Document not found! Please try again
Sous Lav¡ «MIGRAN MINÈ, KI AN DANJE E KI SAN VWA»

¨MESAJ PAP FRANSWA POU JOUNEN MONDYAL MIGRAN AK REFIJYE (2017)¨

Frè ak sè mwen yo mwen renmen anpil la, «Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa.» (Mk 9,37; cf. Mt 18,5; Lk 9,48; Jn 13,20). Avèk mo sa yo, Levanjelis yo fè kominote kretyen yo sonje yon lansèyman Jezi, ki alafwa enteresan e ekzijan. An reyalite, pawòl sa yo trase chemen ki mennen kot Bondye, sòti nan sa ki pi piti yo ak nan Sovè a, nan dinamik akèy la. Kidonk, akèy la se yon kondisyon nesesè pou chemen sa a kapab tounen yon reyalite: Bondye fè li tounen youn nan nou, li tounen yon timoun nan Jezi, epitou lespri ouvèti sou Bondye nou akeyi nan lafwa a, e ki bay lesperans la plis fòs la, li manifeste nan relasyon lanmou pou sila yo ki pi piti e ki pi fèb. Charite, lafwa ak esperans, yo tout enplike nan zèv mizerikòd yo, swa espirityèl, swa kòporèl, ke nou te dekouvri nan Jibile Ekstrawòdinè nan jou ki sot pase yo. Levanjelis yo mete aksan tou sou responsablite sila yo ki neglije mizerikòd la: «Kanta moun ki fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè» (Mt 18,6; cf. Mk 9,42; Lk 17,2). Kòman nou pa ta panse ak avètisman sevè sa a, lè nou konsidere fason anpil moun malonèt eksplwate timoun yo, nan oblije yo antre nan pwostitisyon, oubyen nan foure yo nan pònografi, nan fè yo tounen esklav nan travay fòse, oubyen nan fè yo tounen sòlda pou voye yo nan lagè, nan enplike yo nan trafik dwòg ak lòt fòm delenkans, anplis timoun yo oblije nan kouri akòz lagè ak pèsekisyon, avèk risk pou yo twouve yo sèl e abandone. Se poutèt sa, nan okazyon Jounen Mondyal Migran ak Refijye a, mwen vle tout moun fikse je yo sou reyalite migran minè yo, an patikilye sila yo ki pou kont yo, antan m’ap mande tout moun pran swen timoun yo ki twa fwa san defans, akòz yo se minè, akòz yo se etranje epi akòz yo san defans, lè yo oblije viv lwen peyi kote yo te fèt epi yo pèdi afeksyon fanmi yo pou divès rezon. Nan tan jodi a, fenomèn migrasyon an pa sèlman limite nan kèk rejyon planèt la, okontrè li touche tout kontinan yo, e de jou an jou nou wè li se yon kesyon mondyal dramatik.Se pa sèlman yon kesyon moun k’ap chèche yon bon travay oubyen pi bon kondisyon pou yo viv, men tou, se gason ak fanm, granmoun ak timoun ki oblije abandone lakay yo ak lespwa pou yo sove lavi yo epi pou yo jwenn kondisyon lapè ak sekirite. Se toujou timoun yo ki peye pi chè pri imigrasyon an ke vyolans ak mizè lakòz pi souvan, ak kondisyon anviwònmantal, ak globalizasyon an nan tout aspè negatif li yo. Laj anfans la, akoz delikatès patikilye li, li genyen pwòp ekzijans li ke pèsonn pa ka derekonèt. Premyèman, timoun nan gen dwa viv nan yon anviwònman familyal ki pwòp e ki ba li pwoteksyon, pou li grandi selon konduit ak ekzanp papa ak manman li; dezyèmman dwa-ak-devwa -1-

Sous Lav¡

pou resevwa bon jan edikasyon, prensipalman nan fanmi an ak nan lekòl la, kote timoun yo kapab grandi pou yo kapab responsab pwòp avni yo ak peyi yo demen. An reyalite, nan anpil zòn nan lemond, aprann li ak ekri, fè kalkil elemantè rete yon privilèj ki rezève pou kèk moun. Tout timoun gen dwa pou yo jwe epi rekreye yo, an plis yo gen dwa sa yo ye a, yo gen dwa timoun. Pami migran yo, timoun yo fòme gwoup ki plis an danje a, paske antan yo lanse yo nan lavi a, pèsonn pa wè yo epi yo san defans: move kondisyon y’ap viv fè yo pa gen papye, yo kache yon kote, pèsonn pa wè yo; akoz pa gen gran moun ki akonpaye yo, sa lakòz pèsonn pa tande yo. Konsa, migran minè yo tonbe nan pi ba nivo degradasyon moun, kote ilegalite ak vyolans boule avni yo, malgre inosans yo, tandiske li difisil pou kraze rezo abi sou timoun yo. Kòman nou ka fè fas ak reyalite sa? Premyèman, nou dwe pran konsyans ke fenomèn migrasyon an se yon bagay ki fè pati istwa delivrans nou. Gen yon kòmandman Bondye ki makonnen ak sa:«Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip» (Ekzòd 22, 20); «Se pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la» (Dt. 10,19). Fenomèn sa a, se yon siy tan yo, yon siy ki montre kijan Bondye nan bonte li ap aji atravè istwa a nan kominote moun k’ap viv sou tè a pou tout moun rive fè yon sèl. Legliz la ankouraje yo rekonèt plan Bondye nan fenomèn migrasyon an, antan li gen asirans pèsonn pa etranje nan kominote kretyèn nan, ki anbrase «tout nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang» (Ap 7, 9). Tout moun gen valè, moun pi enpòtan ke tout bagay, e yo mezire valè chak enstitisyon nan fason li trete lavi ak diyite moun, sitou moun ki nan kondisyon ki mete lavi yo an danje, tankou nan ka migran minè. An plis, yo dwe vize pwoteksyon, entegrasyon ak solisyon dirab. Premyèman, yo dwe pran mezi posib pou garanti migran minè pwoteksyon ak defans, paske «ti mesye ak ti medam sa yo souvan fini nan lari, yo abandone epi gen moun malonèt ki eksplwate yo, e byen souvan, yo fè yo tounen enstriman vyolans fizik, moral ak seksyèl» (Benwa XVI, Mesaj pou Jounen Mondyal Migran ak Refijye, 2008). An plis de sa, pafwa yo ka pa fè diferans ant migrasyon ak trafik. Gen anpil faktè ki mete lavi migran yo an danje, sitou si yo minè: endijans ak mank mwayen pou yo viv (pafwa mwayen kominikasyon yo konn agrave sijè sa)-; nivo alfabetizasyon an ba; yo pa gen konesans sou lwa peyi a, yo pa konnen kilti peyi a, e souvan yo pa konnen lang peyi yo rive a. Tout sa fè yo gen yon depandans fizik ak psikolojik. Men pi gwo fòs ki lakòz yo eksplwate ak abize timoun yo se nan demand la li sòti. Si nou pa jwenn mwayen ki pèmèt nou atake nan rasin sila yo k’ap pwofite sitiyasyon sa, ebyen nou p’ap janm elimine divès fòm esklavaj ke minè yo viktim. Nan sans sa a, li nesesè pou migran yo toujou byen kolabore ak kominote ki akeyi yo, pou byen pwòp pitit yo. Avèk yon gwo santiman rekonesans, n’ap gade òganis ak enstitisyon Legliz la, ak tout lòt sivil yo ki pran gwo angajman ofri tan yo ak resous yo genyen pou pwoteje minè yo kont tout fòm abi. Li enpòtan pou toujou gen bon jan kolaborasyon efikas ki baze sou echanj enfòmasyon ak entansifikasyon rezo ki ka asire entèvansyon rapid toupatou, san yo pa minimize fòs kominote kretyèn nan ki manifeste nan lapriyè, ak kominyon nan fratènite. -2-

Sous Lav¡

Dezyèmman, fòk yo travay pou entegre timoun ak jèn migran yo.Yo depann de kominote granmoun yo, e trè souvan mank mwayen finansye tounen yon anpèchman ki fè yo pa ka adopte bon jan politik akèy pou ede migran yo jwenn plas yo nan sosyete a. Kòm konsekans, olye yo ede migran minè yo jwenn plas nan sosyete a, yo sèlman kreye baryè pou yo pa antre, e se konsa yo ankouraje yo chèche wout pa bwa, chemen ilegalite; oubyen yo depòte yo, san yo pa asire yo ke sa pa reponn ak ‘‘pi gwo enterè’’ yo. Kondisyon migran minè yo pi grav toujou lè yo nan sitiyasyon iregilarite oubyen lè yo tonbe nan zak kriminèl byen òganize. Alò, souvan yo voye yo nan prizon. An reyalite, anpil fwa yo arete yo, e puiske yo pa gen lajan pou peye libète yo oubyen pou peye vwayaj pou tounen lakay yo, sa konn fè yo rete fèmen pou anpil tan nan prizon, kote yo kapab sibi tout kalite abi ak vyolans. Nan ka sa a, Leta yo gen dwa pran kontwòl migrasyon an antan y’ap chèche defann byen komen nasyonal la, an menm tan yo gen devwa regilarize sitiyasyon migran minè yo, nan respè diyite yo, antan y’ap chèche bay nesesite yo yon repons, lè yo pou kont yo, men tou bay nesesite paran yo yon repons, pou byen tout fanmi an. Lè sa a, yo dwe adopte bon jan pwosedi nasyonal ak plan koperasyon ki sòti nan bon jan antant ant peyi kote migran fèt la ak peyi ki akeyi li, se yon bagay fondamantal pou yo kapab rive elimine tout koz migrasyon fòse minè yo. Twazyèmman, mwen lanse yon apèl bay tout moun, pou yo ka chèche epi adopte solisyon dirab. Puiske fenomèn nan konplèks, kesyon migran minè a, yo dwe touche li nan pwofondè. Lagè, vyolasyon dwa moun, koripsyon, povrete, dezekilib ak katastwòf anviwònmantal, tout sa fè pati pwoblèm nan. Timoun yo, se premye moun ki soufri bagay sa yo, antan pafwa yo menm sibi vyolans fizik ki akonpaye vyolans moral ak psikolojik, bagay sa yo kite mak nan lavi yo ki prèske pa ka efase. Pou tout rezon sa yo, li nesesè, pou yo fè fas nan peyi orijin yo ak tout sa ki lakòz migrasyon yo. Premyèman, sa ekzije angajman kominote entènasyonal la pou elimine tout konfli ak vyolans ki mete moun nan kouri. Anplis de sa, fòk gen yon vizyon ki ede moun yo byen wè davans ki bon jan pwogram ki kapab genyen nan rejyon ki afekte ak pwoblèm enjistis, ki boulvèse, pou tout moun ka gen chans devlope tout bon vre, pwogram ki ankouraje tout sa ki byen pou timoun yo ki se lespwa limanite. Finalman, mwen vle adrese yon ti mo ba nou, nou menm k’ap mache kòt a kòt ak timoun yo ak jèn yo sou wout migrasyon an: yo bezwen èd nou, ki gen anpil pri, e Legliz la bezwen nou tou e li soutni nou nan sèvis n’ap bay ak bon kè a. Piga nou pèdi kouraj nan bay temwayaj Levanjil la, ki rele nou pou nou rekonèt ak akeyi Granmèt Jezi ki prezan nan sila yo ki pi piti e ki plis an danje. Mwen remèt nan men Lasent Fanmi Nazarèt la tout migran minè yo, fanmi yo, kominote yo ak tout moun ki kanpe avèk yo. Se pou li pwoteje yo, se pou li veye sou yo chak, se pou li akonpaye yo sou chemen an. Antan m’ap lapriyè pou nou, mwen beni nou nan non Granmèt la. Vatikan, 8 septanm 2016, nan okazyon Fèt Nesans Mari ki sen, ki vyèj.

Pap Franswa. (Tradiksyon/ Jacky Agéna)

-3-

Sous Lav¡

ÒDINÈ LAMÈS

*KÒMANSMAN* O non Papa, ak Pitit la, ak Lesprisen an. Amèn! Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. SALITASYON! Frè m' yo ak sè m' yo, avan nou rantre pi fon nan selebrasyon nou an, an nou rekonèt nou se pechè, an nou mande Bondye padon: Devan Bondye ki gen tout pouvwa, devan nou menm tou frè m' ak sè m' yo mwen rekonèt mwen fè anpil peche, nan sa mwen panse, nan sa mwen di, nan sa mwen fè. Mwen rekonèt tou, mwen pa fè sa pou m te fè. Tout sa se fòt mwen. Se pou sa mwen mande Mari ki sen e ki toujou rete vyèj, tout zanmi Bondye ki nan syèl, epi nou menm tou, frè m' ak sè m' yo, lapriyè Bondye, Granmèt nou an, pou mwen. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, gen pitye pou nou, se pou l’padone peche nou, pou l’ mennen nou nan lavi ki p' ap janm fini an. Amèn! CHANTE/ Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! / Jezikri, pitye pou nou. / Jezikri pitye pou nou! / Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! PREMYE LAPRIYÈ : An nou lapriyè! Bondye Papa, ou fè n' pòtre avè w', e ou remèt nou tè a pou nou fè l' ban n' tout sa ki nesesè pou lavi a. Plis toujou ou pran n' pou pitit ou, e ou ban n' tout mwayen k' ap pèmèt nou rive nan lavi tou nèf ou pwomèt nou an. Tanpri, Bondye Papa, voye Lespri ou a ban nou, pou n' pa kite kado ou yo gaspiye. Voye Lespri w' la montre n' sèvi ak tout pouvwa ou ba nou yo, pou n' rive òganize ak viv jan ou vle a. Konsa n' a pare pou w' fè n' antre nan peyi kote ou wa a. Nou mande ou sa, pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lespri Sen an, depi toutan e pou toutan. Amèn LITIJI LAPAWÒL Levanjil: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Men bòn nouvel Jezi kri a daprè …......... ki Sen. Lwanj pou ou Granmèt. (Aprè Levanjil la:) An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a. Lwanj pou ou, Granmèt. KREDO *Mwen kwè gen yon sèl Bondye. Se Papa a, li gen tout pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a, li fè tout sa moun wè ak tout sa moun pa wè. * Mwen kwè gen yon sèl Granmèt, se Jezikri, sèl Pitit Bondye a. Li se Pitit Papa a depi anvan tout tan. Li se Bondye nan Bondye a, Limyè nan Limyè a, Bondye tout bon vre nan Bondye tout bon vre a, Li se Pitit, men se pa kreye yo kreye li. Li se menm Bondye ak Papa a. Se pa Pouvwa li tout bagay fèt. Se pou tout moun, se pou l’ vin sove nou, li desann sot nan syèl.Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun. Se pou tèt nou toujou, yo kloure li sou yon kwa. Li soufri, sou rèy Pons Pilat, e yo antere li. Sou twa jou li leve,jan Labib la te di, li monte nan syèl e li chita adwat Papa a. Li gen pou l’retounen avèk tout pouvwa li pou l’ jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri, e li va wa pou tout tan. *Mwen kwè gen Lespri sen an. Li se Granmèt e li bay lavi. Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la.Yo adore l’ ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit la, e li jwenn menm lwanj avèk yo. Se li ki t’ap pale lè pwofèt yo t’ap pale. *Mwen kwè gen yon sèl Legliz ki fè yon sèl kòt fanmi.Li sen. Li la pou tout moun. Se sou Apòt yo li bati. *Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padone peche. M’ap tann tout mò leve, m’ap tann lavi k’ap vini an. Amèn OFÈTWA Frè m' ak sè m' yo, an nou lapriyè ansanm, Pou Granmèt la kontan lamès sa a, ki se sèvis Legliz li a. Wi se lwanj pou Bondye, Se benediksyon pou nou menm ak pou tout moun. LAPRIYÈ SOU KADO YO (pen ak diven an): Bondye Gran Mèt, tanpri, bay Legliz ou a kè poze ak tèt ansanm l' ap chache nan sèvis sa a. Pen ak

-4-

Sous Lav¡ diven an se siy kado n' ap ofri w' la. Tanpri, fè yo tounen kò ak san Jezikri, e n' a jwenn favè n' ap mande w' la yo. Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn GWO LWANJ POU BONDYE Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. An nou leve Kè nou byen wo. Li deja devan Granmèt la. An nou di Bondye Granmèt nou an mèsi. Li merite sa vre. Wi, ou merite sa, reyèlman vre, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou ak pou tout moun. Papa ki Sen, ou merite nou toujou di w' mèsi toutan e tout kote, pa pouvwa Jezikri, Pitit ou renmen an, Li se Pawòl ou. Se avèk li ou kreye tout bagay. Li se Sovè ou voye vin delivre nou an. Se pou sa li tounen yon moun pa pouvwa Lespri Sen an, e Mari ki vyèj anfante li. Pou l’ te fè volonte ou nèt, pou l’ te fè ou gen yon pèp li mete apa pou ou, li ouvè bra l’ sou kwa a, lè li t’ap soufri a. Se konsa li kraze lanmò, pou li montre sa ki rele leve byen vivan. Se pou sa ni nou menm, ni tout mesaje ou yo ak tout zanmi ou yo ki nan syèl la, nou mete ansanm pou nou fè konpliman pou ou, e pou nou chante san rete. SANCTUS: Se ou ki sen! Se ou ki sen! Granmèt se ou ki Sen! Tout bon! Bondye se ou ki Gran Mèt tou sa ki nan syèl la. Bèlte ou plen syèl la ak tè a! Viv Bondye nan syèl la! Bravo pou sila a k’ap vini o non Granmèt la! Viv Bondye nan syèl la ! Granmèt, se ou ki sen tout bon, e tou sa ki sen, se nan ou li sòti. Tanpri, fè Lespri ou mete kado sa yo apa pou ou: konsa, se pou avantaj nou, y’a tounen kò ak san Jezikri, Granmèt nou pitit ou. !!!! *Lè Jezi aksepte soufri pou pwòp volonte pa l’, jou yo trayi l la, Li pran pen an, Li di ou mèsi. Li beni l’, Li kase l’, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : pran manje landan l’ nou tout, reyèlman vre, sa se kò mwen,m’ap bay pou nou an. Menm jan tou, lè yo fin manje, Li pran kalis la. Li tounen di ou mèsi, Li beni li, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : +Pran, bwè ladan l' nou tout, Reyèlman vre, sa se san mwen. Se san lòt kontra a, ki va la pou toutan. Se san ki pral koule pou nou an, ak pou tout moun, Pou padone peche. Fè sa pou nou sonje mwen. !!!! Ala yon bèl mèvèy, nou pa kapab fin konprann li, men nou kwè l’. ANAMNÈZ: Granmèt, n’ap anonse ou mouri ! N’ap deklare ak kè kontan ou leve byen vivan. N’ap tann ou retounen ak tout otorite. Granmèt, se nan sonje Jezi te mouri e li leve, n’ap ofri w' pen ki bay lavi a, ak kalis ki pote delivrans lan. N’ap di ou mèsi, paske ou fè nou merite parèt devan w, pou nou sèvi ou. Tanpri, Granmèt, fè Lesprisen an rasanble nou fè youn, poutèt kò ak san Jezikri n’ap manje a. Granmèt sonje Legliz ou a ki gaye sou tè a: fè li fin renmen ou nèt. Sonje pap Franswa, sonje monsenyè (…..… ), ansanm ak tout moun ki responsab patizan ou yo. Sonje tout frè nou yo ki mouri ak espwa ou va fè yo leve yon jou. Sonje tout lòt moun ki mouri yo tou, resevwa yo lakay ou, nan limyè w’ la. Tanpri, fè nou gras. Fè nou merite jwenn lavi ki p’ap janm fini an, ansanm ak Mari ki vyèj e ki manman Bondye, ansanm ak tout zanmi ou, ki te mache nan chemen ou, lè yo t’ap viv sou tè a. Konsa n’a fè lwanj ak konpliman pou ou, pa pouvwa Jezikri pitit ou. !!!! Bondye Papa nou, ou menm ki gen tout pouvwa, e ki fè youn ak Lesprisen an, se pa pouvwa Jezikri, se avèk li, se o non li, Ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman, depi toutan e pou toutan. Amèn! {PAPA NOU} Kòm nou fè youn nan Lesprisen an, nou kapab di avèk konfyans lapriyè Jezi sovè nou te montre nou an: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte w' fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a. Padone sa nou fè w', tankou nou padone moun ki fè nou kichòy. Pa kite nou pran nan pyèj, men, delivre nou anba tout sa ki mal. Granmèt, tanpri souple, delivre nou ak tout sa ki mal, fè kè nou poze pandan tout

-5-

Sous Lav¡ lavi nou. Ede nou pou jan ou gen bon kè. Delivre nou nèt ak tout peche nou yo, e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou. N’ap espere byen ou pwomèt nou an : Sovè nou, Jezikri, k’apvini an. Paske se ou menm sèl ki wa, se ou menm ki gen tout pouvwa, se ou sèl ki merite konpliman pou toutan. Jezi Granmèt, se ou k' te di apot ou yo : Mwen montre n' byen viv ansanm, se sa mwen vin pote ban nou. Tanpri pa gade sou peche nou yo, gade pito jan Legliz ou a kwè nan ou! Nou mande ou, pou nou vin fè youn, jan ou vle a, Ou menm ki vivan e ki Wa, depi toutan e pou toutan. Amèn. Se pou Granmèt la montre nou byen viv ansanm. Se pou li toujou avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Frè m' ak sè m' yo, montre nou konn viv byen youn ak lòt. AGNUS DEI: Pè a ansanm ak pèp la: Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R: vin fè kè nou poze. Ala chans pou moun sa yo, Jezi envite vin manje nan manje sa a. Men Jezi mouton Bondye ki wete peche sou tè a. Granmèt, mwen pa merite pou w' antre lakay mwen, di yon sèl pawòl e nanm mwen va geri. Se pou kò ak san Jezikri soutni nou pou lavi ki p’ap janm fini an. Amèn! DÈNYE LAPRIYÈ An nou lapriyè, Bondye Papa, nan chak lamès, ou fè n' goute jan sa ta bèl si nou te swiv pawòl ou a tout bon vre. N' ap di w' mèsi pou limyè w' ban nou an ak pou gwo espwa ou limen nan kè n' nan. Bondye Papa n', tanpri, ban n' fòs travay chak jou pou n' fè kado w' yo rapòte dis fwa, san fwa plis. Konsa n' a pare pou n' rantre nan kè kontan Jezi pwomèt bon sèvitè li yo. Nou mande ou sa, Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn BENEDIKSYON: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa a ak Pitit la ak Lesprisen an beni nou byen beni! Amèn! An n' ale ak kè kontan. Mèsi, Bondye, mèsi! Si ou gen kèk temwanyaj ou ta renmen pataje ak lòt yo, voye li nan biwo: Fundación La Buena Noticia, (Fondasyon Bòn Nouvèl). Av. 27 de Febrero No. 311, Santo Domingo, Rep. Dom. Telefòn: (809) 562-2655/ (829) 259-8436, oubyen voye yon mesaj nan kourye sa yo: ak nan, [email protected] DIREKTÈ: Rafael Hernández REDAKSYON, KÒDINASYON AK KOREKSYON FÒM AK ESTIL: Jacky Agéna KOLABORATÈ: 1. P. Emilio Travieso, Sj 2. Rose-Laure Fleurantin, fdm

SANSÈ: Johnny Masséba, sj ASESÈ ESPIRITYÈL: Rev. P. Mario Serrano, sj. DYAGRAMASYON: Ramón Mejía ENPRESYON: Editora Tele-3 (Tel.: 809 566-6105)

3. P. Edvard Jeudy 4. P. Jorès Fleurimond 5. Marlène Elien 6. Binsonne Thomas

SOUS LAVI Se yon piblikasyon Fundación La Buena Noticia (Fondasyon Bòn Nouvèl) Av. 27 de Febrero No. 311 Santo Domingo, Rep. Dom Tel.: 809 562-2655 / 809 562-0845 809 562-0846 • Fax: 809 -540-2336 E-mail: labuenanoticia@claro. net.do [email protected]

Enstitisyon ki patwone revi sa a se: Komisyon Nasyonal Pastoral Migran (Komisyon Pastoral Ayisyèn)

7. Ivenson Lebrun Benefis Piblikasyon sa a pote, dwe sèvi pou gaye Levanjil la. Se yon edisyon Fundación La Buena Noticia. (Fondasyon Bòn Nouvèl), pibliye

-6-

JANVYE 2017

Sous Lav¡

DIMANCH Koulè Blan

1

UITYÈM JOU NESANS GRANMÈT LA GRAN FÈT MARI MANMAN BONDYE KI SEN JOUNEN MONDYAL POU LAPÈ

PREMYE LEKTI

“Y’ap lapriyè non m’ sou pitit Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo” NAN LIV LIV NONB 6, 22 -27 Granmèt la pale ak Moyiz, li di: “Pale ak Aawon ak pitit li yo: Men kijan n’a beni pitit Izrayèl yo, n’a di yo: «Se pou Granmèt la beni ou, se pou l’ konsève ou ; se pou Granmèt la montre ou fas li, pou l’ pran pitye pou ou. Se pou Granmèt la vire figi l’ ba ou pou l’ ba ou lapè ». Y’ap lapriyè non m’ sou pitit Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo ». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 6 e 8 R/ Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou.

Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou ; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Se pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè a, sove ou sove nou an nan tout nasyon yo.R. Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon jan ki kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.

Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou. Se pou Bondye nou an beni ou, se pou tout limit tè a respekte l’.R. DEZYÈM LEKTI «Bondye voye Pitit li a, ki fèt sot nan madanm nan » NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 4, 4-7 Frè m’ yo : Lè tan an rive bout li, Bondye voye Pitit li a ki fèt sot nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou sa yo ki te anba lalwa a, li te kapab rachte yo, pou nou te kapab vin tounen pitit adoptif. Laprèv nou se pitit, sèke Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou, l’ap rele : « Aba. Papa ». Konsa pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen. Si se pitit, se eritye gras a Bondye. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL «Yo jwenn Mari ak Jozèf ak ti pitit la... Aprè uityèm jou a, yo rele non l’ Jezi » MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2, 16-21 Lè sa a : Gadyen mouton yo rive byen vit jous Bètleyèm, yo jwenn Mari ak Jozèf, epi ti pitit la ki poze nan krèch la. Lè yo wè sa, yo anonse pawòl la yo te di yo osijè ti pitit sa a. Tout moun ki t’ap tande yo te sezi osijè sa gadyen mouton yo t’ap di yo a. Kanta Mari, li t’ap konsève tout pawòl sa yo, antan l’ap kalkile yo nan kè l’. Gadyen mouton yo tounen, y’ap fè konpliman ak lwanj pou Bondye pou tout sa yo te tande ak sa yo te wè, daprè sa yo te di yo a. -7-

Sous Lav¡ Lè ui jou yo fin pase, pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele non l’ Jezi, non sa a anj la te bay la, avan li te fèt nan vant. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Angiz de yon sèl fèt, jodi a n’ap fete plizyè fèt ! Se fèt Endepandans Ayiti; n’ap fete premye jou nan ane a, epi n’ap fete Mari Manman Bondye, nan uityèm jou nesans Granmèt la. Lè fini, jodi a se Jounen Mondyal pou lapè! Tèlman gen fèt jodi a, nou pa ka pa fete! An nou di Bondye mèsi pou pou tout gras sa yo, antan nou youn ap swete lòt bòn fèt ! Pandan n’ap bwè soup joumou nou an maten an, an nou fè yon ti reflechi sou istwa liberasyon nou. Apot Pòl di nan dezyèm moso Labib la : «pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen». Nou sòti nan esklavaj pou nou tounen pitit Bondye, ki renmen nou. Li fè nou eritye menm jan ak Jezi, men eritaj la pa yon bout tè, ni lajan, ni yon bèl kay, ni yon bèl machin, se lavi nèt ale li ye ! Tout fèt n’ap fete jodi a yo, se nan verite sa a yo sòti. Pa ekzanp, nou tout konnen premye janvye se fèt Endepandans Ayiti, jou pèp Ayisyen an te fè lemond antye wè tout moun gen menm diyite, paske nou tout se pitit yon sèl Bondye. Nou ka konprann ki sa l’ vle di pou nou, pitit Bondye, gras a vrè Pitit li a ki te fèt nan mitan nou, sa fè ui jou nou te sonje sa nan fèt Nwèl la. Epi li fèt menm jan ak nenpòt moun, li te gen yon manman, ki se Mari. Si n’ fè tankou Manman Mari, ki te konsève tout pawòl sa yo, antan l’

kalkile yo nan kè l’, nou menm tou, n’a rive konprann ki konsekans mesaj sa gen pou lavi nou. Si nou tout se pitit Bondye, sa vle di nou tout se frè ak sè. Epi jou nou fin konprann sa byen, n’ap ka fete Jounen Mondyal Lapè tout bon. Nou bezwen liberasyon, nou bezwen lapè, nou bezwen konnen si Bondye la avèk nou. Ane 2016 la te plen pwoblèm (gwo siklòn, inondasyon, san konte lòt). Ann pran yon ti souf jodi a, pou n’ sonje kiyès nou ye, sonje jan Bondye renmen nou. Demen si Dye vle n’ap kontinye travay pou n’ viv tankou frè ak sè. LAPRIYÈ : Mèsi Granmèt, paske ou fè n’ sòti nan tout kalite esklavaj ! Beni nou, pwoteje nou nan ane 2017 la ! Bondye, ou menm ki bay ras lèzòm rekonpans sove tout tan an, gras a Mari ki sen, ki anfante antan li Vyèj la, tanpri, fè nou santi kijan l’ap plede kòz nou, li menm ki fè nou merite resevwa Pitit ou a ki bay lavi a. Li menm ki vivan. Amèn. PWOPOZISYON: An nou louvri lespri nou ak tout kè nou pou nou ka kòmanse ane sa a ak gras Bondye. LENDI

2

Koulè Blan BAZIL LE GRAN AK GREGWA NAZYANZ KI SEN, Evèk ak savan sakre Legliz la

(Memwa) PREMYE LEKTI

«Sa nou te tande depi nan kòmansman an, se pou l’ rete nan nou» -8-

Sous Lav¡ NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 22-28

Nou menm mwen renmen anpil la : Kilès mantè sa a, si se pa sa a ki nye Jezi se Kris la? Sa a se Antikris la, li menm ki nye ni Papa a ni Pitit la. Tout moun ki nye Pitit la, li pa gen Papa a non plis; moun ki rekonèt Pitit la, li gen Papa a tou. Nou menm, sa nou te tande depi nan kòmansman an, se pou l’ rete nan nou. Si sa nou te tande depi nan kòmansman an rete nan nou, n’ap rete nan Pitit la ak nan Papa a. Men pwomès la li ofri nou an, se lavi tout tan an. Mwen ekri nou bagay sa yo osijè moun yo k’ap twonpe nou yo. Nou menm, konsekrasyon nou te resevwa nan men l’ nan, se pou l’ rete nan nou. Nou pa bezwen pou pèsòn ba nou ansèyman ; men jan konsekrasyon l’ nan ba nou ansèyman sou tout bagay la ; epi li vre, li pa manti, konsa jan l’ ba nou ansèyman an, se pou n’ rete nan li. Koulye a, ti pitit mwen yo, se pou nou rete nan li, pou lè l’ parèt, nou kapab gen konfyans pou nou pa wont devan l’ lè l’ rive a. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4 R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.

Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy. Men dwat li fè viktwa pou li, bra l’ ki sen an.R. Granmèt la fè konnen sove li sove nou an, nan fas nasyon yo li devwale

jistis li a. Li fè sonje mizerikòd li a, ak verite l’ la pou kay Izraèl la.R. Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an. Sonnen twonpèt pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R. LEVANJIL «Aprè m’ gen youn k’ap vini, ki te ekziste anvan m’ ». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 19-28 Men temwayaj Jan, lè Juif yo te voye prèt ak levit kote l’ sot Jerizalèm, pou yo poze l’ kesyon an : « Ou menm kilès ou ye a » ? Li rekonèt, li pa nye, li rekonèt : « Mwen pa Kris la ». Yo poze l’ kesyon : « Ki sa ou ye ebyen? Èske ou se Eli”? Li di “Mwen pa sa”. «Èske ou se pwofèt la » ? Li reponn : « Non ». Konsa yo di l’ : «Kilès ou ye? pou nou kapab bay repons pou moun ki voye nou yo, ki sa ou di osijè ou » ? Li di : « Mwen se vwa sa a k’ap rele nan dezè a : Dirije chemen Granmèt la, jan pwofèt Izayi te di a ». Nan moun yo yo te voye yo, te gen Farizyen. Yo poze l’ kesyon, yo di l’ : « Pouki sa w’ap batize, si ou pa Kris la ni Eli ni pwofèt la” ? Jan reponn yo, li di : « Mwen batize nan dlo ; men nan mitan nou gen yon moun ki kanpe, nou pa konnen l’, se li menm ki gen pou l’ vin aprè m’ nan, li menm ki te anvan m’, mwen pa merite defèt lasèt sapat li ». Bagay sa yo te pase nan Betani lòt bò Jouden an, kote Jan t’ap batize a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-9-



Sous Lav¡ NB: Si yo ta vle yo ta kapab li tèks sa

yo pito pou jou sa a : PREMYE lekti Efezyen 4, 1-7. 11-l3 SÒM REPONS : sòm 22, 1-3. 4. 5. 6 LEVANJIL: Matye 23, 8-12. REFLEKSYON Levanjelis Jan prezante nou Jan Batis tankou sila a ki te vini avan Jezi e ki te bay dènye anons sou vini Jezi a. Antan ke dènye pwofèt ki te anonse Mesi a, nan sans sa a, li sanse fè pon ant Ansyen Kontra a ak Nouvo Kontra. Se sa k’ fè li toujou parèt nan kòmansman liv levanjil yo, paske l’ap anonse gen yon Nouvo Kontra ki pral rive, se Jezikri ki pral siyen li. Jan Batis rekonèt Jezi pi enpòtan pase l’, li rekonèt li pa menm merite defèt lasèt sapat Jezi a. Sa enteresan, paske Jan Batis te yon nèg serye, ki te konn ede anpil moun kwè nan Bondye, li te ede yo viv byen youn ak lòt. Men li pa t’ vante tèt li pou sa. Li te rekonèt tout sa l’ te fè, pa t’ janm ase pou sove pèp li a. Li t’ap prepare chemen an pou Jezi te kapab vin fè travay la nèt. Nou menm, nan yon sans, nou pa nan menm plas Jan Batis, paske Jezi vini deja. Li gen tan mouri pou nou, li gen tan montre nou kilès Bondye ye nan jan l’ renmen nou. Nou jwenn sa Jan Batis t’ap tann lan. Men malgre sa, nou ka idantifye nou ak Jan Batis tou, paske travay Jezi a kòmanse, men li poko fini. Vrèman vre, se nou menm ki pou ede Jezi reyalize misyon li an, ke li

inogire. Si Jan Batis te ka kenbe lafwa konsa malgre li pa t’ ko konnen Jezi, nou menm ki konnen Jezi deja, nou pa gen dwa dekouraje. Pafwa li pa fasil, men nou ka fè tankou Jan Batis, ki te jwenn fòs lè l’ te gade istwa pèp li a, epi l’ te wè tout sa Bondye te fè pou li deja. Pandan n’ap fè misyon kretyen nou an, piga nou kwè se nou menm ki konnen, se nou menm ki sen, nan pretann nou menm ki plis pase lòt moun. Se pa ak dlo sèlman yo batize nou, se ak Lespri Sen an, ki pou fè nou moun senp, moun debyen ki mete renmen ak pataj nan lemond, san nou pa vante tèt nou pou sa. LAPRIYÈ: Bondye,Bazil ak Gregwa sen, gras a ekzanp yo ak ansèyman yo, ou fè Legliz ou a vin pi bèl. Tanpri, fè nou konsidere nou pa anyen pou nou aprann verite w’ la. Ba nou charite pou nou obsève l’avèk fidelite. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Kisa m’ ka aprann nan ekzanp Jan batis la jodi a? MADI

3

Koulè Blan

PREMYE LEKTI

«Tout moun ki rete nan li, li pa fè peche». NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 29-3, 6 Nou menm mwen renmen anpil la : Si nou konnen li kòrèk, se pou nou konnen tou tout moun ki fè sa k’ kòrèk, se nan li li fèt. Gade ki kalite

-10-

Sous Lav¡ charite Papa a ba nou, pou yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye vre. Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt li. Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a se pitit Bondye nou ye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen lè 1’a parèt, n’a sanble ak li ; paske n’ap wè l’ jan l’ ye a. Tout moun ki gen esperans sa a, li fè tèt li vin sen nan li, menm jan li menm menm nan li sen an. Tout moun ki fè peche, li fè sa k’ pa kòrèk, peche a se sa k’ pa kòrèk. Nou konnen li menm li parèt pou l’ wete peche nou yo, epi pa gen peche nan li. Tout moun ki rete nan li, pa fè peche, tout moun ki fè peche, li pa wè l’, ni li pa rekonèt li. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 97, 1. 3cd-4. 5-6 R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.

Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R. Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R. Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R. LEVANJIL «Men Mouton Bondye a» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 29-34 Nan landmen, Jan wè Jezi k’ap vin kote l’, li di : « Men Mouton Bond-

ye a, men sa a ki wete peche tè a. Sa a se osijè l’ mwen te di : « Apre m’ gen yon moun k’ap vini, li plase devan m’, paske li te ekziste anvan m’. Mwen menm, mwen pa t’ konnen l’; men se pou l’ te kapab parèt klè nan Izrayèl, se pousa mwen vini mwen menm m’ap batize nan dlo a ». Jan sèvi l’ temwen, li di : « Mwen wè Lespri a k’ap desann tankou yon kolonb sot nan syèl la, li rete sou li. Mwen menm mwen pa t’ konnen l’; men sa a ki voye m’ batize nan dlo a, li menm menm li di m’ : « Sou moun nan ou a wè Lespri a desann li rete sou li a, se li menm k’ap batize nan Lespri Sen an ». Mwen menm mwen wè, mwen sèvi temwen, sa a se Pitit Bondye a ». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Bondye ap kontinye fè nou yon deklarasyon damou. Si Bondye renmen nou konsa, kisa nou menm pou nou fè ? Se pou nou renmen l’ tou, menm jan li menm renmen nou. Men si nou di nou renmen Bondye nou pa wè a, epi nou rayi frè ak sè nou yo, nou nan manti : kijan nou kapab renmen Bondye nou pa wè ! Pa bliye Bondye kreye nou pòtre avèk li, epi li mande nou avan tout bagay se pou nou gen renmen nan kè nou ; se sa nou aprann nan kòmandman l’ yo. Si nou vle renmen Bondye, se pou nou kòmanse renmen pwochen nou ; paske tout sa ki pran nesans, se nan Bondye yo sòti, epi Jan di nou kòmandman sa yo pa twò lou. Se pou nou remen san mezire, lè yon moun renmen, li

-11-

Sous Lav¡ fè sa ki bon, sa ki bèl, li gen konpasyon tankou Jezi. Jezi te kite Lespri a kondwi l’, epi li te toujou ap mache avèk li ; se ak menm fòs Lespri a li te ale Galile, li tounen nan peyi l’ kote li te resevwa edikasyon : la, li kòmanse preche nan Tanp la. Nan tout sa Jezi t’ap fè, se Lespri a ki t’ap gide l’. Se Lespri Granmèt la ki te chwazi l’, li sakre l’ pou l’al bay Bòn Nouvèl la toupatou, sitou sila yo ki pòv yo, ki malad, ki blese ; ki nan prizon, ki avèg. Chak pawòl ki te sòti nan bouch Jezi, se te yon gras, yon rekonfò. Nou menm, daprè sa nou tande ak sa nou wè, se pou nou bay temwayaj pa nou tou, tout kote nou pase. LAPRIYÈ: Granmèt, padon pou chak fwa mwen anpeche pwomès ou yo akonpli sou tè a.Tanpri fè m’ kado Lespri ki te gide Jezi pou l’ fè volonte ou jous nan dènye bout la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn. PWOPOZISYON:Avèk gras batèm ak konfimasyon m’, mwen te di mwen dakò pou m’al fè misyon pou Jezi. Nan ki pwen mwen ye nan misyon sa ? MÈKREDI Koulè Blan

4

PREMYE LEKTI

«Li pa kapab fè peche, paske li fèt sot nan Bondye ». NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 7-10 Ti pitit mwen yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Moun ki fè sa k’ kòrèk, li kòrèk, menm jan sa a kòrèk la. Moun ki fè peche, se nan dyab la li sòti, pas-

ke depi nan kòmansman dyab la fè peche. Se nan sa Pitit Bondye a parèt, pou l’ defèt travay dyab la. Tout moun ki fèt sot nan Bondye, li pa fè peche, paske semans sa a rete nan li ; li pa kapab fè peche, paske se nan Bondye li sòti. Se nan sa yo wè klè sa k’ pitit Bondye yo ak sa k’ pitit dyab yo. Tout moun ki pa kòrèk, epi moun ki pa renmen frè l’, li pa sot nan Bondye. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 97, 1. 7-8. 9 R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.

Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè, Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R. Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a ak sa ki abite nan li yo. Se pou rivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse.R. Devan fas Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a. L’ap jije fas tè yo nan jistis ak pèp yo nan dwati.R. LEVANJIL “Nou jwenn Mesi a” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 35-42 Lè sa a: Jan te kanpe epi de nan disip li yo avèk li. Li gade Jezi k’ap mache, li di: “Men Mouton Bondye a”. De disip yo tande l’ap pale, yo suiv Jezi. Jezi menm vire, li wè y’ap suiv li, li di yo: “Ki bagay n’ap chèche”? Yo menm yo di l’: “Rabi (sa vle di Mèt), kote ou abite”?

-12-

Sous Lav¡ Li di yo: “Vini, n’a wè”. Yo vini, yo wè kote l’ te rete, yo rete lakay li jou sa a; lè sa a, se te apeprè dizyèm “è” a. Te gen Andre, frè Simon Pyè a, youn nan de yo, ki te tande Jan an, epi ki te suiv li a. Sa a rankontre tou dabò frè l’ la Simon, li di l’ : « Nou jwenn Mesi a (sa vle di Kris la) ». Li mennen l’ bay Jezi. Jezi menm gade l’, li di : « Ou se Simon, pitit Jonas : y’ap rele ou Sefas (sa vle di Pyè) ». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Nan levanjil jodi a n’ap kontanple figi Jezi ak 2 nan disip li yo; Jezi wè mesye yo t’ap suiv li, li mande yo: «Ki bagay n’ap chache ?». Jezi te konnen trè byen ke tout moun k’ap suiv li an verite gen anvi yon bagay espesyal ; li konnen li pa t’ vini pou tèt li, ni pou l’ te fè wè men pito pou l’ te anseye yon bagay trè enpòtan, e se bagay sa yo Pyè ak Andre t’ap chache, Wayòm Bondye a. Gade byen, Jezi te wè kè yo, li te li lespri yo anvan l’ te poze yo kesyon sa a ; epi yo menm ak anpil transparans, yo te reponn li ak yon lòt kesyon yo te di l’: Mèt ki kote ou rete? Kesyon pa mesye yo nan levanjil la ap montre nou sa k’ enpòtan an, se pa levanjelizatè a men se Levanjil la, sa l’ap preche a. Jodi a, se nou menm Jezi ap poze kesyon sa : ki bagay n’ap chèche ? Ki repons nou gen pou li ? Pyè ak Andre te konn sa yo t’ap chache. Pou sa, tousuit yo te kesyone l’ : mèt ki kote ou rete ? Ou menm k’ap

tande pawòl Bondye jodi a, èske ou konn sa w’ap chèche? Jezi te reponn mesye yo: “vini non n’a wè”. Yo te ale epi yo te wè. E ou menm, ki kiryozite pa ou jodi a? Ou pa ta renmen wè kot Jezi rete? Jezi pa janm pase nan yon kote obyen nan kè pou bagay yo kontinye menm jan an, mesye yo te rankontre l’, yo te rete lakay li pou yon bon moman. Lè yon moun rankontre ak Jezi, li pa menm moun nan ankò. Lè Jezi touche kè yon moun li pa kite l’an pè ni yon ti tan, li mete l’an boulvès ak prewokipasyon pou fè sa ki fè l’ plezi, yon dezi pou kase tèt tounen vin jwenn Bondye. LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ou menm ki konnen sa n’ap chèche nan men ou, tanpri koute rèl lapriyè nou. Pa pouvwa JeziKri Granmèt nou an. Amèn PWOPOZISYON: Èske mwen rankontre ak Jezi deja ? Si wi, Kilè ? Ki kote ? JEDI

5

Koulè Blan.

PREMYE LEKTI

"Nou travèse sot nan lanmò a al nan lavi a, paske nou renmen frè n’ yo" LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 11-21 Nou menm mwen renmen anpil la: Men nouvèl la, nou te tande depi nan kòmansman an, pou nou youn renmen lòt. Se pa tankou Kayen, ki te sot nan move a, ki te touye frè l’ la. Epi pouki sa li te touye l’? Paske aksyon l’ yo te move, men aksyon frè l’ yo menm te kòrèk.

-13-

Sous Lav¡ Pa sezi, frè m’ yo, si tè a rayi nou. Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò al nan lavi a, paske nou renmen frè yo. Moun ki pa renmen, li rete nan lanmò. Tout moun ki rayi frè l’, li se kriminèl, nou konnen okenn kriminèl pa gen lavi tout tan an ki rete nan li. Se nan sa nou konnen charite Bondye a, sèke sa a te bay lavi l’ pou nou, nou menm tou nou dwe bay lavi nou pou frè nou yo. Moun ki gen byen tè sa a, epi li wè frè l’ ki nan bezwen, malgre sa li fèmen zantray li devan l’, kijan charite Bondye a kapab rete nan li? Ti pitit mwen yo, pa renmen ak pawòl ni ak lang, men nan aksyon ak verite. Se nan sa nou konnen se nan verite a nou sòti, epi devan fas li nou asire kè nou. Sèke, si kè nou repwoche nou, Bondye pi gran pase kè nou, li konnen tout bagay. Nou menm mwen renmen anpil la, si kè nou pa repwoche nou, nou gen konfyans kot Bondye. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r. 2a) R/ Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a.

Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas li avèk gran fèt.R. Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R. Antre nan pòtay li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R. Sèke Granmèt la bon; pou tout tan li gen mizerikòd, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.

LEVANJIL

"Ou se Pitit Bondye a, wa Izrayèl la". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1, 43-51 Lè sa a: Jezi te vle pati al nan Galile; li jwenn Filip. Jezi di l’: "Suiv mwen". Filip menm se te moun Betsayid, vil Andre ak Pyè a. Filip jwenn Natanayèl, li di l’: "Sa a Moyiz te ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf moun Nazarèt la". Natanayèl di l’: "Nan Nazarèt, ki sa ki kapab sòti debyen"? Filip di l’: "Vini, w’a wè". Jezi wè Natanayèl k’ap vin kote l’ li di osijè l’: "Men yon pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti". Natanayèl di l’: "Kote ou konnen m’"? Jezi reponn, li di l’: "Anvan Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou". Natanayèl reponn li, li di: "Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl". Jezi reponn, li di l’: "Paske mwen di ou 'Mwen te wè ou anba pye figye a', ou kwè: w’ap wè pi gran pase bagay sa yo". Li di l’: "Amèn, amèn mwen di nou: n’ap wè syèl la louvri, ak anj Bondye yo k’ap monte-desann anlè Pitit moun nan". An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.

RELEKSYON Depi nan kòmansman istwa delivrans nou, Bondye itilize plizyè mwayen pou li antre an kontak avèk

-14-

Sous Lav¡ nou. Gen moun li rele dirèkteman, gen lòt li rele pandan yo nan yon sikonstans, konsa tou, gen lòt menm, se pa lentèmedyè yon lòt moun li rele yo. Kèlkeswa mayen Bondye itilize pou rele nou, nou dwe reponn apèl li. Nan Levanjil jodi a, Filip jwenn Natanayèl, li di l’ : sila Moyiz te ekri sou li nan Lalwa a ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf, moun Nazarèt. Natanayèl poze l’ kesyon, li di l’ :«Nan Nazarèt, kisa ki kapab sòti debyen ?». Kesyon sa sòti nan lespri konpetisyon ki ekziste ant de rejyon sa yo : Nazarèt ak Kana. Anplis, lansèyman eskrib yo te anpil moun kwè, Mesi ki gen pou vini an, se nan nan Bètleyèm, nan Jide l’ap sòti, se pa nan Nazarèt nan Galile. Frè ak sè m’, anpil fwa, malerezman, nou menm tou nou gen prejije. Nou jije moun sou aparans. Poutan, Bondye li menm, se selon renmen an li jije nou. Filip bay Natanayèl menm repons Jezi te bay lòt patizan li yo : «Vini, w’a wè». Se pa fòse Jezi fòse nou, men li envite nou antre nan entimite renmen li an, pou li fè nou pataje misyon li an. Natanayèl pa t’ rete nan erè l’ la : li te gen kouraj pou l’ di : "Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl". Deklarasyon lafwa sa fè Jezi rekonèt li tankou yon vrè pitit Izrayèl, yon nèg konsekan, yon moun ki rekonèt fay li. LAPRIYÈ: Bondye Papa, menm jan ak Natanayèl, fè nou rekonèt ou e deklare ou se wa lavi nou. PWOPOZISYON: Jezi, ou menm ki gen kontwòl nou, tanpri rete avèk nou toutan.

VANDREDI Koulè Blan.

6

EPIFANI GRANMÈT LA (Gran Fèt)

PREMYE LEKTI

«Glwa Granmèt la leve sou ou.» NAN LIV PWOFÈT IZAYI 60, 1-6 Leve, klere, Jeruzalèm, paske limyè ou la rive, glwa Granmèt la leve sou ou. Sèke men fènwa yo ap kouvri tè a, tenèb ap kouvri pèp yo; men sou ou se Granmèt la ki leve, y’ap wè glwa l’ nan ou. Nasyon yo ap mache nan limyè ou, wa yo nan klète nesans ou a. Leve je ou toutalantou, gade : tout sa yo rasanble, y’ap vin jwenn ou ; pitit ou yo ap vin sot byen lwen, pitit fi ou yo ap parèt, y’ap pote yo sou bra. Lè sa a w’ap wè, w’ap plen richès, kè ou ap sezi, l’ap gonfle, lè kantite richès lanmè a ap rive sou ou a, lè foul nasyon yo ap rive sou ou a, se yon rivyè chamo k’ap kouvri ou, dwomadè Madyan ak Efa ; yo tout ap vin sot Saba, y’ap pote lò ak lansan, y’ap chante lwanj Granmèt la. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 71, 1-2. 7-8. 10-l1. 12-13 R/ Tout nasyon tè a ap adore ou, Granmèt.

Bondye, bay wa a jijman ou nan, bay pitit wa a jistis ou a; l’a jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R. Jistis ap fleri nan jou l’ yo, ak lapè an kantite, joustan lalin nan

-15-

Sous Lav¡ disparèt.L’ap kòmande sot nan lanmè jous nan lanmè, sot nan gran rivyè a jous nan limit fas tè yo.R. Wa Tasis yo ak zile yo ap ofri richès, wa Arab yo ak Saba ap pote kado.Tout wa yo ap adore l’, tout nasyon yo ap sèvi l’.R. Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa gen moun pou pote l’ sekou. L’ap pran pitye pou pòv la ak malere a, l’ap sove nanm pòv yo.R. DEZYÈM LEKTI “Koulye a yo devwale kijan nasyon yo eritye pwomès la ansanm avèk nou” NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 3,2-3a. 5-6 Frè m’ yo: Nou te tande kijan Bondye te fè m’ gras pou nou; sèke li devwale m’ mistè sa a pitit moun yo pa t’ konnen nan lòt jenerasyon yo, jan l’ devwale l’ bay Apot yo ak Pwofèt yo ki sen yo nan Espri a: nasyon yo eritye ansanm avèk nou, yo fè yon sèl kò avèk nou, yo patisipe menm jan avèk nou pou pwomès li a nan Jezikri pa lentèmedyè bòn nouvèl la. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL «Nou vin sot olevan pou nou adore wa a » MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2, 1-12 Lè Jezi te fèt nan Bètleèm Jida, nan jou wa Ewòd, men Maj sot olevan

rive Jerizalèm, ap di : « Kote sa a ki fèt la, wa juif yo » ? Nou wè zetwal li reyèlman olevan, epi nou vin adore li ». Wa Ewòd menm antan l’ tande, li twouble epi tout Jerizalèm avèk li ; antan l’ rasanble tout chèf prèt yo ak skrib pèp la, li kesyone yo ki kote Kris la t’ap fèt. Yo menm menm yo di l’ : « Nan Bètleyèm Jida ; se konsa reyèlman sa ekri pa lentèmedyè Pwofèt la : « Epi ou menm, Bètleèm, tè Jida, ou pa pi pitit nan chèf Jida yo, nan ou reyèlman l’ap sòti, chèf la k’ap kòmande pèp mwen Izrayèl la kòm wa a ». Lè sa a atò, Ewòd rele Maj yo an kachèt, li fè yo eksplike l’avèk swen tan zetwal la ki te parèt ba yo a, epi antan l’ voye yo Bètleyèm, li di : « Ale, epi pran ransèyman avèk swen osijè pitit la, lè n’a jwenn li, tounen avèti m’, pou mwen menm tou m’al adore li ». Yo menm, kon yo fin tande wa a, yo pati. Epi menm zetwal la yo te wè olevan an, li t’a prale devan yo, jous li vin ret anlè kote ti pitit la te ye a. Antan yo wè zetwal la, yo kontan anpil ; epi antan yo antre nan kay la, yo wè pitit la avèk Mari, manman l’, epi antan yo lage kò yo atè, yo adore l’. Epi antan yo louvri trezò yo, yo ofri l’ kado : lò, epi lansan, epi lami. Epi antan yo resevwa repons nan sonj pou yo pa tounen kot Ewòd, se atravè yon lòt chemen yo tounen nan rejyon yo. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-16-

Sous Lav¡ REFLEKSYON yo. Se yon nesesite pou nou tout e Jodi a 6 janvye, n’ap fete nan Le- nou chak pou nou chѐche rankongliz la Epifani ke nou menm trѐ sou- tre Bondye, swa moun ki konnen l’ van nou rele l’ fѐt Lѐwa. Sa sa vle deja pou nou mete nou pi pre l’, swa di Epifani ? Sa vle di Jezi Granmѐt moun ki poko konnen l’ ditou, moun la, Pitit Bondye a parѐt devan tout ki lwen l’ pou nou chѐche l’ menm nasyon yo e atravѐ li menm Bondye jan ak Wa Maj yo ki te sòti jis kote manifeste renmen li genyen pou tout solѐy leve pou te vin adore l’. Konsa nou tout, nou va rive rekonѐt pѐp, tout ras san distenksyon. Tout sa Bondye te anonse nan li tankou limyѐ ki vini pou klere nou, Jerizalѐm, nan bouch pwofѐt Izayi, se ki pou plen nou ak kѐ kontan. Menm te yon avan-gou sou tout sa ki te gen jan ak Wa Maj yo, nou pa genyen ni pou rive, paske Jezi fѐt nan Betleyѐm lὸ, ni lansan ni lami pou nou ba li ; pou l’ kapab sove nou tout. Se li men pi gwo kado nou ka ba li ki va menm ki delivre pὸv k’ap rele, moun fѐ li plis plezi, se kѐ nou, yon kѐ ki ki san sekou, san l’ pa gade ni ras, ni plen lanmou pou Bondye epi pou koulѐ, paske tout pѐp gen valѐ devan pwochen nou. Se pou Papa Bondye fѐ nou tounen je l’. Pwofѐt Izayi te gen tan anonse limyѐ nan mitan fѐnwa ak tenѐb ki Jezi tankou Limyѐ pou klere limanite kouvri fas tѐ a, menm jan ak zetwal nan mitan fѐnwa ak tenѐb ki kouvri Betleyѐm nan ki te gide Wa Maj yo li. Se tout sa ki pral pase an reyalite jiskaske yo te rive jwenn Wa linivè a avѐk Wa Maj yo, pwofѐt la te gen tan pou yo adore li. anonse l’. LAPRIYE : Bondye, ou menm ki Nan dezyѐm lekti a, Sen Pὸl nan lѐt devwale Sèl Pitit ou a nan jounen li ekri moun Efѐz yo, li pataje avѐk yo jodi a bay nasyon yo, gras a zetwal eksperyans yo kὸm apot ak pwofѐt, la ki t’ap kondui yo a, fè nou favè kὸman Bondye te manifeste prezans avèk bon kè ou, pou nou menm ki li nan yo. Pi devan nan levanjil la, deja rekonèt ou nan lafwa a, nou nou wѐ kὸman tout sa pwofѐt Izayi kite ou kondui nou jous nan vizte anonse depi lontan osijѐ de Jezi te yon fas ou nan syèl la. Pa pouvwa parѐt aklѐ. Limyѐ sa a li t’ap anonse Jezikri. Amèn. ki gen pou klere a, se Jezi li menm ki PWOPOZISYON: M’ap branche briye nan mitan tout nasyon yo. lavi mwen nan Limyè Jezi a, pou m’ Bondye manifeste li nan lavi chak ka tounen limyè pou frè ak sè mwen moun yon fason diferan; se konsa lѐ yo. Jezi te fѐt, li fѐ gadò mouton yo konn sa atravѐ zanj yo. Nou wѐ nan Levan- SAMDI jil jodi a kὸman li anonse nesans Jezi Koulè Blan avѐk Wa Maj yo atravѐ yon zetwal PREMYE LEKTI “Eseye espri yo si se nan Bondye paske li te konnen ke yo gen kapasite pou yo etidye yon siy ki parѐt devan yo sòti.” -17-

7

Sous Lav¡ NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 22—4, 6

Nou menm mwen renmen anpil la : Tout sa nou kapab mande n’ap resevwa l’ nan men l, paske nou kenbe kòmandman l’ yo, epi se sa k’ fè l’ plezi devan l’ nou fè. Sa a se kòmandman l’ nan, pou nou kwè o non Pitit li a Jezikri, epi pou nou youn renmen lòt, jan l’ te ba nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman l’ yo, li rete nan li, ni li menm tou nan li; se nan sa nou konnen Espri li te ba nou an rete nan nou. Nou menm mwen renmen anpil la, pa kwè nan tout kalite espri, men se pou nou eseye espri yo si se nan Bondye yo sòti; paske gen anpil fo pwofèt ki sòti sou tè a. Nan sa yo rekonèt Espri Bondye a: tout espri ki rekonèt Jezikri vini nan chè a, se nan Bondye li sòti; tout espri ki nye Jezi, se pa nan Bondye li sòti; sa a se Antikris la, sa nou te tande di li t’ap vini an, koulye a li deja sou tè a. Nou menm se nan Bondye nou sòti, ti pitit mwen yo, nou ranpòte viktwa sou li : paske sa a ki nan nou an li pi gran pase sa a ki sou tè a. Yo menm se sou tè a yo sòti ; se pousa se koze tè a y’ap pale, tè a menm koute yo. Nou menm se nan Bondye nou sòti. Moun ki rekonèt Bondye, li koute nou ; moun ki pa sot nan Bondye, li pa koute nou : nan sa nou rekonèt espri verite a ak espri erè a. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 2, 7-8. 10-11 R/ M’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou.

M’ap anonse desizyon l’ nan: Granmèt la di m’ : « Se pitit mwen ou ye ; se mwen jodi a ki anfante ou. Mande m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, posesyon ou se limit tè a.R. Koulye a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije tè a. Sèvi Granmèt la ak respè, fete devan l’avèk sezisman.R. LEVANJIL «Peyi wa syèl yo tou pre ». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 12-17. 23-25 Lè sa a : Lè Jezi tande yo te arete Jan, li pati kite Galile a; li kite vil Nazarèt la, li vin abite Kafanawòm bò lanmè a, nan limit Zaboulon ak Neftali, pou pawòl pwofèt Izayi a te kapab reyalize: « Tè Zaboulon, ak tè Neftali, wout lanmè a lòt bò Jouden an, Galile nasyon yo. Pèp ki te chita nan fènwa yo, li wè yon gran limyè, sou moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo ». A pati lè sa a, Jezi kòmanse preche, l’ap di : « Fè penitans, paske peyi wa syèl yo tou pre ». Jezi t’ap fè tout tou tout Galile a, l’ap bay ansèyman nan sinagòg yo, l’ap preche bòn nouvèl peyi wa a, l’ap geri tout maladi ak tout feblès nan pèp la. Repitasyon l’ travèse tout Siri a ; yo mennen tout moun malad ba li, sa k’ gen divès kalite maladi ak soufrans k’ap peze yo, sa k’ gen demon, sa k’ gen maladi tonbe, sa k’ pa kapab mache, li geri yo. Anpil foul

-18-

Sous Lav¡ suiv li sot depi Galile a ak Dekapòl ni Jerizalèm, ni Jide ni lòt bò Jouden. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo, nou wè jodi a Apot Jan ap pale nou de renmen, e nou konnen ki enpòtans renmen genyen nan lavi yon moun. Yon moun ki pa gen renmen nan kè l’, li p’ap viv kòm pitit Bondye, paske Bondye se renmen. Renmen se yon bagay ki mande anpil sakrifis, ki mande pou ou bliye pwòp tèt ou pou sèvis moun ki nan nesesite ; li mande pou ou pa viv nan egoyis, rayisans, ogèy, ipokrizi, mechanste ; li mande pou ou pa fè kè w’ di devan soufrans ak kalamite lòt frè w’ yo, pataje sa w’ genyen ak sa ki nan bezwen. Siy sa yo, se yo ki montre si n’ap konstwi tout bon vre rèy Bondye a sou tè a. Jezi vini, se sa li vin aprann nou viv « pou youn renmen lòt, pou nou ka antre nan Wayòm Bondye a ». Renmen pa nan patipri, li pa gade sou figi, li pa jije sou aparans, sou fason w’ abiye, sou sa w’ posede ; men pito renmen mande pou n’ fè menm jan ak Jezi: aprann padone, rekonsilye ak moun ki fè w’ bagay ki mal ; konsa Bondye va wè kijan ou gen bon kè, l’a beni w’ epi byen w’ yo ap pwospere paske Bondye toujou rekonpanse moun k’ap fè byen, moun ki renmen tout bon. Se sa Jezi vle di nou nan levanjil la, limyè Bondye toujou klere sou moun kòrèk yo. Anpil fwa lè nou kite peche anvayi nou, li bouche je nou, li fè nou mache nan chemen pèdisyon, nou vire

do bay Bondye. Nan moman sa yo nou toujou gen tandans chache Bondye kote li pa ye, sa vle di nan sèvis zidòl, adore move lespri, tounen esklav wougan. Jezi ap di nou jodi a, sèl bagay ki ka fè nou viv ak kè kontan, se aprann renmen pwochen nou. Se pa yon bagay ki fasil, men konsa tou li pa enposib, paske Bondye pa janm mande nou fè sa li konnen nou pa ka fè, li konnen limit nou. Si li mande nou sa, se paske li konnen nou kapab. Jodi a, ann kreye yon lòt konsyans nan nou pou nou viv kou frè ak sè, pitit yon menm Papa ki se Bondye, Granmèt la. Chirepit, zizani, move je p’ap ede nou pwogrese, okontrè nou bouke ak bagay yo sa k’ap detwi nou. An nou aprann renmen jan Jezi mande nou sa. Ann di menm jan ak Sent Terèz de Jezi: «Moun ki gen Bondye nan lavi l’, li pa janm manke anyen paske sèlman Bondye sifi pou regle tout bagay ». LAPRIYÈ: Granmèt, nan sezon nwèl sa a, tanpri libere m’anba chenn tout move santiman ki anpeche m’ viv nan renmen ak lòt frè ak sè m’ yo, paske mwen vle vin yon moun nouvo. Amèn. PWOPOZISYON: Pandan tan Nwèl sa, si m’ pa t’ byen ak yon moun, m’ap rekonsilye avè l’ san ipokrizi. DIMANCH Koulè Blan

8

Fèt Batèm Granmèt la.

PREMYE LEKTI

«Men sèvitè m’ nan, se nan li mwen jwenn plezi m’»

-19-

Sous Lav¡ NAN LIV PWOFÈT IZAYI

42, 1-4. 6-7 Min paròl Granmèt la: « Men sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a, mwen jwenn plezi m’ nan li : mwen mete espri m’ sou li, l’ap pote jijman an bay nasyon yo. Li p’ap rele ni li p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ nan lari. Wozo ki fele a, li p’ap kase l’ ; mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li ; l’ap fè jijman an sòti nan verite. Li p’ap tris, ni brital, joustan li poze jijman an sou tè a ; zile yo ap tann lalwa l’ la. Mwen menm Granmèt la mwen rele ou nan jistis la, mwen pran ou nan men, mwen pwoteje ou, mwen renmèt ou kòm kontra pèp la pou limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou ou wete prizonye yo sot nan kacho a, pou ou wete moun ki chita nan fènwa yo sot nan prizon an ». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 28, la e 2. 3ac-4. 3b e 9b-10 R/ Granmèt la ap beni pèp li a nan lapè.

Pote bay Granmèt la, pitit Bondye yo, pote bay Granmèt la glwa non l’, adore Granmèt la nan bèlte ki sen an.R. Vwa Granmèt la sou dlo yo, Granmèt la nan pouvwa, vwa Granmèt la nan grandè.R. Bondye grandè a fè tande vwa li : nan tanp li a tout moun rele viv. Granmèt la abite anlè delij la, Granmèt la ap chita kòm wa pou tout tan.R

DEZYÈM LEKTI

«Granmèt la sakre l’ nan Espri Sen an » NAN TRAVAY APOT YO 10, 34-38 Jou sa yo : Pyè louvri bouch li, li di: « Amèn mwen rekonèt Bondye pa gade sou figi moun, men nan tout nasyon, moun ki krenn li, ki fè sa k’ kòrèk, se li menm li resevwa. Bondye voye pawòl la bay pitit Izrayèl yo, li anonse lapè pa lentèmedyè Jezikri : sa a se Granmèt tout moun. Nou konnen, pawòl ki rive nan tout Jide a kòmanse depi sot nan Galile a aprè batèm nan, sa Jan te preche a, Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye sakre l’ak Espri Sen an avèk pouvwa, li menm ki travèse antan l’ap fè sa k’ byen, l’ap geri tout moun ki t’ap pase tray anba pouvwa dyab la, paske Bondye te avèk li ». Pawòl Granmèt la. LEVANJIL “Lè Jezi fin batize, li wè Espri Bondye a k’ap vin sou li.” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 3,13-17 Lè sa a: Jezi rive sot Galile a vin nan Jouden an kot Jan, pou l’ fè l’ batize l’. Jan menm te vle anpeche l’, li t’ap di : « Se mwen menm ki dwe resevwa batèm nan men ou, epi se ou menm ki vin kote mwen » ? Jezi menm reponn, li di l’: « Kite pou koulye a ; sèke se konsa nou gen pou nou reyalize tout jistis ». Lè sa a atò li kite l’.

-20-

Sous Lav¡ Lè Jezi menm fin batize, menm lè a li monte sot nan dlo a ; epi men syèl la louvri pou li, li wè Espri Bondye a k’ap desann tankou yon kolonb, k’ap vin sou li. Men yon vwa sot nan syèl la, k’ap di : « Sila a se Pitit mwen an mwen renmen an, nan li mwen jwenn plezi mwen ». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, pawòl Bondye a ap pale nou sou sa k’ te pase lè Jezi li menm te resevwa batèm. Yon jou Jezi al bò larivyè Jouden an, kote Jan batis t’ap preche, kote l’ t’ap envite moun yo resevwa batèm tankou yon siy ki montre yo vle chanje lavi yo. Jezi mande Jan pou li batize li. Jan pa dakò, paske li kwè se Jezi ki ta dwe batize l’ pito. Jezi, ki konnen sa l’ap fè, di Jan: se kont pou nou fè tout sa Bondye mande.” Lè sa a, Jan vin dakò e li batize Jezi. Lè Jezi fin batize, li sòti nan dlo, li wè Lespri Sen an desann sou fòm yon ti pijon, vin sou li. Menm lè a tou li tande yon vwa ki di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m’ kontan anpil. Nou tou wè: pou Jezi, jou batèm li se te jou li kòmanse yon lòt lavi, se jou li fin wè Bondye renmen li anpil. Jezi vin montre aklè ki travay Papa l’ te vle pou l’ fè. Jou batèm li tounen yon jou kòmansman, pa yon finisman. Se batèm Jezi ki fè l’ kite fason li t’ap viv pou li kòmanse preche moun yo: Bondye se papa yo, Bondye renmen yo. Li te vle di yo sa paske anpil moun te kon-

prann Bondye se yon jij k’ap chache kondane moun. Jou batèm li, lavi Jezi tounen yon lavi pou Bondye nèt ale, nan preche moun yo: delivrans la rive, peyi kote Bondye wa a tou pre rive. Pou yo te kapab konprann ki kalite peyi sa ye kote Bondye Wa, li kòmanse geri moun: li fè moun avèg wè, li fè moun bèbè pale, li fè moun bwate mache drèt. Pou nou menm tou, jou batem nou se pa yon jou pou nou fini ak sa, men se jou kote nou kòmanse viv yon lòt jan, paske jou sa nou vin gen yon nouvo lavi: lavi kote ou kòmanse viv yon lòt jan, paske jou sa nou vin gen yon nouvo lavi: lavi Bondye menm. Anpil moun ap mande Legliz pou batize pitit yo san yo pa konprann sa yo vin mande. Jou batèm nou, Bondye di nou menm pawòl li te di pou Jezi: “Ou se pitit mwen renmen anpil la”. Depi jou batèm nou, nou gen Lespri Sen an nan nou ki pèmèt nou bliye tèt nou pou n’ ale viv pou frè ak sè nou yo. Men si jou batèm nou nou te tou piti e nou pa t’ tande Bondye pale ak nou, nou tou konnen li te pale ak nou. Jodi a fòk nou ka tande Bondye di nou: “ou se pitit mwen renmen anpil la, mwen bezwen ou pou simaye renmen toupatou sou tè a, mwen vle sèvi ak ou pou tabli wayòm mwen, peyi tèt ansanm, peyi lenzalòt la. Peyi sa, se ou menm ak tout pitit mwen yo ki pou mete tèt yo ansanm pou sa ka reyalize”. Jou tout moun va mete tèt ansanm, y’a travay pou mete plis kè kontan, kè poze nan kè chak moun; jou sa Bondye va di pou nou chak: ou fè kè m’ kontan anpil!

-21-

Sous Lav¡ LAPRIYÈ: Bondye, ou vivan pou

tout tan nèt epi ou gen tout pouvwa; lè batèm Jezikri nan dlo Jouden an, Lespri Sen an te vin poze sou li epi ou menm ou te deklare li se Pitit ou a, sa ou renmen an. Tanpri, pitit adoptif ou yo ki pran nesans nan dlo ak Lespri Sen an, fè yo favè toujou kenben fèm nan volonte ou. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Gras a Lespri Sen nou resevwa nan batèm nan, nou kapab viv jan Bondye vle: pou frè ak sè nou yo, jan Jezi te montre nou. Si nou fè sa, Bondye Papa va di nou: ou fè kè m’ kontan anpil! LENDI

9

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

«Bondye pale avèk nou nan Pitit la»

KÒMANSMAN LÈT POU EBRE YO 1,1-6

Anpil fwa ak anpil manyè lontan Bondye te pale ak papa yo nan pwofèt yo, nan dènye jou sa yo li pale avèk nou nan Pitit la, li menm li enstale kòm eritye tout bagay la, se pa lentèmedyè l’ li te fè tan yo. Li menm ki klète glwa li ak pòtre sa l’ ye a, li pote tout bagay ak pawòl pouvwa l’ la, lè l’ fin pwòpte peche yo, li chita adwat glwa a nan anwo nèt la ; li gen pi gran plas pase zanj yo, non li eritye a pi gran anpil pase pa yo a. Kilès nan zanj yo Bondye te di : «Se Pitit mwen ou ye, mwen menm jodi a mwen anfante ou» ? Epi tou : «M’ap yon papa pou li, li menm l’ap

yon pitit pou mwen» ? Epi, lè l’ap fè Premye Pitit la antre sou fas tè a, li di: «Se pou tout zanj Bondye yo adore l’». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 96, 1 e 2b. 6 e 7c. 9 (r.: cf. 7c) R/ Adore Bondye, tout zanj li yo.

Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan. Jistis ak jijman, se platfòm twòn li.R. Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè glwa l’. Adore l’, tout dye yo.R. Paske ou menm, Granmèt, ou anwo nèt anlè tout tè a, ou leve byen wo, anlè tout dye yo.R. LEVANJIL «Fè penitans kwè nan bòn nouvèl la» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 14-20 Aprè yo fin arete Jan, Jezi rive nan Galile, l’ap preche bòn nouvèl peyiwa Bondye a, l’ap di : «Tan an rive, peyi-wa Bondye a pwoche : fè penitans, kwè nan bòn nouvèl la». Antan l’ap pase bò lanmè Galile a, li wè Simon avèk Andre frè l’ la k’ap voye filè nan lanmè a se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: «Vini aprè m’, m’ap fè nou al lapèch lèzòm». Menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li. Li kontinye sot la, 1’al yon ti kras pi lwen, li wè Jak pitit Zebede a avèk Jan, frè l’ la, yo t’ap rapyese filè yo

-22-

Sous Lav¡ nan batiman an; menm lè a, li rele yo. Yo kite papa yo Zebede nan batiman an avèk anplwaye yo, yo suiv li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Pasaj nou li nan Lèt pou Ebre yo, se kòm yon ti rezime sou istwa delivrans nou. Men sa ki fondamantal nan pasaj sa a, sèke yo pale nou de Jezikri ki sèvi kòm dènye entèmedyè ant Bondye avèk lèzòm. Jezi se pa yon moun konsa konsa, men li se pwòp reflè glwa Bondye. Li se miwa ki pèmèt nou kontanple vrè imaj Bondye a. Nou wè Bondye te toujou konn pale avèk limanite atravè lòt mou ki te sèvi kanal pou mesaj li a te ka pase, tankou pwofèt yo, Wa yo, Jij yo, elatriye.Men rive yon tan li deside voye pwòp Pitit li vin pale avèk nou. Pitit sa a, se Limyè, se Zetwal ki vin gide nou sou chemen lavi a, e li se Chemen an menm, ki kapab mennen nou kay Papa. Pa gen lòt chemen. Aprè li te fin reyalize misyon Papa te konfye li sou tè a, li te vin chèf tout bagay. Yon lòt bò, nan pasaj Levanjil nou li jodi a, Sen Mak ap di nou, men Jezi ap rele nou pou n’ swiv li. Se Jezi menm k’al chèche kote nou ye, li envite nou nan fèt, nan piyay lavi, pandan l’ap mande n’ repanti, epi kwè, paske wayòm syèl la pa lwen rive. Li mande nou kite tout bagay dèyè, vin swiv li. Men, èske nou gen menm dispozisyon Simon ak Andre a pou nou kite tout bagay pou n’ swiv Jezi? Se sèten, chemen Bondye a pa fa-

sil, men li vo lapenn, paske nou wè Bondye pa fè anyen san nou, li vle pou nou patisipe nan tout sa l’ap fè; se pou sa li mande mesye yo swiv li, pou y’al fè pechè lèzòm, antan y’ap jete senn levanjil la. LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt pou sa w’ ye nan lavi mwen, tanpri ede m’ retire tout baryè ki anpeche m’ vin jwenn ou. PWOPOZISYON: Jounen jodi a, an nou gade kisa ki antrave relasyon nou ak Bondye, kisa ki anpeche nou swiv Jezi tout bon vre. MADI

10

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

«Li te gen pou l’ te fè lotè delivrans la rive nan dènye degre a, antan l’ fè l’ pase nan soufrans» LEKTI LÈT POU EBRE YO 2, 5-12 Se pa zanj yo Bondye fè kòmande fas tè a k’ap vini an, sa n’ap pale osijè l’ la. Nan yon kote gen yon moun ki sèvi temwen, ki di : «Ki sa moun nan ye, pou w’ ap sonje l’ la? Oubyen pitit moun nan, pou w’ ap vizite l’ la? Ou fè l’ vin yon ti kras pi ba pase zanj yo, ou kouwonnen l’ak glwa ak konsiderasyon, ou enstale l’ sou travay men ou yo : ou mete tout bagay anba pye l’. Kòm li mete tout bagay anba lòd li, li pa kite anyen ki pa anba lòd li; koulye a menm nou pa ko wè tout bagay anba lòd li. Men sa a ki vin yon ti kras pi ba pase zanj yo, nou wè l’, se Jezi, li kouwonnen ak glwa ak konsiderasyon poutèt soufrans lanmò a;

-23-

Sous Lav¡ akoz gras Bondye a li te goute lanmò pou tout moun. Sa a tout bagay fèt poutèt li a epi pa lentèmedyè l’ la, li menm ki t’ap mennen tout pakèt pitit yo nan glwa a, li te gen pou l’ te kondui sa a ki t’ap sove yo a nan dènye pwen li, pa lentèmedyè soufrans la. Sèke sa a k’ap fè yo vin sen an epi sa yo ki vin sen an se nan yon sèl yo tout yo sòti. Se poutèt sa li pa wont rele yo frè, antan l’ di : «M’ap anonse non ou bay frè m’ yo : nan mitan asanble a m’ap fè lwanj ou». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 8, 2a e 5. 6-7. 8-9 (r. cf. 7) R/ Ou enstale Pitit ou a anlè travay men ou yo.

Granmèt, Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a ! Sa moun nan ye, pou ou sonje l’ ? Oubyen pitit moun nan, pou ou vizite l’ ?R. Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras anba zanj yo, Ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen l’ ; Ou enstale l’anlè travay men ou yo.R. Tout bagay, ou mete yo anba pye l’: Ni mouton ni bèf yo tout, menm bèt nan rak bwa yo, Zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, Tout sa k’ap mache nan santye lanmè yo.R. LEVANJIL «Li t’ap ba yo ansèyman tankou moun ki gen otorite» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 21-28

Nan vil Kafanawòm nan, jou saba Jezi antre nan sinagòg la, li t’ap ba yo ansèynman.Yo te sezi osijè ansèynman l’ nan ; sèke li t’ap ba yo ansèyman tankou moun ki gen pouvwa, se pa tankou pwofesè yo. Nan sinagòg yo a, te gen yon mesye ki te gen espri papwòp, li rele byen fò, li di : «Ki sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi moun Nazarèt la? Èske ou vini pou ou pèdi nou ? Mwen konnen kilès ou ye : Sen Bondye a». Jezi menase l’, li di: «Pè bouch ou, sòti nan mesye a». «Espri papwòp la souke l’, li rele byen fò, li pati sot nan li. Tout moun te sezi, atèl pwen yo t’ap chèche ansanm antre yo, yo t’ap di: «Ki kalite bagay sa a? Ki kalite ansèyman nouvo sa a? Sèke ak pouvwa li kòmande menm sou espri papwòp yo, yo obeyi l’». Repitasyon l’ gaye menm lè a nan tout rejyon Galile a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «MWEN KONNEN BYEN KI MOUN OU YE, OU SE MOUTON BONDYE CHWAZI A».

Nan pasaj li sou tè a, moun ki te gen move lespri sou yo te rekonèt Jezi. Rankont Jezi avèk yo montre kijan Jezi se vrèman pou pòv yo li te vini pou, pou sila yo ki te antrave anba fòs mal la. Jezi te vini vrèman pou moun ki te nan nesesite, moun ki t’ap mennen move lavi, moun ki malad. Levanjil jodi a fè nou konnen Jezi t’ap pale ak direktè lalwa yo kòm yon

-24-

Sous Lav¡ moun ki te gen otorite, yon moun ki te gen yon misyon espesyal. Sa te vrèman atire atansyon yo, yo te gen anvi tande li. Jezi te gen gwo pouvwa Papa a avèk li, men ta sanble yo pa t’ kapab konprann sa; men lè li kòmanse pale ak move lespri yo ak otorite, yo te kòmanse sezi! Men yon nonm ki pale, menm move lespri yo obeyi li. Ki pouvwa nonm sa ? Jodi a, Jezi envite nou pou gen konfyans nan li, pou nou ouvri kè nou bay Papa a, pou nou angaje nou nan travay li a, konsa lavi nou va tounen yon enstriman nan sèvis lwanj Granmèt la. Bondye tèlman renmen nou, li voye sèl grenn pitit li a vin sou tè a pou l’ te ka sove nou ; li pa t’ rayi Pitit li a, li pa t’ chwazi voye l’ mouri men li te voye l’ delivre nou. Jezi vini sou tè a, li pase kèk bon moman pami nou, tankou pawòl la di, Pitit Bondye a te pran plas pi ba ke zanj nan syèl yo pou l’ te ka pran kondisyon nou, li te fè l’ pi ba toujou lè l’ te bay lavi l’ sou yon kwa pou l’ te sove nou. Nan epòk Jezi a se te esklav, vòlè, asasen yo te konn klouwe. Sa montre nou ke Jezi pa t’ janm vini pou l’ te kondane moun ki fè peche men pou l’ te kondane peche moun fè. Li te mouri nan mitan de malfetè. Kisa sa di ou menm jodi a ? Ou pa konn panse anpil fwa ke moun ki vòlè yo pa gen plas yo nan sosyete a ? Ou pa konn panse pwostitiye yo ta dwe disparèt yon fwa nan milye

kote w’ap viv ? Kriminèl yo, ou pa konn di depi yo pran yo se touye yo? Ebyen jodi a pawòl Bondye envite ou gade sitiyasyon sa yo ak yon lòt je, yon je renmen, yon je mizerikòd. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, Bondye lavi a, fè m’ gen yon kè sansib, pou m’ pa kouri kondane pèsonn, okontrè pou mwen aprann gade feblès yo ak konpasyon epi ede yo leve ak fòs mizerikòd a. PWOPOZISYON: Si m’ fè sa ki byen, m’a sèvi lòt yo bon modèl. MÈKREDI Koulè Vèt

11

PREMYE LEKTI

«Li te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye pou yo» LEKTI LÈT POU EBRE YO 2, 14-18 Paske pitit yo te kominike nan chè a ak san an, Jezi li menm tou te vle patisipe nan yo, pou, gras a lanmò a, li te kapab detwi sa a ki te gen pouvwa lanmò a, sa vle di dyab la; pou l’ te kapab delivre sila yo ki t’ap pase tray pandan tout lavi a poutèt esklavaj kè sote lanmò a. Se pa zanj yo li vin pote sekou, men se ras Abraam nan li vin pote sekou. Se pousa li te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye pou yo, pou l’ te kapab vin tounen yon prèt an chèf ki fidèl kot Bondye, pou l’ te kapab padonnen fot pèp la. Kòm li menm li soufri, li kite yo

-25-

Sous Lav¡ tante l’, li gen pouvwa pou l’ soutni sa yo y’ap tante a. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 104, 1-2. 3-4. 6-7. 8-9 (r. : 8a) R/ Granmèt la sonje alyans la pou tout tan.

Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan pami nasyon yo. Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.R. Fè lwanj non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan. Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan. Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sa a li chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou ; sou tout tè a jijman l’ yo.R. Li sonje alyans li a tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R. LEVANJIL «Li geri anpil moun ki t’ap soufri ak divès maladi». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 29- 39 Lè sa a : Pandan Jezi ap sòti nan sinagòg la, li rive nan kay Simon ak Andre avèk Jak ak Jan. Bèlmè Simon an te kouche avèk lafyèv, menm lè a yo pale l’osijè l’. Li pwoche, li soulve l’, li kenbe men l’; menm lè a lafyèv la pati, epi li t’ap sèvi yo. Lè aswè rive, pandan solèy la t’ap kouche, yo mennen tout moun ki malad ba li, ni moun ki gen demon ; tout vil la te rasanble devan pòt la. Li geri

anpil moun ki t’ap soufri avèk divès maladi, li chase anpil demon ; li pa t’ kite yo pale, paske yo te konnen l’. Granmaten, li leve, li sòti, 1’al nan yon kote ki dezè, epi li t’ap priye la. Simon menm rapousuiv li, ni moun ki te avèk li yo; lè yo jwenn li, yo di l’: «Se tout moun k’ap chèche ou». Li di yo : «An al nan bouk yo ki tou pre yo ak nan vil yo, pou nou preche la ; se pou sa menm mwen vini. Li t’ap preche nan sinagòg yo, ak nan tout Galile a, li t’ap chase demon yo. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Yè, se avèk anpil etònman direktè lalwa yo t’ap gade kijan Jezi t’ap libere yon nèg anba pouvwa move lespri. Jezi t’ap kòmande move lespri yo e yo te koute li. Jodi a ankò nou wè Jezi ki kontinye ap pote gerizon, jodi a, se jou delivrans bèlmè Simon an ki te gen yon gwo lafyèv sou li. Jezi geri li. Bon, nan kilti pa nou, nou pa konsidere lafyèv la kòm yon gwo maladi, paske lè yon moun gen yon ti lafyèv nou panse se pa twò grav, si li pran ti te, ti aspirin ebyen li kapab leve touswit. Men sa depan tou de kisa ki lakòz lafyèv la. De tout fason nou pa konnen ki kalite lafyèv bèlmè Simon te genyen, men Jezi geri li. Ebyen nou menm tou, tout ti jès nou kapab fè ak yon moun ki nan bezwen, sa gen anpil konsiderasyon nan je Bondye. Madanm nan te kouche, li pa t’ leve, Jezi te wè li te merite sa. Li ba l’ men, li fè l’ leve. Jezi te geri anpil lòt malad ankò, moun ki te gen move lespri, men li

-26-

Sous Lav¡ pa t’ kite yo pale paske yo te gentan konn kilès moun li ye. Nou toujou di kote bon lespri a ye, move lespri a pa kanpe. Kote ki gen limyè pa ka gen fènwa. Ebyen Jezi vini pou li disparèt tout fènwa ki te anvayi moun nan, fènwa ki te fè li kwoupi pou li pa t’ ka mache, fènwa ki te fè li esklav pwòp pasyon ak lanvi li. Depi limyè a parèt, li chase fènwa a. Depi solèy la parèt ebyen li gen tan jou. Nou menm ki se disip misyonè Jezikri, kisa nou vo pou lòt yo ? Ki sa nou sèvi pou lòt yo ? Plis fènwa ? Yon reyon limyè ? Kisa nou pote ? Renmen oubyen rayisans ? Benediksyon oubyen madichon ? Kè kontan oubyen tristès ? Amitiye oubyen ipokrizi ? Ann nou reflechi byen sou sa. Gen yon bagay nou pa kapab inyore : Jezi te fèt, li te viv tankou nou ; li te soufri ak enfliyans sosyete a, li te viv anba lalwa tankou nou menm. Men sa pa t’anpeche li te fè travay Papa, sa pa t’anpeche li te viv tankou limyè pou sa ki te nan fènwa yo. Se sa ki te pèmèt li pote laviktwa sou tout fòs fènwa ak lanmò. Si nou imite Jezi nan lavi nou, ebyen nou menm tou, nou va chavire tout fòs lanmò, pou nou antre nan piyay lavi ki p’ap janm fini an. LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, souple, ba nou fòs ak kouraj pou n’ ka reyalize misyon nou genyen kòm limyè sou tè a, pou nou ka fè disparèt tout fènwa ki nan antouraj nou, gras a reyònman Limyè Kris la.

PWOPOZISYON: Priye pou yon

moun ou konnen ki pa kontwole emosyon li, pou li ka gen plis sajès ak pasyans.

JEDI

12

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

«Se pou nou ankouraje nou toutotan yo kapab di ‘Jodi a’». LKETI LÈT POU EBRE YO 3, 7-14 Frè m’ yo : Jan Espri Sen an di a: «Jodi a, si nou tande vwa l’, pa fèmen kè nou, tankou nan revòlt la, daprè jou yo te tante m’ nan dezè, kote papa nou yo te tante m’ nan, yo te tante m’ epi yo te wè travay mwen pandan karantan; poutèt sa jenerasyon sa a eksite m’, mwen di: «Tout tan yo gen kè yo k’ap pran chemen kwochi, konsa yo pa rekonèt chemen m’ yo»; jan mwen fè sèman nan kòlè m’ nan: «Yo pa gen dwa antre nan repo m’ nan». Gade, frè m’ yo, pou pa gen yon kè ki move nan pami nou, ki pa gen lafwa, ki vire do bay Bondye vivan an ; men se pou nou ankouraje tèt nou, chak jou, toutotan yo kapab di «Jodi a», pou pèsòn nan nou pa fèmen kè l’avèk manti peche a. Sèke nou vin patisipe nan Jezikri, si sèlman nou kenbe premye ansèyman l’ nan fèm jouskalafen. Pawòl Granmèt la.

-27-

Sous Lav¡ SÒM REPONS

REFLEKSYON

94, 6-7. 8-9. 10-11 (r.: 8) R/ Si jodi a nou te kapab koute vwa Granmèt la : «Pa fèmen kè nou».

Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou ajenou devan Granmèt la ki fè nou an, paske se li menm ki Bondye nou, nou se pèp pak li ak mouton men l’.R. Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: «Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan dezè a, Kote papa nou yo te tante m’ nan ; yo te chèche m’ kont, malgre yo te wè travay mwen yo».R. LEVANJIL «Lèp la pati sot sou li, li vin geri» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1,40 -45 Lè sa a : Yon lepre vin kot Jezi, li priye l’, li met ajenou, li di l’: «Si ou vle, ou kapab pwòpte m’». Jezi menm pran pitye pou li, li lonje men l’, li touche l’, li di l’: «Mwen vle, se pou ou pwòpte». Kon l’ di sa, menm lè a lèp la pati kite l’, li pwòpte. Li menase l’ menm lè a li ranvwaye l’ sèk; li di l’: «Gade, pa di pèsòn sa; men ale, fè chèf prèt yo wè ou, ofri pou gerizon w’ nan, sa Moyiz te kòmande a, kòm temwayaj pou yo». Men li menm menm li pati, li kòmanse deklare bagay la, li gaye nouvèl la, atèl pwen li pa t’ kapab parèt aklè pou l’ antre nan yon vil. Men se deyò nan kote dezè yo li te rete, yo te sot tout kote pou yo vin jwenn li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

Jodi a, nan premye lekti a, nou li «jodi a, si nou tande vwa Granmèt la, pa fèmen kè nou!» (Eb.3,7-8). E nou repete sa avèk ensistans nan repons nou bay Sòm 94 la. Nan sitasyon sa, nou ka souliye de bagay: yon dezi avèk yon avètisman. Nou pa dwe janm bliye ni youn ni lòt. Nan tan nou konsakre chak jou nan lapriyè, nou swete e nou mande pou nou koute vwa Granmèt la. Men petèt anpil fwa nou plis vle Bondye koute nou olye nou koute li. Nou pran tan pou nou di tout pawòl ki nan kè nou, men nou pa pran yon minit pou nou koute sa l’ap di nou. Konsa, li enpòtan pou nou aprann fè silans nan kè nou, antan nou evite tout distraksyon lè nou konsantre pou nou louvri kè nou pou nou akeyi afeksyon ak renmen Granmèt la nan fon kè nou. Nou dwe pran anpil prekosyon pou kè nou pa fin tounen wòch, pou kè nou pa vin di. Pafwa difikilte lavi a ka fè nou tounen moun ki gen kè di, yon moun ki desespere e ki wè tout bagay mal devan zye li. E sa ka menm rive san nou pa rann nou kont. Nou dwe mande Granmèt la pou li fè nou pran konsyans de tout danje sa yo. Lapriyè ap ede nou gade lavi nou ak tout sikonstans ki anviwonnen li. L’ap ede nou fè lekti evènman yo atravè limyè Levanjil la, pou nou rive dekouvri nan ki aspè nou bezwen konvèti tout bon vre, kisa ki dwe chanje nan lavi nou.

-28-

Sous Lav¡ Si nou te kapab mande yon konvèsyon avèk menm lafwa ak menm konfyans lepre a ki te prezante devan Jezi a, lè li te mete ajenou pou li a: «Si ou vle, ou kapab pwòpte m’» (Mk. 1,40). Se Jezi sèl ki ka rann posib tout sa ki parèt enposib pou nou. Ann kite lagras Bondye aji nan lavi nou pou kè nou kapab pwòpte epi, antan nou fè nou tou piti nan men li, pou kè nou kapab vin sanble chak jou pi plis ak kè Jezi. Li menm menm li di nou avèk konfyans: « Mwen vle, se pou ou pwòpte» (Mk.1, 41). LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mwen gen anpil lèp k’ap wonje kè mwen ak konsyans mwen, tankou rayisans, jalouzi, adiltè, tanpri geri mwen, pwòte kè mwen. PWOPOZISYON: Dekouvri nan lavi mwen ki lèp ki fè mwen pa ka viv trankil. VANDREDI Koulè Vèt

13

PREMYE LEKTI

«An nou fè vit pou nou antre nan repo sa a» LEKTI LÈT EBRE YO 4, 1-5.11 Frè m’ yo : Malgre pwomès pou antre nan repo l’ la rete fèm, se pou nou pè pou kèk moun nan nou pa konprann li manke. Yo te anonse nou sa, menm jan avèk yo menm, men pawòl yo te tande a pa t’ sèvi yo anyen, se pa avèk lafwa yo te resevwa sa yo te tande yo. Konsa se pou nou antre nan repo a, nou menm ki kwè yo, jan l’ di a: «Jan

m’ te fè sèman nan kòlè m’ nan, yo pa gen dwa antre nan repo m’ nan»: depi nan kòmansman tè a travay li yo te fin kòrèk; sèke li di yon kote osijè setyèm jou a: «Konsa Bondye repoze setyèm jou a pou tout travay li yo». Epi yon lòt kote ankò : «Yo pa gen dwa antre nan repo m’ nan». Konsa se pou nou fè vit pou nou antre nan repo sa a, pou pèsòn pa tonbe ankò sou modèl mank lafwa a. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 77, 3-4bc. 6c-7. 8 (r.: cf. 7c) R/ Pa bliye travay Bondye yo.

Tout sa nou tande, nou konnen yo, papa nou yo te rakonte nou, n’ap rakonte yon lòt jenerasyon lwanj Granmèt la ak pouvwa l’.R. Se pou yo leve, pou yo rakonte pitit yo, pou yo mete esperans yo nan Bondye, pou yo pa bliye travay Bondye yo, pou yo kenbe kòmandman l’ yo.R. Pou yo pa vin tankou papa yo, jenerasyon rebèl, k’ap revòlte ; jenerasyon ki pa gen kè l’ solid, ki pa gen espri l’ fidèl pou Bondye.R. LEVANJIL «Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’efase peche yo» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 1-12 Aprè kèk jou, Jezi tounen ankò Kafanawòm. Lè yo tande li te nan kay la, anpil moun rasanble, atèl pwen kay la pa t’ kapab kenbe moun menm nan pòt la, li t’ap anonse yo pawòl la. Yo vin kote l’, antan y’ap pote yon moun ki pa t’ kapab mache, se kat moun ki t’ap pote l’. Kòm yo pa t’

-29-

Sous Lav¡ kapab prezante l’ ba li akòz foul la, yo defèt plafon an kote l’ te ye a, yo louvri l’, yo glise kabann nan kote moun nan ki pa t’ kapab mache a te kouche a. Lè Jezi wè lafwa yo, li di moun nan ki pa t’ kapab mache a : «Pitit mwen, peche ou yo efase». Te gen kèk pwofesè la, yo te chita, yo t’ap kalkile nan kè yo : «Ki sa sa a ap di konsa a? L’ap blasfeme. Kilès ki kapab padonnen peche, si se pa Bondye sèl» ? Menm lè a Jezi konnen nan espri l’, se konsa yo t’ap kalkile anndan kè yo, li di yo: «Ki sa n’ap kalkile nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil pou di moun nan ki pa kapab mache a: «Peche ou yo efase» oubyen: «Leve, pran kabann ou, mache»? Ebyen pou nou kapab konnen, Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo, li di moun nan ki pa t’ kapab mache a: «Mwen di ou: «Leve, pran kabann ou, al lakay ou». Menm lè a li leve, li pran kabann nan, li pati devan tout moun, atèl pwen tout moun te sezi, yo t’ap fè konpliman pou Bondye, yo t’ap di : «Nou pa t’ janm wè bagay konsa». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Kalite diskou Jezi t’ap pwononse ak efikasite aksyon li yo, te pèmèt li te gen anpil popilarite nan yon ti bout tan. Konsa te gen kèk nan pwofesè lalwa yo ki t’ap koute, pawòl sa yo te eskandalize yo, paske de jou an jou Jezi t’ap rasanble plis moun alantou li, tout moun te vin konnen Jezi, e sa te lakòz jalouzi gran jèf yo.

Lafwa a fè nou kwè tout bon vre se Jezi ki Sovè tè a. Jezi ap envite nou pou pou nou vin rich nan Bondye. Pou sa, nou dwe refize anpil fo richès ke mond la ap ofri nou, tankou : banbòch, move plezi, anvi, pouvwa. Levanjil la ede nou wè byen klè ki kalite mirak lafwa kapab opere, kijan Jezi geri yon moun paralize. Men sa ki plis enpresyon nou, se kalite lafwa ke moun ki t’ap ede malad la rankontre ak Jezi te manifeste ; avèk anpil ladrès, yo rive montre pi gwo prèv lafwa yo te genyen nan Jezi. Pou Jwif yo, prezans Jezi te nwi yo, paske yo te konprann se yo menm sèl ki te gen pouvwa nan kay sakre a, anpil moun te tande pale de Jezi epi yo te wè aksyon li yo tou; anpil moun te sòti tout kote pou vin jwenn li. Nèg sa a ki te paralize a menm, lè yo te rive avèk li kot Jezi, te tèlman gen moun, yo pa t’ kapab antre kote Jezi te ye a. Byen vit yo deside kisa yo pra l’ fè. Finalman, yo jwenn yon mwayen, yo fouye yon twou nan tèt kay la, epi yo file nèg la desann nan twou a, yo depoze l’ekzakteman devan Jezi, li wè ki kalite lafwa yo te genyen, li gade l’epi li di l’ : pitit mwen peche w’ yo padone. Jezi montre li se Bondye tout bon vre antan li di nèg paralize a peche li yo padone. Sa moun te konn ap chache anlè a, li deja rive pou yo atè a. Jezi fè ipokrit yo fèmen bouch yo, paske se li ki gen pouvwa bay lasante pou nanm nan ak kò a. Frè ak sè m’ yo, Jezi ki te la yè a, se menm li menm ki la jodi a ; sa l’ te konn fè lontan, jodi a li kapab fè

-30-

Sous Lav¡ l’ toujou ; yon sèl bagay, se pou nou kwè, fè Jezi konfyans ; men li p’ap sove nou san patisipasyon pa n’ ; fòk nou fè yon demach nan lafwa, epi n’ap wè bèl mèvèy. LAPRIYE: Jezi, tanpri gen pitye pou mwen nan mizerikòd ou, efase peche mwen. PWOPOZISYON: Jezi padone m’, li geri m’ gratis, mwen menm tou mwen gen yon dèt padon ak frè ak sè mwen yo. SAMDI

14

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

"An nou pwoche avèk konfyans kot twòn gras la". NAN LÈT POU EBRE YO 4, 12-16 Frè m’ yo: Pawòl Bondye a vivan, li fè sa pou l’ fè, li pi file pase tout epe ki koupe de bò, li touche jous nan separasyon nam ak lespri, jous nan jwenti ak jous nan mwèl, li jije panse ak entansyon kè a. Okenn kreyati pa ret kache devan l’, tout bagay aklè, louvri nan je l’, nou gen pou nou rann li kont. Kòm nou gen yon gran prèt an chèf, ki antre nan syèl yo, Jezi Pitit Bondye, se pou nou kenbe deklarasyon lafwa a. Sèke nou pa gen yon prèt an chèf ki pa kapab soufri feblès nou avèk nou, yo tante l’ nan tout bagay menm jan avèk nou, sof peche a. Konsa se pou nou pwoche avèk konfyans kot twòn glwa a, pou nou jwenn mizerikòd, pou nou jwenn gras nan sekou nou bezwen. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

18, 8. 9. 10. 15 (r.: Jn 6, 64b) R/ Pawòl ou yo, Granmèt, se espri ak lavi.

Lalwa Granmèt la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo sajès.R. Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R. Krent Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R. Se pou pawòl bouch mwen yo fè ou plezi, ni refleksyon kè m’ yo devan fas ou, Granmèt, Wòch mwen, Redanmtè mwen.R. LEVANJIL "Mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men pechè yo". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 13-17 Lè sa a: Jezi sòti ankò bò lanmè a, tout foul la te vin jwenn li, li t’ap ba yo ansèyman. Pandan l’ap pase, li wè Levi pitit Alfe a, ki chita nan biwo ladwán nan, li di l’: "Suiv mwen". Li leve, li suiv li. Rive, pandan l’ap manje nan kay li, anpil pibliken ak pechè te atable tou avèk Jezi ak disip li yo; sèke yo te anpil ki t’ap suiv li. Skrib yo ak Farizyen yo, lè yo wè li t’ap manje avèk pibliken yo ak pechè yo, yo t’ap di disip li yo: "Pou ki sa se avèk pibliken yo ak pechè yo mèt nou an ap manje, ap bwè a"? Lè Jezi tande sa, li di yo: "Moun ki an sante pa bezwen doktè, men

-31-

Sous Lav¡ se moun ki malad; mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men pechè yo". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Nan kòmansman Levanjil sen Jan an, nou li: «Nan kòmansman se te Pawòl la, epi Pawòl la se te Bondye (Jan 1, 1)». Atravè pawòl Bondye a, nou gen chans pou nou pale, kontanple Bondye epi klète pawòl sa a kapab disparèt tout kwen fènwa nan lavi nou depi nou dispoze nou pou resevwa limyè li a. Se sa premye lekti a ede nou konprann: pawòl la se Bondye menm li ye; li ta bon pou nou toujou li epi medite li, konsa tout sa n’ap fè nou ta kite se pawòl la ki gide nou. Nan Levanjil la, Bondye fè nou wè li rele moun li vle epi tou li te vini sitou pou sila yo ki te pèdi. Ekzanp la klè, lè Jezi rele Levi pou li swiv li. Rele yon moun ki t’ap travay nan kontribisyon, se te yon eskandal pou tout moun yo nan tan sa a espesyalman chèf prèt yo. Li te yon eskandal pou yo, paske yo te gen kategori moun daprè kritè yo te chwazi pou yon moun kapab sèvi Bondye. Chèf prèt yo ak lòt moun ki t’ap obsève Jezi yo te pi choke ankò, lè yo wè Jezi t’ap manje ak pechè yo, moun yo menm yo meprize. Petèt jounen jodi a nou ka kritike moun yo paske yo te choke wè Jezi ak pechè yo. Men nou te ka genyen menm atitid sa a. Konsa li ta bon pou nou fè atansyon pou nou pa gade moun sou aparans, men pou nou akeyi tout moun san nou pa konsidere ras, kilti,

koulè, relijyon, ran sosyal, konpòtman, nivo edikasyon, nivo ekonomik moun nan genyen, paske nou tout nou se pitit Bondye, nou tout nou se yon sèl fanmi moun k’ap viv sou latè; nou gen yon sèl Papa ki se Bondye. LAPRIYÈ: Granmèt, fè m’ gras pou m’ pran pawòl ou a oserye, pou m’ ka rive makonnen lavi mwen avèk li. Amèn! PWOPOZISYON: Si m’ pa gade moun sou aparans m’ap pi lib pou m’ dyaloge e pataje ak tout moun, paske chenn prizon prejije m’ yo ap kase.

DIMANCH Koulè Vèt DEZYÈM

15

DIMANCH

TAN

ÒDINÈ

ANE-A

PREMYE LEKTI

«Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou ou vin tounen delivrans mwen an » NAN LIV PWOFÈT IZAYI 49, 3. 5-6 Granmèt la di m’ : « Se sèvitè m’ ou ye, Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa mwen ». Koulye a, men sa Granmèt la di, li menm ki fòme m’ depi nan vant pou m’ kapab vin tounen sèvitè l’, pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn li, pou m’ rasanble Izrayèl ba li, mwen jwenn glwa m’ devan je Granmèt la. Bondye m’ nan vin tounen fòs mwen. Li di : « Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou ou kapab leve ras Jakòb yo, pou ou fè debri pèp Izrayèl yo tou-

-32-

Sous Lav¡ nen: men mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou sove mwen sove a rive jous nan bout tè a ». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 39, 2 e 4ab. 7-8a. 8b-9. 10 R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.

Se pa ti kras tann mwen t’ap tann Granmèt la, li panche sou mwen. Li mete yon kantik nouvo nan bouch mwen, yon kantik pou Bondye nou an.R. Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di : “Men m’ap vini.R. Nan woulo liv la yo ekri osijè m’ pou m’ fè volonte ou. Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen ».R. Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R. DEZYÈM LEKTI « Gras pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezi » KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 1, 1-3 Pòl, li menm Jezikri rele pou l’apot, daprè volonte Bondye, avèk Sostèn, frè m’, pou Legliz Bondye a ki Korent la, nou menm ki vin sen nan Jezkri, nou menm li rele pou nou vin sen, avèk tout sa k’ap rele non Granmèt nou Jezikri tout kote yo ye avèk kote nou ye a : Gras pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

« Men Mouton Bondye a ki wete peche tè a » MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 29-34 Lè sa a : Jan wè Jezi k’ap vin kote l’, li di : « Men Mouton Bondye a, men sa a ki wete peche tè a. Sa a se osijè l’ mwen te di : « Aprè m’, gen yon moun k’ap vini, li plase devan m’, paske li te ekziste anvan mwen ». Mwen menm, mwen pa t’ konnen l’ ; men se pou l’ te kapab parèt klè nan Izrayèl, se pousa mwen vini mwen menm m’ap batize nan dlo a ». Jan sèvi l’ temwen, li di : « Mwen wè Espri a k’ap desann tankou yon kolonb sot nan syèl la, li rete sou li. Mwen menm mwen pa t’ konnen l’ ; men sa a ki voye m’ batize nan dlo a, li menm menm li di m’ : « Sou moun nan w’a wè Espri a desann li rete sou li a, se li menm k’ap batize nan Espri Sen an ». Mwen menm mwen wè, mwen sèvi temwen, sa a se Pitit Bondye a ». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, se dezyѐm dimanch tan ὸdine, sa vle di, tan Nwѐl la fini ; nan Legliz la nou kòmanse yon lὸt tan. An nou gade ki mesaj pawὸl Bondye a pote pou nou jounen jodi a. Lontan avan Jan Batis, Pwofѐt Izayi te anonse tout sa ki te gen pou akonpli avѐk Jezi, pitit Bondye a. Daprè sa nou li nan premye moso Labib la: « Mwen fѐ w’ tounen limyѐ tѐ a pou li liberasyon m’ nan kapab rive nan tout kwen tѐ a ».

-33-

Sous Lav¡ An nou gade nou menm kὸman nou resevwa liberasyon sa a ? Kisa nou fѐ pou nou sove ? Kisa nou fѐ pou nou ede lὸt yo sove ? Nan sòm 39 nou li : « Men mwen Granmѐt pou m’ fѐ volonte w’’. Se yon gwo ekzanp pou nou swiv, Jezi ki obeyi jis nan dѐnye bout. Èske nou swiv ekzanp sa a pou nou chѐche fѐ volonte Bondye san nou pa poze kesyon ? Nou dwe toujou louvri kѐ nou pou nou di Bondye « men mwen », menm jan avѐk Jezi. Pi devan, nan Levanjil Sen Jan, nou wѐ Jan Batis ki prezante Jezi tankou «Mouton Bondye ki wete peche sou tѐ a» devan yon foul moun ki t’ap koute l’ bὸ rivyѐ Jouden an. Jan Batis pa t’ pѐ, li pa t’ wont revele idantite Jezi ba yo. E nou menm, nan kominote nou, nan travay nou, nan mache, nan lekὸl nou, ѐske nou pa pѐ oubyen wont pale de Jezi, èske nous anti nou alèz pou nou idantifye nou ak li ? Anpil fwa, nou rele byen fὸ pou nou pale ak Bondye pou pwoblѐm ak nesesite nou yo, men jodi a se moman pou nou louvri bouch nou pou nou mande l’ lagras ak lapѐ, pou peyi nou, kominote nou, fanmi nou ak lemond antye, lapѐ ke Jezi, Mouton li an, te pote ba nou e ke nou kapab jwenn an abondans nan li menm sѐl. LAPRIYÈ: Bondye Papa, menm jan avѐk Jan Batis, ranpli nou avѐk fὸs Lespri Sen w’ lan pou nou kapab temwaye Jezi toutan. PWOPOZISYON: Tout moun ki an kontak avѐ m’ ki pa konnen Jezi, m’ap fѐ yo konen ki moun Jezi ye.

16

LENDI

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

«Malgre se Pitit Bondye li te ye a, li aprann obeyisans nan sa l’ soufri» LEKTI LÈT POU EBRE YO 5, 1-10 Tout prèt an chèf, se nan pami lèzòm yo pran l’, pou enstale l’ pou lèzòm nan kesyon ki gen rapò ak Bondye, pou l’ofri kado ak sakrifis pou peche yo; li kapab gen pitye pou sa yo ki pa gen konprann, ki pèdi wout, paske li menm tou li vlope ak feblès; se pou sa, li gen pou l’ ofri sakrifis pou peche pa l’ menm jan ak pou pèp la. Pèsòn pa pran mak konsiderasyon sa a ak pwòp fòs li, men se moun Bondye rele tankou Aawon. Se konsa Jezikri pa t’ bay pwòp tèt li glwa antan l’ te vin prèt an chèf; men se sa a ki te di l’ konsa a: «Ou se Pitit mwen, mwen menm jodi a, mwen ba ou nesans» la; menm jan yon lòt kote, li di: «Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk». Nan jou li te pase nan chè a, li te ofri priyè ak plent avèk gran rèl ak dlo nan je kot sila a ki te kapab sove l’ sot nan lanmò a, priyè l’ la jwenn rezilta poutèt respè l’. Malgre se Pitit Bondye li te ye a, li te aprann obeyisans nan sa l’ soufri yo, lè l’ rive nan bout chemen pou l’ te rive a, li vin tounen kòz delivrans tout tan an pou tout moun k’ap obeyi l’, Bondye rele l’ prèt an chèf nan ran Mèlkisedèk. Pawòl Granmèt la.

-34-

Sous Lav¡ SÒM REPONS

109, 1. 2. 3. 4 (r.: 4bc) R/ Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.

Granmèt la di Granmèt mwen : «Chita adwat mwen» Joustan mwen plase ènmi ou yo kòm eskalye pye ou».R. Baton pouvwa ou, Granmèt la voyé-l sot nan Siyon: Kòmande nan mitan ènmi ou yo.R. Pouvwa ou avèk ou jou fòs ou a, nan glwa ki sen yo, Nan vant granmaten tankou lawouze mwen anfante ou.R. Granmèt la fè sèman, li p’ap regrèt li: «Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.R. LEVANJIL «Mesye k’ap marye a avèk yo» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 18-22 Lè sa a: Disip Jan yo ak Farizyen yo t’ap fè jèn, yo rive, yo di Jezi: «Pouki sa disip Jan yo ak Farizyen yo ap fè jèn, men disip pa ou menm yo pa fè jèn»? Jezi di yo : «Èske moun yo envite nan nòs yo kapab fè jèn, pandan mesye k’ap marye a avèk yo? Toutotan yo gen mesye k’ap marye a avèk yo, yo pa kapab fè jèn. Men gen jou k’ap vini, lè y’ap pran mesye k’ap marye a sot nan men yo, lè sa a y’ap fè jèn nan jou sa yo. Pèsòn pa koud yon moso twal nèf sou yon vye rad ; otreman moso nèf la ap redi sou vye a, rad la ap chire pi plis. Pèsòn pa mete yon diven nouvo nan vye veso ki fèt ak po bèt ; otre-

man diven an ap fè veso yo eklate, diven an ap vide, veso yo ap pèdi ; men diven nouvo, se nan veso nouvo yo pou yo mete yo». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Malgre Jezikri se Pitit Bondye, li aprann obeyisans nan sa l’ soufri». Jezi se modèl lavi nou, se li menm ki montre n’ kijan lanmou Bondye Granmèt la gran, epitou, kijan pou nou aprann obeyi Papa l’. Premye lekti nou li nan Lèt pou Ebre yo, se yon temwayaj sou fason Jezi te aksepte soufri pou li te ka fè volonte Papa li jiskobou.Se konsa, nou menm tou, nou dwe fè jefò pou nou aprann viv pou Bondye, sa vle di fè sa li kòmande. Men sa ekzije nou anpil sakrifis, paske n’ap toujou jwenn tantasyon fòs mal ki vle devye n’ nan chemen Granmèt la. Si Jezi ki te pataje sa Bondye ye a te aksepte anpil soufrans pou li te rive fè volonte Papa, ebyen kanta nou menm sa mande nou plis sakrifis toujou. Malgre sa, nou pa bezwen pè, paske se lagras Bondye k’ap ede n’ viv tout sa li mande. Nan sans sa nou bezwen lapriyè, nou bezwen kenbe pye Bondye pou li menm li kapab kenbe nou ak lagras li. LAPRIYÈ: Mèsi pou jan ou te aksepte soufri pou w’ te ka sove m’. Tanpri, ede m’obeyi Papa menm jan ak ou. PWOPOZISYON: M’ap chache rankontre ak Bondye nan lapriyè yon ti moman nan jounen an.

-35-

Sous Lav¡

MADI

17

Koulè Blan

SEN ANTWÁN, ABE (Memwa) PREMYE LEKTI

«Nou gen esperans yo ofri nou an tankou yon lank ki asire, ki fèm». LEKTI LÈT EBRE YO 6, 10- 20 Frè m’ yo : Bondye pa enjis, pou l’ bliye aksyon nou ak renmen nou an, sa nou montre o non l’ nan, nou menm ki te sèvi yo, epi ki kontinye ap sèvi yo ankò. Nou anvi pou chak moun nan nou montre menm aktivite a pou l’ reyalize esperans la jous nan bout; pou nou pa vin parese, men pou nou pran modèl sou sa yo ki eritye pwomès yo gras a lafwa ak pasyans yo. Reyèlman, lè Bondye t’ap fè pwomès bay Abraam nan, li pa t’ gen pèsòn ki pi gran pase l’ pou l’ te fè sèman o non l’, li fè sèman sou pwòp tèt li, antan l’ di: «Amèn m’ap beni ou byen beni, m’ap fè ou vin anpil anpil». Konsa li pèsevere, li reyisi jwenn sa Bondye te pwomèt la. Moun yo menm, se sou yon pèsonaj ki pi gran pase yo yo fè sèman, tout diskisyon yo fini lè gen garanti sèman an. Bondye te vle montre eritye pwomès yo kijan desizyon l’ pi fèm toujou, li poze sèman an nan mitan, pou nou jwenn anpil ankourajman gras a de bagay sa yo ki fèm nan (nan yo Bondye pa kapab fè manti), nou menm ki jwenn kachèt, pou nou kenbe esperans la fèm, sa l’ ofri nou an;

esperans sa a, nou genye l’ tankou yon lank ki fèm pou nam nou, ki asire, ki fèm, ki antre jous anndan vwal la, kote Jezi pran devan pou nou, li antre, li menm ki vin tounen prèt an chèf pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk la. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 110, 1-2; 4-5. 9 e 10e (r.: 5b) R/ Granmèt la ap sonje kontra l’ la pou tout tan.

M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak asanble a. Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R. Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la gen mizerikòd, li pran pitye. Li bay moun ki krenn li yo manje; l’ap sonje alyans li a pou tout tan.R. Li voye redanmsyon pou pèp li a, li kòmande alyans li a pou tout tan. Non l’ sen, li terib ; lwanj li dire pou tout tan gen tan.R. LEVANJIL «Saba a se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 23-28 Rive pandan Granmèt la t’ap pase nan jaden ble yon jou saba, disip li yo te kòmanse ap mache devan, ap kase zepi yo. Farizyen yo menm yo t’ap di l’: «Gade, pouki sa jou saba a y’ap fè sa yo pa gen dwa fè a»? Li di yo : «Èske nou pa t’ li sa David te fè lè l’ te nan bezwen, lè l’ grangou, li menm ak moun yo ki te avèk li yo? Kijan li te antre nan kay Bondye a sou tan Abyata chèf prèt yo, li te manje pen ki te ekspoze yo, sa pèsòn

-36-

Sous Lav¡ pa t’ gen dwa manje sof prèt yo, epi li te bay moun yo ki te avèk li yo» ? Li t’ap di yo : «Saba a se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a; se pousa Pitit moun nan se mèt ata saba a». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Saba a se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a; se pousa Pitit moun nan se Mèt ata saba a». Pawòl sa fè nou sonje valè nou gen nan je Bondye ; Granmèt la ba nou plis enpòtanas ke tout bagay li kreye ; li ba nou plis valè ke tout sa ki ekziste nan lemond, menm prensip ak lalwa relijye yo, paske pou li menm se diyite pitit li yo Li konsidere avan tout bagay, se poutèt sa Sen Irene te di : «Granmèt la jwenn laglwa lè pitit li yo viv, sitou lè yo viv ak diyite, nan respè, nan renmen». Sa se yon mesaj ankourajan, se yon bon nouvèl e an menm tan se yon angajman, pou nou renmen lavi epi pwoteje lavi, pwòp lavi nou epi lavi lòt yo. Tout moun dwe konnen sa klè : tout pitit Bondye dwe viv ak diyite e diyite sa pa gen anyen ki ka ranplase li, ni pa gen anyen ke pèsonn kapab mete pi wo pase li. Pa gen pèsonn moun ki ka renmen nou pase Bondye, puiske li renmen nou san mezi, li fou pou nou. Konsa, li enpòtan pou nou menm tou nou aprann kominike renmen sa bay lòt yo. Se pou nou renmen Jezi nan sila yo ki pi piti, se pou nou anbrase Jezi

nan sila yo ki konte sou nou, sila yo k’ap lonje men ba nou, sila yo ke sosyete a mete sou kote, sila yo ke sosyete rele endijan oubyen pòv. Se nan yo menm nou ka rankontre ak Jezi tout bon vre, lè nou ouvri bra nou ak kè nou pou nou akeyi yo epi ede yo viv ak diyite. Lè nou lite pou nou fè yo respekte dwa yo, lè nou fè solidarite avèk yo. LAPRIYE: Mèsi Granmèt paske ou fè m’ konnen mwen vo plis pase tout sa lèzòm envante, mèsi paske ou vle m’ viv ak diyite. PWOPOSISYON: M’ap fè yon jès solidarite ak yon frè ou yon sè m’ ki nan bezwen, san mwen pa tann li remèt mwen sa. MÈKREDI Koulè Vèt

18

PREMYE LEKTI

"Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk". NAN LÈT POU EBRE YO 7, 1-3- 15-17 Frè m’ yo: Mèlkisedèk, wa Salèm, prèt Bondye ki anwo nèt la, li menm ki te vi n’ rankontre Abraam ki te vin sot touye wa yo, li te beni l’, epi Abraam te pran dizyèm pati tout bagay, li te mete apa pou li: tou dabò non l’ vle di "Wa jistis", epi tou li se wa Salèm, sa vle di "wa lapè", san papa, san manman, san ras, lavi l’ pa gen kòmansman ni finisman nan jou l’ yo, li sanble ak Pitit Bondye a, li ret prèt pou tout tan.

-37-

Sous Lav¡ Bagay sa a vin pi klè ankò, si, daprè resanblans Mèlkisedèk la gen yon lòt prèt ki leve, ki pa vin tounen prèt daprè yon lwa kòmandman lachè, men daprè pouvwa lavi ki pa kapab detwi a. Reyèlman yo sèvi l’ temwen: "Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk".

yo te fèmen kè yo a, li di mesye a: "Lonje men ou". Li lonje l’, men l’ vin enganm. Farizyen yo menm sòti menm lè a, yo fè konplo avèk disip Ewòd yo, kont li, pou yo wè kijan yo t’ap fè l’ mouri.

Pawòl Granmèt la

Bondye a

SÒM REPONS 109, 1. 2. 3. 4 R/ Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.

Granmèt la di Granmèt mwen: "Chita adwat mwen, joustan mwen plase ènmi w’ yo kòm eskalye pye ou".R. Baton pouvwa w’ la, Granmèt la voye l’ sot nan Siyon: kòmande nan mitan ènmi w’ yo.R. Pouvwa ou avèk ou jou fòs ou a, nan glwa ki sen yo, nan vant granmaten tankou lawouze mwen anfante ou.R. Granmèt la fè sèman, li p’ap regrèt li: "Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk".R. LEVANJIL "Èske jou saba yo nou gen dwa sove yon lavi oubyen pèdi li"? MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 1-6 Lè sa a: Jezi antre ankò nan sinagòg la, te gen yon mesye la a ki te gen men l’ seche. Yo t’ap obsève l’ pou yo wè si li t’ap fè gerizon an jou saba a, pou yo akize l’. Li di moun nan ki te gen men seche a: "Leve nan mitan an". Li di yo: "Èske jou saba, yo gen dwa fè byen oubyen mal? Sove yon lavi oubyen pèdi li"? Yo menm menm yo te pe bouch yo. Li gade yo toutalantou avèk kòlè, li te gen lapenn poutèt

An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl

REFLEKSYON Nan premye Lekti a (Ebre 7,1-315-17) ede nou konprann Jezi se pi gran Prèt (pè) ki ekziste,paske li diferan ak lòt pè yo. Pouvwa li pa sòti nan kòmandman lachè, pouvwa li sòti anwo nan men Papa ki gen tout pouvwa a. Pouvwa li ekziste pou tout tan. Kòm Prèt, li diferan ak prèt Ansyen Kontra yo. Li sanble ak Mèlkisedèk, sa vle di, li prèt pou tout tan. Kòm prèt, li pote lapè, jistis ak renmen. Li la pou tout moun, li vini pou tout moun kapab gen lavi epi lavi ki p’ap janm fini an. Tèks sa vle fè nou dekouvri kalite valè Jezi genyen. Nan Levanjil sa a (Mak 3,1-6) nou wè kijan farizyen yo ap chèche pran Jezi nan pèlen. Yo te vle akize l’ kòmkwa se yon moun ki pa respekte lalwa, ki pa respekte prensip, kòmsi se yon viris k’ap wonje sosyete a. Jezi fè yo konprann kòmandman yo la pou byen moun yo. Anpil fwa nou konn gen tandans mete prensip yo an premye; men Jezi montre nou ke lavi a gen anpil valè, anpil enpòtans. Èske jou saba yo gen dwa fè byen ou mal? Sove yon lavi ou byen pèdi l’? Se kesyon sa Jezi vle nou reflechi sou li.

-38-

Sous Lav¡ Nan lavi Legliz la, anpil fwa kè nou bouche, kè nou ranpli ak ipokrizi. Nan Levanjil sa a, Jezi vle montre nou li vin sou tè a, se pou li kapab sove tout moun. Sa ki pi enpòtan se pou nou travay pou ede moun viv ak diyite. Malgre tout anpèchman Jezi te jwenn, li te fè volonte Papa a, li te fè misyon Papa a te konfye li a. Li reyalize Pawòl pwofèt yo te anonse a : Geri moun ki malad yo. Jezi te geri moun enfim sa pou li te ka montre farizyen yo ke Bondye se lavi li vle pou pitit li yo. Ann mete konfyans nou nan Bondye ki vin delivre n’, ki pote kè kontan pou nou. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, louvri kè mwen, ede mwen wè bezwen lòt yo. PWOPOZISYON: Fè yon bagay konkrè e ki bon pou ede yon moun ki nan bezwen. JEDI

19

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

«Li ofri sakrifis yon fwa pou tout antan l’ofri pwòp tèt li» LEKTI LÈT EBRE YO 7, 25-8, 6 Frè m’ yo : Jezikri kapab sove moun yo ki pwoche kot Bondye pa lentèmedyè l’ yo, antan l’ vivan tout tan pou l’ priye pou nou. Se mòd jan prèt an chèf sa a menm nou te bezwen, ki sen, ki inosan, ki pa gen tach, ki separe sot nan ran pechè yo, ki anwo nèt nan syèl la ki pa bezwen kòmanse ofri sakrifis pou

pwòp peche pa l’ chak jou tankou prèt yo, aprè sa pou pèp la; li fè sa deja yon sèl fwa antan l’ofri pwòp tèt li. Reyèlman se moun yo ki gen feblès yo lalwa a enstale kòm prèt; men pawòl sèman an ki vin aprè lalwa a, se Pitit la ki kòrèk nèt pou tout tan an. Sa k’ pi enpòtan an osijè bagay n’ap pale a, sèke: Nou gen yon kalite prèt an chèf, ki chita adwat twòn grandè a nan syèl la, sèvitè bagay ki sen yo ak vrè tant la, sa Bondye drese a, se pa moun ki drese l’. Reyèlman tout prèt an chèf, yo enstale l’ pou l’ofri kado ak sakrifis; se pousa li menm tou li nesesè pou l’ gen kichòy pou l’ofri. Konsa si l’ te sou tè a, li pa t’ap menm prèt, paske genyen k’ap ofri kado daprè lalwa a, y’ap sèvi modèl ak lonbraj bagay syèl yo, jan Bondye te reponn Moyiz la, lè li t’ap bati joupa a: Li te di: «Gade, fè tout bagay daprè modèl la y’ap montre ou sou mòn nan». Koulye a menm sèvis la pi bon, paske alyans la pi bon, alyans sa a li sèvi entèmedyè a, li garanti ak pi bon pwomès. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 39, 7-8a. 8b-9. 10. 17 (r.: 8a e 9a) R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.

Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, Lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R. Nan woulo liv la yo ekri osijè m’ pou m’ fè volonte ou. Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen».R.

-39-

Sous Lav¡ Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a ; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R. Se pou yo fete, se pou yo kontan nan ou, tout moun k’ap chèche ou yo, se pou yo di tout tan «Granmèt la gran» sa yo ki renmen sove ou sove nou an.R. LEVANJIL «Espri papwòp yo t’ap rele : «Ou se Pitit Bondye a», Jezi t’ap menase yo pou yo pa fè rekonèt li». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 3, 7-12 Lè sa a: Jezi avèk disip li yo te rale kò l’ bò lamè a; anpil foul te sot Galile ak Jide, yo te suiv li, ni sot Jerizalèm, sot Idime ak Transjòdani; moun yo ki te alantou Tir ak Sidon, gran foul, lè yo tande sa l’ te fè, yo vin kote l’. Li di disip li yo pou yo pare yon ti batiman pou li poutèt foul la, pou yo pa kraze l’. Li te geri anpil moun, atèl pwen yo t’ap kouri vin sou li, pou yo touche l’, nenpòt ki maladi yo te genyen. Lè espri papwòp yo wè l’, yo lage kò yo atè devan l’, yo t’ap rele byen fò, yo t’ap di: «Ou se Pitit Bondye a». Li t’ap menase yo ak yon men sevè pou yo pa fè rekonèt li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Lè Jezi vini, tout bagay vin nouvo. Se kalite ansèyman sa nou jwenn nan premye lekti a. Jezi se Prèt an chèf ki sen an, e ki vin ofri pwòp tèt li bay Bondye Papa a kòm yon sakrifis ki

sen, ki fè Papa plezi. Jezi vin rache limanite nan esklavaj peche a pou li fè li antre nan libète lagras la. Jezi trè diferan avèk ansyen prèt an chèf yo ki te konn ofri sakris pou padon pwòp peche yo ak pou padon peche pèp la. Sa ki pi enteresan nan sakrifis Jezi a, sèke se yon sakris ki fèt yon fwa pou tout, pa genyen e p’ap janm genye okenn lòt sakris ki kapab sanble avèk li. Pasaj Levanjil nou li jodi a, l’ap ede nou konprann ke Jezi te vini libere moun nan totalman, nan kò li ak nan lespri li. Jezi vin libere limanite anba tout antrav, tout mal ki t’ap depafini ak li. Se poutèt sa, se tout moun ki t’ap chache rankontre ak Jezi pou yo te ka jwenn delivrans: «Anpil foul te sot Galile ak Jide, yo te suiv li, ni sot Jerizalèm, sot Idime ak Transjòdani; moun yo ki te alantou Tir ak Sidon, gran foul, lè yo tande sa l’ te fè, yo vin kote l’». Rankontre ak Jezi se jwenn kè kontan, se antre nan yon lavi tou nèf. Moun yo te tèlman anpil, Jezi te oblije mande disip li yo fè yon ti batiman pou li, pou yo pa t’ mete pye sou Granmèt la, pou li pa t’ mouri toufe. E Jezi te gen yon dispozisyon pou li akeyi, sèvi moun ki t’ap swiv, moun ki t’ap chèche li. Konsa frè ak sè m’ yo, nou menm tou, se chak jou nou bezwen rankontre ak Jezi, paske nou se moun ki malad, nou bezwen gerizon ak chanjman nan lavi nou. Si nou te ka rankontre ak Jezi tout bon vre, ala kontan kè nou ta kontan !

-40-

Sous Lav¡ LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, de-

livre nou anba puisans move lespri, pa pouvwa Jezikri Pitit ou a. Amèn. PWOPOZISYON: M’ap eseye dekouvri nan lavi mwen nan ki moman move lespri te fè mwen fè sa ki pa t’ kòrèk. M’ap rete pi vijilan. VANDREDI Koulè Vèt

20

PREMYE LEKTI

«Li sèvi entèmedyè yon alyans ki pi bon» NAN LÈT POU EBRE YO 8, 6-13 Frè m’ yo: Koulye a Prèt an chèf nou an gen yon sèvis ki pi bon, paske alyans la pi bon, alyans sa a li sèvi entèmedyè a, li garanti ak pi bon pwomès. Reyèlman, si premye a te san fot, yo pa ta bezwen mete yon lòt nan plas li. Sèke se antan l’ap fè yo repwòch li di: «Men jou k’ap vini, deklarasyon Granmèt la, m’ap reyalize yon alyans tou nèf sou kay Izrayèl la ak sou kay Jida a, se pa tankou alyans la mwen te reyalize ak papa yo a jou mwen te pran men yo pou m’ wete yo sot nan peyi Lejip la; yo menm yo pa t’ rete nan alyans mwen an, mwen menm tou mwen lage yo, deklarasyon Granmèt la. Men alyans la m’ap pase ak kay Izrayèl la aprè jou sa yo, deklarasyon Granmèt la, m’ap mete lwa m’ yo nan espri yo, m’ap ekri yo nan kè yo,

m’ap Bondye yo, yo menm y’ap pèp mwen; pèsòn p’ap anseye pwochen l’ ni pèsòn p’ap anseye frè l’ antan l’ap di: «Konnen Granmèt la», paske tout moun ap konnen m’, depi pi piti, jous pi gran nan yo; paske m’ap padonnen fòt yo, mwen p’ap sonje peche yo ankò». Lè l’ di nouvo a, premye a fin vye. Sa k’ ansyen an, ki vyeyi a, li prèske disparèt. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 84, 8 e 10. 11-12. 13-14 (r.: 11a) R/ Mizerikòd ak verite rankontre.

Fè nou wè mizerikòd ou, Granmèt, epi sove w’ap sove nou an, ba nou li. Reyèlman li tou pre moun ki krenn li yo, sove li sove yo a, pou glwa a abite sou tè nou an.R. Mizerikòd ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase. Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R. Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R. LEVANJIL «Li rele sa yo li vle a, pou yo avèk li». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 3, 13 -19 Lè sa a: Jezi monte sou mòn nan, li rele sa yo li te vle a vin jwenn li; yo vin kote l’. Li fè pou yo te douz avèk li, epi pou l’ voye yo preche. Li ba yo pouvwa pou yo geri malad yo, epi pou yo chase demon yo.

-41-

Sous Lav¡ Li bay Simon non Pyè; epi Jak pitit Zebede a ak Jan frè Jak la, li ba yo non Boanègès, sa vle di Pitit loraj; epi Andre, Filip, Batelemi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe a, Tade, Simon moun Kana a, ak Jida Iskaryòt la, sa a ki te trayi l’ la. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Bondye Granmèt la pa janm bliye pwomès li te fè nou, paske li fidèl. Bondye te toujou montre li fidèl avèk pèp li a nan Ansyen kontra a, li te toujou akonpaye li nan tout moman difisil yo. Men Bondye te vle fè yon kontra tout nèf avèk nou, yon kontra renmen, e se san Jezikri Pitit li a ki siyen papye Nouvo Kontra a. Se yon kontra pou lavi, se yon kontra kote tout moun alawonnbadè kapab rive gen lavi, si yo fè sa Bondye mande. E Jezi montre nou kisa ki pi enpòtan, se renmen nou gen pou Bondye ak pou frè ak sè nou yo. Jezi te gen yon gwo misyon pou li te libere limanite anba pouvwa peche ak lanmò, gras a san li ki koule sou lakwa a. Men nou wè li te chwazi kèk moun pou kolabore ak li nan kalite misyon sa a: Jezi monte sou tèt mòn nan, li mete kò li yon kote ki trankil pou li kominike ak Papa li nan lapriyè epi la menm, li rele 12 apot yo ke li te chwazi yo epi li voye yo nan misyon. Nan Labib la, yon mòn se kote ou kapab pi pre Bondye epi rankontre li. Jous jounen jodi a mòn yo gen anpil enpòtans: nou wè lè moun yo bezwen

fè jèn epi lapriyè, anpil fwa se sou yon tèt mòn byen wo yo monte. Kisa n’ap chèche, èske se Jezi nou vle imite, oubyen nou vle pi pre Bondye? Paske lapriyè nou yo ap rive jwenn li pi vit? Tout bagay sa yo, yo nan reyalite nou. Jezi aprè li fin lapriyè, li rele douz apot pou asosye nan travay li, espesyalis Labib la di nou chif 12 la reprezante 12 branch fanmi pèp Izrayèl la. Jezi rele Apot yo, li chwazi yo pou yo rete avèk li, travay avèk li; se yo menm ki pra l’ sèvi l’ temwen. Li antre nan mitan pèp la li pran 12 mesye sa yo pou òganize yon kominote. Jodi a ankò Jezi kontinye ap rele moun nan tout pèp, li chwazi kèk grenn ladan yo, tankou relijye ak relijyez yo epi kèk layik tou; jodi a si w’ tande Bondye ap rele w’, pa fèmen kè w’, se pou w’ reponn li, paske li pa janm rele moun pou granmesi, si l’ p’ap di w’ yo bagay, l’ap ba w’ yon bagay, reponn li menm jan ak Apot yo. An nou mete men nan pat la pou n’ konstwi peyi nou, kominote nou ak sosyete a, paske Jezi konte sou nou, gen anpil moun ki poko tande Bòn Nouvèl la; pa pèdi tan nou nan bagay ki p’ap rapòte nou anyen, ann fè wout la ansanm pou n’ kab pote laviktwa. LAPRIYÈ: Papa fè m’ sonje angajman mwen te pran nan batèm mwen pou mwen sèvi ou menm sèl ak tout kè mwen. Jodi a mwen vle renouvle angajman sa, pou lwanj ou ka eklate tout kote. PWOPOZISYON: Tande vwa Jezi k’ap rele mwen jodi a pou mwen travay avèk li.

-42-

Sous Lav¡

SAMDI

21

Koulè Blan ou ble

NOTREDAM ALTAGRAS, PWOTEKTÈ PÈP DOMINIKEN AN

(Gran fèt) PREMYE LEKTI

«Men vyèj la ap vin ansent»

LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI

7, 10-14 Jou sa yo : Granmèt la pale avèk Akaz, li di : «Mande Granmèt Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la». Akaz di : «Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt la». Izayi di: «Koute, kay David: èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatigé ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye avèk nou». Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS LIK 1, 46-55 R/ Li fè mèvèy pou mwen, Sa a ki gen pouvwa a»

«Nanm mwen ap fè lwanj Granmèt la, espri m’ danse nan Bondye ki sove m’ nan, paske li gade imilite sèvant li a.R Reyèlman men depi koulye a tout jenerasyon ap di mwen ala kontantman, paske li fè gran mèvèy pou mwen, Sa a ki gen pouvwa a, non l’ sen.R Kè sansib li pou jenerasyon ak jenerasyon pou moun ki krenn li yo.

Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye moun ki te gen lògèy nan kè yo.R Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou twòn yo, li leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’ rich yo men vid.R Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la, li sonje kè sansib li a, jan l’ te pale ak papa nou yo, Abraam ak ras li pou tout tan».R LEVANJIL «Men w’ap pote yon pitit nan vant, w’a fè yon ti gason» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 26-38 Lè sa a : Bondye voye Anj Gabrièl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari. Mesaje a antre kote l’, li di : «Se pou kè ou kontan, plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi». Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a. Anj la di l’ : «Pa pè, Mari ; ou jwenn gras kot Bondye : men w’ap ansent, epi w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, peyi wa l’a p’ap janm fini». Mari di Anj la : «Kijan pou sa fèt, paske mwen pa gen konesans gason»?

-43-

Sous Lav¡ Anj la reponn, li di l’ : «Espri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele steril la ; paske anyen pa enposib kot Bondye». Mari di : «Men sèvant Granmèt la ; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Anj la pati kite l’.

Bondye a; sa vle di, pou Mari Pote Pitit Bondye a nan zantray li, pou li mete l’ sou tè a, pou akonpanye l’ nan reyalizasyon misyon li. Mari medite tout pawòl zanj lan nan fon kè li pou l’ ranpli misyon sa a avèk tout delikatès ki genyen. Nan silans Mari a nou wè disponiblite l’ pou Lespri Sen an aji nan li, nou wè imilite l’ ak konfyans li jan kouzin li pral di l’ la: «Se chans pou ou ki te kwè tout sa Bondye te di yo t’ap rive vre». Mari se sila a k’ap mennen nou bò An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl kote Pitit li a. Nan nòs Kana li te di Bondye a. moun yo: «Fè tout sa li di nou fè». Li REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo, lekti nou sot li pa yon obstak pou misyon Pitit li a yo ap ede n’ konprann plan renmen ki se Sovè tè a, men li envite n’ mete Bondye pou limanite, plan ki reyalize konfyans nou nan li. Venerasyon Leatravè Mari, ti jèn fi Betleyèm sa a gliz la genyen pou Manman Altagras ki te louvri kè l’ byen gran pou akeyi la, se pou envite n’ konprann pa gen anyen ki enposib pou Bondye, BondSovè tè a. Jodi a Legliz la ap fete Manman ye se Sila a ki la nan mitan nou pou Mari sou vokab “Notredam Altagras” li sove nou. Nou dwe imite Manman Altagras ki se Pwotektris Repiblik Dominikèn, nan disponiblite l’ nan sèvis Bondkote gen yon gran devosyon ak Manye a. Se konsa n’ap ka sèvi Bondye man sa a ki te kòmanse devlope depi byen, n’ap kapab jwenn favè nan je 300 lane, kote tout kwen nan peyi a l’, n’ap kapab plen ak benediksyon konekte ak Manman Mari pou venere tou. li epi prezante li demand yo. Manman Altagras pote anpil sekou Mari plen ak lagras, se pa yon envansyon Legliz Katolik; men se zanj ak gerizon pou anpil moun ki te preBondye a menm ki te vin anonse zante li demand li yo. Nou konnen Mari gran favè sa a li jwenn nan men sa Manman sila a mande Pitit li, Sila Bondye. Mari ki jwenn kalite favè a pa janm refize l’ paske Granmèt la pou l’ vin Manman Pitit Bondye a, toujou koute lapriyè moun ki korèk pa gen favè ki te ka pi gran pase sa la. Nan premye lekti a nou wè se Bonke yon fanm kapab jwenn. Se sa k’ fè zanj lan te di l’ Mari «Ou beni pase dye li menm ki pran inisyativ pou l’ tout fanm». Men benediksyon Mari bay yon siy menm lè Akaz pa t’ vle a makonnen avèk kolaborasyon li, mande l’. Siy sa a se Lasent Vyèj koperasyon l’ nan reyalizasyon plan Mari k’ap vin ansent. L’ap pote nan -44-

Sous Lav¡ zantray li «Emanyèl», ki vle di «Bondye nan mitan nou». Kilès ki plis ka pale n’ de Emanyèl sa a lè n’ kontanple jès sila a ki te kolabore ak Bondye pou ba nou li an? Nan levanjil la, nou wè vyèj la mande zanj lan, «Kòman sa pral fèt paske m’ pa nan gason...». Men zanj lan fè l’ konnen se Lespri Bondye a ki ta pral vlope l’ anba lonbraj li. Ki pi gran favè yon moun ka resevwa sou latè ke sa Manman nou te resevwa a, li menm ki «Plen lagras la»! Nan li menm pa t’ gen plas pou peche a, se sa k’ fè Legliz la rekonèt li tankou Imakile tou. Ann fikse je nou sou Manman nou Altagras, san pale anpil, nan mande li pote bezwen nou yo, soufrans nou yo, difikilte nou yo bay Pitit li a pou l’ kapab chanje yo pou nou an benediksyon. LAPRIYÈ: Granmèt tanpri, pa lantremiz Manman Altagras, ede nou louvri kè n’ nan imilite pou nou akeyi pwojè ou genyen pou nou yo, pou nou kolabore nan avansman Wayòm ou an. Amèn. PWOPOZISYON: Nan gwoup aksyon katolik, ouvri yon dyalòg sou tout kalite nou jwenn nan Lavyèj Mari epi gade kòman yo te sèvi pou pwojè Bondye reyalize nan lavi l’. DIMANCH Koulè Vèt

22

TWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-A PREMYE LEKTI

« Nan Galile nasyon yo, pèp la wè yon gran limyè »

NAN LIV PWOFÈT IZAYI 9, 1-4

Nan premye tan an peyi Zaboulon an ak peyi Neftali a te vin tounen yon dezè ; alafen wout lanmè lòt bò Jouden an, Galile nasyon yo, li jwenn glwa. Pèp ki t’ap mache nan fènwa yo, li wè yon gran limyè ; moun yo ki abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo. Ou te fè nasyon an vin anpil, men ou pa t’ fè kè kontan an vin anpil. Y’ap kontan devan ou, tankou moun ki kontan nan rekòlt, tankou moun ki ranpòte viktwa k’ap danse, lè yo fin pran byen ènmi an, lè y’ap separe richès yo. Sèke jouk li ki t’ap peze sou li a, baton an ki te sou zepòl li a, bagèt moun ki t’ap fè l’ pase tray yo, ou kraze sa, tankou Madyan an. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-14 R/ Granmèt la se limyè m’ak sove mwen.

Granmèt la se limyè m’ak sove mwen, ki moun pou m’ pè ? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble.R. Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche : abite nan kay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R. Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye sou Granmèt la.R. DEZYÈM LEKTI «Se pou nou gen menm santiman, pou pa gen divizyon nan nou »

-45-

Sous Lav¡ NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO

1, 10-13. 17 Mwen mande nou avèk ensistans, frè m’ yo, o non Granmèt nou Jezikri, pou nou tout nou gen menm santiman, pou pa gen divizyon nan nou ; se pou nou kòrèk nèt nan menm santiman ak nan menm prensip. Sèke yo ban m’ nouvèl sou nou, frè m’ yo, se moun Kloe yo ki di m’ sa, gen divizyon nan pami nou. Mwen di sa, paske chak moun nan nou ap di : « Mwen menm mwen se moun Pòl », « Mwen menm mwen se moun Apolon », « Mwen menm menm mwen se moun Sefas », « Kanta mwen menm mwen se moun Jezikri ». Èske Jezikri divize ? Èske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou ? Oubyen èske se o non Pòl yo te batize nou? Jezikri pa voye m’ batize, men preche bòn nouvèl la san se pa nan sajès pawòl la, pou kwa Jezikri a pa vin vid. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL «Li rive Kafanawòm, pou sa Izayi te di a kapab reyalize » MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 12-23 Lè Jezi tande yo te arete Jan, li pati kite Galile a ; li kite vil Nazarèt la, li vin abite Kafawnawòm bò lanmè a, nan limit Zaboulon ak Neftali, pou pawòl pwofèt Izayi a te kapab reyalize : « Tè Zaboulon, ak Neftali, wout lanmè a lòt bò Jouden an, Galile nasyon yo. Pèp ki te chita nan fènwa yo,

li wè yon gran limyè, sou moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo ». Apati lè sa a, Jezi kòmanse preche, l’ap di : « Fè penitans ; paske peyi wa syèl yo tou pre ». Antan Jezi ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè, Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè nan lanmè a, se pechè pwason yo te ye. Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou konn fè lapèch moun”. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li. Li avanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak pitit Zebede a avèk Jan, frè l’ la, yo te nan kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese filè yo, li rele yo. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a, yo suiv li. Jezi t’ap fè tout tou Galile a, li t’ap anseye nan sinagòg yo, li t’ap preche bòn nouvèl peyi wa a, li t’ap geri tout kalite maladi ak tout kalite feblès nan pèp la. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo, mwa sa se mwa pa nou, mwa fèt endepandans nou, mwa Lavyèj Mari, Manman NotreDam Altagras. Konsa, se pou nou fè kè nou kontan nan Granmèt la, antan nou ouvri kè nou pou nou akeyi lagras li, menm jan ak Manman Mari. Jezikri vle raple nou li se Limyè ki klere nan fènwa lavi nou. Pèp la te wè yon bèl limyè pandan l’ap mache. Konsa nan pelerinaj nou sou tè a kòm pèp migran, nou dwe fikse je nou sou Limyè Jezi a.

-46-

Sous Lav¡ Jezi klere nou ak limyè l’ la pou nou pa viv nan divizyon, nan “chak koukouy klere pou je li”, men pou nou viv nan lapè youn ak lòt, pou youn aksepte lòt, pou nou rekonèt nou gen yon menm Sovè ki se Jezikri. Se li pou nou swiv, se dèyè l’ pou nou mache; se pa dèyè ni Apolon, ni Pòl, ni Sefas, se Jezi ki sèl Granmèt nou; se li sèl ki kapab sove n’. Menm jan li rele premye disip sa yo: Pyè, Jan ak Andre, se konsa li rele nou pou nou tounen pechè moun, pou n’al gaye bòn nouvèl li a tou patou, pou tounen limyè pou lòt yo, pou limyè temwayaj nou klere nan fènwa tout enjistis ak mechanste k’ap fèt nan peyi nou ak nan sosyete a. Se pou Jezi toujou klere nou. Se pou nou mache tout kote nou pase ak flanbo limyè a byen limen. LAPRIYÈ:Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, dirije aksyon nou yo nan bon plezi ou, pou o non Pitit ou a ou renmen an, nou rive fè anpil bon aksyon. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Sèvi limyè pou frè w’ la antan w’ap ankouraje li fè sa ki byen. LENDI

23

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

"Li ofri tèt li yon fwa pou tout pou l’ detwi peche yo, dezyèm fwa a l’ap parèt pou moun k’ap tann li yo". NAN LÈT EBRE YO 9, 15. 24-28 Frè m’ yo: Jezikri sèvi entèmedyè nouvo alyans la, pou, gras a lanmò l’, ki rive

pou redanmsyon peche ki te fèt sou ansyen alyans la, moun yo rele nan eritaj tout tan an yo resevwa pwomès la. Se pa nan yon tanp ki fèt ak men moun Jezi antre, pòtre vrè bagay ki sen yo, men se nan syèl la menm, pou l’ parèt koulye a devan fas Bondye pou nou. Epi se pa souvan l’ap ofri tèt li, tankou prèt an chèf la k’ap antre nan tanp la chak ane ak san ki pa pou li a; otreman se anpil fwa li t’a blije soufri depi kòmansman tè a; men koulye a, se yon fwa pou tout jous finisman syèk tan yo, li parèt pou l’ detwi pech a gras a sakrifis li a. Kòm se yon lwa pou moun yo, pou yo mouri yon fwa pou tout, epi aprè sa se jijman an; konsa tou Jezikri ofri tèt li yon fwa pou tout pou l’ detwi peche yo, dezyèm fwa a l’ap parèt san peche pou moun yo k’ap tann li yo pou sove l’ap sove yo a. Pawòl Granmèt la

SÒM REPONS

97, 1. 2-3ab. 3cd-4. 5-6 R/ Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.

Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R. Granmèt la fè konnen sove li sove a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a.Li sonje mizèrikòd li,ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R. Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.

-47-

Sous Lav¡ Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;sou twonpèt ki dous ak kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R. LEVANJIL "Satan jwenn finisman l’". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 22 -30 Lè sa a: Skrib yo, ki te desann sot Jerizalèm yo, yo t’ap di: "Se Bèlzeboul li genyen, se gras a chèf demon yo l’ap chase demon yo". Li rele yo, li di yo an parabòl: "Kijan Satan kapab chase Satan? Si yon peyi wa divize andan l’, peyi wa sa a pa kapab kanpe. Si yon kay gen divizyon andan l’, kay sa a pa kapab kanpe. Konsa si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa kapab kanpe, li jwenn finisman l’. Pèsòn pa kapab antre nan yon kay avèk zam, pou l’ piye, si l’ pa kòmanse mare moun ki gen fòs la, aprè sa, 1’a piye kay li a. Amèn mwen di nou, tout peche pitit moun yo fè, y’ap padone yo, ni blasfèm ki sèvi yo blasfeme yo; men moun ki blasfeme kont Lespri Sen an, li p’ap janm gen padon, men l’ap koupab yon peche pou tout tan". Sèke yo t’ap di: "Se yon Lespri papwòp li genyen". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Levanjil jodi a ede nou konprann kijan li pa fasil pou moun k’ap travay pou sa ki byen sou tè a fas a moun ki pa kwè nan mèvèy Bondye yo. Moun

ki pa kwè nan Bondye pa kwè nan renmen, li pa kwè non plis nan fè sa ki byen; epi li pa gen kè sansib pou sa k’ap soufri yo. Nou kapab konprann sa nan akizasyon Skrib yo fè kont Jezi nan pasaj levanjil nou pwoklame jodi a. Skrib yo, ki te desann sot Jerizalèm, yo t’ap di: "Se Bèlzeboul li genyen nan tèt li, se gras a chèf demon yo l’ap chase demon yo". Li rele yo, li di yo an parabòl: "Kijan Satan kapab chase Satan? Si yon peyi wa divize anndan l’, peyi wa sa a pa kapab kanpe. Si yon kay gen divizyon anndan l’, kay sa a pa kapab kanpe. Konsa si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa kapab kanpe, li jwenn finisman l’ (Mak 3, 22ss). Se yon gwo mesaj pou nou menm kretyen k’ap lite pou sa ki byen sou tè a. Si yo akize Jezi ki bwa vèt la, kisa yo p’ap fè ak nou ki se bwa sèk la? Men nou gen espwa ke viktwa a se pou nou menm’ ki mete konfyans nou nan sila ki gen tout pouvwa a, ki se Bondye renmen an. Jan sen Pòl di nou: Jezikri sèvi entèmedyè Nouvo Kontra a, pou gras a lanmò l’ ki rive pou redanmsyon peche ki te fèt sou Ansyen Kontra a , moun yo rele nan eritaj tout tan an yo resevwa pwomès la. Nou gen espwa Bondye p’ap janm kite nou pou kont nou, se sa ki fè n’ap lite pou lavi, renmen ak lacharite kapab tabli nan fanmi nou ak nan sosyete a. LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ba nou fòs ak kouraj pou nou ranpli devwa nou kòm patizan Kris la, pou nou kapab defann lavi, menm si gen anpil moun k’ap kritike n’,

-48-

Sous Lav¡ k’ap di tèt nou pa dwat. Nou konnen sajès mond lan se yon van kontrè pa rapò a sajès Lepri w’ la. Se pou sa n’ap mande ede nou chèche fè w’ plezi pito olye n’ap fè mond lan plezi. PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap fè sa m’ kapab pou ede yon moun sòti nan soufrans. MADI

24

Koulè Blan

FRANSWA DE SAL, KI SEN, Evèk e Savan sakrE Legliz la (Memwa) PREMYE LEKTI

«Men m’ap vini, Bondye, pou m’ fè volonte ou» LEKTI LÈT EBRE YO 10, 1-10 Frè m’ yo : Lalwa a, se lonbraj byen yo k’ap vini an li genyen, se pa vrè pòtre bagay yo, chak ane se menm sakrifis yo yo t’ap ofri san rete, li pa kapab fè moun k’ap pwoche l’ konsa yo vin kòrèk nèt; otreman yo ta sispann ofri, si moun k’ap ofri sakrifis yo pa t’ gen okenn konsyans peche ankò antan yo pwòpte yon fwa pou tout; men nan sakrifis sa yo se souvni peche yo yo fè chak ane. Sèke san towo ak bouk pa kapab wete peche yo. Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè a, li di : «Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou te pare pou mwen ; sakrifis yo boule pou peche, sa pa t’ fè ou plezi, lè sa a atò mwen di: «Men m’ap vini: nan tèt liv la yo ekri osijè m’, Bondye, pou m’ fè volonte ou».

Li di pi wo : «Sakrifis ak kado ak sakrifis yo boule pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa yo konn ofri daprè lalwa a, sa pa t’ fè ou plezi, epi aprè sa li di: «Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou». Li wete premye a, pou l’enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a nou vin sen gras a kado kò Jezikri ki ofri tèt li yon fwa pou tout. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 39, 2 e 4ab. 7-8a. 10. 11 (r.: 8a e 9a) R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.

Se pa ti kras tann mwen t’ap tann Granmèt la, li panche sou mwen. Li mete yon kantik nouvo nan bouch mwen, yon kantik pou Bondye nou an.R. Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R. Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a ; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R. Jistis ou a mwen pa kache l’ nan kè m’, verite ou la ak sekou w’ la, mwen di l’. Mwen pa kache mizerikòd ou a ak verite ou bay gran rasanbleman an.R. LEVANJIL «Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ak sè m’ak manman m’». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 3, 31-35 Lè sa a: Manman Jezi ak frè l’ yo rive ; yo kanpe deyò a, yo voye kote l’ pou

-49-

Sous Lav¡ yo rele l’. Te gen yon foul ki te chita alantou l’, yo di l’: «Men manman ou ak frè ou yo deyò a y’ap chèche ou». Li reponn yo, li di: «Kilès ki manman m’ ak frè m’?» Li vire gade alantou l’, sa yo ki te chita toutotou l’ yo, li di: «Men manman m’ ak frè m’ yo. Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, n’ap kontanple, kote yon pakèt moun bò lakay li anviwonnen Jezi: zanmi li yo, paran li yo sòti Nazarèt, yo rive nan Kafanawòm. Men akòz kantite moun ki te antoure Jezi, paran li te oblije kanpe deyò e yo mande lòt moun pou rele Jezi pou yo. Yo di Jezi: «Men manman ou ak frè ou yo deyò a y’ap chèche ou» (Mak 3,31). Nan repons Jezi bay la, nou dekouvri li pa t’ rejte paran li yo. Jezi te kite yo pou li te reponn apèl Bondye e li montre kòman li te detache avèk yo pou li te ka ekzèse misyon li ak tout libète. Se pa paske li te meprize paran li yo, men se paske se pou Papa li te ye totalman. Sa Jezi mande disip li yo, li fè li tounen yon reyalite nan pwòp lavi pa li. Nan plas fanmi li sou latè a, Jezi chwazi yon fanmi espirityèl. Li gade sila yo ki chita bò kote li e li di yo: «Men manman m’ ak frè m’ yo. Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’» (Mak 3,34-35). Èske Jezi vle di nou moun ki paran li, se sèlman moun ki koute pawòl li ak atansyon? Non! Paran li se pa sila

yo ki koute, men sila a yo ki koute epi ki fè volonte Bondye: se sila yo ki frè, sè ak manman Jezi. Jezi ankouraje sila yo ki te chita la bò kote li ak tout lòt moun sou latè pou antre nan kominyon avèk li. Sèl fason pou nou reyalize kominyon sa a, se lè nou fè volonte Bondye. An menm tan tou, nou nou wè Jezi fè lwanj pou Manman li, Mari, li menm ki plen lagras pou tout tan akoz li te kwè nan Bondye ak nan pwomès Bondye. LAPRIYÈ: Jezi mwen vle antre nan gran fanmi w’ lan, tanpri ede m’ fè volonte Papa ou chak jou. PWOPOZISYON: Reflechi pou wè si mwen se yon sè, yon frè, oubyen yon manman pou Jezi. MÈKREDI Koulè Blan

25

KONVÈSYON PÒL KI SEN, Apot (Fèt) PREMYE LEKTI

“Leve, resevwa batèm, lave peche ou yo, antan ou priye non Jezi”. NAN TRAVAY APOT YO 22, 3-16 Jou sa yo: Pòl di pèp la: “Mwen se Juif, mwen fèt nan vil Tas, nan Silisi, men se nan vil Jerizalèm nan mwen resevwa edikasyon nan pye Gamalyèl, mwen resevwa ansèyman daprè verite lalwa papa yo, mwen te cho pou lalwa a, tankou nou tout jodi a; mwen te konn pèsekite chemen sa a jous nan lanmò, mwen te konn mare gason ak fi, mwen kondui

-50-

Sous Lav¡ yo nan prizon, jan chèf prèt yo sèvi m’ temwen, ni tout chèf yo, mwen te resevwa lèt nan men yo pou m’ al Damas kot frè yo, pou m’ kondui prizonye yo sot la vin Jerizalèm, pou yo kapab pini yo. Rive, pandan m’ap pwoche Damas, nan mitan jounen an, sanzatann, yon gran limyè vlope m’ sot nan syèl la, mwen tonbe atè, mwen tande yon vwa k’ap di m’: “Sòl, Sòl, pouki sa w’ap pèsekite mwen”? Mwen reponn: “Kilès, ou ye, Granmèt?” Li di m’: “Mwen se Jezi moun Nazarèt la, sa a w’ap pèsekite a”. Moun yo ki te avèk mwen an te wè limyè a, men yo pa t’ tande vwa moun nan ki t’ap pale avèk mwen an. Mwen di: “Ki sa pou m’ fè, Granmèt?” Li menm li di m’: “Leve, al Damas, lè w’a rive la, y’a di ou tout sa ou gen pou w’ fè”. Kòm mwen pa t’ wè akòz klète limyè sa a, se nan men moun yo ki t’ap vwayaje avèk mwen an yo kondui m’, konsa mwen rive Damas. Te gen yon moun yo rele Ananyas, yon mesye ki t’ap kondui tèt li daprè lalwa a, tout Juif yo ki te abite menm kote avèk li a, yo te rann li temwayaj, li vin kote m’, li kanpe kote m’, li di m’: “Sòl, frè m’, se pou ou wè”. Menm lè sa a, mwen wè l’. Li menm li di: “Bondye papa nou yo te mete ou davans daprè plan l’, pou ou konnen volonte l’, pou ou wè Sa a ki Kòrèk la, pou ou tande vwa l’ nan bouch li; paske w’ap sèvi l’ temwen devan tout moun osijè sa ou wè ak sa ou tande.

Epi koulye a, kisa w’ap tann? Leve, resevwa batèm, lave peche ou yo, antan w’ap priye non li”. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 116, 1.2 R/ Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la.

Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R. Paske li asire sou nou mizerikòd li a, verite Granmèt la dire pou tout tan.R. LEVANJIL “Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 16, 15-18 Lè sa a: Jezi parèt kot onz yo, li di yo: “Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati. Moun ki kwè epi ki batize, l’ap sove; men moun ki pa kwè, l’ap kondane. Men ki siy k’ap suiv moun ki kwè yo: o non m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale lang nouvo, y’ap kenbe sèpan, epi, si yo bwè yon pwazon, li p’ap fè yo anyen; y’ap poze men sou malad yo, y’ap geri”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON

Konvèsyon Sen Pòl se youn nan pi bèl temwayaj nou jwenn nan Labib la, ki montre nou kijan Jezi chanje kè, mantalite ak lavi moun. Nan okazyon fèt konvesyon Pòl la, n’ap di Bondye mèsi pou fason li te sèvi ak gwo gason sa a nan travay simaye bòn nouvèl la sou tè a. Kòm nou tout konn istwa a, Pòl se te yon Juif ki te

-51-

Sous Lav¡ vrèman jalou nan defann lalwa epi nan lite kont kretyen yo. Sou wout Damas, Jezi te rankontre ak li, e li te mande l’: poukisa w’ap pèsekite m’? ( Travay 26, 12-18). Aprè rankont sa a lavi Pòl te chanje nèt epi li te tounen yon vrè temwen, yon apot Jezikri, yon vrè disip-misyonè pou Granmèt la. Nan fèt jodi a, nou kapab sonje anpil lòt bagay sou lavi Apot la. Konvèsyon Pòl ede nou konprann kòman Jezi chanje kè ki pi rezistan yo. Chak fwa nou rankontre ak Jezi, se yon ekperyans ki ede n’ viv yon vre konvèsyon. Konvèsyon sa a toujou mache ak temwayaj nan fason n’ap viv pawòl Bondye a. LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki anseye tout tè a gras a prèch apot Pòl ki sen, tanpri, nou menm k’ap fete konvèsyon l’ jodi a, fè nou suiv modèl li pou nou rive kote ou, pou nou sèvi verite ou la temwen sou tè a. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Tankou Apot Pòl, m’ap kite Bondye chanje lavi m’ pou m’ ka gen yon pi bon relasyon ak pwochen mwen. JEDI

26

Koulè Blan

TIMOTE AK TIT KI SEN, EVÈK. Memwa PREMYE LEKTI

«Avèk tout lafwa a se pou nou kenbe deklarasyon esperans la, se pou nou youn fè atansyon lòt la, pou nou ankouraje nan charite a» LEKTI LÈT EBRE YO 10, 19-25 Frè m’ yo, antan nou gen asirans pou nou antre nan tanp la avèk san Jezikri a, se yon chemen nouvo ki vi-

van li louvri pou nou lè l’ travèse vwa l’ la, sa vle di chè l’ la, kòm prèt an chèf sou kay Bondye a; se pou nou pwoche avèk yon kè sensè nan tout lafwa a, antan kè nou fin pwòpte sot nan move konsyans la, antan kò nou fin lave ak dlo ki pwòp. Se pou nou kenbe deklarasyon lafwa nou an san febli (sa a ki te pwomèt la, li fidèl); se pou nou youn fè atansyon lòt la pou nou youn ankouraje lòt nan charite a ak bon aksyon yo, san nou pa lage gwoup reyinyon nou an, jan kèk gen abitid fè a, men se pou nou youn konsole lòt, sitou antan nou wè kijan jou a ap pwoche. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6 (r.: cf. 6) R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.

Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’. Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R. Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la. oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an? moun ki gen men l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R. Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men Bondye Sovè l’ la. Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.

-52-

Sous Lav¡ LEVANJIL

«Yo vini ak yon lanp, pou yo mete l’ sou yon etajè. Ak mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap mezire pou nou tou» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 4, 21-25 Lè sa a: Jezi t’ap di foul la: «Èske yo vini ak yon lanp, pou yo mete l’anba yon bokit oubyen anba kabann? Èske se pa pou yo mete l’ sou yon etajè ? Pa gen anyen ki kache ki p’ap parèt ; ni pa gen yon bagay ki kache, men se pou l’ vin aklè. Si yon moun gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande». Li t’ap di yo : «Gade byen sa n’ap koute. Ak mezi nou mezire a, y’ap mezire pou nou tou, epi y’ap mete an plis pou nou. Sèke moun ki genyen, y’ap ba li ; men moun ki pa genyen, menm sa l’ genyen an, y’ap wete l’ sot nan men li». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, Jezi ap eksplike nou sekrè Wayòm nan. Li pale sou yon ton ki montre nou ke enèji ki nan Pawòl Bondye a, fòs ki dwe anime mond la, se tankou yon limyè ke yo pa kapab mete anba kabann. (Mak 4,21). Èske nou imajine nan ki degre pou yon moun ta egare pou li ta limen yon bouji epi mete li anba yon kabann ? Kretyen avèk yon limyè ki tenyen oubyen yon limyè k’ap briye epi avèk entèdiksyon pou klere ! Se sa ki rive nou lè nou pa mete tout konesans nou ak lanmou nou nan sèvis

lafwa a. Nou vrèman aji kont lanati, lè nou pliye sou nou menm pou nou defann ti enterè pèsonèl nou sèlman antan nou bliye lòt yo ekziste ! Lè sa nou viv anba kabann ! Nou vin tounen moun ki imobil. Okontrè, Levanjil la fè nou pran elan nan yon flanm lanmou ki bezwen eksprime li, ki bezwen fè konnen li, ki pote yon ekzijans kwasans pèsonèl, matirite enteryè, ak sèvis lòt yo. Sen Ogisten di nou: «Si ou di: Ase! Ou mouri! ». Nou pa dwe janm mezire ni peze lanmou! «Si yon moun gen zòrèy pou tande, se pou li tande! Li di yo tou: «Fè atansyon ak sa n’ap tande!» (Mak 4, 23-24). Men, kisa sa vle di tande? Se kesyon sa a ke nou dwe poze tèt nou. Se lè nou sensè avèk Bondye ki ekzije pou li konnen vrèman kisa nou vle fè. Pou nou konnen sa, nou dwe aprann koute: Fòk nou prete anpil atansyon ak sa Bondye ap di nou. Fòk nou antame dyalòg avèk li. E konvèsasyon an mete fen nan kalkil matematik: « Men mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se avèk li y’ap mezire nou tou. Paske moun ki genyen, li va resevwa plis e mou ki pa genyen, menm ti sa ki nan men li yo va wete» (Mak 4,24-25). Bondye konble nou ak richès gras li pou nou kapab aprann pataje ak sila yo ki pa gen anyen. LAPRIYÈ: Granmèt, fè nou konsève kè kontan nou jwenn nan Pitit ou a, ki vin delivre nou an. Amèn.

-53-

Sous Lav¡ PWOPOZISYON: Reflechi sou

kijan mwen jere lanp lafwa mwen ak limyè lagras batèm mwen. VANDREDI Koulè Vèt

27

PREMYE LEKTI

«Se yon gran batay nou sipòte. Pa pèdi konfyans nou an» LEKTI LÈT POU EBRE YO 10, 32-39 Frè m’ yo : Sonje jou lontan yo, lè nou te fèk fin resevwa limyè a, nou te sipòte soufrans gran batay ; yon lè yo fè nou sèvi jwèt ak wont ak tray, yon lè menm nou santi nou asosye avèk sa yo k’ap sibi tretman sa yo. Reyèlman nou te soufri ansanm avèk sa yo ki te prizonye yo, nou kite yo pran byen nou yo ak kè kontan, nou konnen nou gen richès ki pi bon, k’ap dire. Konsa pa pèdi konfyans nou an, ki gen gran rekonpans la. Pasyans la nesesè pou nou, pou nou resevwa pwomès la antan nou fè volonte Bondye. Yon ti moman ankò sa a k’ap vini an ap rive, li p’ap mize. Moun ki kòrèk mwen an, li viv ak lafwa; si l’ rale kò l’, li p’ap fè m’ plezi. Nou menm menm nou pa moun k’ap rale kò nou pou nou pèdi, men se moun lafwa pou nou gen lavi a. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 36, 3-4. 5-6. 23-24. 39-40 (r.: 39a) R/ Sove moun ki kòrèk yo ap sove a se nan Granmèt la li sòti.

Espere nan Granmèt la, fè sa k’ bon, w’ap abite tè a, w’ap manje ak konfyans.

Jui nan Granmèt la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R. Renmèt Granmèt la chemen ou yo, espere nan li, se li menm k’ap aji; l’ap fè jistis ou leve tankou limyè, ak jijman ou tankou midi.R. Se Granmèt la ki asire demach yon moun, l’ap vòltije sou chemen l’. Lè l’ tonbe, li p’ap kraze, paske Granmèt la soutni men l’.R. Sove moun ki kòrèk yo ap sove a se nan Granmèt la li sòti, li sèvi yo pwoteksyon nan tan tray la. Granmèt la ap ede yo, l’ap delivre yo, L’ap delivre yo sot nan men pechè yo, l’ap sove yo, paske yo espere nan li.R. LEVANJIL «Li fin lage semans la, li dòmi, epi semans la devlope, san l’ pa konnen» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 4, 26-34 Lè sa a : Jezi t’ap di foul yo: «Se konsa peyi wa syèl yo ye, tankou yon moun k’ap voye semans la nan tè a, aprè sa, li dòmi, li leve, lannuit ak lajounen, epi semans la jèmen, li devlope, san li menm li pa konnen. Aprè sa tè a donnen fwi : tou dabò se fèy, aprè sa se zepi, anfen se plen ble nan zepi a. Lè l’ donnen fwi, menm lè a li voye sèpèt, paske se rekòlt la». Li t’ap di : «Ak ki sa nou ta konpare peyi wa Bondye a? oubyen ak ki parabòl nou ta konpare l’? Se tankou yon grenn seneve, lè yo simen l’ nan tè a, li pi piti pase tout semans ki nan

-54-

Sous Lav¡ tè a; lè yo fin simen l’, li monte, li vin pi gran pase tout legim yo, li fè gran branch, atèl pwen zwazo syèl yo kapab abite anba lonbraj li». Se ak anpil parabòl konsa li t’ap anonse yo pawòl la, nan mezi yo te kapab koute ; men li pa t’ pale ak yo san parabòl. Men pou disip li yo menm li te konn eksplike tout bagay apa pou yo. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON

Jodi a, Jezi pale ak moun yo sou yon eksperyans ke yo abitye fè : «yon moun k’ap voye semans la nan tè a (…) ; epi semans la jèmen, li devlope. Aprè sa tè a donnen fwi : tou dabò se fèy, aprè sa se zepi, anfen se plen ble nan zepi a.» (Mak 4,26-28). Lè li pwononse pawòl sa yo, li fè referans ak Wayòm Bondye a, ki se «sentete ak lagras, Verite ak Lavi, jistis, lanmoun ak kè poze» ke Jezi vin pote pou nou. Wayòm sa a, li dwe tounen yon reyalite nan lavi nou chak ak nan mond la. Nan nanm chak kretyen, atravè batèm nan, Jezi te simen lagras, sentete, verite… Nou dwe fè semans sa a grandi pou li ka donnen bon zèv: sèvis ak lanmou, bon kè, sakrifis pou nou fè devwa nou chak moman epi pou nou pote kè kontan bay sila yo ki antoure nou, lapriyè san pran souf, padon ak konpreyansyon, jefò pou devlope talan Bondye ba nou, kè kontan… Se konsa, Wayòm Bondye a ki manifeste nan lavi nou kapab rive nan

fanmi nou, nan kominote nou, nan sosyete a epi toupatou. Paske moun ki viv valè Wayòm nan, «se moun k’ap prepare chemen Granmèt la, pou fòs lagras la kapab penetre li, pou limyè verite a kapab klere li, pou fè chemen ki mennen kay Bondye yo vin dwat» (Sen Gregwa Le Gran). Semans la kòmanse tou piti, tankou «yon ti grenn seneve: lè yo simen li, li se grenn ki pi piti nan tè a. Aprè sa li grandi pou pou tounen yon gwo pye bwa» (Mak 4,31-32). Lè fòs Bondye anvayi nou, li fè nou grandi yon fason enkwayab. Tankou nan tan premye patizan li yo, Jezi ap mande nou jodi a pou nou fè Wayòm li a devlope atravè lemond. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè semans pawòl a nou resevwa chak jou nan lavi nou an kapab grandi pou pote kalite fwi ou vle a. Amèn. PWOPOZISYON: Jodi a m’ap manifeste Wayòm Bondye a, atravè yon souri oubyen yon aksyon solidè.

SAMDI

28

Koulè Blan

TOMA DAKEN KI SEN, Prèt ak Savan Sakre Legliz la (MEMWA) PREMYE LEKTI: Sajès

7, 7-10. 15-16 Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'.

-55-

Sous Lav¡ Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou. Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache. Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa. Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste. Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè? Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS : Sòm 118, 9. 10. 11. 12. 13. 14 (r.: 12b) R/ Aprann mwen desizyon ou yo, Granmèt.

Kòman pou yon jenòm kapab nèt nan chemen l’ ? Antan l’ kenbe pawòl ou yo.R. Ak tout kè m’ mwen te chèche ou, pa kite m’ pèdi wout lwen kòmandman ou yo.R. Nan kè m’ mwen kache pwomès ou yo, pou m’ pa fè peche kont ou.R. Konpliman pou ou, Granmèt aprann mwen desizyon ou yo.R. Nan bouch mwen mwen detayé tout jijman bouch ou yo.R. Nan wout temwayaj ou yo mwen jwenn plezi m’ tankou nan tout kalite richès.R.

LEVANJIL

«Moun ki desann tèt li, y'a leve li.» MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 23, 8-12 Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè. Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la. Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an.Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON

Moun ki bese tèt, yo va fè l’ leve l’. Jodi a, n’ap sonje Sen Toma d’Aken (1225-1274); li te manb kominote relijye ke yo rele «Lòd Prechè yo», li se pè ak Savan sakre Legliz la. Li te pase tout lavi li ap etidye epi anseye tewoloji katolik, antan li te konsyan de kalite sèvis li t’ap rann lafwa a, Legliz la ak limanite. Li te rann lafwa sèvis: Tewoloji, se pa envante lafwa, se pa entèprete li nan fason pa nou. Tewolojyen an, li baze sou lafwa Legliz la e li eseye konprann li nan vrè sans li, e lè li rive dekouvri vrè sans li, sa pèmèt li rekonsilye li ak syans la ak kilti epòk la, san li pa defòme li. Sen Toma, patwon filozòf yo, te konprann trè byen tout panse ki mete Bondye sou kote, oubyen ant paran-

-56-

Sous Lav¡ tèz, se panse ki mennen moun nan echèk total, se pou sa li te montre ki bèl relasyon ki dwe genyen ant relijyon an ak filozofi a. Lè li aji nan fason sa a, tewolojyen rann limanite yon gwo sèvis, puiske li ede li antre ak matirite nan konpreyansyon pawòl Bondye a; Pawòl sa se Jezikri menm, delivrans limanite. Sen Toma te konprann li trè byen e li te pratike li. Pawòl sa yo ke nou jwenn nan Levanjil nou li nan okazyon fèt li a byen makonnen ak reyalite lavi Sen Toma: «Nou gen yon sèl chèf, se Kris la» (Mt 23,10). Se pa t’ yon bagay ki te toujou fasil. Li te lite kont sila yo ki te vle fè filozofi grèk la pase avan lafwa a. Pèsonn pa doute sou nouvote filozofi sa a te pote. Toma pa t’ janm fè panse Aristòt la pase avan lafwa; okontrè li te toujou mete lafwa nan premye plas. Se yon nèg ki te respekte otorite Legliz la, e li mouri antan li ta prale nan yon gwo rankont ki t’ap fèt kote yo rele Lyon (nan peyi Lafrans), kote pap ki te la a te envite li patisipe. Li te konsyan ke travay li kòm tewolojyen te rann gwo save ak moun ki senp yo anpil sèvis. Nan entwodiksyon gwo liv tewolojik li te ekri a (‘Sòm Tewolojik’), li te mansyone: «Entansyon mwen, se pale sou relijyon Kris la yon fason pou tout moun k’ap antre ladan kapab konprann li san difikilte». Dènye mo nou li nan Levanjil nou li nan okazyon fèt Toma a, se:

« Moun ki bese tèt li, yo va leve li» (Mat 23,12). Toma d’Aken te bese tèt li antan li soumèt li devan Bondye, devan Legliz la ak nesesite lèzòm; se pousa li merite pou yo leve li anlè. Se sa menm nou fè lè nou sonje li. LAPRIYÈ: Bondye, Toma sen. Ou fè l’ jwenn konsiderasyon nan kalite ou ba li. Li te met aktivite pou l’ vin sen. Li te met tout kè l’ pou ansèyman sakre a. Tanpri, fè nou fikse entelijans nou sou sa li te aprann nou an. Fè nou pran modèl sou konduit li te genyen an. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: M’ap pran yon moman nan jounen an pou mwen gade si gen amoni ant sa mwen kwè ak sa m’ap viv.

DIMANCH Koulè Vèt.

29

PReMYE LEKTI

"Se yon pèp ki pòv, ki malere m’ap kite nan mitan ou". NAN LIV PWOFÈT SOFONI 2, 3; 3, 12-13 Chèche Granmèt la, nou tout pòv yo sou tè a, k’ap reyalize jijman l’ nan; chèche sa k’ kòrèk la, chèche sa k’ tou dou a, pou nou kapab ret kache jou kòlè Granmèt la. Se yon pèp ki pòv ki malere m’ap kite nan mitan ou, y’ap espere o non Granmèt la. Rès Izrayèl yo p’ap fè sa k’ pa kòrèk, yo p’ap di manti, yo p’ap jwenn lang manti nan bouch yo, pas-

-57-

Sous Lav¡ ke y’ap jwenn manje, y’ap enstale, p’ap gen pèsòn k’ap fè yo sote". Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc. 10 (r.: Mt 5, 3) R/ Ala kontantman pou moun ki pòv nan espri a, paske se pou yo peyi-wa syèl yo ye.

Li menm ki kenbe verite a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, li bay sa k’ grangou yo manje, Granmèt la defèt chenn yo.R. Granmèt la klere avèg yo, Granmèt la leve sa k’ tonbe yo, Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R. Òfelen an ak vèv la, li soutni yo, men wout pechè yo, li gaye l’. Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye ou la, Siyon pou jenerasyon ak jenerasyon.R. DEZYÈM LEKTI "Se sa k’ fèb sou tè a Bondye chwazi".

Se li menm ki fè nou kichòy nan Jezikri, Jezikri sa a ki vin tounen sajès pou nou sot nan Bondye ak jistis ak sa k’ap fè nou vin sen an, ak redanmsyon; konsa, daprè sa k’ ekri a: "moun k’ap leve tèt li, se nan Granmèt la pou l’ leve tèt li". Pawòl Granmèt la. LEVANJIL "Ala kontantman pou pòv yo nan espri a". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DA-

5, l-12a Lè sa a: Jezi wè foul yo, li monte sou mòn nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’. Li louvri bouch li, li kòmanse ba yo ansèyman, li di: "Ala kontantman pou moun ki pòv yo nan espri a, paske se pou yo peyi wa syèl yo ye. Ala kontantman pou moun ki dou yo, paske se yo menm k’ap posede tè a, Ala kontantman pou moun k’ap kriye yo, paske y’ap konsole, Ala kontantman pou moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske y’ap NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN jwenn kont yo. POU KORENTYEN YO 1, 26-31 Ala kontantman pou moun ki gen "Gade nan ki sa yo rele nou, frè m’ mizerikòd yo, paske y’ap jwenn miyo; sèke pa gen anpil saj daprè chè zerikòd. a, ni anpil moun ki gen pouvwa, ni Ala kontantman pou moun ki gen anpil moun ki sot nan gran ras. kè yo nèt yo, paske y’ap wè Bondye, Men se sa k’ fou sou tè a Bondye Ala kontantman pou moun k’ap chwazi, pou l’ fè saj yo wont; se sa k’ travay pou lapè a, paske y’ap rele yo sou tè a Bondye chwazi, pou l’ fè sa pitit Bondye. k’ fò yo wont; se sa k’ san konsiderasAla kontantman pou moun k’ap yon ak sa yo meprize sou tè a Bondye soufri pèsekisyon poutèt jistis la, paschwazi, ak sa k’ pa anyen, pou l’ detui ke se pou yo peyi wa syèl yo ye. Ala kontantman pou nou, lè y’ap sa k’ kichòy yo, pou okenn moun pa fè grandizè devan fas li. madichonnen nou, lè y’ap pèsekite -58PRÈ MATYE KI SEN

Sous Lav¡ nou, lè y’ap di tout kalite sa k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti, akoz mwen, fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl yo". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Ala kontantman pou moun ki pòv yo nan espri-a…»

Jodi a, nou li yon Levanjil ke tout moun konnen, men ki pa janm sispann etone nou. Avèk diskou sa, Jezi ofri nou yon modèl lavi pou nou suiv, yon seri vale moral ke li panse nou vrèman bezwen pou nou viv ak kè kontan. San nou pa doute, nou kwè kè kontan se bagay tout moun ap chèche nan lavi a. Men si nou ta mande moun yo kòman y’ap chèche kè kontan an, oubyen ki kote y’ap chèche li, nou ta jwenn anpil repons diferan. Kèk moun ta di nou, nan lavi fanmi yo, yon lavi byen anrasinen; kèk lòt ta di nou, nan lasante ak nan travay yo; dòt menm ta di nou nan zanmitay ak nan plezi,…, e sila yo menm ki sibi enpak sosyete nou an ki si tèlman renmen konsome a, yo ta di nou kè kontan pa yo se nan lajan, pou yo ka achte tout sa ki fè yo plezi, e sitou pou yo rive nan dènye nivo echèl sosyete a. Sa Jezi pwopoze nou jodi a pa fòseman sa mond la ofri nou jodi a. Granmèt la di nou, "Ala kontantman pou pòv yo nan espri a, pou moun ki dou yo, pou moun k’ap kriye yo, pou moun ki grangou, pou moun ki gin mizerikòd yo, pou moun ki gin kè

yo nèt yo, pou moun k-ap travay pou lapè a, pou moun k-ap soufri pèsékision poutèt jistis la…" (Mt. 5,3-11). Mesaj sa Granmèt pote a, se pou moun ki vle fè detachman, moun ki senp, moun ki swaf jistis, moun ki santi pwoblèm pwochen yo konsène yo, e ki kite tout lòt bagay yo sou kote. Se Sen Bazil ki di nou: «Nou pa dwe jalou ni pou richès moun rich la, ni pou nèg ki gen gwo pouvwa ak otorite a, ni pou nèg ki gaya ki gen anpil fòs la (…). Avantaj sa yo la pou sèvi byennèt moun lè yo byen itilize yo, nan yo menm yo pa fè kè moun nan kontan. LAPRIYÈ: Granmèt, Bondye nou, fè nou favè, pou nou respekte ou ak tout kè nou, epi pou nou renmen tout moun avèk santiman ki kòrèk. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Si m’ gen yon avantaj nan sosyete a, mwen pa itilize li pou eksplwate moun, m’ap ilize li pou mwen ede pwochen mwen. LENDI

30

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

"Gras a lafwa yo ranpòte laviktwa sou rèy yo, Bondye prevwa kichòy pi bon pou nou". NAN LÈT POU EBRE YO 11, 32-40 Frè m’ yo: Kisa pou m’ ta di ankò? Sèke mwen pa gen tan pou m’ ta rakonte istwa Je-

-59-

Sous Lav¡ deyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak pwofèt yo. Yo menm ki ranpòte viktwa sou peyi wa yo gras a lafwa yo a, yo reyalize jistis la, yo resevwa pwomès yo, yo fèmen bouch lyon yo, yo etenn chalè dife, yo chape anba fè epe a, yo geri sot nan maladi, yo vanyan nan lagè, yo fè lame moun deyò yo vire do yo. Medam yo resevwa mò yo ki resisite. Dòt menm malgre yo fè yo pase mati, yo pa aksepte3 yo lage yo, pou yo te kapab jwenn rezireksyon an ki pi bon an. Dòt menm ankò kite yo eseye yo antan yo pase yo nan jwèt, antan yo ba yo kout fwèt, menm ak chenn ak prizon; yo kalonnen yo ak kout wòch, yo siye yo an de, yo tante yo, yo fè yo mouri ak kout epe, yo mache san direksyon, yo abiye ak po mouton ak po kabrit, yo grangou, yo gen kè sote, yo pase tray, tè a pa t’ merite resevwa yo; yo mache nan dezè yo san che¬ men, nan mòn yo, nan twou wòch yo ak nan twou tè a. Tout moun sa yo te eseye pou temwayaj lafwa a, yo pa t’ resevwa pwomès la, Bondye te prevwa kichòy ki pi bon pou nou, pou yo pa t’ fin kòrèk nèt san nou. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 30, 20. 21. 22. 23. 24 R/ Se pou kè nou pran kouraj, nou tout ki espere nan Granmèt la.

Ala anpil yo anpil kantite dousè ou, Granmèt, sa ou kache pou moun ki

krenn ou yo. Ou reyalize yo pou sa yo ki espere nan ou yo, devan fas pitit moun yo.R. Ou kache yo nan kachèt fas ou a, devan tranzaksyon moun yo; ou pwoteje yo nan tant la, lwen lang yo k’ap demanti yo.R. Konpliman pou Granmèt la, paske li montre mèvèy mizerikòd li pou mwen nan yon vil ki byen pwoteje.R. Kanta mwen menm mwen te di nan twò prese m’ nan: "Ou wete m’ sot devan je ou". Vrèman ou koute vwa priyè m’, pandan mwen rele kote ou.R. Renmen Granmèt la, tout sen l’ yo; Granmèt la pwoteje fidèl yo, l’ap pini moun k’ap leve tèt yo byen pini.R. LEVANJIL "Pati, espri papwòp, sot nan mesye a". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 5, 1- 20 Lè sa a: Jezi rive avèk disip li yo lòt bò lanmè a nan rejyon Gerazenyen yo. Kon l’ sot nan batiman an, menm lè a gen yon mesye ki kouri sot nan kavo yo, li te gen yon lespri papwòp, se nan kavo yo li te rete, menm ak chenn pèsonn pa t’ kapab reyisi mare l’; paske anpil fwa, yo te mare l’ak wonn fè ak chenn, li te kase chenn yo, li te kraze wonn fè yo, pèsonn pa t’ kapab donte l’. Tout tan lajounen ak nannuit, li te ret nan kavo yo ak nan mòn yo li t’ap rele byen fò, li t’ap blese kò l’ak wòch.

-60-

Sous Lav¡ Lè l’ wè Jezi depi byen lwen, li gen pitye pou ou". Li pati, li kòmanse kouri, li adore l’. Li rele byen fò, li di: preche nan Dekapòl la tout sa Jezi te "Kisa k’ genyen ant mwen menm ak fè; tout moun te sezi. ou menm, Jezi, Pitit Bondye ki anwo An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl nèt la? Mwen sipliye ou pa pouvwa Bondye a. REFLEKSYON Bondye, pa fè m’ pase mati". Sèke li Levanjil jodi a envite nou afwonte t’ap di l’: "Pati, espri papwòp, sot nan fòs mal la. Jezi fèk sòti nan batiman mesye a". Li t’ap poze l’ kesyon: "Ki an lè mesye ki te gen lespri papwòp non ou?" Li di l’: "Se lejyon yo rele la kouri sòti nan kavo a. Ak pouvwa m’, paske se anpil nou ye". Li t’ap Papa a ba li, Jezi rive kontwole vye priye l’anpil pou l’ pa chase l’ sot nan lespri ki te nan nèg sila a. Sa mwen rejyon an. vle aprann nou jodi a, frè m’ak sè m’ Nan kote sa a, sou mòn nan, te gen yo, satan entelijan anpil, li toujou sou yon bann kochon, yo te anpil, yo t’ap twonpe moun. Fòk nou fè anpil atanmanje. Lespri yo sipliye l’, yo di: syon pou n’ kapab fè diferans ant fòs "Voye nou nan kochon yo, pou nou mal la ak fòs byen an. Sen Inyas ki se fondatè Jezwit yo antre nan yo"; Menm lè a Jezi ba yo pèmisyon. Lespri papwòp yo sòti, yo envite nou nan gwo ekzèsis espirityèl antre nan kochon yo, ak yon gran fòs ke l’ bay Legliz la pou n’aprann fè bann nan plonje nan lanmè a, yo te disènman lespri, sa vle di aprann konnen ke fòs mal la ka parèt sou plizyè anviwon de mil konsa, yo toufe nan fòm paske wòl li se twonpe moun. lanmè a. Nan Levanjil jodi a, nou jwenn yon Moun yo ki t’ap gadiyen yo, yo Jezi ki ase entelijan ki rekonèt move kouri, y’al pot nouvèl nan vil la ak lespri a ki te nan nonm nan. Li chase nan jaden yo. Moun yo sòti, pou yo fòs mal la epi li te voye yo sou kowè ki sa k’ te rive. Yo vin kot Jezi, chon yo. Jezi te debarase nèg sa anba yo wè mesye a demon an te konn ap pouvwa mal la ki te vle fini ak nanm maltrete a, li te chita, abiye, ak lespri li. Nou se pitit Bondye: fòs mal la l’ kòrèk, yo sezi. Moun yo ki te wè a, p’ap janm ka gen pouvwa sou nou. yo rakonte yo sa k’ te rive mesye a ki Men pou sa fèt frè m’ ak sè m’ yo, fòk te gen demon an, epi kesyon kochon nou pa nan yon pye deyò, yon pye yo. Yo kòmanse mande l’ pou l’ pati anndan, fòk nou sèvi Bondye ak tout sot nan tèritwa yo. nou menm. Si se pa sa, lè satan vini Pandan l’ap monte nan batiman pou l’ devore nou ak tout kalite pian, mesye a demon an te konn ap chon, Papa a ki nan syèl la p’ap janm mal¬trete a priye l’, pou l’akonpaye ka pran defans nou. Bondye jalou, li l’. Li pa aksepte l’, men li di l’: "Al pa renmen moun k’ap sèvi l’ e k’ap lakay ou kot moun ou yo, anonse yo sèvi dyab la. Nou dwe fè jefò pou n’ tout sa Granmèt la fè pou ou, kijan l’ pa janm kite nou tonbe nan pyèj dyab -61-

Sous Lav¡ la, k’ap ofri nou tout bèl bagay; aprè sa pou l’ kapab manje nou, menm jan li te vle devore nèg sa ki te gen move lespri sou li a. Si nou byen konprann, nan levanjil la, Mak di nou ke nonm sa se nan kavo yo li te rete, sa vle di tout moun ki fè chemen dyab la, rezilta li jwenn se lanmò. Sèl Bondye lavi a ki ka sove nou anba grif dyab la ki pa gen lòt lide nan tèt li ke manje tout pitit Bondye. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, m’ap mande w’ souple pou w’ delivre m’anba fòs fènwa lanmò ki vini pou touye m’. Ou menm ki se Bon¬dye lavi a, pa kite traka lavi a fini avè m’. Ou te di moun ki fè volonte w’ ap toujou gen laviktwa sou fòs mal la. Tanpri fè m’ gras: kache m’, kouvri m’, sere m’anba zèl ou. Mwen mande w’ sa nan non Jezi, Pitit ou a ki pote laviktwa an premye sou lanmò a. Amèn. PWOPOZISYON: Ou p’ap ka sèvi 2 Bondye ansanm. Swa ou pou Bondye oubyen ou pou Satan. Men fòk ou konnen rezilta pitit pa Bondye yo se lavi pou tout tan, e rezilta pitit pa satan yo se lanmò ak traka. MADI

31

Koulè Blan

SEN JAN BOSKO, PRÈT. Memwa PREMYE LEKTI

"Avèk pasyans, se pou nou kouri nan batay la ki pare pou nou an". NAN LÈT POU EBRE YO 12, 1-4 Frè m’ yo: Nou menm ki gen yon si gran kantite nyaj temwen, se pou nou lage tout

chay ak peche k’ap anbarase nou, pou nou kouri avèk pasyans nan batay la ki pare pou nou an, antan n’ap gade lotè lafwa nou an, Jezikri ki fè lafwa a vin kòrèk nèt la, li menm, yo te prezante kè kontan devan l’, men li te sipòte lakwa a, li te meprize wont la, li chita adwat Bondye. Sonje sa a ki te sipòte kontraryete pechè yo te drese kont li a, pou nou pa kite feblès pran nanm nou. Nou pa ko reziste ankò jous nan san, antan n’ap batay kont peche a. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 21, 26b-27. 28 e 30. 31-32 R/ Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, sa yo k’ap chèche w’ la.

M’ap regle sa m’ te pwomèt yo devan moun ki krenn li.Se pou pòv yo manje, se pou yo gen vant plen, y’ap fè lwanj Granmèt la, sa yo k’ap chèche l’yo. "Se pou kè yo viv pou tout tan gen tan".R. Y’ap sonje, y’ap tounen kot Granmèt la tout limit tè a, y’ap adore devan l’ tout fanmi nasyon yo.Paske peyi wa a se pou Granmèt la, l’ap kòmande nasyon yo.Se li menm sèl y’ap adore, tout sa k’ap dòmi nan tè a.R. Nanm mwen ap viv pou li, ras mwen ap sèvi l’.Y’ap pale osijè Granmèt la bay jenerasyon k’ap vini an, y’ap anonse jistis li a bay pèp la k’ap fèt la: "Se bagay sa yo Granmèt la te fè".R. LEVANJIL "Ti fi, mwen di ou, leve".

-62-

Sous Lav¡ MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN

5, 21- 43 Lè sa a: Kòm Jezi te travèse ankò nan batiman an lòt bò lanmè a, gen yon gran foul ki vini jwenn li; li te bò lanmè a. Gen youn nan chèf sinagòg yo ki rive, yo te rele l’ Jayi; lè l’ wè l’, li tonbe nan pye l’; li t’ap priye l’anpil, li t’ap di: "Pitit fi m’ nan prèske mouri; vini, poze men sou li, pou l’ kapab sove, pou l’ viv". L’ale avèk li, yon gran foul moun t’ap suiv li, yo t’ap kraze l’. Gen yon madanm, ki t’ap pèdi san depi douzan, li te deja konsilte anpil doktè ki te preskri l’anpil remèd, li te fin depanse tout richès li, men li pa t’ jwenn okenn rezilta, okontrè se pi mal li t’ap vin pi mal; lè l’ tande pale osijè Jezi, li vin nan foul la, dèyè, li touche rad li. Li t’ap di: Si o mwen mwen touche rad li, m’ap sove". Menm lè a sous san l’ nan tari, li santi nan kò l’ li te geri sot nan maladi a. Menm lè a Jezi rekonèt anndan l’ gen yon fòs ki te sòti nan li, li vire kot foul la, li t’ap di: "Kilès ki touche rad mwen an"? Disip li yo t’ap di: "Ou wè foul la k’ap kraze ou, epi w’ap di: "Kilès ki touche m’"? Men li vire pou l’ wè madanm nan ki te fè bagay sa a. Madanm nan menm te pè, li t’ap tranble, li te konnen sa k’ te pase nan li, li vini, li lage kò l’ de-

van l’, li di l’ tout verite a. Li menm menm li di l’: "Mafi, lafwa ou sove ou; ale ak lapè, se pou ou geri sot nan maladi w’ la". Pandan li t’ap pale toujou, moun yo vin kot chèf sinagòg la, yo di: "Ti fi w’ la mouri; pouki sa w’ap trakase Mèt la"? Jezi menm, lè l’ tande pawòl yo te di a, li di chèf sinagòg la: 'Pa pè; se pou ou kwè sèlman". Li pa pèmèt pèsòn suiv li, sof Pyè, Jak avèk Jan, frè Jak la. Yo rive nan kay chèf sinagòg la, kote li wè gen bwi, moun k’ap kriye, k’ap rele anpil. Li antre, li di yo: "Poukisa nou twouble, n’ap kriye? ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi". Yo t’ap pase l’ nan jwèt. Li menm menm, li mete tout moun deyò, li pran papa ak manman ti fi a epi moun yo ki te avèk li a; li antre kote ti fi a te kouche a. Li kenbe men ti fi a, li di l’: "Talita, koumi"; sa vle di: "Ti fi, mwen di ou, leve". Menm lè a ti fi a leve, li t’ap mache (li te gen douzan); yo te sezi yon gran sezisman. Li pase yo lòd sevè pou pèsonn pa konn sa; li di pou yo ba l’ manje. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo, nan lavi nou kòm kretyen fòk nou pa janm bouke te¬mwaye non Granmèt la, fòk nou pa janm sispann fè konnen lafwa nou nan pawòl nou yo ak nan aksyon n’ yo tou. Legliz la envite

-63-

Sous Lav¡ n’ sonje Agat ki sen, yon jèn fi ki t’ap viv nan peyi Sisil men ki te mete tout lavi l’ nan fè sa Granmèt la mande. Li te rive aksepte mouri nan tan pèsekisyon Dese nan lane 251 aprè Jezikri. Anpil fwa nan lavi nou, nou konn chache mennen ti lavi nou tou senp san n’ pa vle angaje nou nan denonse sa k’ mal yo pou n’ pa gen pwoblèm ak moun. Anpil fwa lè moun ap pale n’ mal, oubyen ap di nou sa yo vle fè ki mal, nou konn manke kanpe pou n’ pote limyè Pawòl Bondye a ba yo akòz lapèrèz. Granmèt la mande n’ pou n’ pale pou fè moun yo konnen sa k’ kòrèk, pou n’ tounen mesaje lapè kote n’ap viv, kote n’ap travay…. Si sa k’ap fè mal yo pa pè fè l’oubyen di nenpòt bagay, enben poukisa nou k’ pote pawòl delivrans lan nou refize mete limyè levanjil la anlè galata sosyete a pou l’ ka klere? Nan Levanjil la nou wè Jezi, Pitit Bondye a, ki vini pou l’ sove tout moun anba peche a, anba maladi kòporèl ak espirityèl, li pral leve yon jèn fi ki mouri. Se yon siy ki mon¬tre n’ nou dwe kòm kretyen chache dekouvri soufrans ak pwoblèm moun yo pou n’ pote delivrans pou yo. Men se pa pou kont nou n’ap fè bagay sa yo, paske pa janm gen kretyen ki travay pou kont yo. Nou fèt pou n’ viv chak jou ak konviksyon ke Jezi Pitit Bondye a vivan epi li nan nou menm. Nou fèt pou n’ viv nan lafwa n’, lafwa sa

a ki fè n’ toutan chache sa Bondye vle, ki fè n’ chache konprann Pawòl Bondye, epi kore n’ sou Pawòl la, kore n’ nan lapriyè epi nan sèvis nan kominote n’ap viv la espesyalman nan fanmi nou. Menm jan ak fanm ki t’ap pèdi san an, fòk nou aji lafwa n’ nan Jezi k’ap viv nan mitan nou, pou n’ konnen l’ kapab rezoud anpil pwoblèm nan sosyete n’ ki sanble dekouraje nou, ki sanble kraze fòs nou, ki sanble pa gen solisyon. Nan Jezi tout bagay posib, menm resisite moun mouri. Lafwa n’, si n’ mete l’an pratik n’ap rive transfòme anpil reya¬lite ki parèt enposib. Se pou n’aprann lage n’ nèt nan men Bondye, epi chèche sèvi l’ak tout kè nou pou n’ wè aksyon l’ yo aji nan nou menm. Se pou nouvo ane lafwa sa a ede n’ reflechi sou pwòp sans angajman n’ak Bondye pou n’ deside chak jou chanje sa k’ merite chanje epi travay nan tèt ansanm pou liberasyon kominote n’ap viv la. Amèn LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki te ban n’ Jezi kòm frè, kòm bon zanmi an ede n’ nan lane lafwa sa a pou n’ poze aksyon ki ede moun viv, ki ede moun pwoche pi pre w’, ki ede n’ chanje reyalite lavi pèp nou an. Amèn PWOPOZISYON: Pran yon jou pou vizite malad nan kominote kote w’ap viv la an gwoup, remèt pwoblèm moun yo nan men Granmèt la nan lapriyè ak lafwa epi wè kisa n’ kapab fè pou n’ chanje kondisyon malad la. -64-

Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf

Pap Franswa. (Tradiksyon/ Jacky Agéna). Page 3 of 64. Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf. Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In.

841KB Sizes 91 Downloads 264 Views

Recommend Documents

sous-vide-cooking-times-pdf.pdf
Page 1 of 4. Comprehensive Sous Vide Cooking Times, Temperature and Thickness Chart. When it comes to sous vide cooking, the most tricky thing to do is figure out the time and temperature range to use. for different foods. We have compiled a list of

Installation SSH sous Fedora.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Installation SSH ...

Sous Lavi jen 2016-pdf.pdf
Page 1 of 59. Page 1 of 59. Page 2 of 59. 6. 9. 7. 10. 8. Page 2 of 59. Page 3 of 59. 17. wlucb rbd3 ihe blowing ir .|id.F!t to@ dli.!!? (A) Irto.y. (B) Wpro. (c) N$il6 (D) n€lim. 18. Wbidh of ttE following is a ;ift Det€iins €lviMderr? (A) cu.

Sous Lavi-marzo 2016 pdf.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

sous-vide-cooking-times-pdf.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

sous lavi julio 2015.pdf
NAN YON GWO BAGAY TOU" (LC 16,10). Pawòl Bondye se yon sous k'ap koule pou tout moun ki swaf kapab bwè. Konsa, frè ak sè. m' yo, nou pa ka rete san ...

Sous Lavi-marzo 2016 pdf.pdf
nou tout mwayen pou nou vin jwenn li, se pou sa nou genyen sakreman yo,. espesyalman sakreman rekonsilyasyon oubyen la konfesyon. Pou nou kapab refè zanmitay nou ak Bondye, Legliz la envite nou pratike. zèv mizerikòd, tankou: bay bon konsèy, kons

Cooking Sous Vide (Thomas Keller Library)
Eleven Madison Park: The Cookbook · Sous Vide at Home: The Modern Technique for Perfectly Cooked Meals · Alinea · Sous Vide - the Art of Precision Cooking.

Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf
resevwa pa dwe pouse ogèy li. Okontrè se pou l' mete kado sa a nan sèvis. frè avèk sè li. Konsa, pèsonn pa bezwen fè jalouzi pou yon don li wè yon. lòt genyen ...

SOUS LAVI NOVANM 2015-ANE B.pdf
Plis toujou ou pran n' pou pitit ou, e. ou ban n' tout mwayen k' ap pèmèt nou rive nan lavi tou nèf ou pwomèt nou an. Tanpri,. Bondye Papa, voye Lespri ou a ban nou, pou n' pa kite kado ou yo gaspiye. Voye Lespri. w' la montre n' sèvi ak tout po

Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf
Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf. Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In. Main menu. Displaying Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf.

Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf
Whoops! There was a problem loading more pages. Whoops! There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf. Sous Lavi Me 2017-p

D Boullier Cables sous-marins revue RIS.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. D Boullier ...

Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf. Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In. Main menu.

Avoir-les-SEINS-NUS-sur-GTA5-ONLINE-!-(Sous-une-Chemise).pdf ...
Page 2 of 55. Pasaje Babilonia 10 Ciudad Mendoza. Tel: 0261 - 4237241. [email protected] www.cpmendoza.com. Cuando, por el contrario, no prestamos tanta atención a nuestra imagen ideal como a. los problemas que obstaculizan nuestro camino, se activ