki gran, ki terib, ki kenbe kontra a ak kè sansib la pou moun ki renmen ou yo epi ki kenbe kòmandman ou yo. Nou fè peche, nou fè sa ki pa kòrèk, nou aji san nou pa respekte ou, nou vire do nou, nou devye sot nan kòmandman ou yo ak jijman ou yo; nou pa t’ obeyi sèvitè ou pwofèt yo, ki te pale o non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp peyi a. Se pou ou, Granmèt, jistis la: nou menm menm se pou nou lawont nan figi a, jan sa ye jodi a pou moun Jida ak pou moun ki abite Jerizalèm yo ak pou tout Izrayèl la, ni pou moun ki tou pre yo, ni pou moun ki lwen yo sou tout tè a, kote ou te voye yo an ekzil poutèt peche yo te fè kont ou menm menm. Granmèt, pou nou menm se lawont nan figi a, pou wa nou yo, pou chèf nou yo ak zansèt nou yo, ki te fè peche yo. Kanta pou ou menm menm, Granmèt Bondye nou, se kè sansib ak padon, paske nou vire do ba ou, nou pa t’ koute vwa Granmèt Bondye nou an, pou nou te mache nan lalwa l’ la, sa l’ te ba nou pa lentèmedyè sèvitè l’ yo pwofèt yo. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 78, 8. 9. 11 e 13 R/ Granmèt, se pa daprè peche nou yo pou ou aji avèk nou.

Pa sonje peche zansèt nou yo, fè vit pou kè sansib ou pran devan nou, paske nou vin pòv anpil.R. Pote nou sekou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou; padonnen peche nou yo, poutèt non ou.R.

Se pou l’ antre devan fas ou, rèl prizonye yo; daprè grandè bra ou kite rès pitit lanmò yo.R. Nou menm menm, pèp ou a ak mouton pak ou a, n’ap fè lwanj ou tout tan; pou jenerasyon ak jenerasyon, n’ap anonse lwanj ou.R. LEVANJIL «Padonnen, y’ap padonnen nou». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 36-38 Lè sa a: Jezi di disip li yo: «Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib. Pa jije, yo p’ap jije nou; pa kondane, yo p’ap kondane nou; padonnen, y’ap padonnen nou. Bay, y’ap ba nou: se yon mezi ki bon, ki byen foule, ki byen souke, k’ap debòde, y’ap mete nan pli rad nou. Nan menm mezi n’ap mezire a, se ladan l’ y’ap mezire pou nou tou, se ladan l’ y’ap renmèt nou». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Pa jije, yo p’ap jije nou; pa kondane, yo p’ap kondane nou; padonnen, y’ap padonnen nou». Se atravè fason Jezi te gade epi aji pou sove mond nou an, se nan fason sa tou nou dwe aprann gade reyalite mond nou an. Lè nou rive pran konsyans de pwòp mizè nou, pwòp feblès nou, ebyen nou p’ap prese pote jijman sou lòt yo; okontrè n’ap lapriyè bay Bondye pou li kapab gen pitye ak mizerikòd pou tout moun. Se lanmou Granmèt la ki sove nou. «Sila yo li te renmen yo, li te renmen yo jiskobou», «Li menm ki te egal ak Bondye e ki pa t' janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l' te

-27-

Sous Lav¡ chache kenbe ak tout fòs», (Fil 2,6). Gras a tèt li li te rabese, li fè nou jwenn remèd pou pwòp mizè nou ak feblès nou. «Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib». Lè nou pran konpasyon devan mizè lòt yo, sa fè nou kominike yo pwòp mizerikòd Bondye gen pou nou an. Antan n’ap vanse pi pre Pak la, an nou mete pye nou nan mak pye Jezi, konsa n’a gen menm santiman ak li, li menm ki te fè kò li tou piti, ki te rabese tèt li yon fason ki te ekstrawòdinè.Te gen anpil moun ki te antoure Jezi lè Jan Batis t’ap batize li, men se li menm sèl ki te san peche pami yo. Pi devan, Apot Pòl pral di nou: «Li menm ki pa t’ komèt peche, te fè tèt li pase pou pechè». Bondye ki sove nou an, li mande nou pou nou sanble ak li nan konpòtman nou. «Padonnen, y’ap padonnen nou ». Atitid ke nou genyen pou frè ak sè nou yo, se atitid nou genyen pou Bondye li menm. Pwofèt Danyèl ap envite nou pran atitid moun ki koupab e ki konte sou mizerikòd Bondye: «Nou fè peche, nou fè sa ki pa kòrèk, nou aji san nou pa respekte ou, nou vire do nou, nou devye sot nan kòmandman ou yo ak jijman ou yo; nou pa t’ obeyi sèvitè ou pwofèt yo, ki te pale o non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp peyi a». Lè nou rekonèt nou pa pi bon pase lòt yo, sa kapab efase sikatris peche a kite nan fon kè nou.Sa ap ede nou grandi.Sa ap ede nou pa kritike lòt yo, men pou nou ba yo lamen pou ede yo leve lè yo tonbe. Nou tout nou koupab nan sa k’ap pase nan mond nou an, se pou sa, antan n’ap antre pi fon nan Pak la, nou dwe rekonèt tò nou, nou dwe mande Granmèt la padon.

LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki

te pase lòd metrize kò yo, pou nam yo kapab geri, tanpri, fè nou evite tout kalite peche, fè kè nou obeyi kòmandman ou yo ki sen an. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: M`ap fè silans, gade pwòp tèt mwen nan miwa konsyans mwen avan mwen kritike lòt yo. Wè gwo bout bwa ki nan je mwen avan mwen wè ti pay ki nan je lòt la. MADI

14

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«Aprann fè sa k’ byen, chèche sa k’ kòrèk». LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 1, 10. 16-20 Koute pawòl Granmèt la, nou menm, chèf Sodòm yo; resevwa lalwa Bondye nou an nan zòrèy nou, nou menm pèp Gomò a: «Lave nou, pwòpte nou, wete move kalkil nou yo sot devan je m’; sispann aji mal, aprann aji byen: chèche jijman, ede sa k’ap pase mati a, plede kòz sa k’ san papa a, defann sa k’ vèv la. Aprè sa nou mèt vini pou nou plede kòz pa nou devan m’, deklarasyon Granmèt la. Si peche nou ta tankou vlou wouj, yo t’ap vin blan kon lanèj; si yo ta wouj kon woukou, y’ap vin blan kon lanèj. Si nou vle koute m’, n’ap manje richès tè a; men si nou pa vle, si n’ap eksite m’ fè kòlè, se epe a k’ap devore nou: sèke bouch Granmèt la pale». Pawòl Granmèt la.

-28-

Sous Lav¡ SÒM REPONS

49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23 R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.

Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle kont avèk ou; sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan. Mwen p’ap pran towo sot lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R. «Pouki sa w’ap detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou? Epoutan ou rayi disiplin, ou voye pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R. Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch mwen. Ou te konprann mwen te tankou ou. Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwen bèlte, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye».R. LEVANJIL «Yo di, men yo pa fè» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 23, 1-12 Jezi pale ak foul yo ak disip li yo, li di: Sou fotèy Moyiz la pwofesè yo ak farizyen yo chita: tout sa yo di nou, se pou nou obsève yo, se pou nou fè yo, sèlman pa aji daprè aksyon pa yo: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou, bagay moun pa kapab pote, epi yo mete yo sou zepòl moun yo; sèlman menm ak yon ti dwèt yo refize souke yo. Reyèlman vre tout aksyon yo, yo fè yo pou lèzòm kapab wè yo: yo laji bwat yo ki gen vèsè labib yo konn pote sou yo a, yo lonje fil ki pandye nan manch rad yo. Yo renmen premye plas nan resepsyon, ak premye

fotèy nan kay reyinyon yo, yo renmen moun ap di yo bèl bonjou sou laplas, yo renmen pou moun yo rele yo «Rabi». Kanta ou menm, pa rele pèsòn «Rabi»; sèke se yon sèl ki mèt nou, nou tout nou se frè. Epi pa rele pèsòn «Papa» sou tè a; sèke se yon sèl ki Papa nou, sila a ki nan syèl la. Pa fè yo rele nou «Mèt»; paske se Kris la sèl ki mèt nou. Moun ki pi gran nan nou an, se sèvitè nou pou l’ ye. Moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve li». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jezi pa satisfè ak bèl pawòl nan bouch. Si gen yon bagay Jezi pa ka sipòte, se demagoji ak ipokrizi. Youn nan bagay ki fè Jezi fache, se lè chèf yo ap pete fyèl pòv yo, sitou lè se chèf legliz yo k’ap fè sa. Lè yo di yo renmen Bondye, se manti, paske yo pa renmen frè ak sè yo. Jezi vle pou nou konvèti tout bon vre. Men kisa konvèsyon an ye menm ? Konvèti se pa chwazi yon lòt legliz. Pa gen yon legliz ki pa gen pwoblèm. Konvèti se kite Jezikri boulvèse lavi w’, pou w’ panse ak li nan tout sa w’ di, tout sa w’ fè. Sa k’ fè kè Jezi kontan, se sa ki pou fè kè m’ kontan tou. Sa ki konn fè Jezi tris, se sa ki pou fè m’ tris tou. Se Jezi ki pou poto mitan lakay mwen. Depi chèf legliz yo ede m’ jwenn Jezi, fò m’ tande konsèy yo. Men lè chef legliz yo anpeche m’ nan chimen swiv Jezi a, si m’ chita ap kritike yo, sa pa itil mwen anyen. M’ p’ap okipe yo, m’ pa bezwen eskandalize lòt moun. Se Jezi m’ap okipe pito. M’ konnen legliz la se yon ko-

-29-

Sous Lav¡ minote ki Sen men se yon kominote pechè li ye tou. M’ mèt pran sa ki bon ladan l’, kite rès la. Kisa Jezi mande ? Kòman pou nou rekonèt si legliz la ap fè travay li ? Bay moun ki grangou yo manje. Vizite moun ki nan prizon yo. Pran swen malad yo. Voye timoun yo al lekòl. Akeyi etranje nan mitan nou. Rete fidèl ak mari ou, ak madanm ou, ak menaj ou. Lè ou pale, di verite a. Pa fè sa ki pa bon. Padonen moun ki fè nou mal. Li senp, men li pa fasil. Chak jou, fò n’ konvèti ankò.Tipa tipa konsa, n’ap aprann swiv Jezi. N’ap jwenn lavi nèt ale. LAPRIYÈ: Mèsi, Jezi, paske ou pa sou demagoji, ou pa sou ipokrizi. Tanpri, aprann mwen sèvi ou nan frè m’ak sè m’ yo. Amèn. PWOPOZISYON: Olye m’ kritike yon pwoblèm nan legliz la, m’ap aji yon lòt jan antan ke kretyen. Konsa n’ap bati yon legliz vivan k’ap pi pre Jezi. MÈKREDI

15

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

"Vini, an nou frape l’". NAN LIV PWOFÈT JEREMI 18, 18- 20 Yo di: "Vini, an nou fè konplo kont Jeremi; lalwa a p’ap peri poutèt pa gen prèt, ni konsèy la poutèt pa gen moun sajès, ni pawòl la poutèt pa gen pwofèt. Vini, an nou frappe l’ avèk kout lang, nou p’ap fè atansyon nan tout pawòl li yo". Granmèt, vire lide ou sou mwen, koute vwa lènmi m’ yo. Èske yo konn renmèt mal pou byen, ki fè yo fouye fòs pou nanm mwen an? Sonje mwen

te kanpe devan fas ou, pou m’ te plede kòz yo, pou m’ te fè kòlè ou vire lwen yo. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS: 30, 5-6. 14. 5-16 R/ Sove m’, Granmèt, nan kè sansib ou a.

Wete m’ sot nan pyèj yo kache pou mwen an, paske se ou menm ki fòs mwen. Se nan men ou mwen renmèt lespri m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.R. Sèke mwen tande rèl anpil moun: se kè sote nan lavil la; poutèt yo rasanble ansanm kont mwen, yo fè konplo pou yo wete nanm mwen.R. Kanta mwen menm menm se nan ou mwen espere, Granmèt; mwen di: "Se Bondye m’ ou ye, se nan men ou destine mwen ye". Delivre m’ sot nan men lènmi yo ak moun k’ap pèsekite m’ yo.R. LEVANJIL "Y’ap kondane l’ amò". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20, 17- 28 Lè sa a: Pandan Jezi ap monte Jerizalèm, li pran douz disip yo apa, li di yo: "Men n’ap monte Jerizalèm, y’a pral renmèt Pitit moun nan nan men chèf prèt yo ak pwofesè yo, y’ap kondane l’ amò, y’ap renmèt li nan men nasyon yo pou yo pase l’ nan rizib, pou yo bat li, pou yo kloure l’ sou kwa, epi sou twazyèm jou a, l’ap leve ankò". Lè sa a manman pitit Zebede yo pwoche kote l’ ansanm ak pitit li yo, li ajenou devan l’, li mande l’ kichòy. Jezi di l’: "Ki sa ou vle"? Li di l’: "Di pou de pitit mwen sa yo chita youn adwat ou, lòt la agoch ou nan rèy ou an".

-30-

Sous Lav¡ Jezi menm reponn, li di: "Nou pa konnen sa n’ap mande a. Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou m’ bwè a"? Yo di l’: "Nou kapab". Li di yo: "Kalis mwen an, n’ap bwè l’; men kanta pou chita adwat mwen oubyen agoch mwen an, se pa mwen menm ki kapab ba nou sa, men se pou moun Papa m’ pare sa". Lè dis lòt yo tande sa, yo fache kont de frè yo. Jezi menm rele yo, vin kote l’, li di: "Nou konnen chèf nasyon yo kòmande yo, epi sila yo ki nan gran plas yo, yo fè pouvwa yo peze sou yo. Sa pa dwe fèt konsa nan mitan nou, men nenpòt ki moun nan pami nou ki vle vin gen pi gran plas, se pou l’ vin tounen sèvitè nou; epi moun ki vle vin gen premye plas nan pami nou, se pou l’ vin tounen esklav nou. Se konsa Pitit moun nan pa vini pou l’ fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ pou delivrans kantite moun yo". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, n’ap santre refleksyon nou sou 2 mo kle nou jwenn nan finisman Levanjil la: Pouvwa epi sèvis. Pouvwa, se youn nan bagay anpil moun k’ap viv sou latè ta renmen genyen. Men anpil moun ki gen pouvwa mal itilize l', konsa li vin sanble yon koute ki file de bò ki pa gen manch pou moun nan kenbe li. Nan Levanjil sa a, Jezi ap denonse move fason nou konn itilize pouvwa lè nou genyen li epi li envite nou menm kretyen yo pou nou kapab aji yon fason diferan. Nou wè youn nan moun ki te viktim anba pouvwa lògèy

lèzòm se Jezi li menm. Depi lè li te fèt, pouvwa wa Ewòd te genyen ak tout lòt moun ki te puisan nan epòk la te vle touye li. Kalite pouvwa sa yo fè nou viv pi lwen Bondye, yo fè nou prezante bay mond la yon fo imaj sou Bondye, yon Bondye ki pa bay jistis epi ki toupuisan. Nou pa bezwen yon gran save pou nou konprann pouvwa sa yo vle fè nou fou; se pouvwa ki fè nou vin egoyis, ki fè n'ap kouri pou pran premye plas; se yon pouvwa ki touye zanmitay ak renmen; li rann nou jalou epi li fè nou pèdi dimansyon moun nan nou pote nan nou an.Jezi di nou ankouraje nou pou nou fè ladiferans, nou menm ki vle suiv tras li. Nou dwe aprann sèvi. Yon sèvis ki rann nou lib, paske lè nou fin ede yon moun, nou p’ap vire gade a kote pou nou tann yon rekonpans. Yon sèvis ki fè nou reyalize nou kòm moun, ki fè nou anvi bay tèt nou chak fwa pi plis lè se pou ede lòt yo. Gwo pòs yo bèl se vre, men nou p’ap kouri dèyè yo, nou dwe rete lib pa rapò ak tout bagay mond lan ap ofri nou. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki fòs nou, tanpri fè nou gen kouraj dechouke tout move santiman ki nan kè nou, pou nou kapab rive sèvi frè ak sè nou yo gratis. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jekri, Granmèt nou an. Amèn. PWOPOZISYON: M'ap ede yon moun ki an difikilte san m' pa imilye li; m'ap defann yon moun ki nan danje antan mwen rekonèt vrè valè li. JEDI

16

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

-31-

Sous Lav¡ «Madichon pou moun ki mèt konfyans nan moun; benediksyon pou moun ki mèt konfyans nan Granmèt la». LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 17, 5-10 Men pawòl Granmèt la: «Madichon pou moun ki mèt konfyans nan yon moun, epi ki mete yon moun kòm fòs bra l’, men li wete kè l’ sot kot Granmèt la. L’ap tankou yon bwa chèch nan savann, li p’ap wè lè byen an rive; men l’ap abite nan savann sèk la, nan tè sale a kote moun pa kapab abite a. Benediksyon pou moun ki mèt konfyans nan Granmèt la, ki mèt espwa l’ nan Granmèt la; l’ap tankou yon pye bwa yo transplante sou bò dlo yo, ki plonje rasin li yo nan frechè, li p’ap pè lè chalè a ap rive, fèy li ap ret vèt, nan tan sechrès la li p’ap nan tèt chaje, li p’ap janm manke donnen fwi. Kè tout moun move, yo pa kapab sonde l’, ki moun ki konnen l’? Se mwen menm Granmèt la ki sonde kè, ki eseye ren; mwen menm ki bay chak moun daprè chemen l’ epi daprè fwi travay li». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 R/ Se chans pou moun ki mete Granmèt la kòm espwa li.

Se chans pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa kòrèk yo ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan gwoup moun move plezantri yo, men se nan lalwa Granmèt la li mèt volonte l’, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen kou lannuit.R. L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’; fèy li p’ap tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.

Mechan yo pa konsa, yo pa konsa, men se tankou pousyè van an ap bwote. Sèke Granmèt la konnen chemen moun ki kòrèk yo, wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R. LEVANJIL «Ou te resevwa byen, Laza te resevwa malè; koulye a l’ap konsole isit la, ou menm menm ou nan soufrans». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 19-31 Lè sa a: Jezi di farizyen yo: «Te gen yon mesye ki te rich, li te konn abiye ak vlou ak swa, chak jou li te konn ap fè bèl resepsyon. Men te gen yon pòv tou, yo te rele Laza, ki te kouche nan papòt li, li te plen ak blesi, li te anvi plen vant li ak ti kal manje ki te konn ap tonbe sot sou tab rich la, men pèsòn pa t’ konn ba li; okontrè se chyen yo ki te konn vin ap niche kote l’ te malad yo. Rive pòv la vin mouri, mesaje yo pote l’ nan lestomak Abraam; rich la vin mouri tou, yo antere l’ nan lanfè. Li leve je l’ anlè, pandan li t’ap soufri a, li wè Abraam byen lwen ak Laza nan lestomak li. Li rele byen fò, li di: «Papa Abraam, pitye pou mwen, voye Laza, pou l’ tranpe ti bout dwèt li nan dlo, pou l’ rafrechi lang mwen, paske m’ap soufri nan flanm saa». Abraam di l’: «Pitit, sonje ou te resevwa byen yo nan lavi ou, Laza menm te resevwa malè; koulye a atò li jwenn konsolasyon isit la, ou menm menm w’ap soufri. Ak tout sa, ant nou menm epi ou menm gen yon gran vid ki ekziste, atèl pwen moun ki ta vle sot isit la pou y’al travèse kote ou, yo pa kapab, ni sot kote ou pou travèse isit la». Li di: «Mwen lapriyè ou, Papa, pou ou voye l’ lakay papa m’ (sèke

-32-

Sous Lav¡ mwen gen senk frè), pou l’ bay temwayaj devan yo, pou yo menm tou yo pa vin nan kote soufrans sa yo isit la». Abraam di l’: «Yo gen Moyiz ak pwofèt yo: se pou yo koute yo». Li di l’: «Non, Papa Abraam; men, si youn nan mò yo al kote yo, y’ap fè penitans». Li di l’: «Si ata Moyiz ak Pwofèt yo yo pa koute yo, se pa yon moun ki ta leve sot nan pami mò yo yo ta koute». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Moun ki met konfyans li nan Bondye pa janm pase wont. Paske Bondye ap toujou kanpe avèk li, epi tou l’ap konble li ak benediksyon. Nan sans sa a, Levanjil la ankouraje nou pou nou kenbe fèm nan moman difisil yo, lè nou grangou, lè nou malad, lè nou razè... Nou pa fèt pou nou dekouraje ni dezespere pou n’al fè sa k’ pa bon, paske Bondye pa bliye nou, tankou nou abitye di sa : «nou se pitit Bondye, nou pa bofi Bondye». Pèsonn moun pa ta kwè nèg rich la li t’ap gen bezwen Laza? E poutan li mande Papa Abraam pou l’al fè pòv la mete yon gout dlo nan bouch li, men li te gentan twò ta ; se poutèt sa Abraam reponn li t’ap viv byen nan mond la, Laza menm se soufri li t’ap soufri. Si nou pa aprann pataje sa nou genyen piti kou li ye, nou kapab tonbe nan menm danje ak nèg rich la. Nou toujou ka jwenn kichòy pou nou pataje ak yon moun ki nan bezwen, menm si se yon ti tan pou nou koze ansanm, yon visit, yon akonpayman. Yon lòt bò, Bondye vle montre nou nesesite pou nou aprann koute vwa li nan mesaje li yo, paske lè rich la te di kite Laza al bay frè l’

yo temwayaj sa, li reponn li gen anpil pwofèt ki pale chak jou de sa men yo pa koute yo. Ann met atasyon nou sou pawòl Granmèt la, ann koute vwa mesaje l’ yo; ann aprann viv, enteryorize pawòl levanjil la. LAPRIYÈ: Granmèt, aprann nou pataje sa nou genyen, menm si li piti. Paske lè nou pataje, se avèk ou menm menm nou pataje, ou menm ki te pataje lavi ou avèk nou. PWOPOZISYON: Mwen toujou gen yon pretèks pou m’ pa pwoche bò kote sila ki nan bezwen an, m’ap chèche gen yon lòt atitid antan m’ap mande Bondye chanje kè mwen. VANDREDI Koulè Vyolèt

17

PREMYE LEKTI

«Men sila a ki te fè rèv la k’ap vini : an ale, n’ap touye li». LEKTI LIV LAJENÈZ 37, 3-4. 12-13a. 17b-28 Izrayèl te renmen Jozèf pi plis pase tout pitit li yo, paske se nan vyeyès li li te anfante l’; li te fè yon rad long ki te gen anpil koulè. Lè frè l’ yo wè kijan papa a te pi renmen l’ pase tout pitit yo, yo rayi l’, yo pa t’ kapab pale lapè avèk li. Kòm frè l’ yo t’ap pase yon tan Sikèm antan y’ap gadiyen mouton papa a, Izrayèl di Jozèf: «Frè ou yo ap gadiyen mouton Sikèm; vini, m’ap voye ou kote yo». Jozèf pati dèyè frè l’ yo, li jwenn yo Dotayin. Yo menm, kon yo wè l’ depi byen lwen, anvan l’ pwoche kote yo, yo gen tan fè konplo pou yo touye l’. Youn pale ak lòt: «Men sila a ki fè rèv la k’ap vini: an nou wè, n’ap jete l’ nan yon vye pui, n’ap di: «Yon bèt sovaj devore li», konsa y’a wè ki sa rèv li yo te sèvi li».

-33-

Sous Lav¡ Lè Riben tande sa, li t’ap eseye delivre l’ sot nan men yo, li t’ap di: «Pa touye lavi l’, pa vide san l’; men jete l’ nan pui sa a ki nan savann nan, konsa n’a kenbe men nou san yo pa koupab». Li t’ap di sa, paske li te vle wete l’ sot nan men yo pou l’ renmèt li bay papa l’. Menm lè li rive kot frè l’ yo, yo wete rad ki te gen anpil valè a, ki te gen bèl koulè a, sot sou li, yo mete l’ nan vye pui a ki pa t’ gen dlo a. Yo chita pou yo manje pen, yo wè Izmayelit yo k’ap vwayaje, ki te vin sot Galaad, avèk chamo yo ki t’ap pote losyon, lansan, ak lami pou Lejip. Jida di frè l’ yo: «Sa sa ap sèvi nou, si nou touye frè nou an, epi nou kache san l’? Li pi bon si nou vann li bay Ismayelit yo, konsa nou p’ap sal men nou; sèke se frè nou ak chè nou li ye». Frè l’ yo vin dakò avèk pawòl li yo. Lè machann Madyanit yo vin ap pase, yo wete l’ sot nan pui a, yo vann li bay Izmayelit yo pou ven pyès lajan, Izmayelit yo kondui l’ lejip. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 104, 16-17. 18-19. 20-21 R/ Sonje mèvèy Granmèt la fè yo.

Li rele grangou sou tè a, li kase tout baton pen, li voye yon moun devan yo, se Jozèf yo te vann kòm esklav la.R. Yo fiske pye l’ nan chenn, yo pase kou l’ nan fè, joustan pawòl li a rive, pwomès Granmèt la netwaye l’.R. Wa a voye lage l’, chèf pèp yo ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm chèf sou tout sa l’ posede.R. LEVANJIL «Men eritye a: vini, an nou touye li».

MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN

21, 33-43. 45-46 Lè sa a: Jezi di chèf prèt yo ak ansyen yo nan pèp la: «Koute yon lòt parabòl: Te gen yon pèd-fanmi, li te plante yon jaden rezen, li mèt lantouraj tout alantou l’, li fouye yon preswa nan jaden an, li bati yon kay wo, li lwe jaden an bay kiltivatè yo, li pati byen lwen. Lè tan fwi yo t’ap pwoche, li voye sèvitè l’ yo kot kiltivatè yo, pou yo resevwa fwi l’. Kiltivatè yo pran sèvitè l’ yo, yo jete youn, atè, yo touye yon lòt, yo kalonnen yon lòt ak kout wòch. Aprè sa li voye dòt sèvitè ankò pi plis pase premye yo, yo fè yo menm jan. Alafen, li voye pwòp pitit li a kote yo, li di: «Y’a respekte pitit mwen an». Kiltivatè yo menm, lè yo wè pitit la, yo di nan kè yo: «Men eritye a: an nou wè, n’ap gen eritaj li a». Yo pran l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an, yo touye l’. Lè mèt jaden rezen an ap rive, ki sa l’ap fè kiltivatè sa yo? Yo di l’: «L’ap fè yo peri move lanmò, l’ap lwe jaden rezen l’ nan bay dòt kiltivatè, k’ap renmèt li fwi a nan sezon yo». Jezi di yo: «Èske nou pa t’ li nan labib la: Wòch la bòs mason refize a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an: se nan men Granmèt la bagay sa a fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou?» Se pousa mwen di nou, y’ap wete peyi wa Bondye a sot nan men nou, y’ap renmèt li nan men yon nasyon k’ap fè l’ donnen fwi l’». Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl li yo, yo rekonèt se osijè yo li t’ap pale.

-34-

Sous Lav¡ Yo t’ap chèche arete l’, men yo te pè foul yo, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Pa gen anyen lanbisyon p’ap fè nou fè. Se pou nou kontante nou ak sa Bondye ba nou: lè ou gen lanbisyon ou pa kapab gen renmen nan kè ou; se rayisans, jalouzi, ak mechanste ki plen kè ou. Nou wè kisa lanbisyon kapab fè: frè Jozèf yo te deside pou yo touye l’, nou wè ankò kijan lanbisyon fè kiltivatè yo te vle touye eritye tè yo t’ap travay la. Lè lanbisyon, jalouzi ak mechanste anpare nou, nou bliye valè ak sans lavi moun genyen. Lavi nou se kado Bondye fè nou, se poutèt sa nou dwe respekte lavi pa nou ak lavi lòt yo. Kòm se Bondye ki bay lavi, se poutèt sa lè nou gen lide detwi lavi, Bondye toujou voye yon lòt moun pou delivre l’; sa ki te pase pou Jozèf, Granmèt la te voye machann yo vin achte l’ pou frè yo pa t’ touye l’. Gen yon pwovèb ki di «lè ou renmen tout bagay pou ou, ou pèdi tout»; se sa Sen Mak vle fè nou konnen atravè Levanjil li ekri a. Nou wè kiltivatè a te renmen tè a jis li touye eritye a, se konsa li pèdi tè a tou. An nou gade bò kote pa nou, kijan lanbisyon ap fè ravaj nan sosyete a, nan kominote nou yo, nan peyi nou ak nan fanmi nou, ki fè nou pa rekonèt sèvitè Bondye voye kote nou, menm pitit la li voye pou l’ kapab sove nou, nou touye l’. Jodi a se sa nou wè k’ap pase. Konsa, nou dwe vire do bay tout fòs fènwa ki mete nou dozado youn ak lòt, tankou lanbisyon, jalouzi, mechanste.

Ann fè jefò pou bagay sa yo pa detui lavi nou, puiske se Bondye ki bay lavi. Ann remèt li lavi nou, pou l’ fè sa li vle avèk li, pou lavi kab genyen sans. LAPRIYÈ: Granmèt, padon pou chak fwa mwen kite lanbisyon ak jalouzi fè m’ pa respekte lavi moun sou tè a ; tanpri soutni jefò m’ap fè pou m’ lite kont bagay sa yo, ede m’ rete nan renmen w’ nan pou m’aprann renmen menm jan ak ou. Amèn PWOPOZISYON: M’ap swiv Levanjil la, mwen p’ap aji selon opinyon ak dezi mwen. SAMDI

18

Koulè Blan

JOZÈF KI SEN Gran Fèt

PREMYE LEKTI

«Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la» LEKTI DEZYÈM LIV SAMYÈL 7, 4-5a. 12-14a. 16 Jou sa yo: Men pawòl Granmèt la di Natan: «Al pale ak David sèvitè m’ nan: Men pawòl Granmèt la: «Lè jou ou yo ap rive bout yo, lè w’ap dòmi avèk zansèt ou yo, m’ap fè yon desandans leve aprè ou, se nan vant ou l’ap sòti, m’ap asire peyi wa l’ la. Se li menm k’ap bati yon kay pou non m’, m’ap fè twòn peyi-wa li ret fèm pou tout tan. M’ap yon papa pou li, l’ap yon pitit pou mwen. Kay ou ap fidèl, ni peyi-wa ou pou tout tan devan fas ou, twòn ou ap toujou ret fèm». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 88, 2-3. 4-5. 27 e 29 R/ Ras li ap dire pou tout tan.

-35-

Sous Lav¡ Mizerikòd Granmèt la se tout tan n’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon M’ap anonse verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen di: «Se pou tout tan mizerikòd la bati», nan syèl la mwen asire verite ou.R. Mwen pase alyans mwen avèk sa a mwen chwazi a, mwen fè sèman bay David sèvitè m’: Pou tout tan mwen asire desandans ou a, m’ap bati pou jenerasyon ak jenerasyon fotèy ou a».R. «Li menm l’ap rele m’: «Se papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen». Pou tout tan m’ap kenbe mizerikòd mwen pou li, kontra m’ nan ap fidèl pou li».R. DEZYÈM LEKTI «Malgre espwa a, li kwè nan espwa a». LEKTI LÈT APOT PÒL KI SENAN, POU WOMEN YO 4, 13. 16-18. 22 Frè m’ yo: Pwomès ki te fèt bay Abraam oubyen desandans li a, pou l’ te eritye tè a, se pa daprè lalwa-a li te fèt, men se daprè jistis lafwa a. Konsa se daprè lafwa a, pou pwomès la kapab asire pou tout desandans la daprè favè a, pa sèlman pou sila a ki pitit Abraam daprè lalwa a, men pou sila a tou ki pitit Abraam daprè lafwa a, li menm ki papa nou tout (daprè sa k’ ekri a: «Mwen mete ou kòm papa tout pakèt nasyon yo») devan Bondye, Bondye sa a li te met lafwa a nan li a, Bondye sa a ki fè mò yo viv la, li menm tou ki rele sa k’ pa t’ ekziste yo tankou sa k’ te ekziste yo. Sila a ki kwè malgre espwa a nan espwa a, pou l’ te kapab vin papa tout

pakèt nasyon yo, daprè sa k’ ekri a: «Se konsa desandans ou ap ye». Se pousa yo konte sa pou li kòm jistis. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL «Jozèf aji daprè lòd anj Granmèt la te pase l’ la». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 1, 16. 18-21. 24a Jakòb anfante Jozèf, Jozèf sa a ki te marye avèk Mari. Se Mari ki anfante Jezi, li menm yo rele Kris la. [Men lis ras Jezikri] [Men kijan afantman Kris la te ye] : Mari, manman l’, te fiyanse avèk Jozèf; anvan yo abite ansanm, rive li vin ansent gras a Lespri Sen an; Jozèf menm, mari l’, se te yon moun kòrèk, li pa t’ vle denonse l’, li te vle ranvwaye l’ an kachèt. Pandan l’ap kalkile sa, men zanj Granmèt la parèt nan rèv devan l’, li di: «Jozèf, pitit David, pa pè resevwa Mari, madanm ou; sèke sa k’ fèt nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti. L’ap anfante yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi; se li menm k’ap sove pèp li a sot nan peche l’ yo». Lè Jozèf leve sot nan dòmi, li aji daprè lòd zanj Granmèt la te pase l’ la. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a Legliz la ap sonje Sen Jozèf, mari Lavyèj Mari, papa adoptif Jezi. Jozèf se yon nèg ki pa parèt anpil nan Bib la, men prezans li enpòtan anpil. Jozèf sòti nan ras Wa David. Sa vle di, li se eritye pwomès Granmèt la te fè depi nan tan Abraham, ki se papa tout pèp Izrayèl la, epi li renouvle l’ pou David, ki se youn nan desandan Abraham. Granmèt la fè yo konnen

-36-

Sous Lav¡ li chwazi yo pou montre lemond antye jan l’ renmen pèp li a. Nan Ansyen Kontra a, ki se premye pati Bib la, nou wè jan Granmèt la te toujou rete fidèl nan renmen li renmen pèp Izrayèl la. Nan Nouvo Kontra a, kote nou jwenn istwa Jezikri ak premye disip li yo, nou wè jan Granmèt la te louvri pòt renmen li yo byen louvri, pou tout moun kapab antre, pa sèlman pèp Izrayèl la, ki se pèp jwif la. Lè nou sonje Sen Jozèf, n’ap sonje wòl li nan istwa sa a. Kòm pitit adoptif Jozèf ak pitit Mari, Jezi se manm pèp Izrayèl la, li se eritye pwomès Granmèt la te fè Abraham ak Wa David. Menm tan tou, kòm Pitit Bondye, Jezi se yon nouvo Wa ki ale pi lwen pase Abraham ak David. Pèp Ayisyen an gen yon bèl istwa tou. Granmèt la te ansanm ak «Dessalines», ak «Toussaint», ak lòt nèg ak negès ki te lite pou libète peyi a, ak pou libète tout moun ki t’ap soufri anba sistèm esklavaj nan lemond antye. Nan istwa sa a, malgre tout pwoblèm ak difikilte, Granmèt la pa janm lage peyi Dayiti, li toujou rete fidèl. Fò n’ ta chache konprann nan ki sans Jezikri kapab ede nou ale pi lwen kòm peyi. Menm jan ak Jozèf, fòn fè yon pon ki konekte istwa nou ak lavni nou. LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, granmesi lapriyè Sen Jozèf, fè fanmi nou yo pi fèm, pi solidè, pou nou ka gen yon pi bèl peyi, yon pi bèl sosyete. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Patisipasyon pa m’ konte anpil, si m’ chanje konpòtman, lavi nan kominote a ka vin pi bèl, demen ka miyò.

DIMANCH Koulè Vyolèt

19

TWAZYÈM DIMANCH KARÈM, ANE A PREMYE LEKTI

«Ba nou dlo pou nou bwè». LEKTI LIV EKZÒD 17, 3-7 Jou sa yo: Pèp la te swaf poutèt pa t’ gen dlo, li babye kont Moyiz, li di: «Pouki sa ou te fè nou pati kite Lejip la, pou ou touye nou avèk pitit nou yo avèk bèt yo ak swaf? Moyiz menm rele kot Granmèt la, li di: «Ki sa ou fè pèp sa a? yon ti kras ankò epi l’ap kalonnen m’». Granmèt la di Moyiz: Pran devan pèp la, pran nan ansyen Izrayèl yo avèk ou, ni baton an, sa ou te frape larivyè a, pran l’ nan men ou, epi ale. Men m’ap kanpe laba a devan ou sou wòch orèb la; w’ap frape wòch la, dlo ap sòti ladan l’, pou pèp la bwè». Moyiz fè konsa devan ansyen Izrayèl yo.Yo rele non kote sa a «Tantasyon» poutèt kont pitit Izrayèl yo, epi paske yo te eseye Granmèt la, yo t’ap di: «Èske Granmèt la nan mitan nou oubyen non»? Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9 R/ Si jodi a nou te kapab koute vwa Granmèt la: «Pa fèmen kè nou».

Vini, an nou fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye delivrans nou. An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk kantik, an nou fè fèt pou li.R. Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou ajenou devan Granmèt la ki fè nou an, paske se li menm ki Bondye nou, nou se pèp pak li ak mouton men l’.R.

-37-

Sous Lav¡ Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: «Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou yo te eseye m’ nan; yo te chèche m’ kont, malgre yo te wè travay mwen yo».R. DEZYÈM LEKTI «Renmen an vide nan nou gras a lespri a yo ba nou an». LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 1-2. 58 Frè m’ yo: Kòm nou vin kòrèk gras a lafwa a, se pou nou gen lapè k’ap fè nou pwoche kot Bondye pa lentèmedyè Granmèt nou Jezikri, se pa lentèmedyè l’ tou nou gen posibilite pwoche nan favè sa a pa lentèmedyè lafwa a, favè sa a ki pèmèt nou jwenn konsiderasyon nou, antan n’ap espere bèlte pitit Bondye yo. Espwa a menm pa fè nou wont, paske renmen Bondye a vide nan kè nou pa lentèmedyè Lespri Sen an yo ba nou an. Pouki sa Jezikri, malgre nou te fèb toujou a, li mouri pou peche yo lè tan an rive a? Apèn yon moun kapab aksepte mouri pou yon lòt ki kòrèk; pou yon moun debyen, pètèt kilès ki kapab riske mouri? Men Bondye montre jan l’ renmen nou, paske, malgre se pechè nou te ye, Jezikri mouri pou nou nan tan fikse a. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL «Sous dlo k’ap vòltije pou lavi ki p’ap janm fini an». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ JAN 4, 5-42 Lè sa a: Jezi rive nan lavil Samari a, sa yo rele Sika a, tou pre propriyetete a Jakòb te bay Jozèf pitit li a. Te gen pui Jakòb la kote sa a. Jezi menm fatige ak wout la, li te chita konsa sou bò pui a. Se te apeprè midi.

Yon madanm Samari vin pou tire dlo. Jezi di l’: «Ban mwen bwè». Disip li yo te pati nan lavil la, pou yo achte manje. Madanm Samaritèn nan di l’ konsa: Kijan ou menm ki Juif, ou kapab mande m’ bwè, mwen menm yon madanm Samaritèn»? Reyèlman vre Juif yo pa frekante Samariten yo. Jezi reponn, li di l’: «Si ou te konn kado Bondye a epi kilès k’ap di ou: «Ban m’ bwè» a se ou menm ki ta mande l’, epi li ta ba ou dlo vivan an». Madanm nan di l’: «Mèt, ou pa menm gen dekwa pou ou tire dlo, epi pui a fon; kote ou kapab jwenn dlo vivan an? Èske ou pi gran pase Jakòb zansèt nou an, ki te ba nou pui a, epi li te bwè ladan l’, ni pitit li yo ni bèt li yo»? Jezi reponn, li di l’: «Tout moun ki bwè nan dlo sa a l’ap swaf ankò; men moun ki bwè nan dlo m’ap ba li a, li p’ap swaf pou tout tan; men dlo m’ap ba li a, l’ap vin tounen yon sous dlo nan li, k’ap vòltije pou lavi tout tan an». Madanm nan di l’: «Mèt, ban m’ dlo sa a, pou m’ pa swaf, ni pou m’ pa vin tire dlo isit la». Jezi di l’: «Al rele mari ou, epi vini isit la». Madanm nan di: «Mwen pa gen mari». Jezi di l’: «Ou fè byen di: «Mwen pa gen mari»; sèke se senk mari ou te genyen, epi koulye a, sila a ou genyen an, se pa mari ou li ye: sa a se laverite ou di. Madanm nan di l’: «Mèt, mwen wè se yon pwofèt ou ye. Zansèt nou yo te adore sou mòn sa a, epi nou menm nou di se Jerizalèm kote pou nou adore a».

-38-

Sous Lav¡ Jezi di l’: «Madanm, kwè m’, lè a rive, se pa ni sou mòn sa a ni Jerizalèm n’ap adore Papa a. Nou menm n’ap adore sa nou pa konnen, nou menm nou adore sa nou konnen, paske delivrans la se nan Juif yo li sòti. Men lè a rive, epi se koulye a, kote veritab moun k’ap adore yo, y’ap adore Papa a nan lespri ak laverite. Reyèlman vre se kalite moun sa yo Papa a ap chèche, pou adore l’. Bondye se Espri, moun ki adore l’ yo, se nan lespri ak laverite pou yo adore». Madanm nan di l’: «Mwen konnen Mesi a ap vini, sila a yo rele Kris la; lè l’ vini, l’ap anonse nou tout bagay». Jezi di l’: «Se mwen menm, sila a k’ap pale avèk ou a». Menm lè a disip li yo rive, yo te sezi poutèt li t’ap pale avèk yon madanm nan; men pèsòn pa t’ di: «Ki sa ou bezwen»? Oubyen: «Pouki sa w’ap pale avèk li a»? Madanm nan menm kite krich li a, li pati nan lavil la, li di moun yo: «Vin wè yon moun ki di m’ tout sa m’ te fè: èske se pa li menm ki Kris la»? Konsa yo sòti nan lavil la, yo vin kote l’. Pandan tan sa a, disip li yo t’ap lapriyè l’, yo t’ap di: «Rabi, manje». Li menm li di yo: «Mwen gen yon manje pou m’ manje, nou pa konnen li». Konsa disip yo youn t’ap di lòt: «Èske yon moun ta pote manje ba li»? Jezi di yo: «Manje m’ se fè volonte sila a ki voye m’ nan, pou m’ reyalize travay li. Èske nou menm nou pa di nan kat mwa ankò, rekòlt la rive? Gade, mwen di nou, leve je nou, gade rejyon yo, paske yo deja tou blan pou rekòlt la. Moun ki te simen an, li resevwa rekonpans li, l’ap ranmase

fwi pou lavi ki p’ap janm fini an, pou moun k’ap rekòlte a kontan ansanm ak sila a ki simen an. Nan sa reyèlman vre pawòl la vre: youn simen, lòt la rekòlte.Mwen menm mwen te voye rekòlte, kote nou pa t’ travay; dòt te travay, epi nou menm nou antre nan fwi travay yo». Nan lavil la anpil moun te kwè nan li nan pami Samariten yo, poutèt pawòl madanm nan ki te sèvi temwen an: «Li di m’ tout sa m’ te fè»! Konsa lè yo vin kote l’, Samariten yo mande l’ pou l’ rete la a. Li rete la a de jou. Gen plis moun ki kwè nan li toujou poutèt pawòl li. Yo t’ap di madanm nan: «Koulye a se pa poutèt pawòl ou nou kwè ankò; sèke nou tande l’ li menm, epi nou konnen sila a se Sovè tè a tout bon vre». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, twazyѐm dimanch tan Karѐm, nou kapab di nou deja rive nan mwatye wout nou gen pou nou fѐ pou nou kapab fete gwo evènman Pak la, ki se sant lavi tout kretyen k’ap viv sou fas tѐ a. Lѐ n’ap mache nan yon wout ki long, nou toujou gen tandans gade dѐyѐ pou nou wè ki valѐ nou fѐ deja epi gade devan tou, pou nou wѐ konbyen nou rete. Kidonk, nou menm kretyen nou dwe pran tan pou nou evalye tèt nou, pou nou wè si nou akonpli tout devwa nou te genyen pou nou akonpli pandan tan Karѐm nan. An nou gade kisa pawὸl Bondye jodi a pote pou nou, konsa n’a wѐ kote nou ye nou menm. Nan premye lekti a, nan liv Ekzὸd la, nou wѐ kὸman pѐp Izrayѐl la t’ap babye kont Moyiz nan dezѐ a paske swaf t’ap touye yo,

-39-

Sous Lav¡ yo pa t’ jwenn dlo pou yo bwѐ. Moyiz menm te pale ak Bondye, la menm Bondye te bay Moyiz lὸd kisa pou li fѐ e dlo te koule an kantite, tout moun te bwѐ dlo ki te pase swaf yo. Tan Karѐm nan se tankou yon dezѐ pou nou, kote gen anpil bagay nan lavi nou ki fѐ nou babye kont Bondye, anpil bagay ki fѐ nou aji tankou engra anvѐ Bondye lѐ li fin fè yon bagay pou nou; men malgre sa li toujou koute rѐl nou, lѐ nou rele ba li. Nan sòm 94, moun ki ekri sòm nan envite nou pou nou pa fѐ kѐ nou di, lѐ nou tande vwa Granmèt la, paske li toujou rete bra louvri ap tann nou, pou nou vin jwenn li. Nan dezyѐm lekti a, nan Lèt Pὸl ekri moun Wὸm yo, li fѐ nou sonje kὸman Bondye renmen nou, se renmen sa ki fè l’ voye sѐl grenn Pitit li a mouri sou lakwa pou l’ te kab sove nou. Pi devan, nan Levanjil la, nan rankont Jezi ak madanm samaritѐn nan, nou kapab rive dekouvri plizyѐ aspѐ ki ka oryante lavi nou, atitid nou pandan tan karѐm nan. Nan epòk sa a, Jwif avѐk samariten, se te 2 pѐp ki pa t’ danse kole youn ak lὸt, men Jezi ki se Jwif pa t’ezite pwoche bὸ madanm nan pou l’ te mande l’ dlo. Sa vle di, tan karѐm nan, se tan pou nou kraze tout baryѐ, tout rankin ki separe nou youn avѐk lὸt. Dezyѐmman, madanm samaritѐn sa a, ki t’ap viv nan peche, ki te santi lavi a fini pou li, rankont li avѐk Jezi vini transfὸme l’, li fѐ l’ vin tounen yon moun nouvo paske Jezi trete l’avѐk respѐ avѐk diyite. Li menm tou, li te dispoze pou l’ koute Jezi; se sa k’ fѐ gwo chanjman sa a te rive opere nan lavi li.

Se sa tan Karѐm nan ye, tan pou nou chѐche fѐ yon vrѐ rankont ak Jezi, dispoze nou pou tande kisa l’ap di nou, konsa nou va fete yon fѐt Pak tout bon ak menm kѐ kontan ki t’ap debὸde nan kѐ samaritѐn nan aprè rankont li ak Jezi. LAPRIYÈ: Granmѐt, pandan tan karѐm sa a, pѐmѐt nou fѐ yon rankont tout bon avѐk ou, kite nou bwѐ nan dlo lavi ki p’ap janm fini an ; konsa nou va rive fete fѐt Pak la avѐk yon kὸ nouvo, yon nanm nouvo, yon lespri nouvo. Amѐn. PWOPOZISYON: Chѐche rankontre Jezi pou n’ kòmanse yon lavi tou nѐf. LENDI

20

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«Te gen anpil moun maladi lalèp nan Izrayèl, pèsòn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen an». LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 5, 1-15a Jou sa yo: Naaman, chèf lame wa Siri a, se te yon mesye ki te gen gran plas kay mèt li, li te gen gwo grad: sèke se pa lentèmedyè l’ Granmèt la te bay Siri delivrans; se te yon mesye ki te gen pouvwa, ki te rich, men li te gen maladi lalèp. Yon lè, gen bandi ki sòti Siri, yo mèt men sou yon ti fi nan peyi Izrayèl la, ti fi a vin nan sèvis madanm Naaman. Li di metrès li: «Pa pito mèt mwen t’al kot pwofèt ki Samari a! Sètènman li t’ap geri l’ sot nan lalèp li genyen an». Konsa Naaman antre kay mèt li, li ba l’ nouvèl, li di: «Se tèl jan ak

-40-

Sous Lav¡ tèl manyè ti fi peyi Izrayèl la pale ak mwen». Wa Siri a di l’: «Ale, m’ap voye lèt bay wa Izrayèl la». Li pati, li pran dis pyès lajan avèk li, ak si mil pyès lò ak dis bèl rad, li renmèt wa Izrayèl la lèt yo, men pawòl lèt yo: «Lè w’ap resevwa lèt sa a, w’a konnen mwen voye Naaman sèvitè m’ nan kote ou pou ou geri l’ sot nan maladi lalèp li a. Lè wa Izrayèl la li lèt yo, li chire rad li, li di: «Èske se Bondye mwen ye, pou m’ kapab touye, pou m’ kapab bay lavi, ki fè sila a voye kote m’ nan, pou m’ geri yon moun sot nan lalèp li a: konsidere sa pou nou wè si se pa okazyon l’ap chèche pou l’ fè kont avèk mwen». Lè Elize, moun Bondye a tande wa a te chire rad li, li voye kote l’, li di: «Pouki sa ou chire rad ou a? Vin kote m’ w’a konnen gen yon pwofèt nan Izrayèl». Konsa Naaman rive ak chwal li, ak kawòs li, li kanpe devan pòt kay Elize. Elize voye yon mesaje kote l’ pou l’ di: «Al lave kò ou sèt fwa nan Jouden an, chè ou ap rekòmanse jwenn lasante, w’ap geri». Naaman fache, li kòmanse rekile pou l’ al fè wout li, li di: «Mwen te panse li t’ap sòti vin jwenn mwen, li t’ap kanpe pou l’ rele non Granmèt Bondye l’ la, li t’ap touche kote m’ gen lalèp la ak men l’ li t’ap geri m’. Èske gran larivyè Damas yo Anama ak Farfar pa pi bon pase tout dlo Izrayèl yo, pou m’ ta lave kò m’ nan yo, pou m’ ta geri»? Kòm li t’ap vire pou l’ al fè wout li byen fache, sèvitè l’ yo pwoche kote l’, yo di l’: «Papa, si se yon gran bagay pwofèt la te di ou, sètènman ou t’ap fè l’; ou gen plis rezon pou ou

fè sa l’ di ou koulye a: «Lave kò ou, w’ap geri». Li desann, li lave kò l’ nan Jouden an sèt fwa daprè pawòl moun Bondye a, chè l’ vin an sante tankou chè yon timoun piti, li geri. Li tounen kot moun Bondye a ansanm ak tout gwoup li a, li rive, li kanpe devan l’, li di: «Reyèlman vre, mwen konnen pa gen dòt Bondye sou tout tè a, sof nan Izrayèl. Mwen lapriyè ou pou ou resevwa benediksyon nan men sèvitè ou la». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 41, 2. 3; sòm 42, 3. 4 R/ Nam mwen swaf kot Bondye vivan an.

Kilè m’ap parèt devan fas Bondye. Tankou yon belye anvi al nan sous dlo yo, konsa nam mwen anvi al kote ou, Bondye.R. Nam mwen swaf Bondye, Bondye vivan an; kilè m’a pral parèt devan fas Bondye? R. Voye limyè ou la ak verite ou la; pou yo kondui m’, pou yo mennen m’ sou mòn ou a ki sen an, ak nan joupa w’ la.R. M’ap antre kot lotèl Bondye a, kot Bondye kè kontan mwen an. M’ap fè lwanj ou sou gita, Bondye, Bondye m’.R. LEVANJIL «Tankou Eli ak Elize, se pa pou Juif yo sèlman yo te voye Jezi». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 24-30 Lè Jezi rive Nazarèt, li di pèp la nan kay reyinyon an: «An verite mwen di nou, okenn pwofèt pa jwenn moun lakay li resevwa l’ byen. Se laverite mwen di nou, te gen anpil vèv sou tan Eli nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twazan ak si mwa a,

-41-

Sous Lav¡ lè te gen gwo grangou sou tout tè a; men se pa kot youn nan yo yo te voye Eli, sof kot vèv la nan Sarepta Sidon an.Te gen anpil moun maladi lalèp nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize; youn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen an». Tout moun nan kay reyinyon an plen ak kòlè, lè yo tande sa. Yo leve, yo chase l’ sot nan lavil la; yo kondui l’ sou tèt mòn nan, kote lavil yo te bati a, pou yo jete l’ anba. Li menm menm, li pase nan mitan yo, 1’al fè wout li.

tounen moun k’ap oryante lòt yo, dekwa pou yo rankontre ak Bondye. Nan levanjil la Jezi bay yon leson pou montre jwif yo kòman lanmou Bondye a pa gen limit, epi Bondye granmoun pou l’ aji jan li vle. Jezi pale pou l’ aprann jwif yo pran leson sou sa k’ te pase nan tan pwofèt Eli ak Elize. Sa fè n’ sonje sa Granmèt la te di deja: «Se kè Sansib mwen vle, se pa sakrifis.» Yon lòt kote l’ te di, li vini pou yo gen lavi epi pou yo genyen l’an kantite. Li pa sifi pou n’ap di nou se kreAn nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl tyen; men tou nou dwe aji selon voBondye a. lonte Bondye. Epi nou dwe aprann REFLEKSYON konnen chak jou kisa Bondye mande Nan premye lekti a nou wè istwa nou.Granmèt la ap kontinye fè mèvèy gerizon ekstrawodinè Naaman, chèf nan lavi anpil moun ki fenk rankontre lame Siri a. Sa ki dwe make n’ nan ak li, anpil moun ki pa t’ janm kontèks sa a, se jès lafwa Naaman te rive nen l’ pou l’ montre kòman mesaj li fè menm si avan sa li t’ap fè rezis- a se pou tout moun alawonnbadè, tans. Naaman t’ap gade sou aparans pou l’ aprann nou volonte Papa l’; se men an reyalite se konfyans ak aban- pou tout moun jwenn lavi an kantite. don total la nan men Bondye, se sa ki Li pa sifi di tankou jwif yo nou sòti te pi enpòtan pou l’ jwenn delivrans nan ras Abraam. Fòk nou manifeste li te bezwen an. Nan jès li fè pou l’al charite a, pratike bon zèv, mete lavi lave kòl nan dlo jouden an pandan 7 n’ chita sou sa pawòl Bondye a manfwa, li fè eksperyans pouvwa Bondye de nou. Granmèt la ki vivan, l’ap aji Izrayèl la, pouvwa ki manifeste atra- nan lavi chak moun sou latè, nan lavi chak pèp, chak nasyon dekwa pou vè pwofèt li a, Elize. Sètènman, Naaman, nèg peyi Siri tout moun rive konnen sa li vle epi pou yo aksepte pran wout k’ap kondi a, se te yon nèg ki te pratike pwòp nan lavi pou tout tan an. relijyon pa li, li t’ap chache laverite LAPRIYÈ: Granmèt, nou gen ana sou pwòp ekzistans li, li te genyen pil lèp k’ap manje nou sou pa annpwòp kwayans li kòm manb yon pèp dan, nou gen anpil maladi k’ap ki diferan ak pèp Izrayèl. Men Bond- ravaje sosyete nou an. Tanpri, vin ye sèvi ak yon jèn fi ki se jwif pou l’ pote nou sekou. Pa pouvwa Jezikri. konseye metrès li pou voye mari l’ale Amèn. wè pwofèt la. Jèn fi a te temwaye me- PWOPOZISYON: Nan rankont ak très Naaman Bondye Izrayèl la, se moun lòt relijyon, ann montre anpil yon Bondye ki konn fè mèvèy epi kè konpreyansyon ak anpil enterè pou n’ sansib li a la pou tout tan. Nou menm mete n’ nan sèvis yo nan yon fason tou, kòm kretyen, menm jan sèvant oubyen yon lòt antan n’ap kwape lesmadanm Naaman an te fè a, nou dwe pri eksklizyon. -42-

Sous Lav¡

MADI

21

SÒM REPONS:

24, 4bc-5ab. 6-7bc. 8-9 R/ Sonje kè sansib ou yo, Granmèt.

Koulè vyolèt

PREMYE LEKTI

"Ak kè nou kraze, ak lespri nou rabese, w’ap resevwa nou". NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 3,25.34-43 Jou sa yo: Azaryas kanpe, li lapriyè konsa: li louvri bouch li nan mitan dife a, li di: "Tanpri, pa lage nou pou tout tan poutèt non ou, pa kase contra w’ la, pa wete kè sansib ou a sot nan nou, poutèt Abraam, sila a ou renmen an, ak Izaak sèvitè w’ la, ak Jakòb sen w’ nan, yo menm ou pale ak yo a, antan ou te pwomèt ou t’ap fè ras yo vin anpil tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki sou bò lanmè a. Sèke, Granmèt, nou vin pi piti pase tout nasyon yo, nou vin rabese sou tout tè a jodi a poutèt peche nou yo, nan tan sa a pa gen wa ni chèf ni pwofèt, ni sakrifis antye, ni sakrifis, ni kado, ni lansan, ni kote pou yo ofri premye fwi devan ou, pou nou kapab jwenn kè sansib ou. Men ak kè nou kraze, ak lespri nou rabese w’ap resevwa nou; tankou ak sakrifis antye bouk ak towo, ak tankou avèk mil mouton gra, se konsa pou sakrifis nou an ye jodi a devan ou, pou l’ fè ou plezi, paske pa gen lawont pou moun ki met konfyans nan ou. Koulye a n’ap suiv ou ak tout kè nou, n’ap respekte ou, n’ap chèche fas ou. Pa fè nou wont, men aji avèk nou daprè bon kè ou, daprè tout pakèt kè sansib ou, delivre nou, ak mèvèy ou yo, fè wè bèlte non ou, Granmèt". Pawòl Granmèt la.

Chemen w’ yo, Granmèt, montre m’ yo, santye w’ yo, aprann mwen yo. Dirije m’ nan verite w’ la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R. Sonje bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou, paske se depi tout tan yo ekziste. Daprè kè sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R. Granmèt la bon, li kòrèk, poutèt sa, li aprann pechè yo chemen l’; l’ap dirije moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R. LEVANJIL "Si nou chak pa padonnen frè l’, Papa nou p’ap padonnen nou tou". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18, 21-35 Lè sa a: Pyè pwoche kot Jezi, li di: "Granmèt, konbyen fwa pou frè m’ fè peche kont mwen, pou m’ padonnen l’? Èske se sèt fwa"? Jezi di l’: "Mwen pa di ou jouska sèt fwa, men jouska swasant dis fwa sèt fwa. Se pousa rèy syèl la sanble ak yon wa ki te vle regle avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse regle sa yo te dwe l’, yo mennen youn ba li ki te dwe l’ di mil pyès lajan. Kòm li pa t’ gen dekwa pou l’ te renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li ansanm ak madanm li ak pitit li yo ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab renmèt. Sèvitè a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen, m’ap

-43-

Sous Lav¡ renmèt ou tout bagay". Mèt sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage l’, li efase dèt la pou li. Men sèvitè sa a sòti, li jwenn youn nan sila yo ki te sèvitè ansanm avèk li yo, ki te dwe l’ san pyès lajan; li kenbe l’ pou l’ toufe l’, li di: "Renmèt sa ou dwe". Lòt sèvitè a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay". Li menm menm li pa vle, li pati, li voye mete l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt li. Lè lòt sèvitè yo wè sa k’ pase, yo pran lapenn anpil: yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’ te rive. Lè sa a atò, mèt li rele l’, li di l’: "Move sèvitè, tout dèt ou, mwen te efase l’ pou ou, paske ou te lapriyè m’; èske ou pa t’ dwe pran pitye pou sèvitè parèy ou a, menm jan mwen menm mwen te pran pitye pou ou a"? Mèt li fache, li renmèt li nan men gad yo, joustan li renmèt tout dèt li. Se konsa Papa m’ ki nan syèl la ap fè nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak tout kè nou". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Levanjil jodi a trè radikal, puiske li mande nou fè yon bagay ki pa fasil. Kisa menm li mande nou fè? Jezi ba nou repons li te bay Pyè a. Pyè pwoche kot Jezi, pou l’ mande l’ konbyen fwa li dwe padone moun ki fè l’ mal. Pyè mande Jezi èske se sèt fwa li dwe padone. Jezi ki se ekzanp renmen ak padon an fè Pyè konnen moun ki renmen tout bon vre pa mezire padon. Se poutèt sa Jezi kontinye pou di:

“Mwen pa di w’ padone sèt fwa, men swasant disèt fwa sèt fwa”. Kantite sa Jezi bay Pyè a, sa vle di ke nou menm k’ap swiv Jezi nou pa dwe kite rankin ak rayisans pote laviktwa sou mizerikòk ak konpasyon. Lanmou Bondye a se yon bagay ki depase nivo entelijans nou ak tout sa nou ta kapab imajine ak konprann.Li pi gran pase nou. Kòm nou tout benefisye, ebyen se konsa pou nou fè lòt yo goute li tou. Plis ou renmen frè ou, se plis ou kapab padone li. Nan pasaj li sou tè a, Jezi te montre nou kijan nou dwe padone. Malgre jwif yo te maltrete l’, yo te imilye l’, jiskaske yo te kloure l’ sou yon kwa, men li te priye Papa a pou l’ te ka padone yo. Li pa t’ mande l’ vanje ak yo, pou l’ touye yo; men li te di Papa a padone yo, paske yo pa konnen sa y’ap fè. Pa gen pi gwo jès lanmou ke sa. Levanvil jodi a redekouvri vrè vizaj Bondye: Se vizaj lanmou an. Nou p’ap sèvi yon Bondye ki gen kè di, ki rann mal pou mal, men n’ap sèvi yon Bondye ki gen konpasyon ki toujou prè pou l’ padone nou. Li pa mete pye sou kou nou lè nou tonbe, men li ba nou lebra pou ede nou leve. Se menm jès la li mande nou fè youn ak lòt. Granmèt la renmen nou san kondisyon; li pa ta vle youn nan nou pèdi, li vle nou antre nan Wayòm li an. Bondye nou an san parèy, kè l’ sansib anpil pou nou, li tèlman renmen nou. Sakreman padon an se Bondye menm ki mete l’ nan Legliz la. Li bay pè yo pouvwa pou yo padone peche nou. Padon sa se yon fason pou Bondye di nou li renmen nou e li vle fè wout ak nou.

-44-

Sous Lav¡ LAPRIYÈ: Bondye Papa, ala bon

ou bon! Ala gran ou gran! Mèsi pou lanmou w’ ki sove m’! Fè m’ renmen menm jan ak ou. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Jodi a tout moun mwen te kenbe nan kè m’ m’ap libere yo. M’ap pale ak yo, m’ap ba yo yon akolad sensè. MÈKREDI

22

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«N’a obsève kòmandman yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou». LEKTI LIV DETEWONÒM 4, 1. 5-9 Moyiz pale ak pèp la, li di: «Koulye a, Izrayèl, koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou kapab viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye zansèt ou yo ap ba ou a. Nou konnen mwen aprann nou kòmandman avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans nou devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: «Men yon pèp ki gen sajès, ki entelijan, yon gran nasyon»! Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman gran, ki kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap lapriyè l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk ak tout lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an?

Konsa se pou ou kenbe pwòp tèt ou, se pou ou veye sou nam ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve ou yo». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 147, 12-13. 15-16. 19-20 R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.

Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou, Siyon. Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo anndan ou.R. Li menm ki voye pwomès li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri. Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li simen lawouze tankou sann.R. Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl. Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li pa montre yo jijman l’ yo.R. LEVANJIL MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19 Lè sa a: Jezi di disip li yo: «Pa konprann mwen vini pou m’ defèt Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite mwen di nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti «i» oubyen yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize. Konsa moun k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap rele pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap aprann lòt yo fè menm jan, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-45-

Sous Lav¡ REFLEKSYON Avèk prezans Jezi sou latè, Bondye vin montre nou ki fason pou nou viv. E nou menm kretyen ki di nou vle fè volonte Papa a, li vin montre nou kijan pou nou aji pou nou ka fè volonte Papa a. Jezi fè nou konprann li pa vini pou elimine lalwa Moyiz la; okontrè se montre li montre nou kijan nou menm ki vle suiv li dwe konpòte nou nan relasyon nou genyen avèk pwochen nou. Nan Jezi Lalwa a jwenn tout akonplisman li. Jezi te vin ede nou refè zanmitay nou ak Bondye, montre nou kijan pou nou viv tankou frè ak sè. Se vre, li pa toujou fasil pou nou fè sa lalwa a mande nou, men nan fason n’ap fè jefò, sa kapab ede nou kenbe tèt nou. Zanmi Bondye yo, youn nan pi gwo misyon nou genyen sou tè a, se viv jan Bondye mande epi ankouraje lòt moun ki nan antouraj nou fè sa tou. Depi jodi a, nou dwe kòmanse fè efò pou nou mennen mòd kalite lavi sa a. Se pa tann nan dènye jou pou nou di n’a gen tan, paske lè sa a li va gen tan twò ta. LAPRIYÈ: Granmèt, ou ba nou tan karèm sa a pou nou aprann viv avèk Jezikri epi pou nou nouri tèt nou ak pawòl li. Gras a jefò n’ap fè pou nou chanje, fè nou vin genyen plis fidelite nan sèvis ou ak plis gou pou nou lapriyè ak yon sèl kè. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Sa mwen kwè a ak sa m’ap preche a, m’ap chèche viv li. JEDI

23

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«Sa a se yon nasyon ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la».

LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI

7, 23-28 Men pawòl Granmèt la: «Mwen te pase yo lòd daprè pawòl sa a, mwen te di: «Se pou nou koute vwa m’, m’ap Bondye pou nou, n’ap pèp pou mwen; se pou nou mache nan tout chemen m’ap kòmande nou, pou sa kapab bon pou nou». Men yo pa koute, yo pa panche zòrèy yo, men yo pati daprè volonte yo, daprè move panchan kè yo, yo rekile, yo pa avanse, depi jou mwen te fè zansèt yo sòti nan peyi Lejip la jous jodi a. Mwen voye tout sèvitè m’ yo, pwofèt yo, kote nou, mwen leve byen bonè chak jou, mwen voye yo; men yo pa koute m’, yo pa panche zòrèy yo, okontrè yo fè kou yo vin rèd, yo aji pi mal pase zansèt yo. W’a di yo tout pawòl sa yo, yo p’ap koute ou. W’ap rele yo, yo p’ap reponn ou. W’ap di yo: «Sa a se yon nasyon ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la, ki pa resevwa ledikasyon. Lavwa a peri, li sòti sot nan bouch yo». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9 R/ Si jodi a, nou te kapab koute vwa Granmèt la: «Pa fèmen kè nou».

Vini, an nou fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye delivrans nou an. An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk sòm an nou fè fèt pou li.R. Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou met jenou atè devan Granmèt la ki fè nou, paske se li menm ki Bondye nou, nou menm nou se pèp pak li, mouton men l’.R.

-46-

Sous Lav¡ Jodi a si nou te kapab koute vwa l’: «Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou yo te eseye m’ nan, yo te sonde m’, malgre yo te wè travay mwen».R. LEVANJIL «Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 14-23 Lè sa a : Jezi t’ap chase demon, demon an te baba. Kon l’ fin chase demon an, baba a pale, foul yo te sezi. Kèk moun nan yo t’ap di : «Se pa pouvwa Bèlzeboul, chèf demon yo, l’ap chase demon yo». Dòt menm t’ap sonde l’, yo t’ap mande l’ yon siy ki sot nan syèl la. Li menm, kòm li te wè panse yo, li di yo : «Tout peyi-wa ki an dezakò sou pa anndan, l’ap vin tounen yon savann, kay ap tonbe sou kay. Konsa si Satan an dezakò sou pa anndan, kijan rèy li ap fè kanpe ? Paske nou di se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo. Si mwen menm se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo, pitit nou yo menm pa pouvwa kilès y’ap chase yo ? Se pousa se yo menm k’ap pije nou. Men si se pa pouvwa dwèt Bondye m’ap chase demon yo, sèke rèy Bondye a tou rive sou nou. Lè yon moun byen ame, l’ap gade lakou l’, tout sa l’ posede, yo asire. Men si yon moun ki pi fò pase l’ vin rive, epi li ranpòte laviktwa sou li, li pran tout zam yo kote li te mete konfyans li a, epi li separe sa l’ pran yo.Moun ki pa avèk mwen, li kont

mwen, moun ki pa ranmase avèk mwen, l’ap gaye. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Pafwa erè yon moun komèt konnn ba li plis popilarite ke byen li fè nan antouraj li. Kidonk lè yon moun fè yon bagay ki byen, yo toujou konsidere sa tankou yon bagay nòmal; pou sa, yo pa fè twòp kòmantè. Anpil fwa nou pa pran abitid felisite moun nan, di li zanmi m’ sa w’ fè a, li bon wi, li edifye m’ wi, kontinye kenbe konsa. Sa ap ede m’ fè plis efò pou m’ avanse nan lavi m’. Non, nou pa jwenn sa fasil. Men okontrè lè frè a oubyen sè a fè yon erè, lè sa a li se yon vedèt, e sa pa bezwen yon gwo megafòn non, nan yon fraksyon segond tout moun sou katye a gentan okouran de sa ki pase a, kounye a atravè mwayen kominikasyon yo, lemond antye kapab okouran de tout sa ki pase nan yon kwen nan lemond. Malerezman se atid sa nou montre pi souvan. Ebyen Levanjil jodi a montre nou byen klè ki fason pou nou viv ak lòt yo, ki fason pou nou trete yo. Se pou nou ba yo lavi, se pou nou edifye yo. Nan Levanjil la, nou kapab pran kòm ekzanp atitid Jezi a, li retire move lespri a nan bèbè a pou li kapab libere li, pou li kapab ba li yon lavi tou nèf. Demon ki te nan bèbè a te anpeche li viv kòmsadwa. Ebyen lè Jezi chase move lespri a sou li, li ba li yon lavi tou nèf, li pèmèt li reprann konfyans. Se konfyans sa nou bezwen ede lòt yo reprann pou yo kapab kontinye gaye lavi a toupatou sou tè a. Jezi te aji avèk otorite sou demon an, nou menm tou nou bezwen aji ak otorite. Nou deja konnen règ la:

-47-

Sous Lav¡ si nou genyen yon lafwa ki menm gwosè ak yon ti grenn moutad, ebyen tout sa n’a di nan non Granmèt la y’ap reyalize vre. Kidonk nou bezwen kore nou chak jou pi plis sou Bondye pou li kapab ogmante lafwa nou, pou chak sa nou di kapab genyen efè sou tout fòs mal yo. LAPRIYÈ: Granmèt, n’ap lapriyè bèlte ou avèk ensistans, plis jou fèt delivrans la ap pwoche, fè nou konsakre tèt nou pi plis pou nou fete l’, pou nou pwofite mèvèy pak la. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Èske mwen avèk Jezi oubyen mwen kont li ? Sèl konpòtman mwen ki ka montre sa. VANDREDI Koulè Vyolèt

24

PREMYE LEKTI

«Nou p’ap rele travay men nou “Bondye nou’’ ankò». LEKTI LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10 Men pawòl Granmèt la: «Izrayèl, tounen vin jwenn Granmèt Bondye ou la, paske ou tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk nou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’: «Wete tout peche nou, pran byen an, n’ap ofri sakrifis bouch nou. Lasiri p’ap sove nou, nou p’ap monte sou chwal ankò, paske òfelen ki nan ou a, ou pran pitye pou li». M’ap geri yo pou yo sispann vire do ban mwen, m’ap renmen yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’ vire kite yo; m’ap tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap eklate tankou Liban. Ramo l’ yo ap kouri, bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap tankou Liban.

Y’ap tounen vin chita anba lonbraj li, y’ap viv ak ble, y’ap jèmen tankou pye rezen ; souvni l’ap tankou diven Liban. Efrayim, sa pou m’ fè avèk zidòl yo ankò ? M’ap koute, m’ap renmen l’ tankou yon pye bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou ap sòti. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 80, 6c-8a. 8bc-9. 10-llab. 14 e 17 R/ Se mwen menm Granmèt Bondye ou : koute vwa m’.

Pawòl mwen pa t’ konnen, mwen tande. Mwen wete do l’ sot anba chaj yo, men l’ kite panye a. Nan tray la, ou rele m’, mwen delivre ou.R. Mwen reponn ou nan kachèt toubiyon an, mwen eseye ou bò dlo Meriba a. Koute, pèp mwen, m’ap poze ou kesyon, Izrayèl, pa pito ou koute m’.R. P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap adore dye etranje. Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la.R. Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl te mache nan chemen m’ yo, mwen ta fè yo manje nan ble ki gra, mwen ta plen vant yo ak myèl wòch la.R. LEVANJIL «Granmèt Bondye ou la se yon sèl Bondye, se pou ou renmen l’». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 28b-34 Lè sa a: Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo. Jezi menm reponn li: «Premye kòmandman an, se: «Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye ou la se yon sèl

-48-

Sous Lav¡ Bondye a; se pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout lespri ou, ak tout fòs ou». Sa a se premye kòmandrnan an. Dezyèm nan menm sanble ak li: «Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm». Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo». Pwofesè a di l’: «Se byen, Mèt, ou pale verite, sèke se yon sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak tout kè, ak tout entelijans, ak tout nam, ak tout fòs; epi renmen pwochen an tankou pwòp tèt nou, sa pi gran pase tout sakrifis antye ak tout sakrifis». Jezi menm wè li te reponn avèk sajès, li di l’: «Ou pa lwen rèy Bondye a». Pèsòn pa t’ pran chans poze l’ kesyon ankò. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Lè pwofesè lalwa yo panse yo te kapab pran Jezi nan pyèj, se li menm ki pran yo nan pyèj: paske daprè farizyen yo, yon Jwif te gen anpil kòmandman pou l’ te swiv si l’ te fè volonte Bondye tout bon vre; se poutèt sa yo ta vle konnen kilès ki pi enpòtan nan kòmandman yo; se konsa pwofesè lalwa yo te pwoche kot Jezi epi yo mande l’ kilès nan kòmandman yo ki pi enpòtan. Jezi menm reponn yo konsa : premye kòmandman an, men li:se «Koute Izrayèl, Bondye w’ la se yon sèl li ye, se pou ou renmen l’ ak tout kè ou ak tout nanm ou ak tout lespri ou, epi ak tout fòs ou, sa a se premye a. Koute dezyèm nan, ki sanble tèt koupe ak premye a, li di yo w’a renmen pwochen ou menm jan ou renmen pwòp

tèt pa ou ; pa gen yon lòt kòmandman ki pi gran pase 2 sa yo. Zanmi mwen yo, pandan tout ekzistans nou, nou ta sipoze bay Bondye premye plas nan lavi nou, paske se li menm ki fè nou, se li ki ba nou tout sa nou bezwen pou nou viv, se li menm ki pèmèt nou respire. Nou pa kapab mete anyen nan plas Bondye. An nou chèche imite renmen Bondye a, paske se renmen an k’ap pèmèt nou viv nan amoni. Ann chèche idantifye epi divòse ak tout sa ki fè nou pa renmen Bondye ak tout kè n’, tout fòs ak tout lespri nou, epi si nou renmen Bondye Granmèt la tout bon vre, n’a kòmanse renmen pwochen nou. Konsa, li enpòtan pou nou chèche fè Bondye plezi nan jan n’ap viv ak tout moun ki bò kote nou, paske si nou di nou renmen Bondye ke nou pa wè, epi sila yo ki bò kote nou, nou pa kab wè yo ni sipòte yo, sitou sila yo ki pi fèb, se men nou nou lave epi souye l’atè. Se pou nou ouvri kè nou pou n’ fè plas pou sila a ki renmen nou an premye e k’ap toujou renmen nou an. LAPRIYÈ: Granmèt tanpri ede m’ debarase kè m’ ak tout sa ki anpeche m’ renmen ou ak pwochen mwen. PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite anyen pran plas Bondye nan lavi mwen, paske se li menm sèl ki ka sove mwen. SAMDI

25

Koulè Ble ou Blan

ANONSYASYON GRANMÈT LA Gran Fèt

PREMYE LEKTI

«Men Vyèj la ap vin ansent».

-49-

Sous Lav¡ LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI

7, 10-14; 8, 10 Jou sa yo: Granmèt la pale avèk Akaz, li di: «Mande Granmèt Bondye w’ la yon siy ba ou, nan fon anba a oubyen anwo nèt la». Akaz di: «Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt la». Izayi di: «Koute, kay David: èske sa twò piti pou nou, pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive fatige Bondye m’ nan? Se poutèt sa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye avèk nou». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 39, 7-8a. 8b-9. 10.11 R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.

Sakrifis ak kado ou pa t’ vle sa, men se zòrèy ou fouye pou mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R. Nan woulo liv la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou. Bondye m’, mwen vle, lalwa w’ la nan fon kè mwen».R. Mwen anonse jistis ou nan gran asanble a; men po bouch mwen, mwen pa anpeche yo, Granmèt, ou konnen.R. Jistis ou a, mwen pa kache l’ nan kè m’, verite ou la ak delivrans ou a, mwen deklare yo. Mwen pa kache kè sansib ou a ak verite ou la nan gran asanble a.R. DEZYÈM LEKTI «Nan tèt liv la, yo ekri sou mwen, pou m’ fè volonte ou, Bondye».

LEKTI LÈT EBRE YO 10, 4-10

Li pa posib pou san towo ak bouk wete peche. Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè a, li di: «Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou fòme pou mwen; sakrifis pou peche pa t’ fè ou plezi; lè sa a atò mwen di: «Men m’ap vini; nan tèt liv la yo ekri osijè m’, pou m’ fè volonte ou, Bondye». Pi wo a, li te di: «Sakrifis ak kado ak sakrifis pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa pa t’ fè ou plezi, sa yo konn ofri daprè lalwa a, lè sa a mwen di: «Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou, Bondye»; li wete premye a, pou l’ enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a nou vin sen, gras a sakrifis kò Jezikri yon fwa pou tout. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL «Men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti gason» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38 Lè sa a: Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj, ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari. Zanj la antre kote l’, li di: «Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni pami tout fi». Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a. Zanj la di l’: «Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye; men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, rèy li p’ap janm fini».

-50-

Sous Lav¡ Mari di zanj la: «Kijan pou sa fèt, paske lèzòm mwen pa konnen». Zanj la reponn, li di l’: «Espri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye.Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li a, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa enposib kot Bondye». Mari di: «Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Zanj la pati kite l’. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a a legliz la ap selebre fèt Anonsyasyon Granmèt la. N’ap sonje kokenn chenn deklarasyon damou sa a Bondye vin fè limanite pa lantremiz Lasent Vyèj Mari. Li bon pou n’ kontanple atitid Lavyèj Mari te genyen devan zanj lan ki te vin anonse l’ Bondye chwazi l’ pou l’ vini tounen Manman Pitit li a, Sovè limanite. Bondye vle kolabore avèk moun pou travay delivrans la. Bondye se Sila a ki pran an premye inisyativ pou l’ chache nou, pou l’ pale ak nou, pou l’ gide nou, pou l’ sove nou. Se li menm ki te fè premye pa depi nan kòmansman an, lè li te rele Abraam pou l’ vin tounen Papa yon foul moun, kote li te pwomèt li anpil benediksyon non sèlman pou li menm men pou jenerasyon k’ap sòti nan li yo. Fete Ansonsyasyon an, se sonje ke Bondye ap kontinye rele nou pou n’ patisipe nan bèlte l’ la, pou n’ mache avèk li, pou n’ tounen ouvriye k’ap travay pou kapab konstwi Wayòm

li an sou tè a. Nan anonsyasyon an, Bondye vle kontinye pale avèk nou yon fason espesyal nan Sèl grenn Pitit li a, li menm li mete eritye li epi nan li menm li vle kenbe pwomès li te fè Abraam pou l’ beni pitit ak pitit pitit li yo pou tout tan. Nan Jezikri, se benediksyon ak favè san bout sa a Bondye te pwomèt zansèt nou yo nan lafwa a li kontinye akonpli. Nan Jezikri, Pawòl Bondye a ki tounen moun, Bondye vle kontinye mache avèk tout limanite, li vle oryante nou pou n’ mache nan limyè lavi a. Nan Jezikri nou wè Bondye vrèman pote limyè delivrans lan pou nou tout lèzom ki t’ap mache tonbe-leve pou nou kapab konprann laviktwa a se pou nou tout li ye, nou menm ki kwè nan mesaj li te vin pote a, ki kite mesaj li a klere lavi nou, ki eksperimante kè sansib san bout li a epi temwaye grandè Bondye nan lavi nou, nou tout ki kwè li mouri epi li leve byen vivan, ki konnen li prezan nan lavi nou epi l’ap kontinye travay pou kapab gen yon sosyete ki pi jis, yon sosyete ki reflete valè Wayòm lan: kè poze, jistis, renmen, tèt ansanm, padon… Tankou Lasent Vyèj Mari nou dwe gen atitid moun ki vle konprann, ki vle kolabore, ki vle pou mete men nan pat sosyete a pou rive transfòme l’ daprè jan Granmèt la vle.Tankou nouvo pèp Bondye a, nou vle chak jou di Bondye «wi», pou nou kapab tounen ouvriye Wayòm li an. LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te vle pou Pawòl ou a resevwa vrè chè moun nan vant Mari ki Vyèj, nou menm ki rekonèt Sovè nou an ki Bondye e ki moun tou, tanpri, Bondye li ye a, fè nou sanble ak li.

-51-

Sous Lav¡ PWOPOZISYON: Chèche konnen

kisa Bondye vle nan lavi ou epi kite sa fèt jan li vle. DIMANCH

26

Koulè Woz (Vyolèt)

KARÈM KATRIYÈM DIMANCH KARÈM (LAETARE) PREMYE LEKTI

«Yo sakre David kòm wa sou Izrayèl». LEKTI PREMYE LIV SAMYÈL 16, Ib. 6-7. I0-13a Jou sa yo: Granmèt la di Samyèl: «Plen kòn ou an ak luil, epi vini, pou m’ voye ou kot Jese moun Bètleyèm nan: sèke mwen deja chwazi davans nan pitit li yo yon wa pou mwen». Lè l’ antre, li wè Elyab, li di: «Èske Kris Granmèt la pa devan l’»? Granmèt la di Samyèl: «Pa gade fas li, ni wotè tay li, paske mwen rejte l’; se pa daprè konsiderasyon lèzòm mwen jije: moun wè sa k’ sou deyò, Granmèt la menm konsidere kè a». Konsa Jese mennen sèt pitit li yo devan Samyèl, Samyèl di Jese: «Granmèt la pa chwazi okenn nan sila yo», Samyèl di Jese: «Èske se tout pitit ou yo sa»? Li reponn: Gen yon ti pitit ki rete ankò, l’ap gadiyen mouton yo». Samyèl di Jese: «Voye chèche l’; sèke nou p’ap atable anvan li vin isit la». Konsa li voye chèche l’, li Mennen l’. Li te wouj, li te gen bèl aparans ak bèl figi. Granmèt la di: «Leve, sakre l’: se li menm menm». Konsa Samyèl pran kòn luil la, li sakre l’ nan mitan frè l’ yo; lespri Granmèt la rive tou dwat nan David depi jou sa a pou jous apre. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 22, l-3a, 3b4. 5. 6 R/ Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen.

Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen: Nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nanm mwen. Li mennen m’ sou santye jistis poutèt non l’. Sèke si m’ap mache nan tè fon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R. Ou pare tab devan m’ an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo; ou anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde. R. Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tou lejou lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.R. DEZYÈM LEKTI «Leve sot nan pami mò yo, Jezikri ap klere ou». LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 5, 8-14 Prè m’ yo: Lontan nou te fè nwa, koulye a menm nou se limyè nan Granmèt la: se pou nou mache kòm pitit limyè. Fwi limyè a li nan tout kalite sa ki bon, jistis ak verite; se pou nou chèche fè sa k’ fè Bondye plezi. Pa patisipe nan aksyon fènwa yo ki pa donnen fwi yo, okontrè se pou nou repwoche yo. Sèke sa y’ap fè an kachèt yo, yo wont menm di yo. Men lè yo denonse tout bagay sa yo, se nan limyè yo parèt klè, sèke tout sa k’ parèt klè se limyè li ye. Se pousa li di: «Leve, ou menm k’ap dòmi, leve sot nan pami mò yo, Jezikri ap klere ou». Pawòl Granmèt la.

-52-

Sous Lav¡ LEVANJIL

«L’ale, li lave kò l’, li vini, li wè». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 9. 1-41 Lè sa a: Pandan Jezi ap pase, li wè yon moun ki avèg depi l’ te fèt. Disip li yo poze l’ kesyon: «Rabi, kilès ki fè peche, sila a oubyen paran l’ yo, pou l’ fèt tou avèg la»? Jezi reponn: «Ni li menm li pa fè peche, ni paran l’ yo; men se pou travay Bondye kapab parèt klè nan li. Mwen gen pou m’ reyalize travay sila a ki voye m’ nan, toutotan li jou; lannuit la ap rive, kote pèsòn pa kapab travay, toutotan mwen sou tè a, mwen se limyè tè a». Kon l’ fin di sa, li krache atè a, li fè labou ak saliv la, li pase labou a sou je l’, li di l’: «Ale, lave kò ou, nan basen Siloe a», sa vle di «Sila a yo voye a». Konsa, 1’ale, li lave kò l’, li tounen antan l’ wè. Se pousa vwazen yo ak moun ki te konn wè l’ anvan, paske se lacharite li te konn mande, yo t’ap di. «Èske sila a se pa li menm ki te konn chita ap mande a»? Yon pati t’ap di. «Se li menm menm». Lòt yo menm. «Pa ditou, men se youn ki sanble ak li». Li menm menm li t’ap di: «Se mwen menm menm». Yo t’ap di l’: «Kijan je ou fè louvri»? Li reponn: «Moun sa a yo rele Jezi a, li fè labou, li pasè sou je m’, li di m’: «Al nan basen Siloe a, epi lave kò ou». M’ale, mwen lave kò m’, mwen wè». Yo di l’: «Kote l’? Li di: «Mwen pa konnen». Yo mennen l’ kot farizyen yo, sila a ki te avèg anvan an. Men se te jou saba, lè Jezi te fè labou epi li te louvri je l’ la. Konsa farizyen yo mande l’ ankò kijan li te fè wè a. Li menm menm li di yo:

«Se labou li mete sou je m’, mwen lave kò m’ mwen wè». Gen kèkzen nan farizyen yo ki t’ap di. «Moun sa a pa vin sot nan Bondye, paske li pa obsève saba a»; dòt menm t’ap di: «Kòman yon moun ki peche kapab fè siy sa yo»? Te gen divizyon nan pami yo. Yo di avèg la ankò: «Ou menm sa ou di osijè sila a ki louvri je ou la»? Li menm li di: «Se yon pwofèt». Juif yo pa t’ kwè mesye a te avèg epi li te vin wè, joustan yo rele paran mesye a ki te vin wè a. Yo poze yo kesyon, yo di: «Sila a se pitit nou an, sa nou di ki fèt tou avèg la? Kijan l’ fè wè koulye a»? Paran l’ yo reponn, yo di: «Nou konnen sila a se pitit nou an, epi li te fèt avèg. Kijan li fè wè koulye a, nou pa konnen, oubyen kilès ki louvri je l’, nou pa konnen; mande l’: li gen laj, 1’a pale pou kont li». Paran l’ yo te di sa, paske yo te pè Juif yo; sèke Juif yo te deja fè konplo pou si yon moun rekonèt li se Kris la, y’ap mete l’ deyò kay reyinyon an. Se pousa paran l’ yo di: «Li gen laj, poze l’ kesyon». Konsa yo rele moun nan ki te avèg la, yo di l’: «Fè konpliman pou Bondye. Nou menm nou konnen mesye sa a se yon pechè». Li menm li di yo: «Si se yon pechè, mwen pa konnen; yon sèl bagay mwen konnen: Sèke mwen te avèg, koulye a mwen wè. Yo di l’: «Ki sa l’ fè ou? Li reponn yo: «Mwen te deja di nou, epi nou pa t’ koute: kisa nou vle tande ankò? Èske nou menm tou nou vle vin disip li»? Yo madichonnen l’, yo di: «Ou menm ou mèt disip li, nou menm menm se disip Moyiz nou ye. Nou menm nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, sila a menm, nou pa konn kote l’ sòti». Mesye a reponn, li di yo: «Se sa a ki dwòl la, nou pa

-53-

Sous Lav¡ konn kote l’ sòti, epi li louvri je m’. Nou konnen Bondye pa koute pechè yo; men, si yon moun respekte Bondye, epi li fè volonte l’, Bondye koute l’. Depi tout tan yo pa janm tande yon moun louvri je yon moun ki fèt tou avèg. Si mesye sa a pa t’ sot nan Bondye, li pa t’ap kapab fè anyen». Yo reponn, yo di l: «Se nan peche ou fèt toutantye, epi w’ap fè nou laleson»? Yo jete l’ deyò. Jezi tande yo te jete l’ deyò, lè l’ jwenn li, li di l’: «Èske ou kwè nan Pitit Bondye a»? Li reponn, li di. «Kilès li ye, Granmèt pou m’ kwè nan li»? Jezi di l’. «Ou wè l’, se li menm k’ap pale avèk ou a». Li menm li di: «Mwen kwè, Granmèt». Li bese, li adore l’. Jezi di: «Se pou yon jijman mwen vini sou tè sa a, pou moun ki pa wè yo vin wè, epi pou sa k’ wè yo vin avèg. Kèkzen nan farizyen yo tande, sa k’ te bò kote l’ yo di l’: «Èske nou menm tou nou avèg»? Jezi di yo: «Si nou te avèg, nou pa ta gen peche: men koulye a nou di: «Nou wè». Peche nou an rete». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Katriyѐm dimanch tan karѐm, n’ap avanse yon ti kras pi plis nan fenisman tan preparasyon gwo evènman fѐt Pak la. Pasaj Levanjil ki pale nou sou gerizon nѐg ki te avѐg depi li fѐt la, ofri nou yon sѐl tѐm pou lekti yo. Eksperyans Jezi vin klere lavi lezὸm. Nѐg ki te avѐg depi l’ fѐt la, sòti nan fѐnwa, li antre nan limyѐ, ki se zѐv pouvwa ak lanmou Bondye. Menm verite sa a, Pὸl repete l’ nan lѐt li ekri moun Efѐz yo: lontan se fѐnwa yo te ye, kounye a yo se limyѐ. Lѐ Bondye fѐ entѐvansyon l’ nan lavi lѐzὸm, lѐ li manifeste l’ avѐk

pouvwa, avѐk lanmou e lѐ lὸm nan li menm li akeyi prezans Bondye nan fon kѐ l’, li antre nan yon nouvo reyalite epi yon nouvo esperyans avѐk Bondye. Konsa, tout moun ki t’ap mache nan fѐnwa, vin abiye avѐk yon fὸs ak yon limyѐ jiskaske yo pa rekonѐt li. Bondye chwazi David tankou Wa, se te yon gadyen mouton epi se te pi piti nan pitit Jese yo, men Bondye chwazi l’ pou l’ mache devan pѐp Izrayѐl la epi prezante figi sila a ki te gen pou l’ vini an. David kite gadyen mouton pou l’vin tounen gadyen Izrayѐ l’, pou l’ kapab fѐ moun yo rive fѐ yon sѐl nan Granmèt la. An reyalite, David reprezante figi lòt wa a, ki se Mesi a ki gen pou sove pèp la. Viktwa David te ranpὸte yo anonse viktwa Mesi a genyen pou l’ ranpὸte. Mesi ki gen pou vini an, se vrѐ gadyen an ke David te chante nan sὸm 22 an, gadyen ki p’ap kite nou tonbe nan twou, ki mache bὸ kote lѐzὸm pou l’ fѐ yo wѐ bonte ak mizerikὸd Bondye epi montre nou fidelite ak lanmou Bondye. Jezi, pitit David, gadyen pѐp li a, se limyѐ ki klere tout moun. Jezi klere nѐg ki te avѐg depi l’ te fѐt la ; non sѐlman li fѐ je l’ louvri men li klere nanm li ak kѐ li tou. Li fѐ eksperyans fidelite ak lanmou Bondye, paske kounye a moun pa bezwen pale l’ de yon pwofѐt ki gen pou l’ vini, li menm menm li fѐ eksperyans pouvwa moun sa a ki vin sove nou an. Konsa, menm li menm li vin tounen limyѐ pou lὸt moun. Nan yon ti moman, nѐg sa a ki te meprize, ki pa t’ gen plas nan sosyete a, vin tounen yon lὸt moun. Pou tout sa te rive fѐt, li te fѐ demach pa l’ tou, li te chѐche Jezi, li te pwokla-

-54-

Sous Lav¡ me l’ tankou Mesi a, li te fѐ l’ tou piti nan pye l’. Anplis, aprè li fin geri, devan akizasyon farizyen yo, li pa t’ pѐ defann li, se konsa li te tounen yon disip paske li pa t’ ka fѐmen bouch li devan sa l’ te wѐ, sa l’ te viv, ak sa l’ te tande. Pandan Karѐm nan, an nou kite tout zѐv fѐnwa, konsa menm jan avѐk nѐg avѐg la, n’a resevwa limyѐ pou nou wѐ sa k’ap pase nan antouraj nou. LAPRIYÈ: Granmѐt Jezi, fѐ m` kado limyѐ ou, pou m’ ka tounen yon vrѐ disip. Amѐn. PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite opinyon mond la gen sou mwen fè m’ pèdi limyè lafwa a. LENDI

27

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

«Yo p’ap tande vwa kriye ak vwa rèl ankò». LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 65, 17-21 Men pawòl Granmèt la: «Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou kè a. Men n’ap kontan, n’ap fete pou tout tan nan bagay sa yo mwen kreye a. Sèke mwen kreye Jerizalèm «Fèt» ak pèp li a «Kè kontan». M’ap fete nan Jerizalèm, m’ap kontan nan pèp mwen an. Yo p’ap tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl. P’ap gen timoun k’ap mouri tou piti ladan l’ ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout laj yo, paske timoun nan se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive santan, se moun madichonnen. Y’ap bati kay, y’ap abite, y’ap plante jaden rezen, y’ap manje fwi yo». Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

29, 2 é 4. 5-fi. 1 l-12a e 13b R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.

M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa kite lènmi m’ yo pran plezi sou do m’. Granmèt, ou delivre nam mwen sot anba pouvwa lanfè, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan pyèj bafon an.R. Chante pou Granmèt la, sen yo fè lwanj pou souvni l’ ki sen.Sèke se pou yon ti moman li te fache, men se pou tout lavi li renmen. Nan aswè yo rete ap kriye, nan maten se kè kontan.R. Koute, Granmèt, pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou. Ou fè rèl dèy mwen an vin tounen dans pou mwen. Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R. LEVANJIL «Ale, pitit ou a ap viv» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 4, 43-54 Lè sa a: Jezi sòti Samari, 1’al nan Lagalile. Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Lè l’ rive nan Lagalile, moun Galile yo resevwa l’ byen, poutèt tout sa yo te wè l’ fè Jerizalèm nan jou fèt la; sèke yo menm tou yo t’al nan fèt la. Konsa li tounen Kana Lagalile, kote li te fè dlo a vin tounen diven an.Te gen yon ofisye wa a, pitit li te malad Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi te vin sot Lajide pou l’ antre Lagalile, 1’al kote l’, li lapriyè l’ pou l’ desann vin geri pitit li a: sèke li te prèske mouri. Li di Jezi: «Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi di l’: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale. Pandan l’ap desann, sèvitè l’ yo vin rankontre l’ yo ba l’ nouvèl, yo di pitit

-55-

Sous Lav¡ li a ap viv. Li mande yo ki lè li te gen soulajman. Yo di l’: «Se yè, a i-nè-dlaprè-midi, lafyèv la kite l’». Papa a rekonèt se lè sa a menm Jezi te di l’ «Pitit ou a ap viv»; li kwè ni li menm ni tout kay li a. Sa a se dezyèm siy nan Jezi te fè, lè l’ te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

jou nan kominyon ak Granmèt la. Jezi pote kè poze ak gerizon nan peyi li. An nou mande li chanje kè nou, pou lavi nou kapab rejenere nan selebrasyon Pak la, pou nou kapab resisite ansanm ak li. LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè tè a vin tou nèf, gras a sakreman yo nou pa kapab di sa yo ye a, tanpri, fè legliz ou a pwofite òganizasyon tout tan yo, fè l’ pa manke sekou nan tan k’ap pase yo. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Èske mwen pa gen doutans anpil fwa sou pawòl Bondye?

REFLEKSYON «Jezi di l’: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.» Ofisye wa pwofite pasaj Jezi nan Kana (kote li te fè dlo tounen diven an) nan peyi Lagalile pou li mande li yon favè: «Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi reponn li: «Ale, pitit ou a ap viv». Mes- MADI ye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.» Koulè Vyolèt Nou menm tou, nan lavi nou nou pa PREMYE LEKTI sispann dyaloge ak Granmèt la: Gran- «Mwen wè yon dlo k’ap sòti nan kay mèt, chay la lou pou mwen! Mwen pa sakre a, tout moun li rive sou yo, dlo kapab ankò non! Se twòp pou mwen sa a sove yo». wi Papa! Men Jezi li menm, l’ap en- LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL vite nou pou nou kontinye fè li kon- 47, 1-9. 12 fyans, fè Bondye konfyans. Lè ofisye Jou sa yo, a te nan wout pou li ale lakay li, yo Mesaje a fè m’ vire jous nan pòt enfòme li pitit li a gaya. Se lafwa li kay Granmèt la, men dlo t’ap sòti nan Jezi ki fè sa. anba papòt la nan direksyon solèy Frè ak sè m’ yo, lè bagay yo difisil leve a; sèke fas kay la t’ap gade nan pou nou, se pou nou kontinye fè Bon- direksyon solèy leve, dlo yo menm dye konfyans, paske se nan li sèl se- t’ap desann bò kote dwat kay sakre kou nou ye.Pa bliye se li menm ki te a, nan mitan lotèl la, li fè m’ sòti nan fè syèl la ak tè a, kidonk pa gen anyen chemen ki t’ap gade nan direksyon li pa kapab fè. Si nou gen lafwa nan solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule Granmèt la, menm si nou tris kè nou anpil sot nan kote dwat la. va kontan, si nou grangou vant nou Lè mesye a sòti nan direksyon va plen, si nou twouble l’a ba nou solèy leve a, li te gen yon mèt nan lapè, si nou nan lari li va ba nou kay men l’, li konte senk-san mèt, li fè pou nou rete,…Si nou kwè tout bon m’ travèse nan dlo a, jous nan talon. vre, chenn ki mare nou yo ki fè nou Aprè sa, li konte senk san mèt, li fè pa kapab pwogrese yo, yo va kase. m’ travèse nan dlo a jous nan jenou; Apot Jan ap envite nou viv chak li konte senk-san epi li fè m’ travèse -56-

28

Sous Lav¡ nan dlo a jous nan ren. Li konte senk san, se te yon ravin mwen pa t’ kapab travèse, paske dlo ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li di m’: «Sètènman ou wè, pitit moun».Li kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan. Lè m’ vire, mwen wè anpil pye bwa sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’: «Dlo sa yo, k’ap sòti pou y’al nan rejyon kot solèy leve a, y’ap desann nan plenn savann nan, y’ap antre nan lanmè a; y’ap sòti, dlo yo ap sèvi remèd : tout bèt vivan k’ap mouvmante, y’ap viv, tout kote ravin nan ap rive, ap gen anpil pwason, lè dlo sa yo rive kote sa a, tout bagay kote ravin nan rive a, y’ap geri, y’ap viv. Anlè ravin nan, sou bò l’ chak bò, ap gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi; fèy yo p’ap tonbe, yo p’ap manke fwi; chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske dlo ravin nan se nan kay sakre a y’ap sòti, fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo ap sèvi remèd». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 45, 2-3. 5-6. 8-9 R/ Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.

Bondye se yon kachèt pou nou ak fòs, sekou nou jwenn tout tan nan tray. Se pousa nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante, pandan mòn yo ap transpòte nan kè lanmè a.R. Bò larivyè a mete kontantman nan vil Bondye a, joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap bouke; Bondye prete l’ sekou depi granmaten.R. Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la. Vini, gade aksyon Granmèt la, mèvèy li mete sou tè a.R.

LEVANJIL

«Menm lè a mesye sa a vin geri». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 1-3a. 5-16 Se te yon jou fèt Juif yo, Jezi monte Jerizalèm. Jerizalèm gen yon basen pou mouton yo, yo rele l’ nan langaj ebre «Betsayid», li gen senk galri. Nan yo te gen yon pakèt foul moun ki te kouche, ak maladi, avèg, moun k’ap bwate, moun ki gen men yo seche. Te gen yon mesye ki te la, li te gen trantuitan depi l’ te malad. Lè Jezi wè l’ kouche, li te konnen sa te fè anpil tan deja, li te gen maladi a, li di l’: «Èske ou vle geri»? Malad la reponn li: «Granmèt, mwen pa gen pèsòn, pou voye m’ nan basen an, lè dlo a ap fè mouvman; lè m’ rive, yon lòt gen tan desann anvan m’, Jezi di l’: «Leve, pran nat ou, al mache». Menm lè a mesye sa a vin geri, li pran nat li a, li t’ap mache. Se te yon jou saba, Juif yo di moun nan ki te geri a: «Se saba; ou pa gen dwa pran nat ou». Li reponn yo: «Sila a ki geri m’ nan, se li menm ki di m’: «Pran nat ou, mache». Yo poze l’ kesyon: «Kilès moun sa a ki di ou «Pran nat ou, mache a»? Sila a menm ki te geri a, li pa t’ konnen ki moun sa; Jezi te wete kò l’ sot nan foul la ki te la a. Aprè sa Jezi jwenn li nan kay sakre a, li di l’: «Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi grav domaj pa rive ou». Mesye a ale, li bay Juif yo nouvèl, li di se Jezi ki te fè l’ geri. Se pou sa Juif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li te fè bagay sa yo jou Saba a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-57-

Sous Lav¡ REFLEKSYON «Jezi gade li ki kouche; li mande li: èske w’ vle geri?» Frè ak sè m’ yo, zanmi Jezikri yo, jodi a Sen Jan ap prezante nou sèn pisin Betsayid la. Li plis sanble ak sal datant nan yon lopital pou tèlman gen malad k’ap tann pou yo lage yo nan dlo a. «Yon pakèt moun malad kouche, sa ki avèg, sa ki bwate, sa ki paralize» (Jn 5,3). Epi Jezi vin ap pase.Se konsa li fè yon entèvansyon, li pote gerizon, li pote liberasyon pou mesye sa a ki te malad depi trantuit an. Ou menm tou, pwoblèm ki nan lavi w’ la, remèt li nan men Jezi, paske li gen solisyon pou ou frè mwen, li gen solisyon pou ou sè mwen. Jezi toujou prezan, sitou li prezan nan difikilte nou yo, paske li vle libere nou. Farizyen yo menm, se sèlman afè Saba y’ap regle. Movèz fwa yo pafwa yo fè yo pa kapab grandi, mechanste bouche je yo, yo soud pase moun ki pa ka tande tèlman kè yo di ! Sa fè lontan ke nèg sa a te malad : trantwit (38) an depi l’ap soufri ak maladi sa a, e Jezi mande l’, «èske w’ vle geri ?» (Jn 5,6). Frè ak sè m’ yo, Jezi toujou sou wout nou pou l’ delivre nou ; men sèlman fòk nou dakò resevwa gerizon sa a. Depi lontan moun sa a t’ap soufri e li pa jwenn pèsonn ede li men lè li vin rankontre ak Granmèt la, lavi li te chanje, li tounen yon moun nouvo, li soti nan gwo soufrans li te ye a pou li antre nan kè kontan. Li sòti nan lanmò pou li antre nan lavi. Li fè yon pasaj. Se mesaj Pak la. Si nou soufri ak Jezi, nou va resisite ak li tou. Nèg paralize a, sila ki di li : « leve pran branka w’ epi mache » (Jn 5,8).

Jodi a, Jezi vle geri w’ ; èske w’ dispoze oubyen èske vle geri tou ? Vwa Kris la, se vwa Bondye. Menm jan ak nèg sa ki te kokobe a, tout moun ki tande vwa Kris la, li va libere. Tout bagay vin nouvo pou paralize a ki te fatige paske li te dekouraje. Aprè sa, Sen Jan Krizostòm ta pral di nou ke nan pisin Betesda tout maladi po te geri epi avèk batèm nan tout maladi nanm geri. Nan pisin nan se tanzantan epi se pou yon sèl malad; nan batèm nan, se pou tout tan epi se pou tout moun. Nan tou 2 ka sa yo, pouvwa Bondye manifeste a travè dlo, Bondye itilize dlo a ni pou lave kò nou ni pou lave nanm nou. Paralize a te san fòs bò kote pisin nan, èske sa pa fè nou sonje pwòp eskperyans nou ak pwòp enpwisans nou pou nou fè byen ? Frè ak sè m’ yo, èske nou toujou rann nou kont chak jou, nan antouraj nou, nan vwazinaj nou, gen yon pakèt paralize k’ap lite ki pa janm rive sove nan manke libète yo ? Fòk nou gade Jezi. Paske li enpòtan epi li nesesè pou nou plonje nou nan dlo lagras la, dlo lapriyè a, dlo konfesyon an, dlo konvèsyon an, pou nou ouvè lespri nou, pou nou tout ansanm kapab plonje epi benyen nan pisin lagras Bondye a. LAPRIYÈ: Granmèt, nan tan penitans sa a, fè kè fidèl ou yo louvri byen louvri pou yo sèvi ou. Se konsa ya byen dispoze pou yo resevwa Mèvèy Sakre Pak la epi tou pou yo gaye bòn nouvèl delivrans ou a bay tout moun. Pa pouvwa Jezikri. Amèn. PWOPOZISYON: M’ap dekouvri paralizi ki nan lavi mwen, ak sa ki anpeche mwen plonje nan sous lagras Granmèt la.

-58-

Sous Lav¡

29

Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib li gen pasyans, li gen anpil kè sanMÈKREDI sib. Granmèt la bon pou tout moun, Koulè Vyolèt kè l’ sansib pou tout sa l’ fè. R. PREMYE LEKTI Granmèt la fidèl nan tout pawòl «Mwen enstale ou kòm kontra pèp li yo, li sen nan tout aksyon l’ la, pou ou met peyi a kanpe». yo.Granmèt la soulaje tout moun ki LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI tonbe, li drese tout moun ki febli.R. 49, 8-15 Granmèt la kòrèk nan tout chemen Men sa Granmèt la di: l’ yo, li sen nan tout travay li yo. «Nan tan favè a mwen koute ou, Granmèt la tou pre moun k’ap rele nan jou delivrans la mwen pote ou l’ yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan sekou; mwen pwoteje ou, mwen ens- laverite a.R. tale ou kòm kontra pèp la, pou ou met LEVANJIL peyi a kanpe, pou ou posede eritaj ki «Menm jan Papa a leve mò yo, li bay gaye yo; pou ou di sila yo ki nan pri- lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle, zon yo: «Sòti», epi sa ki nan fènwa li ba yo lavi». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI yo: «Parèt». Sou wout yo, y’ap jwenn manje, A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 17-30 Lè sa a: nan tout plenn y’ap jwenn jaden zèb Jezi reponn Juif yo: «Jouskoulye a, yo. Yo p’ap grangou, yo p’ap swaf, chalè solèy la p’ap frape yo, paske Papa m’ap travay, mwen menm tou sila a k’ap kondui yo a, li sansib, l’ap m’ap travay». Se pou sa menm Juif yo t’ap chèche pase swaf yo nan sous dlo yo. M’ap fè touye l’ pi plis la, paske non sèlman li tout mòn mwen yo vin tounen wout, te anile saba a, men li te deklare Bonsantye m’ yo ap leve. Men sila yo ap dye se papa l’ antan l’ fè pwòp tèt li vin sot lwen, men dòt k’ap vin sot vin egal ak Bondye. nan Nò ak rejyon lanmè a, dòt menm Konsa, Jezi reponn, li di yo: ankò sot nan peyi nan Sid, fè lwanj, «An verite, an verite mwen di nou, syèl yo! danse, tè a! fè lwanj eklate, Pitit la pa kapab fè anyen ak pwòp tèt mòn yo ! Paske Granmèt la konsole li, si l’ pa wè Papa a fè; tout sa l’ fè pèp li a, l’ap pran pitye pou pòv li yo. reyèlman vre, Pitit la fè yo tou. Sèke Epi Siyon t’ap di: «Granmèt la lage Papa a renmen Pitit la, li montre l’ m’, Granmèt la bliye m’». Èske yon tout sa li menm li fè; l’ap montre l’ pi madanm kapab bliye ti pitit li, pou l’ gran aksyon pase sa yo ankò, pou nou pa sansib pou pitit zantray li? Menm kapab sezi. si youn t’ap bliye, mwen menm Sèke menm jan Papa a leve mò yo, mwen p’ap bliye ou»! epi li bay lavi a, konsa tou Pitit la se Pawòl Granmèt la. moun li vle li bay lavi. Papa a pa jije SÒM REPONS pèsòn, men li renmèt Pitit la tout jij144, 8-9. 13cd-14. 17-18 man an, pou tout moun respekte PiR/ Granmèt la gen pitye, li gen kè tit la menm jan yo respekte Papa a. sansib. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa res-59-

Sous Lav¡ pekte Papa a ki voye l’ la. An verite, an verite mwen di nou moun ki koute pawòl mwen, li koute sila a ki voye m’ nan, li gen lavi tout tan an, li pa antre nan jijman, men li travèse sot nan lanmò al nan lavi. An verite, an verite mwen di nou, lè a rive, epi se koulye a, lè mò yo ap tande vwa Pitit Bondye a. Moun ki tande yo, y’ap viv. Menm jan Papa a gen lavi nan li menm menm nan, konsa li bay Pitit la pouvwa pou l’ gen lavi nan li menm, li ba l’ pouvwa tou pou l’ fè jijman, paske se Pitit moun li ye. Pa sezi pou sa, sèke lè a rive, kote tout moun ki nan kavo yo, y’ap tande vwa Pitit Bondye a; y’ap sòti, moun ki te fè byen yo, se pou leve lavi a, sa k’ te fè mal yo menm se pou leve jijman an. Mwen pa kapab fè anyen ak pwòp tèt pa m’. Jan m’ tande a, se konsa mwen jije, epi jijman m’ nan kòrèk, paske mwen pa chèche volonte m’, men volonte sila a ki voye m’ nan». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, premye lekti a ke nou li nan liv pwofèt Izayi prezante n’ yon pèp Izrayelit k’ap retounen nan peyi l’, k’ap retounen nan tè li, kote yo te mete l’ deyò a. Se yon mesaj ankourajman Bondye bay pèp li a atravè pwofèt la. L’ap rele sa k’ te nan peche yo, li pwomèt yo padon si yo regrèt fot yo te fè. L’ap rele sa k’ te nan prizon yo vin nan peyi kote Bondye te fè papa yo kado a. L’ap rele sa k’ nan fènwa yo vin nan limyè. L’ap trase chemen nan mòn yo pou yo kapab pase, l’ap ba yo manje pou yo ka fè wout la, l’ap mache avèk yo, l’ap trete yo pi byen pase yon manman trete

pitit li. Sa vle di, pa gen anyen k’ap anpeche yo rive jwenn delivrans la. Se Jezi, Mesi a pwofèt yo te anonse a ke Papa a ap voye, se li k’ap vin montre pèp Bondye a chemen an pou yo rive jwenn li.Nan sans sa a, an nou wè ki mesaj Levanjil la pote pou nou. Se yon diskou Jezi fè kote li touche 2 pwen : Premye pwen an, li montre kalite relasyon li genyen ak Papa a. Jezi deklare ke li pa fè anyen san Papa l’ e Papa a montre l’ tout bagay ; kidonk se mesaj delivrans Bondye a li pote. Li di si yon moun koute vwa l’, se vwa Papa a li koute e si yon moun refize pawòl la, se pwòp Papa a li refize. Dezyèm pwen an pale de jijman. Bondye bay Jezi pouvwa pou l’ jije e jijman l’ lan kòrèk.Se yon jijman san patipri, san privilèj.Se pa modèl jijman lèzòm kote yo kapab fè inosan pase pou koupab, kote si entèl gen yon kolonèl ki zanmi li, yo kapab mande lage li. Non ! Moun ki koute mesaj la, ki mete l’an pratik, l’ap viv men sila yo ki pa koute yo y’ap rete nan lanmò. Paske se pa li menm k’ap kondane ; okontrè se lè yon moun fèmen kè l’ pou pa resevwa pawòl la ke li kondane pwòp tèt li. Konsa an nou fè jefò pou nou akeyi pawòl Bondye a nan lavi nou, an nou eseye kite pawòl la fè enpak sou panse nou ak aksyon nou, pou nou kapab konstwi wayòm Bondye a nan mitan nou. LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi pou Jezikri, sèl Pitit ou a ou voye vin pote pawòl lavi a pou mwen, pou nanm mwen kapab sove. Tanpri ede m’ouvri kè m’ pou m’ resevwa

-60-

Sous Lav¡ l’ak kè kontan epi pataje l’avèk frè ak sè m’ yo. Amèn. PWOPOZISYON: Pote limyè pawòl Bondye a nan fènwa lavi lòt yo ki dekouraje oubyen ki pèdi lespwa. JEDI

30

R/ Sonje nou, Granmèt, pou jan ou sansib pou pèp ou a.

Koulè Vyolèt

PREMYE LEKTI

mwen te pale a, m’ap bay desandans nou li, n’ap posede l’ tout tan». Granmèt la vin kalme, li pa fè malè a li te di li t’ap fè kont pèp li a. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 105, 19-20. 21-22. 23

«Padonnen fot pèp ou a» LEKTI LIV EKZÒD 32, 7-14 Jou sa yo: Granmèt la pale ak Moyiz, li di: «Ale, desann; pèp ou a fè peche, li menm ou te fè sòti nan peyi Lejip la. Yo gen tan kite chemen an ou te montre yo a, yo fè yon ti towo avèk lò yo fonn nan dife, epi yo adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: «Men dye ou yo, Izrayèl, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la». Granmèt la di Moyiz ankò: «Mwen wè kijan pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’ pou kòlè m’ boule kont yo, pou m’ efase yo, men m’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon». Moyiz menm pran lapriyè Granmèt Bondye l’ la, li di: «Pouki sa, Granmèt pou kòlè ou flanbe kont pèp ou a, li menm ou te fè sòti nan peyi Lejip la ak gran fòs, ak men ki gen pouvwa? Pa kite Ejipsyen yo di: «Se nan pyèj li pran yo pou l’ te fè yo sòti, pou l’ te kapab touye yo nan mòn yo, pou l’ te efase yo sot sou tè a»: kalme kòlè ou, padonnen fot pèp ou a. Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl, sèvitè ou yo, yo menm ou te fè sèman ba yo sou pwòp tèt ou, ou te di: «M’ap fè desandans nou vin anpil tankou zetwal syèl la, epi tout tè sa a

Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon pòtre; yo chanje bèlte yo pou pòtre yon towo k’ap manje zèb.R. Yo bliye Bondye ki te sove yo a. Li menm ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan lanmè Wouj la.R. Li di l’ap gaye yo, si se pa t’ Moyiz sila a li te chwazi a, ki te pwoche. Li kanpe nan twou miray la, devan fas li, pou l’ vire kòlè l’ pou l’ pa fè yo peri.R. LEVANJIL 5, 31-47 «Sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 31-47 Lè sa a: Jezi di Juif yo: «Si mwen menm mwen sèvi pwòp tèt mwen temwen, temwayaj mwen an pa vre. Gen yon lòt ki sèvi m’ temwen, mwen konnen temwayaj li rann mwen an, li vre. Nou menm nou te voye kot Jan, li te sèvi m’ temwen. Mwen menm se pa nan men moun mwen resevwa temwayaj mwen men bagay sa yo mwen di yo pou nou kapab sove. Li menm se te yon lanp k’ap chofe, k’ap klere; nou menm menm nou te vle jwi limyè l’ la pou yon tan. Kanta mwen menm mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan an.

-61-

Sous Lav¡ Travay Papa m’ ban mwen pou m’ reyalize a, se travay sa yo menm mwen fè a k’ap sèvi m’ temwen, pou yo fè wè se Papa a ki voye m’. Papa a ki voye m’ nan, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou pa janm tande vwa li, nou pa janm wè fas li; nou pa gen pawòl li ki ret nan nou, paske, nou pa kwè nan sila a li voye a. N’ap fouye labib, paske nou konprann se ladan l’ n’ap jwenn lavi tout tan an, se labib la k’ap sèvi m’ temwen. Men nou pa vle vin jwenn mwen, pou nou gen lavi. Mwen pa resevwa bèlte nan men lèzòm. Men mwen rekonèt nou, nou pa gen renmen Bondye a nan nou. Mwen vini o non Papa m’, nou pa resevwa m’; si yon lòt rive o non l’, nou resevwa l’. Kijan nou ta kapab kwè, nou menm k’ap resevwa bèlte youn nan men lòt, epi bèlte a ki sot nan Bondye syèl la, nou pa chèche l’? Pa konprann se mwen menm k’ap akize nou devan Papa a: sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a. Si nou te kwè nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen petèt; paske se sou mwen li te ekri. Men si nou pa kwè nan sa l’ ekri yo, kòman nou ta kapab kwè nan pawòl mwen yo»? An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Si mwen bay temwayaj ak pwòp tèt mwen, temwayaj mwen an pa sèvi anyen» (Jan 5,31). Zanmi Jezikri yo, jodi a Levanjil Sen Jan ap montre nou kòman Jezi reponn avèk objeksyon sa yo, nan liv Detewonòm (19,15); l’ap pale sou kijan li sèvi Bondye temwen epi sou validite temwayaj li a: Jezi li menm li t’ap plede an favè temwayaj Jan Batis, temwayaj Papa a ki manifeste nan mirak ke li reyalize epi sa ki

di nan Labib la. Jezi repwoche tout moun ki t’ap koute; gen plizyè rezon ki fè je yo te bouche, ki fè yo pa t’ ka rekonèt li kòm Mesi a, pitit Bondye a: yo te manke renmen Bondye, entansyon yo pa t’ dwat, yo te gentan ap panse mal de Jezi anvan, yo te gen tan kondane l’ nan lespri yo; yo t’ap chache bèlte ak enterè pa yo nan Labib la e yo te entèprete tout bagay selon kapris yo. Pap Jan Pòl II, te fè nou envitasyon nan yon mesaj li te ekri, kote li te mande nou pou nou ranje koze nou avèk Bondye: «Se sèlman lè n’ap tande Lespri vwa Papa a nou kapab kontanple vizaj Pitit la, paske pyès moun pa konn Pitit la san Papa a » (cf. Mt 11,27). Konsa tou revelasyon anlè a, li nesesè men pou nou resevwa l’ li vrèman endispansab pou nou ouvè zòrèy nou pou nou tande, pou nou kapab akeyi li nan kè nou».Se poutèt sa, pou nou konfese Jezikri tankou vrè Pitit Bondye a, bagay deyò yo pa sifi pou demontre sa men se lè nou mache dwat devan li, nan tande pawòl li epi fè sa li mande nou pou nou fè, sa vle di pran tout bon disposisyon ki kapab parèt nesesè. Nan tan karèm sa, an nou entansifye zèv penitans la ki fasilite renouvèlman enteryè pou nou kapab amelyore fason n’ap viv, nan dispozisyon nou pou nou kontanple vrè vizaj Kris la. Nan sans sa a, Jese Maria di nou : « Kris ou imajine a se pa Jezi, men imaj tris ki fòmante nan zye twoub ou a, … Pirifye w’. Klarifye rega ou avèk imilite epi penitans. Konsa, p’ap gen okenn reyon limyè lanmou k’ap manke nou, n’ap viv byen imaj n’ap genyen an ; se ap reyèlman bon imaj Papa nou pou nou tout kapab viv tankou frè, pou nou aprann pado-

-62-

Sous Lav¡ ne menm jan Jezi li menm li padone nou. E se pou Bondye lavi a fè nou gras sa a jodi a e pou tout tan gen tan Amèn. LAPRIYÈ: Granmèt, ak tout kè nou n’ap lapriyè bon kè ou, pwòpte sèvitè ou yo ak penitans la, ba yo ledikasyon ak bon aksyon yo, fè yo pèsevere nan kòmandman ou yo avèk kè sensè, pou yo rive nan fèt Pak yo san defo. Pa pouvwa Jezikri.Amèn. PWOPOZISYON: Bondye gen mizerikòd pou nou, pran pitye pou lòt yo nan feblès yo. VANDREDI Koulè Vyolèt

31

PREMYE LEKTI

tan an. Si se pitit Bondye vre li ye, se pou Bondye resevwa l’,1’a delivre l’ sot nan men moun k’ap pèsekite l’ yo. Ak afwon, ak move tretman n’ap poze l’ kesyon, pou nou konnen respè l’, pou nou eseye pasyans li. Ak lanmò gwo lawont n’a kondane l’; sèke daprè pawòl li yo gen moun pou veye sou li». Se sa y’ap kalkile, yo twonpe; mechanste yo avegle yo. Yo pa konnen mèvèy sakre Bondye yo, yo pa espere rekonpans jistis la, yo pa jije konsiderasyon nam sen yo. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 33, 17-18. 19-20. 21 e 23 R/ Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo sere.

«Se mò lawont n’ap kondane l’». LEKTI LIV LASAJÈS 2, la, 12-22 Mechan yo di, antan y’ap kalkile sa k’ pa kòrèk nan kè yo: «An nou fè konplo kont sila a ki kòrèk la, paske li pa sèvi nou anyen, l’ap kontrarye aktivite nou, l’ap repwoche nou peche nou fè kont lalwa a, l’ap deklare peche nou fè kont ledikasyon nou. Li pwomèt li gen syans Bondye, li nonmen pwòp tèt li pitit Bondye. Li jennen panse nou: se yon chaj li ye pou nou, menm pou nou gade l’; paske lavi l’ pa menm avèk lòt yo, chemen l’ yo pa chanje. Li konsidere nou tankou bagay ki pa gen valè, li evite chemen nou yo tankou bagay ki pa pwòp; li deklare moun kòrèk yo ap kanpe nan dènye tan an, li fè lwanj di li gen Bondye kòm papa. Ebyen an nou wè si pawòl li yo vre, an nou eseye pou nou wè sa k’ ap rive l’, n’a konnen kijan l’ap ye nan dènye

Fas Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo, pou l’ pèdi souvni yo sot sou tè a. Yo rele, Granmèt la reponn, anba tout tray yo li delivre yo.R. Granmèt la tou pre moun ki gen kè sere yo, l’ap sove sa k’ gen lespri yo kraze yo. Anpil tray pou moun ki kòrèk yo, anba yo tout Granmèt la delivre yo.R. Li prezève tout zo yo, youn nan yo p’ap kraze. Granmèt la ap delivre nam sèvitè l’ yo, tout moun ki espere nan li yo li p’ap pini yo.R. LEVANJIL «Yo te vle arete l’, men lè l’ pa t’ ko rive» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 7, 1-2. 10. 25-30 Lè sa a: Jezi t’ap vwayaje nan Lagalile; li pa t’ vle al nan Lajide, paske Juif yo t’ap chèche touye l’. Jou fèt Juif yo, fèt Joupa yo, te toupre. Lè frè Jezi yo fin monte, lè a li menm tou li monte nan fèt la, li pa kite yo wè l’, men se tankou an kachèt.

-63-

Sous Lav¡ Nan pami moun Jerizalèm yo, yo t’ap di: «Èske se pa sila a yo t’ap chèche touye a? Epi gade l’ap pale an piblik, san pèsòn pa di l’ anyen. Èske chèf yo ta rekonèt vre se Kris la li ye? Men sila a nou konnen kote l’ sòti; Kris la menm lè l’ap rive, pèsòn p’ap konnen kote l’ sòti». Jezi t’ap rele byen fò nan kay sakre a? Li t’ap bay lansèyman, li t’ap di: «Nou konnen m’, nou konnen kote m’ sòti: men se pa ak pwòp pouvwa pa m’ mwen vini, sila a ki voye m’ nan, li vre, nou pa konnen l’. Mwen konnen l’, paske se nan li mwen sòti, li menm menm ki voye m’». Yo te vle arete l’, men pèsòn pa t’ lonje men sou li, paske lè l’ pa t’ ko rive. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Granmèt la p’ap janm lage moun y’ap pèsekite akoz non li yo; sa ki gen kè yo sere, li konsole yo; sa ki santi yo pou kont yo, li akonpaye yo.Levanjil jodi a sitiye nan yon kontèks byen patikilye: jou yo rele fèt joupa a te prèske rive, apre fèt Pak avèk fèt Lapannkot; se te fèt ki te pi gwo pou Jwif yo, fèt sa a te gen rapò ak rekòlt jaden yo; tout sa, se pou yo te kab sonje tan pèp Izrayèl la te pase nan dezè a anba ti joupa. Nou menm, nou konn sa sa vle di, nou kapab di joupa oubyen tant. Depi 12 janvye jis jounen jodi a gen anpil ayisyen ki anba joupa. Si yo pale nou de joupa oubyen tant nan levanjil la, nou wè de kisa yo vle pale nou. Pandan tan sa a Jezi menm t’ap fè anpil mèvèy tout kote li te pase, sitou nan Lagalile, li pa t’ gen entansyon ale nan Jide paske Jwif yo t’ap chèche mwayen pou yo touye l’; men tout patizan ki te kwè nan li yo, lè yo te wè kantite mirak li t’ap fè nan Laga-

lile yo ta bon pou l’ fè yo nan Lajide tou, dekwa pou patizan ki pa t’ kwè nan li yo te kapab rive kwè. Jezi di yo konsa, yo menm tout li bon pou yo, tè a pa kapab rayi yo, men li menm se yon entèwonp li ye pou li: patizan yo te ale nan fèt la ouvètman, men Jezi li menm se an kachèt li te ale; podyab pitit Bondye a, non sèlman li te konnen sa k’ te pare pou li, men tou li te konnen jou pou yo te touye l’ la pat ko rive, li pa t’ fè anyen de li menm, men li te kite Lespri Sen an gide l’ nan travay li t’ap fè jan papa l’ te vle a. Twò prese pa fè jou rive anvan lè l’, Jezi pa t’ prese, li te pito tann lè pa Bondye. Se pou nou pran ekzanp sou Jezi, paske gen moman nan lavi nou, nou konn pa ka tann Bondye, nou pito aji avèk pwòp fòs pa nou; se sa k’ fè anpil fwa nou echwe: gen yon pwovèb ki di «pito ou mize nan wout, men ou pote bon pwovizyon». Nou konn di tou, jou nou wè a se li nou konnen, pa konte sou demen; sa nou gen pou nou fè, fè li epi nan bon kondisyon paske lavi nou se pa nan men nou li ye. Liv Lasajès la eksplike nou sa, ti kras tan n’ap pase sou tè a, se tankou yon lonbray, yon jou wè pa wè, Bondye gen pou mande n’ kont, se yon dat pesonn pa kapab ranvwaye l’. Konsa, li enpòtan pou nou lapriyè mande Bondye lagras, pou nou kapab gen kè ak konsyans li a nou pwòp lè nou va gen pou nou parèt nan tribinal li a. LAPRIYÈ: Granmèt ou te prepare sekou pou nou poutèt jan nou fèb. Fè se ak kè kontan nou aksepte fòs k’ap leve tèt nou an, epi nou montre fòs sa a gras a fidelite nou. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Si Granmèt la rele mwen jodi a, èske mwen deja pare pou mwen reponn?

-64-

Mas 2017-pdf.pdf

Behind the red-brick facade of the Wharton Executive. Education Center is a complicated web of deception in- volving top government and University officials, interna- tional arms dealers and revolutionaries. At the core of the scheme, according to documents ob- tained by The Daily Pennsylvanian, is an apparent attempt.

892KB Sizes 136 Downloads 289 Views

Recommend Documents

X-mas Train.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. X-mas Train.pdf.

Anya ivy mas
... hasanyaivymas servantsupport Alcestisand thechorus back Admetus. ... Admetus' suffering can beread anyaivy ... Microsoft office 2013 introductory.pdf.

Mas-Recursos matematicas 5.pdf
fMftVy lk{kjrk vfHk;ku. 2 Department of Electronics and Information Technology ... 13. Calendarios. 14. Las áreas en la India .... Mas-Recursos matematicas 5.pdf.

mas-valor-social-en-2033_PWC.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

Isabel Keats - Nada mas verte.pdf
b) Tính Cos DAB . c) Kẻ OM ⊥ BC ( M ∈ AD) . Chứng minh 1. BD DM. DM AM. − = d) Tính diện tích phần hình tứ giác OBDM ở bên ngoài nửa đường tròn (O).

CELULITIS NUNCA MAS PDF GRATIS COMPLETO
Celulitis nunca mas completo gratis, celulitis nunca mas descargar libro completo gratis, bajar gratis libro celulitis nunca mas, descargar gratis programa celulitis nunca mas, libro celulitis nunca mas pdf gratis, descargar gratis celulitis nunca ma

6 Mas Font de Nogueres.pdf
Edifici Principal. AJUNTAMENT DE. SANT VICENÇ DE TORELLÓ Pla Ordenació Urbanística Municipal - 2010. MAS FONT DE NOGUERES. CATÀLEG DE PATRIMO0NI EN SÒL NO URBANITZABLE ( CSR ). 54. CSR. Page 2 of 2. 6 Mas Font de Nogueres.pdf. 6 Mas Font de Nog

Isabel Keats - Nada mas verte.pdf
Isabel Keats - Nada mas verte.pdf. Isabel Keats - Nada mas verte.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In. Main menu. Displaying Isabel Keats - Nada mas ...

Diplomados-3-cuatrimestre-mas-info.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Diplomados-3-cuatrimestre-mas-info.pdf. Diplomados-3-cuatrimestre-mas-info.pdf. Open. Extract. Open with. Si

The 12 Scams of X-mas - Media11
are fake Web sites designed to steal your donation, credit card ... They also commonly send spam from a user's e-mail account to their contacts, ... 1111/JLG/PDF.

3. Frases mas usuales.pdf
Molto piacere. /MOLTO PIACHERE/. Sehr erfreut. /SEER ERFROIT/. Page 1 of 1. 3. Frases mas usuales.pdf. 3. Frases mas usuales.pdf. Open. Extract. Open with.

Deepak Chopra - Rejuvenezca Y Viva Mas Tiempo.pdf
Page 3 of 124. Deepak Chopra - Rejuvenezca Y Viva Mas Tiempo.pdf. Deepak Chopra - Rejuvenezca Y Viva Mas Tiempo.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In.

2018-03-00-herramientas-excelencia-2018-mas-info.pdf
Whoops! There was a problem loading more pages. Whoops! There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. 2018-03-00-herramientas-excelencia-2018-mas-info.pdf

2017-11-03-Reunion-consejo-estudiantil-mas-info.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

2017-11-27-convocatoria-cuadernos-de-administracion-v34n60-mas ...
Nov 27, 2017 - Journal System, accediendo en: http://revistas.univalle.edu.co/. index.php/cuadernos_de_administracion. +INFO: cuadernosadm@. correounivalle.edu.co. La revista. Cuadernos. de Administración. Invita profesores e. investigadores a. part

11. Prawo działania mas, Kc, Kp, Kx.pdf
Page 1 of 2. 11. Prawo działania mas. Zależności pomiędzy Kc, Kp, Kx. Kryterium samorzutności lub równowagi dla reakcji chemicznej,. przebiegającej w zamkniętym układzie, będącym roztworem doskonałym. lub roztworem idealnym rozcieńczonym

Descargar nada mas que una noche de anabella franco pdf
742410798 - Descargar nada mas que una noche de anabella franco pdf. 742410798 - Descargar nada mas que una noche de anabella franco pdf. Open.

Singapore: MAS rides the easing wave on inflation ...
Jan 28, 2015 - But the central bank's almost unprecedented decision to shift policy ahead of the regular April meeting came as a surprise both to us and the.

2017-11-22-conferencias-ADA-juridica-mas-info.pdf
Nov 22, 2017 - Cátedra Cavelier: “Propiedad Intelectual”. Catedráticos: Doctores Jorge Chávarro, Lina Pérez y Martha Vanin. + Info: [email protected]. Teléfonos: (57-2) 3212100 ex. 4755 - Directo: (57-2) 518 5755. Fecha

Mas Platon y menos Prozac - Lou Marinoff.pdf
sencillos y hacerlos asombrosamente complejos. En cambio, la escritura de. Page 3 of 299. Mas Platon y menos Prozac - Lou Marinoff.pdf. Mas Platon y menos ...