Sous Lav¡ ''TOUNEN VIN BYEN AK BONDYE ANKÒ'' (2 KOR. 5, 20)

Nan Legliz la, nou rantre nan yon lòt tan litijik ki se tan Karèm. Tan Karèm nan, se tan pou nou prepare nou pou nou fete pi gwo evénman ki ekziste nan listwa Legliz la, ki se fèt Pak la. Se yon tan pou nou fè yon kanpe, reflechi pou nou wè nan ki distans nou ye avèk Bondye, pou nou kapab mache al jwenn li. Tounen vin byen ak Bondye ankò, vle di rekonsilye ak Bondye. Lè de (2) moun rekonsilye, sa vle di yo te zanmi deja epi yon sikonstans fè yo vin tounen lènmi. Kidonk lè Sen Pòl ekzòte nou pou nou vin byen ak Bondye, sa vle di nou te zanmi Bondye, nou vin gate zanmi avè l’. Kilè nou gate zanmi avèk Bondye? Nou gate zanmi avèk Bondye, se lè nou fè sa ki kontrè avèk sa li menm li vle pou nou fè, lè nou bliye ekzistans Bondye pandan nou bay plis enpòtans avèk sa mond lan ofri nou, an jeneral lè nou rete ap benyen nan labou peche a. Donk tout bagay sa a yo fè nou gate zanmi ak Bondye, yo fè nou pèdi relasyon nou avèk li. Plis pase 2000 lane depi Sen Pòl t’ap ekzòte moun vil Korent yo avèk bèl pawòl sa a yo, jodi a, pawòl sa a yo adrese a nou menm, pou nou kapab gade lavi nou pou nou wè kòman relasyon nou ye avèk Bondye. Èske nou rete zanmi Bondye oubyen nou gate zanmi avè l’? Nan Karèm ane sa a, sila a yo ki toujou rete zanmi avè l’, se moman pou yo fè amitye yo vin pi solid avèk li. Sila a yo ki te gate zanmi avè l’, se moman pou yo kase tèt tounen vin jwenn li, vin byen avè l’ ankò, menm jan avèk ti banbochè a ki te reflechi, li te retounen kay papa l’ aprè li te fin gaspiye tout byen l’ yo; men papa a pa t’ repouse l’, okontrè li te rete bra louvri ap tann li. (Evanjil Sen Lik, chapit 15). Se menm jan an tou Bondye rete 2 bra louvri ap tann nou, kèlkeswa kondisyon nou, nou pa bezwen wont, nou pa bezwen pè vin jwenn li, li toujou pre pou l’ resevwa nou, li menm ki se Bondye mizerikòd la. Li ban nou tout mwayen pou nou vin jwenn li, se pou sa nou genyen sakreman yo, espesyalman sakreman rekonsilyasyon oubyen la konfesyon. Pou nou kapab refè zanmitay nou ak Bondye, Legliz la envite nou pratike zèv mizerikòd, tankou: bay bon konsèy, konsole moun ki nan tristès, vizite malad, padone moun ki fè nou mal, akeyi peleren, vizite prizonye, abiye moun mi toutouni. An nou pwofite Karèm ane sa a, nan ane Mizerikòd la, pou nou kite dèyè tout sa ki fè nou gate zanmi ak Bondye epi ki anpeche nou goute nan sous dlo mizerikòd li a k’ap koule an abondans e ki p’ap janm seche. Jezi ouvri tiyo lagras la pou nou, lè li kite yo pèse kòt li. Si nou aksepte soufri avèk li, konsa tou n’a antre nan bèlte a ansanm ak li. Se Vandredi Sen ki mennen nan Dimanch Pak. P. Edvard Jeudy

-1-

Sous Lav¡ ÒDINÈ LAMÈS *KÒMANSMAN* O non Papa, ak Pitit la, ak Lesprisen an. Amèn! Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. SALITASYON! Frè m' yo ak sè m' yo, avan nou rantre pi fon nan selebrasyon nou an, an nou rekonèt nou se pechè, an nou mande Bondye padon: Devan Bondye ki gen tout pouvwa, devan nou menm tou frè m' ak sè m' yo mwen rekonèt mwen fè anpil peche, nan sa mwen panse, nan sa mwen di, nan sa mwen fè. Mwen rekonèt tou, mwen pa fè sa pou m te fè. Tout sa se fòt mwen. Se pou sa mwen mande Mari ki sen e ki toujou rete vyèj, tout zanmi Bondye ki nan syèl, epi nou menm tou, frè m' ak sè m' yo, lapriyè Bondye, Granmèt nou an, pou mwen. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, gen pitye pou nou, se pou l’padone peche nou, pou l’ mennen nou nan lavi ki p' ap janm fini an. Amèn! CHANTE/ Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! / Jezikri, pitye pou nou. / Jezikri pitye pou nou! / Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! PREMYE LAPRIYÈ : An nou lapriyè! Bondye Papa, ou fè n' pòtre avè w', e ou remèt nou tè a pou nou fè l' ban n' tout sa ki nesesè pou lavi a. Plis toujou ou pran n' pou pitit ou, e ou ban n' tout mwayen k' ap pèmèt nou rive nan lavi tou nèf ou pwomèt nou an. Tanpri, Bondye Papa, voye Lespri ou a ban nou, pou n' pa kite kado ou yo gaspiye. Voye Lespri w' la montre n' sèvi ak tout pouvwa ou ba nou yo, pou n' rive òganize ak viv jan ou vle a. Konsa n' a pare pou w' fè n' antre nan peyi kote ou wa a. Nou mande ou sa, pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lespri Sen an, depi toutan e pou toutan. Amèn LITIJI LAPAWÒL Levanjil: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Men bòn nouvel Jezi kri a daprè …......... ki Sen. Lwanj pou ou Granmèt. (Aprè Levanjil la:) An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a. Lwanj pou ou, Granmèt. KREDO *Mwen kwè gen yon sèl Bondye. Se Papa a, li gen tout pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a, li fè tout sa moun wè ak tout sa moun pa wè. * Mwen kwè gen yon sèl Granmèt, se Jezikri, sèl Pitit Bondye a. Li se Pitit Papa a depi anvan tout tan. Li se Bondye nan Bondye a, Limyè nan Limyè a, Bondye tout bon vre nan Bondye tout bon vre a, Li se Pitit, men se pa kreye yo kreye li. Li se menm Bondye ak Papa a. Se pa Pouvwa li tout bagay fèt. Se pou tout moun, se pou l’ vin sove nou, li desann sot nan syèl.Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun. Se pou tèt nou toujou, yo kloure li sou yon kwa. Li soufri, sou rèy Pons Pilat, e yo antere li. Sou twa jou li leve,jan Labib la te di, li monte nan syèl e li chita adwat Papa a. Li gen pou l’retounen avèk tout pouvwa li pou l’ jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri, e li va wa pou tout tan. *Mwen kwè gen Lespri sen an. Li se Granmèt e li bay lavi. Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la.Yo adore l’ ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit la, e li jwenn menm lwanj avèk yo. Se li ki t’ap pale lè pwofèt yo t’ap pale. *Mwen kwè gen yon sèl Legliz ki fè yon sèl kòt fanmi.Li sen. Li la pou tout moun. Se sou Apòt yo li bati. *Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padone peche. M’ap tann tout mò leve, m’ap tann lavi k’ap vini an. Amèn OFÈTWA Frè m' ak sè m' yo, an nou lapriyè ansanm, Pou Granmèt la kontan lamès sa a, ki se sèvis Legliz li a. Wi se lwanj pou Bondye, Se benediksyon pou nou menm ak pou tout moun. LAPRIYÈ SOU KADO YO (pen ak diven an): Bondye Gran Mèt, tanpri, bay Legliz ou a kè poze ak tèt ansanm l' ap chache nan sèvis sa a. Pen ak diven an se siy kado n' ap ofri w' la. Tanpri, fè yo tounen kò ak san Jezikri, e n' a jwenn favè n'

-2-

Sous Lav¡ ap mande w' la yo. Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn GWO LWANJ POU BONDYE Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. An nou leve Kè nou byen wo. Li deja devan Granmèt la. An nou di Bondye Granmèt nou an mèsi. Li merite sa vre. Wi, ou merite sa, reyèlman vre, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou ak pou tout moun. Papa ki Sen, ou merite nou toujou di w' mèsi toutan e tout kote, pa pouvwa Jezikri, Pitit ou renmen an, Li se Pawòl ou. Se avèk li ou kreye tout bagay. Li se Sovè ou voye vin delivre nou an. Se pou sa li tounen yon moun pa pouvwa Lespri Sen an, e Mari ki vyèj anfante li. Pou l’ te fè volonte ou nèt, pou l’ te fè ou gen yon pèp li mete apa pou ou, li ouvè bra l’ sou kwa a, lè li t’ap soufri a. Se konsa li kraze lanmò, pou li montre sa ki rele leve byen vivan. Se pou sa ni nou menm, ni tout mesaje ou yo ak tout zanmi ou yo ki nan syèl la, nou mete ansanm pou nou fè konpliman pou ou, e pou nou chante san rete. SANCTUS: Se ou ki sen! Se ou ki sen! Granmèt se ou ki Sen! Tout bon! Bondye se ou ki Gran Mèt tou sa ki nan syèl la. Bèlte ou plen syèl la ak tè a! Viv Bondye nan syèl la! Bravo pou sila a k’ap vini o non Granmèt la! Viv Bondye nan syèl la ! Granmèt, se ou ki sen tout bon, e tou sa ki sen, se nan ou li sòti. Tanpri, fè Lespri ou mete kado sa yo apa pou ou: konsa, se pou avantaj nou, y’a tounen kò ak san Jezikri, Granmèt nou pitit ou. !!!! *Lè Jezi aksepte soufri pou pwòp volonte pa l’, jou yo trayi l la, Li pran pen an, Li di ou mèsi. Li beni l’, Li kase l’, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : pran manje landan l’ nou tout, reyèlman vre, sa se kò mwen,m’ap bay pou nou an. Menm jan tou, lè yo fin manje, Li pran kalis la. Li tounen di ou mèsi, Li beni li, Li bay patizan l’ yo, Li di yo : +Pran, bwè ladan l' nou tout, Reyèlman vre, sa se san mwen. Se san lòt kontra a, ki va la pou toutan. Se san ki pral koule pou nou an, ak pou tout moun, Pou padone peche. Fè sa pou nou sonje mwen. !!!! Ala yon bèl mèvèy, nou pa kapab fin konprann li, men nou kwè l’. ANAMNÈZ: Granmèt, n’ap anonse ou mouri ! N’ap deklare ak kè kontan ou leve byen vivan. N’ap tann ou retounen ak tout otorite. Granmèt, se nan sonje Jezi te mouri e li leve, n’ap ofri w' pen ki bay lavi a, ak kalis ki pote delivrans lan. N’ap di ou mèsi, paske ou fè nou merite parèt devan w, pou nou sèvi ou. Tanpri, Granmèt, fè Lesprisen an rasanble nou fè youn, poutèt kò ak san Jezikri n’ap manje a. Granmèt sonje Legliz ou a ki gaye sou tè a: fè li fin renmen ou nèt. Sonje pap Franswa, sonje monsenyè (…..… ), ansanm ak tout moun ki responsab patizan ou yo. Sonje tout frè nou yo ki mouri ak espwa ou va fè yo leve yon jou. Sonje tout lòt moun ki mouri yo tou, resevwa yo lakay ou, nan limyè w’ la. Tanpri, fè nou gras. Fè nou merite jwenn lavi ki p’ap janm fini an, ansanm ak Mari ki vyèj e ki manman Bondye, ansanm ak tout zanmi ou, ki te mache nan chemen ou, lè yo t’ap viv sou tè a. Konsa n’a fè lwanj ak konpliman pou ou, pa pouvwa Jezikri pitit ou. !!!! Bondye Papa nou, ou menm ki gen tout pouvwa, e ki fè youn ak Lesprisen an, se pa pouvwa Jezikri, se avèk li, se o non li, Ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman, depi toutan e pou toutan. Amèn! {PAPA NOU} Kòm nou fè youn nan Lesprisen an, nou kapab di avèk konfyans lapriyè Jezi sovè nou te montre nou an: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte w' fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a. Padone sa nou fè w', tankou nou padone moun ki fè nou kichòy. Pa kite nou pran nan pyèj, men, delivre nou anba tout sa ki mal. Granmèt, tanpri souple, delivre nou ak tout sa ki mal, fè kè nou poze pandan tout lavi nou. Ede nou pou jan ou gen bon kè. Delivre nou nèt ak tout peche nou yo, e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou. N’ap espere byen ou pwomèt nou an : Sovè nou, Jezikri, k’apvini an. Paske se ou menm sèl ki wa se ou menm ki gen tout pouvwa se ou sèl ki merite konpliman pou toutan.

-3-

Sous Lav¡ Jezi Granmèt, se ou k' te di apot ou yo : Mwen montre n' byen viv ansanm, se sa mwen vin pote ban nou. Tanpri pa gade sou peche nou yo, gade pito jan Legliz ou a kwè nan ou! Nou mande ou, pou nou vin fè youn, jan ou vle a, Ou menm ki vivan e ki Wa, depi toutan e pou toutan. Amèn. Se pou Granmèt la montre nou byen viv ansanm. Se pou li toujou avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Frè m' ak sè m' yo, montre nou konn viv byen youn ak lòt. AGNUS DEI: Pè a ansanm ak pèp la: Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R : tanpri, pitye pou nou. Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a, R: vin fè kè nou poze. Ala chans pou moun sa yo, Jezi envite vin manje nan manje sa a. Men Jezi mouton Bondye ki wete peche sou tè a. Granmèt, mwen pa merite pou w' antre lakay mwen, di yon sèl pawòl e nanm mwen va geri. Se pou kò ak san Jezikri soutni nou pou lavi ki p’ap janm fini an. Amèn! DÈNYE LAPRIYÈ An nou lapriyè, Bondye Papa, nan chak lamès, ou fè n' goute jan sa ta bèl si nou te swiv pawòl ou a tout bon vre. N' ap di w' mèsi pou limyè w' ban nou an ak pou gwo espwa ou limen nan kè n' nan. Bondye Papa n', tanpri, ban n' fòs travay chak jou pou n' fè kado w' yo rapòte dis fwa, san fwa plis. Konsa n' a pare pou n' rantre nan kè kontan Jezi pwomèt bon sèvitè li yo. Nou mande ou sa, Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, pitit ou. Li vivan, li wa, li Bondye, ansanm avèk ou, ansanm avèk Lesprisen an, depi toutan e pou toutan. Amèn BENEDIKSYON: Granmèt la avèk nou tout. E avèk ou menm tou. Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa a ak Pitit la ak Lesprisen an beni nou byen beni! Amèn! An n' ale ak kè kontan. Mèsi, Bondye, mèsi!

Si ou gen kèk temwanyaj ou ta renmen pataje ak lòt yo, voye li nan biwo: Fundación La Buena Noticia, (Fondasyon Bòn Nouvèl). Av. 27 de Febrero No. 311, Santo Domingo, Rep. Dom. Telefòn: (809) 562-2655/ (829) 259-8436, oubyen voye yon mesaj nan kourye sa yo: ak nan, [email protected] DIREKTÈ: Rafael Hernández REDAKSYON, KÒDINASYON AK KOREKSYON FÒM AK ESTIL: Jacky Agéna KOLABORATÈ: 1. P. Emilio Travieso, Sj 2. Rose-Laure Fleurantin, fdm

SANSÈ: Johnny Masséba, sj ASESÈ ESPIRITYÈL: Rev. P. Mario Serrano, sj. DYAGRAMASYON: Jhonny Díaz Sosa ENPRESYON: Editora Tele-3 (Tel.: 809 566-6105)

3. P. Edvard Jeudy 4. Binsonne Thomas 5. P. Jorès Fleurimond 6. Marlène Elien

SOUS LAVI Se yon piblikasyon Fundación La Buena Noticia (Fondasyon Bòn Nouvèl) Av. 27 de Febrero No. 311 Santo Domingo, Rep. Dom Tel.: 809 562-2655 / 809 562-0845 809 562-0846 • Fax: 809 -540-2336 E-mail: [email protected] [email protected]

Enstitisyon ki patwone revi sa a se: Komisyon Nasyonal Pastoral Migran (Komisyon Pastoral Ayisyèn)

7. Silaine Zéphir 8. P. Fisner Vaillant 9. Dany Camille 10. Irvenson Lebrun 11. Erns Derosier

Benefis Piblikasyon sa a pote, dwe sèvi pou gaye Levanjil la. Se yon edisyon Fundación La Buena Noticia.(Fondasyon Bòn Nouvèl), pibliye

-4-

Mas 2016

Sous Lav¡

MADI

1

Koulè vyolèt

PREMYE LEKTI

"Ak kè nou kraze, ak lespri nou rabese, w’ap resevwa nou". NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 3,25.34-43 Jou sa yo: Azaryas kanpe, li lapriyè konsa: li louvri bouch li nan mitan dife a, li di: "Tanpri, pa lage nou pou tout tan poutèt non ou, pa kase contra w’ la, pa wete kè sansib ou a sot nan nou, poutèt Abraam, sila a ou renmen an, ak Izaak sèvitè w’ la, ak Jakòb sen w’ nan, yo menm ou pale ak yo a, antan ou te pwomèt ou t’ap fè ras yo vin anpil tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki sou bò lanmè a. Sèke, Granmèt, nou vin pi piti pase tout nasyon yo, nou vin rabese sou tout tè a jodi a poutèt peche nou yo, nan tan sa a pa gen wa ni chèf ni pwofèt, ni sakrifis antye, ni sakrifis, ni kado, ni lansan, ni kote pou yo ofri premye fwi devan ou, pou nou kapab jwenn kè sansib ou. Men ak kè nou kraze, ak lespri nou rabese w’ap resevwa nou; tankou ak sakrifis antye bouk ak towo, ak tankou avèk mil mouton gra, se konsa pou sakrifis nou an ye jodi a devan ou, pou l’ fè ou plezi, paske pa gen lawont pou moun ki met konfyans nan ou. Koulye a n’ap suiv ou ak tout kè nou, n’ap respekte ou, n’ap chèche fas ou. Pa fè nou wont, men aji avèk nou daprè bon kè ou, daprè tout pakèt kè sansib ou, delivre nou, ak mèvèy ou yo, fè wè bèlte non ou, Granmèt". Pawòl Granmèt la.

SÒM 24, 4bc-5ab. 6-7bc. 8-9

R/ Sonje kè sansib ou yo, Granmèt.

Chemen w’ yo, Granmèt, montre m’ yo, santye w’ yo, aprann mwen yo. Dirije m’ nan verite w’ la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.

Sonje bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou, paske se depi tout tan yo ekziste. Daprè kè sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R. Granmèt la bon, li kòrèk, poutèt sa, li aprann pechè yo chemen l’; l’ap dirije moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R. LEVANJIL "Si nou chak pa padonnen frè l’, Papa nou p’ap padonnen nou tou". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18, 21-35 Lè sa a: Pyè pwoche kot Jezi, li di: "Granmèt, konbyen fwa pou frè m’ fè peche kont mwen, pou m’ padonnen l’? Èske se sèt fwa"? Jezi di l’: "Mwen pa di ou jouska sèt fwa, men jouska swasant dis fwa sèt fwa. Se pousa rèy syèl la sanble ak yon wa ki te vle regle avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse regle sa yo te dwe l’, yo mennen youn ba li ki te dwe l’ di mil pyès lajan. Kòm li pa t’ gen dekwa pou l’ te renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li ansanm ak madanm li ak pitit li yo ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab renmèt. Sèvitè a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay". Mèt sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage l’, li efase dèt la pou li. Men sèvitè sa a sòti, li jwenn youn nan sila yo ki te sèvitè ansanm avèk li yo, ki te dwe l’ san pyès lajan; li kenbe l’ pou l’ toufe l’, li di: "Renmèt sa ou dwe". Lòt sèvitè a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay". Li menm menm li pa vle, li pati, li voye mete l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt li. Lè lòt sèvitè yo wè sa k’ pase, yo pran lapenn anpil: yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’ te rive.

-5-

Sous Lav¡ Lè sa a atò, mèt li rele l’, li di l’: "Move sèvitè, tout dèt ou, mwen te efase l’ pou ou, paske ou te lapriyè m’; èske ou pa t’ dwe pran pitye pou sèvitè parèy ou a, menm jan mwen menm mwen te pran pitye pou ou a"? Mèt li fache, li renmèt li nan men gad yo, joustan li renmèt tout dèt li. Se konsa Papa m’ ki nan syèl la ap fè nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak tout kè nou". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Levanjil jodi a trè radikal, puiske li mande nou fè yon bagay ki pa fasil. Kisa menm li mande nou fè? Jezi ba nou repons li te bay Pyè a. Pyè pwoche kot Jezi, pou l’ mande l’ konbyen fwa li dwe padone moun ki fè l’ mal. Pyè mande Jezi èske se sèt fwa li dwe padone. Jezi ki se ekzanp renmen ak padon an fè Pyè konnen moun ki renmen tout bon vre pa mezire padon. Se poutèt sa Jezi kontinye pou di: “Mwen pa di w’ padone sèt fwa, men swasant disèt fwa sèt fwa”. Kantite sa Jezi bay Pyè a, sa vle di ke nou menm k’ap swiv Jezi nou pa dwe kite rankin ak rayisans pote laviktwa sou mizerikòk ak konpasyon. Lanmou Bondye a se yon bagay ki depase nivo entelijans nou ak tout sa nou ta kapab imajine ak konprann.Li pi gran pase nou. Kòm nou tout benefisye, ebyen se konsa pou nou fè lòt yo goute li tou. Plis ou renmen frè ou, se plis ou kapab padone li. Nan pasaj li sou tè a, Jezi te montre nou kijan nou dwe padone. Malgre jwif yo te maltrete l’, yo te imilye l’, jiskaske yo te kloure l’ sou yon kwa, men li te priye Papa a pou l’ te ka padone yo. Li pa t’ mande l’ vanje ak yo, pou l’ touye yo; men li te di Papa a padone yo, paske yo pa konnen sa y’ap fè. Pa gen pi gwo jès lanmou ke sa. Lejanvil jodi a redekouvri vrè vizaj Bondye: Se vizaj lanmou an. Nou p’ap sèvi yon Bondye ki gen kè di, ki

rann mal pou mal, men n’ap sèvi yon Bondye ki gen konpasyon ki toujou prè pou l’ padone nou. Li pa mete pye sou kou nou lè nou tonbe, men li ba nou lebra pou ede nou leve. Se menm jès la li mande nou fè youn ak lòt. Granmèt la renmen nou san kondisyon; li pa ta vle youn nan nou pèdi, li vle nou antre nan Wayòm li an. Bondye nou an san parèy, kè l’ sansib anpil pou nou, li tèlman renmen nou. Sakreman padon an se Bondye menm ki mete l’ nan Legliz la. Li bay pè yo pouvwa pou yo padone peche nou. Padon sa se yon fason pou Bondye di nou li renmen nou e li vle fè wout ak nou. LAPRIYÈ: Bondye Papa, ala bon ou bon! Ala gran ou gran! Mèsi pou lanmou w’ ki sove m’! Fè m’ renmen menm jan ak ou. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Jodi a tout moun mwen te kenbe nan kè m’ m’ap libere yo. M’ap pale ak yo, m’ap ba yo yon akolad sensè. MÈKREDI

2

Koulè vyolèt

PREMYE LEKTI

"N’a obsève kòmandman yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou". NAN LIV DETEWONÒM 4, 1. 5-9 Moyiz pale ak pèp la, li di: "Koulye a, Izrayèl, koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou kapab viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye zansèt ou yo ap ba ou a. Nou konnen mwen aprann nou kòmandman avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans nou devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: "Men yon

-6-

Sous Lav¡ pèp ki gen sajès, ki entelijan, yon gran nasyon"! Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman gran, ki kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap lapriyè l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk ak tout lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an? Konsa, se pou ou kenbe pwòp tèt ou, se pou ou veye sou nanm ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve w’ yo". Pawòl Granmèt la.

SÒM 147, 12-13. 15-16. 19-20

R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.

Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye w’, Siyon. Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo andan ou.R. Li menm ki voye pwomès li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri. Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li simen lawouze tankou sann.R. Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl. Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li pa montre yo jijman l’ yo.R. LEVANJIL MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19 Lè sa a: Jezi di patizan l’ yo: "Pa konprann mwen vini pou m’ defèt Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite mwen di nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti “i” oubyen yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize. Konsa moun k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap rele l’ pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap aprann lòt yo fè menm jan an, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, Jezi vle fè limyè sou sans misyon li sou tè a. Petèt mesaj li a kapab yon desepsyon pou sila yo ki t’ap tann yon sovè k’ap vin chanje tout bagay. Nou imajine ke Jezi t’ap pale nan yon kominote pòv, kote moun yo t’ap sibi pèsekisyon, kote ke yo pa t’ gen lapè, kè yo pa t’ kontan, kote yo t’ap espere yon chanjman radikal nan jan bagay yo t’ap fèt la. Men, anvan Jezi ale pi lwen nan mesaj li a, li pran tan pou l’ presize ki sans misyon li an genyen, lè li di: “Mwen pa vini pou m’ defèt, men pou m’ reyalize...”. Pawòl sa kapab ede nou konprann vrè sans mesaj Jezi a, yon mesaj ki pozitif, yon mesaj ki envite n’ konstwi apati de sa ke nou genyen ak sa nou ye. Se yon lòt mantalite nou dwe genyen. Lalwa pa yon fren oubyen yon barikad pou Jezi, se pito yon enstriman pou fè mesaj Granmèt la pase pi byen. Li pa genyen pretansyon ke mesaj li a pi bon ke mesaj pwofèt yo, okontrè li sèlman vin ranfòse yo epi fè tout moun rive konprann sans yo. Epi pi lwen li fè nou konnen ke menm yon yota li pa genyen entasyon retire nan sa ki te di deja. Paske tout sa ki te ekri nan Bib la genyen pou l’ reyalize, jan ke yo te anonse l’ la. Men Jezi pa sispann eksplike sans misyon li a, li pa esklav Lawa, li vini pou li akonpli pwomès Bondye Papa te fè pèp li a depi plizyè lane, pwomès liberasyon an. Se yon mesaj ki envite nou panse sou sans lavi nou kòm kretyen. Se yon apèl pou nou viv tankou frè e pou nou pratike tout vèti ki kapab ede lòt yo dekouvri Bondye. Jezi vle raple nou vrè sans lavi nou. Lavi chak moun fèt ak de kalite pyès: youn ansyen, lòt la nouvo; kidonk yon nouvo lavi pa dwe antre an konfli ak yon lavi pase. Aksepte sa ke nou ye kòm pechè pou nou kapab grandi selon pawòl Granmèt la. Selon Jezi, sa ki enpòtan nan lavi yon moun ki vle swiv li, se kapab

-7-

Sous Lav¡ mete pawòl Granmèt la nan sant lavi li. Yon envitasyon pou nou dosil e chèche konprann tout moun. Yon envitasyon ki raple n' ke nou dwe mete lòd nan lavi nou kòm moun epi kòm kreyen. LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi pou sans pawòl ou a ki ede nou konprann pou kisa ou te vini sou tè; ban nou fòs ak kouraj pou nou kapab kolabore nan fè mesaj ou a rive pi lwen. Amen! PWOPOZISYON: Si mwen te bay yon bagay plis valè ke yon moun, m’ap rann mwen kont mwen te bay bagay sa plis valè ke pwòp tèt mwen. JEDI

3

Koulè vyolèt

PREMYE LEKTI

"Sa a se yon nasyon ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la". NAN LIV PWOFÈT JEREMI 7, 23-28 Men pawòl Granmèt la: "Mwen te pase yo lòd daprè pawòl sa a, mwen te di: "Se pou nou koute vwa m’, m’ap Bondye pou nou, n’ap pèp pou mwen; se pou nou mache nan tout chemen m’ap kòmande nou, pou sa kapab bon pou nou". Men yo pa koute, yo pa panche zòrèy yo, men yo pati daprè volonte yo, daprè move panchan kè yo, yo rekile, yo pa avanse, depi jou mwen te fè zansèt yo sòti nan peyi Lejip la jous jodi a. Mwen voye tout sèvitè m’ yo, pwofèt yo, kote nou, mwen leve byen bonè chak jou, mwen voye yo; men yo pa koute m’, yo pa panche zòrèy yo, okontrè yo fè kou yo vin rèd, yo aji pi mal pase zansèt yo. W’a di yo tout pawòl sa yo, yo p’ap koute ou. W’ap rele yo, yo p’ap reponn ou. W’ap di yo: "Sa a se yon nasyon ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la, ki pa resevwa ledikasyon. Lawa a peri, li sòti sot nan bouch yo". Pawòl Granmèt la.

SÒM 94, 1-2. 6-7. 8-9

R/ Si jodi a, nou te kapab koute vwa Granmèt la: "Pa fèmen kè nou".

Vini, an nou fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye delivrans nou an. An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk sòm an nou fè fèt pou li.R. Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou met jenou atè devan Granmèt la ki fè nou, paske se li menm ki Bondye nou, nou menm nou se pèp pak li, mouton men l’.R. Jodi a si nou te kapab koute vwa l’ : "Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou yo te eseye m’ nan, yo te sonde m’, malgre yo te wè travay mwen".R. LEVANJIL "Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11,14-23 Lè sa a : Jezi t’ap chase demon, demon an te bèbè. Kon l’ fi n’ chase demon an, bèbè a pale, foul yo te sezi. Kèk moun nan yo t’ap di : "Se pa pouvwa Bèlzeboul, chèf demon yo, l’ap chase demon yo". Dòt menm t’ap sonde l’, yo t’ap mande l’ yon siy ki sot nan syèl la. Li menm, kòm li te wè panse yo, li di yo : "Tout peyi wa ki an dezakò sou pa andan, l’ap vin tounen yon savann, kay ap tonbe sou kay. Konsa si Satan an dezakò sou pa andan, kijan rèy li ap fè kanpe? Paske nou di se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo. Si mwen menm se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo, pitit nou yo menm pa pouvwa kilès y’ap chase yo ? Se pousa se yo menm k’ap pije nou. Men si se pa pouvwa dwèt Bondye m’ap chase demon yo, sèke rèy Bondye a tou rive sou nou. Lè yon moun byen ame, l’ap gade lakou l’, tout sa l’ posede, yo asire. Men si yon moun ki pi fò pase l’ vin

-8-

Sous Lav¡ rive, epi li ranpòte laviktwa sou li, li pran tout zam yo kote li te mete konfyans li a, epi li separe sa l’ pran yo. Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen, moun ki pa ranmase avèk mwen, l’ap gaye. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON «Men si se pa pouvwa dwèt Bondye m’ap chase demon yo, sèke Rèy Bondye a tou rive sou nou». Jodi a, nan pwoklmasyon Pawòl Bondye a, prezans demon an manifeste yon lòt fwa ankò: «Jezi t’ap chase demon, demon an te bèbè» (Lik 11,14). Petèt, chak fwa tèks yo pale nou sou demon nou santi nou yon ti jan mal alèz. Antouka, mal la ekziste e li tèlman gen rasin li fon, nou pa ka fin elimine li. Men tou, mal la ap devlope, li pran pye toupatou. L’ap travay toutan e nou pa kapab fin gen kontwòl li. Men Jezi vini pou li konbat tout fòs mal la, demon an. Se Jezi sèl ki kapab venk li. Yo fè fo temwayaj sou Jezi e yo akize li: demon an kapab fè tout bagay. Pandan setan foul la t’ap gade Jezi ak anpil admirasyon pou sa li te sot akonpli a, kèk moun t’ap di: «Se pa pouvwa Bèlzeboul, chèf demon yo, l’ap chase demon yo» (Lik 11,15). Repons Jezi a montre kijan moun ki t’ap talonnen li yo pa t’ gen bon sans. Repons sa a se yon apèl pou nou aprann mete tèt nou ansanm, pou nou byen soude youn ak lòt. Lè nou divize nou pa nan anyen ki bon, epi se pwòp tèt nou n’ap detwi. San dout, youn nan siy mal la, se lè nou divize, lè nou youn pa vle konprann lòt. Malerezman, mond nan viv jodi a, se kalite move lespri sa a ki anpeche nou youn konprann lòt epi youn rekonèt lòt. Li bon pou nou reflechi sou fason nou patisipe nan chase demon sa a, oubyen sou fason nou refize mal la. Èske nou mande tèt nou: èske mwen menm mwen fè sa ki nesesè

pou Granmèt la wete mal ki anndan mwen an? Èske mwen kolabore nan chase demon an. Paske «se nan kè a tout move lide yo sòti» (Mt. 15, 19). Repons chak moun (sa vle, di kolaborasyon pèsonèl nou) trè enpòtan. Se pou Lavyèj Mari entèsede bò kote Jezi, Pitit li renmen an, pou li kapab libere kè nou ak lemond anba tout mal (lagè, teworis, move trètman, tout fòm vyolans). Mari, Manman Legliz la, Rèn Lapè, tanpri lapriyè pou nou. LAPRIYÈ :Bondye Papa, tanpri, ede nou pou n’ fè volonte w’ chak jou pi plis, konsa, n’a reziste ak zèv demon an. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON : M’ap chèche dekouvri nan ki fason mwen kite demon itilize mwen epi m’ap fè atansyon pou sa pa rive ankò. VANDREDI

Koulè vyolèt

4

PREMYE LEKTI

"Nou p’ap rele travay men nou "Bondye nou" ankò". NAN LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10 Men pawòl Granmèt la : "Izrayèl, tounen vin jwenn Granmèt Bondye w’ la, paske ou tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk nou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’ : "Wete tout peche nou, pran byen an, n’ap ofri sakrifis bouch nou. Lasiri p’ap sove nou, nou p’ap monte sou chwal ankò, paske òfelen ki nan ou a, ou pran pitye pou li". M’ap geri yo pou yo sispann vire do ban mwen, m’ap renmen yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’ vire kite yo; m’ap tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap eklate tankou Liban. Ramo l’ yo ap kouri, bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap tankou Liban. Y’ap tounen vin chita anba lonbraj li, y’ap viv ak ble, y’ap jèmen tankou pye rezen; souvni l’ap tankou diven

-9-

Sous Lav¡ Liban. Efrayim, sa pou m’ fè avèk zidòl yo ankò? M’ap koute, m’ap remen l’ tankou yon pye bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou ap sòti. 10-llab. 14 e 17

epi renmen pwochen an tankou pwòp tèt nou, sa pi gran pase tout sakrifis antye ak tout sakrifis". Jezi menm wè li te reponn avèk sajès, li di l’: "Ou pa lwen rèy Bondye a". Pèsòn pa t’ pran chans poze l’ kesyon ankò.

Pawòl mwen pa t’ konnen, mwen tande. Mwen wete do l’ sot anba chaj yo, men l’ kite panye a. Nan tray la, ou rele m’, mwen delivre ou.R. Mwen reponn ou nan kachèt toubiyon an, mwen eseye ou bò dlo Meriba a. Koute, pèp mwen, m’ap poze ou kesyon, Izrayèl, pa pito w’ koute m’.R. P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap adore dye etranje. Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè w’ sòti nan peyi Lejip la.R. Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl te mache nan chemen m’ yo, mwen ta fè yo manje nan ble ki gra, mwen ta plen vant yo ak myèl wòch la.R. LEVANJIL "Granmèt Bondye w’ la se yon sèl Bondye, se pou ou renmen l’". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 28b-34 Lè sa a: Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo. Jezi menm reponn li: "Premye kòmandman an, se: "Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye w’ la se yon sèl Bondye a; se pou w’ renmen Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou, ak tout fòs ou". Sa a se premye kòmandman an. Dezyèm nan menm sanble ak li: "Se pou w’ renmen pwochen ou tankou ou menm". Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo". Pwofesè a di l’: "Se byen, Mèt, ou pale verite, sèke se yon sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak tout kè, ak tout entelijans, ak tout nanm, ak tout fòs;

REFLEKSYON Nou pa ta kapab kenbe sou wout lavi a, si depi nan kòmansman, Bondye ki fè nou pa t’ chwazi moyen pou l’avèk nou jika lafen. Twa tèks nou li pou jodi a montre nou sa klè. Nan premye lekti a, pwofèt Oze, ki se pòt pawòl Granmèt la, vini transmèt nou envitasyon Granmèt la fè nou; Bondye di nou, tounen vin jwenn li, kite vye konpòtman nou yo, vye chemen nou yo, move kondwit k’ap pèdi nou yo. Bondye ki fè nou an pa dakò ak sa; e menm lè nou vire do ba li, li toujou renmen nou, li gen kè l’ sansib pou nou, li gen mizerikò. Nou pa bezwen pè kase tèt tounen vin jwenn li, pou nou met lavi li ban nou an sou kontwòl li. Sòm 80 an pale nou sou pouvwa delivrans, padon Bondye nou an genyen pou nou. Ki kote nou ta vle ale san sila a ki toujou prezan an ? Li p’ap kite nou peri, okontrè, benediksyon li ap kouvri nou, l’ap ede nou travèse move pa lavi a. Sa fè nou konprann byen daprè Levanjil Mak la, sa Bondye ye? Li se Bondye vivan an, li pa Bondye moun mouri, pawòl la klè, nan pwen pale anpil; sa nou bezwen : se mete espwa nou sou li epi fè l’ konfyans, paske pawòl li se laverite, li se lavi pou tout moun. Pa gen lòt moun k’ap sove nou si se pa Jezi. An nou fè sa li mande nou fè : renmen. Pa gen lòt bagay ki pi konsekan pase sa. An nou kite renmen sa a tounen yon reyalite nan lavi nou, nan fason n’ap viv youn ak lòt. LAPRIYÈ : Bondye papa, tanpri ban n’ fòs ak kouraj pou n’ kapab rete fidèl, malgre tout difikilte nou jwenn sou chemen an.

Pawòl Granmèt la.

SÒM 80, 6c-8a. 8bc-9. R/ Se mwen menm Granmèt Bondye ou : koute vwa m’.

An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-10-

Sous Lav¡ PWOPOZISYON : Mwen vle fè jefò, detwi tout jèm egoyis ak ipokrizi ki nan mwen pou delivre lòt yo.

SAMDI

5

Koulè vyolèt

PREMYE LEKTI

"Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis". NAN LIV PWOFÈT OZE 6, lb-6 Vini, an nou tounen kot Granmèt la, paske se li menm ki chire, l’ap geri nou, li frape, l’ap swen nou. L’ap fè nou viv aprè de jou, sou twazyèm jou a l’ap fè nou leve, n’ap viv devan fas li. N’ap chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou konnen Granmèt la. Sèke sòti l’ prepare tankou devan jou, l’ap vini sou nou tankou lapli sezon, tankou seren sou tè a. "Sa pou m’ fè ou, Efrayim? Sa pou m’ fè ou, Jida? Kè sansib nou tankou nyaj maten, tankou lawouze k’ap pase maten. Se pousa mwen travay nan pwofèt yo, mwen touye yo nan pawòl bouch mwen, jistis ou ap sòti tankou limyè. Sèke se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis: se konesans Bondye plis pase sakrifis antye". Pawòl Granmèt la.

SÒM 50, 3-4. 18-19. 20-21 ab

R/ Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis.

Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou a; daprè jan ou sansib anpil, efase fot nou an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan. Sèke ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.R. Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.Aji ak bon kè pou Siyon, Granmèt nan bòn volonte ou pou miray Jerizalèm yo kapab rebati. Lè sa a w’a aksepte sakrifis jistis, kado avèk sakrifis antye.R.

LEVANJIL

"Pibliken an desann an règ lakay li, men pa farizyen an". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 9-14 Lè sa a: Te gen kèk moun ki te met konfyans yo nan yo menm kòm si se yo menm ki kòrèk, yo t’ap meprize lòt yo, Jezi di parabòl sa a pou yo: "De moun te monte nan kay sakre a pou yo lapriyè: youn te farizyen, lòt la te pibliken. Farizyen an kanpe la, l’ap lapriyè anndan kè l’: "Bondye, mwen di ou mèsi, paske mwen pa tankou rès moun yo, yo vòlè, yo adiltè, oubyen menm tankou pibliken sa a. Mwen fè jèn de fwa chak semèn, mwen bay dizyèm pati nan tout sa m’ genyen". Pibliken an menm kanpe byen lwen, li pa t’ vle leve je l’ nan syèl la, men li t’ap frape lestomak li li t’ap di: "Bondye, pitye pou mwen, mwen se pechè". Mwen di nou, sila a desann lakay li an règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Nan meditasyon pawòl Bondye pou jodi a, n’ap dekouvri kòman Bondye nou an, se yon Bondye mizerikòd, yon Bondye ki pran lapenn pou pitit li yo, yon Bondye ki fèb pou moun ki fè kè yo piti devan l’. Nan premye lekti a, ke nou li nan liv pwofèt Oze a, Bondye Granmèt la di n’ se pa gwo sakrifis ki pi enpòtan pou li, se pa sa sèlman l’ap tann nan men nou. Bondye, nan bouch pwofèt la, mande pèp la pou l’ pratike mizerikòd, pou l’ fè kè l’ sansib pou frè l’ak sè l’ yo, menm jan kè pa l’ sansib pou li. Se nan kalfou renmen Bondye konvoke nou, kote li menm li toujou ap tann nou.

-11-

Sous Lav¡ Nan Levanjil Lik la, Jezi t’ap pale ak yon seri de moun ki te mete konfyans yo nan pwòp tèt pa yo, yo te panse yo korèk nèt, se yo ki pi bon pase tout moun. Parabòl Jezi a pale sou de moun, men de moun sa yo reprezante de gwoup moun nan sosyete jwif la: youn se farizyen, lòt la se pibliken. Pibliken an, se yon anplwaye leta ki t’ap ranmase lajan enpo. Farizyen an, se sila ki konnen Labib byen, li toujou ale nan tanp la, li fè tout jefò l’ pou l’akonpli Lalwa Moyiz la. Kesyon nou kapab poze : poukisa se farizyen an ki tounen lakay li san lagras? Nan kisa li antò? N’ap jwenn repons la nan dènye pati parabòl la: «Mwen di nou, sila a desann lakay li an règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’». Nan chapit douz ak trèz premye lèt Pòl ekri moun Legliz korent yo, li mande yo mete koze renmen an nan tout sa y’ap di ak nan tout sa y’ap fè. Paske ou mèt fè sa w’ vle, sote, ponpe pou w’ rive pi sen pase tout moun, si w’ pa gen renmen sa p’ap sèvi w’ anyen. Nan tan n’ap viv la gen moun ki pa pale de renmen, men yo pale de “enèji pozitif” ; lè li nan ou, li fè kè w’ kontan, li fè w’ reyisi nan tout sa w’ap fè. Se renmen an ki nan nou, nou dwe alimante l’ chak jou, pou l’ ka pouse rasin nan kè nou, pou li ka pran fòs nan lavi nou ; sèke nou p’ap wont, paske tout fwi renmen, menm si li jèmen nan doulè, l’ap toujou bon. LAPRIYÈ : Bondye Papa, ou menm ki se renmen, ou menm ki mande pou nou youn renmen lòt menm jan ou renmen nou an, tanpri aprann nou renmen san ipokrizi, san manti, san fent, pou n’ rive bati sosyete ou vle pou tout pitit ou yo. Amèn PWOPOZISYON : Koute Bondye jodi a, ki mande n’ derasinen tout sa ki negatif nan kè nou, nan panse nou, dekwa pou jèm lanmou kapab jwenn plas pou grandi nan kè nou.

DIMANCH

6

Koulè vyolèt KATRIYÈM DIMANCH KARÈM, ANE C

PREMYE MOSO LABIB

"Pèp Bondye a antre nan tè yo te pwomèt li a, l’ap fete Pak la". NAN LIV JOZYE 5, 9a.10-12 Jou sa yo: Granmèt la di Jozye: "Jodi a mwen wete lawont Lejip la sot sou nou". Pitit Izrayèl yo ret Gilgal, yo fè Pak la katòzyèm jou mwa a, nan aswè, nan plenn Jeriko yo, yo manje nan fwi tè a nan landmen: pen san leven ak ble ane sa a. Lamán nan sispann tonbe, lè yo fin manje nan fwi tè a, pitit Izrayèl yo pa t’ sèvi ak manje sa a ankò, men yo manje nan fwi tè Kanaan an te donnen ane sa a. Pawòl Granmèt la.

SÒM 33 2-3. 4-5. 6-7

R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.

M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R. Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm. Mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R. Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la tande l’ anba tout tray li sove l’.R. DEZYÈM MOSO LABIB "Bondye rekonsilye nou pa lentèmedyè Jezikri". NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 5, 17-21 Si gen yon nouvo kreyati nan Jezikri, ansyen an pase: men tout bagay vin sot nan Bondye, li menm ki rekonsilye nou pa lentèmedyè Jezikri, li ba nou sèvis rekonsilyasyon

-12-

Sous Lav¡ an. Sèke se Bondye ki te nan Jezikri, l’ap rekonsilye tè a avèk li, li pa konsidere fot moun yo te fè, li mete pawòl rekonsilyasyon an nan bouch nou. Pou Jezikri nou sèvi komisyonè, se tankou si se Bondye k’ap bay ankourajman pa lentèmedyè nou. N’ap ensiste kote nou pou Jezikri, kite yo rekonsilye nou avèk Bondye. Li menm ki pa t’ konnen peche a, li fè l’ vin tounen pechè pou nou, pou nou te kapab vin tounen jistis Bondye nan li. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

"Frè w’ la ki la a, li te mouri, li reviv". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15, 1-3. 11-32 Lè sa a: Pibliken yo ak pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen yo ak pwofesè yo t’ap babye, yo t’ap di: "Sila a resevwa pechè yo, li manje avèk yo". Li di parabòl sa a pou yo, li di: "Te gen yon mesye ki te gen de pitit, pi jèn nan yo a di papa a: "Papa, ban m’ pòsyon eritaj ki destine pou mwen an". Li separe eritaj la ba yo. Pa gen anpil jou ki pase, pi jèn ti gason an ranmase tout afè l’, li pati, l’al fè wout li nan yon peyi byen lwen lè l’ rive la, li gaspiye eritaj li a antan l’ap viv nan libètinaj. Lè l’ fin depanse tout bagay, vin gen yon gwo grangou nan rejyon sa a, li menm li kòmanse nan bezwen. Li pati, 1’al nan sèvis yon mesye nan peyi sa a, mesye a voye l’ nan jaden l’, pou l’ gade kochon. Li te anvi plen vant li ak grenn bwa yo, sa kochon yo t’ap manje yo; men pèsòn pa t’ ba li. Li antre nan fon kè l’, li di: "Konbyen jounalye nan lakay papa m’ gen kont pen yo, kanta mwen menm menm m’ap mouri grangou isit la! M’ap leve, m’a pral lakay papa m’, m’ap di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’ pitit ou:

trete m’ tankou youn nan jounalye w’ yo". Li leve, li vin jwenn papa l’. Pandan l’ te lwen toujou, papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak sansibilite, li kouri, li lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’. Pitit la di l’: "Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’ pitit ou". Papa a menm di sèvitè yo: "Fè vit pote pi bèl rad la, abiye l’; mete yon bag nan men l’, ak soulye nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap angrese a, touye l’, n’ap manje, n’ap fete; paske pitit mwen sa a ki te mouri a, li reviv, li te peri, nou jwenn li". Epi, yo kòmanse fete. Men pi gran pitit li a te nan jaden, lè l’ rive li pwoche bò kay la, li tande chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki kalite bagay sa yo. Sila a menm di l’: "Se frè w’ la ki vini, papa w’ fè touye towo a yo t’ap angrese a, paske li jwenn pitit la an sante". Lòt la menm fache, li refize antre; papa l’ blije sòti, li kòmanse lapriyè l’. Li menm menm li reponn, li di papa l’: "Men konbyen ane m’ap sèvi w’, mwen pa janm dezobeyi yon kòmandman w’ epoutan ou pa janm ban m’ yon ti kabrit, pou m’ fete avèk zanmi m’ yo; men pitit ou sa a, ki fin devore eritaj li a avèk fi move vi, kon l’ rive, ou touye towo yo t’ap angrese a, akòz li". Li menm li di l’: "Pitit mwen, ou toujou avèk mwen, tout sa m’ genyen se pou ou. Sèlman se pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou kontan, paske frè w’ sa a te mouri, li reviv, li te peri, nou jwenn li". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Chak ane Legliz la, Manman nou, ba nou posiblite pou n’evalye, swaye, relasyon nou genyen avèk Bondye, pou nou ka vin pi pwòch li antan nou youn soude ak lòt, antan n’ap viv nan tèt ansanm. Bondye vle se nou tout ansanm ki mache al jwenn li. Tan Karèm nan ofri

-13-

Sous Lav¡ nou posiblite pou nou kase tèt tounen vin jwenn Bondye pandan n’ap mande li padon, pou n’ ka rekonsilye avèk li, pandan n’ap rekonsilye ak tèt pa nou tou, epi ak frè ak sè nou yo, se rekonsilyason sa k’ap pèmèt nou rive bò kot Bondye. Non sèlman Legliz la ofri n’ posiblite sa a, men ane sa li trè espesyal : Pap Franswa deklare l’ kòm ane mizerikòd ; sa vle di, ane kè sansib. Kidonk, menm jan Bondye toujou gen pitye pou nou, nou menm tou nou dwe gen pitye pou frè ak sè nou yo. Mizerikòd la, se manifestasyon renmen an. Se poutèt sa, frè ak sè m’ yo, nou dwe kite renmen Bondye a anvayi, transfòme nou, pou n’ ka rive viv li tout kote nou pase epi ak tout moun nou rankontre sou wout nou. Ane mizerikòd sa a mande n’ pou n’ resezi nou, pou n’ gade relasyon nou ak moun k’ap viv avèk nou, pou n’ kapab amelyore fason n’ap viv. Nan ane mizerikòd la, se yon dènye chans Bondye ba nou pou nou kase tèt tounen vin jwenn li. LAPRIYÈ : Granmèt, nan ane mizerikòd sa a, ede nou pou nou rive genyen matirite nan renmen, pou nou kapab asime defi ak responsablite ke lafwa enplike. PWOPOZISYON : Lapriyè pou moun ki pèdi lafwa nan Bondye ak nan Legliz la. LENDI

7

Koulè vyolèt

PREMYE LEKTI

"Yo p’ap tande vwa kriye ak vwa rèl ankò". NAN LIV PWOFÈT IZAVI 65, 17-21 Men pawòl Granmèt la: "Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou kè a. Men n’ap kontan, n’ap fete pou tout tan nan bagay sa yo mwen kreye

a. Sèke mwen kreye Jerizalèm "Fèt" ak pèp li a "Kè kontan". M’ap fete nan Jerizalèm, m’ap kontan nan pèp mwen an. Yo p’ap tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl. P’ap gen timoun k’ap mouri tou piti ladan l’ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout laj yo, paske timoun nan se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive santan, se moun madichonnen. Y’ap bati kay, y’ap abite, y’ap plante jaden rezen, y’ap manje fwi yo". Pawòl Granmèt la.

SÒM 29, 2 e 4. 5-6. 1 l-12a e 13b

R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.

M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa kite lènmi m’ yo pran plezi sou do m’. Granmèt, ou delivre nanm mwen sot anba pouvwa lanfè, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan pyèj bafon an.R. Chante pou Granmèt la, sen yo fè lwanj pou souvni l’ ki sen. Sèke se pou yon ti moman li te fache, men se pou tout lavi li renmen. Nan aswè yo rete ap kriye, nan maten se kè kontan.R. Koute, Granmèt, pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou. Ou fè rèl dèy mwen an vin tounen dans pou mwen. Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R. LEVANJIL "Ale, pitit ou a ap viv". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 4, 43-54 Lè sa a: Jezi sòti Samari, 1’al nan Lagalile. Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Lè l’ rive nan Lagalile, moun Galile yo resevwa l’ byen, poutèt tout sa yo te wè l’ fè Jerizalèm nan jou fèt la; sèke yo menm tou yo t’al nan fèt la. Konsa li tounen Kana Lagalile, kote li te fè dlo a vin tounen diven an. Te gen yon ofisye wa a, pitit li te malad Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi

-14-

Sous Lav¡ te vin sot Lajide pou l’ antre Lagalile, 1’al kote l’, li lapriyè l’ pou l’ desann vin geri pitit li a: sèke li te prèske mouri. Li di Jezi: "Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri". Jezi di l’: "Ale, pitit ou a ap viv". Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale. Pandan l’ap desann, sèvitè l’ yo vin rankontre l’ yo ba l’ nouvèl, yo di l’ pitit li a ap viv. Li mande yo ki lè li te gen soulajman. Yo di l’: "Se yè, a inè nan laprèmidi, lafyèv la kite l’". Papa a rekonèt se lè sa a menm Jezi te di l’ "Pitit ou a ap viv"; li kwè ni li menm ni tout kay li a. Sa a se dezyèm siy nan Jezi te fè, lè l’ te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Sepandan ofisye wa a, non sèlman li tande pale de Jezi, li chèche konnen l’, li konfye l’ pwoblèm li, li kwè ke li kapab sove pitit li ki malad. Mirak Jezi ale nan mezi lafwa nou, nan mezi konfyans nou plase nan li. LAPRIYÈ:Bondye Papa, nou lage nan men ou tout moun ki malad, espesyalman sila yo ki pa gen mwayen pou yo ale lopital, tanpri pote konsolasyon ak gerizon pou yo. Pa pouvwa Jezikri.Amèn PWOPOZISYON: Lafwa se pa yon bagay ke ou kapab manyen, ou pa ka wè l’, men li pi konsekan, li pi fò pase sa w’ ka wè ak sa w’ ka manyen yo. Mete konfyans ou nan Bondye e w’a wè mèvèy bouch pa ka pale.

8

REFLEKSYON Pwofèt Izayi, se mesaje yon pawòl MADI vyolèt lespwa, yon pawòl konsolasyon pou Koulè PREMYE MOSO LABIB pèp la. «Men m’ap kreye syèl nouvo "Mwen wè yon dlo k’ap sòti nan ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye kay sakre a, tout moun li rive sou yo, yo ankò». Nan moman detrès yo, dlo sa a sove yo". pèp la pi souvan dekouraje, panse NAN LIV PWOFÈT EZEKYÈL kè Bondye lage l’ poutèt li peche. 47, 1-9.12 Sepandan Bondye di l’ l’ap vin refè Jou sa yo: l’, l’ap vin padone peche l’ yo, lanmò Mesaje a fè m’ vire jous nan pòt p’ap pote laviktwa sou li ankò. kay Granmèt la, men dlo t’ap sòti Nan Levanjil sen Jan an, Jezi anba papòt la nan direksyon solèy tounen lakay li, Nazarèt, kote l’ te leve a; sèke fas kay la t’ap gade nan fè premye mirak li. Li te fè premye direksyon solèy leve, dlo yo menm mirak li la, paske se te sou demand t’ap desann bò kote dwat kay sakre manman l’, dezyèm mirak sa a li fè l’ a, nan mitan lotèl la, li fè m’ sòti nan sou demand yon moun ki pa t’ moun chemen ki t’ap gade nan direksyon zòn nan. Sa k’ pi enpòtan pou nou solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule reflechi nan tèks sa a, se lafwa ki anpil sot nan kote dwat la. pèmèt mirak yo posib pou moun ki Lè mesye a sòti nan direksyon kwè yo ; se pa paske nan Nazarèt pa solèy leve a, li te gen yon mèt nan t’ gen nesesite, pa t’ gen maladi. Sila men l’, li konte senk san mèt, li yo ki moun zòn nan pa t’ rekonèt fè m’ travèsè nan dlo a, jous nan Jezi kòm Mesi yo t’ap tann nan, talon. Aprè sa, li konte senk san se nan mitan yo Jezi grandi, yo pa mèt, li fè m’ travèse nan dlo a jous t’ gen lafwa nan li; kidonk yo pa nan jenou; li konte senk san epi li t’ janmen mande l’anyen, yo pa t’ fè m’ travèse nan dlo a jous nan janmen konfye l’ mizè yo, maladi ren. Li konte senk san, se te yon yo, touman yo. ravin mwen pa t’ kapab travèse, -15-

Sous Lav¡ paske dlo ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li di m’: "Sètènman ou wè, pitit moun". Li kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan. Lè m’ vire, mwen wè anpil pye bwa sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’: "Dlo sa yo, k’ap sòti pou y’al nan rejyon kot solèy leve a, y’ap desann nan plenn savann nan, y’ap antre nan lanmè a; y’ap sòti, dlo yo ap sèvi remèd : tout bèt vivan k’ap mouvmante, y’ap viv, tout kote ravin nan ap rive, ap gen anpil pwason, lè dlo sa yo rive kote sa a, tout bagay kote ravin nan rive a, y’ap geri, y’ap viv. Anlè ravin nan, sou bò l’ chak bò, ap gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi; fèy yo p’ap tonbe, yo p’ap manke fwi; chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske dlo ravin nan se nan kay sakre a y’ap sòti, fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo ap sèvi remèd". Pawòl Granmèt la.

SÒM 45. 2-3. 5-6. 8-9

R/ Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.

Bondye se yon kachèt pou nou ak fòs, sekou nou jwenn tout tan nan tray. Se pousa nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante, pandan mòn yo ap transpòte nan kè lanmè a.R. Bò larivyè a mete kontantman nan vil Bondye a, joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap bouke; Bondye pote l’ sekou depi granmaten.R. Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.Vini, gade aksyon Granmèt la, mèvèy li mete sou tè a.R. LEVANJIL "Menm lè a mesye sa a vin geri". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 1-3a. 5·16 Se te yon jou fèt Jwif yo, Jezi monte Jerizalèm. Jerizalèm gen yon basen pou mouton yo, yo rele l’ nan langaj ebre Betsayid, li gen senk galri. Nan

yo te gen yon pakèt foul moun ki te kouche, ak maladi, avèg, moun k’ap bwate, moun ki gen men yo seche; te gen yon mesye ki te la, li te gen trantuitan depi l’ te malad. Lè Jezi wè l’ kouche, li te konnen sa te fè anpil tan deja li te gen maladi a, li di l’: "Èske ou vle geri"? Malad la reponn li: "Granmèt, mwen pa gen pèsonn, pou voye m’ nan basen an, lè dlo a ap fè mouvman; lè m’ rive, yon lòt gen tan desann anvan m’", Jezi di l’: "Leve, pran nat ou, al mache". Menm lè a mesye sa a vin geri, li pran nat li a, li t’ap mache. Se te yon jou saba, Jwif yo di moun nan ki te geri a: "Se saba; ou pa gen dwa pran nat ou". Li reponn yo: "Sila a ki geri m’ nan, se li menm ki di m’: "Pran nat ou, mache". Yo poze l’ kesyon: "Kilès moun sa a ki di ou pran nat ou, mache a"? Sila a menm ki te geri a, li pa t’ konnen ki moun sa; Jezi te wete kò l’ sot nan foul la ki te la a. Aprè sa"Jezi jwenn li nan kay sakre a, li di l’: "Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi grav domaj pa rive ou". Mesye a ale, li bay Jwif yo nouvèl, li di se Jezi ki te fè l’ geri. Se pou sa Jwif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li te fè bagay sa yo jou saba. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, pawòl Bondye ap fè nou sonje feblès nou kòm moun, ak mizerikòd Bondye ki manifeste nan feblès nou. Lè nou li premye lekti a, gen de ekspresyon ki kapab atire atansyon nou : kay sakre ak dlo. Kisa de bagay sa yo vle di pou nou? Premyèman, an nou konsidere kay sakre a : yo byen di nou, ‘‘kay sakre’’; yon non ak yon adjektif. Se pa de nenpòt ki kay y’ap pale nou, men de yon kay ki sakre. Kay sakre a, li vle di, kay kote Bondye abite, kay ke yo dwe respekte, kay kote moun pa kapab fè sa yo vle. Nou sonje sa ki te pase lè Jezi te jwenn moun yo t’ap fè komès nan kay sakre a, kòman li te fè yon gwo

-16-

Sous Lav¡ fwèt pou li kouri dèyè yo pou li kale yo. Vrèman vre, moun sila yo te vle melanje sa ki sakre ak sa ki pwofán. E lè Jezi kouri dèyè yo pou li kale yo a, li te vle aprann yo fè distenksyon sa a. Lè yo pale nou de kay sakre, yo vle pale nou de Legliz la. Men atansyon! Gen de fason pou nou konpran mo ‘‘Legliz la’’ : premyèman, Legliz vle di, «tout moun ki kwè nan Bondye k’ap mache dèyè Jezikri» ; brèf, tout moun k’ ap suiv ansèyman Kris la. Se sa k’ fè yo pale de ‘‘Legliz Inivèsèl oubyen Legliz Katolik’’ (nan lang grèk, katolikôs vle di inivèsèl). Jezikri se fondatè Legliz la e se li ki tèt Legliz la. Si li se tèt, moun k’ap swiv li yo fòme kò a ansanm ak li. Dezyèmman, Legliz la vle di «kay kote moun yo reyini pou yo fè lwanj ak konpliman pou Bondye». Nan premye lekti a, yo pale nou de yon dlo ki t’ap sòti anba papòt kay Granmèt la, nan direksyon solèy leve a. Sa a, se sous dlo lagras Bondye rele nou pou nou plonje ladan li an, sous ki lave nou, ki pirifye nou e ki fè nou tounen yon moun tou nèf pou Bondye, yon pafen k’ap degaje bon lodè nan nen li. Depi nan batèm nou, nou tounen manb Legliz la e nou genyen yon misyon ki pa piti. Misyon pè, pwofèt ak wa nan Jezikri. Misyon ke nou resevwa aprè nou fin plonje nan lanmò Kris la pou nou leve byen vivan ak li (batèm nan genyen 2 mouvman : plonje/ leve). Se premye sakreman ki fè nou antre nan Legliz la pou nou fè kò ak Kris la. E gras a sa, nou resevwa pwoteksyon nan men Bondye, nou jwenn yon fòs ki pèmèt nou lite epi venk tout fòs fènwa ki vle anpare nou. Sa pote yon gwo kontantman nou jwenn ki eksprime nan sòm 45 lan, « Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la ». Kanta pou moso Levanjil Sen Jan nou li pou jodi a, li prezante nou yon mesaj ki klè: Pitit moun nan ki kontinye ap libere moun nan kò ak nan lespri.

Nou wè kòman Juif yo te eskandalize, yo te estomake poutèt nèg sa ki te malad depi trantuit an, ke Jezi te libere jou Saba a. Jezi di mesye a : « Pran nat ou, mache ». Sa se yon gwo mèvèy ! Aprè sa li di li : « Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi grav domaj pa rive ou ». Mesaj nou dwe kenbe pou jodi a, sèke Bondye renmen nou menm si tout moun rayi nou ; saba a fèt pou moun se pa moun ki fèt pou Saba a. Pa genyen okenn prensip sosyete yo kapab mete pi wo pase lavi yon moun. Pa pwofite konpasyon Bondye pou nou kontinye ap benyen nan peche, paske malè ka rive nou. LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki renmen mwen pase tout bagay, ou menm ki mete diyite mwen pi wo ke tout lwa ak prensip, tanpri fè m’ gen kouraj temwaye grandè w’ ak renmen ou chak jou nan lavi mwen. PWOPOZISYON : Bondye Papa, ou menm ki plen mizerikòd, tanpri, lave mwen, pwòpte mwen, pou tout fwa mwen te mal itilize kay sakre ou a, pou tout fwa mwen te sal kò mwen ki se kay sakre Lespri ou a. Pa pouvwa Jezikri. Amèn MÈKREDI

9

Koulè vyolèt

PREMYE MOSO LABIB

"Mwen enstale ou kòm kontra pèp la, pou ou met peyi a kanpe". NAN LIV PWOFÈT IZAYI 49, 8-15 Men sa Granmèt la di: "Nan tan favè a mwen koute ou, nan jou delivrans la mwen pote ou sekou; mwen pwoteje ou, mwen enstale ou kòm kontra pèp la, pou w’ met peyi a kanpe, pou w’ posede eritaj ki gaye yo; pou w’ di sila yo ki nan prizon yo: "Sòti", epi sa ki nan fènwa yo: "Parèt". Sou wout yo, y’ap jwenn manje, nan tout plenn y’ap jwenn jaden zèb yo. Yo p’ap grangou, yo p’ap swaf,

-17-

Sous Lav¡ chalè solèy la p’ap frape yo, paske sila a k’ap kondui yo a, li sansib, l’ap pase swaf yo nan sous dlo yo. M’ap fè tout mòn mwen yo vin tounen wout, santye m’ yo ap leve. Men sila yo ap vin sot lwen, men dòt k’ap vin sot nan Nò ak rejyon lanmè a, dòt menm ankò sot nan peyi nan Sid, fè lwanj, syèl yo! Danse, tè a! Fè lwanj eklate, mòn yo! Paske Granmèt la konsole pèp li a, l’ap pran pitye pou pòv li yo. Epi Siyon t’ap di: "Granmèt la lage m’, Granmèt la bliye m’". Èske yon madanm kapab bliye ti pitit li, pou l’ pa sansib pou pitit zantray li? Menm si youn ta bliye, mwen menm mwen p’ap bliye ou"! Pawòl Granmèt la.

SÒM 144, 8-9. 13cd-14. 17-18

R/ Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib.

Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib li gen pasyans, li gen anpil kè sansib. Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R. Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli.R. Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’ yo, li sen nan tout travay li yo. Granmèt la tou pre moun k’ap rele l’ yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R. LEVANJIL "Menm jan Papa a leve mò yo, li bay lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle, li ba yo lavi". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 17-30 Lè sa a: Jezi reponn Jwif yo: "Jouskoulye a, Papa m’ap travay, mwen menm tou m’ap travay". Se pou sa menm Jwif yo t’ap chèche touye l’ pi plis la, paske non sèlman li te anile saba a, men li te deklare Bondye se papa l’ antan l’ fè pwòp tèt li vin egal ak Bondye.

Konsa, Jezi reponn, li di yo: "An verite, an verite mwen di nou, Pitit la pa kapab fè anyen ak pwòp tèt li, si l’ pa wè Papa a fè; tout sa l’ fè reyèlman vre, Pitit la fè yo tou. Sèke Papa a renmen Pitit la, li montre l’ tout sa li menm li fè; l’ap montre l’ pi gran aksyon pase sa yo ankò, pou nou kapab sezi. Sèke menm jan Papa a leve mò yo, epi li bay lavi a, konsa tou Pitit la se moun li vle li bay lavi. Papa a pa jije pèsòn, men li renmèt Pitit la tout jijman an, pou tout moun respekte Pitit la menm jan yo respekte Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa respekte Papa a ki voye l’ la. An verite, an verite mwen di nou moun ki koute pawòl mwen, ki kwè sila a ki voye m’ nan, li gen lavi tout tan an, li pa antre nan jijman, men li travèse sot nan lanmò al nan lavi. An verite, an verite mwen di nou, lè a rive, epi se koulye a, lè mò yo ap tande vwa Pitit Bondye a. Moun ki tande yo, y’ap viv. Menm jan Papa a gen lavi nan li menm nan, konsa li bay Pitit la pouvwa pou l’ gen lavi nan li menm, li ba l’ pouvwa tou pou l’ fè jijman, paske se Pitit moun li ye. Pa sezi pou sa, sèke lè a rive, kote tout moun ki nan kavo yo, y’ap tande vwa Pitit Bondye a; y’ap sòti, moun ki te fè byen yo, se pou leve lavi a, sa k’ te fè mal yo menm se pou leve jijman an. Mwen pa kapab fè anyen ak pwòp tèt pa m’. Jan m’ tande a, se konsa mwen jije, epi jijman m’ nan kòrèk, paske mwen pa chèche volonte m’, men volonte sila a ki voye m’ nan". An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON “Menm si yon manman ta bliye pitit li, mwen menm mwen p’ap bliye ou” ! Atravè pawòl sa nou jwenn nan premye lekti a, Bondye ba nou garanti l’ap avèk nou toutan, menm jan li te konn mache ak pèp li a nan ansyen tan yo. Pi gwo prèv nou genyen Bondye avèk nou tout bon vre, se nan Jezikri

-18-

Sous Lav¡ nou kapab dekouvri sa. Li menm ki se sila a Bondye Papa te voye pou vin restore lavi nou, pou pote chanjman ak liberasyon tout moun t’ap tann nan. Se li menm Bondye enstale kòm chèf, kòm jij sou kreyasyon, li ba li pouvwa anwo nan syèl la ak sou tè a pou li kapab kòmande tout kreyati. Li se wa ki etone moun nan fason li ekzèse pouvwa li, yon wa ki pa genyen lòt konseye ke Lespri Bondye a, yon wa ki pa genyen lame sof lame zanj yo, yon wa ki bezwen domestik paske li vini pou li sèvi. Li se sila ki lanse yon apèl bay tout pitit Bondye ki te gaye, ki te lwen; li rele yo pou yo kapab mete tèt yo ansanm anba yon sèl drapo. Se poutèt sa nou dwe kontan. Kè sansib Bondye a akonpaye nou, renmen Granmèt ba nou asirans lavi ak kè kontan. Nou li nan sòm 144: “Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli”. Tout lavi nou vize yon sèl bagay: lavi nan kè kontan. Tout sa n’ap fè pandan ekzistans nou, se pou nou kapab rive mennen yon lavi ki miyò. Kèlkeswa wòl nou ranpli nan sosyete a, kèlkeswa ran sosyal nou, ebyen n’ap lite pou yon lavi miyò, paske nou santi tout bagay pa byen, nou santi gen vid ki merite konble nan lavi nou. Jiskilè n’ap rive konble vid sa yo? Jiskilè dezi nou yo ap rive konble tout bon vre? Tout sa nou genyen, nou pa janm satisfè, menm si gen lòt moun ki poko gen anyen ditou; ebyen jodi a, nou dwe sonje ke vrè byen an, byen tout bon vre a, se nan Bondye nou kapab jwenn li. Se Granmèt la ki kapab ba nou kè kontan, se nan li sèl nou kapab rive gen lavi tout bon vre a. Se «byen» ke pèsonn moun pa kapab retire nan men nou an. Se Jezi k’ap pale ak nou jodi a pou li di nou: “Menm jan Papa a leve mò yo, li bay lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle, li ba yo lavi”.

Frè ak sè m’yo, nou deja konnen mizerikòd Granmèt la pi fò ke peche nou yo; men sa li vle, se pou nou konvèti epi pou nou viv. Jodi a, an n’ eseye pran wout konvèsyon an pou nou kapab rive fè chanjman nan lavi nou, konvèsyon k’ap ede nou jwenn lavi Jezi ap ofri nou an, lavi li deja ap viv ak Papa a ak Lespri Sen an. LAPRIYÈ : Jezi Granmèt, ou menm ki pote lavi gratis pou mwen, tanpri pa kite mwen kontinye nan chemen pèdisyon mwen ye la a. Tanpri mete Lespri ou nan mwen pou li kapab dirije mwen nan sans ou vle mwen ale a. PWOPOZISYON :M’ap gade tèt mwen nan miwa konsyans mwen pou mwen kapab chanje tout sa ki merite chanje, paske mwen pa kontinye ap bay tèt mwen manti, ni mwen pa ka kontinye ap viv nan ipokrizi ak Bondye. JEDI

10

Koulè vyolèt

PREMYE MOSO LABIB

"Padonnen fot pèp ou a".

NAN LIV EKZÒD 32, 7-14

Jou sa yo: Granmèt la pale ak Moyiz, li di: "Ale, desann; pèp ou a fè peche, li menm ou te fè sòti nan peyi Lejip la. Yo gen tan kite chemen an ou te montre yo a, yo fè yon ti towo avèk lò yo fonn nan dife, epi yo adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: "Men dye w’ yo, Izrayèl, ki te fè w’ sòti nan peyi Lejip la". Granmèt la di Moyiz ankò: "Mwen wè kijan pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’ pou kòlè m’ boule kont yo, pou m’ efase yo, men m’ap fè w’ vin tounen yon gran nasyon". Moyiz menm pran lapriyè Granmèt Bondye l’ la, li di: "Poukisa, Granmèt pou kòlè ou flanbe kont pèp ou a, li menm ou te fè sòti nan peyi Lejip la ak gran fòs, ak men ki gen pouvwa? Pa kite Ejipsyen yo di: "Se nan pyèj

-19-

Sous Lav¡ li pran yo pou l’ te fè yo sòti, pou l’ te kapab touye yo nan mòn yo, pou l’ te efase yo sot sou tè a": kalme kòlè ou, padonnen fot pèp ou a. Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl, sèvitè w’ yo, yo menm ou te fè sèman ba yo sou pwòp tèt ou, ou te di: "M’ap fè desandans nou vin anpil tankou zetwal syèl la, epi tout tè sa a mwen te pale a, m’ap bay desandans nou li, n’ap posede l’ tout tan". Granmèt la vin kalme, li pa fè malè a li te di li t’ap fè kont pèp li a. Pawòl Granmèt la.

SÒM 105, 19-20. 21-22. 23

R/ Sonje nou, Granmèt, pou jan ou sansib pou pèp ou a.

Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon pòtre; yo chanje bèlte yo pou pòtre yon towo k’ap manje zèb.R. Yo bliye Bondye ki te sove yo a. Li menm ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan lanmè Wouj la.R. Li di l’ap gaye yo, si se pa t’ Moyiz sila a li te chwazi a, ki te pwoche. Li kanpe nan twou miray la, devan fas li, pou l’ vire kòlè l’ pou l’ pa fè yo peri.R. LEVANJIL "Sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 31-47 Lè sa a: Jezi di Jwif yo: "Si mwen menm mwen sèvi pwòp tèt mwen temwen, temwayaj mwen an pa vrè. Gen yon lòt ki sèvi m’ temwen, mwen konnen temwayaj li rann mwen an, li vrè. Nou menm nou te voye kot Jan, li te sèvi m’ temwen. Mwen menm se pa nan men moun mwen resevwa temwayaj mwen, men bagay sa yo mwen di yo pou nou kapab sove. Li menm se te yon lanp k’ap chofe, k’ap klere; nou menm menm nou te vle jwi limyè l’ la pou yon tan. Kanta mwen menm mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan an.

Travay Papa m’ ban mwen pou m’ reyalize a, se travay sa yo menm mwen fè a k’ap sèvi m’ temwen, pou yo fè wè se Papa a ki voye m’. Papa a ki voye m’ nan, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou pa janm tande vwa li, nou pa janm wè fas li; nou pa gen pawòl li ki ret nan nou, paske, nou pa kwè nan sila a li voye a. N’ap fouye Labib, paske nou konprann se ladan l’ n’ap jwenn lavi tout tan an, se Labib la k’ap sèvi m’ temwen. Men nou pa vle vin jwenn mwen, pou nou gen lavi. Mwen pa resevwa bèlte nan men lèzòm. Men mwen rekonèt nou, nou pa gen renmen Bondye a nan nou. Mwen vini o non Papa m’, nou pa resevwa m’; si yon lòt rive o non l’, nou resevwa l’. Kijan nou ta kapab kwè, nou menm k’ap resevwa bèlte youn nan men lòt, epi bèlte a ki sot nan Bondye syèl la, nou pa chèche l’? Pa konprann se mwen menm k’ap akize nou devan Papa a: sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a. Si nou te kwè nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen petèt; paske se sou mwen li te ekri. Men si nou pa kwè nan sa l’ ekri yo, kòman nou ta kapab kwè nan pawòl mwen yo"? An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Nan Levanjil Sen Jan, nou wè kote Jwif yo antre nan konfli avèk Jezi, paske yo pa konprann Labib se yon medyasyon ki pèmèt Bondye antre nan kominyon ak pèp li a. Yo menm yo adore lalwa, poutan Jezi kontinye defann laverite ; se pou sa li konsidere tèt li kòm akize paske li montre ke se temwen avèg ke yo ye. Yo manke konfyans ak lafwa nan moun Bondye voye nan lachè a. Se pou sa li di : «Travay papa m’ ban mwen pou m’ reyalize a, se travay sa yo k’ap sèvi m’ temwen. Pèp Izrayèlla te konsyan, nan travay Bondye te reyalize nan istwa yo, li fè yo sòti nan Legip, li fè yo wè mèvèy nan peyi Kanaan.

-20-

Sous Lav¡ Nou menm kòm kretyen batize, se temwayaj Jezi ki aprann nou ken lafwa nan Bondye lavi a. Jounen jodi a, n’ap rankontre anpil fo pwofèt ki di si nou pa swiv yo nou p’ap sove. Evanjelis la envite nou li Labib, medite pawòl Granmèt la, pou nou kapab jwenn lavi ki p’ap jann fini an. Ala bon sa ta bon si nou te kapab sonje lafwa se yon konviksyon nou gen nan Bondye ki pèmèt nou viv nan renmen youn ak lòt, nan respè youn pou lòt. LAPRIYÈ: Bondye papa, tanpri, ban mwen yon kè ki plen mizerikòd, ki sanble ak kè pa ou. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON : Kwè nan pawòl Granmèt la, n’a gen lavi ki p’ap jann fini an. VANDREDI

Koulè vyolèt

11

PREMYE MOSO LABIB

"Se mò lawont n’ap kondane l’".

NAN LIV LASAJÈS 2, 1a, 12-22

Mechan yo di, antan y’ap kalkile sa k’ pa kòrèk nan kè yo: "An nou fè konplo kont sila a ki kòrèk la, paske li pa sèvi nou anyen, l’ap kontrarye aktivite nou, l’ap repwoche nou peche nou fè kont lalwa a, l’ap deklare peche nou fè kont ledikasyon nou. Li pwomèt li gen syans Bondye, li nonmen pwòp tèt li pitit Bondye. Li jennen panse nou: se yon chaj li ye pou nou, menm pou nou gade l’; paske lavi l’ pa menm avèk lòt yo, chemen l’ yo pa chanje. Li konsidere nou tankou bagay ki pa gen valè, li evite chemen nou yo tankou bagay ki pa pwòp; li deklare moun kòrèk yo ap kanpe nan dènye tan an, li fè lwanj di li gen Bondye kòm papa. Ebyen an nou wè si pawòl li yo vre, an nou eseye pou nou wè sa k’ap rive l’, n’a konnen kijan l’ap ye nan dènye tan an. Si se pitit Bondye vre li ye, se pou Bondye resevwa l’, 1’a delivre l’ sot nan men moun k’ap pèsekite l’ yo.

Ak afwon, ak move trètman n’ap poze l’ kesyon, pou nou konnen respè l’, pou nou eseye pasyans li. Ak lanmò gwo lawont n’a kondane l’; sèke daprè pawòl li yo gen moun pou veye sou li". Se sa y’ap kalkile, yo twonpe; mechanste yo avegle yo.Yo pa konnen mèvèy sakre Bondye yo, yo pa espere rekonpans jistis la, yo pa jije konsiderasyon nanm sen yo. Pawòl Granmèt la.

SÒM 33, 17-18. 19-20. 21 e 23

R/ Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo sere.

Fas Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo, pou l’ pèdi souvni yo sot sou tè a. Yo rele, Granmèt la reponn, anba tout tray yo li delivre yo.R. Granmèt la tou pre moun ki gen kè sere yo, l’ap sove sa k’ gen lespri yo kraze yo. Anpil tray pou moun ki kòrèk yo, anba yo tout Granmèt la delivre yo.R. Li prezève tout zo yo, youn nan yo p’ap kraze. Granmèt la ap delivre nanm sèvitè l’ yo, tout moun ki espere nan li yo li p’ap pini yo.R. LEVANJIL "Yo te vle arete l’, men lè l’ pa t’ ko rive". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 7, 1-2. 10. 25-30 Lè sa a: Jezi t’ap vwayaje nan Lagalile; li pa t’ vle al nan Lajide, paske Jwif yo t’ap chèche touye l’. Jou fèt Jwif yo, fèt Joupa yo, te toupre. Lè frè Jezi yo fin monte, lè a li menm tou li monte nan fèt la, li pa kite yo wè l’, men se tankou an kachèt. Nan pami moun Jerizalèm yo, yo t’ap di: "Èske se pa sila a yo t’ap chèche touye a? Epi gade l’ap pale an piblik, san pèsonn pa di l’ anyen. Èske chèf yo ta rekonèt vre se Kris la li ye? Men sila a nou konnen kote l’ sòti; Kris la menm lè l’ap rive, pèsonn p’ap konnen kote l’ sòti".

-21-

Sous Lav¡ Jezi t’ap rele byen fò nan kay sakre a? Li t’ap bay lansèyman, li t’ap di: "Nou konnen m’, nou konnen kote m’ sòti: men se pa ak pwòp pouvwa pa m’ mwen vini, sila a ki voye m’ nan, li vrè, nou pa konnen l’. Mwen konnen l’, paske se nan li mwen sòti, li menm menm ki voye m’". Yo te vle arete l’, men pèsonn pa t’ lonje men sou li, paske lè l’ pa t’ ko rive. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Yon kretyen se yon moun k’ap chèche Bondye. Bib la, patikilyèman liv Lasajès la, se yon gid, kote nou jwenn anpil konsèy k’ap ede nou grandi sou chemen lafwa. Malerezman, anpil fwa nou pito pran chemen k’ap detounen nou, chemen k’ap devye nou oubyen dejwe nou, chemen ki mennen nou nan tèt chaje, nan boulvès. Men, pou Bondye, anyen pa enposib; li renmen nou, li fou pou nou, li vle ede nou avanse ; fòk nou chwazi mache avèk li tou. Nan tan difisil nou ye la a, se pou nou lapriyè anpil, mande Lespri Sen an ede nou wè klè, reziste kont tout sa ki pa bon. Sòm 33 ke n’ap medite jodi a, envite nou chèche Bondye, goute jan li bon pou nou. Pa gaspiye lavi nou mezanmi, delivrans lan se sila ki toujou la, lè kè nou sere, lè difikilte lavi a vle pote nou ale, se li menm pou nou rele. Granmèt nou an fè sous lagras li debòde pou sila yo ki kwè nan li, ki konte sou li ; menm lè nou gen pwoblèm, menm lè mechan kanpe an kwa, se pou nou mete konfyans nou nan Bondye nèt ale. Se poutèt sa nan Levanjil la, Apot Jan, nan chapit 10 la depi vèsè 31 an, vle nou fè atansyon lè nou nan tèt chaje, pèsekisyon. Jwif yo te lage nan kò Jezi tout jan, sa pa t’ fasil pou li ak ras moun sa yo ki te foure je yo nan tout sa li t’ap fè pou yo te kapab pèsekite li, malgre li t’ap defann kòz malere yo, pòv yo ak moun ki te

plwaye anba tout kalite chaj pwoblèm nan sosyete a. Men Jezi pa t’ pè yo, li rive di yo kèk pawòl ki pa t’ byen tonbe nan zòrèy Jwif yo, tankou lè li te di: «Mwen menm ak papa a, nou se yon sèl, pou kisa nou vle kalonnen m’ poutèt bèl zèv mwen fè yo; zèv mwen yo, se yo ki sèvi m’ temwen». Jezi vle montre aklè kilès li ye ak gwo temwayaj li te bay sou pwòp tèt li. Bondye p’ap lage nou nan batay pou kont nou, menm jan ak Jezi, se pou nou di laverite, defann lafwa nou genyen; lapriyè se kle ki louvri tout pòt, nenpòt kijan l’ fèmen. Avanse, nou pa bezwen pè mache pou nou rive kot Bondye vle nou rive a. LAPRIYÈ:Papa Bondye, mèsi paske nan renmen san limit ou a, ou sipòte nou nan feblès nou ak frajilite nou. Ede nou viv byen youn ak lòt, pou nou kapab bati wayòm renmen ak jistis ou vle pou nou tout la. Amèn. PWOPOZISYON:Pandan ane mizerikòd la, m’ap louvri kè m’ pou m’akeyi padon ak mizerikòd Bondye, pou mwen kapab kominike li bay frè ak sè mwen yo.

SAMDI

12

Koulè vyolèt

PREMYE MOSO LABIB

"Mwen tankou yon mouton tou dou, y’ap mennen labatwa". NAN LIV PWOFÈT JEREMI 11, 18- 20 Ou menm Granmèt, ou fè m’ wè, mwen konnen; ou montre m’ plan yo. Mwen menm mwen te tankou yon mouton tou dou, y’ap mennen labatwa, mwen pa t’ konnen, se sou mwen yo t’ap kalkile plan, yo t’ap di: "An nou mete bwa nan pen l’, an nou wete l’ sot sou tè vivan yo, yo p’ap sonje non l’ ankò". Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki jije kòrèk, ki sonde ren ak kè, se pou m’ wè vanjans ou

-22-

Sous Lav¡ sou yo; sèke mwen devwale ou kòz mwen. Pawòl Granmèt la.

SÒM 7, 2-3. 9bc-10. 11-12

R/ Granmèt Bondye m’, nan ou mwen espere.

Granmèt Bondye m’, nan ou mwen espere; sove m’ sot nan men tout moun k’ap pèsekite m’ yo, delivre m’, pou l’ pa pran lavi m’ tankou lyon, k’ap dechire, san pa gen pèsonn pou sove.R. Jije m’, Granmèt, daprè jistis mwen, daprè inosans mwen ki nan mwen. Se pou mechanste pechè yo boule; asire sila a ki kòrèk la: ou menm k’ap sonde kè ak ren, Bondye ki kòrèk. R. Sekou m’ kot Bondye, li menm ki sove moun ki dwat nan kè yo. Bondye jij ki kòrèk. Li menm ki fò, li menm y’ap fè fache chak jou.R. LEVANJIL “Èske Kris la ta vin sot nan Lagalile”? MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 7, 40-53 Lè sa a: Nan foul la, lè yo tande pawòl Jezi yo, yo t’ap di: "Sila a se pwofèt tout bon vre". Dòt t’ap di: "Sila a se Kris la". Kèkzen menm t’ap di: “Èske Kris la ta vin sot Lagalile”? Èske Labib pa di: “Se nan ras David ak nan bouk Bètleyèm, kote David te ye a, pou Kris la vin soti”? Konsa te gen dezakò nan foul la poutèt li. Gen nan yo ki te vle arete l’; men pèsonn pa t’ lonje men sou li. Sèvitè yo rive kot prèt an chèf yo ak farizyen yo. Sila yo di yo: "Poukisa nou pa t’ mennen l’"? Sèvitè yo reponn: "Pèsòn pa janm pale tankou mesye sa a". Farizyen yo reponn yo: "Èske nou menm tou, nou kite yo twonpe nou? Èske nan prèt an chèf yo gen yon moun ki kwè nan li, oubyen nan pami farizyen yo? Men foul sa a, ki pa konn lalwa a, yo madichonnen". Nikodèm di yo, li menm ki te vin kote l’ nannuit la, li menm ki te youn nan yo: "Èske lalwa nou an jije yon moun san l’ pa tande l’ anvan pou l’ konnen sa l’ fè"?

Yo reponn, yo di l’: "Èske ou menm se moun Lagalile ou ye? Fouye Labib, gade w’ap wè nan Lagalile pwofèt pa sot la". Konsa chak moun pati lakay li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Pèsonn pa janm pale konsa. Kilès li ye? yon pwofèt? Sila a se kris la? Lè nou gade tèks jodi a, li kòmanse nan lòd ranvèse paske li bay repons tout kesyon yo.Yo voye chèf sòlda pou arete Jezi; lè yo rive yo sezi tande pawòl li t’ap pale a. Farizyen yo ak chèf prèt yo pa t’ rekonèt li kòm kris la, paske li sòti nan ras David ak nan bouk Bètleyèm, yo pa t’ bay mesaj li yo enpòtans, yo t’ap di: nou pa kab swiv moun k’ap bay move temwanyaj, ki pa konn lalwa. Men yo menm yo vyole lalwa, yo kondane moun san yo pa jije l’; pou yo menm, yo gen konviksyon ke Labib pa janm di gen yon pwofèt k’ap sòti Galile. Nan sosyete ke n’ap viv la gen anpil moun ki pa konnen kilès Bondye ye, swa pou inyorans yo, swa yo pa ko tande pale de Bondye oubyen yo fèmen pòt ke yo pou Granmèt pa antre. Jodi a, Levangil la envite nou pou n’ fè tankou Nikodèm, pou nou swiv Jezi nan lafwa, li se pwofèt nou, se Kris la ki bay tout moun ki kwè nan li diyite kòm pitit Bondye, li reyalize volonte Papa li nan tout sa l’ap fè, li pwoteje nou, li pa janm lage nou nan move chemen. Ann mande Bondye pou l’ voye fòs Lespri Sen an sou nou pou n’ kapab rekonèt dwa tout pitit li yo pou n’ travay pou lajistis ak lapè. LAPRIYÈ : Bondye Papa, ba nou plis lafwa pou n’ kapab kwè nan ou, ba nou plis mizerikòd pou nou pa kite fòs mal la pote lavitwa sou nou, men pou nou rive venk li antan nou youn ap sèvi lòt. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON: Bay bon temwayaj sou Jezi tout kote nou pase.

-23-

Sous Lav¡

DIMANCH

13

Koulè vyolèt SENKYÈM DIMANCH KARÈM, ANE C

PREMYE MOSO LABIB

"Men mwen fè tout bagay nouvo, m’ap bay pèp mwen an bwè". NAN LIV PWOFÈT IZAYI 43, 16-21 Men pawòl Granmèt la, li menm ki mete chemen nan lanmè a, ak santye nan ravin dlo yo, li menm ki fè kabwèt ak chwal sòti, ni lame, ni vanyan sòlda; yo dòmi yo tout ansanm yo p’ap leve, yo boule tankou twal, yo etenn: "Pa sonje premye bagay yo, pa ekzamine bagay lontan yo. Men mwen fè bagay nouvo, koulye a y’ap parèt, nou rekonèt yo sèten; m’ap mete chemen nan savann nan, avèk larivyè nan kote yo pa konn pase a. Bèt ki nan rak bwa yo ap fè lwanj mwen, — dragon avèk otrich, — paske mwen mete dlo nan savann, larivyè nan kote yo pa konn pase a, pou m’ bay pèp mwen an bwè, li menm mwen chwazi a. Pèp sa a mwen fòme a, l’ap rakonte lwanj mwen". Pawòl Granmèt la.

SÒM 125. 1-2ab. 2cd-3. 4-5. 6

R/ Granmèt la fè mèvèy pou nou; nou vin gen kè kontan.

Lè Granmèt la t’ap fè prizonye Siyon yo tounen, nou te tankou moun ki nan rèv. Lè sa a bouch nou vin plen ak kontantman, lang nou ak chante fèt.R. Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: “Granmèt la fè mèvèy avèk yo. Granmèt la fè mèvèy avèk nou: nou vin gen kè kontan”.R. Granmèt, fè prizonye nou yo tounen, tankou ravin nan Sid yo. Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekòlte ak chante fèt. Antan y’ap pote zepi yo.R. Yo t’a prale antan y’ap priye, yo t’ap pote semans pou yo simen an;

y’ap tounen ak chante fèt, antan y’ap pote zepi yo. R. DEZYÈM MOSO LABIB “Pou Jezikri mwen konsidere tout bagay tankou dezavantaj, mwen vin sanble ak lanmò”. NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 3, 8-14 Frè m’ yo: Mwen konsidere tout bagay kòm dezavantaj poutèt syans Jezikri Granmèt mwen an ki depase tout bagay la: poutèt li mwen konsidere tout bagay tankou dezavantaj, mwen konsidere yo tankou fatra, pou m’ kapab genyen Jezikri, pou yo jwenn mwen nan li san m’ pa gen jistis pa m’ ki sot nan lalwa a, men jistis sa a ki sot nan lafwa Jezikri a, jistis sa a ki sot nan Bondye a, jistis nan lafwa a; pou m’ konnen Jezikri ni fòs leve vivan l’ nan, pou m’ asosye avèk soufrans li, pou m’ sanble ak lanmò l’, pou m’ kapab rive leve sot nan pami mò yo. Sa pa vle di mwen deja rive, mwen deja fin bon nèt; men m’ap kontinye pou m’ eseye pran bagay sa yo, menm jan Jezikri fin pran m’ nan. Frè m’ yo, mwen pa konsidere mwen deja pran. Se yon sèl bagay: mwen bliye sa k’ dèyè, se sa k’ devan m’ap rapousuiv, pou m’ rive nan dènye pwen an, pou m’ jwenn rekonpans la kote Bondye rele m’ anlè a nan Jezikri. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

“Moun ki san peche nan pami nou, se pou l’ ba l’ premye kout wòch la” MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 8, 1-11 Lè sa a: Jezi rive sou mòn Olivye yo. Granmaten, li tounen nan kay sakre a, tout pèp la vin kote l’, li chita, l’ap bay lansèyman. Pwofesè yo ak farizyen yo mennen yon madanm yo te jwenn ki t’ap fè adiltè, yo mete l’ kanpe nan mitan, yo di l’: “Mèt, madanm sa a yo jwenn li ap fè adiltè. Nan lalwa a, Moyiz pase

-24-

Sous Lav¡ nou lòd pou yo touye kalite moun sa yo avèk kout wòch; ou menm menm sa ou di?” Yo te di sa pou yo eseye l’, pou yo te kapab akize l’. Jezi menm panche atè a, li kòmanse ekri ak dwèt li atè a. Kòm yo te kontinye ap poze l’ kesyon, li drese, li di yo: “Moun ki san peche nan pami nou, se li menm ki pou voye wòch sou li an premye". Li panche ankò, li t’ap ekri atè a. Lè yo tande sa, yo pati youn apre lòt, kòmanse sou sa k’ pi granmoun yo; Jezi ret pou kont li ak madanm nan ki kanpe nan mitan. Jezi drese kò l’, li di l’: “Madanm, kote yo ki t’ap akize ou? Pèsonn pa kondane ou?” Li di: “Pèsonn Granmèt”. Jezi di: “Mwen menm tou mwen pa kondane ou: ale, pa fè peche ankò”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Lititiji pawòl Bondye pou dimanch sa pèmèt nou fikse atansyon nou sou youn nan twa sa yo rele “vèti tewologal” nou jwenn nan doktrin Kris la: esperans. Pwofèt Izayi ap fè nou sonje ke esperans nou se pa nan bagay ki te pase yo nou mete li, men se nan nouvote Bondye ki pwomèt nou l’ap pase swaf nou an. Li te fòme nou epi chwazi nou kòm pèp pa li; se poutèt sa nou pa dwe pè lè van difikilte yo ap soufle. Li te fè nou wè grandè pouvwa li; se pou sa fòk kè nou toujou kontan. Malgre nan anpil moman nan lavi nou, nou te “simen” nan soufrans ak fatig, esperans nou kòm kretyen fè nou toujou kwè ke n’ap rive rekòlte ak chan, se pa akoz pwòp fòs nou, men se gras ak konkou lagras Granmèt la. Se nan pèspektiv esperans sa a nou kapab konprann pawòl Sen Pòl la: “Mwen konsidere tout bagay tankou fatra”. Sèke devan posiblite ki genyen pou nou rankontre ak Kris la, tout sa ki sèvi entèmedyè parèt kòm bagay ki pa gen gwo enpòtans. Se pa paske

nou dwe depresye mond n’ap viv la oubyen souzestime Soufrans n’ap viv nan tan sa a, men se paske esperans nou kòm kretyen dwe depase bagay sa yo, pou nou espere nan sila a ki pwomèt nou fòs rezireksyon l’ nan nan moman nou kominye nan pwòp soufrans li yo. Esperans la byen defini nan fraz sa a: “Sa pa vle di mwen deja rive, mwen deja fin bon nèt; men m’ap kontinye pou m’ eseye pran bagay sa yo”. Sa a se esperans lan, sa ki kenbe nou nan mouvman epi ki pa pèmèt nou chita tou dekouraje a. Malgre pwoblèm ak difikilte, kretyen an genyen konviksyon ke dènye mo a, se pa ni mal la, ni dekourajman an, ni lanmò a ki genyen li, men se si la ki te deja pote laviktwa sou bagay sa yo a avèk rezireksyon li an. Men se nan Levanjil la nou jwenn twa dimansyon esperans lan: Bondye pa rapò ak nou; nou menm pa rapò ak tèt nou epi nou menm pa rapò ak lòt yo. Bondye pa jije fanm adiltè a, kidonk li kwè li kapab rejenere lavi li epi, pi devan, pou li pa peche ankò. Fanm nan pa santi ke yo jije li, okontrè li santi Jezi renmen li, respekte li; poutèt sa li fè kò ak li e li rekonèt li kòm Granmèt. Jès renmen sa a entèpele sila yo ki te lonje dwèt sou li e ki t’ap tann yo asasinen li. Si Granmèt la gen espwa sou nou, si li konte sou nou malgre feblès nou yo ak enfidelide nou yo, menm jan an tou nou gen vokasyon pou nou fè sa pou frè ak sè nou yo; malgre feblès yo, pou nou pa fè premye kout wòch la. LAPRIYÈ : Granmèt, fè nou gen plis esperans pou nou pa dekouraje nan moman difisil yo, men pou nou fè volonte w’ nan renmen ak mizerikòd. PWOPOZISYON : Lapriyè ak yon «Papa nou», yon «Mari se pou w’ kontan…» pou malad ki pèdi esperans.

-25-

Sous Lav¡

LENDI

14

Koulè vyolèt

PREMYE MOSO LABIB

“Men m’ap mouri san m’ pa fè anyen nan bagay sa yo”. NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 13. 1-9. 15-17. 19-30. 33-62 Jou sa yo: Te gen yon mesye ki te abite Babilòn, yo te rele non l’ Jowakim; li te marye ak yon fi yo te rele Sizán, pitit fi Èlsyas, li te bèl anpil, li te respekte Bondye: sèke paran l’ yo te kòrèk, yo te fè ledikasyon pitit fi yo a daprè lalwa Moyiz la. Jowakim nan te rich anpil, li te gen yon jaden tou kole lakay li; Jwif yo te konn vin lakay li anpil, paske li te yon moun respektab nan pami tout moun. Ane sa a, nan pèp la yo te enstale de ansyen kòm jij, se osijè yo Granmèt la te pale: “Peche a sòti nan Babilòn, nan ansyen yo ki jij yo, yo menm ki gen wòl pou dirije pèp la”. Yo te konn frekante kay Jowakim nan; tout moun ki te gen koz pou regle, yo te konn vin kote yo. Lè pèp la te konn pati vè midi, Sizán te konn antre, li te konn pwomennen nan jaden mari l’ la. Chak jou ansyen yo te konn wè l’ ap antre, ap pwomennen, lanvi yo t’ap boule pou li, yo pèvèti sans yo, yo bese je yo, pou yo pa wè syèl la, pou yo pa sonje jijman ki kòrèk yo. Rive, kòm yo te veye yon jou ki ranje yo, madanm nan antre jan l’ te konn abitye fè ni yè ni avantyè avèk de jèn fi sèlman, li te li te vle benyen nan jaden an, paske l’ te fè cho. Pa t’ gen pèsonn la sof de granmoun yo ki te kache, ki t’ap ekzamine l’. Li di jèn fi yo: “Pote savon ak losyon pou mwen, epi fèmen pòt jaden an, pou m’kapab benyen. Kon ti fi yo sòti, de granmoun yo leve, yo kouri kote l’, yo di: “Men pòt jaden an fèmen, pèsonn pa wè nou, nou anvi ou; se pou ou konsanti ba nou, pou ou gen relasyon avèk nou. Si ou pa vle, n’ap sèvi temwen kont

ou, n’ap di te gen yon jenòm avèk ou, epi se pousa ou te ranvwaye ti fi yo sot kote w’ la”. Sizán plenn, li di: “Tray ap sere m’ tout kote; sèke si m’ fè bagay sa a, se lanmò pou mwen; men si m’ pa fè l’, mwen p’ap chape sot nan men nou; epoutan li pi bon pou mwen pou m’ tonbe nan men nou san m’ pa fè sa, pase pou m’ fè peche devan fas Granmèt la”. Sizán pouse yon gran rèl, men granmoun yo pouse yon gran rèl tou kont li, youn nan yo kouri nan pòt jaden an, li louvri l’. Lè sèvitè kay la tande rèl nan jaden an, yo kouri nan ti pòt dèyè a, pou yo wè sa k’ genyen. Lè granmoun yo fin pale, sèvitè yo vin wont anpil, paske yo pa t’ janm tande kalite pawòl konsa sou do Sizán. Landmen rive. Lè pèp la vin kay Jowakim, mari l’ la, de granmoun yo vini tou, yo te plen move panse kont Sizán, pou yo touye l’. Yo te di devan pèp la: “Voye chèche Sizán, pitit fi Èlzyas la, madanm Jowakim nan”. Menm lè a, yo voye chèche l’. Li rive avèk paran l’ yo avèk pitit li yo avèk tout fanmi l’ yo. Moun lakay li yo t’ap kriye, ni tout moun ki te konnen l’. De prèt leve nan mitan pèp la, yo poze men yo sou tèt li. Li menm, li kriye, li leve je l’ gade syèl la: sèke kè l’ te gen konfyans nan Granmèt la. Prèt yo di: “Pandan nou t’ap pwomennen nan jaden an pou kont nou, sila a antre avèk de jèn fi, li fèmen pòt jaden an, li ranvwaye ti fi yo sot kote l’; gen yon jenòm ki te kache, li rive, li fè move aksyon avèk li. Sèlman nou menm, kòm nou te nan kwen jaden an, nou wè peche a, nou kouri sou yo, nou wè yo toulède ap fè move aksyon. Li menm menm nou pa reyisi kenbe l’, paske li gen plis fòs pase nou, li louvri pòt yo, li sove. Fi sa a menm, nou kenbe l’, nou poze l’ kesyon, nou mande l’ kilès jenòm sa a, li refize deklare nou. Se bagay sa a nou temwen”. Foul la kwè yo, paske se ansyen ak jij pèp la yo te ye, yo kondane madanm nan pou l’ mouri.

-26-

Sous Lav¡ Sizán rele byen fò, li di: “Bondye ki ekziste tout tan, ou menm ki konnen sa k’ kache, ou menm ki konnen tout bagay anvan yo rive, ou konnen se temwayaj ki pa vre yo depoze kont mwen. Men m’ap mouri, san m’ pa fè anyen nan bagay sa yo mesye sa yo envante avèk mechanste kont mwen an”. Granmèt la koute vwa l’. Pandan y’ap kondui l’ nan lanmò, Granmèt la drese lespri sen yon jèn ti gason, yo te rele l’ Danyèl; li rele byen fò: “Mwen inosan nan san madanm sa a”. Tout pèp la vire kote l’, yo di l: “Ki kalite pawòl sa a ou di a?” Li menm menm, li kanpe nan mitan yo, li di: “Se konsa nou aji san reflechi, pitit Izrayèl yo? nou pa menm jije, nou pa menm konnen sa k’ vre, nou kondane yon pitit fi Izrayèl. Tounen nan jijman an, paske se temwayaj manti yo depoze kont li”. Konsa pèp la tounen byen vit, granmoun yo di l’: “Vini, chita nan mitan nou, montre nou laverite, paske Bondye ba ou konsiderasyon vyeyès”. Danyèl di yo: “Separe yo lwen youn sot kot lòt, m’ap jije Yo”. Lè yo fin separe yo youn sot kot lòt, li rele youn nan yo, li di l’: “Ou menm ki vyeyi nan mal, koulye a peche w’ yo fè mas, peche sa yo ou t’ap fè depi lontan an, lè ou te konn ap jije jijman ki pa kòrèk yo, lè ou te konn ap kraze inosan yo, ou te konn ap lage koupab yo, malgre Granmèt la di: “Pa touye inosan an ak sila a ki kòrèk la”. Ebyen koulye a, si ou te wè l’, di anba ki pye bwa ou te wè yo ap pale ansanm”. Li di: “Anba yon pye bwa-d-chèn”. Danyèl di: “Se sou pwòp tèt ou ou fè manti a tou dwat: sèke men Mesaje Bondye a, li resevwa rezilta jijman an nan men l’, l’ap koupe ou nan mitan”. Li voye l’ ale, li pase lòd pou lòt la vini, li di l’: “Ras Kanaan, ou pa ras Jida, bèlte a pran ou nan pyèj, move

lanvi a pèvèti kè ou. Se konsa nou aji avèk pitit fi Izrayèl yo, epi yo te konn pè nou, yo te konn pale avèk nou; men yon pitit Jida pa sipòte peche nou an. Koulye a, ebyen, di m’ anba ki pye bwa ou te pran yo ap pale ansanm”. Li di “Anba yon pye kaliptis”. Danyèl di l’: “Manti sa a ou fè a, se sou tèt ou tou dwat l’ap tonbe: sèke Mesaje Granmèt la deja rèt la, li gen epe a nan men l’, l’ap koupe ou nan mitan, l’ap touye nou”. Konsa tout foul la rele byen fò, yo fè konpliman pou Bondye, ki sove moun ki mete espwa sou li, yo fonse sou de ansyen yo (sèke Danyèl te konvenk yo ak pwòp bouch yo sou temwayaj manti a yo te fè a), yo fè yo sibi mal la yo te vle fè pwochen yo sibi a, konsa yo aji daprè lalwa Moyiz la, yo touye yo, yo sove yon san inosan jou sa a. Pawòl Granmèt la.

SÒM 22, l-3a. 3b-4. 5. 6

R/ Si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen.

Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’: nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li Mennen m’, li refè nanm mwen.R. Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’. Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R. Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R. Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan lakay Granmèt la pou tout longè tan yo.R. LEVANJIL "Moun ki san peche nan pami nou an, se li menm an premye ki pou voye wòch la sou li".

-27-

Sous Lav¡ MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 8. 12-20

Lè sa a: Jezi pale avèk farizyen yo, li di: "Mwen se limyè tè a; moun k’ap suiv mwen, li p’ap mache nan fènwa, men l’ap gen limyè lavi a". Farizyen yo di l’: "W’ap sèvi pwòp tèt ou temwen; temwayaj ou a pa vrè". Jezi pran lapawòl, li di yo: "Menm si m’ap sèvi pwòp tèt mwen temwen, temwayaj mwen an vrè, paske mwen konnen kote m’ sòti epi kote m’ a prale; nou menm menm nou pa konnen ni kote m’ sòti ni kote m’a prale. Nou menm n’ap jije daprè chè a, mwen menm menm mwen pa jije pèsòn. Epi si m’ jije, jijman m’ nan vrè, paske mwen pa pou kont mwen, men se mwen menm avèk sila a ki voye m’ nan, Papa a. Nan lalwa nou an, yo ekri se sou temwayaj de moun pou yo asire laverite a. Mwen sèvi pwòp tèt mwen temwen, epi Papa a tou sèvi m’ temwen, li menm ki voye m’ nan". Yo t’ap di l’: "Kot Papa w’ la"? Jezi reponn: "Nou pa konnen ni mwen menm ni Papa m’; si nou te konnen m’, nou ta kapab konnen Papa m’ tou". Jezi deklare pawòl sa yo nan sal kèt la, antan l’ t’ap bay lansèyman nan kay sakre a; pèsòn pa met men sou li, paske lè l’ pa t’ ko rive. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a pawòl Bondye a envite nou reflechi, medite sou mo «temwayaj». Mo sa genyen yon pakèt sans, si n’ap konsidere yo nan kontèks yo. Nan premye moso labib la, nou wè kote de granmoun pote fo temwayaj kont Sizán pou yo te ka lakòz lanmò li. Pi devan Jezi pral pote yon koreksyon pou moun ki montre kalite atitid sa. Selon lalwa Moyiz la, depi yo pran yon moun nan adiltè, se pou yo te touye l’. Men n’ap remake ke granmoun yo pa t’ gen prèv sifizan

pou yo te reyisi nan plan lanmò yo te genyen pou Sizán nan. Gen yon pwovèb an Ayiti ki di: «Tou manti pa fon». Depi se manti w’ap bay, y’ap kenbe w’ yon jou kan menm. Moun k’ap fè manti, se nan fènwa l’ap mache, paske kè l’ lwen Bondye epi se move lide ak move panse sèlman ki nan tèt li. E, tout moun k’ap viv nan fènwa pa renmen limyè. Tout moun ke y’ap kritike oubyen pèsekite pou verite a, Bondye pa janm kite yo pou kont yo. Bondye pwomèt moun ki kwè nan li, li p’ap kite yo pou kont yo. Granmèt la koute vwa Sizán, li voye Danyèl al delivre l’ anba enjistis lèzòm. Se reyalite sa a nou medite nan sòm nan: «Si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen». Sa montre a kle ke Bondye toujou bò kote moun k’ap soufri lè yo vle rete dwat devan Bondye. Moun k’ap fè volonte Bondye, se moun k’ap viv nan limyè laverite. Nan Levanjil la, nou dekouvri yon lòt sans mo «temwayaj» la lè Jezi di: "Mwen se limyè tè a; moun k’ap suiv mwen, li p’ap mache nan fènwa, men l’ap gen limyè lavi a". Pòsyon labib sa a fè swit ak epizòd fanm adiltè a, kote Jezi te manifeste mizerikòd Bondye fas ak mechanste lèzòm kit e deja sanble pil wòch yo pou yo te kalonnen fanm sila a. Ebyen, se menm jan li ka fè pou nou menm kretyen jodi a. Jezi itilize imaj limyè a pou l’ montre ke li pa sèlman vini pou yon ti gwoup moun ou byen pou pèp juif la sèlman, men li vini pou tout moun alawonnbadè kapab sove. Solèy li a, li se solèy k’ap klere tout tan ak tout kote. Li se limyè tout bon vre a k’ap klere tout moun k’ap viv nan fènwa peche a, toutmoun ke peche a bouche je yo. Li montre nou jan li vle sove nou lè li desann vin pi pre nou : «Pèp la ki t’ap mache nan fènwa a wè yon gran limyè (Iz 9,1). Farizyen yo te gen peche ki te bouche je yo ak kè yo.

-28-

Sous Lav¡ Ipokrizi yo te fè yo di se fo temwayaj Jezi t’ap fè, lè l’ap preche verite a ki se li menm menm. Frè ak sè m’ yo, anpil fwa nou kite fènwa anvayi kè nou, nou viv lwen Bondye. Poutan jounen jodi a, Jezi ap di nou si nou ba li yon ti plas nan kè nou, anyen p’ap manke n’; menm si yo mennen n’ nan tribinal nou pa bezwen pè, paske li la pou defann nou. LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri aprann mwen kiltive mizerikòd. Ou ban mwen frè ak sè pou ede m’ grandi. Fè m’ konprann kijan yo sou kont mwen epi mwen sou kont yo tou. Fè nou youn renmen lòt chak jou pi plis. Pa pouvwa Jezikri. Amèn. PWOPOZISYON : M’ap fè jefò jodi a pou m’ pa pote okenn move jijman sou pwochen mwen. MADI

15

Koulè vyolèt

PREMYE LEKTI

"Moun ki te pike, kon l’ gade sèpan an kuiv la, li viv". LEKTI LIV NONB 21, 4-9 Jou sa yo: Ebre yo pati sot sou mòn Or la, nan chemen ki kondui nan lanmè wouj la, pou yo fè tout tou peyi Edòm nan. Pèp la kòmanse fatige ak vwayaj li ak tray. Li pale kont Bondye ak Moyiz, li di: "Pouki nou te fè nou sòti Lejip, pou nou mouri nan savann nan? Pa gen pen, pa gen dlo, nam nou kòmanse degoute avèk manje fad sa a". Se pousa Granmèt la voye koulèv mechan k’ap flanbe nan pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun yo mouri, anpil moun vin kot Moyiz, yo di: "Nou fè peche, paske nou pale kont Granmèt la ak kont ou menm: lapriyè pou l’ wete koulèv mechan sa yo sot kote nou". Moyiz lapriyè pou pèp la. Granmèt la pale ak li: "Fè yon koulèv mechan ak kuiv, mete l’ kòm

yon siy: moun koulèv mechan yo mòde, lè l’ gade l’, l’ap viv". Moyiz fè yon koulèv avèk kuiv, li mete l’ kòm siy, kon moun koulèv te mòde yo gade l’, yo vin geri. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 101, 2-3. 16-18.

19-21 (r.: 2)

R/ Granmèt, koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou.

Granmèt, koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou. Pa kache fas ou lwen m’; nan nenpòt jou m’ap pase tray la, panche zòrèy ou kote m’. Nan nenpòt jou mwen rele ou, fè vit reponn mwen.R. Nasyon yo ap respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte ou la; paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’. L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R. Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an, pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la. Sèke li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a antan l’ nan syèl la; Pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R. LEVANJIL "Lè n’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 8, 21-30 Lè sa a Jezi di farizyen yo: "M’aprale, epi n’ap chèche m’, men n’ap mouri nan peche nou. Kote m’a prale a, nou menm nou pa kapab vini". Juif yo t’ap di: "Èske l’a pral touye tèt li, ki fè l’ap di: "Kote m’a prale a, nou menm nou pa kapab vini an"? Li t’ap di yo: "Nou menm se anba nou sòti, mwen menm se anwo mwen sòti; nou menm se sou tè sa a nou sòti, mwen menm mwen pa sòti sou tè sa a. Mwen di nou n’ap mouri nan peche nou yo; si nou pa kwè se mwen menm, n’ap mouri nan peche nou".

-29-

Sous Lav¡ Yo t’ap di l’: "Ou menm ki sa ou ye"? Jezi di yo: "Kòmansman an, k’ap pale avèk nou an. Mwen gen anpil bagay pou m’ di sou nou, pou m’ jije. Men sila a ki voye m’ nan, li vre; mwen menm se sa m’ tande nan men l’, se sa mwen di sou tè a". Yo pa t’ konprann li t’ap di Bondye se Papa l’". Jezi di yo: "Lè n’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm, mwen pa fè anyen ak pwòp fòs mwen; men se jan Papa m’ aprann mwen an, se konsa mwen pale. Sila a ki voye m’ nan, li avèk mwen, li pa kite m’ sèl, paske mwen menm se sa k’ fè l’ plezi se sa mwen fè tout tan". Lè l’ di sa, anpil moun vin kwè nan li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, senkyèm madi nan tan Karèm nan, kote nou rete yon sèl semèn pou nou kontanple Soufrans Granmèt la, Li envite nou gade li lè l’ap libere nou an sou lakwa a: «Jezikri se Gran Prèt nou an, kò li ki si tèlman gen valè a se sakrifis nou ke li te prezante sou lotèl lakwa a pou tout moun kapab sove» (S. John Fisher). «Lè n’a leve Pitit moun nan anlè…» (Jn 8, 28). Vrèman vre, Kris la yo klouwe a — Kris la yo leve anlè a — se pi gran siy definitif lanmou Papa a pou limanite ki te tonbe plat atè a. Bra li yo ki ouvè a ant syèl la ak tè a, trase siy amitye li pou tout tan avèk nou menm, moun. Lè nou wè kijan yo leve li anlè devan je nou ki plen peche a, nou va konprann li se sila ki toujou la (cf. Jn 8,28). Epi se konsa, menm jan ak juif yo ki t’ap koute li, nou menm tou nou va kwè nan Li. Se sèl zanmitay ki mankonnen avèk lakwa ki kapab fè nou konprann tout bon vre pwofondè kè Redanmtè a. Se pou rezon sa ki fè nou pa kapab pale de yon levanjil san lakwa, yon levanjil ki pa mele ak santiman mòtifikasyon

kretyen an, oubyen ki kontamine nan anviwònman payen an, ki anpeche nou konprann enpòtans soufrans la genyen pou liberasyon nou. An nou gade kwa Jezi a nan yon atitid kontanplasyon. San nou pa fè bwi ak pawòl nan bouch nou, nou kapab mande Jezi: «Kilès ou ye? » (Jn 8, 25). L’ap reponn nou: «Mwen se Chemen an, Verite a ak Lavi a» (Jn 14, 6). Jezi ap di nou li se pye rezen an, si nou menm branch yo pa kole sou li, ebyen nou p’ap kapab pote fwi, paske se Li menm ki gen pawòl lavi ki p’ap janm fini an. Si nou pa kwè li menm li la, ebyen n’ap mouri nan peche nou yo. Men, si nou aprann tande li k’ap ba nou asirans ke Papa nan mitan nou e li p’ap janm abandone nou, ebyen n’a viv e, depi sou tè sa a nou va kòmanse goute lavi syèl la. Se konsa li enpòtan pou nou imite Pitit la antan n’ap fè sa ki fè Papa a plezi. LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou. Pa kache fas ou lwen m’; nan nenpòt jou m’ap pase tray la, panche zòrèy ou kote m’. (Sòm 101) PWOPOZISYON: M’ap pran tan pou koute yon moun ki nan difikilte. M’ap ede li nan fason mwen kapab. MÈKREDI

16

Koulè vyolèt

PREMYE MOSO LABIB

"Li voye mesaje l’ la, li delivre sèvitè l’ yo". NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 3, 14-20. 91.92. 95 Jou sa yo: Wa Nabikodonozò di: "Èske se vre, Sidrak, Mizak avèk Abdenago, nou pa sèvi dye m’ yo, nou pa adore pòtre mwen fè avèk lò a? Koulye a, si nou pare, nenpòt kilè n’ap tande sonnen twonpèt, flit, gita, mandolin, bandjo, akòdeyon avèk tout kalite mizik, se pou nou ajenou, pou nou adore pòtre a mwen te fè a. Si nou pa adore l’,

-30-

Sous Lav¡ menm lè a m’ap lage nou nan boukan dife a k’ap chofe byen fò a, epi kilès Bondye k’ap delivre nou sot nan men m"? Sidrak, Mizak avèk Abdenago reponn, yo di wa Nabikodonozò: "nou pa bezwen reponn ou sou kesyon sa a; men Bondye nou an, li menm n’ap sèvi a, li kapab delivre nou sot nan boukan dife cho a ak nan men ou, mon wa, l’ap delivre nou. Si l’ pa vle, ou met konn sa, mon wa, nou p’ap sèvi dye w’ yo, epi pòtre ou fè ak lò a, nou p’ap adore l’. Lè sa a, Nabikodonozò vin plen ak raj, aparans figi l’ vin chanje alega Sidrak, Mizak avèk Abdenago; li pase lòd pou yo chofe boukan an sèt fwa plis pase jan yo konn abitye chofe l’; li pase lòd pou mesye ki gen fòs nan lame l’ la, yo mare pye Sidrak, mizak avèk Abdenago, pou yo jete yo nan boukan dife k’ap boule a. Aprè sa, wa Nabikodonozò vin sezi, li leve byen vit, li di minis li yo: "Èske nou pa t’ lage twa mesye yo nan mitan dife a avèk pye yo mare"? Yo reponn wa a, yo di:"Se vre, mon wa". Li pran lapawòl, li di: "men mwen wè kat mesye ki lib, k’ap pwomenen nan mitan dife a, yo pa gen okenn dega nan yo, aparans katriyèm nan sanble ak yon pitit Bondye". Nabikodonozò leve li di: "Konpliman pou Bondye yo a, Bondye Sidrak, Mizak avèk Abdenago, li menm ki voye mesaje l’ la, li delivre sèvitè l’ yo, ki te kwè nan li, yo dezobeyi pawòl wa a, yo renmèt kò yo, pou yo pa sèvi, pou yo pa adore dòt dye, sof Bondye yo a". Pawòl Granmèt la.

SÒM Dan 3, 52. 53. 54. 55. 56

Konpliman pou ou, Granmèt, Bondye zansèt nou yo, konpliman pou non bèlte w’ la ki sen an.

R/ Li merite lwanj, li anlè nèt pou tout tan.

Konpliman pou ou nan kay sakre bèlte w’ la ki sen an. R/Ou merite lwanj anlè nèt ak bèlte anlè nèt pou tout tan.

Konpliman pou ou sou fotèy rèy ou a. R/ Ou merite lwanj, anlè nèt, ou anlè nèt pou tout tan.

Konpliman pou ou, ou menm ki sonde bafon yo, ou menm ki chita anlè cheriben yo. R/ Ou merite lwanj, sou anlè nèt pou tout tan.

Konpliman pou ou nan platfòm syèl la, R/ Ou merite lwanj, ak bèlte pou tout tan.

LEVANJIL

"Si Pitit la delivre nou, n’ap lib tout bon vre". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 8, 31-42 Lè sa a: Jezi t’ap di Jwif yo ki te kwè nan li yo: "Si nou rete nan pawòl mwen an, n’ap disip mwen tout bon vre, n’ap konnen verite a, verite a ap delivre nou". Yo reponn li: "Se ras Abraam nou ye, nou pa janm esklav pèsòn; kòman ou fè di: “N’a vin lib”? Jezi reponn yo: "An verite, an verite mwen di nou, tout moun ki fè peche, li esklav peche a. Men, esklav la pa ret nan kay la tout tan; se pitit la ki rete tout tan. Konsa si nou menm, Pitit la delivre nou, n’ap lib tout bon vre. Mwen konnen se pitit Abraam nou ye; men n’ap chèche touye m’, paske pawòl mwen pa pran nan nou. Mwen menm se sa m’ wè kay Papa m’, se sa mwen pale, men nou menm se sa nou wè kay papa nou, se li menm n’ap fè". Yo pran lapawòl: yo di l’: “papa nou se Abraam”. Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraam, nou ta fè travay Abraam. Koulye a menm, n’ap chèche touye m’, mwen menm yon moun k’ap pale nou laverite mwen fin tande kot Bondye a; bagay sa a, Abraam pa t’ fè l’. Nou menm n’ap fè travay papa nou". Yo di l’: “nou menm se pa nan move relasyon nou fèt: se yon sèl papa nou genyen, se Bondye”. Jezi di

-31-

Sous Lav¡ yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m’ sètènman; mwen menm se nan Bondye mwen sòti pou m’ vini. Mwen pa vini ak pwòp fòs mwen, men se li menm, ki voye m”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a, Granmèt la pale di avèk Juif yo. Se pa ak nenpòt Juif, men avèk sila yo ki te gen lafwa: «Jezi t’ap di Jwif yo ki te kwè nan li yo» ( Jan 8,31). San nou pa doute de sa, dyalòg Jezi a reflete difikilte Legliz la te genyen nan kòmansman akoz kèk Juif. Kòm yo se desandan Abraam yo te ye selon lyen san an, disip Jezi sa yo (ki te sòti nan pami Juif yo) te konsidere tèt yo pi enpòtan ke moun ki pa t’ gen lafwa, se menm jan tou yo te konsidere tèt yo pi enpòtan ke kèlke swa lòt disip ki pa t’ juif e ki te pataje menm lafwa ak yo. Yo te di: «Se ras Abraam nou ye» (Jan 8,33), «papa nou se Abraam» (v.39); «se yon sèl papa nou genyen, se Bondye» (v.41). Malgre se disip Jezi nou ye, nou gen enpresyon ke li pa t’ reprezante anyen pou juif sa yo, li pa ta ajoute anyen sou sa li gen deja. Men se la tout moun fè gwo erè a. Vrè pitit yo, se pa moun ki oblije sòti nan lyen san an, men se moun ki eritye pwomès la, oubyen sila yo ki kwè. Si yon moun pa kwè nan Jezi, li enposib pou li rive nan pwomès Abraam nan. Konsa, pami disip yo, « pa gen Juif ou Grèk; pa gen esklav ou moun lib; pa gen fanm ou gason», paske tout se frè nan batèm nan (Gal 3,27-28). An nou pa kite lògèy espirityèl fè nou twonpe tèt nou. An nou pa fè tankou juif sa yo ki t’ap etabli kritè siperyè ou enferyè. Pa kesyon pou nou ap pale de frè ki separe yo (pwotestan). Men an nou panse ak nou menm. Konbyen fwa yon pòsyon katolik konsidere li pi bon pase lòt katolik, paske li nan yon mouvman lòt la pa ladan; oubyen

paske li respekte yon prensip lòt la pa respekte; oubyen paske li ale lamès souvan epi lòt la pa ale yon fwa nan lane a? Oubyen paske li rich epi lòt la pòv; oubyen paske li fè gwo etid epi lòt la pa fè etid; oubyen paske li gen responsablite ki pi enpòtan epi lòt la pa genyen; oubyen paske li sòti nan fanmi ki gen gwo non epi lòt la se yon senp sitwayen. Se ansyen Pap la, Benwa XVI ki di nou: «Mwen vle kè chak moun kontan ke li se kretyen… Bondye ap mennen bak Legliz li a, li toujou ap soutni li sito unan moman difisil yo» LAPRIYÈ: Bondye O, se ou ki atire n' vin jwenn ou nan lanmou ak mizerikòd san limit ou gen pou nou a, tanpri fè menm lanmou sa a abite kè n' tout tan pou nou vin tounen temwen kè kontan w’ lan nèt ale. Amèn PWOPOZISYON : Menm si mwen pa gen menm koulè avè l’, menm si nou pa gen men posiblite pou nou viv, menm si nou pa gen men nivo konesans, m’ap rekonèt sila ki k’ap viv bò kote mwen an, se frè mwen, se frè mwen nan Jezikri. JEDI

17

Koulè vyolèt

PREMYE MOSO LABIB

“W’ap papa anpil nasyon”.

NAN LIV LAJENÈZ 17, 3-9

Jou sa yo: Abram tonbe fas atè. Bondye di l’:«Se mwen menm, men contra m’ avèk ou, w’ap papa anpil nasyon. Yo p’ap rele non ou Abram ankò, men y’ap rele ou “Abraam”, paske m’ap fè ou vin tounen papa anpil nasyon. M’ap fè ou vin anpil anpil, m’ap fè ou vin tounen nasyon, gen wa k’ap sòti nan ou. M’ap pase contra m’ ant mwen menm ak ou menm, avèk ras ou aprè ou, pou jenerasyon yo, kontra pou tout tan, pou m’ Bondye ou ak Bondye ras ou aprè ou. M’ap ba ou ni ou menm ni ras ou a peyi kote ou

-32-

Sous Lav¡ ye kòm etranje a, tout peyi Kanaan an, kòm posesyon pou tout tan, m’ap Bondye yo». Bondye di Abraam ankò: «Ou menm se pou ou kenbe kontra m’ nan, epi ras ou aprè ou, pou jenerasyon l’ yo». Pawòl Granmèt la.

SÒM 104, 4-5, 6-7. 8-9

R/ Granmèt la sonje contra l’ tout tan.

Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li. R. Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R. Li sonje contra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R. LEVANJIL “Abraam papa nou te danse, pou l’ te wè jou m’ nan”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 8, 51-59 Lè sa a: Jezi di Juif yo: “An verite, an verite mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap janm wè lanmò”. Jwif yo di: «Koulye a nou konnen ou gen yon demon. Abraam mouri, ni pwofèt yo; epi ou di: “Si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap goute lanmò menm”. Èske ou pi gran pase papa nou Abraam, ki mouri a? E pwofèt yo mouri tou. Kisa ou konprann ou ye? » Jezi reponn: «Si mwen fè lwanj pou pwòp tèt mwen, lwanj mwen an pa anyen; se Papa m’ k’ap fè lwanj mwen, li menm nou di se Bondye nou an, nou pa konnen l’. Mwen menm mwen konnen l’; e si m’ di mwen pa konnen l’, m’ap tankou nou, m’ap bay manti. Men mwen konnen l’, mwen kenbe pawòl li. Abraam papa nou te danse pou l’ te wè jou m’: li wè l’, li kontan».

Jwif yo di l’: «ou pa ko gen senkantan, epi ou wè Abraam»? Jezi di yo: «An verite, an verite mwen di nou: anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la». Yo ranmase wòch, pou yo voye sou li; Jezi menm kache kò l’, li sòti nan kay sakre a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Tèks pawòl Bondye pou jodi a ap ede n' kontanple atachman Bondye ak pèp li chwazi met apa pou li a. Nan langaj pa nou, nou te ka di Legliz li a, kominote kwayan yo. Nou kontanple atachman sa nan pwomès li te fè papa Abraham nan, yon pwomès ki chita sou poto mitan lanmou. Tout inisyativ yo sòti nan Bondye, se li ki chwazi. Se pa yon bagay ki te pase sèlman oubyen ki rete nan ansyen tan yo, men sa valab pou tan sa yo tou. Se pou sa nou di “Menm Bondye ki te la yè a, se li ki la jodi a”, alfa ak omega, kòmansman ak finisman. Se menm Bondye sa ki manifeste l’ atravè Pitit li a k’ap pale ak nou nan levanjil la. Nan Levanjil la Jezi ap envite n' pran konsyans de enpòtans pawòl la, pawòl ki pote lavi a: «An verite, an verite mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap janm wè lanmò".». Fraz sa a ranmase tout kwayans ak esperans kretyen yo, nou kwè nan Jezikri ki se Bondye ki sòti nan Bondye, nou kwè nan lavi k' p’ap janm fini li pwomèt nou an, menm jan nou repete l' nan kredo a chak jou a. An n' kenbe kè n' byen dispoze yon fason pou se pawòl Bondye a ki motive tout aksyon nou ak tout panse nou yo. LAPRIYÈ : Bondye o, aprann nou kenbe pawòl ou a nan kè nou, pou n' kapab sanble avè w’ plis toujou nan fason n’ap viv nan renmen youn ak lòt. Pa pouvwa Jezikri. Amèn PWOPOZISYON : M’ap koute pawòl Bondye a, epi m’ap kite li transfòme lavi ou.

-33-

Sous Lav¡

VANDREDI

Koulè vyolèt

18

PREMYE MOSO LABIB

“Granmèt la avèk mwen, tankou yon sòlda ki gen fòs”. NAN LIV PWOFÈT JEREMI 20, 10-l3 Mwen tande afwon anpil moun ap fè m’, ak bwi toutalantou: «An nou pèsekite l’, an nou pèsekite l’; tout moun ki t’ap viv lapè avèk mwen, ki te konn ret tou kole m’: si l’ te kapab pran nan pyèj, pou nou ranpòte laviktwa kont li, pou nou tire vanjans sou li». Men Granmèt la avèk mwen, tankou yon sòlda ki gen fòs; se pousa moun k’ap pèsekite m’ yo se yo menm k’ap tonbe, se yo menm k’ap febli, y’ap wont anpil, paske yo pa t’ konprann lawont tout tan an, ki p’ap janm efase a. Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki eseye sila a ki kòrèk la, ki wè ren ak kè, se pou m’ wè vanjans w’ap tire sou yo, tanpri; paske se ou menm mwen devwale kòz mwen. Chante pou Granmèt la, fè lwanj Granmèt la, paske li delivre nanm pòv la sot nan men mechan. Pawòl Granmèt la.

SÒM 17, 2-3a. 3be-4. 5-6. 7

R/Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt la, li koute m’.

Mwen renmen ou, Granmèt, fòs mwen. Granmèt, kay defans mwen, kachèt mwen, ak sila a k’ap deliver m’ nan.R. Bondye mwen, sekou m’, mwen espere nan li. Sila a k’ap pwoteje m’, kòn delivrans mwen, li menm k’ap soutni m’. M’ap rele Granmèt la ki merite lwanj la, l’ap sove m’ sot nan men lènmi m’ yo.R. Lanm dlo lanmò yo vlope m’, ravi n’ Belyal yo twouble m’; kòd lanfè yo antoure m’, filè lanmò yo sènen m’.R.

Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt la, mwen rele kot Bondye m’ nan; li koute vwa m’, antan l’ nan kay sakre l’ la, rèl mwen rive devan fas li, nan zòrèy li. R. LEVANJIL “Yo t’ap chèche sezi l’, li chape sot nan men yo”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 31-42 Lè sa a: Jwif yo pran wòch, pou yo kalonnen Jezi. Jezi pran lapawòl, li di yo: “Mwen montre nou anpil bon aksyon ki sot nan Papa m’; pou kilès nan aksyon sa yo n’ap kalonnen m’ nan”? Jwif yo reponn li: “Se pa pou yon bon aksyon n’ap kalonnen ou, men se poutèt ou blasfème, se moun ou ye, epi ou pran pòz Bondye ou”. Jezi reponn yo: “Èske nan lalwa nou an yo pa ekri: “Mwen di: Se Dye nou ye”? Si yo di yo se dye, yo menm pawòl Bondye a fèt pou yo a (epi yo pa kapab defèt sa k’ ekri a), sila a menm Papa a fè sen an, li voye sou tè a, nou di: “Ou blasfème, paske ou di: mwen se Pitit Bondye”. Si m’ pa fè aksyon Papa m’ yo, nou pa bezwen kwè m’. Men si m’ fè yo, menm si nou pa vle kwè m’, se pou nou kwè aksyon yo, pou nou konnen, pou nou kwè Papa a nan mwen, mwen nan Papa a”. Konsa yo t’ap ehèche sezi l’, men li chape sot nan men yo. Li pati lòt bò Jouden an ankò, kote Jan te konn batize anvan an, li ret la. Anpil moun vin kote l’, yo t’ap di: “Jan pa t’ fè okenn siy; men tout sa Jan te di sou li yo se te vre”. Anpil moun kwè nan li. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Nou rete yon semèn pou nou komemore lanmò Granmèt la. Levanjil jodi a pale nou sou motif kondanasyon li. Jezi ap eseye montre verite a, men Juif yo fè li pase pou yon mantè, e yo kondane li pou li

-34-

Sous Lav¡ mouri anba kout wòch. Jezi pale yo sou zèv li akonpli epi kijan Bondye aji nan li. Li eksplike yo byen pou yo konprann poukisa li se «Pitit Bondye». Men ènmi li yo te mal pou konprann sijè sa a yo. Li te pale yo sou cheminman li ak sou sa li ye, bagay ki te fè lòt moun konnen li epi renmen li. – «Mèt, ki kote ou rete ?» (Jan 1,38), se kesyon sa a disip yo te poze li nan kòmansman ministè li. Men tout bagay an ven : sa Jezi eksplike yo a tèlman fò, yo pa rive konprann li. Sèl moun ki konprann Jezi, se sila yo ki gen kè yo senp paske li difisil pou gwo save yo konprann Wayòm Bondye. Jezi eseye konvenk yo ak kèk agiman, men li pa reyisi. Ofon, Jezi pral mouri, paske li di laverite sou pwòp tèt, paske li fidèl ak sa li ye a, sa vle di idantite li ak misyon li. Antan ke pwofèt, li envite moun yo konvèti, men yo rejte li. Li se nouvo vizaj Bondye ke yo sal ak krache. Li mete sou pye yon nouvo kominote frè, men yo pral abandone li. Yon lòt fwa, kwa Granmèt la plante byen fèm tankou vrè drapo a. Se atravè lakwa a nou dekouvri bèlte Bondye ak laglwa li. Lakwa a fè nou kontanple tribinal Granmèt la, jijman mond lan ak pouvwa Sila a yo klouwe a. «O wi Granmèt, ou atire tout bagay vin jwenn ou lè ou lonje men ou nan direksyon pèp tèt rèd la, se tout linivè ki konprann li dwe mete chapo byen ba devan w’ !» (Sen Leon Le Gran). Jezi dwe pase sou lòt bò rivyè a, e moun ki kwè nan li tout bon vre, y’ap rankontre ak li, y’ap koute sa l’ap di. LAPRIYÈ : Granmèt, se ou menm ki rele m’, ou chwazi m’ pou asosye w’. Ou konnen kijan mwen fèb, mwen vle swiv Jezi, Pitit ou ; avèk ti kwa pa m’ yo, m’ap rankontre chak jou, mwen bezwen fòs pa w’ lè m’ tonbe pou antan m’ap gade Jezi mwen pran kouraj epi leve kanpe. Amèn. PWOPOZISYON :Men jan ak Jezi m’ap obeyi Bondye.

SAMDI

19

Koulè Blan JOZÈF KI SEN Gran Fèt.

PREMYE MOSO LABIB

"Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la" NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 7, 4-5a. 12-14a. 16 Jou sa yo: Men pawòl Granmèt la di Natan: "Al pale ak David sèvitè m’ nan: Men pawòl Granmèt la: “Lè jou w’ yo ap rive bout yo, lè w’ap dòmi avèk zansèt ou yo, m’ap fè yon desandans leve aprè ou, se nan vant ou l’ap sòti, m’ap asire peyi wa l’ la. Se li menm k’ap bati yon kay pou non m’, m’ap fè twòn peyi wa li ret fèm pou tout tan. M’ap yon papa pou li, l’ap yon pitit pou mwen. Kay ou ap fidèl, ni peyi wa ou pou tout tan devan fas ou, twòn ou ap toujou ret fèm". Pawòl Granmèt la.

SÒM 88, 2-3. 4-5. 27 e 29

R/ Ras li ap dire pou tout tan.

Mizerikòd Granmèt la se tout tan n’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen di: "Se pou tout tan mizerikòd la bati", nan syèl la mwen asire verite ou.R. "Mwen pase alyans mwen avèk sa a mwen chwazi a, mwen fè sèman bay David sèvitè m’: Pou tout tan mwen asire desandans ou a, m’ap bati pou jenerasyon ak jenerasyon fotèy ou a".R. "Li menm l’ap rele m’: "Se papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen". Pou tout tan m’ap kenbe mizerikòd mwen pou li, kontra m’ nan ap fidèl pou li".R. DEZYÈM MOSO LABIB "Malgre espwa a, li kwè nan espwa a".

-35-

Sous Lav¡ NAN LÈT APOT PÒL KI SEN AN, POU WOMEN YO

4, 13. 16-18. 22 Frè m’ yo: Pwomès ki te fèt bay Abraam oubyen desandans li a, pou l’ te eritye tè a, se pa daprè lalwa a li te fèt, men se daprè jistis lafwa a. Konsa se daprè lafwa a, pou pwomès la kapab asire pou tout desandans la daprè favè a, pa sèlman pou sila a ki pitit Abraam daprè lalwa a, men pou sila a tou ki pitit Abraam daprè lafwa a, li menm ki papa nou tout (daprè sa k’ ekri a: "Mwen mete ou kòm papa tout pakèt nasyon yo") devan Bondye, Bondye sa a li te met lafwa a nan li a, Bondye sa a ki fè mò yo viv la, li menm tou ki rele sa k’ pa t’ ekziste yo tankou sa k’ te ekziste yo. Sila a ki kwè malgre espwa a nan espwa a, pou l’ te kapab vin papa tout pakèt nasyon yo, daprè sa k’ ekri a: "Se konsa desandans ou ap ye". Se pousa yo konte sa pou li kòm jistis. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

"Gade, papa ou avèk mwen menm, nou t’ap chèche ou ak kè n’ sere". MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2, 41-51a Chak ane paran Jezi yo te konn al Jerizalèm pou fèt Pak la. Lè Jezi vin gen douzan, yo monte Jerizalèm, jan yo te konn abitye fè a pou jou fèt la; lè yo tounen, ti Jezi te ret Jerizalèm, san paran l’ yo pa t’ konnen. Yo te konprann li te nan pami vwayajè yo, yo mache pandan yon jounen; yo chèche l’ nan pami fanmi ak zanmi. Yo pa jwenn li, yo tounen Jerizalèm ap chèche l’. Aprè twa jou, yo jwenn li nan Tanp la, li te chita nan mitan savan yo, li t’ap koute, li t’ap poze yo kesyon. Tout moun ki t’ap koute l’ te sezi poutèt entelijans ak repons li. Lè yo wè l’, yo sezi.

Manman l’ di l’: "Pitit, ki sa ou fè nou konsa? Gade, papa ou avèk mwen menm, nou t’ap chèche ou ak kè n’ sere". Li di yo: "Pouki rezon nou t’ap chèche m’? Èske nou pa t’ konnen se nan zafè Papa m’ mwen gen pou m’ rete"? Yo menm yo pa t’ konprann pawòl li t’ap pale ak yo a. Li desann avèk yo, li vin Nazarèt; li te ret obeyisan vizavi yo. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi a n’ap fete yon potorik gason nan listwa delivrans nou: nèg sa a se Jozèf. Jozèf, jan nou konnen sa a deja, lè li te aksepte Mari ansent, san se pa t’ pou li, ebyen li te kolabore ak Bondye pou plan delivrans li a te kapab rive jwenn nou. Sa a fè nou wè Bondye ki itilize moun li vle pou delivre nou. Konsa nou dwe toujou atantif a evènman lavi nou pou nou ka konprann kisa Granmèt la vle nou fè nan istwa delivrans la. Bondye te pwomèt Abraham l’ap gen yon gran desandans, yon bagay wa David te konprann byen. Lè y’ap fè istwa zansèt Jezi a yo selon lachè, yo wè moun sa yo. Jezi se yon moun nan desandans Bondye te pwomèt la non sèlman daprè lalwa men sitou nan lafwa, paske se sèlman ak lafwa nou ka konprann kokenn chenn evènman enkanasyon an ak lavi Jezi menm depi li te tou piti. Jan Levanjil la montre nou an, li rete nan tanp la ap koute savan yo epi poze yo kesyon. Devan etònman paran li yo ki pa t’ konnen kote li te ye, li di yo se travay papa li l’ap fè. Ouf! Nou imajine kòman pawòl sa yo te dwe twouble paran li yo anpil. Nou menm tou, nan lafwa, se desandan Abraam nou ye. Jan yo abitye di sa nan ti katechis, Abraham se papa nou nan lafwa. Nou kapab di Jezi konfime lafwa nou nan Bondye,

-36-

Sous Lav¡ paske li se moun Bondye voye a ki sòti tou nan desandans Abraham. Lafwa nou se yon kado Bondye ban nou, an nou fè jefò pou nou pran swen li. LAPRIYÈ : Mèsi Granmèt, pou Jozèf ki te aksepte kolabore ak ou pou plan delivrans ou a te ka rive jwenn nou. Ede nou gade nèg sa a tankou yon modèl kolabaratè ak ou menm. Amèn PWOPOZISYON : Pandan jounen an m’ap fè silans pou konprann kolaborasyon Bondye mande mwen pou wayòm li an kapab rive tabli sou tè a. DIMANCH

20

Koulè Wouj DIMANCH RAMO

PREMYE MOSO LABIB

“Mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ yo, men mwen konnen mwen p’ap wont”. NAN LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-7 Granmèt la ban m’ yon lang ki gen konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a. Depi granmaten, li reveye, granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale. Granmèt Bondye louvri zòrèy mwen. Mwen menm mwen pa fè rebèl ; mwen pa rekile dèyè. Mwen renmèt kò m’ bay moun yo k’ap frape m’ nan, mwen renmèt figi m’ bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an ; mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an. Granmèt Bondye a ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa wont. Se pousa mwen fè fas mwen tankou wòch ki pi di a, mwen konnen mwen p’ap wont. Pawòl Granmèt la.

SÒM 21 8-9. 17-18a. 19-20. 23-24

R/ Bondye, Bondye mwen, pouki sa ou lage m’?

Tout moun ki wè m’ yo pase m’ nan jwèt; yo tire lang, yo souke tèt: “Li te espere nan Granmèt la, se pou l’ delivre l’; se pou l’ sove l’, paske li renmen l”.R. Sèke anpil chyen sènen m’, yon bann moun mechan fè laviwonn mwen. Yo pèse men m’ ak pye m’, yo konte tout zo mwen yo.R. Yo separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m’ nan osò. Ou menm, Granmèt, pa ret lwen, fòs mwen, fè vit vin ede mwen.R. M’ap rakonte non ou bay frè mwen yo, nan mitan Legliz la m’ap fè lwanj ou. Nou menm ki respekte Granmèt la, se pou nou fè lwanj li, tout ras Jakòb, deklare glwa li, se pou tout ras Izrayèl respekte l’.R. DEZYÈM MOSO LABIB “Li rabese tèt li: se pousa Bondye leve l’ anlè”. NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-l1 Jezikri, malgre se sa Bondye ye a li ye, li pa konsidere ret egal ak Bondye a tankou yon bagay pou l’ kenbe pou li sèl, men li fè pwòp tèt li vin pa anyen, antan li pran nati esklav, li vin sanble ak lèzòm, yo rekonèt li tankou moun. Li rabese tèt li, antan li obeyi jous nan lanmò, epi lanmò lakwa. Se pousa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ yon non ki anlè tout non, pou o non Jezi sa a, tout jenou bese nan syèl, sou tè, ak anba tè, epi tout lang deklare Jezikri se Granmèt, nan glwa Bondye Papa a. Pawòl Granmèt la.

SOUFRANS GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ LIK KI SEN

22, 14 -23, 56 “Se pa ti kras anvi mwen te anvi manje Pak sa a avèk nou, anvan m’ soufri a”. Lè lè a rive, Jezi atable, avèk douz apot yo avèk li. Li di yo: “Se pa ti kras anvi mwen te anvi manje Pak sa a avèk nou, anvan m’ soufri a. Sèke mwen di nou, mwen p’ap manje l’

-37-

Sous Lav¡ ankò, joustan li reyalize nan peyi wa Bondye a”. Li pran kalis la, li di Bondye mèsi, li di: “Pran, separe antre nou. Mwen di nou sa: mwen p’ap bwè nan fwi pye rezen an, joustan peyi wa Bondye a rive”. “Fè sa pou nou fè sonje m”. Li pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l’, li ba yo, li di: “Sa a se kò m’, yo bay pou nou an: fè sa pou nou fè sonje m”. Menm jan an tou pou kalis la, lè l’ fi n’ manje, li di: “Sa a se kalis nouvo testaman an nan san m’ nan, ki vide pou nou an. “Madichon pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou yo bay pitit moun nan”. Sèlman men men sa a k’ap bay mwen an, li avèk mwen sou tab la. Pitit moun nan a prale, daprè sa k’ regle a, se vre; sèlman madichon pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou bay li a”! Yo kòmanse ap chèche nan pami yo, kilès nan yo ki t’a pral fè bagay sa a. “Mwen menm mwen nan mitan nou tankou sa a k’ap sèvi a”. Men vin gen diskisyon nan pami yo, kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran. Li di yo: “Wa nasyon yo kòmande yo, moun ki gen pouvwa sou yo, yo rele yo byenfetè. Kanta pou nou menm, sa p’ap konsa; men sa a ki pi gran nan nou an, se pou l’ tankou pi piti a, epi sa a ki gen pi gwo plas la, se pou l’ tankou sa a k’ap sèvi a. Ebyen kilès ki pi gran an, èské se sa k’ sou tab la oubyen sa k’ap sèvi a? èske se pa sa k’ sou tab la? Epoutan, mwen menm menm mwen nan mitan nou tankou sa a k’ap sèvi a. Nou menm menm, se nou menm ki te rete avèk mwen nan tray ki t’ap seye m’ yo, kanta mwen menm mwen prepare peyi wa a pou nou, jan Papa m’ te prepare pou mwen an, pou nou manje, pou nou bwè sou tab

mwen nan peyi wa m’ nan, pou nou chita sou fotèy yo, ap jije douz fanmi Izrayèl yo”. “Ou menm menm, lè ou tounen, asire frè w’ yo”. Granmèt la di: “Simon, Simon, men Satan reklame nou pou l’ pase nou nan paswa tankou ble; men mwen lapriyè pou ou, pou lafwa ou pa tonbe, ou menm menm, lè ou tounen, asire frè w’ yo”. Li menm menm, li di l’: “Granmèt, mwen pare pou m’ ale avèk ou ni nan prizon, ni nan lanmò”. Men li di: “Mwen di ou Pyè, jodi a kòk la p’ap chante, anvan ou nye twa fwa ou konnen m”. “Sa k’ ekri a, se pou l’ reyalize nan mwen”. Li di yo: “Lè m’ te voye nou san sak, san bous, san soulye a, èske nou te manke kichòy”? Yo di: “Anyin”. Li di yo: “Ebyen koulye a, moun ki gen bous, se pou l’ pran l’, menm jan tou pou sa k’ la; epi moun ki pa genyen, se pou l’ vann chemiz li, pou l’ achte yon epe. Sèke mwen di nou sa k’ ekri a gen pou l’ akonpli nan mwen deja: “Yo konte l’ nan pami mechan yo”. Reyèlman, sa k’ konsène m’ yo, yo rive nan finisman yo”. Yo di: “Granmèt, men de epe isit la”. Li di yo: “Sa kont”. “Li antre nan agoni, li t’ap lapriyè pi plis”. Li sòti, 1’ale, jan l’ te konn abitye fè a, sou mòn pye Oliv yo. Disip li yo t’ap suiv li. Lè l’ rive nan kote a, li di yo: “Lapriyè pou nou pa antre nan tantasyon”. Li pati sot kote yo a, distans yo ta kapab voye yon kout wòch, li poze jenou l’ atè, li t’ap lapriyè, li t’ap di: “Papa, si ou vle, wete kalis sa a sot kote m’; sèlman se pa volonte m’, se pa w’ la ki pou fèt”. Yon zanj parèt devan l’ sot nan syèl la, l’ap konsole l’. Li antre nan agoni, li t’ap lapriyè pi plis. Swe l’ te tankou gout san k’ap koule sou tè a.

-38-

Sous Lav¡ Lè l’ leve sot nan lapriyè a, li rive kot disip li yo, li jwenn yo ap dòmi avèk tristès, li di yo: “Pouki sa n’ap dòmi an”? Leve, lapriyè, pou nou pa antre nan tantasyon”. “Jida, ak yon bo, ou bay Pitit moun nan”? Pandan l’ap pale toujou, foul la rive; sa yo te rele Jida a, youn nan douz yo, li t’ap mache devan yo, li pwoche kot Jezi pou l’ bo l’. Jezi menm di l’: “Jida, se ak yon bo, ou bay Pitit moun nan”? Sa yo ki te antoure l’ yo, lè yo wè sa k’ a pral rive, yo di l’: “Granmèt, si nou te frape ak epe”? Youn nan yo frape sèvitè gran prèt la, li koupe zòrèy dwat li. Jezi pran lapawòl, li di: “Kite sa la”. Li touche zòrèy li, li geri l’. Jezi di moun yo ki te vin sou li yo, gran prèt yo, majistra Tanp la, ak ansyen yo: “Se tankou pou yon vòlè, nou sòti ak epe, ak baton. Lè m’ te nan Tanp la chak jou avèk nou an, nou pa t’ lonje men nou sou mwen. Men sa a se lè pa nou, ak pouvwa fènwa yo”. “Pyè sòti deyò, li kriye san”. Yo arete l’, yo kondui l’ nan kay gran prèt la; Pyè menm t’ap suiv byen lwen. Te gen yon dife ki te limen nan mitan lakou a, moun yo te chita alantou l’. Pyè te nan mitan yo. Yon sèvant wè l’ chita nan limyè a, li ekzamine l’, li di: “Sa a te avèk li”. Li menm, li nye l’, li di: “Madanm, mwen pa konnen l”. Aprè yon ti moman, yon lòt wè l’, li di: “ou menm tou, ou te avèk yo”. Pyè menm di: “Monchè, se pa mwen”. Apeprè inèdtan konsa fin pase, yon lòt moun sètifye, li di: “Sètènman sa a tou te avèk li; paske se Galileyen li ye”. Pyè di: “Monchè, mwen pa konnen sa w’ap di la a”. Menm lè a, pandan l’ap pale toujou, yon kòk chante.

Granmèt la vire, li gade Pyè. Pyè menm vin sonje pawòl Granmèt la, jan l’ te di a ; “Anvan kòk la chante, w’ap nye m’ twa fwa”. Pyè sòti deyò, li kriye avèk yon gou anmè. “Pwofetize: ki moun ki frape w’ la”? Mesye yo ki t’ap siveye l’ la, yo t’ap pase l’ nan jwèt, yo t’ap frape l’. Yo mete yon vwal sou li, yo t’ap frape fas li, yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: “Pwofetize, ki moun ki frape w’ la”? Yo t’ap di anpil lòt bagay kont li, antan yo t’ap blasfeme l’. “Yo kondui l’ nan tribinal yo a”. Lè jou rive, ansyen yo nan pèp la, gran prèt yo ak skrib yo kondui l’ nan tribinal yo a, yo di: “Si ou se Kris la, di nou”. Li di yo: “Si m’ di nou, nou p’ap kwè m’; si m’ poze nou kesyon, nou p’ap reponn mwen, ni nou p’ap lage m’. Men depi koulye a Pitit moun nan ap chita adwat pouvwa Bondye a”. Yo tout, yo di l’: “Konsa ou se Pitit Bondye”? Li di: “Nou di l’, se sa mwen ye”. Yo di: “Sa nou bezwen temwayaj ankò? Nou menm menm nou tande sa k’ sòti nan bouch li”. Tout foul yo a leve, yo kondui l’ bay Pilat. “Mwen pa jwenn okenn kòz nan mesye sa a”. Yo kòmanse akize l’, yo di: “Nou jwenn mesye sa a k’ap soulve nasyon nou an, li refize pou yo peye taks bay Seza, li di li se Kris, li se wa”. Pilat menm poze l’ kesyon, li di: “Ou se wa Jwif yo”? Li reponn, li di: “Sa sa ou di a”. Pilat menm di gran prèt yo ak foul yo: “Mwen pa jwenn okenn koz nan mesye sa a. Men yo menm menm, yo t’ap apiye pi plis, yo t’ap di: “L’ap twouble pèp la, antan l’ap bay ansèyman nan tout Jide a, kòmanse depi Galile jous isit la”.

-39-

Sous Lav¡ Lè Pilat tande mo Galile a, li mande si mesye a te Galileyen. Lè l’ aprann se anba pouvwa Ewòd li te ye, li renmèt li bay Ewòd, ki te Jerizalèm tou jou sa yo. “Ewòd meprize l’, ansan m’ ak tout sòlda l’ yo”. Ewòd menm, lè l’ wè Jezi, li kontan anpil; sèke sa te fè lontan li te anvi wè l’, paske li te tande anpil bagay li te fè, li te espere li t’ap fè l’ wè kèk siy. Li poze l’ kesyon ak anpil pawòl; men li menm, li pa reponn anyen. Chèf prèt yo menm te kanpe, ni skrib yo tou, yo t’ap akize l’ san rete, Ewòd menm meprize l’, ansanm ak sòlsa l’ yo tou, li pase l’ nan jwèt, antan l’ abiye l’ ak yon rad blan, li renmèt li bay Pilat. Ewòd ak Pilat vin zanmi depi jou sa a: sèke anvan sa, se ènmi yo te ye youn parapò a lòt. “Pilat renmèt Jezi pou yo fè sa yo vle”. Pilat menm rasanble gran prèt yo ak majistra yo ak foul la, li di yo: “Nou mennen mesye sa a ban mwen kòmsi l’ap soulve pèp la, epoutan men mwen poze l’ kesyon devan nou, mwen pa jwenn okenn koz nan mesye sa a, nan bagay nou akize l’ yo. Men ni Ewòd tou; sèke mwen te voye nou ba li, men nan pwen anyen ki merite lanmò nan li. M’ap korije l’, epi m’ap lage l’. Li te blije lage yon moun ba yo pou jou fèt la. Tout foul la ansanm leve vwa l’ byen fò, li di: “Fè sa a disparèt, lage Barabas ban nou”, sa yo te met nan prizon an, poutèt yon revòlt ki te fèt nan vil la avèk yon krim. Pilat rekòmanse pale avèk yo ankò, paske li te vle lage Jezi. Yo menm menm yo rele pi fò, y’ap di: “Kloure l’ sou kwa”. Li menm menm, pou twazyèm fwa a li di yo: “Kisa l’ fè ki mal? Mwen pa jwenn okenn koz lanmò nan li, m’ap korije l’, epi m’ap lage l”. Men yo menm yo ensiste antan yo leve vwa

yo pi wo, yo mande pou yo kloure l’ sou kwa, yo t’ap leve vwa yo tout tan pi fò. Pilat menm fè deklarasyon jijman pou sa yo mande a reyalize. Moun nan yo te met nan prizon pou krim ak revòlt la, li lage l’ ba yo, li menm yo te reklame a; kanta Jezi menm, li renmèt li bay volonte yo. “Fi Jerizalèm yo, pa kriye sou mwen”. Pandan y’ap kondui l’, yo met men sou Simon, yon moun Sirèn ki te vin sot nan jaden, yo blije l’ pote kwa a dèyè Jezi. Yon gran foul pèp la t’ap suiv li, ni medam ki t’ap kriye, ki t’ap plenn sou li, Jezi vire nan direksyon yo, li di: “Fi Jerizalèm yo, pa kriye sou mwen, men se sou nou menm menm pou nou kriye ak sou pitit nou yo; paske men jou ap rive, kote y’ap di: “Ala kontantman pou fi ki pa kapab fè pitit yo, ak vant ki pa t’ anfante yo, ak tete ki pa t’ bay lèt yo”. Lè sa a y’ap kòmanse di mòn yo: “Tonbe sou nou”, epi ti wotè yo “Kouvri nou”. Paske, si yo aji konsa ak bwa vèt la, ki sa y’ap fè bwa sèk la”? Yo t’ap kondui dòt, de kriminèl, avèk li, pou yo touye yo. “Papa, padonnen yo; sèke yo pa konnen sa y’ap fè”. Lè yo fin rive kote yo rele kalvè a, se la yo kloure l’ sou kwa a avèk vòlè yo, youn adwat, lòt la agòch. Jezi menm t’ap di: “Papa, padonnen yo; sèke yo pa konnen ki sa y’ap fè”. Yo separe rad li yo, antan yo jwe zo sou yo. “Sa a se wa Juif yo”. Pèp la te kanpe l’ap gade, gran prèt yo t’ap pase l’ nan jwèt antre yo, yo t’ap di: “Li sove dòt, se pou l’ sove pwòp tèt li, si l’ se Kris la, sa Bondye chwazi a”. Sòlda yo tou t’ap pase l’ nan jwèt, yo pwoche, yo ofri l’ vinèg, y’ap di: “Si ou se wa Juif yo, sove pwòp tèt ou”. Te gen yon pannkat ki ekri anlè l’, nan lèt grèk, laten ak ebre: “Sa a se wa Juif yo”.

-40-

Sous Lav¡ “Jodi a menm w’ap avèk mwen nan paradi a”. Youn nan sa yo ki te pandye yo, nan vòlè yo, li t’ap blasfeme l’, li t’ap di: “Si ou se Kris la, sove pwòp tèt ou, ni nou menm tou”. Lòt la menm pran lapawòl, li fè l’ repwòch, li di l’: “Ou menm tou, ou pa krenn Bondye, ou ki nan menm kondanasyon an? Pou nou, se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou aksyon nou yo; sa a menm, li pa t’ fè anyen ki mal”. Li t’ap di Jezi: “Granmèt, sonje m’, lè w’ap vini nan peyi wa w’ la”. Jezi di l’: “Amèn mwen di ou, jodi a menm w’ap avèk mwen nan Paradi a”. “Papa, nan men ou, mwen renmèt lespri m”. Li te prèske sizyèm lè a (midi), fènwa te rive sou tout tè a, jous nevyèm lè a (twazè). Solèy la vin tou nwa, vwa l’ tanp la chire nan mitan. Jezi pouse yon rèl avèk vwa l’ byen fò, li di: “Papa, nan men ou mwen renmèt lespri m”. Pandan l’ap di sa, souf li pati, (Isit la, yo fè jenifleksyon, yo fè yon ti poz.) Lè santiryon an wè sa k’ rive, li rann Bondye glwa, li di: "Vrèman, mesye sa a te kòrèk". Tout foul yo ki te vini ansanm pou yo gade bagay sa a, epi ki te wè sa k’ pase, yo t’ap tounen antan y’ap frape lestomak yo. Men tout zanmi l’ yo te kanpe lwen, ni medam yo ki te suiv li depi sot nan Galile a, epi ki t’ap gade bagay sa yo. "Jozèf depoze kò Jezi nan yon kavo yo fouye nan wòch". Gen yon mesye yo rele Jozèf, li te fè pati konsèy la, se te yon moun ki bon, ki kòrèk (li pa t’ konsanti nan desizyon yo avèk aksyon yo), se te moun Arimati, yon vil Jide, li menm tou li t’ap tann peyi wa Bondye a. Li pwoche kot Pilat, li mande kò Jezi; li

vlope l’ nan yon dra, lè yo vin desann li sou kwa a, li depoze l’ nan yon kavo ki fouye nan wòch, kote yo pa t’ ko mete pèsòn. Se te jou preparasyon Pak la, saba a te kòmanse ap klere. Medam yo rive aprè, yo menm ki te vin sot depi Galile a, yo wè kavo a epi kijan kò l’ te poze, yo tounen, yo pare losyon ak pomad; pandan saba a menm, yo ret trankil, daprè kòmandman an. REFLEKSYON Frè ak sè m’ yo, nou kòmanse yon gran mach lafwa depi mèkredi Lesann, kote n’antre nan gwo tan preparasyon sa a, gwo tan konvèsyon sa a nou rele Karèm nan. Dimanch Ramo a ak lapasyon an, vin ede n’ dekouvri kòman chemen liberasyon an se chemen lakwa a; dimanch Ramo ak istwa soufrans Granmèt la vin fè n’ dekouvri kòman pa gen Dimanch Pak la si n’ pa pase nan vandredi sen an, p’ap gen dimanch kè kontan an si pa gen vandredi soufrans lan. Nan lavi nou chak, nou gen bezwen kòm kretyen pou nou swiv menm chemen sa a Jezi Sovè nou an te pran an. Chemen soufrans sa a, se chemen laverite a, se chemen lajistis la, se chemen kè poze a, se chemen renmen an. Pa gen okenn jès renmen ki pa mache ak sakrifis la. Nou kapab pran ekzanp sakrifis paran yo pou pitit yo. Tout bouske y’ap bouske lavi a, nan tout kalite travay, se pou yo kapab kenbe lavi kay yo byen anfòm, lavi pitit yo byen dyanm. Tout soufrans Jezi te aksepte pran, tout imilyasyon yo, se pou li te kapab rive bay limanite bon jan ekzanp solid pou montre kòman youn dwe devwe pou lòt, kòman youn dwe mete yo nan sèvis lòt pou tout moun kapab viv kòm sa dwa. Pou travay sa a kapab rive fèt bò kote pa nou kretyen, fòk nou aksepte sa Bondye vle pou nou,

-41-

Sous Lav¡ fòk nou pa pè soufrans la, fòk nou pa pè pran chemen sèvis la, espesyalman sa k’ nan nesesite yo, chemen mache ak moun ki pi pòv yo, defann sa y’ap toupizi nan kominote n’ap viv la, non selman ak pawòl nou men tou ak bon jan temwanyaj n’ap bay nan fason n’ap viv. Pwofèt Izayi te di nou, Granmèt la mete konesans nan li menm pou l’ sèvi sila ki meprize yo, sa k’ san vwa yo. Pou n’ rive fè travay lamisyon an se pou n’ chèche mete n’ an disponiblite pou Bondye, kite pawòl li yo ap ekzanp li yo gen enpak nan lavi nou, di nou kichòy nan sosyete n’ap viv jounen jodi a. Mete zorèy nou disponib pou n’ koute Bondye; se pou nou dispoze kè nou pou n’ chache fè sèlman sa ki fè l’ plezi, pou n’ mete n’ nan sèvis liberasyon pèp la tankou Jezi ki pa t’ vin fè wè, men ki te ofri tèt li nèt ale jous li bay lavi li sou kwa a,pou l’ te kite temwanyaj renmen Papa a pou limanite. Nan tout demach lafwa n’ap fè chak jou nan lavi n’ nan travay nou, nan pataj nou yo, nan lapriyè nou yo, nou dwe lage n’ tankou yon timoun nan bra Granmèt la, li menm ki gen solisyon ak tout pwoblèm nou yo, li menm ki se fòs nou, li menm ki se lwanj nou, laviktwa nou an. Dezyèm moso Labib la montre n’ ki kalite imilite Pitit Bondye a te genyen, li menm ki Bondye, li fè l’ tou piti; li menm ki jij li konsidere tèt li tankou prizonye nan men pechè yo, men se nan rabèsman sa a li jwenn favè ak konsiderasyon nan men Papa l’, li menm ki konnen papa l’ p’ap abandone l’, li menm ki konnen limyè a ap gen dènye mo a sou fènwa a. Se kalite konviksyon sa a nou dwe genyen pou n’ kapab pa fè bak nan misyon an, pou n’ toujou rete fèm nan laverite, nan renmen, nan jistis, nan tout bon zèv, menm

lè n’ rankontre pèsekisyon devan lèzòm, paske laviktwa final la se pou nou. Deja nou dwe di tankou sen Pòl: “Mwen konnen nan ki moun mwen met lafwa mwen” ! Mèvèy leve byen vivan Jezi a nou pral selebre dimanch Pak la, li makonnen ak mèvèy soufrans li an. Jezi, nan Levanjil la, pase dènye moman an ak patizan l’ yo, li soupe ak yo, li ofri yo pen ak diven pataj la tankou pwòp kò l’ ak san l’. San li se lank ki siyen nan kaye Nouvo Kontra a nòs tout nèf Bondye vin selebre ak pèp li a, pou li kapab genyen lavi nan li. Deja li montre nan lanmò li, se pou pwòp delivrans lèzòm li bay lavi li. Yon jès ki chita sou mèvèy renmen ak mizerikòd Bondye pou limanite ki pa t’ menm merite l’. Men renmen Bondye a pi gran pase peche nou yo; mechanste lèzòm pa ka bloke jenewozite ki genyen nan kè Bondye, li menm ki se mèvèy san fen, ki se renmen san limit, bonte san parèy. Yo gen pou yo vire je gade sila a yo te touye a, sila a se Jezikri, Pitit Bondye vivan an, li menm ki se sèl modèl pou nou swiv si nou vle rive benefisye delivrans li pote a. Se pou Ramo a ede n’ viv deja gwo mèvèy laviktwa lavi a sou lanmò a nou pral viv yon fason espesyal nan Dimanch leve byen vivan an. Se pou tout lavi n’ kòm kretyen makonnen ak gran evènman sa a, espesyalman nan lane lafwa a, pou n’ kapab chache konprann lafwa nou, viv li, pwoklame li, anonse li epi temwanye l’ nan kominote n’ap viv, nan kote n’ap travay yo. LAPRIYÈ : Mèsi Jezi, paske ou se Wa k’ap kòmande lavi mwen. Tanpri fè prezans ou pa janm manke m’. PWOPOZISYON: Nan fason m’a temwaye lanmou ak mizerikòd Bondye, m’ap montre Jezi se Wa nan lavi m’.

-42-

Sous Lav¡

LENDI

21

Koulè vyolèt LENDI SEN

PREMYE MOSO LABIB

“Li p’ap rele, yo p’ap tande vwa l’ deyò”. NAN LIV PWOFÈT IZAYI 42, 1-7 Men pawòl Granmèt la: “Men sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a nanm mwen jwenn plezi nan li: mwen mete Lespri m’ sou li, l’ap pote jijman an nan nasyon yo. Li p’ap rele, li p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ deyò. Wozo ki fele a, li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li, se nan verite a l’ap fè jijman an sòti. Li p’ap tris, li p’ap sakaje anyen, joustan li poze jijman an sou tè a; zile yo ap tann lalwa l’ la”. Men pawòl Granmèt Bondye a, li menm ki kreye syèl yo, li menm ki deplwaye yo, li menm ki asire tè a, ni sa k’ap jèmen nan li, li menm ki bay pèp la lapawòl, pèp sa a ki sou tè a, li menm ki mete lespri pou sa yo k’ap mache sou tè a: Mwen menm Granmèt la, mwen rele ou nan jistis, mwen pran men ou, mwen pwoteje ou, mwen mete ou kòm alyans pèp la, kòm limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou ou fè prizonye yo sot nan prizon, pou ou fè sa k’ chita nan fènwa yo sòti nan kacho a”. Pawòl Granmèt la.

SÒM 26, 1. 2. 3. 13-l5

R/ Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen.

Granmèt la se limyeè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R. Lè moun k’ap chèche fè m’ ditò yo pwoche sou mwen, pou yo manje chè m’;

sa yo k’ap fè m’ pase tray la ak ènmi m’ yo, se yo menm ki febli, epi ki tonbe.R. Si lame kanpe an fas mwen, kè m’ pa gen dwa pè; si batay leve kont mwen, se nan sa mwen menm m’ap espere.R. Mwen kwè m’ap jwenn byen Granmèt la nan peyi vivan yo. Tann Granmèt la, aji avèk kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la.R. LEVANJIL “Kite l’, se pou jou antèman m’ li te konsève sa”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 12, 1-l1 Sis jou anvan Pak la, Jezi rive Betani, kote Laza te mouri a, li menm Jezi te leve a. Yo te fè yon resepsyon; Mat t’ap sèvi, Laza te nan pami moun yo ki te sou tab avèk li a. Mari menm pran yon liv losyon bon kalite ki koute byen chè, li benyen pye Jezi, li souye pye l’ avèk cheve l’; kay la vin plen ak odè losyon an. Youn nan disip li yo, Jida Iskaryòt, sa a ki t’ap bay li a, li di: “Pouki sa yo pa vann losyon sa a twasan pyès lajan pou yo bay pòv”? Li te di sa, se pa paske li te gen konsiderasyon pou pòv yo, men se paske se vòlè li te ye, epi se li menm ki te gen bous la, sa yo te mete ladan l’, li te pran l’. Konsa Jezi di: “Kite l’, se pou jou antèman m’ li te konsève l’. Pòv yo reyèlman, se tout tan n’ap genyen yo avèk nou, kanta mwen menm, nou p’ap genyen m’ tout tan”. Anpil foul nan Jwif yo vin konnen li la, yo pa vini pou Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza tou, sa a li te leve sot nan pami mò yo. Gran prèt yo menm t’ap fè kalkil pou yo touye Laza tou, paske anpil moun te kite Jwif yo poutèt li, yo te kwè nan Jezi. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-43-

Sous Lav¡ REFLEKSYON Levanjil Sen Jan nou li jodi a montre nou byen klè n’ap antre nan semèn Sent la, ki se moman Jezi te viv avèk anpil doulè nan lavi li, kote li t’ap kite lavi sou tè sa pou li al jwenn Papa a. Nan tèks Levanjil la prezante nou an, nou kapab tire anpil leson ki kapab ede nou fè jefò pou nou vin pi bon. Jezi ki se yon moun otorite yo pa t’ vle wè pou jan l’ap aji vin twouve li pèsekite epi li deside ale lakay zanmi li Mat, Mari ak Laza pou li te kapab kache kò li. Betani vle di «kay moun ki pòv yo». Premye leson nou kapab tire nan lekti a, se lè nou wè malgre otorite yo t’ap chache Jezi pou yo touye li, zanmi li yo te aksepte resevwa li lakay yo epi yo te ba li manje. Sa se premye jès solidarite nou kapab mande Bondye pou li ban nou fòs pou nou fè grandi lakay nou espesyalman nou ka pwofite kòmanse pandan tan karèm nan. Aprann fè nou sansib pou sa ki fèb yo, sa ki meprize yo, nou dwe aprann pran ka yo. Lòt leson nou kapab tire se nan Mari ki pran pi bon losyon li genyen pou lave pye Jezi. Li pa t’ pran atitid yon seri de moun kote se lè yo pa bezwen yon bagay, se lè li fin gate vre, epi pou yo kapab debarase yo ak li, y’ap chache vye malere pou yo bay li lè sa. Se yon atitid nou dwe ekzèse e pa rapò ak Bondye e pa rapò ak pwochen nou, moun k’ap viv bò kote nou. Li enpòtan pou nou aprann respekte moun, ba li valè li merite san gade sou nivo li genyen nan sosyete a. Lè nou fin wè fason pozitif nou ta dwe konpòte nou nan jan n’ap viv ak lòt, an menm tan nou dwe evite sa ki negatif yo ki se fason Jida te konpòte li a. Jida te gen yon lespri egoyis, li te vle fè konprann li vle defann pòv epi an reyalite se pa t’ sa. Semèn nan dwe

sèvi nou yon moman enpòtan kote nou dwe aprann pran distans de tout fason egoyis nou yo, nou dwe prepare nou pou nou kapab rive chanje kè nou, chanje konpòtman egoyis, rayisans nou yo. Jezi di nou nan Levanjil la n’ap toujou gen pòv kote nou ye, men sa ki pi enpòtan, se kijan nou pral trete yo ? Èske n’ap fè tankou Jida, pou n’ap pwofite anrichi pwòp tèt pa nou sou do yo ? Se pi gwo meditasyon nou kapab fè nan semèn Sent nou pral prepare a. Li enpòtan pou nou fè yon ti efò pou nou revize tout ti detay nou dwe chanje nan lavi nou, se konsa n’ap rive kapab fè yon efò pou nou kapab resisite ansanm avèk Kris la. LAPRIYÈ : Jezi Granmèt, ou menm ki te bay lavi ou pou peche nou yo, tanpri fè pitit ou yo grandi nan renmen. Pa pouvwa Jezikri. PWOPOZISYON : Kiltive akèy. Si m’akeyi yon moun, se Bondye mwen akeyi. MADI

22

Koulè vyolèt MADI SEN

PREMYE MOSO LABIB

“Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a”. NAN LIV PWOFÈT IZAYI 49, 1-6 Koute, zile yo, fè atansyon, pèp ki lwen yo: Granmèt la rele m’ depi nan vant, depi nan zantray manman m’ li sonje non m’; li mete bouch mwen tankou yon epe pwenti, li pwoteje m’ nan lonbraj men l’, li mete m’ tankou yon flèch ki byen chwazi, li kache m’ nan sak li. Li di m’: “Se sèvitè m’ ou ye, Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa mwen”. Epi mwen menm mwen te di: “Se pou granmesi mwen te travay, se san rezon ak pou anyen

-44-

Sous Lav¡ mwen te depanse fòs mwen; epoutan jijman m’ avèk Granmèt la, rezilta travay mwen avèk Bondye m’ nan”. Koulye a, men sa Granmèt la di, li menm ki fòme m’ depi nan vant pou m’ kapab vin tounen sèvitè l’, pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn li, pou m’ rasanble Izrayèl ba li, mwen jwenn glwa devan je Granmèt la, Bondye m’ nan vin tounen fòs mwen. Li di: “Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou w’ kapab leve ras Jakòb yo, pou w’ fè debri pèp Izrayèl yo tounen: men mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a. Pawòl Granmèt la.

SÒM 70, 1-2. 3-4a. 5-6ab. 15 e 17

R/ Bouch mwen ap anonse delivrans ou a, Granmèt.

Se nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m wont pou tout tan. Nan jistis ou a delivre m’, sove m’; panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R. Se pou w’ sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay defans, pou w’ sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm. Bondye mwen, wete m’ nan men pechè a.R. Paske se ou menm ki esperans mwen, Granmèt; Granmèt, espwa m’ depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi m’ nan vant, depi nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R. Bouch mwen ap anonse jistis ou, tout jounen delivrans ou a, pou m’ ta konte l’, mwen pa kapab. Bondye, ou ban m’ ansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R. LEVANJIL “Youn nan nou ap bay mwen... Kòk la p’ap chante, w’ap gen tan nye m’ twa fwa”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 13, 21-33. 36-38

Lè sa a: Jezi te sou tab avèk disip li yo, lespri l’ vin twouble, li temwaye, li di: “Amèn, amèn mwen di nou sa, youn nan nou ap trayi m”. Disip yo youn t’ap gade lòt, yo pa t’ fin konprann sa l’ te vle di a. Youn nan disip Jezi yo ki te sou tab yo te kouche sou lestomak li, sa a Jezi te renmen an. Simon Pyè fè l’ siy, li di l’: “Ki moun l’ap pale a”? Kòm sa a te kouche sou pwatrin Jezi, li di l’: “Granmèt, kilès”? Jezi reponn: “Se sa a m’ap lonje pen an mwen fin tranpe a ba li”. Kon l’ tranpe pen an, li bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Aprè bouche a, Satan antre nan li. Jezi di l’: “Sa w’ap fè a, fè l’ vit”. Bagay sa a, pèsòn nan sa k’ te sou tab yo pa konnen poukisa li te di l’. Genyen ki te konprann, kòm Jida te gen bous la, Jezi te di l’: “Achte sa nou bezwen pou jou fèt la”, oubyen pou l’ te bay pòv yo kichòy. Kon l’ fin pran bouche a, li sòti menm lè a. Se te nannuit. Kon l’ fin sòti, Jezi di: «Koulye a Pitit moun nan jwenn glwa li, Bondye jwenn glwa li nan li tou. Si Bondye jwenn glwa li nan li, Bondye ap fè l’ jwenn glwa nan li menm tou, l’ap fè l’ jwenn glwa a tou suit. Ti pitit mwen yo, mwen avèk nou toujou pou yon ti moman ankò.N’ap chèche m’, men jan m’ te di Jwif yo, “kote m’a prale a nou pa kapab vini”, mwen di nou sa davans». Simon Pyè di l’: “Granmèt, kote w’ a prale”? Jezi reponn: «Kote m’a prale a, ou pa kapab suiv mwen koulye a, w’a suiv mwen aprè». Pyè di l’: “Pouki sa mwen pa kapab suiv ou koulye a? M’ap bay lavi m’ pou ou”. Jezi reponn li: “w’ap bay lavi w’ pou mwen? Amèn, amèn mwen di ou, kòk la p’ap chante, w’ap deja nye m’ twa fwa”. An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

-45-

Sous Lav¡ REFLEKSYON Levanjil yè a te deja sitiye nou nan kontèks Semèn Sent la; se konsa n’ap aprann konprann ti moso pa ti moso moman ki te pi difisil nan lavi Jezi yo. Nan fason evènman yo ap dewoule nou kapab konprann lanmò ak leve Jezi se pa t’ yon bagay ki te fèt tankou yon jwèt aza. Jezi te bay lavi li yon fason konsyan pou nou menm lèzòm, pou li kapab retire nou anba esklavaj peche. Li gen tan ap montre nou kèk siy klè nan sa ki pral rive a. Se konsa nou kapab aprann gen plizyè difikilte ki kapab rive ke nou ta dwe evite lè nou zanmi ak yon moun. Pi gwo bagay ki te pase nan moman Jezi t’ap manje ak disip li yo, se lè li montre nou moun ki pral trayi li a an reyalite se yon zanmi li. Se yon envitasyon nou kapab pran pou serye e nou dwe travay pou nou kapab ranfòse amitye nou yo, pou sa pa rive fèt ladan yo. Byen souvan nou toujou di se yon bon zanmi nou ki trayi nou, paske fòk li konnen w’ byen pou li fè sa. Men sa ki rive Jezi a se yon jès ki depase tout bagay moun pa kapab konprann, se yon fason pou li montre nou se li menm ki deside bay lavi li, se pa pran yo pran lavi li. Li bay lavi li pou yon rezon byen klè ki se sove mond la anba esklavaj peche. Se pou sa nou wè Jezi konnen ni jou, ni lè yo pral livre li e li pral mouri a. Nan tan espesyal sa n’ap viv la, li enpòtan pou nou konprann jan sa gran lè yon moun bay lavi li pou lòt la. Se yon envitasyon pou nou aprann mete tout egoyis nou yo de kote epi aprann soufri ak moun nan bezwen yo, ak moun poblèm ap toumante yo. Soufrans la se pa yon bagay ki fasil. Pwovèb la di nou : se sèl moun ki pèdi yon pitit ki kapab rive konprann yon lòt ki nan menm sitiyasyon an. Ebyen nou menm kretyen, nou kapab konprann Jezi te soufri menm jan ak nou, se pou sa nou sèten li

kapab konprann nou nan doulè pa nou yo. Malgre sitiyasyon difisil nou yo, malgre traka nou yo, li enpòtan pou nou toujou mete konfyans nou nan Bondye. Se pa ale lakay ogouferay al mande li regle koze nou, sinon toujou mete konfyans nou nan Bondye. Mwen espere moman soufrans Jezi nou pral viv nan jou Vandredi Sen an louvri je nou sou sitiyasyon sa pou nou kapab rive konprann Bondye toujou la ap asiste nou nan tout sikonstans lavi nou, sèlman chak jou pi plis nou dwe aprann fè li plis konfyans. Si m’ te gen yon ti pale fò ak yon zanmi m’ m’ap chache rankontre li pou m’ rekonsilye ak li. LAPRIYÈ : Jezi Granmèt, ou menm ki te soufri an premye pou w’ te aprann nou soufrans la fè pati lavi a, tanpri ban nou fòs ak kouraj pou nou pa janm vire do ba ou malgre difikilte n’ap rankontre sou wout lavi a. PWOPOZISYON : Si m’ te gen yon ti dezakò ak yon zanmi m’ m’ap chache rankontre li pou m’ rekonsilye ak li. MÈKREDI

23

Koulè vyolèt MÈKREDI SEN

PREMYE MOSO LABIB

“Mwen pa vire fas mwen lwen moun k’ap maltrete m’ yo”. NAN LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-9a Granmèt la ban m’ yon lang ki gen konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a, depi granmaten li reveye, granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale. Granmèt la louvri zòrèy mwen. Mwen menm mwen pa kontrarye, mwen pa rekile dèyè. Mwen renmèt kò m’ bay moun yo k’ap frape m’

-46-

Sous Lav¡ nan; mwen renmèt figi m’ bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an; mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an. Granmèt Bondye ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa wont, se pousa mwen fè fas mwen vin tankou wòch ki pi di a, mwen konnen mwen p’ap wont. Li tou pre, sa a k’ap rann mwen jistis la, kilès k’ap plede kont mwen? An nou kanpe ansanm; kilès ki ènmi m’? se pou l’ pwoche kote m’. Men Granmèt Bondye k’ap pote m’ sekou; kilès k’ap kondane m’? Pawòl Granmèt la.

SÒM 68, 8-l0. 21bcd-22. 31 e 33-34

R/ Nan pakèt kè sansib ou, Granmèt, koute m’, nan tan gras la.

Sèke se poutèt ou mwen sipòte afwon, lawont kouvri fas mwen; mwen vin tounen etranje pou frè m’ yo, ak moun deyò pou pitit manman m’ yo. Sèke jalouzi kay ou a devore m’, afwon moun k’ap manke ou dega yo, yo tonbe sou mwen.R. Afwon an kraze kè m’, mwen febli. Mwen t’ap tann moun ki pou pran lapenn avèk mwen, pa genyen, moun ki pou console m’, mwen pa jwenn. Yo mete fyèl nan manje m’, nan swaf mwen yo ban m’ bwè vinèg.R. M’ap fè lwanj non Bondye avèk kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj. Se pou pòv yo wè, pou yo kontan; chèche Bondye, se pou kè nou viv. Paske Granmèt la koute pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo.R. LEVANJIL “Pitit moun nan a prale jan sa ekri a; men ala malè pou sa a ki sèvi lantremiz pou bay li a”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 26, 14-25 Lè sa a: Youn nan douz yo ale, sa yo rele Jida Iskaryòt la, li rive kot gran prèt

yo, li di yo: “Sa nou vle ban mwen, m’ap renmèt li ba nou”? Yo dakò avèk li pou trant pyès lajan. Depi lè sa a li t’ap chèche yon okazyon pou l’ bay li. Premye jou Azim, disip yo pwoche kot Jezi, yo di: “Kote ou vle pou nou pare pou ou, pou nou manje Pak la”? Jezi menm di: “Al nan vil la, kay entèl, di l’ konsa: “Mèt la di: “Tan m’ nan tou pre; se kay ou m’ap fè Pak la, avèk disip mwen yo”. Disip yo fè jan Jezi te pase yo lòd la, yo pare Pak la. Lè aswè rive, 1’al sou tab avèk douz disip li yo. Pandan y’ap manje, li di: “An verite mwen di nou, youn nan nou ap trayi m’". Yo te vin gen lapenn anpil, yo chak kòmanse di: “Èske se mwen, Granmèt”? Li menm li pran lapawòl, li di: “Sa a ki plonje men avèk mwen nan plat la, se li menm k’ap trayi m’. Pitit moun nan a prale, jan sa ekri sou li a; men ala malè pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou yo renmèt Pitit moun nan! li ta pi bon pou li, si moun sa a pa t’ janm fèt”. Jida pran lapawòl tou, li menm ki t’ap trayi l’ la, li di: “Èske se mwen, Rabi”? Li di l’: “Ou di l”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Lè Trinite a te wè kijan mond lan te kapab peri anba esklavaj peche, li te deside pou Pitit la, ki se dezyèm pèsòn nan Trinite a tounen moun, pou l’abese l’etan li desann sou tè a pou l’ sove limanite. Sa ki te anime tout aksyon Jezi pandan l’ te vin sou tè a, se te lanmou. Li te vle pou chak moun viv tankou moun nan respè diyite yo. Men fòs fènwa yo pa t’ janm dakò ak fason l’ te konn ap geri moun yo, ak fason l’ tap trete yo byen. Yo pa t’ dakò ak chanjman l’ te vle pote a, kote l’ t’ap pwopaje lide

-47-

Sous Lav¡ «tout moun se pitit Bondye » ; donk nou dwe viv tankou frè ak sè. Yo te pito wè nan li yon menas; yon moun ki vle destabilize tout lide relijyez, yon moun ki te vle mete tèt anba lòd sosyal, ekonomik ak politik yo. Pou rezon sa yo, yo te deside touye li. Pi gwo krim yo te akize l’ fè, yo di l’fè tèt li pase pou pitit Bondye, epi fason l’t’ap viv te demaske konpòtman moun ki te nan fè sa k’ pa sa yo. Li te koeran ak mesaj li t’ap preche a. Li te renmen Bondye, li te toujou an kontak ak li nan lapriyè, e li te renmen moun. Se pou sa li te pase vi l’ap sèvi yo. Men pou ekzèse plan malouk sa a, ki se touye Jezi, yo te itilize yon moun nan pwòp kan pa Jezi a, Jida ki t’ap manje ak Jezi sou menm tab ak nan menm asyèt ak li. Ala wonte pou nou menm moun, nou asasinen Jezi, nou kloure l’ sou kwa a paske li te renmen nou jiskobou. Men, jan pwofèt Izayi ak moun ki ekri sòm nan di a, nou mèt fè tout simagri sa yo, Granmèt la te akonpanye Jezi nan soufrans li yo, li pa t’ kite l’ pran wont ; lanmò Jezi a te tounen yon byen pou kapab sove nou. Lekti sa yo pèmèt nou konprann kòman efektivman lanmou pi fò pase lanmò. Epi nou dekouvri si nou fè Bondye konfyans epi nou fè volonte l’ nan tout sikonstans anyen pa ka separe n’ak lanmou Bondye a ! LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ou menm ki se sous lavi a, tanpri ede n’ fè w’ konfyans epi ede n’ dekouvri volonte w’ chak jou nan lavi n’ pou n’ ka travay pi plis pou lavi ak lanmou kapab boujonnen toupatou kote n’ pase. Ban nou fòs pou n’angaje n’ pi plis chak jou nan lit pou respè dwa ak diyite moun, tankou Jezi te konn fè a. Amen ! PWOPOZISYON : M’ap konsakre plis tan pou m’ dyaloge ak Bondye nan lapriyè. M’ap padone moun ki te ofanse mwen, paske mwen menm tou mwen konn ofanse moun. M’ap mande moun mwen te ofanse yo padon.

TRIDYÒM PASKAL (JEDI SEN, VANDREDI SEN, VEYE PAK LA) JEDI

24

Koulè Blan

JEDI SEN

+ MÈS SEN-KRÈM NAN MATEN: (Se mès evèk la selebre ansanm ak pè yo; mès kote yo beni tout kalite luil ki sèvi nan sakreman yo). [POU MÈS SOUPE GRANMÈT LA ASWÈ: (Ekzòd 12, 1-8. 11-14; Ps 115, 12-13. 15-16bc. 17-18; 1 Kor11, 23- 26; Jan 13, 1- 15)] PREMYE LEKTI “Granmèt la sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, ba yo losyon kè kontan an”. NAN LIV PWOFÈT IZAYI 61, 1-3a. 6a. 8b-9 Lespri Granmèt la sou mwen, se pou sa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse kè ki kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo, pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè gras, yon jou vanjans pou Bondye nou an, pou m’ konsole tout moun ki nan lapenn, pou m’ mete yon kouwòn nan plas sann pou moun Siyon yo ki nan lapenn yo, losyon kè kontan nan plas dèy, manto lwanj nan plas lespri tristès. Nou menm y’ap rele nou “prèt Granmèt la”, y’ap di nou “sèvitè Bondye nou an”. M’ap ba yo rezilta travay yo nan verite, m’ap pase yon alyans tout tan avèk yo. Y’ap rekonèt ras yo nan nasyon yo, ak sa k’ sot nan yo nan mitan pèp yo. Tout moun k’ap wè yo ap rekonèt yo, paske yo se semans Granmèt la beni. Pawòl Granmèt la.

SÒM 88, 21-22. 25 e 27

R/ Kè sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.

-48-

Sous Lav¡ Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’. Men m’ap ret fèm avèk li, bra m’ap ba li fòs. R. Verite m’ ak kè sansib mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li. Li menm l’ap rele m’: “Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen”.R. DEZYÈM LEKTI “Li fè nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye Papa a”. NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 5-8 Favè pou nou ak lapè sot nan Jezikri, ki temwen fidèl la, premye pitit nan pami mò yo, ak chèf wa yo ki sou tè a, li menm ki renmen nou, ki lave nou sot nan peche nou yo nan san l’, ki fè nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye Papa l’; konpliman pou li ak otorite pou tout tan gen tan. Amèn. Men l’ap vini avèk nyaj yo, tout je ap wè l’, menm sa k’ te transpèse l’ yo; tout ras sou tè a ap plenn sou li. Wi. Amèn. Se mwen menm alfa ak omega, kòmansman ak finisman, deklarasyon Granmèt la, li menm ki la, ki te la, k’ap vini, li menm ki gen tout pouvwa a. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

“Lespri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 16-21 Lè sa a: Jezi rive Nazarèt, kote yo te fè edikasyon l’ nan, li antre nan sinagòg la daprè abitid li, jou saba a, li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a. Li louvri liv la, li jwenn kote ki ekri a: “Lespri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li voye m’ pote bòn nouvèl la bay pòv yo, geri kè ki kraze yo, preche padon pou prizonye yo, ak limyè pou avèg yo, ranvwaye sa

k’ap pase mati yo nan libète, preche yon ane Granmèt la fè gras, yon jou rekonpans”. Li pliye liv la, li renmèt sèvan an li, li chita. Je tout moun nan sinagòg la te fikse sou li. Li kòmanse di yo: “Jodi a sa k’ ekri la a akonpli nan zòrèy nou”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Moun ki gen lafwa ak lesperans, Izrayèl te toujou ap tann pou Bondye manifeste laglwa li nan mitan yo yon jou. Sa vin fè ke l’ te endispansab pou misyon Mesi a mache kòtakòt ak manifestasyon glwa Bondye a nan mitan yo. Depi moun yo pa vle kwè li prèske enposib pou yo ta wè manifestasyon glwa Bondye a, yo p’ap kapab jwenn kè poze, e yo p’ap kapab rive viv totalman reyalizasyon bèl pwomès Bondye te fè yo a. Se nan kontèks sa a, aprè pwofèt Izayi fin pale de glwa Bondye a ki gen pou manifeste Jerizalèm, li tou atache vizyon sa a ak zèv lagras Bondye a, yon demach ki gen liberasyon ak restorasyon Mesi a ap gen pou l’ akonpli lè l’ vini. Menm si totalite efè zèv redanmsyon sa a devan nou, Levanjil yo endike n’ klèman ke kòmansman misyon sa a te reyalize ak Jezi lè l’ te vini pou premye fwa a. Se pou sa nan yon fason savan epi ekzat, lè Jezi ale nan sinagòg la li pran liv la pou l’ li e li site kòmansman pwofesi Izayi a. Paske l’ la, li menm Mesi a nan mitan juif yo, pwofesi Izayi a akonpli jodi a. Li rete sou yon pasaj ki klè. Nou kapab wè si pasaj li site a reyalize nan moman l’ te vini pou premye fwa a, se tout rès pwofesi a ki akonpli lè l’ vini nan lagwa li. Konsekans zèv Mesi a se : Lespri Granmèt la poze sou li pou l’ pote bòn nouvèl la bay pòv yo, pou l’ panse kè ki blese yo, pou l’ pwoklame

-49-

Sous Lav¡ bay tout moun ki prizonye peche a liberasyon yo e pwoklame yon lane lagras. Pati sa a nan misyon Mesi a, ke Jezi li menm defini kòm misyon ki lye ak vini l’ lan, rezime mesaj n’ap viv jounen jodi a nan yon mond ki dechire e ki pa konn kote pou l’ fikse je l’, tèlman gen vye lide k’ap sikile ladan l’. Donk nou menm kretyen, kòm temwen Jezi nou dwe pwopaje bòn nouvèl sa nan pawòl nou ak nan aksyon nou yo, se pou rezon sa a Bondye te rele n’ kòm Legliz pou nou mete n’ nan sèvis Kris la. An nou chèche fè volonte Kris la nan fè sa ki byen ak anpil lafwa ak lesperans. LAPRIYÈ : Bondye Granmèt tanpri voye Lespri Sen an pou akonpanye nou nan tout sa n’ap gen pou n’ di ak sa n’ap fè. Ede n’ sèvi w’ temwen nan pawòl nou yo ak aksyon nou yo, konsa wayòm ou an va manifeste sou tout tè a. Amen ! PWOPOZISYON : M’ap lapriyè chak jou e m’ap atantif ak Lespri Bondye a pou m’ ka fè volonte l’ chak jou. M’ap konfese pou m’ mande Bondye padon pou chak fwa m’ te yon obstak ki anpeche glwa li manifeste. M’ pral ede yon moun ki nan bezwen, swa nan lopital, nan prizon, nan òfelina, elatriye.

VANDREDI

25

Koulè Wouj VANDREDI SEN SEREMONI SOUFRANS LA

GRANMÈT

PREMYE LEKTI

“Li blese poutèt peche nou yo”.

NAN LIV PWOFÈT IZAYI

52, 13-53, 12 Men sèvitè m’ nan ap gen konprann, y’ap leve l’ anlè, y’ap leve l’ byen wo, l’ap anlè nèt. Menm jan anpil moun te sezi osijè ou, konsa figi l’ap san bèlte nan pami lèzòm, ni

fòm li nan pami pitit moun yo. L’ap fè anpil nasyon kriye, sou li wa yo ap fèmen bouch yo, paske se bagay yo pa t’ rakonte y’ap wè osijè l’, se sa yo pa t’ tande y’ap gade. Kilès ki kwè sa nou tande a? Bra Granmèt la bay ki moun li devwale? L’ap leve tankou yon ti kreyòl, tankou rasin ki sot nan tè sèk. Li pa gen aparans ni bèlte, nou te wè l’, li pa t’ gen fòm figi, nou te anvi l’; li te meprize, se dènye nan moun yo, moun soufrans, ki konn maladi, fas li te kòm kache, li te meprize, se pousa nou pa t’ menm gen konsiderasyon pou li. Reyèlman vre se maladi nou li menm li t’ap pote, se soufrans nou li menm li t’ap pote, nou menm nou te konprann li te tankou yon moun maladi lalèp, yon moun Bondye frape, Bondye rabese. Li menm menm li blese pou peche nou, li frape poutèt krim nou yo, koreksyon lapè nou an sou li, se gras a kote l’ blese yo nou geri. Nou tout nou te pèdi chemen tankou mouton, chak moun te devye nan chemen pa l’. Granmèt la mete fot nou tout nan li. Li ofri tèt li, paske li vle, li pa louvri bouch, tankou mouton devan moun k’ap koupe lenn li, li ret an silans, li pa louvri bouch li. Yo fè l’ pase tray, yo kondane l’, yo touye l’. Ki moun k’ap rakonte ras li? paske yo wete l’ sot sou tè vivan yo; poutèt krim pèp mwen an mwen te frape l’. Y’ap ba l’ mechan pou lantèman l’, ak rich pou lanmò l’, malgre li pa t’ fè peche, pa t’ gen manti nan bouch li. Granmèt la te vle kraze l’ nan maladi. Si l’ bay lavi l’ pou peche a, l’ap wè yon desandans k’ap viv lontan, volonte Granmèt la ap dirije nan men l’. Poutèt nanm li te soufri, l’ap wè, l’ap konble. Nan syans li, sèvitè m’ nan ki kòrèk la ap rann anpil moun kòrèk, l’ap pote peche yo li menm menm.

-50-

Sous Lav¡ Se pousa m’ap ba l’ anpil moun pou pòsyon pa l’, l’ap separe byen anpil moun ki gen pouvwa, poutèt li te bay lavi l’ nan lanmò, yo te konsidere l’ nan ran kriminèl, epoutan li t’ap pote peche anpil moun yo, li t’ap lapriyè pou sa k’ fè peche yo. Pawòl Granmèt la.

SÒM 30, 2 e 6. 12-13. 15-16. 17 e 25 R/ Papa, nan men ou mwen renmèt lespri m’.

Nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan; nan jistis ou delivre m’. Nan men ou mwen renmèt lespri m; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.R. Devan tout lènmi m’ yo mwen vin tounen dezonè, ni pou vwazen m’ yo menm, sezisman pou zanmi m’ yo: sa k’ te konn wè m’ deyò, yo sove pou mwen. Yo bliye m’ nan kè, tankou yon moun mouri; mwen tankou yon veso ki pèdi.R. Men mwen menm se nan ou mwen espere, Granmèt; mwen di: “Se Bondye m’ ou ye, nan men ou destine m’ ye”. Delivre m’ sot nan men lènmi m’ yo ak sa k’ap pèsekite m’ yo.R. Klere fas ou sou sèvitè ou, sove m’ nan kè sansib ou. Aji avèk kouraj, rafèmi kè nou, nou tout ki espere nan Granmèt la.R. DEZYÈM LEKTI “Li aprann obeyisans, li vin tounen kòz delivrans pou tout moun ki obeyi l”. NAN LÈT POU EBRE YO 4, 14-16; 5, 7-9 Kòm nou gen yon gran prèt an chèf, ki antre nan syèl yo, Jezi Pitit Bondye, se pou nou kenbe deklarasyon lafwa a. Sèke nou pa gen yon prèt an chèf ki pa kapab soufri feblès nou avèk nou, yo eseye l’ nan tout bagay menm jan avèk nou, sof peche a. Konsa se pou nou pwoche avèk konfyans kot fotèy bèlte a, pou nou jwenn kè sansib, pou nou jwenn favè nan sekou, nan bezwen.

Nan jou Jezikri t’ap viv nan chè a, li ofri lapriyè avèk plent, avèk gwo rèl, ak dlo nan je l’, kot sila a ki kapab sove l’ sot nan lanmò, li koute l’ poutèt respè l’. Men, malgre se Pitit Bondye li te ye a, li aprann obeyisans, nan sa l’ soufri yo, lè l’ rive nan dènye pwen pou l’ te rive a, li vin tounen kòz delivrans tout tan an pou tout moun ki obeyi l’. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

“Yo arete Jezi, yo mare l”.

SOUFRANS GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ JAN

18, 1-19, 42 Lè sa a: Jezi sòti avèk disip li yo lòt bò ravin Sedwon an, kote te gen yon jaden, li antre ladan l’, ni disip li yo tou Jida te konn kote a, li menm ki t’ap bay li a; paske Jezi te konn vin la souvan avèk disip li yo. Konsa, Jida pran twoup la ak sèvitè gran prèt yo ak farizyen yo, li rive la avèk fannal ak flanbo ak zam. Jezi menm, kòm li te konnen tout sa k’ t’a prale rive l’, li pwoche, li di yo: “Ki moun n’ap chèche”? Yo reponn li: “Jezi moun Nazarèt la”. Jezi di yo: “Se mwen menm”. Jida te kanpe la tou ansanm avèk yo li menm ki t’ap renmèt li a. Lè Jezi di yo “Se mwen menm” nan, yo rekile dèyè, yo tonbe atè. Li poze yo kesyon ankò: “Ki moun n’ap chèche”? Yo menm yo di: “Jezi moun Nazarèt la”. Jezi reponn: “Mwen te di nou se mwen menm; konsa si se mwen menm n’ap chèche, kite sila yo pati”. Se pou pawòl la te kapab reyalize, sa l’ te di a: “Sila yo ou te ban mwen an, mwen pa pèdi youn nan yo”. Simon Pyè menm te gen yon epe, li rale l’, li frape sèvitè gran prèt la, li koupe zòrèy dwat li. Yo te rele non sèvitè a Malkus.

-51-

Sous Lav¡ Jezi menm di Pyè: “Mete epe w’ la nan fouwo a: Kalis la Papa a ban mwen an, èske mwen p’ap bwè l”? “Yo kondui Jezi kot Án dabò”. Twoup la ak kòmandan an ak sèvitè Jwif yo arete Jezi, yo mare l’, yo kondui l’ kot Án anvan; se te bòpè Kayif, ki te gran prèt ane sa a. Se Kayif sa a menm ki te bay Jwif yo konsèy, ki te di “pito se yon sèl moun ki mouri pou pèp la”. Simon Pyè t’ap suiv Jezi ak lòt disip la. Disip sa a, gran prèt la te konnen l’, li antre avèk Jezi nan lakou gran prèt la. Pyè menm te kanpe nan baryè a sou pa deyò. Lòt disip la sòti, li menm gran prèt la te konnen an, li pale ak fi ki t’ap veye baryè a, li fè Pyè antre. Sèvant la ki t’ap veye baryè a di Pyè: “Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip mesye sa a”? Li menm li di: “Mwen pa ladan l”. Sèvitè yo ak gad yo te kanpe bò brèz dife a, paske li te fè frèt, yo t’ap chofe kò yo. Pyè te kanpe avèk yo tou, li t’ap chofe kò l’. Prèt an chèf la poze Jezi kesyon sou disip li yo ak sou ansèyman l’. Jezi reponn li: “Mwen menm se aklè mwen te pale pou tout moun; mwen menm se tout tan mwen te bay lansèyman nan sinagòg la ak nan Tanp la, kote tout Jwif yo vin rasanble a, an kachèt mwen pa di anyen. Poukisa w’ap poze m’ kesyon an? Entèwoje yo, yo menm ki te koute sa m’ te di yo; men yo menm yo konnen sa m’ te di mwen menm”. Kon l’ di sa, youn nan sèvitè yo ki te kanpe la a bay Jezi yon souflèt, li di: “Se konsa ou reponn gran prèt la”? Jezi reponn li: “Si m’ m al pale, bay prèv ki sa k’ mal la; men si m’ byen pale, poukisa ou frape m’ nan? Án voye l’ tou mare bay Kayif gran prèt. “Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip li yo? Mwen pa ladan l’”.

Simon Pyè te kanpe, li t’ap chofe kò l’, yo di l’: “Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip li yo?” Li menm li nye li di: “Mwen pa ladan l’”. Youn nan sèvitè prèt an chèf yo, fanmi sa Pyè te koupe zòrèy li a, li di l’: “Èske mwen menm menm mwen pa t’ wè ou nan jaden an avèk li”? Pyè menm nye ankò, epi menm lè a kòk la chante. “Peyi wa m’ nan pa sot sou tè sa a” Yo kondui Jezi sot kay Kayif al nan palè a. Se te granmaten. Yo menm yo pa antre nan palè a, pou yo pa sal, pou yo kapab manje Pak la. Pilat sòti deyò kote yo, li di: “Ki akizasyon nou pote kont mesye sa a” Yo pran laparòl yo di l’: “Si se pa yon malfetè sila a te ye, nou pa ta bay ou li”. Pilat di yo: “Pran l’ nou menm, jije l’ daprè lalwa nou an”. Jwif yo di l’: “Nou pa gen dwa touye pèsòn”. Se pou pawòl Jezi a te kapab reyalize, sa l’ te di pou l’ montre ki kalite lanmò li te gen pou l’ te mouri a. Konsa Pilat antre ankò nan palè a, li rele Jezi, li di l: “Èske ou se wa Jwif yo”? Jezi reponn: “Èske se ak pwòp fòs ou ou di sa, oubyen se dòt moun ki te di ou sa sou mwen”? Pilat reponn: “Èske m’ se Jwif mwen menm? Nasyon w’ nan ak gran prèt yo renmèt ou ban mwen: kisa ou fè”? Jezi reponn: “Peyi wa m’ nan pa sot sou tè sa a. Si peyi wa m’ nan te sot sou tè sa a, sètènman sèvitè m’ yo ta batay pou yo pa bay mwen nan men Jwif yo; koulye a peyi wa m’ nan pa isit la”? Pilat di l’: “Èske se wa ou ye”? Jezi reponn: “Ou di l’: se wa mwen ye. Mwen menm se pou sa mwen fèt, se pou sa mwen vini sou tè a, pou m’ sèvi laverite a temwen: tout moun ki disip laverite a, yo koute vwa m”. Pilat di l’: “Sa k’ laverite a”?

-52-

Sous Lav¡ Kon l’ fin di sa, li sòti ankò kot Jwif yo, li di yo: “Mwen menm mwen pa jwenn okenn kòz nan li. Se yon abitid pou nou, pou m’ lage yon moun ba nou pou Pak la; èske nou vle pou m’ lage wa Jwif yo ba nou”? Yo leve vwa yo ankò yo tout, yo di: “Pa sila a, men Barabas”. Barabas la se te yon asasen. “Salu, wa Jwif yo” Lè sa a atò, Pilat pran Jezi, li fè bat li. Sòlda yo trese yon kouwòn ak pikan, yo mete sou tèt li, yo vlope l’ ak yon manto wouj. Yo vin devan l’, yo t’ap di: “Salu, wa Jwif yo”; epi yo t’ap ba l’ souflèt. Pilat sòti ankò, li di: “Mwen mennen l’ deyò ban nou, pou nou konnen mwen pa jwenn okenn kòz nan li”. Jezi sòti, antan l’ pote kouwòn pikan an ak rad wouj la. Li di yo: “Men moun nan”. Lè gran prèt yo ak sèvitè yo wè l’, yo rele byen fò, yo di: “Kloure l’ sou kwa, kloure l’ sou kwa”. Pilat di yo. “Pran l’ nou menm kloure l’ sou kwa; mwen menm mwen pa jwenn kòz nan li”. Jwif yo reponn li: “Nou menm nou gen yon lalwa, daprè lalwa a, se pou l’ mouri, paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye”. Lè Pilat tande pawòl sa a, li vin pi pè ankò. Li antre nan palè a ankò, li di Jezi: “Kote w’ sòti”? Jezi menm pa reponn li anyen. Pilat di l’: “Ou pa pale avèk mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa kloure ou sou kwa, epi mwen gen pouvwa lage ou”? Jezi reponn: “Ou pa ta gen okenn pouvwa kont mwen, si yo pa t’ ba ou sa sot anwo. Se pousa sila a ki renmèt mwen nan men w’ nan, li fè yon pi gran peche”. “Wete l’, wete l’ kloure l’ sou kwa”. Depi lè sa a, Pilat t’ap chèche lage l’. Jwif yo menm t’ap rele byen fò, yo t’ap di: “Si ou lage moun sa a, ou pa zanmi Seza, paske tout moun

ki declare l’ wa, li kont Seza”. Pilat menm, lè l’ tande sa yo, li kondui Jezi deyò li fè l’ chita sou fotèy tribinal la, kote yo rele Litostwotòs la, nan langaj ebre se Gabata. Se te preparasyon Pak la, li te midi. Li di Jwif yo: “Men wa nou an”. Yo menm yo pouse rèl byen fò: “Wete l’, wete l’, kloure l’ sou kwa”. Pilat di yo: “Wa nou an pou m’ ta kloure sou kwa”? Prèt an chèf yo reponn: “Nou pa gen dòt wa pase Seza”. Lè sa a atò, li renmèt li nan men yo pou yo kloure l’ sou kwa. “Yo kloure l’ sou kwa, epi de lòt avèk li”. Yo pran Jezi, yo sòti avèk li. Li pote kwa a li menm menm, 1’ale kote yo rele kalvè a, nan langaj ebre se Gòlgota, se la yo kloure l’ sou kwa; avèk li te gen de lòt, youn yon bò, lòt la lòt bò a, Jezi menm nan mitan. Pilat te ekri rezon kondanasyon an, li te poze l’ sou kwa a. Men sa k’ te ekri: “Jezi Nazarèt, wa Jwif yo”. Fraz sa a, anpil Jwif te li l’, paske kote yo te kloure Jezi sou kwa a te tou pre lavil la, epi yo te ekri l’ nan langaj ebre, grèk ak laten. Gran prèt Jwif yo t’ap di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men sila a di: “Mwen se wa jwif yo”. Pilat reponn: “Sa m’ fin ekri, li ekri”. “Yo separe rad li”. Sòlda yo menm lè yo fin kloure l’ sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pòsyon, yon pòsyon pou chak sòlda, epi rad long nan. Rad long sa a te fèt san kouti, li te file alamen nèt, depi anwo jous anba. Youn di lòt: “Nou p’ap chire l’, men n’ap tire l’ osò pou nou wè ki moun k’ap jwenn li”. Se pou pawòl Labib la te kapab reyalize, sa k’ di: “Yo separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m’ nan osò”. Sòlda yo, se sa yo fè. “Men pitit ou. - Men manman ou”. Sou kote kwa Jezi a, manman l’ te kanpe, ni sè manman l’ nan, Mari Klewofas, ak Mari Madlèn. Lè Jezi

-53-

Sous Lav¡ wè manman l’ ak disip li te renmen an ki kanpe, li di manman l’: “Madanm, men pitit ou”; aprè sa, li di disip la: “Men manman ou”. Depi lè sa a, disip la resevwa l’ lakay li. (“Tout bagay fin reyalize”) Aprè sa, Jezi konnen tout bagay fin reyalize, pou sa l’ ekri a te kapab reyalize, li di “Mwen swaf”. Te gen yon veso plen vinèg ki te depoze la; yo menm yo pran yon eponj plen vinèg, yo mete nan pwent yon branch izòp, yo pwoche l’ bò bouch li. Lè Jezi pran vinèg la, li di: “Tout bagay fini”. Li bese tèt li, li renmèt lespri a. (Isit la, yo fè jenifleksyon, yo poze yon ti moman) Jwif yo menm, kòm se te preparasyon Pak la, pou kò yo pa rete sou kwa a jou saba a, (sèke se te gran jou saba jou sa a), yo mande Pilat pou yo kraze janm yo, pou yo wete yo. Sòlda yo vini, yo kraze janm premye a ak lòt la ki te kloure a avèk li a. Men lè yo rive sou Jezi, kòm yo wè li te deja mouri, yo pa kraze janm li, men youn nan sòlda yo louvri kòt li ak pik li a, menm lè a dlo ak san sòti. “Yo mare kò Jezi ak bann twal avèk losyon”. Aprè bagay sa yo, Jozèf moun Arimati a, mande Pilat pou l’ wete kò Jezi, se disip Jezi li te ye, men an kachèt paske li te pè Jwif yo. Pilat ba l’ pèmisyon. Li rive li pran kò Jezi. Nikodèm rive tou, li menm ki te vin kot Jezi nannuit premye fwa a, li pote yon melanj lami ak alwès, apeprè san liv. Yo pran kò Jezi, yo mare l’ ak bann twal avèk losyon yo, jan Jwif yo abitye antere mò yo. Te gen yon jaden kote yo te kloure Jezi sou kwa a; nan jaden sa a te gen yon kavo tou nèf, kote yo pa t’ ko met pèsòn, se la yo mete Jezi akòz preparasyon Pak Jwif yo, paske kavo a te tou pre. Se la yo te mete Jezi. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Nan premye lekti a pwofèt Izayi prezante nou Jezi tankou sèvitè k’ap soufri a. Sa vle di, anpil ane anvan, li te deja anonse kisa ki te ret ap tann Jezi, tout soufrans li te genyen pou l’ andire. Tout sa, poutèt peche nou yo, li chaje kwa a sou do l’. Levanjil Jan ki sen an ap mete aklè, tout sa pwofèt la te anonse depi byen lontan osijè Jezi. Yo arete l’ tankou yon bandi, yo krache nan figi l’, yo mete kouwòn pikan sou tèt li, jis li rive mouri sou yon bwa lakwa. Èske nou kwè pitit Bondye a te merite sa ? Non. Se pa yon aza ; Jezi te gen yon misyon byen detèmine : pran lanmò pou l’ te kapab ban nou lavi. Jezi te dakò misyon sa a ke Papa a te konfye l’ la. Se sa k’ fè nan dezyèm moso Labib la, nan lèt pou Ebre yo, yo prezante Jezi kòm gran prèt an chef ki soufri feblès nou avèk nou, ki pote chay peche nou yo e ki obeyi jis nan dènye bout, san li pa di yon mo, tankou yon mouton y’ap mennen labatwa. Li te lage tout bagay nan men Bondye paske vrèman li te konnen Li pa t’ap kite l’ pran wont. Se sa nou jwenn nan sòm 30 la ke yo pwopoze nou pou reflekyon jodi a. Nou menm tou, jodi a, ann gade lavi nou. Èske nou janm pran yon ti tan pou n’ gade, pou n’ reflechi sou sans soufrans Jezi nan lavi nou, ki fè nou gen diyite pitit Bondye. Ann gade tou kòman nou reyaji devan soufrans, devan imilyasyon, devan mechanste n’ap sibi nan men lèzòm. Devan tout bagay sa yo, nou fèt pou nou kenbe fèm, pandan n’ap gade Jezi sou kwa a, konsa chay nou yo va vin lejè, paske li toujou prè pou l’ede nou. LAPRIYÈ : Jezi gran frè mwen, tanpri mete fòs ou te genyen anba kwa nan feblès mwen yo, konsa m’a gen kouraj pou m’ pote kwa lavi a, pou m’ kapab rive nan dènye bout.

-54-

Sous Lav¡ PWOPOZISYON: M’ap kontanple Jezi nan soufrans li ak nan fason li sove mwen.

SAMDI

26

Koulè vyolèt

Jodi a Legliz la pa fè selebrasyon litijik sof sa yo rele «Liturgie des Heures / Lapriyè ak brevyè nan divès moman nan jounen an). Jodi a, se jou yo kapab pote lakominyon bay moun ki malad. VEYE PAK LA NAN NUIT KI SEN AN SIYIFIKASYON VEYE PAK LA : 1. Daprè yon abitid ki la lontan anpil, nuit sa a, se Granmèt la ki mande pou yo obsève l’ (Ekzòd 12, 42), konsa, daprè avètisman Levanjil la (Lik 12, 35s), fidèl yo kenbe lanp yo limen nan men yo, yo sanble ak moun k’ap tann Granmèt la, lè l’ap retounen ; konsa lè l’ rive, li jwenn yo ap veye, l’ap fè yo pran plas sou tab li. 2. Men kijan veye nuit sa a konpoze: Aprè yon ti seremoni limyè (premye pati veye a), Legliz la ki sen an ap kalkile mèvèy Granmèt Bondye a fè pou pèp li nan kòmansman, pèp sa a ki te mete lafwa nan pawòl li a ak nan pwomès li a (dezyèm pati, sa vle di seremoni pawòl la), joustan lè jou a pwoche pou Granmèt la leve sot nan pami mò yo, ansanm avèk nouvo manb yo ki refèt nan batèm nan (twazyèm pati). Granmèt la rele fanmi li vin sou tab la, sa l’ te pare pou pèp li a, antan li t’ap mouri pou l’ leve byen vivan (katriyèm pati). 3. YON TI DETAY KI BON POU NOU KONNEN : Nan nuit sa a ki sakre anpil la, kote Granmèt nou Jezikri te travèse sot nan lanmò al nan lavi a, Legliz la envite pitit li yo ki gaye sou fas tè yo, pou yo rasanble vin veye, ak

lapriyè.Si n’ap reyalize souvni Pak Granmèt la, antan n’ap koute pawòl li, n’ap fete mèvèy sakre l’ yo, n’ap gen espwa patisipe nan laviktwa l’ ranpòte sou lanmò a pou nou viv avèk li nan Bondye. -. Tout seremoni veye pak la gen pou l’ fèt nan nuit. Konsa, li p’ap kòmanse anvan kòmansman nannuit la, epi l’ap fini anvan devan jou dimanch la. -. Mès nan nuit la, menm si l’ fèt anvan minui, se mès Pak dimanch Rezireksyon an. -.Moun ki patisipe nan mès nan nuit la, yo kapab kominye ankò nan yon dezyèm mès Pak la. TÈKS YO LI POU VEYE PAK LA: PREMYE LEKTI : LEKTI LIV LAJENÈZ 1, 1-2. 2 OUBYEN PI KOUT: LEKTI LIV LAJENÈZ 1, 1. 26-31ª SÒM: 103, l-2a. 5-6. 10 e 12. 13-l4. 24 e 35 OUBYEN: SÒM 32, 4-5. 6-7. 1213. 20 e 22 DEZYÈM LEKTI: LEKTI LIV LAJENÈZ 22, 1-18 SÒM: 15, 5 e 8. 9-10. 11 TWAZYÈM LEKTI: LEKTI LIV EKZÒD 14, 15-15. 1 SÒM: Ekzòd 15. 1-2. 3-4. 5-6. 17-18 KATRIYÈM LEKTI: LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 54, 5-14 SÒM: 29, 2 e 4. 5-6. 11 e 12a e 13b SENKYÈM LEKTI: LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 55, 1-11 SÒM: Izayi 12, 2-3, 4bcd. 5-6 SIZYÈM LEKTI: LEKTI LIV PWOFÈT BARUK 3, 9-15. 31- 4, 4 SÒM: 18, 8. 9. 10. 11 SETYÈM LEKTI: LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 36, 16-17a. 18-28 SÒM: 41, 3. 5bcd; Ps 42, 3. 4 OUBYEN, LÈ GEN BATÈM: Izayi 12 tankou pi wo a (aprè senkyèm lekti a)

-55-

Sous Lav¡ OUBYEN ANKÒ: sòm 50, 12-13. 14-15. 18-19 EPIT: LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 6, 3-11 SÒM: 117, 1-2. 16ab-17. 22-23 LEVANJIL: LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ LIK 24, 1-12

DIMANCH

Koulè Blan DIMANCH PAK

27

PREMYE LEKTI

«Nou te manje, nou te bwè avèk li, aprè li te resisite sot nan pami mò yo». NAN TRAVAY APOT YO 10, 34a. 37-43 Jou sa yo: Pyè louvri bouch li, li di: “Nou konnen sa k’ rive nan tout Jide, kòmanse depi Galile aprè batèm nan Jan te preche a: Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye te sakre l’ ak Lespri Sen an ak fòs: li menm ki travèse antan l’ap fè byen, l’ap geri tout moun dyab la t’ap maltrete, paske Bondye te avèk li. Nou menm nou temwen tout sa l’ te fè nan rejyon Jwif yo ak Jerizalèm; li menm yo te touye antan yo pandye l’ sou bwa a. Bondye fè l’ leve twazyèm jou a; li fè l’ parèt, non pa devan tout pèp la, men devan temwen yo Bondye te chwazi davans yo: nou menm, ki te manje, ki te bwè avèk li, aprè l’ te fin resisite sot nan pami mò yo. Li pase nou lòd pou nou preche pèp la, pou nou sèvi temwen Bondye mete l’ kòm jij moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo sèvi l’ temwen, tout moun ki kwè nan li ap resevwa padon peche yo o non l’.

Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Se pou Izrayèl di sa koulye a poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R. Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men dwat Granmèt la leve byen wo. Mwen p’ap mouri, men m’ap viv, m’ap rakonte travay Granmèt la.R. Wòch la bòs mason yo te jete a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an; se nan Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R. DEZYÈM LEKTI «Se bagay anwo yo pou nou chèche, kote Jezikri ye a». LÉKTU LÈT APOT PÒL KI SIN POU KOLOSYIN YO 3, 1-4 Frè m’ yo: Si nou resisite ansanm avèk Jezikri, se bagay ki anwo yo pou nou chèche, kote Jezikri chita adwat Bondye a: se bagay ki anwo yo pou nou goute, se pa bagay ki sou tè a; Sèke nou mouri, lavi nou kache avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri ap parèt, li menm ki lavi nou, lè sa a nou menm tou n’ap parèt ansanm avèk li nan glwa a. Pawòl Granmèt la.

LEVANJIL

«Li te gen pou l’ te leve sot nan pami mò yo». MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 20, 1-9 Premye jou semèn nan, Mari Madlèn rive granmaten, nan kavo a, pandan l’ te fènwa toujou; li wè wòch la leve sot nan kavo a. Li kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmen an, li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depoZe l”. Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou lè de ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit pase Pyè, Pawòl Granmèt la. li rive an premye nan kavo a. Lè l’ SÒM 117, 1-2. 16ab-17. 22-23 panche, li wè bann twal yo ki poze R/ Jou sa a Granmèt la fè a; se atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap pou nou fete, se pou nou kontan suiv li vin rive tou, li antre nan kavo nan li. a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak -56-

Sous Lav¡ mouchwa a ki te sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope apa yon kote. Lè sa a atò lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye nan kavo a, li wè, li kwè. Sèke yo pa t’ ko konnen sa k’ ekri yo, li te gen pou l’ te leve sot nan pami mò yo. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Sen Pòl di nou : «Si Kris la pa t’ leve sòti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m’anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè» (1Korentyen 15,14). Konsa, Dimanch Rezireksyon an oubyen Dimanch Pak la, se fèt ki pi enpòtan pou tout patizan Jezikri, pou tout kretyen, puiske se rezireksyon Jezi a ki bay lafwa nou sans. Kris la triyonfe sou lanmò a e, gras a sa, li ouvri pòt syèl la pou nou. Nan lamès dimanch lan, yon fason espesyal nou sonje gwo kè kontan sa a. Yo limen gwo chandèl Pak la ki reprezante Limyè Kris la ki resisite e ki rete limen jouskaske jou Lasansyon an rive, lè Jezi monte nan syèl la. Rezireksyon Jezi a, se yon bagay istorik ; prèv nou genyen, sèke tonbo a vid, epi Jezi parèt plizyè fwa devan Apot li yo. Lè nou selebre rezireksyon Kris la, se pwòp liberasyon nou tou nou selebre. Nou selebre echèk peche a ak lanmò a. Mesaj santral fèt Pak la, se Jezi ki leve byen vivan sòti pami mò yo. Nan twa tèks yo pou jodi a, nou jwenn mesaj Pak la; nan premye moso Labib la nou wè Sen Pyè, ki te di li pa t’ konnen Jezi kèk jou avan, se li menm, nan liv Travay Apot yo, ki fè yon rezime de tout sa k’ te pase Jezi jis li rive nan Rezireksyon an. Nan dezyèm moso Labib la, nou jwenn Apot Pòl, ki te konn ap pèsekite Legliz la, ki vin tounen temwen Bòn Nouvèl la, kote l’ap anonse Jezi ki mouri e ki leve byen vivan. Toulède

mesye sa a yo fè eksperyans, yo goute Jezi, se sa k’ fè yo pa ka rete san yo pa pale. Sa vle di, yon moun ki fè eksperyans Jezi, ki goute Jezi pa ka rete bouch fèmen devan sa l’ wè ak sa l’ tande. Pi devan nan Levanjil la, nou wè kòman Mari Madlèn te rive an premye nan kavo a, li pa wè kò Jezi, li panse yo te vòlè l’. Li pa t’ konnen sa k’ te gen pou rive aprè twa jou oubyen li te bliye. Yon sèl bagay, li tounen temwen menm moman an e li kouri anonse Bòn nouvèl la. Pyè okontre, li antre, li konstate, li touche, li chèche wè. Byen souvan, nou kanpe, nou kwaze bra nou devan reyalite lavi a, san nou pa janm chèche kòman nou kapab anbrase yon sitiyasyon ki prezante devan nou. Kavo a vid, Jezi resisite! Se sou sa lafwa nou chita. Li pran lanmò pou l’ ban nou lavi. Èske nou menm nou pwofite gras sa a, favè sa a Bondye fè nou an ? Èske nou tounen temwen Bòn Nouvèl la menm jan ak Pyè, Pòl ak Jan ? An nou gade sou kisa lafwa nou chita nan gwo jou rezireksyon an ; kisa nou fè pou nou vin tounen temwen Bòn Nouvèl la ? Anpil fwa mechanste lezòm mete n’ nan kavo san nou pa mouri : lè nou pa viv ak diyite tankou pitit Bondye, lè yo maltrete nou nan kò nou, nan kè nou ak nan lespri nou. Nou dwe fè jefò pou nou kraze fòm lanmò sa a yo, pou nou kapab gen lavi menm jan avèk Jezi. Rezireksyon an, se yon limyè pou klere tout moun e limyè sa a dwe reyone nan lavi chak kretyen pou yo kapab emèt li bay tout moun, pou yo kapab goute nan jwa reziresksyon an atravè pawòl yo, temwayaj yo ak travay apostola y’ap fè. Kè nou dwe vrèman kontan pou Rezireksyon Jezikri a, Granmèt nou an. Nan tan Pak sa a ki kòmanse a, nou dwe pwofite tout lagras Bondye

-57-

Sous Lav¡ ba nou yo pou nou kapab grandi nan lafwa epi tounen bon kretyen. An nou viv tan sa a nan pwofondè. Avèk Dimanch Rezireksyon an, Tan paskal la kòmanse, tan kote nou sonje moman Jezi te rete ak Apot yo avan li te monte nan syèl la jou Lasansyon an. LAPRIYÈ : Granmèt Jezi, ou te vini bay lavi w’ pou nou, pou nou te kapab gen lavi an kantite. N’ap mande w’ ede nou kore lavi nou sou reyalite fèt Pak la, fè nou tounen vrè temwen Bòn Nouvèl sa a, pou yon jou nou rive kontanple w’ fas a fas nan bèlte ou pwomèt nou an. PWOPOZISYON : Mwen vle tounen temwen Bòn Nouvèl la, Jezi ki mouri e ki leve byen vivan. LENDI

28

Koulè Blan LENDI ANNDAN SEMÈN PAK LA

PREMYE LEKTI

“Jezi sa a, Bondye fè l’ resisite, nou tout nou sèvi l’ temwen”. NAN LIV TRAVAY APOT YO 2, 14. 22-32 Jou Pannkòt la, Pyè kanpe avèk onz yo, li leve vwa l’, li deklare: “Mesye Juif yo ak nou tout ki abite Jerizalèm, aprann sa, pare zòrèy nou nan pawòl mwen yo. Mesye Izrayèl yo, koute pawòl sa yo: Jezi moun Nazarèt la, mesye sa a Bondye te sèvi l’ temwen nan mitan nou an, avèk mèvèy, pwodij ak siy Bondye te fè pa lantremiz li nan mitan nou, jan nou konnen an, se li menm nou te touye a, lè nou fin renmèt li nan men mechan yo pou yo fè l’ pase tray, daprè plan Bondye te fikse ak prevwayans li. Bondye leve l’, li detwi soufrans anba tè yo, paske sa pa t’ posib pou l’ te ret kenbe anba l’. Sèke David di osijè l’: "Mwen te wè Granmèt la devan fas mwen davans tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble. Se pousa kè m’ kontan, lang mwen ap fete, ata chè m’ ret poze nan esperans; paske ou p’ap lage nanm

mwen anba tè a, ou p’ap kite Sen w’ nan wè dekonpozisyon. Ou fè m’ konnen wout lavi a, w’ap plen m’ ak kè kontan devan fas ou". "Mesye frè m’ yo, kite m’ pale nou kareman sou papa nou David, li mouri, yo antere li, kavo l’ lakay nou jous jounen jodi a. Kòm li te pwofèt, li te konnen Bondye te fè l’ sèman osijè fwi ren li, pou l’ te fè l’ chita sou fotèy li, li te prevwa li t’ap pale sou rezireksyon Jezikri a, sèke li pa abandone anba tè a, chè l’ pa wè dekonpozisyon. Jezi sa a, Bondye resisite l’, nou tout nou sèvi l’ temwen". Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS 15, l-2a e 5.

7-8. 9-10. 11

R/ Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.

Prezève m’ Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: "Se Granmèt mwen mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine mwen.R. M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’ leson.Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R. Se pousa kè m’ kontan, tout andan fon kè m’ ap danse; menm chè m’ poze nan esperans. Paske ou p’ap lage nanm mwen nan abitasyon mò yo, ou p’ap kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R. W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R. LEVANJIL “Anonse frè m’ yo pou y’al nan Galile, se la y’a wè m’”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 28, 8-15 Lè sa a: medam yo pati byen vit sot nan kavo a ak sezisman ak gran kè kontan, y’al pot nouvèl bay disip li yo. Jezi vin rankontre yo, li di: "Salu". Yo menm yo pwoche, yo kenbe pye l’, yo adore l’. Lè sa a atò,

-58-

Sous Lav¡ Jezi di yo: “Pa pè; ale, anonse frè m’ yo, pou y’al nan Galile, se la y’a wè m”. Pandan y’ale, gen kèkzen nan gad yo ki rive nan vil la; yo anonse gran prèt yo tout sa k’ te pase. Yo rasanble, yo fè reyinyon avèk ansyen yo, yo bay sòlda yo anpil lajan, yo di: “Di se disip li yo ki vin nannuit, yo vòlè l’, pandan nou t’ap dòmi. Si prefè a aprann sa, n’a konvenk li, n’a fè nou gen asirans”. Yo menm, lè yo vin resevwa lajan an, yo fè jan yo te aprann yo a. Pawòl sa a gaye kay Juif yo jous jounen jodi a. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Jodi lendi sa a, premye jou nan gran semèn Pak la, se kòm si se menm dimanch rezireksyon an n’ap pwolonje diran uit (8) jou, pou nou fete gran fèt laviktwa Jezikri pote sou lanmò a, se triyonf lavi sou lanmò. Sa se yon gran espwa pou tout kretyen ak tout moun ki vle suiv Granmèt la. Jezi kraze lanmò, li leve vivan; konsa yon jou nou va resisite ansanb avèk li yon nan lavi ki p’ap jan fini an. Se Sen Pòl ki di nou si nou mouri avèk Kris la, avèk n’ap reviv. Se poutèt sa nan premye moso Labib la, nou wè jan Apot Pyè, granmesi fòs Lespri Sen an, li te deklare kokenn chenn evènman sa a, li te temwaye gwo viktwa sa etan li di pèp juif ke Jezi sa yo te touye sou kwa a, Bondye leve l’ byen vivan. Sa se bon jan nouvèl esperans lan, Bondye nou an se Bondye lavi a, se pa Bondye lanmò. Se lavi li vle pou tout pitit li yo. Moso Levanjil Matye nou sot li a rankonte kòman Jezi te manifeste l’ bay yon gwoup medam ki te suiv li, menm aprè lanmò, ki te toujou prezan ak li, ni nan bon tan ni nan move tan. Jezi pwofite rankont li fè ak yo aprè rezireksyon li pou l’ voye yo anonse mesaj li a bay disip li yo: “Pa pè; ale, anonse frè m’ yo, pou y’al nan Galile, se la y’a wè m”. Se menm gran mesaj sa a Jezi vle kominike nou jodi a, nou pa bezwen pè anonse bòn novèl li a, li la, li kanpe ansanm avèk nou; puiske li

ranpotè laviktwa, nou kapab di nan li nou genyen laviktwa tou. Yon lòt ti kesyon nou ka poze tèt nou: sa Galile vle di nou nan mesaj sa? Nou kapab idantifye vil sa ak peyi nou Ayiti, Jezikri nan mitan, l’ap resisite peyi a piti piti, siy resireksyon komansè leve nan li, malgre pafwa nou kapab wè sa sèlman ak je lafwa. An nou renouvle lafwa nou, lespwa nou nan Bondye lavi sa a, ann di l’ nou vle viv nan lajwa ak lapè li pote pou nou ak resireksyon l’ lan. LAPRIYÈ: Granmèt,mèsi poutèt ou vle m’ fè yon rezireksyon nan lavi m’, m’ap mande w’ fòs pou m’ kapab temwaye nouvèl resireksyon w’ lan nan fason m’ap viv chak jou. PWOPOZISYON: M’ap fè sa m’ kapab pou lakay mwen, katye mwen kapab reflete kè kontan olye tristès. MADI

29

Koulè Blan MADI ANNDAN SEMÈN PAK LA

PREMYE MOSO LABIB

“Fè penitans, se pou chak moun nan nou batize o non Jezi”. NAN LIV TRAVAY APOT YO 2, 36-41 Jou Pannkòt la, Pyè t’ap di Juif yo: “Sètènman se pou tout kay Izrayèl la konn sa, Bondye fè l’ Granmèt ak Kris, Jezi sa a nou te kloure sou kwa a”. Lè yo tande pawòl sa yo, yo chagren nan kè yo, yo di Pyè ak lòt Apot yo: “Ki sa pou nou fè, mesye frè nou yo”? Pyè menm di yo: “Se pou nou fè penitans, se pou chak moun nan nou batize o non Jezi, pou padon peche nou yo, n’a resevwa kado Espri Sen an. Sèke se pou nou pwomès la ye, ansanm ak pitit nou yo, ak tout moun ki lwen yo, tout sa Granmèt Bondye nou an rele yo”. Ak anpil dòt pawòl ankò li t’ap sèvi temwen, li t’ap ankouraje yo, li t’ap di: “Sove lavi nou sot nan jenerasyon sa a ki move a”. Moun yo ki te resevwa pawòl li a, yo batize, jou sa a te gen apeprè twa mil moun ki vin tounen disip. Pawòl Granmèt la

-59-

Sous Lav¡ SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20; 22 R/ Kè sansib Granmèt la plen tè a. (Oubyen : Alelouya).

Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite, Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R. Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, Pou l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R. Nanm nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye. Se pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou.R. LEVANJIL “Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo li di m’”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 11-18 Lè sa a: Mari te kanpe bò kavo a, sou pa deyò, li t’ap kriye. Pandan l’ap kriye, li panche, li gade andan kavo a. Li wè de zanj an blan ki chita, youn bò tèt la ak lòt la bò pye yo, kote yo te poze kò Jezi a. Yo di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye”? Li di yo: “Se paske yo pran Granmèt mwen an, mwen pa konnen kote yo mete l”. Pandan l’ap di sa, li vire gade dèyè, li wè Jezi kanpe; men li pa t’ konnen se te Jezi. Jezi di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye? Kilès w’ap chèche?”. Li menm antan l’ konprann se jeran jaden an, li di li: “Mèt, si se ou k’ te wete l’, di m’ kote ou te depoze l’; epi mwen menm m’a pran l”. Jezi di l’: “Mari”! Li vire, li di l’: “Raboni (sa vle di Mèt)”! Jezi di l’: “Pa touche m’; mwen pa ko monte kot Papa m’. Men al kot frè m’ yo, di yo: “M’ap monte kot Papa m’ ak Papa nou an, Bondye m’ nan ak Bondye nou an”. Mari Madlèn rive, li anonse disip yo: “Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo li di m”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a

REFLEKSYON Pèp Juif la, devan bòn nouvèl resireksyon Granmèt la, vle pran chemen konvèsyon, yo vle chanje lavi yo, se poutèt sa yo mande Pyè kisa yo dwè fè pou yo mache nan chemen Jezikri a; Pyè reponn yo: se pou yo batize epi tou yo dwe fè penitans pou yo ka evite tonbe nan sa ki mal. Pou nou viv selon lespri resireksyon an, nou dwe adopte mesaj sa tou pou lavi nou, nou dwe chanje lavi nou, paske peche a bouche je nou pou nou pa wè kot limyè liberasyon Granmèt la ye. Jodi a se yon jou pou nou pwofite pou nou kapab renouvle pwomès nou tè fè nan batèm nou, nou te di Granmèt la nou vle viv kòm pitit li, fè sa l’ vle nan lavi nou; konsa n’a pran wout konvèsyon an, tankou apòt Pyè konseye nou sa. Levanjil jounen jodi a envite n’ reflechi sou kalite atitid nou genyen devan bòn nouvèl lavi Jezi sou lanmò a; pafwa malgre tout siyal lanmou Bondye vle montre nou, nou avèg; nou gen je pou n’ wè klè tout sa l’ap fè pou nou, men nou sèlman fiksè nan pwoblèm nou, ou byen nan plenyen soufrans nou. Sitou lè nou pran tèm peyi nou an Ayiti, pafwa se plenyen nou plede ap plenyen kalamite ak mizè nou epi nou bliye si Bondye Granmèt la avèk nou, li ap travay an silans pou li kapab delivre peyi nou an piti piti. Ann sispan kriye, ann ouvri pòt kè nou bay Bondye lavi a, Bondye lespwa ki deja kòmanse plante semans rezireksyon an nan peyi nou. Bondye p’ap lage nou, li toujou avèk nou sou wout la menm jan li te akonpanye disip Emayis la yo nan moman kote yo te dezole, kote yo te pèdi lespwa, paske li toujou pi pwòch pitit li yo k’ap soufri. Li lè li tan pou nou kòmanse eksperimante lajwa sa nan rekonèt gras ak favè Granmèt la fè nou chak jou nan lavi nou, nan lavi fanmi nou ak lavi peyi nou.Tankou sòm 32 a di nou, kè sansib Granmèt la plen tè a. LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ouvri kè m’ pou m’ kapab akeyi

-60-

Sous Lav¡ lespri resireksyon an e viv an konfòmite ak li, dekwa pou mwen kapab, ansanm ak ou, sòti nan lanmò pou ale nan lavi. PWOPOZISYON:Ann di Bondye Granmèt la mèsi poutèt li resisite Jezikri pitit li a; ak temwayaj lavi nou, ann gaye bòn nouvèl sa a toupatou. MÈKREDI

30

Koulè Blan MÈKREDI ANNDAN SEMÈN PAK LA

PREMYE LEKTI

“Sa m’ genyen an, mwen ba ou l’: o non Jezi, leve, mache”. NAN LIV TRAVAY APOT YO 3, 1-10 Jou sa yo: Pyè ak Jan t’ap monte nan Tanp la pou lè lapriyè nevyèm è a. Te gen yon mesye ki te enfim depi nan vant manman l’, yo t’ap pote l’. Chak jou yo te konn depoze l’ bò pòt Tanp lan, sa yo rele Bèl la, pou l’ mande moun yo k’ap antre nan Tanp la lacharite. Li menm, kon l’ wè Pyè ak Jan k’a pral antre nan kay sakre a, li mande yo pou yo fè l’ jwenn lacharite. Pyè menm antan l’ l’ap gade l’ byen ansanm ak Jan, li di: “Gade nou”. Li menm li poze je l’ sou yo, li te espere li t’ap jwenn kichòy nan men yo. Pyè menm di: “Lajan ak lò, mwen pa gen sa; sa m’ genyen an mwen ba ou l’: o non Jezikri moun Nazarèt la, leve, mache”. Li pran men dwat li, li leve l’, menm lè a jwenti ak plant pye l’ vin solid. Li vòltije kanpe, li t’ap mache, li antre avèk yo nan Tanp la, l’ap mache, l’ap vòltije, l’ap fè lwanj Bondye.Tout pèp la wè l’ap mache, l’ap fè lwanj Bondye. Yo te rekonèt li, se li menm ki te konn chita bò Bèl Pòt Tanp la, pou lacharite a, yo te plen ak sezisman, yo te dekontwole pou sa k’ te rive l’ la. Pawòl Granmèt la.

SÒM REPONS

104, 1-2. 3-4. 6-7. 8-9

R/ Se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.

Oubyen: Alelouya. Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan pami nasyon yo. Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.R. Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan. Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.R. Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R. Li sonje alyans li a tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R. LEVANJIL “Yo rekonèt li nan kase pen an”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24, 13-35 Te gen de nan disip Jezi yo ki t’a pral nan bouk, premye jou semèn sa a, bouk la te yon distans onz kilomèt parapò a Jerizalèm, yo te rele l’ Emayis. Yo menm yo t’ap pale antre yo sou tout sa k’ te pase. Rive, pandan y’ap koze, y’ap chèche antre yo, Jezi menm pwoche, l’ap mache avèk yo. Je yo te gen yon bagay ki kenbe yo, pou yo pa rekonèt li. Li di yo: “Ki pawòl sa yo, n’ap pale antre nou pandan n’ap mache a, epi ki fè nou tris la”? Youn yo rele Klewofas, di l’: “Se ou menm sèl ki etranje nan Jerizalèm, ou pa konnen sa k’ rive nan jou sa yo”? Li di yo: “Ki bagay”? Yo di: “Osijè Jezi moun Nazarèt la, ki te yon pwofèt, ki gen pouvwa nan aksyon ak pawòl devan Bondye ak tout pèp la. Kijan prèt an chèf yo ak chèf nou yo renmèt li nan kondanasyon lanmò, epi yo kloure l’ sou kwa. Nou menm nou te espere, se li menm ki t’ap delivre Izrayèl; koulye a menm sou tout bagay sa yo jodi a se twazyèm jou depi yo rive. Men kèk medam nan pami nou te fè nou sezi, yo t’al nan kavo a devan jou, yo pa jwenn kò l’, yo vin di yo wè vizyon zanj yo, ki di yo li vivan. Kèkzen nan nou al nan kavo a, yo

-61-

Sous Lav¡ jwenn bagay yo jan medam yo di a; men li menm yo pa jwenn li”. Li di yo: “Nou sòt, nou pran tan nan kè nou pou nou kwè tout sa pwofèt yo te pale yo! Èske Kris la pa t’ gen pou l’ soufri, epi se konsa pou l’ antre nan glwa l’ la”? Li kòmanse depi sou Moyiz ak tout pwofèt yo, li eksplike yo nan tout sa k’ ekri a sa k’ te konsène l’. Yo pwoche bò bouk la kote yo t’a prale a, li menm li fè kòmsi l’a pral pi lwen, yo fòse l’, yo di: “Ret avèk nou, paske aswè rive, jou a deja bese”. Li antre avèk yo. Pandan li atable avèk yo, li pran pen, li beni l’, li kase l’, li ba yo. Je yo louvri, yo rekonèt li. Li menm menm li disparèt sot devan je yo. Youn di lòt: “Èske kè nou pa t’ cho andan nou, pandan li t’ap pale sou chemen an, li t’ap eksplike nou sa k’ ekri yo”? Yo leve menm lè a, yo tounen Jerizalèm.Yo jwenn onz yo rasanble, ni sa yo ki te avèk yo a, yo di Granmèt la leve vre, li parèt devan Simon. Yo rakonte sa k’ te pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt li nan kase pen an. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Genyen evènman ki pase nan lavi nou ke nou pa kapab rive konprann tousuit, men nou bezwen pran tan ak pasyans, menm jan lè n’ap manje yon bagay ki enteresan ke nou pa ta renmen fini. Rezireksyon Granmèt la se youn nan gwo evènman sa yo, sa ki pi enpòtan an, evènman ki rezime tout lavi Granmèt nou Jezikri ki te bay tèt li sou kwa e ki pote laviktwa sou lanmò a. Legliz la ba nou uit jou aprè Dimanch Pak la pou nou selebre gwo evènman sa a, se sa yo rele Oktav Pak oubyen Semèn Pak la. Gwo Dimanch Pak la pwolonje ak yon semèn, pou nou menm kretyen yo nou kapab pyafe ak kè kontan akoz Kris la ki triyonfe sou mal la ak peche mond la. Jodi a se mèkredi anndan semèn Pak la e tèks nou li jodi a pale nou sou tristès, dekourajman, dout, fristrasyon, ospitalite ak espwa.

Tout bagay sa yo se santiman ki makonnen ak lavi n’ap viv chak jou e Bondye li menm, li konnen sa k’ap pase nan lavi nou e li toujou prè pou li pote nou sekou, pou li sove nou. De disip Emayis yo tounen lakay yo, tou dekouraje, yo te pèdi lafwa ak kè kontan yo te genyen nan lavi yo. Yo panse panse tout bagay fini, ke fòs mal te pi fò ke pwofèt la ki te sanble mete yo nan ilizyon. Vrèman, yo te santi yo pran echèk ak Jezi. Yo t’ap espere yon Mesi gwo ponyèt, vwala yo rankontre ak yon nèg ki mouri sou lakwa, yon nèg k’ap mande padon pou ènmi ak asasen li yo.Pandan yo sou wout la y’ap tounen lakay yo, yon enkoni vin ap mache ak yo: yon moun òdinè tankou tout moun nou kapab rankontre nan lari, nan jaden, nan machin piblik, nan travay… Men enkoni sa a, se Jezi menm k’ap mache ti pa ti pa ansanm ak nou. Nan kòmansman, li pa di anyen, li fè silans e li pran tan pou li kapab koute sa k’ap sòti nan kè peleren yo. Aprè sa ak anpil pasyans li pral eksplike ki sans lanmò li a te genyen, ki sans bay li te bay tèt li a te genyen. L’ap fè yo konnen ke renmen an, mensi li parèt pi fèb, li pi fò ke fòs rayisans ak vanjans lan. Yon lòt fwa Jezi limen kè disip yo e li reveye sa ki pi bon an nan yo: ospitalite, pataje ak lòt la sa nou genyen menm si li pa anpil.Genyen moman nan lavi nou kote nou pa kapab di gwo lapriyè, paske tristès oubyen dezespwa kouvri nou tankou gwo nyaj nan move tan. Nan moman sa a yo nou kapab repete ansanm ak disip Emayis la yo: “Ret avèk nou, Granmèt”. Se pou kè kontan nou nan Granmèt la tounen yon fòs pou nou nan Pak sa a epi pandan tout lavi nou, se pou nou kapab kouri al pataje kè kontan sa a ak frè ak sè nou yo. LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, tanpri ede mwen dekouvri klète limyè prezans nan mitan fènwa difikilte, tristès ak angwas ki vlope lavi mwen.

-62-

Sous Lav¡ PWOPOZISYON: Mwen pral ese dekouvri prezans Bondye nan lavi mwen, m’ap adore li nan Sakreman Lekaristi a epi m’ap fè jefò pou mwen kapab tounen yon moun ki trè akeyan. JEDI

31

Koulè Blan JEDI ANNDAN SEMÈN PAK LA

PREMYE LEKTI

“Nou touye lotè lavi a, Bondye leve l’ sot nan pami mò yo”. NAN TRAVAY APOT YO 3, 11-26 Jou sa yo: Kòm enfim nan ki te geri a te kenbe Pyè ak Jan, tout pèp la kouri kote yo, bò pòtay yo rele pòtay Salomon an, yo te sezi. Lè Pyè wè sa, li reponn pèp la: “Mesye Izrayèl yo, poukisa nou sezi pou bagay sa a? Oubyen pouki sa n’ap gade nou an, kòm si se ak fòs nou oubyen se ak pouvwa nou nou fè mesye sa a mache a? Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb la, Bondye papa nou yo fè wè glwa Pitit li a Jezi, li menm nou te bay la, nou te nye devan fas Pilat la, lè Pilat te jije pou l’ te lage l’ la. Nou menm se Sen an ak sa a ki kòrèk la nou te nye, nou te mande pou yo ba nou yon moun ki touye moun; Lotè lavi a menm, nou touye l’, men Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, nou sèvi l’ temwen. Nan lafwa o non l’, sa a nou wè a, nou konnen an, non l’ fè l’ kanpe fèm; se lafwa ki reyalize pa lantremiz li a, ki bay sante sa a ki entak la devan fas nou tout la. Koulye a frè m’ yo mwen konnen se paske nou pa t’ konnen ki fè nou fè sa, menm jan ak chèf nou yo. Men Bondye, sa l’ te anonse davans nan bouch pwofèt yo, pou Kris li a soufri a, se konsa li reyalize l’. Konsa se pou nou fè penitans, se pou nou chanje konduit, pou peche nou yo efase; pou lè tan frechè yo rive vin sot nan fas Granmèt la, li voye sa a yo te preche nou an, Jezikri, li menm syèl la gen pou l’ kenbe jous

nan tan y’ap remete tout bagay nan plas yo a, sa Bondye te pale nan bouch sen l’ yo lontan an, pwofèt yo. Sèke Moyiz te di: “Granmèt Bondye nou an ap fè yon pwofèt leve pou nou nan mitan frè nou yo, tankou mwen menm; se pou nou koute l’, daprè tout sa l’ap di nou. Tout moun ki pa koute pwofèt sa a, y’ap wete l’ sot nan pèp la”. Tout pwofèt yo depi Samyèl ak sa k’ vin aprè l’ yo, ki te pale yo, yo te anonse jou sa yo. Nou menm nou se pitit pwofèt yo ak alyans la, sa Bondye te pase ak papa nou yo, lè l’ te di Abraam nan: “Nan ras ou tout fanmi tè a ap jwenn benediksyon”. Se nou menm an premye Bondye voye Pitit li a ba nou, sa l’ leve a, ki beni nou an, pou nou chak vire do sot nan peche l’ yo”. Pawòl Granmèt la

SÒM REPONS 8, 2a e 5. 6-7. 8-9

R/ Granmèt, Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a!

Granmèt, Granmèt nou, sa moun nan ye, pou ou sonje l’? oubyen pitit moun nan, pou w’ vizite l’? R. Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras anba zanj yo, ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen l’; ou enstale l’ anlè travay men w’ yo. Tout bagay, ou mete yo anba pye l’: R. Ni mouton ni bèf, yo tout, menm bèt nan rak bwa yo, zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, tout sa k’ap mache nan santye lanmè yo.R. LEVANJIL “Se konsa Kris la te gen pou l’ te soufri, pou l’ resisite sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a”. MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24, 35- 48 Lè sa a: Disip yo t’ap rakonte bagay ki te pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt Jezi nan kase pen an. Pandan y’ap pale bagay sa yo, Jezi kanpe nan mitan yo, li di yo: “Lapè pou nou: se mwen menm, pa pè”. Yo twouble, yo sezi, yo te konprann se yon espri yo te wè a. Li di yo:

-63-

Sous Lav¡ “Poukisa nou twouble a, ak panse sa yo k’ap monte nan kè nou an? Gade men m’ yo ak pye m’ yo, se mwen menm menm; touche pou nou wè: yon espri pa gen chè ak zo, jan nou wè mwen genyen an”. Pandan l’ap di sa, li montre yo men yo ak pye yo. Yo pa t’ ko kwè, yo te sezi ak kontantman, li di: “Èske nou gen kichòy pou manje isit la”? Yo ofri l’ yon moso pwason griye ak yon gato myèl. Li manje devan yo li pran rès yo, li ba yo. Li di yo: “Se pawòl sa yo mwen te pale nou an lè m’ te avèk nou toujou a, li te nesesè pou tout sa k’ ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la ni pwofèt yo ni sòm yo, pou yo te reyalize”. Lè sa a li louvri lentèlijans yo, pou yo konprann sa k’ ekri yo. Li di yo: “Se konsa sa te ekri, se konsa Kris la te gen pou l’ soufri, pou l’ leve sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a, pou yo preche penitans o non l’ ak padon peche yo nan tout nasyon, kòmanse sou Jerizalèm. Nou menm nou temwen bagay sa yo”. An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON Disip Emayis la yo pa kapab rete pou yo pa eksprime gwo kè kontan yo genyen lè yo dekouvri Granmèt la ki vivan epi ki vle mache ansanm ak yo, pou li te kapab koute yo epi mete esperans nan kè yo. Kè kontan sa a, yo te kenbe li nan kè yo tankou yon trezò; de mesye yo kouri al rakonte zanmi yo ke nouvèl medam yo te pote a se te verite, ke Jezi vivan tout bon vre e ke yo menm yo te wè li ak pwòp je yo. Genyen anpil moun ki ta vle fè nou konprann ke lafwa a se yon seri nòm, prensip, entèdiksyon ke nou dwe respekte, kòmsi Bondye rete nan syèl la ak yon gwo kaye nan men li kote li ap pran nòt, l’ap note chak peche ke nou komèt pou li kapab ba nou gwo pinisyon aprè sa. Nan kalite lafwa sa a, kè kontan sante

pa gen plas nan lavi nou, men se laperèz pito k’ap fè nou tranble. Jezi ki resite a antre lakay nou, nan lavi nou pou li kapab disparèt laperèz sa ki fè kè nou pa kapab kontan an. Se vre ke poutèt li te pase tout lavi li ap preche renmen, padon ak liberasyon Bondye Papa a (Pap Jan Pòl II), chèf ki t’ap kòmande nan ta li yo te touye li atan yo kloure li sou yon kwa. Men, Bondye sa a ke Jezi te anonse nan pawòl ak nan zèv li yo pa rete bra kwaze, li bay Pitit li a pouvwa pou li pote laviktwa sou lanmò ak peche a, li ba li yon lavi tou nèf ki p’ap janm fini. Rezireksyon Jezi a, se yon dènye “wi” Bondye di ak tout sa Jezi te fè ak preche, e zanmi Jezi a yo lè yo wè li vivan yo te konprann ke malgre mal la pwisan nan mond la, li vo lapenn pou yo viv Jan Jezi te mande yo viv la, paske pwisans Bondye pi fò ke tout fòs mal ki ekziste. Nou menm kretyen yo, nou gen misyon pou nou pote mesaj sa a nan mond lan. Nou dwe anonse ke Bondye vivan e li renmen nou ak yon lanmou fou. Yon Bondye ki vle chak pitit fi ak chak pit gason li yo viv plènman, kòmsa dwa, sitou sila yo k’ap soufri pou yon rezon oubyen pou yon lòt. Moun n’ap anonse mesaj sa a, y’ap rive kwè nou si sèlman anonse li avèk anpil kè kontan, nan chèche fè yo kwè ke Jezi ranpòte laviktwa sou lanmò pa li ak lanmò pa nou. Genyen anpil paralitik k’ap tann nou bò chemen an. Renmen Bondye a gen dènye mo a. LAPRIYÈ: Bondye Papa, ede mwen kominike lajwa Pak la ak sila yo ki tris, ki dekouraje sou wout lavi a. Fè lavi mwen tounen yon kokenn chenn temwayaj renmen w’ nan k’ap soutni nou epi prezans ou bò kote nou. Fè mwen pote lespwa kote ki gen dezespwa, limyè kote ki gen fènwa, kè kontan kote ki gen tristès pou kè tout moun kapab kontan. PWOPOZISYON: Tounen yon kanal ki pou pote sous lajwa Pak la bay lòt yo, sitou sa ki pi fèb yo nan sosyete a.

-64-

Sous Lavi-marzo 2016 pdf.pdf

nou tout mwayen pou nou vin jwenn li, se pou sa nou genyen sakreman yo,. espesyalman sakreman rekonsilyasyon oubyen la konfesyon. Pou nou kapab refè zanmitay nou ak Bondye, Legliz la envite nou pratike. zèv mizerikòd, tankou: bay bon konsèy, konsole moun ki nan tristès, vizite. malad, padone moun ki fè nou mal, ...

949KB Sizes 89 Downloads 521 Views

Recommend Documents

Sous Lavi jen 2016-pdf.pdf
Page 1 of 59. Page 1 of 59. Page 2 of 59. 6. 9. 7. 10. 8. Page 2 of 59. Page 3 of 59. 17. wlucb rbd3 ihe blowing ir .|id.F!t to@ dli.!!? (A) Irto.y. (B) Wpro. (c) N$il6 (D) n€lim. 18. Wbidh of ttE following is a ;ift Det€iins €lviMderr? (A) cu.

Sous Lavi-marzo 2016 pdf.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf
Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf. Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In. Main menu. Displaying Sous Lavi me 2016 Pdf-final.pdf.

Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf. Sous Lavi Out 2016- Ane C.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In. Main menu.

sous-vide-cooking-times-pdf.pdf
Page 1 of 4. Comprehensive Sous Vide Cooking Times, Temperature and Thickness Chart. When it comes to sous vide cooking, the most tricky thing to do is figure out the time and temperature range to use. for different foods. We have compiled a list of

Installation SSH sous Fedora.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Installation SSH ...

sous-vide-cooking-times-pdf.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item.

sous lavi julio 2015.pdf
NAN YON GWO BAGAY TOU" (LC 16,10). Pawòl Bondye se yon sous k'ap koule pou tout moun ki swaf kapab bwè. Konsa, frè ak sè. m' yo, nou pa ka rete san ...

Cooking Sous Vide (Thomas Keller Library)
Eleven Madison Park: The Cookbook · Sous Vide at Home: The Modern Technique for Perfectly Cooked Meals · Alinea · Sous Vide - the Art of Precision Cooking.

Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf
resevwa pa dwe pouse ogèy li. Okontrè se pou l' mete kado sa a nan sèvis. frè avèk sè li. Konsa, pèsonn pa bezwen fè jalouzi pou yon don li wè yon. lòt genyen ...

SOUS LAVI NOVANM 2015-ANE B.pdf
Plis toujou ou pran n' pou pitit ou, e. ou ban n' tout mwayen k' ap pèmèt nou rive nan lavi tou nèf ou pwomèt nou an. Tanpri,. Bondye Papa, voye Lespri ou a ban nou, pou n' pa kite kado ou yo gaspiye. Voye Lespri. w' la montre n' sèvi ak tout po

Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf
Pap Franswa. (Tradiksyon/ Jacky Agéna). Page 3 of 64. Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf. Sous Lavi-Janvye 2017-ane A.pdf. Open. Extract. Open with. Sign In.

Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf
Whoops! There was a problem loading more pages. Whoops! There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Sous Lavi Me 2017-pdf-ane A.pdf. Sous Lavi Me 2017-p

D Boullier Cables sous-marins revue RIS.pdf
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. D Boullier ...

Avoir-les-SEINS-NUS-sur-GTA5-ONLINE-!-(Sous-une-Chemise).pdf ...
Page 2 of 55. Pasaje Babilonia 10 Ciudad Mendoza. Tel: 0261 - 4237241. [email protected] www.cpmendoza.com. Cuando, por el contrario, no prestamos tanta atención a nuestra imagen ideal como a. los problemas que obstaculizan nuestro camino, se activ

2016-2016 - Preliminary Report, AAIS Case AIFN-0008-2016 - A6 ...
There was a problem previewing this document. Retrying... Download. Connect more apps... Try one of the apps below to open or edit this item. Main menu.