Sous Lav¡ « LESPRI BONDYE A SOU MWEN» (LIK 4, 18) ».

Jezi revele ke li se Kris pèp Izrayèl la. Tankou tout lòt pwofèt yo, li se youn nan moun ki resevwa Lespri Bondye a pou pote limyè bay avèg yo; se pa yon limyè fizik, men se sitou yon limyè ki klere sou pa anndan, limyè ki klere kè ak entelelijans, limyè renmen, limyè verite a. Jezi se Sila Bondye chwazi, li sakre li, pou voye li kase tout chenn ki te mare pitit Bondye, pou libere tout prizonye, sa vle di moun ki te kokobe anba tout kalite maladi, ak moun ki pa t’ gen lapè nan lespri nan kè yo ak nan lespri yo akoz esklavaj peche a. Jezi se mesi a ki pote libète total, li vin montre tout moun kijan pou yo viv lib tout bon vre. Si Jezi ka pale konsa, li ka di ke Lespri Bondye a sou li, se paske anvan li te vini nan Sinagòg la nan Nazarèt, li te benyen nan dlo larivyè Jouden an ; se Jan Batis, kouzen li an ki te batize li, li resevwa nan abondans kado Lespri Sen an. Lespri a te desann sou li tankou yon ti pijon e vwa Papa te pase nou lòd pou koute Pitit la. Se Pitit la la ki vin fè nou konnen kilès Papa a ye. Lespri Bondye desann sou nou. Vrèman vre, jan Jezi resevwa batèm nan larivyè Jouden an, nou menm tou yo te plonje nou, benyen nou nan lavi sa a ki nan Jezi, jou batèm nou an. Menm jan li te resevwa Sentespri, Lespri Bondye a sou nou, li te kominike nou li nan jou nou te resevwa batèm nou. Lespri sa a kounye a nan nou, li fè nou vin tounen yon lòt kreyati ak kay sakre Bondye, l’ap travay nan nou epi li fè nou pitit Bondye ak manm Legliz la. Anplis, jan Jezi resevwa twa misyon an, sa vle di misyon pou li vin Pè, pwofèt ak wa, se konsa tou nou menm lè nou batize nou tounen pè, pwofèt ak wa. Se konsa, nou pa te resevwa Lespri Kris la nan yon fason jalou epi egoyis pou nou kenben li pou kont nou. Okontrè Lespri a ranpli nou ak don, kado oubyen talan pou nou youn kapab anrichi lòt, antan nou mete tèt nou ansanm nan renmen. Lespri a nou resevwa a, li transfòme nou, li fè nou tounen Pitit Bondye ak temwen Jezi, misyonè bon nouvèl la. Lespri sa fè nou tout vin pwofèt, sa vle di gason ak fanm ki kapab ede frè ak sè yo sòti nan fènwa mond lan. Jezi konte sou nou pou nou pa kite lafwa nou, espwa nou, charite nou, kache byen fon nan kè nou; l’ap tann limyè sa a klere lavi nou, ak tout bagay ki anpeche nou viv tankou pitit Bondye ak vrè temwen Jezikri a. Finalman, Jezi espere ke n’ap viv tankou wa pou nou mete lòd nan lavi nou ak nan sosyete a, dekwa pou wayòm renmen, jistis ak kè poze li a ka tounen yon reyalite sou latè. Jezi espere n’ap viv tankou pè pou nou ka ofri tèt nou bay Bondye chak jou. Jezi ap tann nou viv tankou pwofèt k’ap denonse vyolans, zak maspinay, ak tout konpòtman k’ap fini ak sosyete nou an. Konsa tou, l’ap tann nou anonse lanmou, jistis ak lapè. «Lespri Bondye a desann sou mwen, paske Granmèt la chwazi m’» (Lik 4,18). Lespri Bondye a sou nou, Satan pa gen okenn pouvwa sou nou ankò, paske nou make ak so Granmèt la, nou se byen li .Wi, Lespri Granmèt la poze sou nou, se sa k’ fè nou gen fòs ak kouraj pou nou kontinye misyon sasèdotal nou, misyon pwofetik nou ak misyon wayal nou jiskobou. Mèsi Bondye pou kokenn chenn kado sa a. Se pou Lespri Sen an, Lanmou ki soude Papa ak Pitit la soude nou youn ak lòt, pou nou ka viv nan tèt ansanm. P. Fisner Vaillant

-1-

Sous Lav¡ ÒDINÈ LAMÈS *KÒMANSMAN* O non Papa, ak Pitit la, ak Lesprisen an. Amèn! Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. SALITASYON! Frè m' yo ak sè m' yo, avan nou rantre pi fon nan selebrasyon nou an, an nou rekonèt nou se pechè, an nou mande Bondye padon: Devan Bondye ki gen tout pouvwa, devan nou menm tou frè m' ak sè m' yo mwen rekonèt mwen fè anpil peche, nan sa mwen panse, nan sa mwen di, nan sa mwen fè. Mwen rekonèt tou, mwen pa fè sa pou m te fè. Tout sa se fòt mwen. Se pou sa mwen mande Mari ki sen e ki toujou rete vyèj, tout zanmi Bondye ki nan syèl, epi nou menm tou, frè m' ak sè m' yo, lapriyè Bondye, Granmèt nou an, pou mwen. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, gen pitye pou nou, se pou l’padone peche nou, pou l’ mennen nou nan lavi ki p' ap janm fini an. Amèn! CHANTE/ Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! / Jezikri, pitye pou nou. / Jezikri pitye pou nou! / Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! PREMYE LAPRIYÈ : An nou lapriyè! Bondye Papa, ou fè n' pòtre avè w', e ou remèt nou tè a pou nou fè l' ban n' tout sa ki nesesè pou lavi a. Plis toujou ou pran n' pou pitit ou, e ou ban n' tout mwayen k' ap pèmèt nou rive nan lavi tou nèf ou pwomèt nou an. Tanpri, Bondye Papa, voye Lespri ou a ban nou, pou n' pa kite kado ou yo gaspiye. Voye Lespri w' la montre n' sèvi ak tout pouvwa ou ba nou yo, pou n' rive òganize ak viv jan ou vle a. Konsa n' a pare pou w' fè n' antre nan peyi kote ou wa a. Nou mande ou sa, pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lespri Sen an, depi toutan e pou toutan. Amèn LITIJI LAPAWÒL Levanjil: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Men bòn nouvel Jezi kri a daprè …......... ki Sen. Lwanj pou ou Granmèt. (Aprè Levanjil la:) An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a. Lwanj pou ou, Granmèt. KREDO *Mwen kwè gen yon sèl Bondye. Se Papa a, li gen tout pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a, li fè tout sa moun wè ak tout sa moun pa wè. * Mwen kwè gen yon sèl Granmèt, se Jezikri, sèl Pitit Bondye a. Li se Pitit Papa a depi anvan tout tan. Li se Bondye nan Bondye a, Limyè nan Limyè a, Bondye tout bon vre nan Bondye tout bon vre a, Li se Pitit, men se pa kreye yo kreye li. Li se menm Bondye ak Papa a. Se pa Pouvwa li tout bagay fèt. Se pou tout moun, se pou l’ vin sove nou, li desann sot nan syèl.Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun. Se pou tèt nou toujou, yo kloure li sou yon kwa. Li soufri, sou rèy Pons Pilat, e yo antere li. Sou twa jou li leve,jan Labib la te di, li monte nan syèl e li chita adwat Papa a. Li gen pou l’retounen avèk tout pouvwa li pou l’ jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri, e li va wa pou tout tan. *Mwen kwè gen Lespri sen an. Li se Granmèt e li bay lavi. Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la.Yo adore l’ ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit la, e li jwenn menm lwanj avèk yo. Se li ki t’ap pale lè pwofèt yo t’ap pale. *Mwen kwè gen yon sèl Legliz ki fè yon sèl kòt fanmi.Li sen. Li la pou tout moun. Se sou Apòt yo li bati. *Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padone peche. M’ap tann tout mò leve, m’ap tann lavi k’ap vini an. Amèn OFÈTWA Frè m' ak sè m' yo, an nou lapriyè ansanm, Pou Granmèt la kontan lamès sa a, ki se sèvis Legliz li a. Wi se lwanj pou Bondye, Se benediksyon pou nou menm ak pou tout moun. LAPRIYÈ SOU KADO YO (pen ak diven an): Bondye Gran Mèt, tanpri, bay Legliz ou a kè poze ak tèt ansanm l' ap chache nan sèvis sa a. Pen ak diven an se siy kado n' ap ofri w' la. Tanpri, fè yo tounen kò ak san Jezikri, e n' a jwenn favè n'

-2-

Sous Lav¡ ap mande w' la yo. Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn GWO LWANJ POU BONDYE Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. An nou leve Kè nou byen wo. Li deja devan Granmèt la. An nou di Bondye Granmèt nou an mèsi. Li merite sa vre. Wi, ou merite sa, reyèlman vre, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou ak pou tout moun. Papa ki Sen, ou merite nou toujou di w' mèsi toutan e tout kote, pa pouvwa Jezikri, Pitit ou renmen an, Li se Pawòl ou. Se avèk li ou kreye tout bagay. Li se Sovè ou voye vin delivre nou an. Se pou sa li tounen yon moun pa pouvwa Lespri Sen an, e Mari ki vyèj anfante li. Pou l’ te fè volonte ou nèt, pou l’ te fè ou gen yon pèp li mete apa pou ou, li ouvè bra l’ sou kwa a, lè li t’ap soufri a. Se konsa li kraze lanmò, pou li montre sa ki rele leve byen vivan. Se pou sa ni nou menm, ni tout mesaje ou yo ak tout zanmi ou yo ki nan syèl la, nou mete ansanm pou nou fè konpliman pou ou, e pou nou chante san rete. SANCTUS: Se ou ki sen! Se ou ki sen! Granmèt se ou ki Sen! Tout bon! Bondye se ou ki Gran Mèt tou sa ki nan syèl la. Bèlte ou plen syèl la ak tè a! Viv Bondye nan syèl la! Bravo pou sila a k’ap vini o non Granmèt la! Viv Bondye nan syèl la ! Granmèt, se ou ki sen tout bon, e tou sa ki sen, se nan ou li sòti. Tanpri, fè Lespri ou mete kado sa yo apa pou ou: konsa, se pou avantaj nou, y’a tounen kò ak san Jezikri, Granmèt nou pitit ou. !!!! *Lè Jezi aksepte soufri pou pwòp volonte pa l’, jou yo trayi l la, Li pran pen an, Li di ou mèsi. Li beni l’, Li kase l’, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : pran manje landan l’ nou tout, reyèlman vre, sa se kò mwen,m’ap bay pou nou an. Menm jan tou, lè yo fin manje, Li pran kalis la. Li tounen di ou mèsi, Li beni li, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : +Pran, bwè ladan l' nou tout, Reyèlman vre, sa se san mwen. Se san lòt kontra a, ki va la pou toutan. Se san ki pral koule pou nou an, ak pou tout moun, Pou padone peche. Fè sa pou nou sonje mwen. !!!! Ala yon bèl mèvèy, nou pa kapab fin konprann li, men nou kwè l’. ANAMNÈZ: Granmèt, n’ap anonse ou mouri ! N’ap deklare ak kè kontan ou leve byen vivan. N’ap tann ou retounen ak tout otorite. Granmèt, se nan sonje Jezi te mouri e li leve, n’ap ofri w' pen ki bay lavi a, ak kalis ki pote delivrans lan. N’ap di ou mèsi, paske ou fè nou merite parèt devan w, pou nou sèvi ou. Tanpri, Granmèt, fè Lesprisen an rasanble nou fè youn, poutèt kò ak san Jezikri n’ap manje a. Granmèt sonje Legliz ou a ki gaye sou tè a: fè li fin renmen ou nèt. Sonje pap Franswa, sonje monsenyè (…..… ), ansanm ak tout moun ki responsab patizan ou yo. Sonje tout frè nou yo ki mouri ak espwa ou va fè yo leve yon jou. Sonje tout lòt moun ki mouri yo tou, resevwa yo lakay ou, nan limyè w’ la. Tanpri, fè nou gras. Fè nou merite jwenn lavi ki p’ap janm fini an, ansanm ak Mari ki vyèj e ki manman Bondye, ansanm ak tout zanmi ou, ki te mache nan chemen ou, lè yo t’ap viv sou tè a. Konsa n’a fè lwanj ak konpliman pou ou, pa pouvwa Jezikri pitit ou. !!!! Bondye Papa nou, ou menm ki gen tout pouvwa, e ki fè youn ak Lesprisen an, se pa pouvwa Jezikri, se avèk li, se o non li, Ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman, depi toutan e pou toutan. Amèn! {PAPA NOU} Kòm nou fè youn nan Lesprisen an, nou kapab di avèk konfyans lapriyè Jezi sovè nou te montre nou an: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte w' fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a. Padone sa nou fè w', tankou nou padone moun ki fè nou kichòy. Pa kite nou pran nan pyèj, men, delivre nou anba tout sa ki mal. Granmèt, tanpri souple, delivre nou ak tout sa ki mal, fè kè nou poze pandan tout lavi nou. Ede nou pou jan ou gen bon kè. Delivre nou nèt ak tout peche nou yo, e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou. N’ap espere byen ou pwomèt nou an : Sovè nou, Jezikri, k’apvini an. Paske se ou menm sèl ki wa se ou menm ki gen tout pouvwa se ou sèl ki merite konpliman pou toutan.

-3-

Sous Lav¡ Jezi Granmèt, se ou k' te di apot ou yo : Mwen montre n' byen viv ansanm, se sa mwen vin pote ban nou. Tanpri pa gade sou peche nou yo, gade pito jan Legliz ou a kwè nan ou! Nou mande ou, pou nou vin fè youn, jan ou vle a, Ou menm ki vivan e ki Wa, depi toutan e pou toutan. Amèn. Se pou Granmèt la montre nou byen viv ansanm. Se pou li toujou avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Frè m' ak sè m' yo, montre nou konn viv byen youn ak lòt. AGNUS DEI: Pè a ansanm ak pèp la: Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R: vin fè kè nou poze. Ala chans pou moun sa yo, Jezi envite vin manje nan manje sa a. Men Jezi mouton Bondye ki wete peche sou tè a. Granmèt, mwen pa merite pou w' antre lakay mwen, di yon sèl pawòl e nanm mwen va geri. Se pou kò ak san Jezikri soutni nou pou lavi ki p’ap janm fini an. Amèn! DÈNYE LAPRIYÈ An nou lapriyè, Bondye Papa, nan chak lamès, ou fè n' goute jan sa ta bèl si nou te swiv pawòl ou a tout bon vre. N' ap di w' mèsi pou limyè w' ban nou an ak pou gwo espwa ou limen nan kè n' nan. Bondye Papa n', tanpri, ban n' fòs travay chak jou pou n' fè kado w' yo rapòte dis fwa, san fwa plis. Konsa n' a pare pou n' rantre nan kè kontan Jezi pwomèt bon sèvitè li yo. Nou mande ou sa, Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn BENEDIKSYON: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa a ak Pitit la ak Lesprisen an beni nou byen beni! Amèn! An n' ale ak kè kontan. Mèsi, Bondye, mèsi!

Si ou gen kèk temwanyaj ou ta renmen pataje ak lòt yo, voye li nan biwo: Fundación La Buena Noticia, (Fondasyon Bòn Nouvèl). Av. 27 de Febrero No. 311, Santo Domingo, Rep. Dom. Telefòn: (809) 562-2655/ (829) 259-8436, oubyen voye yon mesaj nan kourye sa yo: ak nan, [email protected] DIREKTÈ: Rafael Hernández REDAKSYON, KÒDINASYON AK KOREKSYON FÒM AK ESTIL: Jacky Agéna KOLABORATÈ: 1. P. Emilio Travieso, Sj 2. Rose-Laure Fleurantin, fdm

SANSÈ: Johnny Masséba, sj ASESÈ ESPIRITYÈL: Rev. P. Mario Serrano, sj. DYAGRAMASYON: Jhonny Díaz Sosa ENPRESYON: Editora Tele-3 (Tel.: 809 566-6105)

3. P. Edvard Jeudy 4. Binsonne Thomas 5. P. Jorès Fleurimond 6. Marlène Elien

SOUS LAVI Se yon piblikasyon Fundación La Buena Noticia (Fondasyon Bòn Nouvèl) Av. 27 de Febrero No. 311 Santo Domingo, Rep. Dom Tel.: 809 562-2655 / 809 562-0845 809 562-0846 • Fax: 809 -540-2336 E-mail: [email protected] [email protected]

Enstitisyon ki patwone revi sa a se: Komisyon Nasyonal Pastoral Migran (Komisyon Pastoral Ayisyèn)

7. Silaine Zéphir 8. P. Fisner Vaillant 9. Dany Camille

Benefis Piblikasyon sa a pote, dwe sèvi pou gaye Levanjil la. Se yon edisyon Fundación La Buena Noticia.(Fondasyon Bòn Nouvèl), pibliye

-4-

Novanm 2015

Sous Lav¡

DIMANCH

1

Mwen di l’: “Monseyè, ou konnen”. Li di m’: “Sa yo se sa k’ vin sòti nan gran tray la, yo lave wòb yo, yo blanchi yo nan san Mouton an”.

Koulè Blan GRAN FÈT TOUT SEN YO

PREMYE MOSO LABIB

Pawòl Granmèt la.

“Mwen wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te sòti nan tout nasyon, ras, pèp ak lang”. NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 7, 2-4. 9-14 Mwen menm Jan, mwen wè yon lòt zanj k’ap monte kote solèy la leve a, li te gen siy Bondye vivan an; li t’ap rele byen fò bay kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou maltrete tè a ak lanmè a, li di: “Pa maltrete tè a ak lanmè a, ni pye bwa yo, joustan nou make sèvitè Bondye nou yo nan fwon yo”. Mwen tande kantite moun ki make yo: sankarant kat mil moun ki make, nan tout ras pitit Izrayèl yo. Aprè sa, mwen wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te sòti nan tout kalite nasyon, ras, pèp ak lang, yo te kanpe devan fotèy la ak devan fas Mouton an, yo te abiye ak rad blan, yo te gen branch nan men yo, yo t’ap rele byen fò, yo t’ap di: “Sovè a gras a Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, epi gras a Mouton an”. Tout zanj yo te kanpe toutotou twòn nan ak ansyen yo ak kat vivan yo; yo lage kò yo sou fas yo devan twòn nan, yo adore Bondye, yo di: “Amèn. Benediksyon, glwa, sajès, remèsiman, konsiderasyon, pouvwa ak fòs pou Bondye nou an pou tout tan k’ap gen tan. Amèn”. Youn nan ansyen yo pran lapawòl, li di m’: “Sa yo ki abiye ak rad blan, kilès yo ye, epi kote yo sòti?”

SÒM REPONS:

23, 1-2. 3-4ab. 5-6

R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.

Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’. Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R. Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe nan anplasman li ki sen an? Moun ki gen men l’inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R. Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la, ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men Bondye ki sove li a. Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R. DEZYÈM MOSO LABIB “N’ap wè Bondye jan l’ ye a” NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 1-3 Nou menm mwen renmen anpil la: Gade ki kalite renmen Papa a gen pou nou: yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye. Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt li. Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a nou se pitit Bondye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen, lè l’ap parèt, n’ap sanble ak li, paske n’ap wè l’ jan l’ ye a. Tout moun ki gen esperans sa a nan li, li vin sen, menm jan sa a sen an. Pawòl Granmèt la.

-5-

Sous Lav¡ LEVANJIL

“Fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 1-12a Lè sa a: Jezi wè foul yo, li monte sou mòn nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’. Li louvri bouch li, li kòmanse ba yo lansèyman, li di: “Ala kontantman pou moun ki pòv gras a lespri a, paske se pou yo menm peyi wa syèl la ye. Ala kontantman pou moun ki dou yo, paske yo menm y’ap posede tè a. Ala kontantman pou moun ki nan lapenn yo, paske yo menm y’ap jwenn konsolasyon. Ala kontantman pou moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn kont yo. Ala kontantman pou moun ki gen mizerikòd yo, paske yo menm y’ap jwenn mizerikòd. Ala kontantman pou moun ki san tach nan kè yo, paske yo menm y’ap wè Bondye. Ala kontantman pou moun k’ap travay pou lapè, paske y’ap rele yo pitit Bondye. Ala kontantman pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis la, paske se pou yo peyi wa syèl la ye. Ala kontantman pou nou, lè y’ap madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di tout kalite sa k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti poutèt mwen: fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Pandan tout ane a, Legliz la fete fèt plizyè Sen. Pa ekzanp, gen Sent Vyèj Mari, Sen Pyè, Sent Klè, Sen Matye, Sent Terèz, Sen Jak, elatriye. Lè fini gen tout sen yo fete fèt chanpèt pou yo, nan chak bouk ak chak komin kote ki pran sen sa yo pou patwon oubyen patwòn yo. Tout sen sa yo, se moun yo te ye, ki te viv sou latè. Gen nan yo ki mouri lontan, depi nan tan Jezi, epi gen ki mouri nan epòk pa nou, tankou Pap Jan Pòl II, ki mouri nan lane 2005. Lè Legliz la di “entèl se yon sen”, sa vle di, nou rekonèt moun nan te viv tankou yon zanmi Bondye. Jan moun nan te aji pandan l’ te la, jan l’ te ede lòt moun konprann Levanjil la, jan l’ te sèvi malere yo, jan l’ te pito soufri avan l’ te peche, se sa k’ fè nou rekonèt, moun nan te viv daprè chimen Jezi montre nou an. Moun nan, se yon sen li ye, epi nou kwè li toujou byen vivan, ansanm ak Jezikri. Men se pa 2 moun ki konn viv konsa, ki se zanmi Bondye tout bon, men yo aji san moun pa wè. Nou pa ka sonje yo ak tout non yo, paske nou pa konnen kiyès yo te ye. Se sa k’ fè Legliz la mete yon jou apa pou tout moun sa yo, ki se jou premye novanm. Jodi a n’ap fete fèt tout sen yo nèt, kit se sen nou rekonèt, kit se sen nou pa rekonèt, men nou konnen yo la. Se sa liv Apokalips la vle di lè l’ pale de « sankarant kat mil moun ki make » yo. Se yon nimewo senbolik, ki egal a 12 fwa 12,000. Nimewo 12 la reprezante tout tribi Izrayèl yo, sa vle di, syèl la plen zanmi Bondye. Syèl la chaje sen ki sòti nan tout

-6-

Sous Lav¡ fanmi. Bondye rele nou chak pou nou tounen sen tou. Levanjil jodi a l’ap montre nou chimen an pou nou rive nan mitan foul la k’ap gade fas Mouton an e k’ap chante glwa li san pran souf. LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki fè nou favè pou nou fè lwanj merit tout Sen ou yo nan yon sèl fèt, n’ap mande ou, tanpri, pou, antan yo tout ansanm ap lapriyè pou nou, pou ou fè nou jwenn chaj padon ou nou anvi a. Konsa n’a blanchi wòb nou nan san Mouton ou a ki san tach la. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Mwen chwazi youn nan lansèyman yo Jezi bay nan Levanjil jodi a. Pandan tout mwa novanm nan, m’ap fè jefò pou m’ viv tankou yon zanmi Bondye, daprè lansèyman sa a. LENDI

2

Koulè Vyolèt

MÈS POU TOUT FIDÈL DEFEN YO

PREMYE MOSO LABIB

“Li bon pou ret an silans ap tann sove Bondye a” NAN LIV LAMANTASYON 3, 17-26 Nanm mwen egzile sot nan lapè a, mwen bliye byen yo. Mwen di: «Bèl bagay mwen t’ap chèche a fini ansanm ak esperans mwen an ki te sot nan Granmèt la» Sonje kijan m’ pòv, kijan m’ap trennen : se labsent ak fyèl. Memwa a sonje, nanm mwen fonn anndan mwen.

Men sa m’ap sonje nan kè m’ pou m’ kapab espere : se mizerikòd Granmèt la; paske nou pa deperi, bon kè l’ pa pati. Chak maten yo tou nèf, fidelite ou gran. «Pòsyon m’ se Granmèt la, se sa nanm mwen di ; se pousa m’ap tann li». Granmèt la bon pou moun ki konte sou li yo, pou nanm k’ap chèche l’ yo. Sa bon pou tann sove Granmèt la nan silans. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS : 129,1-8 R/ Mwen espere nan Granmèt la, mwen espere nan pawòl li.

Antan m’ nan bafon an mwen rele kote ou, Granmèt : Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R. Si w’ap obsève fot yo, Granmèt, Granmèt, kilès k’ap kanpe ? Paske kote ou se padon, n’ap respekte ou. R. Mwen konte sou ou, Granmèt ; nanm mwen konte sou pawòl li, nanm mwen espere nan Granmèt la.R. Plis pase santinèl yo ap espere devan jou, Izrayèl ap espere nan Granmèt la. Paske kot Granmèt la se mizerikòd, Sovè a la anpil kote l. Se li menm k’ap sove Izrayèl sot nan tout fot li yo.R. DEZYEM MOSO LABIB “Se pou nou mache nan nouvo lavi a” NAN LÈT APOT PÒL POU MOUN WÒM YO: 6, 3-9 Frè m’ yo: Nou tout ki batize nan Jezikri, se nan lanmò l’ nou batize. Reyèlman nou antere ansanm avèk li nan lanmò a gras a batèm nan, pou menm jan

-7-

Sous Lav¡ Jezikri leve sot nan pami mò yo gras a glwa Papa a, konsa tou nou menm n’ap mache nan nouvo lavi a. Sèke si nou plante ansanm avèk li pou nou sanble avèk li nan lanmò l’ la, konsa tou n’ap ansanm avèk li nan rezireksyon l’ nan. Nou konnen moun ansyen nou an kloure sou kwa a ansanm avèk li, pou kò peche a kapab detwi, pou nou pa sèvi peche a ankò. Sa a ki mouri a, li kòrèk pa rapò a peche a. Konsa si nou mouri ansanm avèk Jezikri, nou kwè n’ap viv ansanm avèk Jezikri tou, nou konnen Jezikri leve soti nan pami mò yo, li p’ap mouri ankò, lanmò a p’ap gen pouvwa sou li ankò. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

“Nan kay Papa m’ gen anpil kote pou abite” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN : 14, 1-6 Lè sa a : Jezi di disip li yo : “Pa kite kè nou twouble. Se pou nou kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm tou. Nan kay Papa m’ nan gen anpil kote pou rete. Otreman mwen ta di nou, paske m’a prale pare yon plas pou nou. Lè m’a fin al prepare plas la pou nou an, m’a tounen vin pran nou avèk mwen, konsa kote m’ap ye a, se la n’a ye tou. Epi kote m’a prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen an”. Toma di l’: “Granmèt, nou pa konnen kote ou a prale; kòman nou kapab fè konnen chemen an?”

Jezi di l’: “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, si l’ pa pase nan mwen”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Frѐ ak sѐ m’ yo, jodi a 2 novanm. Nan Legliz Katolik, n’ap sonje tout fidѐl defen nou yo, sa vle di tout fanmi ak zanmi nou yo ki te mouri, ki pran devan nou. Pou nou menm kretyen, se yon gran fѐt esperans paske pou moun ki kwѐ nan Bondye, avѐk lanmὸ, lavi pa fini; men li transfòme, sa vle di, li pran yon lὸt dimansyon kote li mete nou an kominyon avѐk Bondye. Deja, anpil fwa nan lavi nou, nou akonpaye moun ki pwὸch nou oubyen ki lwen nou nan doulѐ lanmὸ; men lѐ se nou menm ki frape ak doulѐ sa a, nou resevwa l’avѐk dezespwa ; pafwa nou menm met fot la sou Bondye, paske nou konn di oubyen nou konn tande moun di: Bondye pa ta fѐ m’ sa. Kounye a, ann gade sa pawòl Bondye pou jodi a di nou sou koze sa a. Nan premye moso labib la, nan liv Lamantasyon, nou ka konprann ke nan mitan tanpѐt lavi a, lè van dezespwa soufle, nou dwe toujou espere nan mizerikὸd Bondye. Pi devan, nan sòm 129, nou jwenn menm esperans sa a ankὸ: “Mwen espere nan Granmèt la, mwen espere nan pawὸl li.” Nan dezyѐm moso labib la, Sen Pὸl di nou se pou nou mache nan nouvo lavi a paske gras a batѐm nou, nou antere avѐk Jezi pou nou kapab resisite avѐk li. Nan levanjil Sen Jan an, Jezi di disip li yo, pa kite kѐ yo twouble, lakay Papa a gen anpil kote pou yo rete paske li pral prepare

-8-

Sous Lav¡ plas pou yo. Sѐl kondisyon: kwѐ nan li, kwѐ nan Papa a epi mache dwat nan chemen an ki se Jezi li menm menm, pou nou kapab rive kote Papa a. Kidonk, tout tѐks jodi a pale nou klѐ pou nou gen rezon pa pѐ lanmὸ, pa pѐdi lespwa nan doulѐ moun nou genyen ki pran devan nou men pou nou pito gen esperans. Yo kite lavi sou tѐ a men yo gen yon lavi miyὸ, lavi ki p’ap janm fini an k’ap tann nou jan Jezi pwomѐt nou an. LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri n’ap mande w’ fѐ nou pi kwѐ nan ou, nan pawὸl ou, nan Jezi pitit ou, nan pwomѐs li fѐ nou, pou nou kapab rive konprann ke avѐk lanmὸ, lavi pa fini men se yon lavi tou nѐf ki kòmanse. Amѐn PWOPOZISYON: Mete pawὸl esperans sa yo an pratik epi ede lὸt moun viv yo, konsa n’a rive ansanm nan lavi ki p’ap janm fini an.

MADI

3

Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS: 130, 1. 2. 3 R/ Konsève nanm mwen nan lapè

Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

yo vre; moun k’ap bay la antan li gen yon kè senp; moun k’ap dirije a, antan l’ ap mete aktivite; moun k’ap swen malere, antan li gen bon jan. Renmen an pa gen ipokrizi, se pou nou rayi sa k’ mal, se pou nou kole kò nou sou byen an, se pou nou youn renmen lòt avèk charite frè, se pou nou youn gen pou lòt konsiderasyon, pa fè parès nan aktivite nou, se pou nou cho nan Lespri a, se pou nou sèvi Granmèt la, se pou nou gen kè kontan nan esperans la, se pou nou sipòte tray avèk pasyans, se pou nou ret fidèl nan priyè se pou nou separe bay fidèl ki nan bezwen yo, se pou nou tout resevwa moun lakay nou. Beni moun k’ap pèsekite nou, pa madichonnen. Fè kè nou kontan avèk sa yo ki gen kè kontan yo, kriye avèk sa yo k’ap kriye yo; se pou nou dakò antre nou, pa chèche foli grandè, men se pou nou renmen sa ki san pretansyon.

kote ou, Granmèt.

“Nou youn se manb lòt”. NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 12, 5-16a Frè m’ yo: Atout nou anpil la, se yon sèl kò nou ye nan Jezikri, nou chak nou youn se manb lòt. Nou gen kado daprè gras yo ba nou an, kado sa yo divès: swa se travay pwofèt selon mezi lafwa a; swa se sèvis la antan sèvis la ap fèt vre; swa se moun k’ap anseye a antan li nan limit doktrin nan; moun k’ap ankouraje lòt antan l’ap ankouraje

Granmèt, kè m’ pa gonfle, je m’ pa gen lanbisyon; mwen pa mache nan grandè, ni nan mèvèy ki depase m’.R. Se byen poze, byen trankil mwen kite nanm mwen, tankou ti bebe sou lestonmak manman l’, tankou ti bebe, konsa nanm mwen ye nan mwen.R. Se pou Izrayèl espere nan Granmèt la, depi koulye a jous pou tout tan.R. LEVANJIL “Sòti nan chemen yo, ak nan tras wout yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab plen”

-9-

Sous Lav¡ MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 15-24

Lè sa a: Youn nan envite yo di Jezi: “Se chans pou moun k’ap manje nan peyi kote Bondye wa a!” Men li menm li di l’: “Yon mesye te fè yon gran soupe, li envite anpil moun. Lè pou soupe a fèt, li voye sèvitè l’ la, pou l’ di envite yo pou yo vini, paske tout bagay deja fin pare. Yo tout kòmanse fè eskiz. Premye a di ‘l: “Mwen achte yon pwopriyete, mwen blije sòti pou m’ al wè l’: tanpri, eskize m’. Yon lòt di: “Mwen achte senk makòn bèf, mwen gen pou m’ eseye yo: tanpri, eskize m’. Lòt la di: “Mwen sot marye, se pou sa mwen pa kapab vini”. Sèvitè a tounin, li anonse mèt li a bagay sa yo. Lè sa a chèf kay la fache, li di sèvitè l’ la: “Sòti byen vit sou plas yo ak nan katye lavil la epi depi se pòv ak malad, avèg ak bwate, fè yo antre isit la”. Sèvitè a di: “Granmèt, mwen fè sa, jan ou te kòmande a, men gen plas toujou”. Mèt la di sèvitè a: “Sòti nan gran chemen ak nan tras wout yo, epi fòse moun antre, pou kay mwen an kapab plen”. Mwen di nou, pèsonn nan mesye sa yo mwen te envite a, p’ap goute nan soupe m’ nan”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Tout lavi yon kretyen chita sou renmen. Renmen sa sòti nan Bondye li desann nan kè moun pou l’ fè tout moun fè yon sèl nan Jezikri. Renmen an se fòs tout kretyen, se li k’ap soutni nou toutan e tout kote lè nou aksepte

viv nan kondisyon ki mache ak sa Bondye vle. Lè nou fè yon sèl nan renmen youn lòt, Bondye kontan, e lè sa nou vin tounen manb kò Jezikri. Kidonk nou chak se manb kò Kris la ki se Legliz la. Se reyalite sa Sen Pòl ap eksplike nou nan chapit 12 Lèt pou Women yo. Nou tout nou gen plas nou, nou gen responsabilite nou nan Legliz Jezikri a. Piga nou fè bak paske se nou tout ki pou mete men ansanm pou n’ fè wayòm renmen an tabli tout bon vre nan mitan nou. Lè pa gen renmen, pa ka pa gen lapè; men lè gen renmen ak lapè Lespri Bondye la tou. Se Lespri Bondye a menm k’ap fè nou repoze nan li, li menm k’ap aprann nou renmen. Gras a li nanm nou vin an pè, nou pa boulvèse. Se Bondye ki rele nou, li menm menm ki envite nou vin jwenn li nou tout ki bouke anba chaj, l’ap delivre nou. Vini patisipe nan gran fèt l’ap fè pou nou. Li se Bondye tout moun : rich, pòv, soud, bèbè, mancho, fanm ak gason vanyan, moun ki gaya ak moun ki malad, moun ki konn li ak moun ki pa kon li, etsetera. Nou pa bezwen pè pwoche vin jwenn li menm si nou ta santi peche nou yo twò lou sou do nou. Li se Bondye mizerikòd, li toujou anvi pou nou rete bò kote li, pou nou fè youn ak li. Li kite pòt kay li louvri byen gran pou tout moun ki vle antre lakay li. Lè bondye rele w’, ou pa dwe gen lòt bagay ki pou anpeche w’ reponn paske okenn byen materyèl pa enpòtan pase Bondye. Tout moun lib pou yo reponn jan yo vle, men tankou pwovèb la di «pri pye w’ veye

-10-

Sous Lav¡ tonbe w’». Se pou w’ bay yon repons ki fè Bondye plezi pou w’ pa regrèt demen, pou w’ pa di si m’ te konnen. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri fè nou anvi viv kote ou tout tan ak kè kontan pou nou pa gen lide fè eskiz pou n’ fè bak lè ou rele nou pou n’ patisipe nan bèl fèt w’ap fè pou nou an ki se lamès la. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn. PWOPOZISYON : Pandan semèn nan, nou tout moun, ann chèche dekouvri vwa Bondye k’ap rele nou pou n’ sèvi li nan lòt yo ak tout kè nou. Chèche yon moun ki p’ap ka remèt ou sa, pou w’ fè yon kichòy pou li. MÈKREDI Koulè Vèt

4

PREMYE MOSO LABIB

“Reyalizasyon lalwa a se renmen an”. NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 13, 8-10 Frè m’ yo : Nou pa dwe gen okenn dèt pou pèsonn, sof pou nou youn renmen lòt ; sèke moun ki renmen pwochen l’, li reyalize lalwa a. Reyèlman vre “pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa fè fo-temwayaj, pa fè anbisyon”, epi nenpòt ki lòt kòmandman ankò, se nan pawòl sa a li jwenn fondman l’ : “Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm”. Renmen pwochen an pa fè sa k’ mal. Donk, fè tout sa lalwa a mande fè a, se renmen an. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS: 111, 1-2. 4-5. 9 R/ Moun ki gen bon jan, li pran pitye, li pataje

Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki kole kò l’ anpil nan kòmandman l’ yo. Ras li ap gen pouvwa sou tè a, jenerasyon moun ki dwat yo ap obeyi.R. Li leve nan fènwa yo, limyè pou moun kòrèk yo, li gen mizerikòd, li pran pitye, li kòrèk. Moun ki gen bon jan an, li pran pitye, li pataje, li ranje zafè l’ yo an règ. R. Li separe, li bay pòv yo; jistis li dire pou tout tan gen tan, kòn li leve nan glwa a.R. LEVANJIL “Moun ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 25-33 Lè sa a: Anpil foul t’ap mache avèk Jezi, li vire, li di yo: “Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi papa l’, manman l’, madanm li, pitit li, frè l’ ak sè l’, epi ata pwòp lavi l’, li pa kapab vin disip mwen; epi moun ki pa pote kwa li dèyè mwen, li pa kapab vin disip mwen. Amèn, si youn nan nou vle bati yon tou, èske li pa kòmanse chita pou l’ kalkile depans ki pou fèt, si l’ gen kont pou l’ rive bout; pou, si l’ fin poze fondasyon, epi li pa ka rive bout, tout moun ki wè sa, pa kòmanse pase l’ nan jwèt, ap di: “Moun sa a kòmanse bati, epi li pa ka fini”? Oubyen kilès wa, si l’a pral fè lagè kont yon lòt wa, li pa kòmanse chita pou l’ kalkile, si avèk di-mil sòlda, li kapab al rankontre sa a k’ap vin

-11-

Sous Lav¡ sou li avèk ven mil la? Otreman, pandan lòt la lwen toujou, li voye yon delegasyon pou mande kondisyon lapè. Se konsa tou, tout moun nan nou ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a ankò pawòl Bondye a santre sou renmen an ki se kondisyon pou nou fè youn ak Jezikri, Sèl Sovè mond lan. Lè nou gade byen, ant sa nou li nan Wom. 13, 8-10, ki mande n’ pou n’ renmen frè nou tankou pwòp tèt pa nou, ak sa nou li nan Lik 12, 25-33, ki mande pou n’ rayi sa nou panse n’ ta pi renmen an pou n’ swiv Jezi, nou te ka panse e menm di se yon kontradiksyon. Poutan pa gen kontradiksyon ladan. Li pa an kontradiksyon non plis ak kòmandman Bondye a. Nan tout moso labib sa yo, se kondisyon pou nou swiv Jezi, pou nou vin patizan li y’ap ban nou. Yon moun pa kapab di li se patizan Jezi si l’ pa gen renmen nan kè l’ pou ata moun ki pa renmen l’ lan. Kidonk nou pa ka pa pase pa renmen an pou nou rive nan lavi ak Bondye renmen an. Se renmen an k’ap fè nou aji byen youn ak lòt, e k’ap fè nou rete zanmi ak Bondye. Men nan Levanjil Sen Lik la Jezi vle di nou pou nou swiv li toutbon vre, sa mande anpil sakrifis, sa mande depasman; men se pa paske li vle pou nou rayi manman n’ak papa n’oubyen lòt moun. Li vle montre nou menm sa nou panse ki pi enpòtan pou nou an, sa nou ta pi

renmen an pa dwe anpeche nou swiv li. Se vre nou bezwen yon ti kras byen materyèl pou nou viv, men yo pa dwe tounen yon obstak nan relasyon nou ak Bondye; sa vle di nou pa dwe mete yo nan menm ran ak Bondye ale wè pou n’ ta mete yo pi wo. Nan swiv Jezikri n’ap jwenn anpil difikilte tankou enkonpreyansyon, pale mal, rayisans, jouman,… men ki pa dwe fè nou dekouraje okontrè ki dwe fè nou sèvi Bondye ak plis renmen nan kè nou paske se Jezi menm ki di : si yon moun pa pote kwa l’ pou l’ swiv li moun sa pa ka patizan l’. Renmen pa chita nan pawòl sèlman, men se nan aksyon w’ yo tout moun va rekonèt ou se yon moun ki gen renmen Bondye a nan kè ou, e se lè sa a yo va konnen ou kòm vrè patizan Jezikri. LAPRIYÈ : Bondye Granmèt , ou menm ki ba nou sèl Pitit ou a Jezikri pou sove nou, tanpri fè nou swiv li ak tout kè nou ; fè nou renmen youn lòt. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn. PWOPOZISYON : An nou montre nou gen kapasite pou nou renmen nan poze bon jan aksyon. JEDI

5

Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

“Swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou ye”. NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 14, 7-12 Frè m’ yo: Pèsonn nan nou pa viv pou pwòp tèt li, epi pèsonn pa mouri pou pwòp tèt

-12-

Sous Lav¡ li. Paske si n’ap viv, se pou Granmèt la n’ap viv, si nou mouri, se pou Granmèt la nou mouri. Konsa, swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou ye. Se pou sa reyèlman Jezikri mouri, li leve, pou l’ kòmande ni moun ki mouri yo ni moun ki vivan yo. Ou menm menm nan, pouki sa w’ap jije frè w’ la oubyen ou menm pouki sa w’ap meprize frè w’ la? Sèke nou tout n’ap konparèt devan tribinal Jezikri a. Reyèlman, sa ekri: “Mwen vivan, deklarasyon Granmèt la, paske tout jenou ap plwaye devan m’, tout lang ap fè lwanj Bondye”. Konsa chak moun nan nou ap rann Bondye kont pou pwòp tèt pa l’. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS: 26, 1. 4. 13-14 R/

Mwen

kwè

m’ap



Granmèt la nan tè vivan yo.

byen

Granmèt la se limyè m’, se sove mwen, kilès pou m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan kilès pou m’ tranble? R. Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche: pou m’abite nan kay Granmèt la tout jou lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R. Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo. Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, ret tann Granmèt la.R. LEVANJIL “Ap gen plis kè kontan nan syèl la poutèt yon sèl moun ki te nan peche epi ki konvèti” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15. 1-10 Lè sa a:

Pèseptè yo ak pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen yo ak skrib yo t’ap plenyen, yo t’ap di: “Gade, sa a resevwa pechè yo, li manje avèk yo”. Li di parabòl sa a pou yo: “Kilès nan nou, si l’ gen san mouton, epi li pèdi youn nan yo, pou l’ pa kite katrevendiznèf yo nan dezè a, epi pou l’ al chèche sa k’ pèdi a, joustan li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn li, li poze l’ sou zepòl li ak kè kontan, li rive lakay li, li rele zanmi yo ak vwazen yo, li di yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pedi a”. Mwen di nou se konsa ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon sèl pechè ki konvèti pase pou katrevendiznèf moun kòrèk, ki pa bezwen konvèsyon. Oubyen kilès madanm ki gen dis pyès lajan, si l’ pèdi youn, pou l’ pa limen lanp, pou l’ pa bale kay la, pou l’ pa chèche byen, joustan li jwenn li? Epi, lè l’ jwenn li, li rele zanmi yo ak vwazen yo, li di: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn pyès lajan m’ nan mwen te pèdi a”. Se konsa, mwen di nou, ap gen plis kè kontan devan anj Bondye a poutèt yon sèl moun ki te nan peche epi ki fè penitans. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo, pou kòmanse ti refleksyon nou jodi a, n’ap poze tèt nou kesyon sa a: Kisa ki priyorite pou Bondye? Repons kesyon sa a n’ap jwenn li nan tèks n’ap medite jodi a. Nan levanjil la nou dekouvri kòman

-13-

Sous Lav¡ yon grenn mouton gen menm valè avèk 99 lòt. Kidonk yon sèl moun ki tounen vin jwenn Bondye bay plis kè kontan pase tout sa ki te la deja, e ki yon fason oubyen yon lòt rete fidèl. N’ap fè yon ti bak sou ti kesyon an pou n’ konprann pi byen leson ki pase nan tèks yo. Lè nou gade byen, priyorite Bondye se chak grenn moun. Sa vle di, nou chak gen yon istwa pèsonèl ak Bondye e lè n’ met tout istwa pèsonèl sa yo ansanm, li vin tounen yon istwa kominotè ak Bondye. Se pou sa nou dwe konsidere ke youn nan nou p’ap viv pou pwòp tèt li, epi pèsonn pa mouri pou pwòp tèt pal. Paske «si n’ap viv, se pou Granmèt la n’ap viv, si nou mouri, se pou Granmèt la nou ye. Konsa, swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou toujou ye (Women 14,8)». Jodi a, se nou menm Granmèt la bay misyon pou n’ale chache sila yo ki pa konn Bondye oubyen tout sila yo ki kite chemen Legliz la. Menm si asanble yo chaje ak kretyen men nou pa dwe neglije sila yo ki absan, ki pa la. Paske Bondye gen yon sèl priyorite ki se fè n’ eritye lavi ki p’ap janm fini an. Volonte li se pou tout moun rive sove. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, nou menm ki se pechè, ede nou kase tèt tounen vin jwenn ou, puiske se nan ou sèl sekou nou ye. Pa pouvwa Jezikri Pitit ou a. Amèn. PWOPOZISYON: Pandan jounen sa a m’ap pale ak yon moun ki pa kwè nan Jezikri sou Bòn Nouvèl delivrans la.

VANDREDI Koulè Vèt

6

PREMYE MOSO LABIB

“Mwen se sèvitè Jezikri nan nasyon yo, pou kado nasyon yo kapab fè Bondye plezi” NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 15, 14-21 Mwen sèten, frè m’ yo, nou plen avèk charite, nou plen ak tout kalite syans, pou nou youn kapab bay lòt avètisman. Men, sou kèk pwen, frè m’ yo, mwen te ekri nou avèk lodas, pou m’ rafrechi memwa nou, poutèt gras Bondye te ban mwen an, pou m’ vin tounen sèvitè Jezikri nan nasyon yo, avèk misyon sakre pou m’ anonse bòn nouvèl Bondye a, pou nasyon yo ka tounen ofrann ki fè Bondye plezi, antan Lespri Sen an mete l’ apa [sanktifye l’]. Mwen kontan leve tèt mwen nan Jezikri poutèt sèvis Bondye a. Mwen pa ta pran chans pale si Jezikri pa t’ sèvi avèk mwen pou fè nasyon yo vin obeyi l’, ak pawòl ak aksyon, ak pouvwa mirak ak pwodij, ak pouvwa Lespri Sen an; se konsa, depi Jerizalèm travèse jous Iliri a, mwen fè bòn nouvèl Jezikri a rive vre. Se konsa tou mwen preche bòn nouvèl sa a kote yo pa t’ ko tande pale sou Jezikri, pou m’ pa t’ bati sou fondasyon lòt moun, men daprè sa k’ ekri a: “Moun yo pa t’ ko anonse l’ yo, y’ap wè l’; moun ki pa t’ ko tande yo, y’ap konprann”. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS: 97, 1. 2-3a. 3cd-4 R/ Devan je nasyon yo Granmèt la devwale sove l’ la.

-14-

Sous Lav¡ Chante yon kantik nouvo pou Mèt la fè lwanj kontab malonèt la, paske li te aji avèk ladrès; sèke pitit Granmèt la, paske li fè mèvèy. Glwa sove l’ la parèt nan men dwat syèk sa a gen plis ladrès pase pitit limyè yo nan relasyon yo genyen li ak bra li ki sen an.R. Granmèt la fè konnen sove l’ la, antre yo. devan je nasyon yo li devwale jistis li An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl a. Li fè sonje mizerikòd li a ak verite Bondye a. REFLEKSYON l’ pou kay Izrayèl la.R. Rann kont, se yon bagay anpil Tout limit tè a ap wè sove Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout moun pa renmen. Depi yo mande rann kont, gen sa ki di se paske yo pa tè a, eklate, danse, chante.R. fè yo konfyans. Anpil fwa se paske LEVANJIL “Pitit syèk sa a gen plis sajès pase bagay yo pa klè, paske jan pwovèb pitit limyè yo nan relasyon yo genyen la di sa a: regleman pa gate zanmi. Levanjil la montre nou aklè nou gen antre yo” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI pou nou rann kont de sa nou te fè. Yo ban nou ekzanp yon kontab ki pa t’ fè A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 1-8 travay li byen, epi lè yo te mande li Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo: rann kont li te deja wè l’ap pèdi dyòb “Te gen yon mesye ki te rich, li te li. Kòm li deja wè l’ap pèdi dyòb gen yon kontab, yo denonse kontab li, li tonbe nan fè magouy. Konsa li la kote l’, poutèt li t’ap gaspiye byen panse li te aji tankou yon moun ki trè l’ yo. entèlijan. Men pa bliye nenpòt jan Li rele l’, li di l’: “Sa m’ tande sou ou ta entèlijan ou p’ap kapab twonpe ou a? Rann kont sou sa m’ te konfye Granmèt la. ou yo; paske ou p’ap jeran m’ ankò”. Apòt Pòl nan dezyèm lekti a prezante Kontab la menm reflechi, li di nan kè nou travay li nan gaye Bòn Nouvèl l’: “Ki sa pou m’ fè, paske mèt mwen la. Konsa nan dènye jou a li pare pou wete plas kontab la nan men m’? li rann kont. E ou menm? Kisa ou fè Travay tè a, mwen pa kapab; mande nan travay Granmèt la? Èske ou pare charite, m’a wont. Mwen konnen sa pou ou rann kont. Tankou apòt Pòl m’ap fè, pou lè m’ pa kontab ankò, yo nou envite pou nou anonse Jezikri resevwa m’ nan kay yo”. espesyalman kote yo poko tande li, Konsa li rele chak moun ki te dwe epi tou konfòme lavi nou ak mesaj mèt li, li di premye a: “Konbyen Jezikri a. ou dwe mèt mwen an?” Li di: “San Nan dènye jou a, pèsonn p’ap ka barik luil”. Li di l’: “Pran resi ou fè kou mal taye, tout moun ap gen la, epi chita vit: ekri senkant”. Aprè pou rann kont kòmsadwa ; p’ap gen sa li di yon lòt: “Ou menm menm, magouy. Bondye ap tann bilan travay konbyen ou dwe?” Li di: “San sak chak moun pèsonèlman. Ala bon sa ble”. Li di l’: “Pran biye ou yo, epi ta bon si nou te ka pran lavi nou ak ekri katreven”. misyon Bodye konfye nou oserye, -15-

Sous Lav¡ pou nou pa gen panik nan dènye jou a. Ala bon sa ta bon si lè nou nou parèt devan Bondye nou nan dènye jou a nou te ka di li san kè sote, san grate tèt: Granmèt men bilan travay mwen sou tè a ! LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè Lespri ou a klere panse mwen ak aksyon mwen chak jou nan lavi mwen, Lespri Sajès ak Verite a. Pa pouvwa Jezikri. PW O POZIS YON: M ’ ap p r an misyon Bondye konfye mwen oserye, paske avan lontan m’ap gen obligasyon pou m’ rann li kont. SAMDI

7

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

"Se pou nou youn salye lòt ak yon bo ki sen". LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 16, 3-9.16. 22- 27 Frè m’ yo: Salye Priska avèk Akila, èd mwen yo nan Jezikri; yo menm ki te ekspoze tèt yo pou nam mwen, se pa mwen menm sèlman k’ap di yo mèsi, men se tout Legliz nasyon yo; salye tout Legliz la ki rasanble lakay yo. Salye Epemèt, sa a mwen renmen an, se premye jèm Azi a donnen nan Jezikri. Salye Mari, ki pase kont traka pou nou. Salye Andronik ak Jini, moun menm peyi avèk mwen, ki te nan prizon ansanm avèk mwen, se apot ki gen repitasyon, yo te kwè nan Jezikri anvan m’. Salye Anplyat, li menm mwen renmen anpil nan Granmèt la. Salye Iben, li menm ki

ede nou nan Jezikri, avèk Stakis, sa a mwen renmen anpil la. Se pou nou youn salye lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Jezikri yo salye nou. Mwen menm, Tèsiyis, ki ekri lèt la, mwen salye nou nan Granmèt la. Kayiyis ki louvri kay li a pou mwen an li salye nou, ansanm ak tout Legliz la. Erast salye nou, li menm ki responsab trezò lavil la, ni Katis tou, frè nou an. Gras Granmèt nou Jezikri avèk nou tout. Amèn. Bondye gen pouvwa pou l’ konsolide nou daprè bòn nouvèl mwen an ak prèch mwen fè sou Jezikri, daprè revelasyon mistè ki te ret kache nan silans pandan tout tan yo. Mistè sa a, li louvri koulye a gras a sa pwofèt yo te ekri yo, daprè lòd Bondye bay depi tout tan. Mistè sa a; tout nasyon yo konnen l’, pou yo obeyi lafwa a. Pou Bondye sèl ki gen sajès, pa pouvwa Jezikri, onè ak glwa pou li pou tout tan gen tan! Amèn. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

144, 2-3. 4-5. 10-11 (r.: Cf. 1) R/ M’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan, Bondye m’, wa mwen.

Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, M’ap fè lwanj non ou pou tout tan ak tout tan gin tan. Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, Grandè l’, yo pa kapab sonde l’.R. Yon jenerasyon ap fè lwanj pou aksyon ou yo bay yon lòt jenerasyon, Y’ap deklare pouvwa ou. Y’ap rakonte grandè glwa ou kòm wa,

-16-

Sous Lav¡ Y’ap detaye mèvèy ou yo.R. Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout aksyon ou yo; Sen ou yo ap fè konpliman pou ou. Y’ap deklare glwa peyi wa ou la, Y’ap rakonte pouvwa ou.R. LEVANJIL "Si nou pa fidèl nan move lajan an, ki moun k’ap kwè nou pou bagay ki vre a?" MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 16, 9 -15 Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo: "Fè zanmi avèk move lajan an; konsa, lè n’a nan bezwen, y’ap resevwa nou nan tant tout tan yo. Moun ki fidèl nan ti kras, li fidèl nan pi gran an tou; moun ki pa onèt nan ti kras la, li pa onèt non plis tou nan pi gran an. Konsa, si nan lajan malonèt la nou pa t’ fidèl. Kilès k’ap renmèt nou sa k’ vrè a? Epi, si nou pa t’ fidèl nan afè lòt moun, kilès k’ap ba nou sa k’ pou nou an? Yon sèvitè pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn pou l’ renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, epi l’ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ansanm avèk lajan". Farizyen yo te tande tout bagay sa yo, yo menm ki te renmen lajan; yo t’ap pase l’ nan jwèt. Li di yo: "Nou se moun k’ap rann tèt nou jistis devan moun. Bondye menm konnen kè nou; sèke sa moun bay plis enpòtans, se li menm Bondye pa vle wè. REFLEKSYON Mond n’ap viv la gen twa konsèp sou richès : anpil lajan, anpil pouvwa, anpil byen. Poutan lè yon moun gen

bagay sa yo oubyen kèk nan yo epi li pa byen sèvi ak yo, lè sa a yo vin tounen mèt li. Sa vle di, se yo menm ki vin ap kòmande lavi moun nan, paske yo kondisyone li. Lè sa a li vin pa gen plas ankò nan kè li pou Bondye. Frè ak sè m’ yo, li enpòtan anpil pou n’ pataje sa nou genyen avèk lòt pandan n’ap respekte diyite yo kòm moun. Nou rekonèt gen anpil moun ki gen lajan e ki pataje avèk sila yo ki pa genyen. Men sa yo pataje a pa sifi. Si se pa t’ sa, mizè ta fini sou latè. Moun ki refize pataje, se kategori moun ki sèvi ak lajan kòm mèt yo e ki itilize l’ pou domine lòt yo. Lajan enpòtan anpil nan sosyete n’ap viv la, paske se avèk lajan nou ka achte tout sa nou bezwen ; men lajan pa dwe tounen yon blokaj nan relasyon nou youn avèk lòt. Se pou nou youn renmen lòt, se pou nou youn wè nan lòt la yon frè, ki merite respè. Nou ba dwe nan lagè ak lòt la kòmkwa se yon lènmi. Nan Bondye pa gen jwif, pa gen payen, pa gen nwa, pa gen blan… Nou fòme yon sèl kò, yon sèl lespri. Se pou Bondye ba nou yon lespri pataj pou nou aprann pataje tout sa nou resevwa nan men li. LAPRIYÈ :Bondye, se ou ki ba nou tout sa nou genyen. Tanpri aprann nou itilize yo pou byen pan ou ak pou byen tout moun, espesyalman sila yo k’ap viv bò kote nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn PWOPOZISYON : Ann nou youn rete solidè ak lòt la san nou pa gade sou koulè li, nivo entèlektyèl li, nasyonalite li, richès li.

-17-

Sous Lav¡

DIMANCH Koulè Vèt

8

lè sa a ja farin nan pa manke, boutèy luil la pa bese, daprè pawòl Granmèt la te di pa lentèmedyè Eli a. Pawòl Granmèt la.

TRANNDEZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B

PREMYE LEKTI

"Ak ti farin li an, vèv la fè yon ti pen, li pote bay Eli". LEKTI PREMYE LIV WA YO 17, 10- 16 Jou sa yo: Pwofèt Eli leve, l’al Sarepta. Lè l’ rive nan pòt vil la, yon madanm vèv parèt devan l’, madanm nan t’ap ranmase bwa; Eli rele l’, li di l’: "Ban m’ yon ti gout dlo nan yon veso pou m’ bwè". Pandan madanm nan t’a prale pou l’ pote l’, Eli rele l’, li di: "Tanpri, pote yon ti mòso pen nan men ou pou mwen". Madanm nan reponn: "Sou lavi Granmèt la, Bondye ou la, mwen pa gen pen, sòf yon ti ponyen farin nan yon ja ak yon ti gout luil nan yon boutèy. Men m’ap ranmase de bout bwa pou m’al fè pat pou mwen menm ak pitit mwen an, pou nou manje, aprè sa, n’a mouri". Eli di: "Ou pa bezwen pè, ou mèt ale, fè jan ou di a; sèlman ak farin nan, kòmanse fè yon ti pen ou a kuit anba sann pou mwen anvan, epi pote l’ ban mwen; aprè sa, w’a fè pou ou ak pou pitit ou a. Sèke men sa Granmèt la, Bondye Izrayèl la, di: "Ja farin nan p’ap manke, boutèy luil la p’ap bese, jous jou Granmèt la ap voye lapli sou fas tè a". Madanm nan ale, li fè daprè pawòl Eli a. Eli manje ni li menm, ni madanm nan, ni moun lakay li; depi

SÒM REPONS

145, 7. 8-9a. 9bc-10 (r.: 1) R/ Fè lwanj pou Granmèt la, nam mwen.

Li menm ki kenbe verite a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, ki bay moun ki grangou yo manje, Granmèt la lage prizonye yo.R. Granmèt la klere avèk yo, Granmèt la drese sa k’ kraze yo, Granmèt la renmen sa k’ kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R. Òfelen an ak vèv la, li soutni yo, men chemen pechè yo, li gaye yo. Granmèt la ap kòmande kòm wa pou tout tan, Bondye ou la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R. DEZYÈM LEKTI "Jezikri ofri tèt li yon fwa pou tout, pou l’efase peche pakèt foul moun yo". LEKTI LÈT POU EBRE YO 9, 24-28 Jezi pa t’ antre nan yon tanp ki fèt ak men moun, nan pòtre bagay ki vrè yo, men se nan syèl la menm li antre pou l’ parèt koulye a devan fas Bondye pou nou; se pa pou l’ kapab ofri tèt li anpil fwa, tankou prèt an chèf la ki blije antre chak ane nan tanp la ak san ki pa pou li; otreman li ta blije soufri anpil fwa depi kòmansman tè a. Men koulye a, se yon sèl fwa pou tout jous finisman syèk tan yo, li parèt pou l’ detwi peche a.

-18-

Sous Lav¡ Menm jan destine moun yo se pou yo mouri yon sèl fwa, epi aprè sa, pou yo parèt pou jijman an, konsa tou Jezikri ofri tèt li yon sèl fwa pou l’efase peche tout foul moun yo, aprè sa, l’ap parèt yon dezyèm fwa, san kesyon peche a, pou delivrans moun yo k’ap tann li a. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

"Pòv vèv sa a mete plis pase tout moun". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 12, 38-44 Lè sa a: Jezi t’ap di foul yo nan ansèyman l’ nan: "Fè atansyon skrib yo, ki renmen pwomennen nan gran manto, epi ki renmen pou moun yo salye yo sou plas la, yo renmen chita nan premye plas yo nan sinagòg yo, yo renmen plas donè nan resepsyon yo; y’ap devore byen vèv yo, antan yo fè sanblan y’ap fè yon pakèt priyè: moun sa yo ap resevwa pinisyon ki pi rèd". Jezi chita an fas sal kèt la; l’ap gade kijan foul la t’ap mete lajan nan kèt la; anpil moun rich t’ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive, li mete de ti pyès, ki vo vennsenk kòb. Jezi rele disip li yo, li di yo: "Amèn, mwen di nou, pòv vèv sa a mete plis pase tout moun ki mete lajan nan kèt la; sèke tout moun, se nan sa yo genyen an twòp yo bay; li menm menm se nan ti sa k’ pa menm kont pou li a li pran, tout sa l’ te genyen, li bay li, tout sa l’ te bezwen pou l’ viv la". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Liv wa yo montre nou kijan Granmèt gen kè sansib pou vèv li yo, pòv li yo, moun ki met konfyans nan li. Atravè rankont pwofèt Eli avèk vèv sa, ki pa t’ gen anpil mwayen pou li te viv ak pitit li a, ti sa l’ te genyen an, li ta pral manje l’ aprè sa pou l’ te mouri. Men li te koute vwa Bondye ki te pale avè l’ pa lantremiz pwofèt la, epi l’ te fè sa pwofèt la te mande l’ fè a, konsa li te jwenn benediksyon ak favè Bondye, ja farin li an ak boutèy lwil li a pa t’ janm fini paske l’ te kwè nan Bondye epil pa t’ pè pataje ti sa l’ te genyen an tou. Yon fason global, pawòl Bondye a mande nou de bagay jodi a : Dabò konfyans nan Bondye ak pataj. Se Sen Ogisten ki di nou gen plis kè kontan pou nou bay ke resevwa, lè nou bay se lè a nou resevwa. Sila ki ekri Lèt pou ebre yo ap fè diferans pou nou ant Jezi kòm Gran Prèt ak lòt gran prèt yo. Gran prèt yo te oblije antre chak ane nan tanp la ak san bèt pou yo ofri sakrifis pou peche pèp la ak peche pa yo tou. Men Jezi li menm antre yon sèl fwa, li disparèt fènwa peche a ; konsa li fè nou konnen se yon sèl fwa n'ap mouri aprè pou nou kapab parèt nan Jijman an, menm jan an tou l'ap retounen pou li vin chèche nou, sila yo ki fè volonte Bondye, sila yo k'ap tann li a. Se pou nou tout e nou chak Jezi te bay lavi l’, konsa nou tout dwe travay pou nou kapab jwenn lavi ki p’ap janm fini an paske Jezi pwomèt ke l’ap tounen vin chèche nou, se nou tout ki dwe fè jefò pou ale avè l’ nan peyi kote Bondye ap kòmande pou tout tan an.

-19-

Sous Lav¡ Eskrib yo se espesyalis ak entèprèt ofisyèl pawòl Bondye. Yo te bay tèt yo wòl pou yo konseye moun k’ap pran desizyon nan Lalwa. Kalite fòmasyon sa yo, Jezi ak disip li yo pa t’ gen chans resevwa yo. Men Jezi te trè diferan pa rapò avèk yo nan fason yo t’ap konpòte yo. Se sa ki fè ke yo te opoze, youn pa t’ vle wè lòt, Jezi t’ap denonse mechanste yo t'ap fè moun yo, ak fason yo t’ap viv. Se sa k’ fè l’ di nou fòk nou pran prekosyon avèk yo paske yo renmen fè wè, nan fason yo salye moun sou plas piblik, nan jan y’ap kouri pran premye plas nan legliz. Yo te plis atire moun vin jwenn yo ke yo olye yo te kite Bondye atire yo. Sa y'ap di moun fè, yo menm yo pa fè l’, y’ap pran byen vèv yo, y’ap maltrete yo, yo fè moun enjistis nan pran ti lajan yo. Se pou sa Jezi demaske ipokrizi yo, epi li di nou pran prekosyon avèk yo. Men moun sa yo gen pou yo peye plis ke sa paske moun pa ka bay Bondye manti, paske li wè kè nou, nou byen transparan devan li. Kay koule twonpe solèy, men li pa ka twonpe lapli. Nou menm, nou pa dwe aji pou fè moun wè ; se pou nou chèche fè volonte Bondye nan tout sa n'ap fè, tout kote nou ye. Jezi chita nan tanp la l'ap swiv moun yo k’ap fè ofrann yo, gen moun ki mete gwo pyès lajan, men gen yon vèv ki rive li mete sèlman de ti pyès, se tout sa li te genyen. Jezi pran lapawòl li di disip li yo se dam sa ki mete ki mete plis, paske li bay tout sa l’ te genyen an, men lòt moun yo se nan sa yo pa bezwen an yo bay. Sa montre nou ke depi lontan te gen sa yo rele inegalite nan klas sosyal

yo, men Jezi vle fè nou wè tou se pa richès nou yo ki enterese l’ men se kè nou, se atitid nou. Lè n'ap bay Bondye se ak tout kè nou nou dwe fè sa, nou pa dwe bay sa nou pa bezwen. Anpil fwa nou konn ap gaspiye manje epi gen moun k'ap pase grangou, yo pa jwenn anyen pou yo soutni kò yo. Nan mond sa n'ap viv jounen jodi a nou dwe pran konsyans de eta nou, de jan nou ye, de relasyon nou ak sosyete a, pou nou wè ki kote nou ye, si n'ap travay pou n’ fè moun wè oubyen si n'ap travay pou nou rive fè volonte Bondye. Se sa menm Jezi vle di nou, lè l’ di nou fòk nou pridan ak eskrib yo pou nou pa fè menm jan avèk yo, pou nou travay pou pawòl nou ka rive fè youn ak aksyon nou yo ; konsa n’a rive viv kòm frè ak sè epi sosyete nou an va chanje tout bon vre, lavi nou va chanje menm jan lavi vèv la te chanje a, paske Bondye ap konble tout vid ki nan lavi nou. LAPRIYÈ : Mèsi Jezi pou san w’ ki te koule pou mwen. Tanpri pa janm kite m’ bliye sa. PWOPOZISYON :Nan pwoblèm mwen m’ap fè Bondye konfyans. Se li menm sèl ki kapab sove mwen. Pa gen anyen li pa ka fè (Lik 1,37). LENDI

9

Koulè Blan

K O N S E K R A S YO N G R A N L E G L I Z LATRAN-AN (FÈT)

PREMYE MOSO LABIB

“Mwen wè dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun kote dlo sa a rive, yo sove”

-20-

Sous Lav¡ NAN LIV PWOFÈT EZEKYÈL

47, 1-2. 8-9. 12 Jou sa yo: Anj la fè m’ tounen nan pòt kay Granmèt la, mwen wè dlo ki t’ap sòti anba papòt kay la nan direksyon olevan; sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon olevan, dlo yo menm t’ap desann nan kote Tanp la, adwat, nan mitan lotèl la. Li fè m’ sòti nan chemen pòt nan nò a, li fè m’ tounen nan chemen deyò a nan pòt deyò a, nan chemen ki gade nan direksyon olevan an; mwen wè dlo yo k’ap gonfle nan kote dwat la. Li di m’: “Dlo sa yo, k’ap pati al nan bann sab nan direksyon olevan an, epi k’ap desann nan tè plat dezè a, y’ap antre nan lanmè a; y’ap gaye, epi dlo lanmè yo ap refè; tout bèt vivan k’ap glise, tout kote ravin dlo a rive, l’ap viv, ap gen anpil kantite pwason; lè dlo sa yo fin rive la a, tout bagay ravin dlo a touche, y’ap refè, y’ap viv. Bò ravin nan, nan chak kote, tout kalite pye bwa ki donnen fwi ap pouse; p’ap gen fèy k’ap tonbe sot nan yo, fwi yo p’ap manke, chak mwa y’ap donnen fwi nouvo; paske dlo l’ yo se nan Tanp la yo sòti, fui yo ap sèvi kòm manje, fèy yo ap sèvi kòm remèd”. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS: 45, 2-3. 4-5. 89-9 R/ Kouran rivyè yo met kè kontan nan vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la, nan joupa ki sen yo.

Bondye se kachèt nou ak fòs nou, li pote nou anpil sekou nan tray nou yo.Se pousa nou p’ap pè, menm si tè a chanje, menm si mòn yo travèse nan fon lanmè-a.R.

Kouran rivyè yo met kè kontan nan vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la, nan tant ki sen yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap souke; Bondye ap pote l’ sekou granmaten devan jou.R. Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou, Bondye Jakòb la. Vini, n’a wè travay Granmèt la, li mete mèvèy sou tè a.R. Pawòl Granmèt la.

DEZYÈM MOSO LABIB

“Nou se Tanp Bondye a”

NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO

3, 9b-11. 16-17 Frè m’ yo: Nou se kay Bondye. Daprè gras Bondye a, sa l’ fè m’ nan, mwen poze fondasyon tankou yon enjenyè ki gen sajès; yon lòt bati sou li. Men se pou chak moun gade byen kijan l’ap bati sou li. Sèke pèsòn pa kapab poze dòt fondasyon pase sa k’ deja poze a, sa vle di Jezikri. Èske nou pa konnen se Tanp Bondye a nou ye, epi Lespri Bondye a abite nan nou? Si yon moun derespekte Tanp Bondye a, Bondye ap fini ak li. Sèke Tanp Bondye a sen, epi kay Tanp sa a se nou menm. Pawòl Granmèt la. LEVANJIL “Li t’ap pale osijè tanp kò l’ la” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 2, 13-22 Pak Juif yo te tou pre, Jezi monte Jerizalèm; nan Tanp la li jwenn machann bèf ak mouton ak pijon, epi moun k’ap chanje lajan, ki te chita. Li fè tankou yon fwèt ak kòd, li chase yo tout sot nan Tanp la, ansanm ak mouton yo ak bèf yo, li chavire

-21-

Sous Lav¡ monnen moun ki t’ap chanje lajan yo, li vire tab yo bouch anba. Moun yo ki t’ap vann pijon yo, li di yo: “Wete bagay sa yo sot isit la, pa fè kay Papa m’ nan vin tounen kay komès”. Disip li yo vin sonje yo te ekri: “Chalè renmen pou kay ou a ap devore m’”. Juif yo pran lapawòl, yo di l’: “Ki siy w’ap montre nou pou sa w’ap fè a?” Jezi reponn, li di yo: “Detwi Tanp sa a, epi nan twa jou m’ap drese li”. Juif yo di: “Se karann-sizan yo pran pou bati Tanp sa a, epi ou menm nan twa jou w’ap drese l’?” Li menm menm, li t’ap pale sou Tanp kò l’ la. Lè l’ resisite sot nan pami mò yo, disip li yo vin sonje li te di sa, yo kwè nan sa k’ ekri yo ak nan pawòl yo Jezi te di a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Dlo se yon eleman fondamantal nan lanati, ki bay lavi ak pouvwa; san dlo latè t’ap yon peyi dezè, kote swaf ak grangou pa ta kite oken moun viv. Nou sèvi ak dlo pou nou kab benyen, pirifye nou, e dlo pa sèlman yon senbòl pirifikasyon ak lavi, men tou, se yon senbòl pwòpte moral. Dlo se yon kouto de bò: li pote lavi, konsa tou li detwi lavi. Nou konn tande kòman anpil moun konn mouri nan inondasyon; nan jou pase a yo pa ekzanp, nou te aprann nan nouvèl kòman te gen menas tsounami nan peyi Chili, lè sa Leta te mande moun yo pou deplase sòti bò lanmè a pou yo monte kote ki gen tèt mòn yo.

Tèm dlo, nan chapit 48 nan Liv Ezekyèl la, se yon faktè enpòtan nan restorasyon pèp Bondye a, aprè li retounen sot an ekzil, Bondye ap vide dlo pou pirifye ak lave kè moun yo pou pèmèt yo sèvi l’ fidèlman nan lwa li yo. Tanp lan se siy visib prezans Bondye sou tè a. Se tankou yon sous ki pa janm tari, k’ap koule nan gwo larivyè ki tranfòme an flèv pou koule nan lanmè: dlo sa a gaye lavi a ak sante nan pasaj li yo pou pye bwa ka grandi ak bay bon fwi, tankou nan paradi (jaden Edèn nan). Konsa nou ka konprann kòman dlo a jwe yon wòl trè senbolik, ki fè nou konprann kalite sous lavi Bondye a k’ap alimante pwòp lavi pa nou nan tan mesyanik yo epi ki pèmèt lavi nou boujounen. Se pou rezon sa, Jezi, yon lè nan jès li yo, montre li plen otorite pou l’ te mete lòd nan tanp lan. Li te gen yon respè pwofon pou tanp lan, paske tanp lan se lakay papa l’ , se kay lapriyè, se sa ki fè li pa t’ kontan ke yo te fè kay papa l’ tounen yon mache, yon sant komèsyal. Li mete tout machann yo deyò. Atitid sa ta pral make kòmansman konfli ant Jezi ak jwif yo e li pral debouche sou lamò li sou lakwa. Komèsan yo t’ ap chèche pwòp enterè yo, se lajan yo yo t’ap defann, yo pa t’ bay Bondye regle anyen pou yo, yo pa t’ respekte karaktè sakre tanp lan te genyen. Menm jan Jezi chase vandè yo nan tanp lan pou li te pirifye l’, se konsa Bondye pa janm sispann pirifye pèp li a malgre kondisyon li kòm pechè. Chak kretyen dwe montre respè ak anpil

-22-

Sous Lav¡ devouman pou Legliz la, ki se kò Kris la. Chak fwa nou kontinye fè peche, komèt enjistis, mechanste, ipokirizi, nou fè Jezi tris. An nou sonje espas ki pi sakre pou Bondye a se kè nou, antan n’ap chase tout vye santiman ki ladan li, santiman ki p’ap pèmèt nou viv nan zanmitay ak Bondye. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki gen tout pouvwa, ki bay tout bagay yon sans, tanpri fè lavi nou tounen yon sous lavi ki branche avèk sous pa w’ la, pou sila yo ki swaf kapab puize. PWOPOZISYON: Menm jan Jezi te defann kay sakre a, nou menm kretyen, se pou nou sonje misyon nou kòm pè, pwofèt ak wa nan Jezikri. MADI

10

pati kite nou y’al fè wout yo a, sa parèt kòm si yo te peri; epoutan yo menm yo nan lapè; epi si devan moun yo, yo sibi tray, yo gen kont esperans yo p’ap janm mouri. Yo pase mizè nan kèk bagay men y’ap jwenn bon sitiyasyon anpil, paske Bondye te eseye yo epi li te jwenn yo kòrèk pou li. Tankou lò nan founèz dife, Bondye eseye yo, epi tankou kado sakrifis antye, li aksepte yo; lè tan an ap rive, y’ap klere. Moun ki kòrèk yo ap klere, epi tankou etensèl y’ap kouri nan dife; y’ap jije nasyon yo, y’ap kòmande sou pèp yo, Granmèt yo a ap kòmande kòm wa pou tout tan. Moun ki met konfyans nan li, y’ap konprann verite a. Moun ki fidèl yo ap ret avèk li nan renmen an, paske li bay gras ak lapè pou sa yo li chwazi a. Pawòl Granmèt la.

Koulè Blan

LEON LE GRAN KI SEN, Pap e Savan sakre Legliz la

SÒM REPONS

33, 2-3. 16-17. 18-19 (r.: 2a)

(Memwa)

R/

"Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri, epoutan yo menm yo nan lapè". LEKTI LIV LASAJÈS 2, 23-3, 9 Bondye kreye moun nan pou l’ pa mouri, epi se sou pwòp pòtre l’ li fè l’. Men se anvi dyab la ki fè lanmò a antre sou fas tè a; moun ki disip li yo, y’ap suiv ekzanp li. Men nam moun ki kòrèk yo menm se nan men Bondye yo ye, tray lanmò p’ap touche yo. Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri; lè yo pati kite tè sa a menm, moun yo konsidere sa tankou yon malè; lè yo

M’ap fè konpliman pou Granmèt la nan tout okazyon, Tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn glwa l’, Se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R. Je Granmèt la sou moun ki kòrèk yo, zòrèy li sou rèl yo. Fas Granmèt la sou moun k’ap fè mal yo, Pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R. Yo rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.

PREMYE LEKTI

M’ap



konpliman

pou

Granmèt la nan tout okazyon.

-23-

Sous Lav¡ Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze, L’ap sove sa k’ gen espri yo boulvèse.R. LEVANJIL "Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè nou fè". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 7-10 Lè sa a: Granmèt la di: «Kilès nan nou, si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè oubyen k’ap okipe bèt, lè l’ sot nan jaden, pou l’ di l’: 'Fè vit, travèse, al lonje kò ou'? Èske li p’ap di l’ pito: 'Pare manje, mete tabliye ou, epi sèvi m’, pou m’ manje, pou m’ bwè, epi aprè sa, ou menm w’a manje epi w’a bwè'? Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la? Mwen pa kwè. Se konsa pou nou menm tou, lè nou fin fè tout sa yo te pase nou lòd pou nou fè a, se pou nou di: 'Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè a, se li menm nou fè'». An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a Legliz la ap sonje Sen Leon Le Gran. Kilès li te ye? Ann fè yon ti gade istwa li. Se te karantsenkyèm Pap ki te nan tèt Legliz la, aprè Sen Pyè. Li te gouvènen Legliz la sòti nan lane 440 pou rive nan lane 461. Sa vle di li te fè 21 lane ap panse epi pran desizyon pou Legliz la. Yo pa twò byen konnen orijin li. Li te fèt yon kote yo rele Toskán oubyen Wòm ki se capital peyi Itali, ant 390 e 400. Papa li te rele Kintyanous, se te yon dyak nan Legliz Wòm, lè Pap Selesten I t’ap dirije Legliz la

(lane 422 pou rive nan lane 432), epi lè Pap Sikst III t’ap dirije Legliz la (432-440). Leon se te bon zanmi Pap Sikst III. Lè Pap sa a te mouri, nan dat 19 out nan lane 440, otorite lajistis Ravèn yo te mande Leon pou li te ale kote yo rele Gol, pou li te kapab eseye rezoud yon konfli an Patris Ayetiyous ak prefè Albinous. Leon te vin gen yon repitasyon ak yon enfliyans ki si tèlman gran, pèp Wòm nan te vote li pou li te vin pap, pandan li te nan misyon pou lapè a nan peyi Gol. Se konsa li te antre nan lavil Wòm pou yo te kapab sakre li nan dat 29 septanm. Sen Pyè Krizològ se te konseye li. Nan okazyon sa a, Pawòl Bondye a (Levanjil la) pa atire atansyon nou sou atitid Mèt la, men se pito sou atitid sèvitè yo. Avèk ekzanp parabòl sa a, Jezi envite apot li yo konsidere atitid sèvis la: sèvitè a dwe obeyi mèt li epi fè travay li san li p’ap tann rekonpans: « Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la?» (Lik 17, 9). Poutan, leson sa a se pa dènye leson sou sijè sa a. Pita Jezi pral disip li yo: «Mwen menm mwen pa rele nou sèvitè, paske sèvitè a pa konnen sa mèt li fè; men mwen rele nou zanmi, paske mwen mwen fè nou konnen tout sa mwen tande sou Papa mwen» (Jan 15,15). Zanmi pa mande kont. Si sèvitè yo dwe obeyi e fè devwa yo, plis toujou disip Jezi yo, zanmi li yo, nou dwe akonpli misyon ke Bondye konfye nou antan nou konnen ke travay nou reyalize pa merite okenn rekonpans, paske nou fè li ak anpil kè kontan, paske tout sa nou genyen ak

-24-

Sous Lav¡ sa nou ye, se kado Bondye fè nou. Pou kretyen an, tout bagay se siy, pou moun ki renmen tout bagay se don, se kado. Travay pou Wayòm Bondye a, se sa ki rekonpans nou, e se pou sa nou pa dwe di «Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè a, se li menm nou fè» avèk tristès» avèk tristès, men se avèk kè kontan nou dwe di sa, kè kontan moun Bondye te rele pou transmèt Levanjil la. LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki pa janm pèmèt pou pòt lanfè yo ranpòte viktwa kont Legliz ou a, ki bati byen solid sou wòch apot yo, tanpri, gras a priyè pap Leon ki sen, asire l’ nan verite w’ la, pwoteje l’ ak lapè tout tan an. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Travay m’ap fè a, se misyon Bondye konfye mwen. M’ap fè travay sa a ak kè kontan, san m’ pa bougonnen. MÈKREDI Koulè Blan

11

MATEN KI SEN, EVÈK (Memwa)

PREMYE MOSO LABIB

“Granmèt la sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, ba yo losyon kè kontan an” NAN LIV PWOFÈT IZAYI 61, 1-3a. Lespri Granmèt la sou mwen, se pousa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse ke ki kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo, pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè gras, yon jou

vanjans pou Bondye nou an, pou m’ konsole tout moun ki nan lapenn, pou m’ mete yon kouwòn nan plas sann pou moun Siyon yo ki nan lapenn yo, losyon kè kontan nan plas dèy, manto lwanj nan plas lespri tristès. Pawòl Granmèt la. SÒM REPONS 88, 2-3. 21-22. 25 e 27 R/ Kè sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.

Kè sansib Granmèt la, se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen.Sèke mwen te di: “Pou tout tan kè sansib la bati”, nan syèl la ou asire verite w’ la. R. Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’. Men m’ap ret fèm avèk li, bra m’ ap ba li fòs. R. Verite m’ ak kè sansib mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li. Li menm l’ap rele m’: “Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen.R. LEVANJIL “Tout sa nou fè pou pi piti nan frè m’ yo, se pou mwen nou fè li”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 25, 31-40 Lè sa a: Jezi di disip li yo: “Lè Pitit moun nan ap rive nan glwa l’ la epi tout zanj li yo avèk li, lè sa a l’ap chita sou twòn glwa l’ la, l’ap rasanble tout nasyon yo devan l’, l’ap separe yo youn sot kot lòt, tankou yon gadyen triye mouton yo sot nan pami bouk yo: l’ap mete mouton yo adwat li, bouk yo menm agoch li.

-25-

Sous Lav¡ Lè sa a wa a ap di sa yo k’ap adwat li a: “Vini, nou menm Papa m’ beni an, pran posesyon peyi wa a ki te pare pou nou depi tè a te fèt la. Mwen te grangou, nou te ban m’ manje; mwen te swaf, nou te ban m’ bwè; mwen te etranje, nou te ranmase m’; mwen te ni-kò, nou te abiye m’; mwen te malad, nou te vizite m’; mwen te nan prizon, nou te vin wè m’. Lè sa a atò sa yo ki kòrèk yo ap reponn, y’ap di: “Granmèt, kilè nou te wè ou grangou epi nou te ba ou manje, swaf, epi nou te ba ou bwè? kilè sa a nou te wè ou etranje epi nou te ranmase ou, oubyen ni-kò epi nou te abiye ou? oubyen kilè nou te wè ou malad oubyen nan prizon, epi nou te vin jwenn ou?” Wa-a ap reponn, l’ap di yo: “Amèn, mwen di nou: chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou te fè li.” An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Travayè a merite salè li. Se mesaj sa nou dekouvri nan tèks pawòl Bondye pou jodi a. Levanjil la pale de kijan sa va bèl lè gran jou rekonpans Granmèt la va rive pou moun ki t’ap travay nan jaden Granmèt la. Se va yon jou sipriz ak yon jou kè kontan pou anpil moun. Sa ki te panse ke yo pa t’ travay anpil genyen pou yo sezi de gwo rekonpans Papa va sere pou yo. Atravè parabòl sa a, Jezi vle raple nou tou vrè sans batèm nou. Yon batize genyen pou misyon pou l’ mennen yon lavi ekzanplè. Vrè sans lavi yon kretyen, se « viv nan kè kontan epi envite lòt yo viv nan kèk kontan », men tout se viv nan «

sentete ». W’ap santi ou lwen sentete a si lavi ou se yon lanfè pou ou menm ak pou sila yo k’ap viv nan antouraj ou. Nou kapab kiltive lajwa. Se pou sa tèks jodi a envite nou pou nou renmen san limit. Yon renmen ki pa rete sèlman nan di bèl koze, men yon renmen ki kondwi nan aksyon konkrè ak bèl jès san ipokrizi. Yon renmen ki fè nou solidè ak lòt yo nan soufrans yo, sitou sa ki pi fèb yo. Nan premye lekti a mesaj la klè: “Panse kè ki kraze yo. Preche padon bay prizonye yo. Preche yon ane kote Granmèt la fè gras. Konsole tout moun ki nan lapenn. Mete losyon kè kontan nan plas dèy.” Yon envitasyon ki mande n’ pou nou aji nan tout imilimite san menm espere anyen. Konsa nan dènye jou a, nou kapab etone wè tout bèl rekonpans Granmèt la sere pou nou. LAPRIYÈ :Bondye, ou menm ki jwenn gran konsiderasyon ni nan lavi ni nan lanmò evèk Maten ki sen an, tanpri, refè mèvèy gras ou nan kè nou, pou ni lanmò, ni lavi pa kapab separe nou sot nan charite w’ la. Pa pouvwa Jezikri. PW OPOZI SYO N : An n e s e y e renmen pwochen nou yo, menm jan yon manman renmen pwòp pitit li, konsa malgre tout sa ki ka rive n’ap kapab kontinye renmen. JEDI

12

Koulè Wouj JOZAFA KI SEN, Evèk e Mati (Memwa)

PREMYE MOSO LABIB NAN LÈT APOT PÒL POU EFEZYEN YO 4, 1-7. 11-13

-26-

Sous Lav¡ Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Granmèt la, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou youn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. Lespri Sen an mete nou ansanm. Se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm youn ak lòt.Gen yon sèl kò ak yon sèl Lespri Sen, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. Gen yon sèl Granmèt, yon sèl konfyans, yon sèl batèm. Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap domine sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout. Nou chak nou resevwa yon kado apa, daprè sa Kris la te bay la, se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, daprè dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 R/ Moun ki suiv ou, Granmèt, l’ap gen limyè lavi a.

Sé chans pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa respekte Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa-a nan rizib yo; men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen kou lannuit.R. L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R. Se pa konsa pou moun ki pa respekte Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R. LEVANJIL Pou yo fè yon sèl nèt! MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A, DAPRÈ JAN KI SEN 17, 20-26 Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la. M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè youn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè youn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou: mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan. Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m'

-27-

Sous Lav¡ prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay. O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen. Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Si nou ta vle, nou ta kapab rezime twa moso labib nou sot li a yo ak yon sèl tèm, ki se “Solidarite nan renmen”. Se apèl solidarite sa premye moso labib la ak levanjil la ap fè nou jodi a. Nan premye lekti a, se Apot Pòl k’ap di nou: “Lespri Sen an mete nou ansanm. Se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm youn ak lòt”. Nan Levanjil la, nou wè Jezi ki konsyan kòman li difisil pou nou viv solidarite sa. Se poutèt sa li priye Papa a pou li kapab ede nou: “M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl”. Premye lekti a tou pèmèt nou konprann ki wòl Lespri Sen a jwe nan sans sa : se Lesprisen an k’ap soude nou, se li k’ap pèmèt nou mete tèt nou ansanm. Poutèt sa li mande nou pou nou «aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun » pandan ke nou youn ap sipòte lòt. Li kontinye ale pi lwen pou li montre vrè rezon

ke nou genyen nou viv ansanm lan, se paske se « yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa » epi « gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout». Tèks jodi yo anseye n’ kijan nou dwe viv tankou kretyen. Poutèt sa nou pa dwe «janm vante tèt nou ». Sa dwe fè nou konprann ke se nan imilite, senplisite ke Granmèt la manifeste prezans li nan mitan nou ; e se yon fason tou pou nou kapab «viv ak kè poze ansanm youn ak lòt». Petèt nou kapab imajine kijan li difisil pou nou viv ansanm ak moun ke nou konnen ; alewè pou moun ke nou pa konnen. Jezi priye pou nou tout fè yon sèl. Sa fè nou konprann ke solidarite a se yon apèl men tou se yon gwo defi ke Lespri Bondye sèlman kapab ede nou leve.Yon mesaj ki esansyèl pou nou menm Pèp Ayisyen. Nou dwe kòmanse aprann kite Lespri Sen an fè nou viv ansanm. Viv ansanm se chimen renmen, libète ak respè. Se nan menm chimen sa a n’a va rive grandi (tankou levanjil la di nou an), nou tout ansanm tankou granmoun ki byen devlope, daprè dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, voye Lespri-a nan Legliz ou a, li menm ki te plen Jozafa ki sen, ki fè l’ te bay lavi l’ pou mouton l’ yo, pou, gras a priyè l’, nou menm tou nou jwenn fòs nan menm Lespri sa-a, pou nou pa pè bay lavi nou pou frè nou yo. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON : Ann apresye sa ki bon nan lòt la pou nou ka renmen li e aprann viv ansanm ak li.

-28-

Sous Lav¡

VANDREDI Koulè Vèt

13

PREMYE MOSO LABIB

sonde syèk tan an, kijan fè yo pa t’ jwenn Granmèt tan sa a pi fasil? Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS: 18, 2-3. 4-5

“Si yo kapab sonde bagay tan sa a, kijan fè yo pa kapab jwenn Granmèt tan sa a?” NAN LIV SAJÈS LA 13, 1-9 Tout moun ki pa gen syans Bondye a nan yo, se vid yo vid; apati sa yo wè ki bon, yo pa t’ kapab konnen sa a ki toujou la a; antan yo konsidere travay li, yo pa rekonèt sa a ki fè yo a. Men se swa dife, swa van, swa van leje, swa mouvman zetwal yo, swa fòs dlo, swa solèy ak lalin, se sa yo konsidere kòm dye k’ap dirije fas tè yo. Si yo pran plezi ap gade glwa sa yo wè a, e poutèt sa yo konsidere yo kòm dye, se pou yo konnen kijan mèt bagay sa yo pi bèl toujou; sèke sa a ki fè glwa a, se li menm ki fè tout bagay sa yo. Oubyen, si yo sezi poutèt fòs avèk aktivite bagay sa yo, se pou yo konnen, apati bagay sa yo, kijan sila a ki fè bagay sa yo, li gen plis fòs pase yo. Reyèlman apati grandè ak glwa kreyati a, yo kapab wè avèk konesans yo sila a ki kreye yo a. Sèlman moun sa yo, se yon ti kras koreksyon yo merite, paske petèt yo twonpe chemen antan y’ap chèche Bondye epi antan yo anvi jwenn li. Sèke, pandan yo vlope nan travay li yo, y’ap chèche, epi yo gen konviksyon yo rive jwenn, paske sa yo wè a yo bon. Sèlman nou repete l’, menm yo menm yo pa inosan. Paske si yo te kapab konnen tèlman bagay pou yo

R/

Syèl

Bondye.

yo

ap

rakonte

glwa

Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’. Jou ap deklare pawòl bay jou, nannuit ap montre syans bay nuit.R. Pa gen langaj ni pawòl pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R. LEVANJIL “Jou Pitit moun nan ap devwale sa l’ ye a” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 26-37 Lè sa a: Jezi di disip li yo: “Jan sa te rive nan jou Noe yo, se konsa tou sa ap fèt nan jou Pitit moun nan; yo t’ap manje, yo t’ap bwè, yo t’ap marye, ni gason ni fi, jous jou Noe antre nan Ach la; delij la rive, li detwi yo tout. Se menm jan tou, jan sa te rive nan tan Lòt la: yo t’ap manje, yo t’ap bwè, yo t’ap achte, yo t’ap vann, yo t’ap plante, yo t’ap bati; jou Lòt kite Sodòm nan, yon lapli dife ak souf sot nan syèl la, li detwi yo tout. Se konsa sa ap fèt jou Pitit moun nan ap devwale sa l’ ye a. Jou sa a, moun k’ap sou tèt kay, si l’ gen afè l’ nan kay la, li pa bezwen tounen dèyè. Sonje madanm Lòt la. Moun k’ap chèche sove lavi l’, l’ap pèdi l’; se moun k’ap pèdi l’, k’ap jwenn li nèt ale.

-29-

Sous Lav¡ Mwen di nou: nan nuit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la; ap gen de moun k’ap moulen ansanm: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la; ap gen de moun nan jaden: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la”. Yo pran lapawòl, yo di l’: “Ki kote, Granmèt?” Li di yo: “Kote kò a ap ye a, se la èg yo ap rasanble”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Nan kòmansman liv sen Ogisten ki rele Konfesyon Yo, li di: “Ou fè nou pou ou Granmèt, e kè nou ap toujou rete enkyè toutotan li poko repoze nan ou”. Nou menm kòm moun nou toujou enkyè, nou toujou a la rechèch, nou anvi rantre an relasyon ak yon fòs ki pi wo pase nou, nou gen yon swaf espirityèl nan nou. Nan tan lontan, anpil nan moun yo te konn adore solèy, lalin, zetwal, pye bwa, sous dlo, etc… yo te pran bagay sa yo kòm Bondye. Menm jan an tou jounen jodi a jenerasyon sa a gen yon gran swaf ki abite li, sa moun yo bay plis enpòtans se ekonomi, plezi, gwo teknoloji, bri, etc… Se vre gen kèk ti satisfaksyon nan bagay sa yo, men malerezman se bagay pasajè, toujou gen yon gran vid ki rete nan moun nan ki pa janm konble paske tout bagay sa yo se tankou mwayen ki ta dwe itilize pou fè nou vin pi pre Kreyatèa ki bay entelijans pou envante yo a. Se pou sa liv Lasajès la ak Levanjil la envite nou aprann gade tout sa ki nan kreyasyon an ak yon lòt rega; nan langaj konsil Vatikan II nou

ka di se pou nou aprann li siy tan yo, kite Lespri Bondye a dirije nou pou nou kapab viv eksperyans espirityèl la ak Vrè Bondye a. Nan sans sa a li enpòtan pou nou fè yon konvèsyon enteryè pou nou resantre lavi nou nan Jezikri li menm ki prensip e fondman lavi nou. Sen Inyas de Loyola di nou se pou nou aprann chèche e jwenn Bondye nan tout bagay. Sa vle di se itilize tout sa Bondye mete o sèvis nou kòm moun pou nou rantre an kontak avèk li, san nou pa bay bagay sa yo plis enpòs ke Bondye. Sa vle di se sèl nan Jezi nap rive nou kontanple glwa Bondye a e se li k ap fè kè nou poze. LAPRIYÈ: Bondye ou menm ki kreye tout bagay, tanpri ede nou chèche e dekouvri volonte w’ nan tout bagay ou mete o sèvis nou. Aprann nou itilize yo kòm mwayen e non kòm fen, pou byen pa nou ak pou lwanj pa ou. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: M’ap chèche dekouvri nan ki fason Bondye pale ak mwen jodi a. SAMDI

14

Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

“Yon chemen san antrav parèt nan lanmè Wouj la; yo vòltije tankou mouton” NAN LIV SAJÈS LA 18, 14-16; 19, 6-9 Pandan yon silans lapè te vlope tout bagay, etan lannuit la te rive nan mitan kous chemen l’, pawòl ou a ki gen tout pouvwa a sot nan syèl la,

-30-

Sous Lav¡ nan twòn wa yo; tankou yon vanyan sòlda li fonse nan mitan tè ki gen pou disparèt la; li pote yon epe pwenti: kòmandman w’ nan ki p’ap defèt la; li kanpe, li plen tout bagay ak lanmò; pandan l’ kanpe sou tè a, li te rive jous nan syèl la. Tout kreyati te refèt daprè kategori li te genyen nan kòmansman an, pou l’ sèvi kòmandman ou yo, pou pitit ou yo te kapab jwenn pwoteksyon kont tout sa ki mal. Reyèlman, nyaj la te kouvri kote yo poze tant yo a. Epi kote ki te gen dlo anvan an, se tè sèk ki vin parèt; nan lanmè Wouj la se yon chemen san antrav ki parèt, epi yon jaden plant nan fon lanmè a; tout nasyon an travèse ladan l’, se men ou ki te pwoteje l’, yo te wè mèvèy ou yo ak pwodij yo. Yo te tankou chwal ki nan jaden zèb; tankou mouton, yo t’ap vòltije, antan y’ap chante lwanj ou, Granmèt, ou menm ki te delivre yo a. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

104, 2-3. 36-37. 42-43 R/ Sonje mèvèy yo Granmèt la te fè a.

Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo. Tire lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè k’ap chèche Granmèt la yo kontan.R. Li frape tout premye pitit nan peyi yo a, premye pitit tout fòs yo. Li fè yo sòti avèk lajan ak lò; pa gen malad nan ras pa yo.R. Sèke li te sonje pawòl li ki sen an, sa l’ te di Abraam sèvitè l’ la. Li fè pèp li a sòti ak kè kontan, sa yo li chwazi a avèk fèt.R.

LEVANJIL

“Bondye ap tire vanjans pou sila yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ la” MEN BÒN NOUVÈL NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 1-8 Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo yon parabòl, pou montre fò yo toujou ap priye, san yo pa janm sispann; li di: “Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ krenn Bondye, li pa t’ respekte moun. Nan vil sa a gen yon vèv ki te konn vin kote l’ ap di: “Fè m’ jistis anba men sa k’ap pèsekite m’ nan”. Pandan lontan, li pa t’ vle. Aprè sa, li di nan kè l’: “Menm si mwen pa krenn Bondye, mwen pa respekte moun, sèlman, paske vèv sa a ap fatige m’, m’ap fè l’ jistis pou l’ pa vin kase tèt mwen ankò”. Granmèt la di: “Koute sa move jij sa a di. Epi Bondye pa ta fè jistis pou sa yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit? èske l’ap fè yo pran pasyans toujou? Mwen di nou l’ap fè vit, l’ap rann yo jistis. Sèlman, lè Pitit moun nan va rive, èske nou kwè l’ap jwenn lafwa sou tè a?” An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Gen anpil sikonstans ki ka afekte lavi moun negativman epi ki ka lakòz anpil soufrans ak tristès. Nan tan n’ap viv la, pa ekzanp, anpil kote nan lemond moun ap viktim vye zak enjistis, diskriminasyon ou ekslizyon. Sitiyasyon sa yo konn pèmèt moun dekouraje, e menm rive fè sa k’ pa sa.

-31-

Sous Lav¡ Jezi tou nan tan li te pase sou tè a, li pa t’epanye de gwo eprèv ak kalamite sa yo; men sa ki te fè fòs li, se te lapriyè. Se sèl mwayen li te genyen pou l’ kominike ak Papa l’; se pou sa lajounen kou lannuit li te toujou ap priye. Avan li te pran yon desizyon, li te toujou antre nan kominikasyon ak Papa li. Li konnen enpòtans lapriyè, li konnen tout enpak sa genyen, se pou sa li envite zanmi li yo pou yo pa ezite priye Bondye. Se lapriyè a k’ap pèmèt nou dekouvri plan Bondye pou lavi nou. Lè Jezi mande pou nou pa lache Bondye yon may la, pou nou kenbe l’ kout nan lapriyè, se di li di nou mete anpil lafwa nan Bondye lè n’ap priye. Jezi fè nou konnen depi n’ap priye ak lafwa n’ap toujou rete an kontak ak Bondye pou fè volonte l’ ; kòm konsekans lapriyè nou pa ka pa ekzose, paske lè sa a tout lavi nou tounen yon priyè, e Bondye ap toujou ban nou fòs Lespri Sen an pou nou kapab rete an kominyon ak li nan tout sitiyasyon. LAPRIYÈ : Jezi, ou menm ki se modèl nou nan lapriyè, tanpri ba nou lafwa epi voye Lespri Sen an vin abite nan nou pou l’ kapab aprann nou lapriyè menm jan avè w’, konsa n’a kapab dekouvri volonte Bondye e n’a rive travay pou rèy Bondye a reyalize sou tout fas tè a. Amèn ! PWOPOZISYON : M’ap denonse sitiyasyon ki vle antrave lavi moun, sitiyasyon ki fè moun pèdi diyite yo. Paske Bondye m’ap sèvi a, se yon Bondye jistis.

DIMANCH Koulè Vèt

15

TRANNTWAZYÈM DIMANCH ÒDINÈANE B

PREMYE LEKTI

"Lè sa a pèp ou a ap sove"

LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL

12, 1-3 Lè sa a, Michèl gran chèf la ap leve, li menm ki kanpe pou pitit pèp ou a; gen yon tan k’ap rive ki pa t’ gen parèy li depi nasyon yo te kòmanse ekziste jous nan tan sa a. Epi nan tan sa a, pèp ou a, tout moun y’ap jwenn non yo ekri nan liv la, y’ap sove. Anpil nan sa yo k’ap dòmi nan pousyè tè a, y’ap reveye; yon pòsyon pou lavi tout tan an, lòt yo pou lawont la, pou se lawont yo wè tout tan. Moun yo ki te aksepte ansèyman an, y’ap klere tankou klète syèl la, epi moun yo ki te bay anpil lòt yo ansèyman sou jistis la, y’ap tankou zetwal yo pou tout tan gen tan. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

15, 5 e 8. 9-10. 11 (r.: 1) R/ Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou

Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine mwen. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, Paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R. Se pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ ap danse, Chè m’ nan menm poze nan esperans.

-32-

Sous Lav¡ Paske ou p’ap lage nam mwen nan abitasyon mò yo, Ou p’ap kite sen ou nan wè dekonpozisyon.R. W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, Kè kontan k’ap debòde devan fas ou, Plezi adwat ou jous pou tout tan.R. DEZYÈM LEKTI "Ak yon sèl sakrifis li fè yo vin nèt pou tout tan". LEKTI LÈT POU EBRE YO 10, 11-14. 18 Tout prèt blije ap fè sèvis chak jou, ap ofri menm sakrifis yo anpil fwa, sakrifis ki pa janm kapab wete peche yo; men kanta li menm menm, se yon sèl sakrifis li ofri pou peche yo, aprè sa li chita pou tout tan adwat Bondye, l’ap tann ankò "joustan yo poze lènmi l’ yo kòm macheskalye pou pye l’". Sèke se avèk yon sèl sakrifis li fè moun yo vin sen nèt pou tout tan. Kote yo fin padonnen yo a, pa gen sakrifis pou peche ankò. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

"L’ap ranmase sa yo li chwazi a sot nan kat direksyon van an". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 13, 24 -32 Lè sa a: Jezi di disip li yo: "Jou sa yo, aprè gran tray la solèy la ap vin fènwa, lalin nan p’ap bay klète l’, zetwal syèl yo ap tonbe, pouvwa yo ki nan syèl yo ap tranble. Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj yo avèk anpil pouvwa ak glwa. Lè sa a tou l’ap voye anj li yo, l’ap ranmase sa yo li chwazi a sot nan kat direksyon van an, depi nan bout tè a jous nan bout syèl la.

Pran leson konparezon sou pye fig frans la: lè l’ pran boujonnen, lè fèy li kòmanse pouse, nou konnen tan cho a tou pre; konsa tou pou nou menm, lè n’a wè bagay sa yo rive, n’a konnen li tou pre, nan papòt la. Amèn, mwen di nou, jenerasyon sa a p’ap pase, jous lè tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl mwen yo p’ap pase. Kanta pou jou a menm oubyen lè a, pèsonn pa konnen, ni mesaje yo nan syèl la, ni Pitit la, sof Papa a". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON

Gen moun ki di lemonn pral fini. Gen lòt moun ankò ki di y’ap tann Jezi vini. Kisa sa vle di, pou nou menm kretyen katolik? Levanjil jodi a ka ede nou reflechi sou sa. Premyèman, fò n’ eklèsi yon konfizyon ki ka rive nou souvan. Si nou gade dènye vèsè levanjil jodi a la (Mak 13,23), li di byen klè: “Kanta pou jou a menm oubyen lè a, pèsonn pa konnen, ni mesaje yo nan syèl la, ni Pitit la, sof Papa a.” Vèsè sa a se yon prèv biblik ki montre lè yo di se nan tèl lane oubyen tèl dat lemonn va kaba, se pa vre; se envante yo envante sa. Pa bliye yo te di sa nan lane 2000 la, ak lane 2012 la, pa ekzanp, epi men nou, nou toujou la. Jezi pa vle pou nou fokis sou dat la. Li vle pou nou gade sans la pito. Epi nou kapab jwenn sans la nan 2 vesè sa yo: « Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj yo avèk anpil pouvwa ak glwa.» …. « Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl mwen yo p’ap pase.»

-33-

Sous Lav¡ Sa vle di, plis pase sa k’ap fini an, sa pou nou plis gade a se sa k’ap rive a, ki se Jezi menm, ak sa k’ap rete a, ki se pawòl li. Sa n’ap tann nan, se Jezi. Se pa pè pou nou pè li. Se yon lespwa sa ye pou nou. Kijan Jezi ka rive parèt nan listwa nou ? Lè nou mete renmen ak pataj nan sosyete a, se pawòl Jezi a ki tounen yon reyalite. Lè nou youn padone lòt, lè nou youn chache konprann lòt, se Jezi menm ki prezan nan kè nou. Lè nou kominye, se nou menm menm, kòm legliz, ki tounen Kò Jezikri, k’ap bay tèt li pou frè ak sè nou yo. Nou poko kapab di n’ap viv sa nèt. Nou resevwa Bòn Nouvèl la, men nou manke dyanm nan swiv Jezi. Se sa n’ap tann. Se sa l’ap tann tou. L A P R I Y È : G r a n m è t , e d e n’ konvèti tout bon, pou n’ ka fè pawòl ou a tounen yon reyalite.Amèn. PWOPOZISYON:Sa m’ ka fè jodi a pou fè Jezi vin jwenn frè m’ak sè m’ yo ? LENDI

16

Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

“Vin gen yon gran kòlè sou pèp la”

NAN PREMYE LIV MAKABE YO 1, 11-16. 43-45. 57-60. 65-67

Jou sa yo: Gen yon rasin peche ki leve, se Antyokis ki gen gran repitasyon an, pitit wa Antyokis ki te prizonye a Wòm, epi ki te vin wa nan ane santrannsèt depi kòmansman rèy Grèk yo. Jou sa yo, gen kèk pitit mechanste ki leve nan Izrayèl, yo pran tèt anpil

moun, yo di: “Ann ale pou nou pase kontra avèk nasyon yo ki alantou nou yo, paske depi lè nou rale kò nou sot sou yo a, nou jwenn anpil malè”. Pawòl sa a sanble gen bon sans nan je yo; yo chwazi kèk moun nan pèp la, y’al jwenn wa a epi li ba yo pouvwa pou yo adopte konpòtman nasyon yo. Yo bati stad jimnastik nan Jerizalèm daprè abitid nasyon yo; yo efase tras sikonsizyon yo, yo vire do bay alyans ki sen an, yo fè yon sèl ak nasyon yo, yo vann tèt yo pou yo fè sa k’ mal. Wa Antyokis ekri tout peyi kote l’ wa a, pou tout moun fè yon sèl pèp, pou chak moun abandone lalwa pa l’. Tout nasyon yo vin dakò pou yo viv daprè pawòl wa Antyokis la, epi anpil moun nan Izrayèl vin dakò pou yo antre nan esklavaj li a, yo ofri sakrifis bay zidòl yo, yo avili saba a. Kenzyèm jou mwa Kasle a, sankaransenkyèm ane a, wa Antyokis drese sou lotèl Bondye a zidòl ravaj la ki merite pou yo rayi l’ la; nan tout vil Jida yo toutalantou, yo drese lotèl pou zidòl. Devan pòt kay yo ak nan plas yo yo t’ap boule lansan, yo t’ap ofri sakrifis, yo te chire liv lalwa Bondye yo e yo te boule yo nan dife; nenpòt ki moun yo te jwenn ki te gen liv testaman Granmèt la nan kay li, epi nenpòt ki moun ki t’ap obsève lalwa Granmèt la, yo te konn touye l’ daprè lòd wa a. Anpil moun nan pèp Izrayèl la te pran rezolisyon fèm pou yo pa manje bagay ki pa pwòp, yo te pito mouri pase pou yo sal kò yo ak manje ki pa pwòp, yo pa t’ vle derespekte lalwa Bondye a ki sen an; epi asasen touye

-34-

Sous Lav¡ yo. Gen yon gran gran kòlè ki vin fonn sou pèp la. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 118, 53. 61. 134.

150. 155. 158

R/ Fè m’ viv, Granmèt, pou m’ kenbe kòmandman ou yo.

Lawont sezi m’ poutèt pechè yo k’ap abandone lalwa ou la.R. Kòd pechè yo mare m’, men mwen pa bliye lalwa ou la.R. Delivre m’ sot nan move témwayaj moun yo, pou m’ kenbe kòmandman ou yo.R. Y’ap pwoche, sa yo k’ap pèsekite m’ nan mechanste yo, men yo ret lwen lalwa w’ la.R. Sove a lwen pechè yo, paske yo pa chèche desizyon ou yo.R. Mwen wè sa yo k’ap fè rebèl yo, sa degoute m’, paske yo pa kenbe pwomès ou yo.R. LEVANJIL “Kisa ou vle pou m’ fè? — Granmèt, fè m’ wè”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 35- 43 Lè sa a: Rive, pandan Jezi ap pwoche Jeriko, yon avèg te chita bò wout la, l’ap mande charite. Lè l’ tande foul la k’ap pase, li t’ap mande sa sa ye. Yo di l’ se Jezi moun Nazarèt la k’ap pase. Li rele byen fò, li di: “Jezi, pitit David, pitye pou mwen”. Moun yo ki t’ap mache devan an, yo t’ap fè l’ obsèvasyon pou l’ pe bouch li; men li menm menm se plis li t’ap rele pi fò: “Pitit David, pitye pou mwen”. Jezi menm kanpe, li pase lòd pou yo mennen l’ kote l’. Pandan l’ap pwoche, li mande l’: "Kisa ou vle pou m’ fè?”

Li menm li di: “Granmèt fè m’ wè”. Jezi di l’: “Se pou ou wè, lafwa ou sove ou”. Menm lè a, li wè, epi li t’ap suiv li antan l’ap fè konpliman pou Bondye. Tout foul la, lè l’ wè sa, li fè lwanj pou Bondye. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

EFLEKSYON Jodi a nou wè nan premye lekti a kijan yon gwoup nan pèp Izrayèl te pito aksepte mouri anvan yo te dezobeyi lwa Granmèt la, nan manje manje ki pa t’ pwòp selon kòmandman Bondye papa a. Yo te kenbe fèm nan lafwa malgre wa Antyokis te pran desizyon sa pou pèp la te fè sa Bondye pa t’ vle. Nou kapab di nan tan n’ap viv la gen anpil bagay ki pran fòm wa Antyokis pou yo fè n’ nou derespekte sa Granmèt la mande nou pou nou viv. Nou nan sosyete pòsmodèn, kote yo vle mete laverite lafwa nou nan dènye plas. Si nou vle viv tankou patizan Jezikri tout bon vre, li nesesè pou nou lite avèk tout fòs sa yo ki vle diminye lafwa ak konfyans nou nan Bondye. Kòm pitit Bondye, fòk nou fè sa li mande nou, fòk nou kite li ba nou fòm pou nou kapab grandi. Levanjil jodi a vin fè nou sonje pa gen anyen ki enposib pou Jezikri, li toujou la, li vle kanpe avèk nou pou li delivre nou nan nenpòt sikonstans ki ka rive n’. Nou wè jan li fè avèg la wè nan moman li te mande l’ pou l’ fè l’ wè. Kisa nou dwe reflechi nan pawòl sa? Premyèman, malgre Granmèt la konnen sa nou bezwen li ba nou

-35-

Sous Lav¡ libète pou nou mande l’ sa nou santi nou gen bezwen, e menm kesyon li te fè avèg la, li vle fè ou li jodi a: “kisa ou vle m’ fè pou ou?” Li ta bon nan jounen jodi a pou ou rekonèt devan Bondye ki bagay ou ta renmen li fè pou ou, epi tou mande l’ ak tout fòs ou, ak tout konfyans ou, pou li fè ou favè sa selon volonte l’. Yon lòt bagay ki ka atire atansyon nou nan lekti a, se ensistans avèg sa malgre, foul moun yo t’ap di l’ fèmen bouch li, li kontinye ensiste jiskaske Jezi tande rèl li. Nou menm tou, zanmi m’ yo, nou pa dwe dekouraje nan lapriyè; fòk nou pèsiste nan lapriyè nan tout sikonstans nan lavi nou. LAPRIYÈ:Bondye Granmèt, ede m’ viv sou lòd pawòl ou yo, pa kite m’ tonbe nan tantasyon sosyete ki fè m’ pran wout pèdisyon an. Ban m’ yon kè ki senp pou m’ ka sèvi ou san fent, ak tout konfyans. Amèn. PWOPOZISYON:M’ap pran yon ti moman nan jounen jodi a pou m’ reponn kesyon Jezikri poze m’ nan Levanjil la: kisa ou vle pou m’ fè pou ou?”. MADI

17

Koulè Blan Elizabèt De Ongri ki sen, Relijyèz Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

“Petèt m’a kite ekzanp, si paraza mwen jwenn yon lanmò ki respektab pou lalwa yo”. NAN DEZYÈM LIV MAKABE YO 6, 18-33 Jou sa yo: Eleaza te youn nan pi gran skrib yo; se te yon moun ki te gen anpil laj, ki

te gen bèl aparans. Yo louvri bouch li, yo fòse l’ manje vyann kochon. Men li menm, li pi pito yon lanmò ki plen glwa pase yon lavi ki merite yo rayi l’: li pran devan pou l’ al pase mati ak tout fòs volonte l’. Li te wè kijan li dwe mache, li sipòte avèk pasyans, li te pran desizyon pou l’ pa aksepte sa ki pa dakò ak lalwa a, si se sa li ta dwe fè pou sove lavi l’. Moun yo menm ki te kanpe a, yo te tresayi ak yon move santiman pitye poutèt yo te zanmi l’ depi lontan; yo pran l’ apa, yo t’ap sipliye l’ pou l’ fè yo pote vyann li gen dwa manje, pou l’ te fè kòmsi li t’ap manje nan vyann sakrifis yo jan wa-a te pase lòd la. Pou jès sa-a li ta fè-a ta kapab delivre l’ sot nan lanmò a, epi poutèt zanmi yo te zanmi l’ depi lontan, se pousa yo te aji ak bon kè pou li. Men li menm li kòmanse reflechi sou gran kondisyon laj li ak vyeyès li, avèk sou cheve blanch ki te ba l’ konsiderasyon natirèl, epi sou bon konduit li te genyen depi l’ te tou piti; daprè règleman lalwa ki sen an, lalwa Bondye fè a, li reponn toutsuit, li di li vle pou yo voye l’ byen vit anba tè-a. Li deklare: “Sa pa kadre avèk laj nou pou nou nan fè sanblan; pou anpil nan jèn jan yo konprann Eleaza a-katrevendizan travèse nan mòd lavi etranje yo, epi yo menm poutèt sanblan mwen fè-a epi poutèt yon ti kras tan lavi k’ap peri a, yo ta twonpe, epi konsa mwen ta resevwa tach sa a avèk lawont sa a pou vyeyès mwen. Reyèlman, menm si mwen chape sot nan men move tretman lèzòm nan tan koulye-a, men mwen p’ap chape sot nan men Sila a ki gen tout pouvwa-a,

-36-

Sous Lav¡ ni antan m’ vivan ni antan m’ mouri. Se pousa antan mwen kite lavi a avèk kouraj, mwen montre mwen respekte vyeyès la; epi petèt m’ap kite yon ekzanp pou jèn jan yo, si mwen aksepte yon lanmò ki respektab avèk tout kè m’, tout kouraj mwen pou lalwa yo ki enpòtan anpil yo, ki sen anpil yo”. Kon l’ fin di sa, menm lè a, yo kondui l’ al pase mati. Moun yo menm ki t’ap kondui l’ yo, epi ki te byen dou yon ti moman anvan, yo vin chanje, yo vin nan kòlè poutèt pawòl yo li di a, yo te konprann se avèk awogans li te di yo. Men, pandan l’ap sibi kout fwèt, l’ap plenn, li di: “Granmèt, ou menm ki gen syans ki sen an, ou byen konnen malgre mwen ta kapab fè yo delivre m’ sot nan lanmò, m’ap sipòte doulè ki rèd nan kò mwen; epi nan nanm mwen tou m’ap sipòte yo ak tout kè m’ poutèt krent mwen gen pou ou”. Se konsa li kite lavi a, antan l’ kite souvni lanmò kòm ekzanp kouraj ak fòs pa sèlman pou jèn jan yo, men pou tout moun. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 3, 2-3. 4-5. 6-7 R/ Granmèt la resevwa-m’

Granmèt, se pa ti kras anpil yo anpil sa yo k’ap fè m’ pase tray la. Yo anpil ki leve kont mwen, yo anpil k’ap di nanm mwen: “Pa gen sove pou li nan Bondye”. R. Ou menm, Granmèt, ou sèvi m’ pwoteksyon, glwa m’, w’ap leve tèt mwen. Ak vwa m’ m’ap rele kot Granmèt la, li koute m’ antan l’ sou mòn li ki sen an.R. Mwen menm mwen dòmi, mwen nan pwofon somèy, mwen leve,

paske Granmèt la resevwa m’. Mwen pa pè mil pèp k’ap antoure m’. Leve, Granmèt, sove m’, Bondye mwen.R. LEVANJIL “Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 19, 1-10 Lè sa a: Jezi antre Jeriko, l’ap travèse vil la. Men yon mesye yo rele Zache, ki te chèf kolektè yo, ki te rich. Li t’ap chèche wè Jezi, kilès li ye; li pa t’ kapab akòz foul la, paske li te tou kout. Li kouri devan, li monte sou yon pye figye, pou l’ wè l’, paske li te gen pou l’ pase la. Lè Jezi rive kote sa a, li leve je l’, li wè l’, li di l’: “Zache, fè vit, desann, paske jodi a se nan kay ou mwen gen pou m’ rete”. Li fè vit, li desann, li resevwa l’ avèk kè kontan. Lè tout moun wè sa, yo t’ap kritike, yo t’ap di: se kay yon pechè l’al manje. Zache menm kanpe, li di Granmèt la: “Men mwatye byen m’ yo, Granmèt, mwen bay pòv yo; epi si m’ te vòlè yon moun, mwen renmèt li kat fwa plis”. Jezi menm di l’: “Jodi a sove a rive pou kay sa a, paske li menm tou se yon pitit Abraam. Sèke Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Li pa jann twò ta pou ou pran desizyon pou ou suiv Jezi. Nou wè ekzanp sa nan lavi Zache. Malgre li te yon moun ki te kon fè pèp la anpil abi

-37-

Sous Lav¡ avèk kontribisyon li te konn touche nan men yo a, li ouvri pòt kè li bay Bondye lè Jezi tal visite l’ lakay li. Se konsa li konvèti nan yon modèl pou nou jodi a, men jan avèk Elyaza ki te aksepte lanmò anvan li te dezobeyi lòd Granmèt la. Gen anpil refleksyon nou dwe fè sou lavi de (2) gwo nèg sa yo. Zache, nan moman li rankontre avèk Jezi, li pran yon desizyon pou li chanje lavi l’ radikalman; an menm tan li repare zak malonèt li te kon fè yo nan volè, nan fè fo resi ak fakti nan biwo kontribisyon an. Lè yon moun rankontre ak Jezi, li vin tounen yon lòt moun, santiman li vin chanje, kè li li vin chanje. Lè yon moun rankontre ak Jezi, li pa posib pou li kontinye ap viv nan peche ak fè sa k’ pa sa, tout lavi li vin chanje. Li se yon moun nouvo, yon kreyati tou nèf. Kalite nouvote sa pouse li renmen Bondye ak tout kè li epi li renmen pwochen li tou san kondisyon. Se sa k’ fè li kapab pratike jistis; li ka viv nan solidarite, ak nan pataj. Elyaza, li menm, li te konn Bondye depi li te timoun, li te toujou vle sèvi l’ ak tout ke l’ pou fè volonte li. Li te konnen trè byen ekzijans lafwa li avèk pwomès li te genyen avèk Bondye. Malgre li te konnen sa k’ pral rive l’ si li dezobeyi lòd wa a, li te aksepte mouri pou lafwa l’, li kenbe fèm jiska lanmò l’. Li te konprann tou li te dwe tounen yon ekzanp pou generasyon ki te pi jèn yo. Lavi nou kòm kretyen mande nou pou nou konnen kisa Bondye ap tann de nou menm epi tou pou nou rete fidèl ak li; menm jan tou, nou dwe

bay temwayaj nan fason n’ap viv, paske aksyon nou yo pi elokan pase pawòl nou yo. LAPRIYÈ: Jezi, ou menm ki te vini pou ou sove tout moun, tanpri ban m’ lagras pou m’ kapab suiv ou ak tout kè m’, konsa m’a sèvi ou temwen tout bon. PWOPOZISYON: Nan jounen jodi a m’ap chache yon moman pou mwen temwanye lafwa m’ atravè yon jès renmen oubyen yon jès solidarite ak yon moun ki nesesite sa. MÈKREDI Koulè Vèt

18

PREMYE MOSO LABIB

“Sa a ki kreye tè a, l’ap renmèt nou espri a ak lavi a”. NAN DEZYÈM LIV MAKABE YO 7, 1. 20-31 Jou sa yo: Yo arete sèt frè, yo pran yo ansanm avèk manman yo, wa a fòse yo manje vyann kochon, antan yo bat yo avèk fwèt ak rigwaz. Manman yo menm merite konsiderasyon depase tout jan, li merite pou bon moun yo sonje l’: li wè sèt pitit li yo k’ap mouri nan yon sèl jou, epi li sipòte sa ak anpil kouraj poutèt esperans li te gen nan Bondye. Li t’ap ankouraje yo chak nan lang zansèt yo avèk fòs, li te plen sajès, li mete nanm gason nan refleksyon li t’ap fè kòm fi, li di yo: “Mwen pa konnen kijan nou te parèt nan vant mwen, ni kijan mwen te ba nou espri ak nanm ak lavi, ni se pa mwen menm ki te konpoze manb nou chak; men se Sa a ki kreye tè a, ki fòme nesans

-38-

Sous Lav¡ moun, li menm ki jwenn sous tout bagay, se li menm tou avèk mizerikòd li k’ap renmèt nou espri a ak lavi a, menm jan koulye a nou meprize pwòp tèt nou poutèt lalwa l’ yo”. Antyokis menm konprann se li menm yo tout ansanm t’ap meprize, li te sispèk pawòl sa a te gen bagay ladan l’ k’ap derespekte l’. Pandan sa k’ te pi piti a te vivan toujou, non sèlman li t’ap ba l’ konsèy ak pawòl, men li te fè sèman l’ap fè l’ vin rich pou l’ alèz; pou l’ kite lalwa papa l’ yo, pou l’ vin tounen zanmi l’, li t’ap ba l’ sa li bezwen. Men, kòm jèn ti gason an pa t’ panche ditou sou bagay sa yo, wa a rele manman an, li t’ap chèche pran tèt li pou l’ sove ti gason an. Aprè wa a fin di l’ anpil pawòl, li pwomèt l’ap bay pitit li a konsèy; konsa li panche sou li, li pase gwo chèf mechan an nan jwèt, li di nan lang papa yo: “Pitit mwen, pran pitye pou mwen, se mwen menm ki te pote ou nan vant pandan nèf mwa epi mwen te ba ou tete, mwen te swen ou pandan twazan, mwen fè ou rive nan laj sa a. Mwen mande ou, pitit, tanpri, pou ou gade nan direksyon syèl la ak tè a ak tout bagay ki nan yo, pou ou konprann se ak anyen Bondye te fè yo, ni ras moun. Konsa pa pè bouwo sa a, men se pou ou montre ou merite menm ran ak frè ou yo, aksepte lanmò, pou m’ resevwa ou avèk frè ou yo nan tan mizerikòd la”. Antan li t’ap pale toujou, ti gason an di: “Ki sa n’ap tann? Mwen p’ap obeyi lòd wa a, men lòd lalwa a, sa yo te ba nou pa lentèmedyè Moyiz la. Kanta ou menm, ki envante tout

mechanste sa a kont Ebre yo, ou p’ap chape nan men Bondye”. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 16, 1. 5-6. 8bc e 15 R/ Lè m’a leve, m’ap satisfè devan fas ou, Granmèt.

Koute jistis mwen, Granmèt, panche sou priyè m’. Pare zòrèy ou nan priyè m’ ki pa sot nan bouch manti.R. Kenbe plant pye m’ nan chemen ou yo, pou demach mwen pa tranble. Mwen menm se kote ou mwen rele, paske ou koute m’, Bondye; panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl mwen yo.R. Pwoteje m’ tankou grenn je, anba lonbraj zèl ou, pwoteje m’. Kanta mwen menm, nan jistis ou m’ap wè fas ou, lè m’ap reveye, m’ap satisfè devan fas ou.R. LEVANJIL “Poukisa ou pa t’ mete lajan m’ nan labank?” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 19, 11-28 Lè sa a: Jezi di yon parabòl, poutèt li te tou pre Jerizalèm, epi paske yo te konprann se toutsuit peyi wa Bondye a t’apral parèt. Konsa li di: “Te gen yon mesye ki te nan gran ras, li te pati nan yon peyi ki lwen pou l’ resevwa peyi wa a, epi pou l’ tounen. Li rele dis sèvitè l’ yo, li bay yo dis pyès lajan, li di yo: “Fè yo rapòte, joustan mwen vini”. Sitwayen l’ yo te rayi l’; yo voye yon delegasyon aprè l’, yo di: “Nou pa vle pou sa a vin wa sou nou”. Lè l’ tounen, aprè li fin jwenn peyi wa a, li pase lòd pou yo

-39-

Sous Lav¡ rele sèvitè yo, sa l’ te bay lajan an, pou l’ konnen konbyen chak moun te rapòte. Premye a rive, li di: “Mèt, pyès lajan ou nan rapòte dis pyès lajan”. Li di l’: “Se byen, bon sèvitè: paske ou te fidèl nan ti bagay, w’ap jwenn pouvwa sou dis vil.Yon lòt rive, li di: “Mèt, pyès lajan ou nan te fè senk pyès lajan”. Li di sa a: “Ou menm tou w’ap kòmande sou senk vil”. Yon lòt rive, li di: “Mèt, men pyès lajan ou nan, mwen te depose l’ nan yon mouchwa; mwen te pè ou, paske ou se yon moun ki rèd: ou pran sa ou pa mete, ou ranmase sa ou pa simen”. Li di l’: “Se ak bouch ou ou jije pwòp tèt ou, sèvitè ki pa vo anyen; ou te konnen mwen se yon moun ki rèd, mwen pran sa m’ pa mete, epi mwen ranmase sa m’ pa simen, ebyen poukisa ou pa t’ met lajan m’ nan labank, pou lè m’ rive mwen ta reprann li avèk enterè?” Li di moun yo ki te kanpe la a: “Wete pyès lajan an sot nan men l’, epi bay moun ki gen dis pyès lajan yo”. Yo di l’: “Mèt, li gen dis pyès lajan!” “Mwen di nou, tout moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen an plis; men sa k’ pa genyen an, menm sa l’ genyen y’ap wete l’ sot nan men l’. Kanta pou ènmi m’ sa yo, ki pa t’ vle pou m’ kòmande sou yo kòm wa a, mennen yo isit la, touye yo devan m’”. Kon l’ fin di sa, li pran devan, l’ap monte Jerizalèm. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo nan Jezi, nou kapab wè Levanjil sa a nou sot li a plen

ak imaj, metafò oubyen parabòl. Reyalite li dekri a pèmèt nou gen yon ide sou tradisyon moun yo nan epòk sa a. Se youn nan mwayen Jezi te itilize anpil pou bay lansèyman. Menm nou menm tou, jouk jounen jodi a nou itilize imaj yo pou bay konsèy ak fanmi, zanmi, vwazen nou yo. Nan premye moso labib la yo pale de sèt (7) frè. Jan nou konnen l’ deja, chif sèt (7) senbolize pèfeksyon ak plenitid (1sam 2, 5/ jr 19, 9). Fanm nan ak sèt pitit li yo reprezante pèp Izrayèl, yon pèp frajil, inosan e san defans. Lekti a mande pou nou mete esperans nou nan Bondye ki Mèt lavi a, menm jan ak manman sèt frè yo ki te mete tout esperans li nan Bondye. Paske moun ki fè Bondye konfyans li p’ap janm sòti wont. Lè nou mete konfyans nou nan li, lè nou mize lavi nou sou li, nou p’ap mache sou lwa pechè latè yo, e menm si yo ta matirize nou, touye nou akoz konviksyon nou nan Bondye, Bondye ki Mèt lavi a ap leve nou byen vivan. Frè ak sè m’ yo, menm jan salmis lan mande pou Bondye kenbe plant pye li nan chimen li yo, ann mande Granmèt la kenbe pa nou yo tou. Chemen an pa fasil men nan esperans nou gen nan li n’ap rive kan menm. Bondye nou an, lè l’ap ba nou bon lansèyman, li itilize anpil ekzanp nan lavi chak jou nou, pou li montre nou kòman li ye. Parabòl wa ak administratè li yo daprè Sen Lik, oswa parabòl talan yo daprè Sen Matye, Jezi vle montre nou kòman rèy Bondye a ye, e kòman nou menm pèp chwazi nou dwe ye osinon ki atitid nou dwe genyen.

-40-

Sous Lav¡ Nou tout, nan yon fason ou yon lòt, nou resevwa anpil bagay gratis nan men Bondye. Kisa nou fè ak don nou resevwa a? Kòman nou jere l’? Nou chak gen pwòp repons pa nou. Men nan levanjil la, Levanjelis la prezante nou yon bèl ekzanp bon administratè. Tout sa Bondye ba nou, se pou nou fè l’ grandi nan pataj ak renmen. Nou pa gen dwa pè, Jezi p’ap mande nou sa li pa ba nou. Men, tout sa l’ ba nou, li pral mande nou kont sou kòman nou te jere l’. Ann aprann fè grandi tout sa nou resevwa gratis nan men Bondye. LAPRIYÈ: Bondye Papa nou, ou menm ki gen bon kè, tanpri montre nou kòman pou nou aprann jere e fè donnen tout sa ou ba nou gratis. Vide abondans charite ou a nan kè nou pou nou kapab pataje san kondisyon kado ou bay nou chak, pou nou youn kapab anrichi lòt, pou lavi a kapab fleri pou nou tout. Puiske nou resevwa gratis, aprann nou bay gratis. PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap idantifye talan, don oubyen kado Bondye fè mwen (yon bagay materyèl oubyen espirityèl) pou mwen kapab fè li miltipliye epi mete li nan sèvis lòt yo. JEDI

19

Koulè Vèt

PREMYE LEKTI

"N’ap obeyi lalwa papa nou yo"

LEKTI PREMYE LIV MAKABE YO 2, 15-29

Jou sa yo: Moun yo wa Antyokis te voye yo, yo rive, pou yo fòse sa yo ki kache

nan vil Modi n’ nan, pou yo ofri sakrifis, pou yo boule lansan, pou yo abandone lalwa Bondye a; anpil nan pèp Izrayèl la dakò, yo monte al jwenn yo, men Matatyas ak pitit li yo kanpe fèm. Sa yo Antyokis te voye yo, yo pran lapawòl, yo di Matatyas: "Ou se yon chèf, yon moun ki gen ran siperyè, ki gran nan vil sa a, ou gen anpil pitit ak frè; konsa, monte an premye epi fè sa wa a kòmande a, jan tout nasyon yo te fè yo ak moun Jida yo, ak sa k’ rete nan Jerizalèm; epi ni ou menm ni pitit ou yo n’ap nan pami zanmi wa a, w’ap plen ak lò ak lajan ak anpil kado". Matatyas reponn, li di byen fò: "Menm si tout nasyon yo ta obeyi wa Antyokis, pou chak moun abandone obligasyon lalwa papa yo, pou l’ dakò ak lòd li yo, mwen menm ak pitit mwen yo ak frè m’ yo, n’ap obeyi lalwa papa nou yo. Bondye ap pran pitye pou nou, nou pa gen avantaj pou nou kite lalwa ak desizyon Bondye yo: nou p’ap koute pawòl wa Antyokis, ni nou p’ap ofri sakrifis, antan nou ta derespekte kòmandman lalwa nou an, pou nou ale nan yon lòt chemen". Kon l’ fin di pawòl sa yo, gen yon Juif ki monte devan je tout moun pou l’ ofri sakrifis zidòl sou lotèl la nan lavil Modin nan, daprè lòd wa a. Matatyas wè sa, li pran lapenn, ren l’ tranble, kòlè l’ flanbe daprè jijman lalwa a, li fonse, li touye l’ sou lotèl la. Ni mesye a tou, sa wa Antyokis te voye a, ki t’ap fòse l’ pou l’ ofri sakrifis la, li touye l’ menm lè a, li

-41-

Sous Lav¡ detwi lotèl la, li pran defans lalwa a, tankou Fineyès te fè Zamri, pitit Salomi an. Matatyas rele byen fò, nan vil la, li di: "Tout moun ki cho pou lalwa a, ki kenbe alyans la, se pou l’ sòti aprè m’". Li voye kò l’ ak pitit li yo nan mòn yo, yo kite tout bagay yo te genyen nan vil la. Lè sa a atò anpil moun desann antan y’ap chèche jijman ak jistis nan dezè a. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

49, 1-2. 5-6. 14-15 (r.: 23b) R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.

Bondye dye yo, Granmèt la pale, li rele tè a depi olevan jous okouchan. Depi Siyon Granmèt la klere avèk bèl dekorasyon.R. "Rasanble sen m’ yo ban mwen, Yo menm ki te pase alyans mwen an nan sakrifis la". Syèl yo ap anonse jistis li, paske Bondye se yon jij.R. "Sakrifye sakrifis lwanj pou Bondye, Renmèt Sa a ki anwo nèt la sa ou te pwomèt yo; Rele m’ nan jou tray la, M’ap delivre ou, w’a fè m’ jwenn konsiderasyon".R. LEVANJIL "Si ou te rekonèt sa k’ap ba ou lapè a". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 41-44 Pandan Jezi ap pwoche Jerizalèm, li wè vil la, li kriye sou li, li di: "Si ou te konnen ou menm tou, epi Jodi a menm, sa k’ap ba ou lapè! Men koulye a li kache pou je ou.

Sèke gen jou k’ap rive sou ou, ènmi ou yo ap antoure ou ak kannal yo fouye, y’ap sènen ou, y’ap fèmen ou tout kote, y’ap jete ou atè ni ou menm ni pitit ou yo ki anndan ou yo, yo p’ap kite wòch sou wòch nan ou; paske ou pa t’ rekonèt moman ou te resevwa vizit la". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.

REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo, premye lekti jodi a rakonte nou kòmansman rebelyon Makabe yo, ki se yon pati nan istwa pèp Bondye a. Se bagay ki te pase ant lane 170 ak 130 avan nesans Jezi. Wa Antyokis Epifán, Pitit Antyokis, desandan wa yo ki te eritye pati Lejip ak Palestin nan, epi Aleksann Legran, nèg Masedwán nan. Antyokis te bay lòd pou tout pèp ki nan tèritwa wayòm nan sèvi zidòl li yo. Anpil moun nan pèp Izrayèl la te deside vire do bay kòmandman Bondye yo. Wa a voye mesaje l’ nan lavil Modin pou konvenk Matatyas abondone lalwa zansèt li. «Menm si tout nasyon yo ta obeyi wa Antyokis, pou chak moun abandone obligasyon lalwa papa yo, pou l’ dakò ak lòd li yo, mwen menm ak pitit mwen yo ak frè m’ yo, n’ap obeyi lalwa papa nou yo. Bondye ap pran pitye pou nou». Deklarasyon sa make rebelyon Matatyas avèk pitit li yo kont relijyon ak gouvènman payen yo te vin plante an Izrayèl. Matatyas se papa Jida Makabe, moun liv sa pote non l’ nan. Nèg sa te refize kite lalwa Granmèt la pou l’ swiv ‘dye’ payen yo, li prefere pati ak fanmi l’ nan mòn yo.

-42-

Sous Lav¡ Lanmou Bondye chofe kè Matatyas, li ba l’ kouraj rete fidèl nan sèvis li, li pa t’ prefere onè ak byen wa a t’ap ofri l’ yo. Nan premye syèk yo aprè Jezi, Legliz la soufri anpil pèsekisyon, anpil kretyen pèdi lavi yo, anpil chape kite lakay yo pou sove lavi yo ak lavi fanmi yo. Jounen jodi a pèsekisyon kont kretyen yo poko fini, gen anpil kote sou tè y’ap touye moun ki konfese non Jezi kòm Mesi a. Nan levanjil la, Jezi kriye sou lavil Jerizalèm, li pran anpil lapèn pou li e li anonse destwiksyon l’ paske li pa t’ rekonèt Sovè a. Nan menm kontèks sa a tou, evénman yo pral chanje: Jezi nan somè misyon li, lanmò li pwòch; men sa pa fè l’ febli, touswit aprè li pral’ chase machan yo nan tanp la, paske li jalou pou kay Yave a. Li gen chalè pou Rèy Bondye vin tabli nan mitan pèp li a, nan mitan tout nasyon yo. Se menm chalè sa a ki dwe anime tout kretyen. LAPRIYÈ: Mèsi Bondye pou revelasyon pawòl ou a. Tanpri, aprann mwen fè volonte w’ chak jou nan lavi mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn. PW O POZIS YON: M w en p ’ ap wont di m’ se kretyen; mwen p’ap pè di mwen se katolik. M’ap angaje m’ jodi a pou m’ sèvi Verite a temwen.

LEKTI PREMYE LIV MAKABE YO 4, 36-37. 53-59

VANDREDI

R/ N’ap fè lwanj pou non ou ki

Koulè Vèt

20

PREMYE LEKTI

Jou sa yo: Jida ak frè l’ yo di: «Men ènmi nou yo kraze; an nou monte koulye a pou nou pwòpte Tanp la, pou nou mete l’ a nèf ». Tout lame a rasanble, yo monte sou mòn Siyon an. Yo leve byen bonè, granmaten, vennsenkyèm jou nevyèm mwa a (se mwa Kasle a) sankatreven-uityèm ane a; yo ofri sakrifis daprè lalwa a sou lotèl nouvo, lotèl sakrifis antye yo, sa yo te fè a. Daprè tan an ak daprè jou a, kote nasyon yo te sal li a, se menm dat sa a yo renouvle l’ avèk kantik ak gita ak bandyo ak senbal. Tout pèp la tonbe sou fas li, yo adore, yo fè konpliman nan syèl la pou sa a ki te fè yo ranpòte viktwa a, yo batize lotèl la pandan ui jou, yo ofri sakrifis antye avèk kè kontan, epi sakrifis sove ak lwanj: yo dekore fasad Tanp la avèk kouwòn lò ak zam defans, yo konsakre pòt yo ak sal yo, yo mete pòtay pou yo. Vin gen yon gran kè kontan nan pèp la anpil; lawont nasyon yo te pote a, li efase. Jida deside avèk frè l’ yo ak tout asanble Izrayèl la, pou yo fete jou konsekrasyon lotèl la nan tan l’ yo chak ane pandan ui jou, vennsenkyèm jou mwa Kasle a, avèk kè kontan ak fèt. SÒM REPONS 1 Kr, 29, 10. 11abc. 11d-12a. 12bcd (r.: 13b) gran an, Granmèt.

"Yo batize lotèl la, yo ofri sakrifis avèk kè kontan".

Konpliman pou ou, Granmèt Bondye Izrayèl, papa nou, sot nan syèk tan al nan syèk tan.R.

-43-

Sous Lav¡ Se pou ou, Granmèt, grandè ak pouvwa, ak glwa, ak viktwa, ak lwanj se pou ou; tout bagay ki nan syèl la ak sou tè a, se pou ou yo ye.R. Se pou ou, Granmèt, peyi wa a ye; ou anlè tout chèf. Richès se pou ou, glwa se pou ou.R. W’ap kòmande sou tout bagay, nan men ou se otorite ak pouvwa, nan men ou se grandè ak kòmandman tout bagay.R. LEVANJIL "Nou fè kay Bondye a vin tounen yon kachèt asasen". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 45-48 Lè sa a: Jezi antre nan Tanp la, li kòmanse chase moun k’ap vann ladan l’ yo, epi k’ap achte yo, li di yo: "Men sa k’ ekri: 'sèke kay mwen an se kay priyè li ye'; nou menm menm nou fè l’ vin tounen yon 'kachèt bandi' ". Li t’ap bay ansèyman chak jou nan Tanp la. Chèf prèt yo menm ak skrib yo ak chèf pèp yo t’ap chèche touye l’, men yo pa t’ jwenn kijan pou yo te fè l’, sèke tout pèp la te pandye ap koute l’. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, Jezi ap fè nou sonje enpòtans kay sakre a: se pa yon espas kote nou kapab fè sa nou vle, men se kay pou nou lapriyè, fè adorasyon; se yon espas pou nou chita-pale ak Bondye, se pou sa nou dwe respekte espas sa a ki sakre. Jezi pa t’ dakò pou yo fè tanp la tounen yon mache,

li te di machann yo Bondye pa pran plezi nan bagay sa yo. Kay lapriyè a, pèsonn pa gen dwa mete salte ladan li, se pa yon labatwa pou yo touyereache bèt. Se yon salon pou moun ki vle fè yon dyalòg sensè ak Bondye. Nou menm tou, se pou nou gen respè pou kay Sakre Granmèt la, nou pa kapab fè nenpòt bagay ladan l’, sof lapriyè ak adorasyon. Sèvis Granmèt la, se pa yon mache ni yon jaden ni yon bank pou moun chanje kòb. Pou premye fwa, nou wè Jezi an kòlè, avèk fwèt li mete machann yo deyò nan Tanp la: li antre nan tanp la pou li mete lòd nan dezòd. Nou sonje depi laj 12 zan Jezi vle rete nan Tanp la, depi lè l’ t’al Jerizalem ak paran yo, li te kite yo ale pou l’ kab regle zafè Papa li, e li te santi li alèz nan mitan gwo chèf relijyon yo ki te etone akòz kalite kesyon li t’ap poze yo.Jozef ak Mari te fou ap chache Jezi avan yo te jwenn li nan tanp la. Yo te di l’: «poukisa w’ fè nou sa?...». Li te reponn yo si yo pa konnen se nan kay sakre a li dwe ye? (Lik 2,41-52). E nou menm, frè ak sè m’ yo, èske kay Sakre a pa di nou anyen? Nou dwe santi nou gen yon misyon ak angajman pou gen pwopte nan kay sakre Granmèt la. Se pa sèlman kay kote nou reyini pou chante, lapriyè, danse ansanm pou Granmèt, men se sitou kò nou ak kè nou, paske se nan kè nou Bondye vle abite, se la li vle rete. Se Apot Pòl ki di nou: « Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? » (1 Korentyen 3, 16). An nou pa kite move santiman anvayi kè nou ki se kay sakre Lespri

-44-

Sous Lav¡ Sen an. An nou deside pou nou renmen lòt yo nan laverite. An nou chèche kenbe kay Sakre a pwòp, nan jefò n’ap fè pou nou pa aji mal ak kò nou, na fason n’ap rekonsilye ak Bondye ak frè ak sè nou yo. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt , aprann nou respekte kay Sakre w’ la, nan jan n’ap respekte kò nou ki se tanp Lespri Sena n. Pa pouvwa Jezikri. Amèn. PWOPOZISYON: M’ap libere kè mwen ak move santiman ki ladan li, pou Lespri Bondye a kapab abite ladan li. SAMDI

21

Koulè Blan

PREZANTASYON MARI KI SEN, KI VYÈJ (Memwa)

PREMYE MOSO LABIB

“Fè kè ou kontan, pitit fi Siyon, men m’ap vini” NAN LIV PWOFÈT ZAKARI 2, 10-13 Fè lwanj, fè kè ou kontan, pitit fi Siyon, paske men m’ap vini, m’ap abite nan mitan ou, deklarasyon Granmèt la. Jou sa a anpil nasyon ap kole kò yo sou Granmèt la, y’ap tounen pèp mwen, m’ap abite nan mitan ou, w’ap konnen se Granmèt lame yo ki voye m’ kote ou, Granmèt 1a ap posede Jida kòm pòsyon pa l’ nan peyi ki sen an, l’ap chwazi Jerizalèm ankò. Se pou tout chè fè silans devan fas Granmèt la, paske l’ap leve sot nan kay li ki sen an. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS: LIK 1, 46-55 R/ Kè sansib Granmèt la pou jenerasyon ak jenerasyon.

“Nanm mwen ap fè lwanj Granmèt la, lespri m’ danse nan Bondye ki sove m’ nan, paske li gade jan sèvant li a pòv.R. Reyèlman vre men depi koulye a tout jenerasyon ap di mwen gen chans, paske li fè gran mèvèy pou mwen, sila a ki gen pouvwa a, non l’ sen.R. Kè sansib li pou jenerasyon ak jenerasyon pou moun ki respekte l’ yo. Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye moun ki te gen lògèy nan kè yo.R. Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou fotèy yo, li leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’ rich yo men vid.R. Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la, li sonje kè sansib li a, jan l’ te pale ak zansèt nou yo, Abraam ak ras li pou tout tan”.R LEVANJIL MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 46-50 Jezi t’ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l’ ak frè l’ yo vin rive. Yo rete deyò, yo t’ap chache yon jan pou yo te pale avè l’. Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. Men Jezi reponn moun ki te di l’ sa a: Kilès ki manman m’? Kilès ki frè m’? Lè sa a, li lonje men l’ sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m’ ak frè m’ yo.Tout moun ki fè sa

-45-

Sous Lav¡ Papa m’ ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m’, ki sè m’, ki manman m’. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Mari, Manman Legliz la, se Manman nou tout. Fete Prezantasyon Mari ki Sen, ki Vyèj, se fete lavi pou kretyen yo, se fete lafwa, se fete mèvèy entèvansyon Bondye nan lavi lèzòm, se fete zanmitay nou ak Bondye. Di “wi”, frè ak sè m’ yo, se sa ki fè Mari monte kote Bondye; se sa ki fè sove a fèt nan mitan nou. Mari ou vyèj, ou se manman Bondye, ou se yon modèl lafwa, ede nou di wi nan fen lane lafwa sa a. San ou nou pa t’ap konn Jezi, san ou nou pa t’ap gen Jezi. Mèsi Mari poutèt ou te di “wi” a. Zanmi mwen, avèk wi Mari a, jan nou sot tande sa a nan lekti a, Jezi abite nan mitan nou, Bondye tounen yon moun pou li sove nou. Pawòl la di: “Mwen ap abite nan mitan ou pitit siyon an”. Jezi abite nan mitan n’ pa lentèmedyè Mari. Li vin ba nou kè kontan, menm jan li di sa nan lekti a: se pou ou kontan moun siyon yo. Konsa, se pou nou pèp imigran yo, pèp Bondye a Jezi Sovè e l’ap sove nou: li pa lage nou tankou mouton san gadò, li toujou ap pote nou sekou ansanm ak manman l’ ki se manman nou tou, Manman Pèpetyèl Sekou. Konsa frè m’, sè m’ yo, si nou koube nou byen ba devan Granmèt la nan yon “wi” tout bon, nan kite volonte l’ fèt, n’ap tounen frè, sè, manman ak fanmi Jezikri.. Se moun ki viv

lafwa, moun ki koute pawòl Bondye a ki fòme fanmi Jezikri a; nan sa Mari se “nimero 1”, li te di “wi” nèt ale jous devan lakwa a, kote li viv gwo eskandal krisifiksyon an, kote li t’ap gade Pitit li a ki t’ap jemi, ki t’ap plenn, ki t’ap soufri. Pa gen pi gwo soufrans yon manman te kapab soufri pase sa Mari te andire a. Ann mande li pou li kontinye lapriyè pou nou, pou yon jou, menm jan ak li nou kapab antre nan lavi tou nèf Bondye pwomèt tout pitit li yo. LAPRIYÈ: Granmèt, antan n’ap sonje Mari ki sen anpil, ki Vyèj, avèk respè, n’ap mande ou, tanpri, pou gras a priyè l’, nou merite jwenn, nou menm tou, nan gras ou a ki plen l’ nan. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Fè “wi” nou yo monte mòn, chèche fè sa Bondye mande nou; fè sa ki fè li plezi, viv pawòl la tankou Manman Mari.

DIMANCH Koulè Blan

22

TRANNKATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C GRANMÈT NOU JEZIKRI, WA TOUT TÈ A (Gran fèt)

PREMYE LEKTI

"Pouvwa l’, se pouvwa tout tan".

LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL

7, 13-14 Mwen t’ap gade nan vizyon nannuit, se tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo, li rive jous kot

-46-

Sous Lav¡ Ansyen nan jou yo. Yo kondui l’ devan fas Ansyen nan jou yo, yo ba l’ pouvwa ak konsiderasyon ak peyi wa, epi tout pèp, ras ak lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se pouvwa tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’, se peyi wa ki p’ap detwi. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

92, 1ab. 1c-2. 5 (r.: 1a) R/ Granmèt la wa, li vlope ak glwa.

Granmèt la wa, li vlope ak glwa; Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs. R. Reyèlman li rann fas tè a solid, pou l’ pa souke. Fotèy ou solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R. Temwayaj ou yo merite konfyans nèt; kay ou a klere ak sa ki sen an, Granmèt, pou longè tan yo.R. DEZYÈM LEKTI "Chèf tout wa yo sou tè a... li fè nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye". LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 5-8 Jezikri se temwen fidèl, se premye pitit nan pami mò yo, se chèf wa yo sou tè a; li renmen nou, li lave nou sot nan peche nou yo nan san l’, li fè nou vin tounen yon peyi wa ak prèt pou Bondye Papa l’; konpliman pou li ak kòmandman pou tout tan gen tan. Amèn. Men l’ap vini ansanm ak nyaj yo, tout je ap wè l’, ni sa k’ te batay kont li yo; tout ras moun sou tè a ap plenn sou li. Wi. Amèn.

Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman, deklarasyon Granmèt Bondye, li menm ki ekziste, ki te ekziste epi k’ap vini, li menm ki gen tout pouvwa. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

"Ou di l’, mwen se wa". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ SEN JAN 18, 33b 37 Lè sa a: Pilat di Jezi: "Èske ou se wa Juif yo?" Jezi reponn: "Èske se ou pou kont ou ki di sa, oubyen se dòt moun ki di ou sa sou mwen?" Pilat reponn: "Èske mwen, mwen se Juif? Ras ou ak prèt an chèf yo renmèt ou ban mwen: ki sa ou fè?" Jezi reponn: "Peyi wa m’ nan pa sot sou tè sa a. Si se sou tè sa a peyi wa m’ nan te sòti, sèvitè m’ yo ta deja batay pou moun pa renmèt mwen nan men Juif yo; koulye a menm peyi wa m’ nan pa sot isit la". Konsa Pilat di l’: "Ebyen se wa ou ye?" Jezi reponn: "Ou di l’, se wa mwen ye. Se pou sa mwen fèt, se pou sa menm mwen vin sou tè a, pou m’ sèvi verite a temwen: tout moun ki fè pati verite a li koute vwa m’". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a n’ap fete Kris Wa. Sa vle di, n’ap fete Jezi kòm pi gwo Wa ki ekziste. Li pi gwo pase tout wa, pase tout prezidan. Men se pa paske li gen plis lajan pase Obama. Se pa paske li gen plis zam pase lame Etazini. Se pa menm paske gen anpil moun ki renmen l’, ki vote li.

-47-

Sous Lav¡ Se pa bagay sa yo ki fè Jezi Wa. Okontrè, li deklare ke l’ se Wa nan moman li te pi pòv, nan moman li te pi fèb, nan moman yo te plis meprize li, ki se moman yo te arete li, yo imilye li, epi yo te prèt pou touye li sou yon kwa, jan yo touye vakabon. Si nou di Jezi se pi gwo Wa, se paske, jan l’ di nan Levanjil jodi a, li vin sèvi Verite a temwen. Verite a, se Papa Bondye, ki se renmen. E se nan moman sa a, lè l’ te gen tan bay tout sa l’ te genyen, epi li prèt pou l’ bay lavi li menm, sou lakwa a, li plis montre nou renmen sa a, ki san limit. Jezi pa bezwen pouvwa lajan ak zam. Pouvwa li a ale pi lwen, paske lè l’ montre menm moun ki rayi li yo jan l’ padonen yo, jan l’ bay tèt li pou yo menm tou, yo menm yo pa gen okenn pouvwa sou li. Okontrè, renmen li ka touche kè yo tou, pou yo konvèti, tounen zanmi li. Menm Obama pa ka fè sa. Lè l’ sèvi moun ki malere ak moun ki malad yo san okenn lòt enterè, l’ap sèvi Verite a temwen, l’ap montre ke gen yon reyalite ki pi vre, ki pi fò, pase tout pwoblèm ak konfli nou konn genyen nan mitan nou. Se sa l’ vle di, lè l’ di peyi kote l’ Wa a se pa yon peyi sou latè. Se pa yon teritwa tankou lòt peyi. Teritwa Jezi a, se kè chak moun, kèlkeswa nasyonalite yo. LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè lidè politik nou yo aprann gouvènen daprè ekzanp Jezi. Amèn. PWOPOZISYON: Si m’gen yon ti kras pouvwa, nan fanmi mwen, nan travay mwen oubyen nan gwoupman m’ mache ladan l’, kòman m’ konn sèvi ak pouvwa sa a ? Èske m’ swiv ekzanp Kris Wa a, oubyen ekzanp ti wa latè a yo ?

LENDI

23

Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

“Yo pa jwenn tankou Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas” KÒMANSMAN LIV PWOFÈT DANYÈL 1, 1-6. 8-20 Sou twazyèm ane Joakim, wa Jida a, Nabikodonozò, wa Babilòn nan, rive Jerizalèm, li bloke l’. Granmèt la renmèt Joakim, wa Jida-a, nan men l’, ak yon pòsyon nan vesèl sakre kay Bondye a. Nabikodonozò pote yo nan peyi Sinea, nan kay dye pa l’ yo, li depoze vesèl sakre yo nan chanm richès dye pa l’ yo. Wa a di Asfenèz, sa a ki te chèf sèvitè yo, pou l’ vini avèk kèk ti moun ki sòti nan pitit Izrayèl yo ak nan ras wa yo ak chèf yo. Yo pa t’ dwe gen okenn tach nan yo, se pou yo te gen bèl figi, pou yo te gen konesans nan tout kalite sajès, solid nan syans, savan nan ansèyman, epi ki ta kapab rete nan palè wa a. Asfenèz ta aprann yo lèt ak langaj Kaldeyen yo. Wa a te pase lòd pou chak jou yo te ba yo yon pòsyon nan manje pa l’ yo ak nan diven li te konn bwè li menm, pou yo swen yo pandan twazan, aprè sa yo te gen pou yo te kanpe devan fas wa a. Nan pami yo, te gen kèk nan pitit Jida yo: Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas. Danyèl pran desizyon nan kè l’ pou l’ pa sal tèt li avèk manje ki sot sou tab wa a, ni ak diven l’ap bwè; li mande chèf sèvitè yo pèmisyon pou l’ pa sal tèt li. Bondye bay Danyèl favè ak mizerikòd devan fas chèf sèvitè yo. Chèf sèvitè yo di

-48-

Sous Lav¡ Danyèl: “Mwen pè mèt mwen, wa a, li menm ki fikse manje nou ak bwason nou; si l’ wè figi nou pi fennen pase lòt ti moun yo ki menm laj avèk nou yo, n’ap fè fot la tonbe sou tèt mwen devan wa a”. Danyèl di Malasa, li menm chèf sèvitè yo te mete kòm responsab Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas: “Tanpri, ou mèt eseye sèvitè ou yo pandan dis jou, yo mèt ba nou legim pou nou manje ak dlo pou nou bwè; w’a gade figi nou ak figi ti moun yo k’ap manje nan manje wa a, epi w’a aji avèk sèvitè ou yo daprè sa w’ a wè”. Lè l’ tande pawòl sa a, li eseye yo pandan dis jou. Aprè dis jou reyèlman, figi yo vin parèt pi bèl, pi gwo pase tout lòt ti moun yo ki t’ap manje nan manje wa a; konsa Malasa wete manje ak bwason diven yo, li ba yo legim nan plas yo.Timoun sa yo menm, Bondye ba yo syans ak ladrès nan tout kalite liv ak sajès; kanta pou Danyèl menm li te gen entelijans pou l’ konprann vizyon ak rèv. Lè jou yo rive, daprè limit wa a te fikse pou fè yo antre a, chèf sèvitè yo mennen yo devan Nabikodonozò. Lè wa a pale avèk yo, nan yo tout yo pa jwenn tankou Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas; yo kanpe devan fas wa a. Tout pawòl sajès ak entelijans wa a mande yo, li jwenn li nan yo dis fwa plis pase nan tout chalatan ak majisyen yo, ki te nan tout peyi wa l’ la. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS Dn

3, 52. 53. 54. 55. 56 Konpliman pou ou, Granmèt, Bondye papa nou yo,

R/ Ou merite lwanj, ou merite glwa, ou depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Konpliman pou non glwa ou ki sen an,

R/ Ou merite lwanj, ou depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Konpliman pou ou Tanp glwa w’ la ki sen an, R/ Ou merite lwanj depase, ou anlè tout glwa pou tout tan. Konpliman pou ou nan twòn peyi wa w’ la, R/Ou merite lwanj depase, ou anlè tout sa k’ gran pou tout tan. Konpliman pou ou, ki ekzamine bafon yo, ki chita anlè Cheriben yo, R/ Ou merite lwanj, ou anlè tout sa k’ gran pou tout tan. Konpliman pou ou nan platfòm syèl la, R/ Ou merite lwanj, ou merite glwa pou tout tan. LEVANJIL “Li wè yon pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 1 - 4 Lè sa a: Jezi gade, li wè moun yo k’ap mete kado yo nan kèt la, yo te rich; men li wè tou yon pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan. Li di: “Mwen di nou sa: vrèman vèv sa a mete plis pase yo tout; sèke yo tout se nan sa yo gen an plis yo pran pou yo mete nan kado Bondye yo, men sa a menm se nan mizè l’, tout sa l’ te gen pou l’ viv, li pran l’ bay”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Lekti liv Danyèl la ap montre nou kijan Bondye nou an toujou prezan

-49-

Sous Lav¡ avèk nou nan reyalite lavi nou. Bondye pa lwen sila yo ki rele li ak konfyans lè yo gen pwoblèm, menm jan ak Danyèl, Ananyas, Mizayèl ak Azaryas. Mesye sa yo te fè Bondye konfyans, li menm menm te pran swen yo: li te fè yo pi bèl, pi fò pase tout lòt ki t’ap manje epi bwè diven lakay wa a; men Bondye te ba yo plis ke manje ak bwason, li ba yo sa ki te esansyèl tankou ladrès, syans ak entèlijans; sa vle di lè nou rete kole sou Bondye ak konfyans, se sèten n’ap dekouvri bonte li, yon papa ki toujou tou pre pou lonje men ba nou, pou pote nou sekou, pou pran defans nou lè lènmi an atake nou. Se sa ki fè menm jan ak salmis la, chak jou nan lavi nou nou dwe bay Bondye glwa ak konpliman, paske li gran, li bon e l’ap avèk nou tout tan ki va gen tan. Levanjil la ap ba nou yon leson sou pataj. Lè nou nou pataje tout bon vre, se pa lè nou bay sa nou gen ki twòp, sa ki anbarese nou; okontrè se lè nou prè pou nou pataje sa nou genyen an menm si li pa sifi pou nou. Vrè pataj la se sa ki touche dimansyon kè nou, se motivasyon renmen an. Konsa, an nou eseye konprann bezwen ak nesesite sila yo ki bò kote nou, pou nou ka pataje ak yo selon nan mezi posiblite nou. Petèt nou ka pa gen lajan, men nou ka bay yon konsèy ki vo plis ke lajan, nou ka rann yon moun yon sèvis ki fè kè li kontan. Sa vo plis ke milyon dola. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri aprann nou pataje sa nou ye ak sa nou genyen puiske tout richès nou genyen se nan ou li sòti. PWOPOZISYON: Pataje sa ou genyen ak yon moun ki nan bezwen, pa ba li bagay ki pa bon; pataje sa ki gen plis valè ak li. Bondye va renmèt ou sa.

MADI

24

Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

“Bondye ap fè yon peyi wa leve, li p’ap janm gaye, l’ap vale tout peyi wa yo” NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 2, 31-45 Jou sa yo: Danyèl di Nabikodonozò: “Ou menm, wa, ou te wè, se te yon gran pòtre moun; gran pòtre moun nan bèl wotè te kanpe an fas ou, aparans li te fè moun pè. Tèt pòtre moun sa a te fèt avèk lò pi bon kalite, pwatrin nan menm ak bra yo te fèt ak lajan, vant la ak kuis yo te fèt ak kuiv, janm yo menm te fèt ak fè, yon pati pye yo se te fè, lòt pati a se te labou yo kuit. Konsa ou t’ap gade, joustan yon wòch detache sot sou mòn nan san men moun pa touche l’, li frape pòtre moun nan nan pye l’ yo ki te fèt ak fè ak labou kuit la, li kraze yo. Lè sa a atò, ni fè a kraze, ni labou kuit la, ni kuiv, ni lajan, ni lò, yo vin tounen tankou pay nan tan cho sou glasi, sa van an ap bwote a, yo pa kite okenn mak; kanta pou wòch la menm, ki te frape pòtre moun nan, li vin tounen yon gran mòn, li plen tout tè a. Sa a se rèv la. N’ap bay sans li tou devan ou, wa. Ou menm ou se wa lòt wa yo, Bondye syèl la te ba ou peyi wa ak pouvwa ak kòmandman ak glwa, tout kote pitit moun yo abite, ni bèt bwa yo, ni zwazo syèl yo, li renmèt yo nan men ou, li enstale tout bagay anba lòd ou; konsa se ou menm ki tèt ki fèt ak lò a. Aprè ou gen yon

-50-

Sous Lav¡ lòt peyi wa k’ap leve, k’ap pi piti pase ou, se lajan an; epi yon twazyèm peyi wa se kuiv la, l’ap kòmande sou tout tè a; epi yon katriyèm peyi wa ap tankou fè. Tankou fè kraze tout bagay, konsa l’ap kraze, l’ap detwi tout sa yo. Kòm ou wè yon pati pye yo ak dwèt yo fèt ak labou kuit epi lòt pati a fèt ak fè, peyi wa a ap separe; l’ap gen menm kalite ak fè, jan ou wè fè a ki mele ak labou kuit la. Pou dwèt pye yo ki fèt yon pòsyon ak fè, lòt la ak labou kuit la, sa vle di peyi wa a ap solid sou yon bò, l’ap kraze sou lòt bò a. Jan ou wè fè a melanje ak labou kuit la, y’ap melanje ak ras lèzòm, men yo p’ap antann yo, menm jan fè pa kapab melanje ak labou yo kuit. Men nan jou peyi wa sa yo, Bondye syèl la ap fè yon peyi wa kanpe, ki p’ap janm gaye, peyi wa l’ la p’ap pase nan men lòt pèp, okontrè l’ap kraze, l’ap vale tout peyi wa sa yo, men li menm menm l’ap kanpe pou tout tan. Daprè jan ou wè a, wòch la ki detache sot sou mòn nan san men pa touche l’ la, epi li kraze ni labou kuit, ni fè, ni kuiv, ni lajan, ni lò a, Bondye ki gran an montre wa a sa k’ap rive aprè; rèv la vrè, sans li ekzak”. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS Dn

3, 57, 58. 59. 60. 61 Fè konpliman pou Granmèt la, tout travay Granmèt la. R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Fè konpliman pou Granmèt la, zanj Granmèt la. R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Fè konpliman pou Granmèt la, syèl yo. R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, tout dlo yo ki anlè syèl yo. R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, tout pouvwa Granmèt la. R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. LEVANJIL “P’ap rete wòch sou wòch” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 5-11 Lè sa a: Kèk nan disip yo t’ap pale sou Tanp la, kijan li gen bèl wòch, kijan li dekore avèk kado. Jezi di: “Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi”. Yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen lè y’ap kòmanse?” Li di: “Atansyon pa kite yo twonpe nou; sèke anpil moun ap vini o non m’, y’ap di: “Se mwen menm, epi tan an ap rive”; pa suiv yo. Lè n’ap tande y’ap pale sou lagè ak revòlt, pa pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men se p’ap toutsuit finisman an”. Lè sa a li t’ap di yo: “Nasyon ap leve kont nasyon, peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranbleman tè kèk kote, epidemi, grangou, ap gen bagay ki sot nan syèl la k’ap fè moun tranble, epi gran mèvèy”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-51-

Sous Lav¡ REFLEKSYON Pawòl Bondye pou Jodi a ba nou yon avètisman sou sa ki gen pou rive. Pwofesi nou jwenn nan levanjil la, yo tout deja reyalize. Nan tan n’ap viv la, menm si gen anpil gwo pwogrè lasyans ak teknoloji, gen anpil pwoblèm ki rete yon gwo defi pou limanite, tankou pwoblèm grangou, tranblemantè, tsounami, maladi kansè, kolera, pwoblèm ki konsène estrikti lafanmi, elatriye. Sa fè anpil moun kòmanse panse lemond pral fini. Sètènman gen anpil pwofesi ki akonpli. Nou menm kretyen, lè n’ap li Levanjil sa nou dwe li l’ avèk je lafwa nou paske san sa nou p’ap kapab konprann anyen. N’ap pwoche nan finisman ane litiji a (ane B), epi nan yon ti tan n’ap rive nan fen ane nòmal la tou ki pral make avèk selebrasyon gwo fèt nesans Sovè nou Jezikri. Nou kòmanse ap li lekti apokaliptik yo ki rakonte nou kijan fen tan yo ap ye. Nan fason sa Legliz la vle raple nou tout bagay genyen yon fen; men li enpòtan pou nou prepare nou dekwa pou nou pa soufri lè fen an rive, pou nou pa di nou pa t’ konnen, paske pwovèb kreyòl la di nou “si m’ te konnen toujou dèyè”. Kidonk, nou dwe toujou chèche fè sa ki bon, sa ki byen, ede sa ki nan bezwen, fè volonte Bondye. Se chak jou pou nou evalye tèt nou pou wè si pawòl nou ak aksyon nou yo koresponn ak sa Bondye vle. LAPRIYÈ: Granmèt ede nou travay nan konstwiksyon peyi wa w’ la, pou lapè, jistis ak renmen kapab blayi sou tout tè a. Amèn

PWOPOZISYON: M’ap kolabore pou chache solisyon yon gwo pwoblèm ki prezante nan fanmi mwen oubyen nan sosyete a. MÈKREDI Koulè Vèt

25

PREMYE MOSO LABIB

“Gen dwèt ki parèt tankou men moun k’ap ekri”. NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 5, 1-6. 13-14. 16-17. 23-28 Jou sa yo: Wa Baltaza fè yon gran resepsyon pou chèf li yo, yo te mil, chak moun t’ap bwè diven daprè laj li. Lè l’ kòmanse chofe, Baltaza pase lòd pou yo pote vesèl sakre ki fèt ak lò ak lajan, sa papa l’ Nabikodonozò te pote sot nan Tanp ki te Jerizalèm nan, pou yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li yo, ni madanm li yo ni metrès li yo. Konsa yo pote vesèl lò yo ak lajan yo, sa yo te pran sot nan Tanp la ki te Jerizalèm nan, epi yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li yo, ni madanm li yo, ni metrès li yo. Yo t’ap bwè diven, yo t’ap fè lwanj dye yo ki fèt ak lò ak lajan, ak kuiv, ak fè, ak bwa ak wòch. Menm lè sa a, vin gen dwèt ki parèt, tankou men moun k’ap ekri anfas etajè lanp la, nan fasad miray palè wa a; wa a menm t’ap gade mouvman men k’ap ekri a. Lè sa a fas wa a chanje, espri l’ twouble, jwenti ren l’ febli, jenou l’ frape youn kont lòt. Yo mennen Danyèl devan wa a, wa a pale avèk li, li di: “Ou se Danyèl, youn nan pitit Jida yo yo mennen nan ekzil yo, sa papa m’ wa a mennen sot Jida yo? Mwen tande pale sou

-52-

Sous Lav¡ ou, kijan ou gen espri dye yo; syans, entelijans ak sajès, yo jwenn sa anpil nan ou. Konsa mwen tande pale sou ou, ou kapab bay sans bagay ki pa klè, ou kapab defèt sa k’ mare; konsa si ou kapab li sa k’ ekri a epi ou ban m’ sans li, y’ap abiye ou ak vlou wouj, w’ap gen chenn lò nan kou ou, w’ap twazyèm chèf nan peyi wa m’ nan”. Danyèl reponn, li di wa a: “Kado ou yo mèt ret pou ou, ofrann kay ou a ou mèt bay lotèl la yo; men sa k’ ekri a, m’ap li l’ ba ou, wa, epi sans li, m’ap montre ou li. Ou leve kont Sa a ki Chèf syèl la, yo pote vesèl sakre kay li yo devan ou, epi ou menm ak chèf ou yo ak madanm ou yo ak metrès ou yo, nou bwè diven nan yo; dye yo ki fèt ak lajan, ak lò, ak kuiv, ak fè, ak bwa, ak wòch, ki pa wè, ki pa tande, ki pa santi, ou fè lwanj yo; men Bondye menm, ki gen souf ou nan men l’, ni tout wout ou yo, ou pa fè lwanj li; se pousa li voye dwèt men an, ki ekri sa k’ trase a. Ekriti a ki make a, men li: Mane, Tesèl, Farès, epi men sans pawòl la: Mane, Bondye konte peyi wa w’ la, li fè l’ rive bout li; Tesèl, yo peze ou nan balans, yo jwenn ou pa gen anpil pwa; Farès, yo separe peyi wa w’ la, yo renmèt li bay Mèd ak Pès yo”. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

Dn 3, 62. 63. 64. 65. 66. 67 Fè konpliman pou Granmèt la, solèy ak lalin nan. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Fè konpliman pou Granmèt la, zetwal syèl la. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Fè konpliman pou Granmèt la, tout lapli ak lawouze. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, tout espri Bondye yo. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, dife ak chalè. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, fredi ak chalè. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. LEVANJIL “Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap pèdi” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 12-19 Lè sa a: Jezi di disip li yo: “Y’ap met men sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye. Mete sa byen nan kè nou, pa prepare sa n’ap reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè tout ènmi nou yo p’ap kapab reziste nou, ni demanti nou. Epi sa k’ap trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou; tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-53-

Sous Lav¡ REFLEKSYON Petèt gen anpil moun ki ta ka di lè yo li levanjil jodi a: bon mwen menm m’ pa nan sèvi Bondye paske m’pa gen kote pou m’ pran kou e m’ pa pral fè moun rayi m’! Mwen kapab konprann pou kèk bagay ki pa gen sans, li pa enpòtan pou w’ fè moun matirize w’, men pou sa ki konsène Bondye, se diferan. Atitid kretyen an se konsa li ye menm, li dwe pwovoke reyaksyon. Li dwe pwovoke mekontantman, pa nan sa ki negatif, men nan sans lè moun nan lantouraj nou ap gade nou, yo kapab kesyone konpòtman nou pou mande nou si se yon lòt planet n’ap viv, paske nou pa swiv menm tandans ak tout moun. Nan mond kote n’ap viv jounen jodi a, se plezi ki kòmande, se fwod, se fè sa ki mal, se chen manje chen, se egoyis. Men lè moun ki bò lakay ou oubyen moun k’ap travay bò kote w’ ap gade ou menm ou pa nan fwod, ou menm ou p’ap fè pwofitè sou sa ki pi piti yo, lè yo wè ou gen yon konpòtman diferan ak konpòtman majorite a, ebyen li p’ap janm kapab konprann ou; donk sa pral kreye divizyon. Lè fason kretyen an aji a pa soulve ankenn reyaksyon, sa vle di sanble gen yon bagay ki pa mache byen. Yon kretyen pa bay privilèj premye plas nan lavi li, li pa akomode li ak anyen paske li konnen se Bondye ki pi enpòtan nan lavi li. Se poutèt sa tout sa l’ap fè reflete kwayans li genyen e se konsa li levanjelize lòt yo, malgre tout diskriminasyon.

Nan finisman levanjil la Jezi di nou “nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”. Sa fè nou konprann efò n’ap fè, se pa pou granmesi, nou p’ap pèdi li, n’ap jwenn rekonpans nou kan menm. Si nou kiltive pasyans, si nou sibi tout kalamite ak pèsekisyon akoz yo pa konprann nou, rekonpans dènye jou a va ba nou rezon. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri voye Lespri Sen w’ nan vin anime mwen pou mwen kapab ranpli wòl mwen kòm disip misyonè. PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite sosyete entimide m’, m’ap chèche ranpli misyon Bondye konfye mwen? JEDI

26

Koulè Vèt

PREMYE MOSO LABIB

“Bondye voye anj li a, li fèmen bouch lyon yo” NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 6, 11-27 Jou sa yo: Gen mesye ki vin fè espyon, yo fouye byen fouye, yo jwenn Danyèl k’ap priye, k’ap mande Bondye l’ favè. Yo pwoche, yo pale ak wa a sou lòd li a: “Wa, èske ou pa t’ pase lòd ki di: pandan trant jou, tout moun ki t’ap priye nenpòt ki dye ak moun, sof ou menm, wa, yo t’ap jete l’ nan twou lyon yo?” Wa a reponn yo, li di: “Pawòl la vrè daprè desizyon Mèd yo ak Pès yo, ki pa kapab pase”. Lè sa a yo reponn, yo di devan wa a: “Danyèl, nan pami pitit Jida yo yo te ekzile yo, li pa okipe lalwa ou la ni desizyon ou

-54-

Sous Lav¡ kòmande a, men twa fwa pa jou l’ap priye nan devosyon l’”. Lè wa a tande pawòl la, li pran lapenn anpil; l’ap chèche kijan pou l’ delivre Danyèl, jous solèy kouche l’ap chèche pou l’ delivre l’. Mesye sa yo menm, yo konprann fent wa a, yo di l’: “Se pou ou konn sa, wa, lalwa Mèd yo ak Pès yo mande pou tout desizyon wa a fin pase, yo pa gen dwa chanje li”. Lè sa a wa a pase lòd pou yo mennen Danyèl, pou yo jete l’ nan twou lyon yo. Wa a di Danyèl: “Bondye w’ la, sa w’ap sèvi tout tan an, se li menm k’ap delivre ou”. Yo mennen yon wòch, yo mete l’ sou bouch twou a, wa a poze sele sou li avèk so l’ la ak so chèf li yo, pou yo pa fè anyen kont chatiman Danyèl la. Wa a ale lakay li, li dòmi san soupe, yo pa pote manje devan l’, menm dòmi an pati kite l’. Lè sa a wa a leve byen bonè granmaten, li fè vit li kouri al bò twou lyon yo; lè l’ pwoche bò twou a, li rele Danyèl ak yon vwa k’ap kriye, li pale avèk li: “Danyèl, sèvitè Bondye ki vivan an, Bondye w’ la, sa w’ap sèvi tout tan an, ou kwè li rive delivre ou anba lyon yo?” Danyèl reponn wa a, li di: “Wa, se pou ou viv tout tan! Bondye m’ nan te voye anj li a, li fèmen bouch lyon yo; yo pa fè m’ anyen ki mal, paske Bondye jwenn mwen inosan devan l’; ni devan ou tou, wa, mwen pa fè fot”. Lè sa a wa a kontan anpil poutèt li, li pase lòd pou yo wete Danyèl sot nan twou a; yo pa jwenn okenn mak sou li, paske li te kwè nan Bondye l’ la. Wa a menm pase lòd, yo mennen mesye sa yo ki te

akize Danyèl la, yo jete yo nan twou lyon yo, ni yo menm, ni pitit yo, ni madanm yo; yo pa gen tan rive nan fon twou a, lyon yo gen tan atrap yo, yo kraze tout zo yo. Lè sa a wa Dariyis ekri tout pèp yo, nasyon yo ak lang yo, ki abite sou tout tè a: “Lapè pou nou anpil. Mwen deklare desizyon, pou nan tout peyi kote m’ wa a, yo krenn, yo pè Bondye Danyèl la; sèke se li menm menm ki Bondye vivan an, ki la pou tout tan, peyi wa l’ p’ap gaye, pouvwa l’ pou tout tan. Se li menm ki delivre, ki sove, ki fè siy ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a, ki delivre Danyèl sot nan twou lyon yo”. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

Dn 3, 68. 69. 70. 71. 72. 73. 74 Fè konpliman pou Granmèt la, lawouze ak nyaj. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Fè konpliman pou Granmèt la, bwouya ak fredi. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, glas ak lanèj. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, lannuit ak lajounen. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, limyè ak fènwa. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, zeklè avèk nyaj.

-55-

Sous Lav¡ R. Fè

lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Se pou tè a fè konpliman pou Granmèt la. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. LEVANJIL “Nasyon yo ap foule Jerizalèm anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 20-28 Lè sa a: Jezi di disip li yo: “Lè n’ap wè lame a ansèkle Jerizalèm, lè sa a konnen tan pou l’ detwi a tou pre. Lè sa a moun ki nan Jide a, se pou yo sove kò yo nan mòn yo, moun ki nan mitan l’, se pou yo pati, moun ki andeyò, se pa pou yo antre ladan l’. Paske se jou chatiman l’, pou tout sa ki ekri yo reyalize. Ala malè pou moun ki ansent yo ak sa ki nouris yo nan jou sa yo! Sèke ap gen gran tray sou tè a ak kòlè kont pèp sa a. Y’ap tonbe nan bouch epe, y’ap kondui yo prizonye nan tout nasyon yo, nasyon yo ap foule Jerizalèm anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo. Ap gen siy nan solèy la, lalin nan ak zetwal yo, sou tè a ap gen tray nan nasyon yo akòz dezòd bwi lanmè a ak lanm yo, moun yo ap seche tèlman y’ap pè, y’ap tann sa k’ap rive sou tout fas tè a; sèke pouvwa syèl yo ap boulvèse. Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj la avèk gran pouvwa ak gran glwa. Men lè bagay sa yo kòmanse rive, gade, leve tèt nou, paske redanmsyon nou tou pre”. An nou fè lwanj ak konpliman pou Bondye a.

REFLEKSYON

Lapriyè se kle ki louvri tout pòt; nenpòt kijan l’ fèmen l’ap louvri l’ kan menm! Lapriyè mete nou an kontak avèk Bondye, mèt lavi a. Lekti a montre nou byen klè kalite lafwa ak fidelite Danyèl te gen nan Bondye. Lè nou kenbe kontak ak Bondye, sa ka fè mechan chanje lide, sa ka fè moun ki santi yo pi wo pase nou bese tèt yo. Wa a te toumante anpil paske l’ konnen Bondye pwofèt la pi gran pase pa l’ la, e menm Bondye sa a kapab delivre pwofèt Danyèl sòt nan sa l’ ye a. Menmjan an tou, jodi a Bondye kapab kase chenn nou yo, paske Bondye ki te la yè a, se li ki toujou la jodi a; konsa nou kapab kwè sa li te konn fè yè, l’ap fè li jodi a tou. Se pou nou gen plis konviksyon lafwa, pou ekzanp nou ede lòt yo konvèti. Se konsa pawòl nou jwenn nan sòm meditasyon jodi a kapab tounen yon reyalite: “Tout sa k’ ekziste dwe chante lwanj pou Bondye”. Nou menm patizan Kris la, se nou ki pou bay ekzanp lan. Levanjil jodi a envite nou kenbe lanp esperans nou limen devan boulvès, difikilte ak touman nan mond sa. Levanjelis la pale de destwiksyon, ki fè nou panse jounen jodi a tout sitiyasyon lenjistis, grangou, lagè ki fè pèsonn pa santi li an sekirite. Levanjil la ap ede nou konprann kòman lè Jezi retounen l’ap detwi tout bagay sa yo. An nou prepare nou pawòl pou nou monte nan avyon Jezi a! -56-

Sous Lav¡ LAPRIYÈ: Jezi, Granmèt, tanpri,

fè nou rete branche sou ou pou nou kapab donnen bon fwi. Amèn. PWOPOZISYON: Fè lwanj Bondye pou jan li bon. VANDREDI Koulè Vèt

27

PREMYE MOSO LABIB

“Men tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo” NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 2-14 Mwen te wè nan vizyon mwen te gen nan nuit la: se kat van syèl la ki t’ap batay nan gran lanmè a, ak kat gran bèt ki t’ap monte sot nan lanmè a, youn pa sanble ak lòt. Premye a te tankou manman lyon, li te gen zèl malfini; mwen t’ap gade joustan yo rache zèl li yo; yo wete l’ sot sou tè a, li kanpe sou pye tankou yon moun, yo ba l’ yon kè moun. Men yon lòt bèt ki sanble ak yon ous, li kanpe yon kote, li te gen twa kòt nan bouch li ak nan dan l’, epi yo t’ap di l’ konsa: “Leve, manje anpil vyann”. Aprè bagay sa yo, mwen gade, men yon lòt tankou yon tig, li te gen zèl tankou kat zèl zwazo sou li, te gen kat tèt nan bèt la, yo ba l’ pouvwa. Aprè bagay sa yo, mwen t’ap gade nan vizyon mwen te gen nan nuit la, men yon katriyèm bèt ki terib, ki ekstrawòdinè, ki fò anpil, li te gen anpil gwo dan an fè, li t’ap manje, li t’ap kraze, li t’ap foule sa k’ rete yo anba pye l’; li pa t’ sanble ak lòt bèt yo, sa m’ te wè anvan l’ yo, li te gen dis kòn. Mwen t’ap gade kòn yo, epi

men yon lòt kòn pi piti ki leve sot nan mitan yo: twa nan premye kòn yo, yo rache sot nan fas li; gen je tankou je moun ki te nan kòn sa a, ak yon bouch ki t’ap pale gran bagay. Mwen t’ap gade joustan yo poze twòn yo; Ansyen nan jou yo chita. Rad li blan tankou lanèj, cheve tèt li tankou lenn byen blan, fotèy li se flanm dife, wou fotèy li se dife ki limen. Yon rivyè dife byen rapid t’ap sòti devan fas li, mil milye t’ap sèvi l’, di mil san milye t’ap monte lagad bò kote l’. Tribinal la enstale, yo louvri liv yo. Mwen t’ap gade poutèt bwi gran pawòl yo, sa kòn nan t’ap pale yo, mwen wè yo te touye bèt la, kò l’ te peri, yo te lage l’ pou l’ boule nan dife; lòt bèt yo tou, yo te wete pouvwa yo, yo te fikse tan lavi pou yo jous pou yon tan ak yon tan. Mwen t’ap gade konsa nan vizyon nannuit: se tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo, li rive jous kot Ansyen nan jou yo. Yo ofri l’ bay Ansyen nan jou yo, ki ba l’ pouvwa ak konsiderasyon ak peyi wa; epi tout pèp, ras ak lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se pouvwa k’ap dire tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’ se peyi wa ki p’ap detwi. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS Dn

3, 75. 76. 77. 78. 79. 80. 81 Fè konpliman pou Granmèt la, gwo mòn yo ak ti mòn yo. R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Fè konpliman pou Granmèt la, tout plant sou tè a. R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

-57-

Sous Lav¡ Fè konpliman pou Granmèt la, sous yo. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, lanmè yo ak rivyè yo. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, balèn ak tout sa ki an mouvman nan dlo yo, R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, tout zwazo syèl yo. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, tout bèt bwa ak bèt volay. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. LEVANJIL “Lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 29-33 Lè sa a: Jezi di yon parabòl pou disip li yo: “Gade pye figye a ak tout pye bwa yo: lè yo kòmanse donnen fwi, nou konnen tan cho a tou pre. Konsa tou nou menm, lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre. Amèn, mwen di nou jenerasyon sa a p’ap pase, joustan tout bagay rive. Syèl la ak tè a ap pase; men pawòl mwen yo p’ap pase”. R.

An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Mezanmi, gen yon tan pou chak bagay sou latè: Gen yon tan pou kraze, yon tan pou konstwi; yon tan pou tris ak yon tan pou kontan; men

fò n’ pa bliye pi bonè se gran maten. Anpil fwa, Jezi vle nou konnen pawòl la pi byen, li pale an parabòl ak nou. Jan nou wè sa nan liv pwofèt Danyèl, nan vizyon li te wè kat (4) bèt sòti nan lamè a sou plizyè fòm, bèt sa yo te reprezante kat gran wa ki pral dirije vil yo. Nan Levanjil Lik la, Jezi prezante nou imaj yon pye bwa, kote li envite nou gade siy tan yo: nou konn gade yon pye bwa: lè l’ boujonnen, nou di li pral fè cho; lè l’ pral fè frèt nou konnen tou; konsa tou lè nou wè lalin nan gwo, nou di n’ap plante yanm, oubyen n’ap plante joumou, pou yo kab donnen gwo. Se konsa tou, fòk nou reyaji ak yon seri de bagay k’ap pase nan sosyete a ak nan kominote a; se detanzantan n’ap wè yon seri de fenomèn ki prezante nan kominote nou yo. Kidonk fòk nou veye, paske nou pakonnen ki jou, ki lè Pitit moun nan ap vni. Koute sa Jezi di: “An verite mwen di nou, ras moun k’ap viv kounye a p’ap disparèt anvan tout sa li di yo rive: syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen yo p’ap janm pase”. Jodi a, lè n’ap gade sa k’ap pase nan mond lan, nan fanmi yo, nan kominote n’ yo ak nan sosyete a, sa fè nou poze tèt nou kesyon: kisa k’ap pase? Èske se lafen, pake Bib la te deja avèti nou kijan sa ap ye nan dènye tan yo kote n’ap wè yon seri de bagay nou pa konn abitye wè; se lemond ki boulvèse, tranblemantè, abi, enjistis, lagè, vyolans. Bagay sa yo mande nou pou nou lapriyè epi reflechi pou n’ wè sa ki fè sa epi

-58-

Sous Lav¡ kisa nou menm nou kapab fè. Èske se pa renmen ak fratènite ki manke? Nan tan n’ap viv la, li enpòtan pou nou chèche ansanm pou wè kijan n’ap konstwi, nan chache solisyon ak pwoblèm nou yo, pou n’ gen yon lòt sosyete ki tabli sou jistis, renmen, ak lapè: yon sosyete kote tout moun santi yo an sekirite. LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki Mèt tout sa ki ekziste, ede nou wè klè pou n’ kab kwè, epi pou n’ konnen tout bon vre w’ap mache avèk nou. Tanpri ba nou anvi pou n’ tavay ansanm; konsa n’a bati yon lòt sosyete sou baz renmen ak fratènite. PWOPOZISYON: Pou sosyete a vin miyò, fòk mwen fè jefò pou mwen vin miyò. SAMDI Koulè Vèt

28

PREMYE LEKTI

"Peyi wa a ak pouvwa a, y’ap renmèt yo bay pèp moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a". LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 15-27 Espri m’ twouble: mwen menm, Danyèl, mwen kraze anba bagay sa yo, vizyon yo ki nan tèt mwen an yo dekontwole m’. Mwen pwoche kot youn nan sa yo ki te kanpe yo, mwen mande verite nan men l’ sou tout bagay sa yo. Li di m’ sans pawòl yo, li aprann mwen: "Kat gran bèt sa yo, se kat peyi wa k’ap leve sou tè a. Men moun sa yo Bondye ki anwo nèt la met apa a, y’ap pran pouvwa a, y’ap jwenn pouvwa a pou tout tan gen tan".

Aprè sa, mwen te vle gen eksplikasyon sou katriyèm bèt la, ki pa t’ sanble menm ak tout lòt yo, ki te lèd anpil la: dan ak zong li te an fè, li t’ap manje, li t’ap kraze, li t’ap foule rès yo anba pye l’, epi sou dis kòn yo li te gen sou tèt li a, ni sou lòt kòn nan ki te vin leve a, anvan twa kòn yo te tonbe a, epi tou sou kòn sa a, sa k’ te gen je yo ni bouch la tou ki t’ap pale gran bagay la epi ki te pi gwo pase lòt yo a. Mwen t’ap gade: kòn sa a t’ap fè lagè kont sen yo, li t’ap genyen sou yo, joustan Ansyen nan jou yo rive, epi moun sa yo Sa a ki anlè nèt la met apa a, li ba yo jijman an; tan an rive, sen yo jwenn peyi wa a. Li di konsa: "Katriyèm bèt la, se yon katriyèm peyi wa k’ap rive sou tè a, l’ap pi gran pase tout peyi wa yo, l’ap devore tout tè a, l’ap kraze, l’ap foule l’ anba pye. Kanta pou dis kòn yo nan peyi wa sa a, se dis wa k’ap leve. Youn ap leve aprè lòt yo, l’ap pi fò pase premye yo, l’ap jete twa wa yo; l’ap pale pawòl kont Sa a ki anwo nèt la, l’ap kraze moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a, l’ap konprann li kapab chanje tan yo avèk lalwa yo; y’ap renmèt yo nan men l’ jous pou yon tan ak kèk tan ak mwatye yon tan. Men y’ap enstale jijman an pou yo wete pouvwa a nan men l’; l’ap kraze, l’ap gaye jous nan finisman. Peyi wa ak pouvwa ak grandè peyi wa ki anba tout syèl la, se pèp moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a y’ap bay li: peyi wa li, se peyi wa k’ap dire tout tan, tout wa yo ap sèvi l’, y’ap obeyi l’". Pawòl Granmèt la.

-59-

Sous Lav¡ SÒM REPONS Dn

3, 82. 83. 84. 85. 86. 87 Fè konpliman pou Granmèt la, pitit moun yo. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.

Se pou Izrayèl fè konpliman pou Granmèt la. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, prèt Granmèt yo. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, sèvitè Granmèt la. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, espri ak nam sen yo. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. Fè konpliman pou Granmèt la, sen yo ak sa ki pòv nan kè yo. R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan. LEVANJIL "Veye, pou nou merite chape anba bagay sa yo k’ap vini yo". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 34-36 Lè sa a: Jezi di disip li yo: "Fè atansyon, pou kè nou pa vin lou ni nan bwason k’ap monte nan tèt nou, k’ap fè nou vin sou, ni nan tèt chaje pou lavi sa a, pou jou sa a pa tonbe sou nou sanzatann; reyèlman vre, l’ap rive sou tout moun ki chita sou fas tout tè a. Konsa, se pou nou veye, se pou nou priye tout tan, pou nou merite chape anba tout bagay sa

yo k’ap vini yo, pou nou kanpe devan Pitit moun nan". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.

REFLEKSYON

Veye epi priye, paske nou pa konnen kilè ni ki jou Jezi ap vini an. Jezi ba nou yon avètisman, an menm tan tou se yon konsèy. Chak fwa nou tande pawòl sa yo, sa ta dwe fè nou poze tèt nou kesyon sou fason nou òganize lavi nou nan moman sa a menm. Nan Levanjil Sen Lik la Jezi pale klè avèk nou, li ankouraje nou pou nou pa kite dòmi pran nou. Se pou nou veye sitou bagay k’ap fè nou pèdi tèt nou jis pou nou bliye Bondye: li di nou pran prekosyon avèk bagay k’ap atire nou nan lemonn tankou bwason, libètinaj, elatriye. Jou Granmèt la, jou jijman an ap rive lè nou pa atann, puiske nou pa konnen ki lè ekzakteman. Mezanmi, sa yo ta dwe fè ke nou sote, paske lè m’ wè nan ki eta anpil moun ap viv, kòmanse sou mwen, mwen di si Jezi ta vini kounye a kisa n’ap fè! pafwa se kòm si Bondye pa ekziste pou nou, gen moun nou envite al Legliz, li di l’ pa gen tan pou sa, li pral travay oubyen l’ap fè lesiv; li di dat li pral Legliz sa sa fè pou li, li pral nan komès li jodi a, li pral jere biznis li. Men moun sa bliye si Bondye pa t’ ba l’ lasante li pa t’ap ka fè okenn aktivite. Gen moun ki konn di yo twò jèn pou yo sèvi Bondye; men lè sa yo bliye si yo se pèleren sou latè, yo bliye si moun konn mouri a nenpòt laj. Gen yon chan ki di avantaj kòk se nan zepon li, mwen menm kretyen

-60-

Sous Lav¡ avantaj pa m’ se nan Bondye: mwen p’ap sèvi Bondye pou enterè; men se avèk tout mwen menm, tout sa m’ ye. Li se Mèt linivè, li gen pouvwa sou tout sa ki ekziste, li konnen kisa nou bezwen pou nou viv. An nou fè Bondye konfyans nèt ale, paske avèk li nou p’ap pèdi batay, viktwa nou asire. LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri vin disparèt tout fènwa ki anvayi lavi nou, fè nou chèche avantaj ki sòti nan ou menm; konsa n’a merite al jui avèk ou pou toutan lè ou va rele nou nan gwo jou a. Pa pouvwa Jezikri. Amèn. PWOZISYON: Avèk konfyans, ann kenbe kontak ak Bondye nou an. Se nan li nou gen lavi. DIMANCH PREMYE

29

DIMANCH

TAN

LAVAN

ANE C Koulè Vyolèt

PREMYE MOSO LABIB

"M’ap fè yon jèm jistis jèmen pou David". NAN LIV PWOFÈT JEREMI 33, 14-16 "Men jou k’ap vini, deklarasyon Granmèt la, m’ap reyalize bon pawòl la mwen te pale ak kay Izrayèl la, epi kay Jida a. Nan jou sa yo ak nan tan sa a, m’ap fè yon jèm jistis jèmen pou David, l’ap fè jijman ak jistis sou tè a. Nan jou sa yo Jida ap sove, Jerizalèm ap abite avèk asirans; men ki non y’ap rele l’: Granmèt nou an ki kòrèk la". Pawòl Granmèt la.

SÒM 24, 4bc-5ab, 8-9. 10.14 R. Se kote ou, Granmèt, mwen leve nanm mwen.

Montre m’ chemen ou yo. Granmèt, aprann mwen santye ou yo.Kondui m’ nan verite ou la, ban m’ leson, paske se ou menm ki Bondye delivrans mwen. R. Granmèt la bon, li dwat, se pou sa li aprann moun ki nan peche yo chemen l’; l’ap kondui moun ki pòv yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dosil yo chemen l’ yo. R. Tout chemen Granmèt la se kè sansib ak verite pou moun ki obsève kontra l’ak temwayaj li. Granmèt la aji kòm zanmi avèk moun ki respekte l’ yo, poul’ montre yo kontra l’ la. R. DEZYÈM MOSO LABIB "Granmèt la ap asire kè nou pou lè Kris la ap vini an". NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 3, 12-4, 2 Frè m’ yo: Se pou Granmèt la fè nou vin pi plis, se pou l’ fè la charite nou debòde youn pou lòt epi pou tout moun, tankou sa nou menm nou gen pou nou an; pou l’asire kè nou san repwòch nan sa k’ fè nou sen an devan Bondye ak Papa nou, pou lè Granmèt nou Jezikri ap vini an ansanm ak tout sen l’ yo. Amèn. Pou rès la, frè m’ yo, nou mande nou, nou ensiste nan Granmèt Jezi, jan nou te resevwa nan men nou fason pou nou mache, pou nou fè Bondye plezi a, se konsa pou nou mache, pou nou kapab fè plis pwogrè. Nou

-61-

Sous Lav¡ konnen reyèlman vre ki lòd nou te ba nou pa pouvwa Granmèt Jezi. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

"Delivrans nou an tou pre".

MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK

21, 25-28. 34- 36 Lè sa a: Jezi di disip li yo: "Ap gen siy nan solèy la, lalin nan ak zetwal yo, epi sou tè a boulvèsman nasyon yo, akoz bwi lanm lanmè a ak dlo yo, moun yo ap seche ak kè sote, antan y’ap tann sa k’ap rive sou tout fas tè a; sèke pouvwa syèl yo ap tranble. Lè sa a atò y’ap wè Pitit moun nan k’ap rive nan nyaj la avèk gran pouvwa avèk bèlte. Lè bagay sa yo ap kòmanse rive, gade, leve tèt nou, paske delivrans nou an tout pre. Fè atansyon sèlman, pou kè nou pa vin lou nan libètinaj ak bwason ak okipasyon lavi sa a, pou jou sa a pa tonbe sou nou san nou pa atann; sèke tankou yon filè l’ap tonbe sou tout moun ki enstale sou fas tout tè a. Konsa, se pou nou veye antan n’ap lapriyè tout tan, pou nou merite chape sot anba tout bagay sa yo ki gen pou yo rive a, epi pou nou merite kanpe devan Pitit moun nan". Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a se premye dimanch nan tan Lavan an nan ane C a; kidonk, nou kòmanse yon lòt ane nan lavi litiji Legliz la. Se yon tan ki mande nou pou n’ fè anpil jefò pandan n’ap prepare kè nou pou’n tann Sovè a

k’ap vini an. Preparasyon sa a dwe fèt anndan kè nou. Nan Levanjil Sen Lik la, nan chapit 7 la, nou wè kòman Jezi aprann disip li yo dekouvri siy delivrans la ki gen pou rive a. Lè nou pale de siy delivrans Granmèt la, nou wè pouvwa ak bèlte Bondye ki anwo nan syèl la. Nan Levanjil sa a, Jezi fè nou wè ke lè delivrans nou an tou prè pou rive, ap gen boulvèsman k’ap prezante sou pakèt fòm epi li site pou l’ di ap gen siy nan solèy la, zetwal yo, boulvèsman nasyon yo, bwi lanmè a ak dlo k’ap bay anpil kè sote sou fas tè a. (Lik, 21,25-27). Men tou, Jezi di patizan l’ yo: nou pa dwe pè, nou dwe rete fèm, nou dwe pran anpil prekosyon pou nou pa benyen nan peche, nan pran move plezi k’ap mete nou nan move kondisyon ak Bondye. Sa ki pi enpòtan pou nou fè, se toujou mete nou nan kondisyon korèk ak Bondye, se pou nou rete fèm nan lapriyè chak jou san rete. Lapriyè san rete se baz lavi, lafwa ak lesperans tout kretyen. Sa vle di tou, si nou lapriyè anpil n’ap vin gen anpil lafwa e n’ap rete fèm; e si nou gen yon lafwa ki gwo e ki fèm, nou p’ap janm pè lè siy tan yo, ki se siy pouvwa Granmèt la va rive. Nou dwe toujou viv yon fason pou n’ fè Bondye plezi, paske se li menm sèl ki kapab delivre n’ anba gwo menas ki panche sou do nou yo, se li menm sèl ki kapab ban nou sajès ak kè poze nan touman lavi a, e ki kapab gide nou nan chemen verite ak delivrans la. Tankou jan sòm repons di nou an:

-62-

Sous Lav¡ “Tout chemen Granmèt la se kè sansib ak verite pou moun ki obsève contra l’ ak temwanyaj li yo, e li aji tankou zanmi avèk moun ki respekte l’ yo e li montre yo kontra l’la”. Frè m’ak sè m’yo, kòmansman Tan Lavan an mande nou pou n’ fè anpil sakrifis ak bon jan preparasyon. Nou dwe rete toutan ap veye nan lapriyè paske nou pa konnen kilè jou Granmèt la ap rive. Pwofèt Jan Batis t’ap preche nan dezè a, li t’ap mande moun yo pou yo chanje kè yo, pou yo prepare wout pou Granmèt la k’ap vini an, nou menm tou se pou n’ pare chemen pou Granmèt la, bouche twou peche ki nan lavi nou yo, konble ravin peche ki nan nou yo pou n’ kapab resevwa byen resevwa Jezi ki vle abite nan kè nou. Yave te pwomèt pèp Izrayèl la ak kay Jida a jistis ak lapè, se konsa tou li pwomèt nou jijman ak jistis sou tè sa a. (Izayi 33, v 14-15). Granmèt la ap vini ak pouvwa delivrans li a epi kè sansib li a. Annou veye nan lapriyè pandan n’ap mande li pou li fè lacharite a grandi nan nou youn pou lòt, pou l’ asire kè nou san repwòch nan sa k’ fè nou sen devan Bondye Papa a, pou lè Jezi Granmèt nou ap vini ak pawòl li yo, li jwenn nou pwòp. LAPRIYÈ: Vini Granmèt, vini abite nan kè m’ ; vini Granmèt vin okipe premye plas nan lavi m’. Prese vini. Amèn. PWOPOZISYON: Rete soude nan lapriyè, pandan n’ap pwofite tan Lavan an, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè.

LENDI

30

Koulè Wouj ANDRE KI SEN, APOT (Fèt)

PREMYE MOSO LABIB

“Lafwa a vin nan sa yo tande a, sa yo tande a menm, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a” NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO: 10, 9-18 Si ou rekonèt ak bouch ou Jezi se Granmèt, epi si ou kwè nan kè ou Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, w’ap sove. Moun ki kwè ak kè l’, se pou jistis la; moun ki rekonèt ak bouch li, se pou delivrans la. Sa k’ ekri a di: “Tout moun ki kwè nan li, yo p’ap wont”.Nan pwen distenksyon Juif ak Grèk, paske se yon sèl Granmèt tout moun, ki fè anpil gras pou tout moun ki rele l’ yo. “Sèke nenpòt ki moun ki rele non Granmèt la, l’ap sove”. Men, kijan pou yo priye sa a yo pa kwè nan li a? Oubyen kijan pou yo kwè nan sa a yo pa tande sou li a? Kijan pou yo fè tande, si pa gen moun ki preche? Kijan pou yo preche, si yo pa voye yo? daprè sa k’ ekri a di a: “Ala bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!” Men se pa yo tout ki obeyi Bòn Nouvèl la; sèke Izayi di: “Granmèt, kilès ki te kwè mesaj nou an?” Konsa lafwa a rive nan sa yo tande a, epi sa yo tande a, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a. Men mwen di: “Èske yo pa t’ tande”? Men wi, “sou tout tè a mesaj yo gaye, pawòl yo jous nan bout fas tè a”. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5 R/ Sou tout tè a yo tande vwa yo.

Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap

-63-

Sous Lav¡ anonse l’. Jou ap deklare pawòl bay jou, nannwit ap montre syans bay nwit.R. Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa yo soti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R. LEVANJIL “Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo swiv li” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN: 4, 18-22 Lè sa a: Jezi t’ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè, Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè nan lanmè a; se pechè pwason yo te ye. Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou al lapèch moun”. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li. Li kontinye pi lwen, li wè de lòt frè, Jak, pitit Zebede a, avèk Jan, frè l’ la, yo te nan kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese filè yo; li rele yo. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a; yo swiv li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Fete youn nan apot Jezi yo, se fete fondasyon Legliz la. Yon Legliz ki bati sou apot yo, sa se legliz Jezikri a menm. Andre ki sen n’ap sonje jodi a, pechè pwason ki tounen pechè moun aprè apèl Jezi te fè li, se youn nan premye disip Jezi, youn ki vle konnen Mesi a, li we l’, li kite tout sa l’ te genyen pou li te kapab swiv li. Konsa nou menm tou, nou kapab konprann kijan sa enpòtan pou nou detache nou ak anpil bagay, si nou vle swiv Jezi tout bon vre, si nou vle

tounen patizan li. Jezi, frè ak sè m’ yo, se rezon pou nou viv, se li ki ba nou tout sa nou bezwen, se li ki ba nou tout sa n’ genyen. Pou kisa pou n’ pa ta mache ak Jezi, pou kisa pou pa ta di l’ wi? Jezikri vle nou mache dèyè l’ jodi a menm; pa tann li pi ta; li di nou: “vini, swiv mwen”. Swiv li paske li se chemen, laverite ak lavi. Andre kite tout sa l’ te genyen, fanmi li, filè li, travay li, pou l’ swiv Jezi. Paske nan Jezi li jwenn lavi a. Sa sa koute l’ si li genyen tout bagay epi li pa gen Jezi. Mèt la rele l’ pou l’al simaye pawòl la bay tout moun. Pou l’ di nou pa gen distenksyon ant rich ak pòv, ant blan ak nèg, ant dominiken ak ayisyen: nou tout se pitit menm Papa a. Ti chan di: pouki youn ap manje lòt konsa, kote m’ pase lagè… Frè ak sè m’ yo Jezi mande pou menm jan ak Andre ak zanmi l’ yo pou nou mache bay pawòl, konsa n’ap tounen disip misyonè pou li. Sen Pòl, nan premye lekti a, di nou jodi a: "Ala bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!" Bondye ap avèk nou, nou pa bezwen pè. Se pou nou mete tout enèji no unan travay li a. Moun Bondye yo, li toujou avèk yo, e li pa janm sipann beni yo. Se pou Granmèt la beni nou tout byen beni. LAPRIYÈ: Granmèt, pa bliye moun ou chwazi yo, pran ka yo; gade pèp a ou ki bezwen mesaje; tanpri kontinye rele nan pitit ou yo pou yo ale preche pawòl ou a tout kote. Mwen mande w’ sa nan non Pitit ou a, Jezikri k’ap kòmande ansanm ak ou ak Lespri Sen an. PWOPOZISYON: M’ap prete plis atansyon ak sa Bondye ap di mwen.

-64-

SOUS LAVI NOVANM 2015-ANE B.pdf

Plis toujou ou pran n' pou pitit ou, e. ou ban n' tout mwayen k' ap pèmèt nou rive nan lavi tou nèf ou pwomèt nou an. Tanpri,. Bondye Papa, voye Lespri ou a ban nou, pou n' pa kite kado ou yo gaspiye. Voye Lespri. w' la montre n' sèvi ak tout pouvwa ou ba nou yo, pou n' rive òganize ak viv jan ou vle a. Konsa n' a pare pou ...

824KB Sizes 281 Downloads 650 Views

Recommend Documents

Sous Lavi-marzo 2016 pdf.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

Sous Lavi jen 2016-pdf.pdf
Page 1 of 59. Page 1 of 59. Page 2 of 59. 6. 9. 7. 10. 8. Page 2 of 59. Page 3 of 59. 17. wlucb rbd3 ihe blowing ir .|id.F!t to@ dli.!!? (A) Irto.y. (B) Wpro. (c) N$il6 (D) n€lim. 18. Wbidh of ttE following is a ;ift Det€iins €lviMderr? (A) cu.

Sous Lavi-marzo 2016 pdf.pdf
nou tout mwayen pou nou vin jwenn li, se pou sa nou genyen sakreman yo,. espesyalman sakreman rekonsilyasyon oubyen la konfesyon. Pou nou kapab refè zanmitay nou ak Bondye, Legliz la envite nou pratike. zèv mizerikòd, tankou: bay bon konsèy, kons

sous lavi julio 2015.pdf
NAN YON GWO BAGAY TOU" (LC 16,10). Pawòl Bondye se yon sous k'ap koule pou tout moun ki swaf kapab bwè. Konsa, frè ak sè. m' yo, nou pa ka rete san ...

Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf
resevwa pa dwe pouse ogèy li. Okontrè se pou l' mete kado sa a nan sèvis. frè avèk sè li. Konsa, pèsonn pa bezwen fè jalouzi pou yon don li wè yon. lòt genyen ...

Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf
Whoops! There was a problem loading more pages. Whoops! There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf. Sous Lavi Me 2017-p

Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf. Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In. Main menu.

Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf
Pap Franswa. (Tradiksyon/ Jacky Agéna). Page 3 of 64. Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf. Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In.

Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf
Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf. Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In. Main menu. Displaying Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf.

Lavi - Photographs.pdf
Shimon Peres, and Prime Minister Yitzhak Rabin at the public roll-out. ceremony for the Kfir in April 1975. (Moshe Milner, GPO). 5. A Kfir roars overhead at the unveiling for the canard-equipped Kfir C2. in July 1976. The black-and-orange triangles o

sous-vide-cooking-times-pdf.pdf
Page 1 of 4. Comprehensive Sous Vide Cooking Times, Temperature and Thickness Chart. When it comes to sous vide cooking, the most tricky thing to do is figure out the time and temperature range to use. for different foods. We have compiled a list of

Installation SSH sous Fedora.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Installation SSH ...

sous-vide-cooking-times-pdf.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

Cooking Sous Vide (Thomas Keller Library)
Eleven Madison Park: The Cookbook · Sous Vide at Home: The Modern Technique for Perfectly Cooked Meals · Alinea · Sous Vide - the Art of Precision Cooking.

D Boullier Cables sous-marins revue RIS.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. D Boullier ...

Avoir-les-SEINS-NUS-sur-GTA5-ONLINE-!-(Sous-une-Chemise).pdf ...
Page 2 of 55. Pasaje Babilonia 10 Ciudad Mendoza. Tel: 0261 - 4237241. [email protected] www.cpmendoza.com. Cuando, por el contrario, no prestamos tanta atención a nuestra imagen ideal como a. los problemas que obstaculizan nuestro camino, se activ